DEZYÈM LIV KESYON KI BAZE SOU YON SERI DOKIMAN (DBQ) 16 NOVANM Ekri non w ak non lekòl ou an lèt majiskil sou liy ki anwo yo.

Similar documents
Evite kè sote moun genyen souvan nan afè bay tete

8 YÈM ANE NIVO ENTÈMEDYÈ

Amplwayè: Amplwaye: Dat Pèt: Nimewo Dosye: Nimewo Ka Leta:

Florida History: Famous Floridians: Henry Morrison Flagler

PINGA OU VIRE PAJ SA A TOUTOTAN YO POKO DI W VIRE L.

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

4THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

Non Elèv la. Non Lekòl la

SEKSYON PRATIK POU F È APÈL NAN BAWO FLORID LA

SAMPLE LETTER TO PARENTS (USE SCHOOL LETTERHEAD) ELEMENTARY SCHOOL INTRODUCTORY LETTER FOR HGD UNIT KINDERGARTEN-FOURTH GRADE.

Pou plis enfòmasyon, tanpri rele nan (305)

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

BOSTON REGION METROPOLITAN PLANNING ORGANIZATION

Financial Assistance Documents Texas Health Huguley

Emerante De Pradines: Good morning Mr. Watson. Emerante De Pradines: Bonjou Msye Watson.

Maladi Malarya: Enfòmasyon ou dwe konnen

Florida Healthy Kids (Timoun Ansante nan Florid) Liv pou Manm yo Mwa me 2018 Sèvis Kliyantèl:

CORNERSTONE, Level A: Haitian Creole Translations

REZIME AVI DEPATMAN TIMOUN AK FANMI FLORIDA RÈGLEMAN KONSÈNAN RÈGLEMAN SOU ENFÒMASYON AK JESYON PRIVE AK PWOTEKSYON ENFÒMASYON PÈSONÈL SOU SANTE

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: 1FES 64. Tab Number: 63 CE FES 1D: Document Title: Document Date: Haiti.

ekouvri Lekòl Piblik Boston Fanmi Boston gen chans pou yo gen plis chwa pou edikasyon pitit yo pase prèske tout lòt kote nan Etazini

C h a p i t 5 Prevansyon enfeksyon. Nan chapit sa a: Prevansyon enfeksyon sove la lav Prevni enfeksyon lè w evite jèm...52

Lekòl Piblik Boston. Byenveni nan Lekòl Nou yo.

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

(ii) Bay enfòmasyon ki klè konsènan kritè kondisyon kalifikasyon pou fè aplikasyon ak metòd pou aplike pou jwenn èd finansye;

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

Chanselye a ELÈV KI ANSENT OUBYEN KI GEN PITIT AK KONFIDANSYALITE NAN SANTE REPWODIKTIF REZIME CHANJMAN YO

Gid Paran pou Jadendanfan Volontè

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN VIVAN. Vandredi 28 janvye :15 pou 12:15 p.m.

Gid pou Lè Gen Lanmò. Boston Medical Center Biwo Zafè Moun ki Mouri. Telefòn: Faks:

Règleman Asistans Finansye & Faktirasyon/Règleman sou Koleksyon. Règleman sou Asistans Finansye

Atelye MIT ap fè sou teknoloji pou metòd aprantisaj aktif ki chita sou resous pedagojik san baryè Le Plaza, Pòtoprens, Ayiti, janvye 2013

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

ISTWA ETAZINI AK GOUVÈNMAN

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

KONTRAKTE KI NAN FLORIDA K-AP TRAVAY NAN JADEN/ CHEF EKIP LIV POU ETIDYE POU EGZAMEN-AN

ISTWA AK JEWOGRAFI JENERAL

YON LEGLIZ KI AN SANTE KATRIYÈM EDISYON. Mark E. Dever. 525 A Street NE Washington, DC Phone (202) , FAX (202)

APLIKASYON/RE-SÈTIFIKASYON NAN PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM, SNAP)

NÒM DISIPLIN AK MEZI POU ENTÈVNI NAN TOUT VIL LA {KÒD DISIPLIN} Depatman Edikasyon vil Nouyòk. Joel I. Klein Chanselye Haitian Creole

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

DWA AK RESPONSABILITE LOKATÈ

Egzèsis sou ADN Glikozilaz - nivo 1-2

FLORIDA HEALTHY KIDS CORPORATION AVI SOU PRATIK PWOTEKSYON EFÒMASYON PRIVE

AETNA BETTER HEALTH SM FIDA PLAN Rezime sou Benefis pou 2017

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

GID POU LEKÒL PIBLIK BOSTON POU FANMI AK ELÈV

James H. DeGraffenreidt, Jr. Prezidan Konsèy Administrasyon Edikasyon l Eta. Nancy S. Grasmick Sipè-entandan L Eta pou Lekòl

ISTWA AK JEYOGRAFI JENERAL

Kijan pou touche jijman lajan Collecting a Money Judgment Haitian Creole

AmericasBarometer: Ayiti, 2010 Vanderbilt University Dwa resève.

Chwazi yon Lekòl Segondè: Yon Mesaj pou Elèv ak Fanmi yo

Ce document ne peut être reproduite et / ou adopté en tout ou en partie à condition qu'il n'y a pas de changement important dans le contenu, les

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAM VIVAN

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ. Jedi 19 Jen :15 jiska 4:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 21 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

Questionnaire number. MUNICIPIO. Komin: HAISEKSYON. Seksyon Kominal: HAISEC. Zòn [optionel] HAISEGMENTO. Segman Recensman [Kod Oficiel Recensman an]

Vin jwenn nou pou yon randevou entènasyonal sou. Pwpozisyon pou Pri tikèt MBTA

PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SNAP SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM (SNAP) APLIKASYON/RESÈTIFIKASYON

Règleman/Pwosedi Tit: Règleman Èd Finansye - Dat anvigè: Janvye 2016 Charity Care Depatman: Sik revni # Règleman: 2209 Paj 1 sou 17

Nou la pou ou. Manyèl pou Manm. Aetna Better Health of New York. aetnabetterhealth.com/newyork NY

Prentan Sistèm sa a san danje, an sekirite, legal ak vit.

6323 Seventh Avenue Brooklyn, NY 11220

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ. Jedi 24 Janvye :15 jiska 4:15 p.m.

Gid Byenveni. Preparasyon pou tan w ap pase a

TANPRI PATAJE DOKIMAN SA Disponib an Panyòl, Kreyòl, oubyen Gwo Postè sou Demann

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Jedi, 29 janvye :15 a.m. pou 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 17 Jen :15 jiska 4:15 p.m., sèlman.

ST. VINCENT S MEDICAL CENTER. POLITIK KONSÈNAN ASISTANS FINANSYÈ Koumanse 9 me 2017

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

Pou Tout Elèv Nou yo:

Pati B Avi konsènan Mezi Pwoteksyon pou Paran ak Elèv Andikape yo

EVCS Nouvèl. ~ Byenvini~

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 26 janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 19 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

Katalòg Pwodwi Sante pou Ane 2015

AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Plan Avi Anyèl sou Chanjman ak Ti liv pou Patisipan pou 2017

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 23 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

Is Konektikèt GID POU SA KI FÈK VINI YO. Sa se yon gid sou tout vil, minisipalite, ak lòt sèvis kin nan zòn Is Konektikèt la

POU PLIS ENFOMASYON / parents/ spanish/ default.htm oswa ale nan: Rechech: Regleman Konduit Elev yo

Kontni. Prepare ou: Kreye yon Plan pou Katastwòf Yon Plan pou Moun ki Enfim Definisyon Sitiyasyon Ijans Evakyasyon...

Èd Apre Dezas. FEMA 545 / Jiyè Gid Aplikan pou Pwogram Endividyèl & Familyal

Gid Politik Pou Elèv ak Fanmi yo

Sa se yon dokiman legal enpòtan. Tanpri gade li nan kote ki an sekirite.

Gid Chwa ak Enskripsyon. Chemen Enskripsyon An

AYITI: LIBETE AK KREYATIVITE SOTI NAN MON RIVE NAN LANME

POU ELÈV LEKÒL MWAYÈN AK LEKÒL SEGONDÈ YO NAN LEKÒL PIBLIK BOSTON

Konsey Pou Prepare w Pou Siklon

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi, 25 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

DRAFT ETA FLORID PLAN CONSOLIDATED JULY 1, JUNE 30, 2020

Sa Kap Swiv la se Manyèl de Baz Elèv ak Fanmi ki kouvri Règ Debaz ak Règleman Lekòl City on a Hill

GID PARAN ak GADÒ Lekòl Piblik Somerville. 8 Bonair Street Somerville, MA

LIV REGLEMAN SOU KONDWIT ELÈV

Biwo Fonksyònman Lekòl Règ Komisyon Konsèy Lekòl 5500

KONTRA ANT WALT DISNEY PARKS AND RESORTS U.S. SERVICE TRADES COUNCIL UNION (REGILYE PART TIME) EFEKTIF 30 Mas, 2014

Transcription:

5THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK Non elèv la Non lekòl la 5YÈM ANE NIVO ELEMANTÈ EGZAMEN SYANS SOSYAL DEZYÈM LIV KESYON KI BAZE SOU YON SERI DOKIMAN (DBQ) 16 NOVANM 2006 Ekri non w ak non lekòl ou an lèt majiskil sou liy ki anwo yo. HAITIAN CREOLE EDITION SOCIAL STUDIES GRADE 5 DOCUMENT-BASED QUESTION (DBQ) BOOKLET 2 Egzamen sa a gen twa pati. Jodi a w ap pran Twazyèm Pati egzamen an. Twazyèm Pati a baze sou plizyè dokiman. Seksyon A nan Twazyèm Pati a gen dokiman yo ladan li. Chak dokiman yo gen youn oswa plis pase yon kesyon apre yo. Ekri repons ou yo nan espas ki la pou sa nan ti liv sa a. Ou dwe sèvi ak repons ou bay pou kesyon yo, pou ede w ekri redaksyon an. Seksyon B nan Twazyèm Pati a gen yon kesyon ki baze sou dokiman yo. Ekri repons pou kesyon sa a nan ti liv pou ekri repons ki apa a, koumanse depi nan premye paj la. W ap gen inèdtan edmi pou w reponn kesyon ki nan Dezyèm Liv la epi ekri redaksyon ou an. PINGA OU VIRE PAJ SA A TOUTOTAN YO POKO DI W VIRE L. Copyright 2006 THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK THE STATE EDUCATION DEPARTMENT ALBANY, NEW YORK 12234

Twazyèm Pati KESYON KI BAZE SOU YON SERI DOKIMAN Esplikasyon: Travay yo mande w fè anba la a baze sou dokiman 1 jiska 7. Travay sa a yo mande w fè a, se pou teste kapasite w pou travay avèk dokiman istorik. Gade chak dokiman epi reponn kesyon an oswa kesyon yo apre chak dokiman. Sèvi avèk repons ou jwenn pou kesyon ou yo, pou ede w ekri redaksyon w lan. Kontèks Istorik: Pandan fen lane 1800 yo ak kòmansman lane 1900 yo, yo te anplwaye anpil timoun pou travay nan faktori ki pa peye byen. Souvan yo travay nan kondisyon ki danjere anpil. Travay ou gen pou fè: Pou Pati A a, li chak dokiman byen, epi reponn kesyon an oswa kesyon yo apre chak dokiman. Apre sa, li esplikasyon pou Pati B a, epi ekri redaksyon w lan. Pou Pati B a, sèvi avèk repons ou yo pou kesyon nan Pati A, avèk enfòmasyon ki soti nan dokiman yo, epi ak konesans ou genyen nan syans sosyal pou w rive ekri yon redaksyon byen òganize nan mo pa w. Nan redaksyon ou lan, ou dwe Ekri sou kondisyon travay danjere timoun yo pandan fen lane 1800 yo ak kòmansman lane 1900 yo epi pale sou aksyon ki te pran pou amelyore lavi timoun travayè yo pandan peryòd sa a Grade 5 Social Studies Nov. 06 [2]

Pati A Kesyon ak Repons Kout Eksplikasyon: Li chak dokiman epi reponn kesyon yo mande apre chak dokiman, nan plas yo kite pou ekri repons la. Dokiman 1 Gus Misuinas ak Catherine Hutt te travay nan yon faktori nan Filadelfi.... Nan lane 1902, Catherine Hutt ki te gen 12 lane te ale travay nan yon faktori triko. Lè travay li sete sòti 6:30 nan maten jiska si zè aswè menm pi long pase pa Gus yo. Lè li gen 14 lane, Catherine te chanje pou travay nan yon faktori papye. Tout sa mwen te konn fè, li di plizyè lane apre, lè la p dekri travay li, sete plwaye pwent chak woulo pandan yo t ap sòti. Èske li te renmen travay la? Prèske menm jan Gus te renmen job li: Mwen te rayi li.... Sous: Stephen Currie, We Have Marched Together, Lerner Publications (adapte) : Lewis Hine photograph 1 Jodi a, majorite moun travay wuit èd tan pa jou. Konpare ak jodi a, ki konklizyon ki kapab fèt sou kantite tan travay Catherine fè pa jou? [0.5] Grade 5 Social Studies Nov. 06 [3] [KONTINYE]

Dokiman 2 : Lewis Hine photograph... Ti gason yo te kòmanse fè travay retire bobin lè yo te gen setan oubyen pipiti. Sete travay yo pou retire bobin k ap vire yo lè yo te plen ak fil epi ranplase yo ak sa ki vid. Anpil jèn timoun sa yo te mache pye atè. Sa te pèmèt li pi fasil pou grenpe sou gwo machin yo pou yo jwenn bobin yo oubyen fil ki kase yo. Si yo pa te fè atansyon yo te kapab tonbe nan aparèy la k ap vire oubyen kwense ladan li. Kantite aksidan timoun k ap travay nan faktori yo fè te de fwa pi wo pase jan li te ye pou granmoun yo.... Sous: Russell Freedman, Kids at Work, Scholastic 2a Dapre dokiman sa a, kisa ki kapab pase timoun yo pandan yo t ap travay sou machin sa yo? [0.5] b Dapre dokiman sa a, poukisa aksidan yo te fèt souvan nan plizyè faktori? [0.5] Grade 5 Social Studies Nov. 06 [4]

Dokiman 3 Danje Travay nan Faktori nan Eta New York nan lane 1880 yo Non Laj Machin Kòz aksidan an Konsekans aksidan an Rensselaer Rapp 14 Machin pou Koupe Te kwense nan Dwèt mitan an machin nan koupe Stephen Morzkiwenz 15 Près a Kouran pou Te eseye pran [retire] Dwèt endèks yo Koupe eten moulen Barney Skerritt 16 Machin pou devire materyèl Rad li te kwense Te mouri Mary Moore 17 Machin pou pase Te kwense nan Blese epi brile nan machin nan bra Charles Nichols 17 Machin pou vire Kò li te foule Rad te kwense materyèl gravman Syble Filter 17 Machin pou lage Machin nan derape bwat sanzatann Dwèt koupe Robert King 18 Machin santrifij Machin nan eksploze Te mouri Ludwig Zandrokfski 19 Machin k ap kase boulon Te glise Pèdi 3 dwèt Sous: Gray and Owens, New York State: History Activities, Glencoe/McGraw Hill (adapte) 3 Sèvi ak enfòmasyon nan tablo sa a, pou ekri yon deklarasyon jeneral sou kondisyon travay timoun yo nan lafen lane 1800 yo. [0.5] Grade 5 Social Studies Nov. 06 [5] [KONTINYE]

Dokiman 4 Deklarasyon sou Kondisyon Travay yo... Timoun yo travay nan faktori koton yo kòm filè, moun k ap chanje bobin ak baleyè. Tifi yo te anplwaye kòm filèz. Yo monte desann koulwa long, bwose ti retay nan machin yo epi gade nan woulo oubyen bobin k ap vire yo pou yo wè si gen fil ki kase. Lè yon fil te kase, se pou yo te kole li touswuit pandan yo mare pwent yo ansanm. Yon filè kenbe sis oubyen wuit bò pandan l ap rale ranje long aks yo. Fòk li sou pye li prèske toutan, pou travay onz oubyen douz è de tan pa jou, si jou pa semèn....... Machin yo te tèlman fe bri, travayè yo te oblije rele pou yo te kapab tande yo nan bri [bri] a. Paske chalè ak imidite te ede anpeche fil koton yo kase, fenèt faktori a te toujou rete fèmen. Vapè lè cho a, te plen ak pousyè ak fatra ki te kouvri rad travayè yo epi te fè li difisil pou yo respire. Travayè faktori yo anpil fwa te konn genyen tibèkiloz, bwonch kwonik, ak lòt maladi respiratwa. Yon ti gason ki t ap travay nan yon faktori koton te gen mwatye chans pou rive laj 20 lane pase yon ti gason ki pa travay nan faktori.tifi yo te gen mwens chans...... Fè vit te yon lòt faktori ki te anplwaye milye ti gason nan djòb ki te di ak danjere. Majorite jèn sa yo te travay kòm asistan vantè yo nan chanm founèz ki travay vit yo. Chalè entans ak limyè klere founèz tou louvri yo, kote yo te kenbe vit la nan yon eta mou,te kapab lakòz pwoblèm nan zye, maladi nan poumon, twòp chalè, ak yon lis long pwoblèm medikal. Tanperati vit ki mou a se 3,133 degre Fahrenheit. Tanperati nan faktori kote yo fè vit yo ant 100 ak 130 degre. Lafimen ak pousyè te nan lè a. Mòso vit plen atè a. Se pat yon etònman si blese ak boule te fèt anpil.... Sous: Russell Freedman, Kids at Work, Scholastic 4 Bay de egzanp kondisyon travay danjere yo montre nan dokiman an. [0.5, 0.5] (1) (2) Grade 5 Social Studies Nov. 06 [6]

Dokiman 5 de LÈ YO So Federasyon Ameriken pou Travay wuit èd tan pa jou. Mo Laten yo vle di Travay gen Laviktwa sou Tout Bagay. Sous: Samuel Gompers Papers, University of Maryland Samuel Gompers, yon lidè sendika, te òganize sendika nasyonal yo ak komite travay lokal yo ki gen misyon pou edike piblik la sou pwoblèm klas travayè yo. Yo te prepare lwa sou travay tou epi te kovenk Kongrè Etazini a pou aji sou li. Sòti 1881 pou rive 1886, Gompers te travay pou lwa ki te mande pou timoun prezan nan lekòl, fè timoun yo ale lekòl, epi mete kontwòl sou travay timoun ak wuit èd tan pa jou a. 5 Ki de bagay Samuel Gompers te vle pou Kongrè Etazini a fè? [0.5, 0.5] (1) (2) Grade 5 Social Studies Nov. 06 [7] [KONTINYE]

Dokiman 6 NOU sèlman mande pou Jistis NOU Vle Ale Lekòl Plis Lekòl Mwens Lopital Nou Gen yon pri ki pwoteje nou. Sous: Stephen Currie, We Have Marched Together, Lerner Publications "Mè" Mary Jones te li sou kondisyon ak danje travay timoun. Li te òganize epi tou ankouraje timoun ak granmoun fè grèv. 6a Dapre foto sa a, kisa timoun yo ap mande? [0.5] b Site de fason Mary Jones te eseye amelyore kondisyon travay timoun yo. [0.5, 0.5] (1) (2) Grade 5 Social Studies Nov. 06 [8]

Dokiman 7 Lwa Edikasyon Fòse Lejislati Eta New York la te pase yon lwa nan lane 1874 ki fè konnen tout timoun ki gen laj pou ale lekòl dwe ale lekòl pou pipiti katòz semèn pa lane. 7 Kòman Lwa Edikasyon Fòse nan lane 1874 la te amelyore lavi timoun travayè yo? [0.5] FOR TEACHER USE ONLY Total Part III A Maximum is 6 Grade 5 Social Studies Nov. 06 [9] [KONTINYE]

Pati B Redaksyon Esplikasyon: Nan yon jan ou ka di sa ou menm, sèvi avèk enfòmasyon ki soti nan dokiman yo, avèk repons ou yo pou kesyon nan Pati A a, epi konesans ou genyen nan syans sosyal pou ekri yon redaksyon byen òganize. Kontèks Istorik: Pandan fen lane 1800 yo ak kòmansman lane 1900 yo, anpil timoun te anplwaye pou travay nan faktori ki pa peye byen. Souvan yo travay nan kondisyon ki danjere anpil Travay ou gen pou fè: Sèvi avèk enfòmasyon ki soti nan dokiman yo, epi avèk konesans ou genyen nan syans sosyal, pou ekri yon redaksyon kote ou Ekri sou kondisyon travay danjere timoun yo pandan fen lane 1800 yo ak kòmansman lane 1900 yo epi dekri aksyon ki te pran pou amelyore lavi timoun travayè yo pandan peryòd sa a Nan redaksyon ou an, sonje Ekri sou kondisyon travay danjere timoun yo pandan fen lane 1800 yo ak kòmansman lane 1900 yo epi dekri aksyon ki te pran pou amelyore lavi timoun travayè yo pandan peryòd sa a. Mete yon entwodiksyon, bonjan eksplikasyon, ak yon konklizyon. Sèvi ak enfòmasyon ou jwenn nan omwens kat nan dokiman yo, pou repons ou a. Mete detay, egzanp, oswa rezon ki fè ou di sa w di yo. FOR TEACHER USE ONLY Total Part III B Maximum is 4 Grade 5 Social Studies Nov 06 [10]

Non: Lekòl: PAJ POU EKRI PLAN Ou kapab ekri plan pou redaksyon w lan nan paj sa a, men sèlman pa ekri dènye redaksyon w nan la a. Sa ou ekri nan paj sa a pa pral konte pou dènye nòt ou a. Ekri dènye repons ou an nan tiliv separe pou repons redaksyon yo ba ou a. Kòmanse ekri vèsyon final redaksyon ou lan nan ti liv yo ba w pou w fè redaksyon an. Grade 5 Social Studies Nov. 06 [11]

FOR TEACHER USE ONLY Part I (Maximum is 35) Part II (Maximum is 15) Part III A (Maximum is 6) Total Part I, II, and III A Part III B Essay (Maximum is 4) Final (obtained from conversion chart) Scaled 0 100 Grade 5 Social Studies Nov. 06 [12]