Atelye MIT ap fè sou teknoloji pou metòd aprantisaj aktif ki chita sou resous pedagojik san baryè Le Plaza, Pòtoprens, Ayiti, janvye 2013

Similar documents
Amplwayè: Amplwaye: Dat Pèt: Nimewo Dosye: Nimewo Ka Leta:

Gid Paran pou Jadendanfan Volontè

Florida History: Famous Floridians: Henry Morrison Flagler

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: 1FES 64. Tab Number: 63 CE FES 1D: Document Title: Document Date: Haiti.

Financial Assistance Documents Texas Health Huguley

ekouvri Lekòl Piblik Boston Fanmi Boston gen chans pou yo gen plis chwa pou edikasyon pitit yo pase prèske tout lòt kote nan Etazini

BOSTON REGION METROPOLITAN PLANNING ORGANIZATION

SEKSYON PRATIK POU F È APÈL NAN BAWO FLORID LA

GID POU LEKÒL PIBLIK BOSTON POU FANMI AK ELÈV

Lekòl Piblik Boston. Byenveni nan Lekòl Nou yo.

Ce document ne peut être reproduite et / ou adopté en tout ou en partie à condition qu'il n'y a pas de changement important dans le contenu, les

REZIME AVI DEPATMAN TIMOUN AK FANMI FLORIDA RÈGLEMAN KONSÈNAN RÈGLEMAN SOU ENFÒMASYON AK JESYON PRIVE AK PWOTEKSYON ENFÒMASYON PÈSONÈL SOU SANTE

Evite kè sote moun genyen souvan nan afè bay tete

Pou plis enfòmasyon, tanpri rele nan (305)

Maladi Malarya: Enfòmasyon ou dwe konnen

(ii) Bay enfòmasyon ki klè konsènan kritè kondisyon kalifikasyon pou fè aplikasyon ak metòd pou aplike pou jwenn èd finansye;

NÒM DISIPLIN AK MEZI POU ENTÈVNI NAN TOUT VIL LA {KÒD DISIPLIN} Depatman Edikasyon vil Nouyòk. Joel I. Klein Chanselye Haitian Creole

Chanselye a ELÈV KI ANSENT OUBYEN KI GEN PITIT AK KONFIDANSYALITE NAN SANTE REPWODIKTIF REZIME CHANJMAN YO

FLORIDA HEALTHY KIDS CORPORATION AVI SOU PRATIK PWOTEKSYON EFÒMASYON PRIVE

8 YÈM ANE NIVO ENTÈMEDYÈ

POU ELÈV LEKÒL MWAYÈN AK LEKÒL SEGONDÈ YO NAN LEKÒL PIBLIK BOSTON

Chwazi yon Lekòl Segondè: Yon Mesaj pou Elèv ak Fanmi yo

SAMPLE LETTER TO PARENTS (USE SCHOOL LETTERHEAD) ELEMENTARY SCHOOL INTRODUCTORY LETTER FOR HGD UNIT KINDERGARTEN-FOURTH GRADE.

Règleman Asistans Finansye & Faktirasyon/Règleman sou Koleksyon. Règleman sou Asistans Finansye

Egzèsis sou ADN Glikozilaz - nivo 1-2

POU PLIS ENFOMASYON / parents/ spanish/ default.htm oswa ale nan: Rechech: Regleman Konduit Elev yo

Florida Healthy Kids (Timoun Ansante nan Florid) Liv pou Manm yo Mwa me 2018 Sèvis Kliyantèl:

4THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

Sa Kap Swiv la se Manyèl de Baz Elèv ak Fanmi ki kouvri Règ Debaz ak Règleman Lekòl City on a Hill

Liv Referans Anplwaye yo & Enfòmasyon sou Benefis

DEZYÈM LIV KESYON KI BAZE SOU YON SERI DOKIMAN (DBQ) 16 NOVANM Ekri non w ak non lekòl ou an lèt majiskil sou liy ki anwo yo.

James H. DeGraffenreidt, Jr. Prezidan Konsèy Administrasyon Edikasyon l Eta. Nancy S. Grasmick Sipè-entandan L Eta pou Lekòl

Gid Chwa ak Enskripsyon. Chemen Enskripsyon An

CORNERSTONE, Level A: Haitian Creole Translations

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

Pou Tout Elèv Nou yo:

AETNA BETTER HEALTH SM FIDA PLAN Rezime sou Benefis pou 2017

Prentan Sistèm sa a san danje, an sekirite, legal ak vit.

Emerante De Pradines: Good morning Mr. Watson. Emerante De Pradines: Bonjou Msye Watson.

PINGA OU VIRE PAJ SA A TOUTOTAN YO POKO DI W VIRE L.

Nou la pou ou. Manyèl pou Manm. Aetna Better Health of New York. aetnabetterhealth.com/newyork NY

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

Gid pou Lè Gen Lanmò. Boston Medical Center Biwo Zafè Moun ki Mouri. Telefòn: Faks:

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN VIVAN. Vandredi 28 janvye :15 pou 12:15 p.m.

AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Plan Avi Anyèl sou Chanjman ak Ti liv pou Patisipan pou 2017

Sa se yon dokiman legal enpòtan. Tanpri gade li nan kote ki an sekirite.

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

YON LEGLIZ KI AN SANTE KATRIYÈM EDISYON. Mark E. Dever. 525 A Street NE Washington, DC Phone (202) , FAX (202)

APLIKASYON/RE-SÈTIFIKASYON NAN PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM, SNAP)

PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SNAP SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM (SNAP) APLIKASYON/RESÈTIFIKASYON

Gid Politik Pou Elèv ak Fanmi yo

Kijan pou touche jijman lajan Collecting a Money Judgment Haitian Creole

ST. VINCENT S MEDICAL CENTER. POLITIK KONSÈNAN ASISTANS FINANSYÈ Koumanse 9 me 2017

Klas 6 yèm pou 12 yèm ane

West Boca Raton Community High School

Règleman/Pwosedi Tit: Règleman Èd Finansye - Dat anvigè: Janvye 2016 Charity Care Depatman: Sik revni # Règleman: 2209 Paj 1 sou 17

Klas 6 yèm ane pou 12 yèm ane

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 26 janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

Non Elèv la. Non Lekòl la

Biwo Fonksyònman Lekòl Règ Komisyon Konsèy Lekòl 5500

Pati B Avi konsènan Mezi Pwoteksyon pou Paran ak Elèv Andikape yo

DRAFT ETA FLORID PLAN CONSOLIDATED JULY 1, JUNE 30, 2020

EVCS Nouvèl. ~ Byenvini~

Gid Byenveni. Preparasyon pou tan w ap pase a

Vin jwenn nou pou yon randevou entènasyonal sou. Pwpozisyon pou Pri tikèt MBTA

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

Moffitt Cancer Center

PWOGRAM ANSEYMAN ENDIVIDYALIZE (IEP) DEPATMAN ANSEYMAN LETA MARYLAND (MSDE) DIVIZYON ANSEYMAN ESPESYAL / SÈVIS ENTÈVANSYON BONÈ

C h a p i t 5 Prevansyon enfeksyon. Nan chapit sa a: Prevansyon enfeksyon sove la lav Prevni enfeksyon lè w evite jèm...52

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 23 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

VIL PEYI DAYITI YO:AKSYON POU JODI A AK YON KOUDÈY SOU DEMEN REZIME

Manyèl Fanmi ak Elèv

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY LIV ENFÒMASYON POU PARAN AK ELÈV (TYPE ALL CAPS) INSERT SCHOOL NAME INSERT SCHOOL ADDRESS INSERT SCHOOL OFFICE NUMBER

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAM VIVAN

AmericasBarometer: Ayiti, 2010 Vanderbilt University Dwa resève.

KONTRAKTE KI NAN FLORIDA K-AP TRAVAY NAN JADEN/ CHEF EKIP LIV POU ETIDYE POU EGZAMEN-AN

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

Èd Apre Dezas. FEMA 545 / Jiyè Gid Aplikan pou Pwogram Endividyèl & Familyal

Katalòg Pwodwi Sante pou Ane 2015

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Jedi, 29 janvye :15 a.m. pou 12:15 p.m.

DWA AK RESPONSABILITE LOKATÈ

6323 Seventh Avenue Brooklyn, NY 11220

GID PARAN ak GADÒ Lekòl Piblik Somerville. 8 Bonair Street Somerville, MA

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

Questionnaire number. MUNICIPIO. Komin: HAISEKSYON. Seksyon Kominal: HAISEC. Zòn [optionel] HAISEGMENTO. Segman Recensman [Kod Oficiel Recensman an]

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 21 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

ISTWA ETAZINI AK GOUVÈNMAN

TANPRI PATAJE DOKIMAN SA Disponib an Panyòl, Kreyòl, oubyen Gwo Postè sou Demann

mwen ta renmen wè istwa ak foto pam pibliye nan Sòlda Lapè. Kisa poum fè?

ISTWA AK JEWOGRAFI JENERAL

LIV REGLEMAN SOU KONDWIT ELÈV

AYITI: LIBETE AK KREYATIVITE SOTI NAN MON RIVE NAN LANME

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

KONTRA ANT WALT DISNEY PARKS AND RESORTS U.S. SERVICE TRADES COUNCIL UNION (REGILYE PART TIME) EFEKTIF 30 Mas, 2014

Manyèl Elèv ak Fanmi Vèsyon Rezime

Konsey Pou Prepare w Pou Siklon

Plan AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Anyè ki gen enfòmasyon pou Pwofesyonèl Swen Sante ak Famasi pou Ane 2016

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 17 Jen :15 jiska 4:15 p.m., sèlman.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 19 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

Transcription:

Atelye MIT ap fè sou teknoloji pou metòd aprantisaj aktif ki chita sou resous pedagojik san baryè Le Plaza, Pòtoprens, Ayiti, 1619 janvye 2013 Òganizatè: Michel DeGraff ak Vijay Kumar Sa se dezyèm seri atelye nan yon pwogram ki pral dire 5 an. Objektif atelye sa yo se evalye metòd pedagojik ak devlòpman materyèl an kreyòl ki baze sou Resous pedagojik san baryè ( Open Education Resources ) pou syans ak matematik nan inivèsite ak lekòl ann Ayiti. Ki jan nou ka itilize metòd ak materyèl sa yo pi byen pou n fè kou sa yo pi djanm? Ki jan edikatè ayisyen ka kreye menm kalite materyèl sa yo pou yo rive kontinye travay la pou kont yo? Atelye sa yo chita sou metòd aprantisaj aktif ak lojisyèl pou ansèyman syans ak matematik nan MIT. Nan dezyèm seri atelye sa a, nou pral sèvi ak materyèl pou klas matematik (ekwasyon diferansyèl), fizik (elektwo-mayetis, sikui elektrik epi mekanik Newton) epi biyoloji (biyochimi, jenetik). Nou pral fè aktivite pratik pou patisipan yo ka metrize materyèl sa yo byen. Epi n ap tou pwofite moman sa a pou nou devlope yon bon jan plan travay ak kolèg ayisyen nou yo pou nou ka evalye travay n ap fè ansanm. Kondisyon pou enskri: Kandida ki pral gen pi gwo priyorite pou enskripsyon se pwofesè ki ann Ayiti e ki deja gen omwen yon diplòm metriz nan jeni, syans oswa matematik; epi, apre sa, se pwofesè ki deja enskri nan yon pwogram metriz nan youn nan domèn sa yo. Kandida yo dwe soumèt yon kopi koukikoulòm vite yo (KV), yon kopi pi gwo diplòm yo resevwa epi atestasyon enskripsyon yo nan yon pwogram metriz (si yo gen sa). Tanpri, voye dokiman sa yo (KV, diplòm, atestasyon, nan fòma PDF oswa JPEG) nan adrès imel: mit-haiti@mit.edu. Dat limit pou enskripson se vandredi 4 janvye 2013 oswa lè pa gen plas ankò. Epi tou kandida yo dwe ranpli yon sondaj pou enskripsyon nan sit sa a: https://www.surveymonkey.com/s/sondajpouenskripsyon_mit-haiti_jan2013. 1 Rezon ki fè nou poze kondisyon sa yo se paske, nan atelye sa yo, nou pral sèlman montre patisipan yo ki jan pou yo sèvi ak ni zouti teknolojik MIT yo ni lòt resous ouvè pou ansèyman matematik, fizik epi biyoloji. Se pa ni matematik, ni fizik, ni biyoloji nou pral anseye. Fòk tout patisipan yo deja gen konesans avanse nan matyè sa yo. Pa egzanp, moun ki pral patisipe nan atelye biyoloji yo dwe deja metrize kèk konsèp fondamantal nan biyochimi ak jenetik. Kon sa, patisipan sa yo ap tou pare pou itilize lojisyèl yo pou yo ka anseye kou sa yo pi byen. 1 Fakilte dè Syans (UEH) ap mete òdinatè a dispozisyon kandida ki ka bezwen asistans oswa woulib entènèt pou yo eskanne epi imel dokiman. Se Pwofesè Jean Milou Pierre (FdS) k ap bay kout men sa a. Mèsi anpil, Milou!

Rezime atelye yo Lourdes Alemán, Alison Brauneis, Ruthly François (Biyoloji / Star) Objektif lojisyèl STAR la ( Software Tools for Academics and Researchers ) se kreye yon pon ant ansèyman k ap fèt nan sal klas ak rechèch syantifik k ap fèt nan laboratwa. Ekip nou an gen pwofesyonèl k ap fè rechèch nan plizyè domèn. Nou gen syantis k ap fè rechèch epi enfòmatisyen k ap kreye lojisyèl. Kon sa, nou kolabore ak pwofesè MIT pou nou kreye zouti teknolojik pou pwofesè yo ka ede etidyan yo konprann lasyans pi byen. Anplis zouti sa yo, sitweb nou an (http://web.mit.edu/star/) ofri materyèl didaktik ou ka itilize nan divès anviwònman akademik. Materyèl sa yo gratis ti cheri. Nan atelye sa a, nou pral fè ou dekouvri 2 zouti STAR pou biyoloji: StarBiochem ki sou sit http://web.mit.edu/star/biochem epi StarGenetics ki sou sit http://web.mit.edu/star/genetics. StarBiochem se yon lojisyèl ki pratik, e ki pèmèt etidyan yo wè yon molekil an 3 dimansyon. Ki fè, etidyan yo ka aprann biyoloji molekil ak pwoteyin selon metòd aprantisaj aktif. StarGenetics se yon lojisyèl ki sèvi kankou yon laboratwa kote etidyan yo ka fè similasyon sou kwazman jenetik, epi yo ka envestige divès konsèp nan jenetik. Nou pral fè diferan aktivite pou nou ka rive byen konnen chak zouti sa yo. Nan aktivite sa yo, nou pral gade: rezon ki fè nou te kreye zouti sa yo kouman nou te kreye zouti sa yo ki jan pou n itilize zouti sa yo ak materyèl pedagojik yo tout kapasite zouti sa yo genyen kouman zouti sa yo fonksyone selon kèk egzanp pratik kèk egzanp sou jan nou ka itilize zouti sa yo ki jan nou ka sèvi ak zouti sa yo pou nou kreye pwòp aktivite pa nou Biyografi pwofesè yo: Lourdes Alemàn se yon chèchè nan Gwoup Edikasyon MIT HHMI epi se kowòdonatè nan zafè inovasyon nan kourikoulòm nan Biwo Inovasyon ak Teknoloji pou Edikasyon ( Office of Educational Innovation & Technology ) ki nan MIT. Lourdes fè dòktora li nan Depatman Biyoloji MIT. Se pwofesè Philip A. Sharp ki te dirèktè tèz dòktora li a. Pou tèz sa a, Lourdes te travay sou pwopriyete espesyal RNA. Lourdes se yon chèchè ki kontribiye anpil nan devlòpman lojisyèl ak kourikoulòm pou ansèyman biyoloji. Alison Brauneis se yon Postdoctoral Associate nan Gwoup Edikasyon MIT HHMI ki anba direksyon Pwofesè Graham Walker s. Nan Biwo Inovasyon ak Teknoloji pou Edikasyon ( Office of Educational Innovation & Technology ) ki nan MIT, Alison ap kreye, devlope, epi evalye pwogram lojisyèl ak kourikoulòm pou ansèyman biyoloji. Alison fè doktora li nan MIT, nan laboratwa rechèch Pwofesè Tyler Jacks. Laboratwa sa a chita 2 kote: nan Depatman Biyoloji MIT epi nan yon sant rechèch ki rele Koch Institute for Integrative Cancer Research. Ruthly François fè yon lisans nan Biyoloji nan Suffolk University nan lane 2012. L ap fè yon metriz kounyea. ( postbaccalaureate ) nan MIT. Antan l ap pran klas nan MIT, l ap fè

rechèch biyomedikal nan Novartis Institutes for Biomedical Research. Rechèch li se sou timè ki bay kansè nan tete. Peter Dourmashkin (Fizik / TEAL) Sa fè 10 lane depi pwofesè fizik nan MIT devlope yon metòd ki rele Teknoloji pou aprantisaj aktif ( TechnologyEnabled Active Learning = TEAL ). Metòd sa a chanje fason pwofesè nan MIT te konn anseye kou fizik de baz yo nan zafè mekanik, elèktrisite ak mayetis. TEAL bay pwofesè yo posiblite pou yo entegre nouvo metòd ak teknoloji nan klas fizik pou etidyan debitan yo. Metòd ansèyman sa a se yon metòd pratik kote etidyan yo travay an gwoup (3 moun nan chak gwoup). Etidyan yo fè esperimantasyon sou divès fòmil syantifik antan y ap itilize òdinatè pou konprann konsèp nan mekanik, mayetis, elektrisite, epi y ap analize konsèp sa yo. Atelye sa a chita sou metòd aprantisaj aktif k ap ede etidyan metrize konsèp yo, fè esperimantasyon, epi devlope kapasite pou rezoud pwoblèm nan klas la menm. Kon sa, patisipan nan atelye a ap aprann ki jan pou yo kreye yon anviwònman kote etidyan ka brase lide antre yo nan klas la pou yo rive fè travay la ansanm. Tout materyèl pou atelye a disponib sou sit entènèt OCW Scholar kote tout materyèl disponib gratis ti cheri. Pou atelye sa a, nou pral dekri metòd ki rele TEAL la, epi nou pral montre ki jan nou ka adapte materyèl ki sou OCW Scholar yo pou anseye fizik nan divès anviwonnman akademik. Biyografi pwofesè a: Peter Dourmashkin se yon anseyan nan Depatman Fizik MIT. Peter se yon espè nan ansèyman pou etidyan k ap pran premye kou fizik yo nan MIT. Peter fè rechèch nan Fizik Matematik, gwoup Lie epi Teyori Reprezantasyon Aljèb. Depi 2001 Dourmashkin, ansanm ak yon ekip pwofesè, ap patisipe nan devlòpman epi aplikasyon, metòd TEAL la. Pwojè sa a vreman chanje jan pwofesè MIT anseye kou fizik de baz yo. Haynes Miller (Matematik / Matlèt) Konprann ekwasyon diferansyèl (sa yo vle di, metòd yo sèvi pou yo jwenn solisyon yo, entèpretasyon konpòtman solisyon yo) se yon eleman ki enpòtan, ki pou toujou prezan nan bwat konpetans yon savan oubyen yon enjenyè. Moun ki tout tan ap sèvi avèk ekwasyon diferansyèl gen imaj klè, nan tèt yo, sou plizyè aspè nan ekwasyon diferansyèl avèk tout solisyon yo. Epitou, pi fò moun konprann yon pwoblèm pi byen lè yo gen yon reprezantasyon grafik pou ede yo. Memwa imaj ak imajinasyon ki nan nan tèt chak moun byen monte pou yo kapte rapò ki egziste pami divès eleman. Mete sou sa, se yon gwo avantaj pou nou itilize kapasite sa a yon kapasite ki deja nan tèt etidyan yo pou nou esplike yon pwoblèm pi byen. Yon zouti tankou yon animasyon oubyen yon òdinatè ki byen pwograme pou sa ka byen montre relasyon ki egziste nan mitan divès kalite reprezantasyon ki bay menm enfòmasyon an. Pandan dis dènye lane sa yo, nou devlope yon dividal aplikasyon Java nou rele «Mathlet» (Matlèt) nan sit http://mathlets.org pou nou ede etidyan yo konprann yon dividal konsèp matematik gras ak imaj yo ka wè devan je yo. Pi fò Matlèt sa yo fèt pou yo sèvi nan kou sou ekwasyon diferansyèl òdinè nou fè pou 85% etidyan MIT yo. An jeneral yo pran kou sa yo nan dezyèm oubyen nan twazyèm semès etid yo. Matlèt se yon pati nan yon estrateji ki pi jeneral sou aprantisaj aktif. Se estrateji sa a mwen pral pataje ak patisipan nan atelye sa a.

Objektif atelye sa a se fè nou dekouvri zouti aprantisaj sa yo ki ede nou anseye ekwasyon diferansyèl. Nou pral monte kèk egzanp sou fason nou ka sèvi ak Matlèt yo pou ansèyman. Apre sa, nou pral fè kèk egzanp sou fason nou ka sèvi avèk yo nan devwa oubyen nan braselide ki ka fèt nan mitan kèk ti gwoup etidyan k ap kolabore. Epi konsa, rive vandredi, mwen pral dirije yon atelye kote patisipan yo menm, poukont you, yo pral fè esperyans sèvi ak Matlèt yo kòm zouti pou ansèyman. Epi patisipan yo pral ekri pwòp plan yo pou itilizasyon Matlèt nan klas pa yo. Biyografi pwofesè a: Haynes Miller ap anseye Matematik nan MIT depi 1986. Anvan sa, li te fè yon ti bout tan kòm pwofesè nan Harvard, Northwestern, Washington, Notre Dame, epi Paris. Pwofesè Miller responsab ansèyman kou sou ekwasyon diferansyèl pandan 9 semès depi li nan MIT. An 2005, li te resevwa yon pri Mac Vicar Fellowship pou bon jan travay li te fè. Pwofesè Miller enterese nan fè rechèch sou aljèb ak topoloji. Glenda Stump (Atelye sou pedagoji, estimasyon epi evalyasyon atelye sa yo se pou TOUT PATISIPAN YO NÈT, pou nou rive byen evalye jan nou pral sèvi ak nouvo zouti yo) Fason yon pwofesè kwè moun aprann ak metòd pedagojik li chwazi pou fè sa gen yon gwo enfliyans sou jan etidyan l yo pral aprann. Nan koumansman atelye sa a, nou pral pale sou kèk lide sou jan moun dwe aprann, espesyalman metòd pou aprantisaj aktif. Aprantisaj ki chita sou patisipasyon etidyan fè gen plis etidyan ki motive pou aprann. Ki fè, sa pèmèt yo aprann pi byen tou. Depi plis pase 10 an, pwofesè MIT ap itilize metòd sa a nan divès klas. Nan atelye sa a, nou pral pataje kèk egzanp sou fason nou fè sa nan MIT. Kon sa, patisipan yo ap ka aplike metòd sa yo nan klas ann Ayiti tou. Evalye diferan metòd ki ka ede yon etidyan aprann se yon pwen enpòtan nan zafè ansèyman. Evalye etidyan yo pandan kou a menm oswa apre kou a ka fè n konnen ki sa nou dwe fè pou fè etidyan yo fè plis pwogrè. Epi tou, estimasyon ak evalyasyon ap ede nou mezire si nou reyalize objektif nou. Nan premye atelye a, nou pral pale sou ki jan nou ka planifye enstriman pou estimasyon ki pral ban nou done pou nou fè evalyasyon, e ki jan nou ka fè sa nan diferan kontèks. Pi devan, n ap gen yon lòt sesyon ki pral pale plis sou sa: nou pral brase lide sou divès zouti ki ka ede nou fè estimasyon. Pou fini, patisipan yo ap gen opòtinite pou devlope bon jan zouti pou mezire aprantisaj etidyan pa yo tou. Biyografi pwofesè a: Glenda Stump se yon Associate Director seksyon kontwòl epi evalyasyon nan Laboratwa pou Ansèyman ak Aprantisaj ( Teaching & Learning Laboratory ) nan MIT. Stump evalye klas nan MIT, epi li fè sa tou pou plizyè pwojè. Stump evalye kèk grenn klas nan MIT pou l wè ki jan pwofesè yo ap kreye nouvo materyèl pou etidyan yo aprann pi byen. Stump fè rechèch tou nan lòt domèn ki gen pou wè ak edikasyon. Stump se yon edikatè ki chaje ak esperyans nan ansèyman siperyè.

Madi 15 janvye: Kalandriye: Madi 15 janvye, (apre nou fin enstale n nan lotèl la) 6PM???: Reyinyon ant òganizatè yo: Reyinyon pou nou finalize tout ti detay pou atelye yo byen pase Mèkredi 16 janvye: 8:30 AM 10:45AM, Entwodiskyon sou aprantisaj aktif epi sou evalyasyon Sesyon sa a se pou TOUT PATISIPAN YO NÈT. Se la nou pral kòmanse brase lide sou metòd ak objektif ki pral gide dewoulman tout inisyativ la ki pral dire 5 an pou pi piti (si Dye vle) 8:30 9AM: Entwodiksyon jeneral, yon ti rale sou inisyativ MITAyiti a, epi 2 mo sou atelye nou te òganize an mas 2012. 9 9:45AM: Pedagoji, estimasyon epi evalyasyon (Stump) 9:45 10:45AM: Aprantisaj aktif espas, modèl, kilti (Dourmashkin) 10:45 11AM: Yon ti poz 11AM1PM, Atelye pou pwofesè biyoloji ak chimi (STAR) Star pou biyochimi I (Pwofesè: Lourdes Alemán, Alison Brauneis, Ruthly François) 11AM1PM, Atelye pou pwofesè fizik (TEAL) TEAL I (Pwofesè: Peter Dourmashkin) 11AM1PM, Atelye pou pwofesè matematik (Matlèt) Matlèt I (Pwofesè: Haynes Miller) 1PM 2PM: Manje midi 2PM 6PM, Atelye pou pwofesè biyoloji STAR) STAR pou biyochimi II (pwofesè: Lourdes Alemán, Alison Brauneis, Ruthly François) 2 PM 6PM, Atelye pou pwofesè fizik (TEAL) TEAL II (Pwofesè: Peter Dourmashkin) 2:00 6PM PM, Atelye pou pwofesè matematik (Mathlets) Matlèt II (Pwofesè: Haynes Miller) Jedi 17 janvye: 9AM9:30AM, Edikasyon ak teknoloji Yon ti rezime sou sa nou te aprann yè (mèkredi). Itilizasyon teknoloji pou aprantisaj aktif. 9:30AM1PM, Atelye pou pwofesè biyoloji (STAR) STAR pou jenetik I (Pwofesè: Lourdes Alemán, Alison Brauneis, Ruthly François) 9:30AM 1PM, Atelye pou pwofesè fizik (TEAL) TEAL III (Pwofesè: Peter Dourmashkin) 1PM 2PM: Manje midi 2 6PM, Atelye pou pwofesè biyoloji (STAR) STAR pou jenetik II (Pwofesè: Lourdes Alemán, Alison Brauneis, Ruthly François) 2 6PM, Atelye pou pwofesè matematik (Mathlets) Matlèt III (Pwofesè: Haynes Miller)

Atelye nan jounen vandredi ak samdi yo (18 19 janvye 2013) se pou TOUT PATISIPAN YO NÈT. Se la nou pral kontinye brase lide sou metòd ak objektif ki pral gide enplemantasyon tout inisyativ la yon inisyativ ki pral dire 5 an pou pi piti (si Bon Dye vle. Epi se la nou pral bay plis detay sou jan nou ka fè konbit tèt ansanm pou nou ka evalye itilizasyon nouvo zouti yo kòm sa dwa. Vandredi 18 janvye: 9AM9:30AM, Edikasyon ak teknoloji: Yon ti rezime sou sa nou te aprann yè (jedi). Itilizasyon teknoloji pou aprantisaj aktif. 9:30AM1PM, Atelye sou estimasyon ak evalyasyon Estimasyon ak evalyasyon (Pwofesè: Glenda Stump) 1PM 2PM: Manje midi 2 6PM, Patisipan nan atelye STAR, TEAL epi Matlèt pral fè aktivite pratik Patisipan yo pral travay ansanm pou reflechi sou aktivite pratik pa egzanp: prepare plan leson, ekri yo, epi kreye pwòp egzèsis pa yo Samdi 19 Janvye: 9AM1PM, Prezantasyon final Yon seleksyon pami patisipan STAR, TEAL ak Matlèt pral prezante travay yo