Kijan pou touche jijman lajan Collecting a Money Judgment Haitian Creole

Similar documents
Pou plis enfòmasyon, tanpri rele nan (305)

SEKSYON PRATIK POU F È APÈL NAN BAWO FLORID LA

Financial Assistance Documents Texas Health Huguley

Règleman Asistans Finansye & Faktirasyon/Règleman sou Koleksyon. Règleman sou Asistans Finansye

Amplwayè: Amplwaye: Dat Pèt: Nimewo Dosye: Nimewo Ka Leta:

REZIME AVI DEPATMAN TIMOUN AK FANMI FLORIDA RÈGLEMAN KONSÈNAN RÈGLEMAN SOU ENFÒMASYON AK JESYON PRIVE AK PWOTEKSYON ENFÒMASYON PÈSONÈL SOU SANTE

Pati B Avi konsènan Mezi Pwoteksyon pou Paran ak Elèv Andikape yo

(ii) Bay enfòmasyon ki klè konsènan kritè kondisyon kalifikasyon pou fè aplikasyon ak metòd pou aplike pou jwenn èd finansye;

Florida History: Famous Floridians: Henry Morrison Flagler

BOSTON REGION METROPOLITAN PLANNING ORGANIZATION

Chanselye a ELÈV KI ANSENT OUBYEN KI GEN PITIT AK KONFIDANSYALITE NAN SANTE REPWODIKTIF REZIME CHANJMAN YO

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: 1FES 64. Tab Number: 63 CE FES 1D: Document Title: Document Date: Haiti.

FLORIDA HEALTHY KIDS CORPORATION AVI SOU PRATIK PWOTEKSYON EFÒMASYON PRIVE

Gid Paran pou Jadendanfan Volontè

Règleman/Pwosedi Tit: Règleman Èd Finansye - Dat anvigè: Janvye 2016 Charity Care Depatman: Sik revni # Règleman: 2209 Paj 1 sou 17

Moffitt Cancer Center

ST. VINCENT S MEDICAL CENTER. POLITIK KONSÈNAN ASISTANS FINANSYÈ Koumanse 9 me 2017

APLIKASYON/RE-SÈTIFIKASYON NAN PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM, SNAP)

Evite kè sote moun genyen souvan nan afè bay tete

Èd Apre Dezas. FEMA 545 / Jiyè Gid Aplikan pou Pwogram Endividyèl & Familyal

PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SNAP SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM (SNAP) APLIKASYON/RESÈTIFIKASYON

Gid pou Lè Gen Lanmò. Boston Medical Center Biwo Zafè Moun ki Mouri. Telefòn: Faks:

KONTRAKTE KI NAN FLORIDA K-AP TRAVAY NAN JADEN/ CHEF EKIP LIV POU ETIDYE POU EGZAMEN-AN

DWA AK RESPONSABILITE LOKATÈ

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

Florida Healthy Kids (Timoun Ansante nan Florid) Liv pou Manm yo Mwa me 2018 Sèvis Kliyantèl:

DEZYÈM LIV KESYON KI BAZE SOU YON SERI DOKIMAN (DBQ) 16 NOVANM Ekri non w ak non lekòl ou an lèt majiskil sou liy ki anwo yo.

ekouvri Lekòl Piblik Boston Fanmi Boston gen chans pou yo gen plis chwa pou edikasyon pitit yo pase prèske tout lòt kote nan Etazini

AETNA BETTER HEALTH SM FIDA PLAN Rezime sou Benefis pou 2017

Lekòl Piblik Boston. Byenveni nan Lekòl Nou yo.

Vin jwenn nou pou yon randevou entènasyonal sou. Pwpozisyon pou Pri tikèt MBTA

Nou la pou ou. Manyèl pou Manm. Aetna Better Health of New York. aetnabetterhealth.com/newyork NY

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

NÒM DISIPLIN AK MEZI POU ENTÈVNI NAN TOUT VIL LA {KÒD DISIPLIN} Depatman Edikasyon vil Nouyòk. Joel I. Klein Chanselye Haitian Creole

6323 Seventh Avenue Brooklyn, NY 11220

Chwazi yon Lekòl Segondè: Yon Mesaj pou Elèv ak Fanmi yo

POU PLIS ENFOMASYON / parents/ spanish/ default.htm oswa ale nan: Rechech: Regleman Konduit Elev yo

Manyèl Fanmi ak Elèv

KONTRA ANT WALT DISNEY PARKS AND RESORTS U.S. SERVICE TRADES COUNCIL UNION (REGILYE PART TIME) EFEKTIF 30 Mas, 2014

Liv Referans Anplwaye yo & Enfòmasyon sou Benefis

Gid Politik Pou Elèv ak Fanmi yo

8 YÈM ANE NIVO ENTÈMEDYÈ

Sa se yon dokiman legal enpòtan. Tanpri gade li nan kote ki an sekirite.

TANPRI PATAJE DOKIMAN SA Disponib an Panyòl, Kreyòl, oubyen Gwo Postè sou Demann

PINGA OU VIRE PAJ SA A TOUTOTAN YO POKO DI W VIRE L.

SAMPLE LETTER TO PARENTS (USE SCHOOL LETTERHEAD) ELEMENTARY SCHOOL INTRODUCTORY LETTER FOR HGD UNIT KINDERGARTEN-FOURTH GRADE.

4THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

Klas 6 yèm ane pou 12 yèm ane

Klas 6 yèm pou 12 yèm ane

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

Konsey Pou Prepare w Pou Siklon

GID POU LEKÒL PIBLIK BOSTON POU FANMI AK ELÈV

Pou Tout Elèv Nou yo:

Atelye MIT ap fè sou teknoloji pou metòd aprantisaj aktif ki chita sou resous pedagojik san baryè Le Plaza, Pòtoprens, Ayiti, janvye 2013

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

AmericasBarometer: Ayiti, 2010 Vanderbilt University Dwa resève.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN VIVAN. Vandredi 28 janvye :15 pou 12:15 p.m.

AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Plan Avi Anyèl sou Chanjman ak Ti liv pou Patisipan pou 2017

James H. DeGraffenreidt, Jr. Prezidan Konsèy Administrasyon Edikasyon l Eta. Nancy S. Grasmick Sipè-entandan L Eta pou Lekòl

West Boca Raton Community High School

LIV REGLEMAN SOU KONDWIT ELÈV

Emerante De Pradines: Good morning Mr. Watson. Emerante De Pradines: Bonjou Msye Watson.

Biwo Fonksyònman Lekòl Règ Komisyon Konsèy Lekòl 5500

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY LIV ENFÒMASYON POU PARAN AK ELÈV (TYPE ALL CAPS) INSERT SCHOOL NAME INSERT SCHOOL ADDRESS INSERT SCHOOL OFFICE NUMBER

Prentan Sistèm sa a san danje, an sekirite, legal ak vit.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Jedi, 29 janvye :15 a.m. pou 12:15 p.m.

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

Katalòg Pwodwi Sante pou Ane 2015

Ce document ne peut être reproduite et / ou adopté en tout ou en partie à condition qu'il n'y a pas de changement important dans le contenu, les

Is Konektikèt GID POU SA KI FÈK VINI YO. Sa se yon gid sou tout vil, minisipalite, ak lòt sèvis kin nan zòn Is Konektikèt la

C h a p i t 5 Prevansyon enfeksyon. Nan chapit sa a: Prevansyon enfeksyon sove la lav Prevni enfeksyon lè w evite jèm...52

ISTWA AK JEWOGRAFI JENERAL

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 26 janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

YON LEGLIZ KI AN SANTE KATRIYÈM EDISYON. Mark E. Dever. 525 A Street NE Washington, DC Phone (202) , FAX (202)

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAM VIVAN

Non Elèv la. Non Lekòl la

Gid Chwa ak Enskripsyon. Chemen Enskripsyon An

DRAFT ETA FLORID PLAN CONSOLIDATED JULY 1, JUNE 30, 2020

Egzèsis sou ADN Glikozilaz - nivo 1-2

Sa Kap Swiv la se Manyèl de Baz Elèv ak Fanmi ki kouvri Règ Debaz ak Règleman Lekòl City on a Hill

Maladi Malarya: Enfòmasyon ou dwe konnen

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 23 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

EVCS Nouvèl. ~ Byenvini~

GID PREPARASYON KADIJANS LAFLORID

Questionnaire number. MUNICIPIO. Komin: HAISEKSYON. Seksyon Kominal: HAISEC. Zòn [optionel] HAISEGMENTO. Segman Recensman [Kod Oficiel Recensman an]

GID PARAN ak GADÒ Lekòl Piblik Somerville. 8 Bonair Street Somerville, MA

ISTWA ETAZINI AK GOUVÈNMAN

CORNERSTONE, Level A: Haitian Creole Translations

Gid Byenveni. Preparasyon pou tan w ap pase a

ISTWA AK JEYOGRAFI JENERAL

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 21 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

Kontni. Prepare ou: Kreye yon Plan pou Katastwòf Yon Plan pou Moun ki Enfim Definisyon Sitiyasyon Ijans Evakyasyon...

POU ELÈV LEKÒL MWAYÈN AK LEKÒL SEGONDÈ YO NAN LEKÒL PIBLIK BOSTON

PWOGRAM ANSEYMAN ENDIVIDYALIZE (IEP) DEPATMAN ANSEYMAN LETA MARYLAND (MSDE) DIVIZYON ANSEYMAN ESPESYAL / SÈVIS ENTÈVANSYON BONÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 19 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

Manyèl Elèv ak Fanmi Vèsyon Rezime

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

Transcription:

Sistèm Jidisyè New Jersey New Jersey Judiciary Kijan pou touche jijman lajan Collecting a Money Judgment Haitian Creole Tribinal Siperyè nan New Jersey Divizyon Dwa Seksyon Sivil Espesyal Superior Court of New Jersey Law Division Special Civil Part

Si yo dwe w lajan paske yo akòde w yon jijman nan Pati Espesyal Sivil la, ou se kreyansye yon jijman. Ou fèt pou kontakte moun ki dwe w lajan a (debitè jijman a) pou diskite koze peyman. Pafwa, peyman yo fèt menm jou odyans nan tribinal la oswa pa vèsman. Si w pa resevwa lajan yo dwe w an, gen plizyè fason tribinal la kab ede w touchel. Byen ke tribinal la va eseye ede w touche lajan yo dwe w an, li pakab garanti ke yap peye dèt ou an. Tout Fòm diferan metòd pou touche lajan ki dekri nan depliyan sa a disponib nan Biwo Pati Espesyal Sivil New Jersey a (New Jersey Special Civil Part Office). Yon pakè pou prezante plent ansanm ak yon pakè repons pou tout pledè yo ki reprezante pwòp tèt yo, ansanm ak tout enstriksyon yo, disponib nan nenpòt ki Biwo Pati Espesyal Sivil New Jersey an ak nan njcourts.gov. Òdonans pou (sezi) byen ak byen mèb Yon òdonans pou (sezi) byen ak byen mèb pèmèt pati sivil espesyal la eseye touche lajan debitè a dwe w nan jijman an sou kont an bank li oswa byen pèsonèl li. Byen imobilye paka sèvi pou touche lajan ki dwe nan Pati Sivil Espesyal la. Ou fèt pou lokalize ak idantifye byen pèsonèl debitè a pou satisfè jijman ou an ba ofisye pati sivil espesyal la. Ou kapab,tou pa egzanp, mande yon ofisye pati sivil espesyal la eseye vann atik pèsonèl debitè a kankou aparèy biwo nan oksyon piblik. Debitè a gendwa kenbe byen pèsonèl yon valè de $1,000 ak vètman pou li mete sou li. Si debitè a pa genyen byen pèsonèl ki ta vo plis de $1,000, ofisye pati sivil espesyal la pap kab sèvi ak metòd sa a pou satisfè jijman an ak touche lajan yo dwe w an. Si w mande ofisye pati sivil espesyal la pou sezi machinn debitè a, ou fèt pou kab demontre ke machinn la anrejistre sou non debitè a. Wap kab fè sa lè w jwenn kopi sètifye tit ak/oswa jwenn sezi-arè sètifye nan men Komisyon Sèvis Sikilasyon New Jersey a (New Jersey Motor Vehicle Commission). Petèt ke debitè ka gen yon prè oswa yon dèt sou machinn la, kidonk, ou fèt pou detèmine si gen swa valè oubyen valè ki jis anvan ou mande ofisye pati sivil espesyal la poul pouswiv sa. Frè pou jwenn yon òdonans tribinal se $35 plis frè mileyaj aplikab yo pou ofisye pati sivil espesyal la. Ofisye a va enfòme w de tout frè adisyonèl pou pibliye ak vann byen debitè a ki sezi yo ak òdonans sa a, ak kilè epi si sa ta fèt. Yon òdonans bon pou dezan apati de dat yo emèt liya. Pa gen limitasyon sou kantite òdonans yon kreyansye kab jwenn. Ou pa gendwa chwazi ki ofisye nan pati sivil espesyal la ka va fè travay sa a pou w. Enfòmasyon Jeneral sou Òdonans ak Frè Ofisye Pati Sivil Espesyal yo Ofisye pati sivil espesyal la pa gendwa kolekte sou pansyon alimantè timoun, benefis byenèt sosyal, benefis Sekirite Sosyal, SSI, benefis pou veteran oswa benefis chomaj. Yon fwa w aplike epi tribinal emèt yon òdonans sou (sezi) byen ak byen mèb yap deziyel ba yon ofisye pati sivil espesyal pou koleksyon. Daprè lalwa, gen yon frè 10 pousan ke yajoute sou montan jijman an ki sèvi kòm komisyon pou ofisye a. Frè sa a parèt sou jijman a epi li peyab a ofisye a pandan yap kolekte jijman. Yap tire 10 pousan sa a sou lajan ofisye a kolekte. Yon fwa yo finn emèt yon òdonans e ke li aktif e li pako perime (chak òdonans valab pou dezan apati de dat yo emèt liya), tout peyman fèt pou fèt dirèk ba ofisye pati sivil espesyal la, men li pa fèt pou al jwenn kreyansye a dirèkteman. Se ofisye a kap okipe tout kontabilite ak dedwi komisyon apwopriye a ak voye balans la ba w. Si ofisye a voye tounnen yon òdonans ki make satisfè konpletman ba w, Biwo Pati Sivil Espesyal la va anrejistre satisfaksyon jijman nan rejis la. Yon ofisye pati sivil espesyal la kab voye tounnen yon òdonans ki make "konpletman satisfè" sèl si ofisye a pèsonèlman touche tout lajan ki te dwe a, ki enkli tout frè tribinal ansanm ak enterè yo, si ta genyen, plis tout 10 pousan komisyon ofisye a. Pafwa, aprè ofisye a finn kolekte lajan a oswa li pran kontak ak debitè a, konvèsasyon konsènan aranjman kab fèt ant debitè a ak kreyansye a. Sonje byen ke, si w ta fè yon antant ak debitè a, ofisye a Revise 04/2018, CN 10282-Haitian Creole paj 1

ki te "fè koleksyon valab la oswa de yon fason ou lòt ede w jwenn peyman, gendwa, daprè lalwa, resevwa 10 pousan komisyon li sou nenpòt ki montan ki te peye. Nenpòt ki peyman konplè oswa pasyèl ke yo ta peye w direkteman sijè a 10 pousan komisyon ki fèt pou peye ba ofisye a. Remake ke si ofisye a sèvi òdonans ou an epi li kolekte sou byen pèmisib yo (byen yo ap konjele), ofisye a fèt pou li mande labank la oswa lòt enstitisyon finansye pou libere (dekonjele) byen yo alafen de 2 zan, dat ekspirasyon òdonans la, amwens ke w ta aplike a tan pou yon nouvo òdonans ak enstriksyon ba ofisye a pou re-kolekte ak nouvo òdonans la sou byen sa a anvan yo relagel nan men debitè a. Koleksyon nan Labank Si w konnen oswa ou kab verifye ki kote debitè a gen kont depay oswa kont kouran nan New Jersey a, ou kab mande ofisye pati sivil espesyal la pou touche dèt la de lajan sou kont la ak òdonans la. Ofisye pati sivil espesyal yo pa oblije fè rechèch sou kont an bank debitè a. Ou fèt pou bay non labank la, adrès la ak pa depase 4 chif sou nimewo kont la si li posib. Pa bay Biwo Pati Sivil Espesyal la nimewo kont konplè kont aktif debitè a. Bay li ba ofisye a dirèkteman si li ta nesesè. Si ta gen yon nouvo adrès ke w ta vinn bay ofisye a kote ta gen byen disponib pou satisfè jijman an, yo kab chaje frè mileyaj adisyonèl. Aprè ofisye pati sivil espesyal la finn kolekte lajan a, lajan sa a konsidere konjele. Lè sa a se pou prezante yon demann Pou Remèt Tout Fon yo nan tribinal la ak sèvi kopi demann la a debitè a ansanm ak labank la. Yon pakè pou tout pledè ki reprezante tèt yo sou Kijan Pou Prezante yon Demann pou Debousman Fon yo disponib nan nenpòt ki Biwo Pati Sivil Espesyal yo ak nan njcourts.gov. Si tribinal la akòde demann la, jij la va siyen Lòd pou Debouse Fon yo ki te soumèt ansanm ak demann la. Ofisye pati sivil espesyal la va fè livrezon lòd sa a ba labank la. Ofisye a va pran lajan a labank dabò epi depozel sou kont lajan konfye ofisye a epi la va poste yon chèk ba kreyansye a oswa avoka kreyansye a pa pi ta ke le 15 di mwa aprè dat ofisyèl ke yo depoze lajan a. Sezi-arè sou Salè (Sezi-arè sou Salè Debitè a) Ou kab mande yon sezi-arè sou salè si debitè a travay nan New Jersey epi gaye plis ke $217.50 pa semenn. Pou mande yon sezi-arè, ou fèt pou voye Avi Aplikasyon Sezi-Arè sou Salè ba debitè a pa swa lapòs nòmal oubyen sètifye. Ou fèt pou anrejistre kopi aplikasyon ou voye ba debitè a nan Biwo Pati Sivil Espesyal la nan konte kote yo te fè pwosè dosye a. Si debitè a pwoteste kont sezi-arè sou salè li, swa avan oubyen aprè yo finn emèt lòd la, yap fikse yon odyans nan tribinal imedyatman. Si debitè pa gen objeksyon oswa tribinal pa akòde objeksyon an, yap emèt yon lòd sezi-arè epi yon ofisye pati sivil espesyal la va prezantel bay anplwayè debitè a. Anplwayè a va kenbe pati nan salè debitè a daprè Òdonans Sezi-Arè a mande epi la va voye lajan a direkteman ba ofisye a, ka va dedwi 10 pousan komisyon li ak voye rès la ba w nan menm fason yo te deja mansyone nan depliyan sa a. Frè pou sezi-arè sou salè a se $35 plis tout mileyaj aplikab yo. Wap jwenn pakè aplikasyon pou pledè ki reprezante tèt yo disponib nan nenpòt Biwo Pati Sivil Espesyal New Jersey ak nan njcourts.gov. Jijman Anrejistre Si swa w oubyen ofisye pati sivil espesyal la pa kab kolekte lajan yo dwe w an sou jijman a, ou kab mande pou yo anrejistre jijman nan biwo Tribinal Siperyè (Superior Court Clerk s Office) Trenton la nan Pati Sivil Espesyal la. Yon fwa jijman a anrejistre nan Tribinal Siperyè a, debitè a pap kab vann okenn imobilye a tit lib ke li ta genyen nan New Jersey toutotan dèt la pa peye. Pou anrejistre yon jijman, ou fèt pou mande yon Deklarasyon pou Anrejistre nan men Pati Sivil Espesyal konte kote yo te fè pwosè dosye a. Ou fèt pou depoze Deklarasyon pou Anrejistre a ak Tribinal Siperyè a (Clerk of the Superior Court), Richard J. Hughes Justice Complex, P.O. Box 971, Trenton, N.J. 08625. Revise 04/2018, CN 10282-Haitian Creole paj 2

Frè pou depoze Deklarasyon pou Anrejistre a se $35, peyab a Treasurer, State of New Jersey. Pa gen frè pou peye pou yo emèt deklarasyon an nan Pati Sivil Espesyal la. Yon fwa li finn anrejistre, tout efò ki te antreprann pou touche lajan a ke yo te akòde orijinalman ba Pati Sivil Espesyal la fèt pou fèt atravè biwo sheriff la nan konte kote tout byen debitè a sitiye. Manda pou Founi Enfòmasyon Si w pa konnen kote debitè jijman an gen kont depay oswa kont kouran, ki byen pèsonèl debitè genyen oswa ki kote li travay, wap kab jwenn yon manda pou founi enfòmasyon nan men nenpòt ki Biwo Pati Sivil Espesyal New Jersey a. Li disponib tou nan njcourts.gov. Manda pou Founi Enfòmasyon se yon dokiman tribinal ki genyen yon seri kesyon osijè de tout byen posib debitè ta ka genyen. Ou kab sèvi yon orijinal ak yon kopi manda pou founi enfòmasyon a ba debitè a, swa an pèsòn obyen pa lapòs nòmal oswa sètifye akize resepsyon ak an menm tan pa lapòs nòmal. Ou fèt pou founi tenb peye deja, yon anvlòp tou adrese ak manda pou founi enfòmasyon a. Debitè a fèt pou reponn ak remèt manda pou founi enfòmasyon a ba w nan yon delè de 14 jou apati de dat yo te sèvil dokiman yo. Ou pa gendwa sèvi ak enfòmasyon manda sa a plis de yon fwa nan yon peryòd de si mwa san otorizasyon tribinal la. Si debitè a pa reponn manda pou founi enfòmasyon a, lap fè fas a sanksyon pou dezobeyisans òdonans tribinal la, e ke tribinal la kab mete an vigè. Yon pakè pou tout pledè ki reprezante tèt yo sou Kijan pou Depoze yon Demann pou Mete an Vigè tout Dwa Pledè yo disponib nan nenpòt nan Biwo Pati Sivil Espesyal New Jersey a ak nan (How to File a Motion to Enforce Litigants Rights) njcourts.gov. Si debitè pa reponn konplètman tout enfòmasyon ki sou manda a nan 21 jou apati de dat yo te sèvil la, ou kab prezante yon aplikasyon ki sipòte ak sètifikasyon tribinal la pou yon lòd ki pèmèt ou sèvi manda pou founi enfòmasyon a ba labank yo, anplwayè yo oswa biznis ki dwe lajan ba debitè a. Si tribinal la siyen òdonans sa a, wap kab jwenn manda pou founi enfòmasyon sa a nan Biwo Pati Sivil Espesyal la tou. Lè sa a, wap kab sèvi yon orijinal ak yon kopi manda pou founi enfòmasyon a swa an pèsòn oubyen pa lapòs sètifye oubyen anregistre ak akize resepsyon, an menm tan ke pa lapòs nòmal. Ou fèt pou founi tou yon anvlòp tenbre ki tou deja adrese. Si youn nan pati ke yo sèvi ak manda pou founi enfòmasyon a pa reponn nan yon delè de 14 jou apati de dat yo te sèvil la, yap fè fas a sanksyon ke tribinal la kab mete an vigè. Òdonans Tribinal pou fè Echanj Prèv Yon lòt fason pou ka jwenn enfòmasyon osijè de tout byen debitè a ta ka genyen se depoze yon petisyon nan tribinal la ki pale de montan ki dwe a nan jijman an epi mande tribinal la pou emèt yon lòd ki egzije debitè a oswa nenpòt ki lòt moun ki ta gen enfòmasyon konsènan tout byen debitèa a pou reponn tout kesyon konsènan byen sa yo nan yon lye ak lè ke tribinal la ta espesifye nan òdonans la. Yo kab mande yon moun konparèt yon sèl fwa san manda tribinal. Ou kab sèvi kopi òdonans pou fè echanj prèv ba debitè a oswa nenpòt lòt moun swa pèsonèlman oubyen pa lapòs sètifye oswa anrejistre ak akize resepsyon an menm tan pa lapòs nòmal omwen 10 jou anvan dat konparisyon an. Si debitè oswa moun ki site sou manda tribinal la pa obeyi òdonans tribinal la ak pa konparèt nan lye ak lè espesifik la pou founi enfòmasyon konsènan tout byen debitè a, li kab fè fas a sanksyon ke tribinal la kab mete an vigè. Revise 04/2018, CN 10282-Haitian Creole paj 3

Koleksyon Jijman de yon lòt Eta Atik 4 nan Konstitisyon Lèzetazini a di ke yon jijman yon tribinal akòde nan yon leta valab de bòn fwa ak gen kredi nan yon lòt eta. Yo kab aplike yon jijman yon lòt eta ki anrejistre nan Biwo Tribinal Siperyè Trenton la. Lap sèvi de sezi-arè sou nenpòt ki byen imobilye debitè a ta posede nan New Jersey ansanm ak tout lòt efò pou koleksyon ki fèt pou fèt atravè Biwo Sheriff nan konte kote debitè a gen byen liyo. Kontakte Biwo Tribinal Siperyè a nan 609-421-6100 pou enfòmasyon adisyonèl. Otreman, ou kab eseye kolekte oswa mete an vigè yon jijman de yon lòt eta pou $15,000 oubyen pou mwens nan Pati Sivil Espesyal la lè w depoze yon plent, akonpaye de kopi ki ilistre jijman lòt eta a nan Biwo Pati Sivil Espesyal nan konte kote debitè a abite oubyen sitiye. Anplwaye biwo sa a va enfòme w de tout frè aplikab yo. Antant Si ka a ta ranje anvan jijman a, pleyan a responsab depoze estipilasyon ki di ke ka a fèmen ak Pati Sivil Espesyal la. Si yon jijman peye, ak oswa san èd ofisye pati sivil espesyal la, pleyan a responsab depoze yon manda satisfaksyon nan Pati Sivil Espesyal Tribinal la. Manda Satisfaksyon a se yon dokiman ki satisfè jijman ki nan dosye a. Wap jwenn anyè telefònik Biwo Pati Sivil Espesyal Tribinal Siperyè a nan njcourts.gov. Revise 04/2018, CN 10282-Haitian Creole paj 4

Se Divizyon Pratik Sivil Sistèm Jidisyè New Jersey a ki pibliye bwochi sa a This brochure is published by the New Jersey Judiciary Civil Practice Division Stuart Rabner Dwayen Tribinal la Chief Justice Glenn A. Grant, J.A.D. Direktè Administratif Pwovizwa Tribinal yo Acting Administrative Director of the Courts Jennifer M. Perez Direktè, Biwo Tribinal Premye Enstans yo Director, Office of Trial Court Services Taironda E. Phoenix Direktè Adjwen, Pratik Sivil la Assistant Director, Civil Practice Lloyd Garner Chèf, Sèvis Pati Sivil Espesyal yo Chief, Special Civil Part Services Revise 04/2018, CN 10282-Haitian Creole paj 5