Egzèsis sou ADN Glikozilaz - nivo 1-2

Similar documents
Florida History: Famous Floridians: Henry Morrison Flagler

Evite kè sote moun genyen souvan nan afè bay tete

4THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

Amplwayè: Amplwaye: Dat Pèt: Nimewo Dosye: Nimewo Ka Leta:

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN VIVAN. Vandredi 28 janvye :15 pou 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Jedi, 29 janvye :15 a.m. pou 12:15 p.m.

Non Elèv la. Non Lekòl la

Atelye MIT ap fè sou teknoloji pou metòd aprantisaj aktif ki chita sou resous pedagojik san baryè Le Plaza, Pòtoprens, Ayiti, janvye 2013

DEZYÈM LIV KESYON KI BAZE SOU YON SERI DOKIMAN (DBQ) 16 NOVANM Ekri non w ak non lekòl ou an lèt majiskil sou liy ki anwo yo.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAM VIVAN

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 26 janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

SEKSYON PRATIK POU F È APÈL NAN BAWO FLORID LA

8 YÈM ANE NIVO ENTÈMEDYÈ

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: 1FES 64. Tab Number: 63 CE FES 1D: Document Title: Document Date: Haiti.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 19 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

Pou plis enfòmasyon, tanpri rele nan (305)

Ce document ne peut être reproduite et / ou adopté en tout ou en partie à condition qu'il n'y a pas de changement important dans le contenu, les

PINGA OU VIRE PAJ SA A TOUTOTAN YO POKO DI W VIRE L.

Gid Paran pou Jadendanfan Volontè

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 21 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

Financial Assistance Documents Texas Health Huguley

Emerante De Pradines: Good morning Mr. Watson. Emerante De Pradines: Bonjou Msye Watson.

CORNERSTONE, Level A: Haitian Creole Translations

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 23 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

BOSTON REGION METROPOLITAN PLANNING ORGANIZATION

ekouvri Lekòl Piblik Boston Fanmi Boston gen chans pou yo gen plis chwa pou edikasyon pitit yo pase prèske tout lòt kote nan Etazini

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

Lekòl Piblik Boston. Byenveni nan Lekòl Nou yo.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

SAMPLE LETTER TO PARENTS (USE SCHOOL LETTERHEAD) ELEMENTARY SCHOOL INTRODUCTORY LETTER FOR HGD UNIT KINDERGARTEN-FOURTH GRADE.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ. Jedi 19 Jen :15 jiska 4:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 17 Jen :15 jiska 4:15 p.m., sèlman.

Maladi Malarya: Enfòmasyon ou dwe konnen

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

REZIME AVI DEPATMAN TIMOUN AK FANMI FLORIDA RÈGLEMAN KONSÈNAN RÈGLEMAN SOU ENFÒMASYON AK JESYON PRIVE AK PWOTEKSYON ENFÒMASYON PÈSONÈL SOU SANTE

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

Florida Healthy Kids (Timoun Ansante nan Florid) Liv pou Manm yo Mwa me 2018 Sèvis Kliyantèl:

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

Chanselye a ELÈV KI ANSENT OUBYEN KI GEN PITIT AK KONFIDANSYALITE NAN SANTE REPWODIKTIF REZIME CHANJMAN YO

C h a p i t 5 Prevansyon enfeksyon. Nan chapit sa a: Prevansyon enfeksyon sove la lav Prevni enfeksyon lè w evite jèm...52

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi, 25 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

YON LEGLIZ KI AN SANTE KATRIYÈM EDISYON. Mark E. Dever. 525 A Street NE Washington, DC Phone (202) , FAX (202)

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ. Jedi 24 Janvye :15 jiska 4:15 p.m.

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

Gid pou Lè Gen Lanmò. Boston Medical Center Biwo Zafè Moun ki Mouri. Telefòn: Faks:

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

Chwazi yon Lekòl Segondè: Yon Mesaj pou Elèv ak Fanmi yo

Règleman Asistans Finansye & Faktirasyon/Règleman sou Koleksyon. Règleman sou Asistans Finansye

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

FLORIDA HEALTHY KIDS CORPORATION AVI SOU PRATIK PWOTEKSYON EFÒMASYON PRIVE

DWA AK RESPONSABILITE LOKATÈ

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

(ii) Bay enfòmasyon ki klè konsènan kritè kondisyon kalifikasyon pou fè aplikasyon ak metòd pou aplike pou jwenn èd finansye;

GID POU LEKÒL PIBLIK BOSTON POU FANMI AK ELÈV

AETNA BETTER HEALTH SM FIDA PLAN Rezime sou Benefis pou 2017

Gid Byenveni. Preparasyon pou tan w ap pase a

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

Questionnaire number. MUNICIPIO. Komin: HAISEKSYON. Seksyon Kominal: HAISEC. Zòn [optionel] HAISEGMENTO. Segman Recensman [Kod Oficiel Recensman an]

APLIKASYON/RE-SÈTIFIKASYON NAN PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM, SNAP)

Prentan Sistèm sa a san danje, an sekirite, legal ak vit.

AmericasBarometer: Ayiti, 2010 Vanderbilt University Dwa resève.

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

KONTRAKTE KI NAN FLORIDA K-AP TRAVAY NAN JADEN/ CHEF EKIP LIV POU ETIDYE POU EGZAMEN-AN

Kijan pou touche jijman lajan Collecting a Money Judgment Haitian Creole

ST. VINCENT S MEDICAL CENTER. POLITIK KONSÈNAN ASISTANS FINANSYÈ Koumanse 9 me 2017

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

VIL PEYI DAYITI YO:AKSYON POU JODI A AK YON KOUDÈY SOU DEMEN REZIME

Nou la pou ou. Manyèl pou Manm. Aetna Better Health of New York. aetnabetterhealth.com/newyork NY

PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SNAP SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM (SNAP) APLIKASYON/RESÈTIFIKASYON

AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Plan Avi Anyèl sou Chanjman ak Ti liv pou Patisipan pou 2017

NÒM DISIPLIN AK MEZI POU ENTÈVNI NAN TOUT VIL LA {KÒD DISIPLIN} Depatman Edikasyon vil Nouyòk. Joel I. Klein Chanselye Haitian Creole

Sa se yon dokiman legal enpòtan. Tanpri gade li nan kote ki an sekirite.

Règleman/Pwosedi Tit: Règleman Èd Finansye - Dat anvigè: Janvye 2016 Charity Care Depatman: Sik revni # Règleman: 2209 Paj 1 sou 17

ISTWA AK JEWOGRAFI JENERAL

SCIENCE UNIT 1 Vocabulary + Essential Questions ENGLISH/HAITIAN CREOLE

DRAFT ETA FLORID PLAN CONSOLIDATED JULY 1, JUNE 30, 2020

TANPRI PATAJE DOKIMAN SA Disponib an Panyòl, Kreyòl, oubyen Gwo Postè sou Demann

Katalòg Pwodwi Sante pou Ane 2015

Gid Chwa ak Enskripsyon. Chemen Enskripsyon An

ISTWA AK JEYOGRAFI JENERAL

POU PLIS ENFOMASYON / parents/ spanish/ default.htm oswa ale nan: Rechech: Regleman Konduit Elev yo

James H. DeGraffenreidt, Jr. Prezidan Konsèy Administrasyon Edikasyon l Eta. Nancy S. Grasmick Sipè-entandan L Eta pou Lekòl

Èd Apre Dezas. FEMA 545 / Jiyè Gid Aplikan pou Pwogram Endividyèl & Familyal

KONTRA ANT WALT DISNEY PARKS AND RESORTS U.S. SERVICE TRADES COUNCIL UNION (REGILYE PART TIME) EFEKTIF 30 Mas, 2014

Kontni. Prepare ou: Kreye yon Plan pou Katastwòf Yon Plan pou Moun ki Enfim Definisyon Sitiyasyon Ijans Evakyasyon...

Konsey Pou Prepare w Pou Siklon

Vin jwenn nou pou yon randevou entènasyonal sou. Pwpozisyon pou Pri tikèt MBTA

Moffitt Cancer Center

Pati B Avi konsènan Mezi Pwoteksyon pou Paran ak Elèv Andikape yo

GID PREPARASYON KADIJANS LAFLORID

6323 Seventh Avenue Brooklyn, NY 11220

ISTWA ETAZINI AK GOUVÈNMAN

Pou Tout Elèv Nou yo:

EVCS Nouvèl. ~ Byenvini~

Liv Referans Anplwaye yo & Enfòmasyon sou Benefis

Gid Politik Pou Elèv ak Fanmi yo

MINUSTAH: Èske se yon fòs k ap mentni lapè, Oubyen k ap conspire kont li?

POU ELÈV LEKÒL MWAYÈN AK LEKÒL SEGONDÈ YO NAN LEKÒL PIBLIK BOSTON

Transcription:

Non StarBiochem Egzèsis sou ADN Glikozilaz - nivo 1-2 Istorik Nan egzèsis sa a, ou pral egzamine estrikti pwoteyin reparasyon ADN. Pwoteyin sa yo egizste nan pi fò espès, ata nan mikwòb. Pwoteyin reparasyon ADN deplase sou branch ADN pou tcheke erè oswa sa ki pa bon. ADN Glikozilaz la, se yon gwoup espesyal pami pwoteyin reparasyon ADN yo. Yo rekonèt baz ADN ki te gen chanjman chimik epi yo retire baz sa yo. Lè kon sa, yo kite yon plas ki pa gen baz nan ADN lan. Apre sa, gen lòt pwoteyin ki vini pou ranplase baz ADN ki disparèt la. Objektif aprantisaj la Nou pral egzamine relasyon ki egziste ant estrikti yon pwoteyin ak fonksyon l nan ADN glikozilaz moun. Glikozilaz sa a rele ann angle "Human 8-oxoguanine glycosylase" (hogg1). Annou kòmanse Nou pral kòmanse egzèsis sa a ak egzamen estrikti hogg1. Nou pral sèvi ak yon vizyalizè pou molekil an twa (3) dimansyon ("3-D"). Vizyalizè 3-D sa a rele StarBiochem. Nan estrikti sa a, pwoteyin reparasyon an fè mare ak yon segman ADN ki domaje. Pou kòmanse, nou pral konsantre sou estrikti hogg1 an epi nou pral gade ki jan jan pwoteyin sa a reyaji ak ADN pou repare yon baz ADN ki domaje. Pou kòmanse, sèvi ak StarBiochem, ale nan: http//:mit.edu/star/biochem/. Klike sou Start (Kòmanse) pou StarBiochem. Klike sou Trust (Fè sètifika sa a konfyans) lè yo mande w si ou fè sètifika sa a konfyans. Nan meni anlè paj la, klike sou Samples Select from Samples (Echantiyon Chwazi pami echantisyon sa yo). Anba etikèt Amino acids/proteins Proteins (Asid anime/pwoteyin Pwoteyin), chwazi DNA glycosylase hogg1 w/ DNA - H. sapiens (1EBM)" (ADN glikozilaz hogg1 w / ADN H. Sapiens (1EBM)). 1EBM se 4 karaktè ki fè nimewo kat idantite pou estrikti sa a. Se sèl estrikti sa a k ap gen nimewo sa a. Pran yon ti tan pou ou reflechi sou estrikti a pandan w ap fè l vire nan divès ang wotasyon epi pandan w ap zoum sou li. Enstriksyon pou w chanje jan pou ou gade estrikti a, ou ka jwenn li nan meni ki anlè a. Chwazi Help Structure viewing instructions (Èd Enstriksyon pou vizyalize estrikti). Nan fason w ap gade estrikti a kounyea, ou wè chak atòm ak lyezon pwoteyin lan ki trase tankou yon boul ak yon liy, youn dèyè lòt. Mòd prezantasyon sa a pou montre yon estrikti, yo rele li ball-and-stick model (modèl boul ak baton) e se modèl sa a w ap jwenn pi souvan nan StarBiochem. Modèl boul ak baton sa a ap pèmèt ou wè kòman atòm yo konekte youn ak lòt anndan estrikti a. Men reprezantasyon espas chak atòm okipe PA egzat. Pou ou wè yon reprezantasyon ki pi egzat, ou ka itilize modèl ki rele space-filled model (modèl ak espas ki plen), kote chak atòm yo trase tankou yon esfè ki gen menm gwosè ak yon atòm. Men ki jan pou soti depi nan modèl boul ak baton ( ball-and-stick model ) pou ou ale nan modèl espas ki plen ( space-filled model ) nan StarBiochem: Ogmante gwosè atòm yo ki nan estrikti a: Klike sou etikèt Primary a (Primè). Gwosè atòm lan se 20% (modèl boul ak bwa - ball-and-stick model ). Deplase kisè Atoms Size la (Gwosè Atòm), fè l ale sou bò dwat la nèt jis nan 100% (modèl espas ki plen an - space-filled model ). W ap remake chak atòm gen yon ti diferans nan gwosè yo. Gri = Kabòn, Ble = Nitwogèn, Wouj = Oksijèn, Jòn = Souf, Oranj = Fè. 1

Nan dènye paj la (paj referans lan) w ap jwenn yon seri tèm teknik ak enfòmasyon k ap itil ou e ki pral sèvi kòm referans pandan egzèsis la. Egzèsis Premye Pati - Prensip Fondamantal Estrikti Pwoteyin hogg1. 1 Estrikti hogg1 an gen ni ADN ni pwoteyin. Eske ou ka fè diferans ant ADN lan ak eleman pwoteyin ki konpoze l yo? Ki diferans ou ka jwenn ant ADN ak pwoteyin? 2 hogg1 an gen plizyè atòm souf a) Idantifye non ak nimewo sekans nan youn nan asid amine ki nan estrikti ki gen yon atòm souf ladan l. Sèvi ak sourit òdinatè a pou endike yon atòm souf (an jòn) nan estrikti a. Yon ti bwat ap parèt anlè kisè sourit la pou montre non asid amine a ak pozisyon l nan sekans asid amine a (egzanp: [Ala]223:A CB # 2257 à amino acid: alanine; position: 223). b) Eske atòm souf la chita nan eskelèt a oswa nan chenn lateral asid amine a? Nan meni ki anlè a chwazi View View Specific Regions / Set Center of Rotation (Vizyalize Vizyalize sèten rejyon / Ajiste aks rotasyon an). Sa pral ouvè yon fenèt ki pi piti. Ti fenèt sa a ap pèmèt mete sèten rejyon nan estrikti a byen vizib nan mitan vizyalizè a. Pou ou ka wè asid amine sèlman ak atòm souf la, men sa pou fè: Anba etikèt Protein Primary (Pwoteyin Primè) ki nan fenèt View Specific Regions / Set Center of Rotation (Vizyalize Vizyalize sèeten rejyon / Ajiste aks rotasyon an) chwazi asid amine ou te idantifye nan Sequence Window (Fenèt ki montre sekans lan). Deplase kisè VDW Radius la (Reyon VDW), fè l ale nèt sou bò goch la (jis ou rive nan "1 VDW radii"). Zoum jan ou vle. Pou kòmanse, dezaktive bwat side-chain lan (chenn lateral) pou kache atòm ki nan chenn lateral yo epi gade sèlman atòm yo ki nan eskelèt estrikti a. Apre sa, dezaktive bwat backbone (eskelèt) epi tcheke bwat side-chain lan (chenn lateral) pou ou ka wè sèlman atòm ki nan chenn lateral yo. 3 Kounyea nou pral egzamine estrikti primè pwoteyin hogg1 (tcheke paj referans lan ki se dènye paj nan dokiman an). Pwoteyin hogg1 gen 325 asid amine. Fè lis 13 asid amine yo, soti nan 105 rive nan 117 youn pa youn, nan lòd sa a. Reyajiste estrikti a: nan meni ki anlè a, klike sou Reset Reset structure (Reyajiste Reyajiste estrikti a). Klike sou etikèt Protein Primary (Pwoteyin Primè) ki nan fenèt prensipal StarBiochem lan, epi desann nan Sequence Window (Fenèt ki montre sekans lan) jouk ou rive jwenn asid amine 105 117 nan sekans lan. Ale nan paj referans lan pou ou jwenn non konplè pou chak asid amine yo. 2

105 106 107 108 109 110 111 112 113 114 115 116 117 4 Nan yon chenn pwoteyin, asid amine yo fòme estrikti lokal ki rele estrikti segondè (paj referans). a) Egzamine estrikti segondè nou jwenn nan hogg1. Eske se Elis, ti fèy oswa bobin ki nan hogg1? Di ki koulè ki reprezante estrikti segondè ou wè a? Klike sou etikèt Secondary (Segondè) a. Pou montre estrikti segondè yo nan tout an menm tan, tcheke ti bwat ki a kote estrikti ou vle a, (egzanp: Helices = Elis) epi deplase kisè Structures Size (Gwosè estrikti yo) fè l ale sou bò dwat la pou fè estrikti a vin pi gwo. W ap wè plis estrikti segondè ki ka la lè ou tcheke bwat ki sou kote chak estrikti. Elis (wi oswa non ) Fèy (wi oswa non) Bobin (wi oswa non) b) Asid amine yo 105 117 pliye pou yo fòme youn nan estrikti segondè yo. Ki estrikti segondè yo fòme lè yo pliye kon sa? Klike sou etikèt View Specific Regions lan (Vizyalize sèten rejyon), klike sou etikèt Protein Secondary (Pwoteyin Segondè), epi klike sou bouton All la (Tout). Nan fènet Sequence Window (Fenèt ki montre sekans lan) asid amine yo, seleksyone asid amine 105-117 yo: klike sou asid amine 105 lan, peze sou Shift epi pandan ou kontinye ap peze sou Shift klike sou asid amine 117 la. Deplase kisè VDW Radius la (Reyon VDW) fè l ale sou bò goch la pou montre asid amine ki nan vizyalizè a sèlman. 5 Kounye a, nou pral etidye relasyon ki egziste ant estrikti ADN glikozilaz la ak youn nan plizyè gwoup asid amine ki enfliyanse fòm jeneral hogg1: estrikti tesyè li (paj referans). a) Asid amine ki gen chaj negatif yo, yo idwofilic (paj referans). Èske chaj negatif asid amine yo chita andedan oswa andeyò pwoteyin sa a? Kisa sa vle di kanta anviwònman selilè ki antoure pwoteyin sa a? Eske li idwofòb oswa idwofil? Esplike repons ou. Nan meni ki anlè a, klike sou Reset Reset structure (Reyajiste Reyajiste estrikti). Klike sou etikèt Tertiary (Tèsyè) a. Deplase kisè Atoms Size (Gwosè Atòm) fè l ale sou bò goch pou retire nan gwosè tout atòm ki nan pwoteyin lan. Klike sou bouton negatively charged/acidic la (chaj negativ/asidik). Deplase kisè Atoms Size (Gwosè Atòm) fè l ale sou bò dwat la pou ogmante gwosè atòm ki nan asid anime ki gen chaj negatif yo (sa se asid anime ki asidic yo). 3

Dezyèm Pati - Entèraksyon hogg1 ak ADN (Prensip fondamantal) 6 Kounyea, nou pral egzamine jan glikozilaz ADN reaji ak ADN pou l rekonèt baz ADN ki domaje nan sekans li. ADN lan fèt ak kat baz: Adenin(A), Timin(T), Sitozin(S) ak Gwanin(G). Nan estrikti espesyal sa a, pwoteyin hogg1 an fè yon chenn ak yon segman ADN ki gen gwanin okside ladan l. Pou kòmanse nou pral tcheke segman ADN lan vin pi vizib. Nan meni ki anlè a, klike sou Reset Reset structure (Reyajiste Reyajiste estrikti). Klike sou etikèt Nucleic Acids la (Asid Nikleyik). Deplase kisè Atoms Size la (Gwosè Atòm) fè l ale sou bò dwat la (35%) pou ogmante gwosè segman ADN lan. Klike sou etikèt Protein Primary (Pwoteyin Primè) la, epi deplase kisè Atoms Size la (Gwosè Atòm) fè l ale sou bò goch la nèt epi deplase kisè Bonds Translucency (Transparans lyezon) sou bò dwat la (95%) pou fè tout asid amine nan pwoteyin hogg1 lan vin tou piti nèt. Dezyèman: Ann gade ki jan baz ADN yo oryante tèt yo nan Elis an doub la. Chak baz tache nan yon eskelèt sik ak fosfat ki fòme yon nikleyotid konplè. Nan Elis an doub la, gen lyezon idwojèn ki relye yon baz nan yon branch ak yon baz nan lòt branch ki an fas Ii a, epi 2 baz sa yo fòme yon pè baz: baz Adenine (A) fòme yon pè ak baz Tinin (T), epi baz sitozin (S) fòme yon pè ak baz gwanin (G). a) Konbyen pè baz ADN ou ka jwenn nan Elis an doub la? Klike sou etikèt Nucleic Acids la (Asid Nikleyik). Dezaktive phosphates (fosfat) ak sugars (sik). Deplase kisè Atoms Size la (Gwosè Atòm), fè l ale sou bò dwat (rive sou 70%) la pou mete nan gwosè baz yo san ou pa chanje gwosè eleman ni nan nikleyotid fosfat ni nan nikleyotid sik la. Sa ap pèmèt nou konte pè baz yo pi fasil. b) Konbyen baz ADN ki pa fòme pè (ki pa fòme yon pè ak yon patnè ki sou lòt branch lan)? c) Èske baz gwanin okside nan yon pè? Dekri pozison gwanin okside pa rapò a pwoteyin hogg1 epi Elis an doub la. Kisa sa sijere sou jan hogg1 idantifye baz ADN ki domaje yo? Klike sou Non-Peptide (Molekil ki pa peptid). Deplase kisè Atoms Size la (Gwosè Atòm), fè l ale sou bò dwat la nèt pou ogmante gwosè atòm ki nan gwanin okside a ([80G]25). 4

7 Sèten asid amine nan hogg1 konn fè kontak ak ADN lan epi yo ka rekonèt si gen yon baz gwanin ki te domaje nan oksidasyon. Ki kote ou ka plis jwenn asid amine ki ka rekonèt baz gwanin ki domaje nan hogg1: nan Elis 1 oswa nan Elis 16? Esplike pou ki sa. Klike sou etikèt Protein Secondary a (Pwoteyin Segondè), epi klike sou bouton All la (Tout). Nan fenèt Sequence Window a (Fenèt ki montre sekans lan), chwazi tout asid amine ki nan Elis 1: Klike sou premye asid amine nan Elis 1, shift + klike sou dènye asid amine ki nan Elis 1. Mete sou gwosè Elis 1: deplase kisè Secondary Structures (Strikti segondè) fè l ale sou bò dwat la. Gade lokasyon Elis 1 pa rapò a gwanin okside a. Nan Sequence Window a (Fenèt ki montre sekans lan), chwazi asid amine ki nan Elis 16 - menm sa ou te fè pou Elis 1. Gade kote Elis 16 ye pa rapò ak gwanin okside a. Si ou vle: Enstriksyon sa yo pral pèmèt ou wè si youn nan chenn lateral nan Elis 1 oswa nan Elis 16 an kontak ak gwanin okside a ([80G]25). Klike sou etikèt Protein Primary a (Pwoteyin Primè). Chwazi asid amine ki fè Elis 1 nan Sequence Window (Fenèt ki montre sekans lan). Dezaktive backbone (eskelèt). Deplase kisè Atoms Size la (Gwosè Atòm), fè l ale sou bò dwat la pou ou ka wè chenn lateral asid amine ki nan Elis 1. Kounyea chwazi asid amine ki nan Elis 16. Twazyèm pati Entèraksyon hogg1 an ak ADN (Avanse) 8 hogg1 ka byen detekte diferans ant gwanin ak omològ gwanin ki okside, 8-ogzogwanin. Sa reprezante yon kokenn travay paske nikleyobaz okside a (8-ogzogwanin) gen sèlman 2 atòm ki pa menm ak atòm nan omològ nòmal la (gwanin). Atòm sa yo nan pozisyon 7 ak 8. 7 8 gwanin (baz) 8-ogzogwanin (baz) Estrikti sa yo montre ki jan hogg1 lye swa ak 8-ogzogwanin swa ak nikleyobaz gwanin: 1YQK (8- ogzogwanin) epi 1YQK (gwanin). Nou pral konpare 2 estrikti sa yo pou nou ka konprann ki jan hogg1 reive detekte diferans ant 8-ogzogwanin ak gwanin. Nan meni ki anlè a, klike sou Samples Select from Samples (Echantiyon Chwazi pami echantiyon sa yo). Nan etikèt Amino Acid/Proteins Protein (Asid amine/pwoteyin Pwoteyin), chwazi DNA glycosylase hogg1 w/ DNA containing oxog - H. sapiens (1YQR) (ADN glikozilaz hogg1 ak ADN ki gen ogzog - H. sapiens (1YQR)). 1YQR se 4 karaktè ki fè nimewo kat idantite pou estrikti sa a. Se sèl estrikti sa a k ap gen nimewo sa a. Repete enstriksyon sa yo pou ou ouvri estrikti DNA glycosylase hogg1 w/ DNA containing G - H. sapiens (1YQK) (ADN glikozilaz hogg1 ak ADN ki gen G - H. Sapiens (1YQK)). 5

Glisin 42 nan hogg1 reyaji dirèkteman ak baz 8-ogzogwanin lan. Entèraksyon sa a enpòtan nan idantifikasyon baz gwanin okside ki domaje yo. Egzamine entèraksyon ant 8-ogzogwanin ak glisin 42 nan estrikti 1YQK. a) Ki atòm nan pati baz 8-ogzgwanin ki gen kontak dirèk ak glisin 42? Fè yon shema pou entèraksyon sa a (sèvi ak estrikiti chimik nan kesyon sa a ak estrikti asid amine ki nan paj referans lan). Klike sou etikèt Protein Primary a (Pwoteyin Primè), deplase kisè Atoms Size la (Gwosè Atòm), fè l ale sou bò goch la nèt, epi deplase kisè Bonds Translucency a (Transparans lyezon yo) fè l ale sou bò dwat la nèt pou minimize vizibilite tout asid amine ki nan pwoteyin hogg1 an. Klike sou etikèt Nucleic Acids la (Asid Nikleyik). Klike sou gwanin okside ([80G]23: C) epi deplase kisè Atoms Size la (Gwosè Atòm) fè l ale sou bò dwat la pou ogmante gwosè gwanin okside a. Klike sou etikèt Protein Primary a (Pwoteyin Primè), klike sou glisin 42 epi ajounte nan gwosè pandan w ap deplase kisè Atoms Size la (Gwosè Atòm) fè l ale sou bò dwat la nèt. b) Kisa entèraksyon ant 8-ogzogwanin lan ak glisin 42 a montre sou diferans ant hogg1 ak 8-ogzogwanin ak gwanin? c) Konpare 2 bagay sa yo: premyeman, lokasyon jeneral ak oryantasyon gwanin ak glisin 42 nan estrikti 1YQK ; dezyèmman, lokasyon jeneral ak oriantasyon 8-ogzogwanin ak glisin 42 nan estrikti 1YQR. Esplike diferans nan pozisyon ak oryantasyon 2 nikleyobaz sa yo ak glisin 42 nan estrikti sa yo. Esplike kouman konparezon sa yo ede w konprann ki jan hogg1 rive distenge ant 8-ogzogwanin ak gwanin. Reyajiste estrikti 1YQR la: klike sou Reset Reset structure (Reyajiste Reyajiste estrikti a) nan meni an lè a. Klike sou etikèt Protein Primary (Pwoteyin Primè), epi deplase kisè Atoms Size la (Gwosè Atòm), fè l ale sou bò goch la nèt, epi deplase kisè Bonds Translucency (Transparans lyezon yo) fè l ale sou bò dwat la nèt (95%) pou diminye vizibilite tout asid amine ki nan pwoteyin hogg1 an. Klike sou etikèt Nucleic Acids la (Asid Nikleyik). Klike sou gwanin okside ([8OG]23:C) epi ogmante gwosè li ak deplasman kisè Atoms Size la (Gwosè Atòm). Fè kisè a ale sou bò dwat la nèt. Klike sou etikèt Protein Primary la (Pwoteyin Primè), klike sou glisin 42 epi ogmante gwosè li ak deplasman kisè Atoms Size la (Gwosè Atòm). Fè kisè a ale sou bò dwat la nèt. 6

Repete enstriksyon sa yo ak estrikti 1YQK. Men, olye pou ogmante gwosè gwanin okside a, ogmante gwosè gwanin nan pozisyon 23. 9 Youn nan kesyon enteresan sou hogg1 ak lòt glikozylaz ADN se ki jan yo chache oksidasyon ADN: Eske anzim sa yo ap retire chak baz ADN - menm sa ki pa domaje yo - pou tcheke si ADN la okside? Oswa èske anzim sa yo rekonèt sit oksidasyon ADN lan san yo pa retire chak baz. Lè nikleyobaz 8-oxoguanine la ak sitozin (oxog:c) fòme yon pè baz, sa pa kreye chanjman nan fòm doub Elis ADN lan. Ki donk, glikozilaz ADN yo genlè yo pa kapab detekte prezans yon nikleyobaz 8-ogzogwanin san yo pa retire chak baz. Poutan glikozylaz ADN yo gen pou tcheke apwoksimativman 6x10 9 pè baz nan kòd jenetik imen an, ki fè retire chak pè baz t ava mande kantite enèji ak kantite tan ki rann travay sa a enposib. Selon evidans nan estrikti kristal nou genyen sou yon bakteri ki se omològ hogg1 an, e ki rele MutM, genlè gen yon asid amine nan MutM, ki rele fenilalanin114, ki antre nan Elis ADN nan chak pozisyon nikleyotid pandan glikozilaz ADN la ap deplase sou tout longè ADN lan. Si ou ta renmen konnen plis sou sa, al gade nan Samples (Echantiyon) kote w ap jwenn yon estrikti ki rele DNA glycosylase MutM w/ DNA - G. stearothermophilus (2F5O) (ADN glikozilaz MutM w / ADN H. Sapiens (2F5O)). Gen yon ipotèz ki di kon sa: wòl fenilalanin 114 se pou li detekte prezans nikleyobaz 8-ogzogwanin. Men, kouman fenilalanin ka antre nan oxog:c pou deranje pè baz epi retire nikleyobaz 8-ogzogwanin, epi menm fenilalanin sa a pa deranje pè baz A:T ak G:C menm lè li rantre nan pè baz sa yo? Se ka paske fenilalanin 114 la ki antre nan oxog:c ka destabilize pè baz paske pè baz oxog:c yo mwen estab pase pè baz A:T ak G:C yo. Pwopoze yon esperyans syantifik ki pou teste si fenilalanin 114 la gen kichòy pou wè nan deteksyon ak reparasyon nikleyobaz 8-ogzogwanin. 7

Referans ESTRIKTI CHIMIK ASID AMINE YO 20 asid amine yo gen yon eskelèt komen. Sa ki fè yo diferan se diferan chenn lateral ki rele gwoup R. Nou mete plizyè kalite koulè sou chenn sa yo. idwofobik idwofilik PRENSIP FONDAMANTAL SOU ESTRIKTI PWOTEYIN Tout pwoteyin yo gen kat nivo nan estrikti pwoteyin yo. Estrikti primè Sa dekri nan ki lòd asid amine yo ye nan pwoteyin lan; men, sa pa dekri fòm yo. Estrikti segondè Sa dekri fòm ki soti nan plisman lokal nan rejyon ki anndan chennn asid amine yo. Estrikti sa yo pi piti epi nou ka separe yo an an de (2) gwoup prensipal: Elis ak dra. Bobin yo fèt ak asid amine ki pa gen estrikti segondè ki regilye (Elis ak dra). Men, yo jwe yon wòl enpòtan nan jan pwoteyin yo pliye youn sou lòt. Estrikti tèsyè Sa dekri tout fòm plye ki anndan yon chenn pwoteyin. An plis, gen kèk pwoteyin ki intèraji ak tèt yo oswa ak lot pwoteyin pou yo fòme estrikti pwoteyin ki pi gwo toujou. Pwoteyin sa yo gen yon nivo anplis estrikti pwoteyin yo. Estrikti kwatènè Sa dekri kouman plizyè chenn pwoteyin intèraji entrey yo epi yo pliye pou yo ka fòme yon konplèks pwoteyin ki pi gwo toujou. 8