Manyèl Elèv ak Fanmi Vèsyon Rezime

Similar documents
REZIME AVI DEPATMAN TIMOUN AK FANMI FLORIDA RÈGLEMAN KONSÈNAN RÈGLEMAN SOU ENFÒMASYON AK JESYON PRIVE AK PWOTEKSYON ENFÒMASYON PÈSONÈL SOU SANTE

Amplwayè: Amplwaye: Dat Pèt: Nimewo Dosye: Nimewo Ka Leta:

Chanselye a ELÈV KI ANSENT OUBYEN KI GEN PITIT AK KONFIDANSYALITE NAN SANTE REPWODIKTIF REZIME CHANJMAN YO

NÒM DISIPLIN AK MEZI POU ENTÈVNI NAN TOUT VIL LA {KÒD DISIPLIN} Depatman Edikasyon vil Nouyòk. Joel I. Klein Chanselye Haitian Creole

FLORIDA HEALTHY KIDS CORPORATION AVI SOU PRATIK PWOTEKSYON EFÒMASYON PRIVE

Financial Assistance Documents Texas Health Huguley

Gid Paran pou Jadendanfan Volontè

Pou plis enfòmasyon, tanpri rele nan (305)

SAMPLE LETTER TO PARENTS (USE SCHOOL LETTERHEAD) ELEMENTARY SCHOOL INTRODUCTORY LETTER FOR HGD UNIT KINDERGARTEN-FOURTH GRADE.

BOSTON REGION METROPOLITAN PLANNING ORGANIZATION

Manyèl Fanmi ak Elèv

Florida History: Famous Floridians: Henry Morrison Flagler

(ii) Bay enfòmasyon ki klè konsènan kritè kondisyon kalifikasyon pou fè aplikasyon ak metòd pou aplike pou jwenn èd finansye;

Biwo Fonksyònman Lekòl Règ Komisyon Konsèy Lekòl 5500

POU PLIS ENFOMASYON / parents/ spanish/ default.htm oswa ale nan: Rechech: Regleman Konduit Elev yo

Règleman Asistans Finansye & Faktirasyon/Règleman sou Koleksyon. Règleman sou Asistans Finansye

Gid Politik Pou Elèv ak Fanmi yo

Pati B Avi konsènan Mezi Pwoteksyon pou Paran ak Elèv Andikape yo

SEKSYON PRATIK POU F È APÈL NAN BAWO FLORID LA

Lekòl Piblik Boston. Byenveni nan Lekòl Nou yo.

ekouvri Lekòl Piblik Boston Fanmi Boston gen chans pou yo gen plis chwa pou edikasyon pitit yo pase prèske tout lòt kote nan Etazini

GID POU LEKÒL PIBLIK BOSTON POU FANMI AK ELÈV

PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SNAP SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM (SNAP) APLIKASYON/RESÈTIFIKASYON

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: 1FES 64. Tab Number: 63 CE FES 1D: Document Title: Document Date: Haiti.

APLIKASYON/RE-SÈTIFIKASYON NAN PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM, SNAP)

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY LIV ENFÒMASYON POU PARAN AK ELÈV (TYPE ALL CAPS) INSERT SCHOOL NAME INSERT SCHOOL ADDRESS INSERT SCHOOL OFFICE NUMBER

Evite kè sote moun genyen souvan nan afè bay tete

Gid pou Lè Gen Lanmò. Boston Medical Center Biwo Zafè Moun ki Mouri. Telefòn: Faks:

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

LIV REGLEMAN SOU KONDWIT ELÈV

Sa Kap Swiv la se Manyèl de Baz Elèv ak Fanmi ki kouvri Règ Debaz ak Règleman Lekòl City on a Hill

Chwazi yon Lekòl Segondè: Yon Mesaj pou Elèv ak Fanmi yo

West Boca Raton Community High School

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

Atelye MIT ap fè sou teknoloji pou metòd aprantisaj aktif ki chita sou resous pedagojik san baryè Le Plaza, Pòtoprens, Ayiti, janvye 2013

DEZYÈM LIV KESYON KI BAZE SOU YON SERI DOKIMAN (DBQ) 16 NOVANM Ekri non w ak non lekòl ou an lèt majiskil sou liy ki anwo yo.

Liv Referans Anplwaye yo & Enfòmasyon sou Benefis

James H. DeGraffenreidt, Jr. Prezidan Konsèy Administrasyon Edikasyon l Eta. Nancy S. Grasmick Sipè-entandan L Eta pou Lekòl

Règleman/Pwosedi Tit: Règleman Èd Finansye - Dat anvigè: Janvye 2016 Charity Care Depatman: Sik revni # Règleman: 2209 Paj 1 sou 17

Pou Tout Elèv Nou yo:

ST. VINCENT S MEDICAL CENTER. POLITIK KONSÈNAN ASISTANS FINANSYÈ Koumanse 9 me 2017

Moffitt Cancer Center

GID PARAN ak GADÒ Lekòl Piblik Somerville. 8 Bonair Street Somerville, MA

Nou la pou ou. Manyèl pou Manm. Aetna Better Health of New York. aetnabetterhealth.com/newyork NY

AETNA BETTER HEALTH SM FIDA PLAN Rezime sou Benefis pou 2017

Klas 6 yèm pou 12 yèm ane

Sa se yon dokiman legal enpòtan. Tanpri gade li nan kote ki an sekirite.

Ce document ne peut être reproduite et / ou adopté en tout ou en partie à condition qu'il n'y a pas de changement important dans le contenu, les

Klas 6 yèm ane pou 12 yèm ane

Kijan pou touche jijman lajan Collecting a Money Judgment Haitian Creole

Maladi Malarya: Enfòmasyon ou dwe konnen

Gid Chwa ak Enskripsyon. Chemen Enskripsyon An

Èd Apre Dezas. FEMA 545 / Jiyè Gid Aplikan pou Pwogram Endividyèl & Familyal

DRAFT ETA FLORID PLAN CONSOLIDATED JULY 1, JUNE 30, 2020

8 YÈM ANE NIVO ENTÈMEDYÈ

Florida Healthy Kids (Timoun Ansante nan Florid) Liv pou Manm yo Mwa me 2018 Sèvis Kliyantèl:

POU ELÈV LEKÒL MWAYÈN AK LEKÒL SEGONDÈ YO NAN LEKÒL PIBLIK BOSTON

PWOGRAM ANSEYMAN ENDIVIDYALIZE (IEP) DEPATMAN ANSEYMAN LETA MARYLAND (MSDE) DIVIZYON ANSEYMAN ESPESYAL / SÈVIS ENTÈVANSYON BONÈ

DWA AK RESPONSABILITE LOKATÈ

AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Plan Avi Anyèl sou Chanjman ak Ti liv pou Patisipan pou 2017

Vin jwenn nou pou yon randevou entènasyonal sou. Pwpozisyon pou Pri tikèt MBTA

6323 Seventh Avenue Brooklyn, NY 11220

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

KONTRA ANT WALT DISNEY PARKS AND RESORTS U.S. SERVICE TRADES COUNCIL UNION (REGILYE PART TIME) EFEKTIF 30 Mas, 2014

AmericasBarometer: Ayiti, 2010 Vanderbilt University Dwa resève.

4THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

Egzèsis sou ADN Glikozilaz - nivo 1-2

KONTRAKTE KI NAN FLORIDA K-AP TRAVAY NAN JADEN/ CHEF EKIP LIV POU ETIDYE POU EGZAMEN-AN

Emerante De Pradines: Good morning Mr. Watson. Emerante De Pradines: Bonjou Msye Watson.

EVCS Nouvèl. ~ Byenvini~

PINGA OU VIRE PAJ SA A TOUTOTAN YO POKO DI W VIRE L.

TANPRI PATAJE DOKIMAN SA Disponib an Panyòl, Kreyòl, oubyen Gwo Postè sou Demann

CORNERSTONE, Level A: Haitian Creole Translations

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

YON LEGLIZ KI AN SANTE KATRIYÈM EDISYON. Mark E. Dever. 525 A Street NE Washington, DC Phone (202) , FAX (202)

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN VIVAN. Vandredi 28 janvye :15 pou 12:15 p.m.

Prentan Sistèm sa a san danje, an sekirite, legal ak vit.

MINUSTAH: Èske se yon fòs k ap mentni lapè, Oubyen k ap conspire kont li?

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

Konsey Pou Prepare w Pou Siklon

Questionnaire number. MUNICIPIO. Komin: HAISEKSYON. Seksyon Kominal: HAISEC. Zòn [optionel] HAISEGMENTO. Segman Recensman [Kod Oficiel Recensman an]

VIL PEYI DAYITI YO:AKSYON POU JODI A AK YON KOUDÈY SOU DEMEN REZIME

Non Elèv la. Non Lekòl la

Gid Byenveni. Preparasyon pou tan w ap pase a

ISTWA ETAZINI AK GOUVÈNMAN

Is Konektikèt GID POU SA KI FÈK VINI YO. Sa se yon gid sou tout vil, minisipalite, ak lòt sèvis kin nan zòn Is Konektikèt la

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

ISTWA AK JEWOGRAFI JENERAL

C h a p i t 5 Prevansyon enfeksyon. Nan chapit sa a: Prevansyon enfeksyon sove la lav Prevni enfeksyon lè w evite jèm...52

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 21 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

Katalòg Pwodwi Sante pou Ane 2015

GID PREPARASYON KADIJANS LAFLORID

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 26 janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Jedi, 29 janvye :15 a.m. pou 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 23 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

Kontni. Prepare ou: Kreye yon Plan pou Katastwòf Yon Plan pou Moun ki Enfim Definisyon Sitiyasyon Ijans Evakyasyon...

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ. Jedi 19 Jen :15 jiska 4:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 19 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

Transcription:

FY19 Student and Family Handbook - Haitian Creole Version Manyèl Elèv ak Fanmi 2018 19 Vèsyon Rezime Yon Gid pou Elèv ak Paran Sou Règleman ak Pwosedi Fonksyònman Nan Lekòl Rejyon Palm Beach Vèsyon rezime sa a ap mete anfaz sou kèk enfòmasyon enpòtan ki enkli nan vèsyon konplè Manyèl Elèv ak Fanmi 2018 19 la. Ou kapab jwenn vèsyon konplè manyèl la sou entènèt nan: h p:// www.palmbeachschools.org/students/studenthandbooks.asp. Genyen de (2) fòm ki enkli nan Manyèl sa a, fòm Konfimasyon Paran/Elèv sou Règleman pou Elèv ak Pwosedi Fonksyònman ou dwe retounen avèk siya w, ak fòm Pa sipasyon Elèv nan Sonday Otorize ou ta dwe retounen sèlman si ou p ap bay konsantman ou. Si ou pa kapab gen aksè ak vèsyon konplè Manyèl Elèv ak Fanmi an elektwonikman, tanpri, kontakte lekòl pi t ou a pou jwenn yon kopi enprime.

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach, Florid Depatman Edikasyon Florid klase l Distri nan premye ran nan Florid depi 2005 Komite Dirijan Lekòl Rejyon Palm Beach, Florid Distri 1: Distri 2: Distri 3: Distri 4: Distri 5: Distri 6: Distri 7: Barbara McQuinn Chuck Shaw (Prezidan) Karen Brill Erica Whi ield Frank A. Barbieri, Jr., Avoka Marcia Andrews Debra Robinson, M.D. (Vis Prezidan) Distri Lekòl Rejyon Palm Beach angaje l pou l bay yon edikasyon nivo entènasyonal, ak ekselans, ak jis s, pou ede chak e dyan atenn maksimòm potansyèl li, avèk estaf ki pi efikas la, pou devlope konesans, kapasite, ak prensip moral ki nesesè pou fòme sitwayen responsab ak travayè ki pwodik f. Yon Mesaj Sipèentandan Donald E. Fennoy II, Ed.D. pou Elèv ak Paran Se avèk gwo fyète mwen di nou byenveni nan nouvo ane lekòl la! Kòm yon Distri, nou angaje pou nou kreye epi founi yon anbyans lekòl kote elèv ak pèsonèl san yo an sekirite nan yon atmosfè swen, respè mityèl, ak responsablite. Objek f Manyèl Elèv ak Paran an se pou kominike atant, règleman, pwosedi ak Pra k pou ane lekòl la pou tout elèv ak fanmi nou yo. Pèsonèl anseyan ak administrasyon nan chak lekòl nou yo ap travay pou ofri meyè opò nite edika f ki pral favorize devlòpman emosyonèl ak sosyal ak rannman akademik tout elèv yo. Nou se yon distri lekòl nivo pèfòmans siperyè ki klase pami meyè distri nan peyi a, epi nou klase nan premye ran nan eta Florid la. Yo te rekonèt pwofesè, enplwaye lekòl, ak volontè nou yo nan eta a ak nivo nasyonal pou ekselans yo. Elèv nou yo genyen prim ak bousde d regilyèman, epi yo ale nan kolèj ki renome epi yo fè karyè ki pwodik f. Chak nouvo ane lekòl pote opò nite pou byen kòmanse. Mwen ankouraje w pou fè maksimòm ane sa a epi mete w sou wout pou reyalize rèv ou pandan w ap fè travay di Jodi a ki pral sèvi w kòm fondasyon pou siksè w alavni. Sensèman, Donald E. Fennoy Donald E. Fennoy II, Ed.D. Sipèentandan

Pou Elèv Primè Elemantè, Mwayen ak Segondè: RÈGLEMAN AK PRENSIP FONKSYÒNMAN YO Nou gen lekòl piblik yo paske sitwayen ameriken kwè chak moun gen dwa pou resevwa yon edikasyon. Eta Florid gen lwa anplas pou fè sèten tout moun kapab ale lekòl. Nan Florid, tout moun ki gen laj ant sis ak sèz an sipoze ale lekòl. Otorite rejyonal lokal yo dwe mete lekòl piblik gra s aladispozisyon yo pou yo ale. Lekòl sa yo dwe ofri yon anviwònman sennesof, amikal ak pwofesyonèl pou ansèyman kab dewoule kòmsadwa. Mànyèl Elèv ak Fanmi sa a detaye divès kalite dwa ak devwa elèv yo genyen nan lekòl yo. W ap jwenn règleman sou dwa ak responsablite sa yo tou nan mànyèl la. Nenpòt kote yo pale sou responsablite elèv yo, konnen byen paran (yo) pataje responsablite sa yo tou avèk pi t yo. Nimewo ki nan parantèz yo se a k lwa Eta Florid (nimewo F.S.), nimewo règleman Konsèy Administrasyon Distri a (nimewo prensip P), nimewo kòd règleman administra f nan Florid (nimewo kòd règleman administra f nan Florid (nimewo kòd FAC), oswa Règleman Depatman Edikasyon Eta Florid (règleman nimewo SBER). Andedan tout mànyèl la, chak fwa w wè mo paran (yo), sa vle di nenpòt oswa toulede paran yon elèv, nenpòt moun ki nan relasyon parantal yon elèv oswa nenpòt moun k ap egzèse otorite pou sipèvizyon k ap jwe wòl paran yon elèv. (F.S. 1000.21(5) Tout direk v Distri lekòl la disponib pou revizyon nan) h p://www.boarddocs.com/fl/palmbeach/board.nsf/public. ENFÒMASYON OU TA DWE KONNEN... Plan Distri a pou Pwogrè Elèv (SPPs ann anglè) disponib nan lekòl ou a pou repase. Plan pou Pwogrè Elèv yo h p:// www.palmbeachschools.org/studentprogression/ dekri estrateji Distri Lekòl la pou pwogrè elèv la apa lè li antre nan Distri a jiskaske li gradye. Yo i lize plan yo pou fikse nòm rannman elèv yo nan sa ki genyen rapò avèk pase, double klas ak klas ratrapaj. Lòt bagay ki enkli tou nan SPP a se kondisyon pou antre nan Distri a ak prezans/absans, deskripsyon program edikasyonèl, règleman pou evalyasyon ak rapò pwogrè elèv, ak kondisyon pou gradyasyon. Ou kapab jwenn enfòmasyon i l nan sit entènèt Distri nan www.palmbeachschools.org. Anplis, sit entènèt sa yo founi enfòmasyon enpòtan sou zafè lekòl: Kòd Konduit Elèv: h ps://www.palmbeachschools.org/students/studenthandbooks/ Rapò Piblik sou Responsablite Lekòl : h p://doeweb prd.doe.state.fl.us/eds/nclbspar/ (Nan lyen sa a, klike sou ane ki pi resan an pou jwenn Repor ng Requirements (Kondisyon pou Rapò yo), ansuit desann sou Palm Beach epi klike sou con nue (kon nye), ansuit desann sou non lekòl la epi klike sou View This School s Report (gade rapò sou lekòl sa a) Nòt Lekòl yo: schoolgrades.fldoe.org/ (Nan lyen sa a, klike sou School Grades (Nòt Lekòl yo), epi klike Open (ouvri l), desann sou Palm Beach epi jwenn non lekòl la pou Informa onal Baseline School Grades (Enfòmasyon debaz dou Nòt Lekòl yo) Plan pou Amelyorasyon Lekòl yo: h p://www.floridacims.org/districts (Nan lyen sa a, klike sou Palm Beach, ansuit klike sou non lekòl la, epi klike sou Download (telechaje) SIP pou ane ki pi resan an. Avan l telechaje, paj la afiche nòt lekòl la ak nòt ane avan yo.) SIS Gateway (Pòtay SIS) : SIS Gateway bay paran ak elèv yo aksè pèmanan nan orè endividyèl elèv, devwa, rezilta tès, prezans/absans, ak plis toujou. Paran ak elèv nan lekòl segondè pral kapab wè nòt ak devwa kouran yo. SIS Gateway pèmèt paran ak elèv imèl pwofesè fasilman atravè sistèm sa a. Elèv yo genyen aksè ak SIS Gateway a lè yo pase pa senbòl la ki disponib nan pòtay elèv distri a. Paran yo dwe enskri pou yo genyen yon kont SIS Gateway avèk yon kòd ak vasyon lekòl la bay. Nou ankouraje paran pou yo kontakte lekòl yo pou mande èd pou yo i lize SIS Gateway a. Moun kapab jwenn yon lis konplèt Lekòl Rejyon Palm Beach ak Direktè/tris yo nan sit entènèt Distri a anba SCHOOLS (LEKÒL) epi klike sou RESOURCES (RESOUS).

SÈMAN FIDELITE Règleman 5.40 Leta Florid mande pou yo resite Sèman Fidelite a nan kòmansman chak jou nan lekòl piblik primè, mwayen ak segondè. Yo ta dwe enfòme tout elèv pa ekri nan yon nòt ki pibliye nan manyèl elèv la oswa nan yon menm p piblikasyon selon a k s. 1006.07(2) ki deklare elèv la gen dwa pou l pa pa sipe nan resite sèman an. Yon fwa yo resevwa yon demann alekri paran li kote yo opte pou l pa pa sipe, lekòl la dwe ekskize elèv la pou l pa resite sèman an, sa ki enkli kanpe epi mete men dwat li sou kè li. F. S. 1003.44(1). 1. Yon elèv ki poko genyen 18 an, ki pa endepandan, dwe kanpe epi resite Sèman Fidelite a, amwenske paran li te mande yon ekskiz alekri. Yon elèv lekòl segondè ki genyen 18 an oswa ki endepandand genyen otorite pèsonèl epi yo pa kapab mande l pou resite Sèman Fidelite a. 2. Nan ka kote yon elèv p ap pa sipe san li pa genyen yon ekskiz, pèsonèl lekòl la: a. Pa kapab lonje dwèt sou li devan tout klas la; b. Dwe chita pale avèk elèv la an prive (elèv ki pa genyen 18 an oswa plis, oswa ki se yon elèv segondè ki endepandan), epi avè paran an pou paran an rezoud pwobèm nan, epi se paran an ki pou rezoud nenpòt konfli ki ta genyen ant paran avèk elèv la; c. Yo pa kapab pran mezi disiplinè kont yon elèv poutèt li pa kanpe ak/oswa pa resite sèman an; d. Yo kapab pran mezi disiplinè si yon elèv materyèlman deranje resitasyon Sèman an. OU BLIYE LAJAN POU REPA MIDI OU? NOU LA POU EDE! Nenpòt lè yon elèv bliye pote lajan oswa li pa genyen ase kòb nan kont li, nou genyen yon règleman ki la pou ede li. Yo kapab chaje yon Elèv lekòl primè jiska $6.15 epi l ap resevwa manje li chwazi a. Yon fwa kont yon elèv rive dwe $6.15 epi li pa genyen lajan, y ap bali yon antre nan plas repa midi a. Antre sa a pou lekòl primè se yon sandwich kodenn ak yon sandwich fwomaj (yon a k nan meni toulejou a). Y ap toujou pèmèt elèv la pran lòt bagay yo te chwazi pou yo fè yon repa ki ranbousab. Yo kapab chaje yon Elèv Lekòl Mwayen ak Segondè $2.30, apre sa y ap bali yon repa ranplasman. Repa ranplasman a se yon sandwich fwomaj avèk yon ji oswa lèt. Manje derechanj lan ap gra s pou elèv la. Yo pa pèmèt elèv yo achte a k kolasyon sou kont yo si sa ap koze yo genyen yon balans nega f nan kont la. Si yo remake yon elèv pa genyen lajan pou repa midi li souvan, y ap voye enfòmasyon bay paran/responsab la sou pwosesis aplikasyon pou repa midi gra s oswa ak pri redui a.

RESPONSABLITE DIREKTÈ/TRIS LEKÒL LA Selon A k Lwa Florid (F.S.) 1001.54, yon komite dirijan distri lekòl dwe anplwaye direktè/tris lekòl atravè yon kontra alekri. Direktè/tris la: genyen otorite sou pèsonèl distri lekòl la selon F.S. 1001.28. dwe sipòte antyèman otorite chak pwofesè ak chofè bis pou yo mete yon elèv ki dezobeyisan, malelve, vyolan, abizif, enkontwolab oswa k ap fè dezòd, deyò nan klas la oswa bis la, epi lè sa apwopriye epi posib, plase elèv sa yon nan yon anviwòwnman edika f altèna f. dwe founi lidèchip enstriksyonèl nan devlòpman, revizyon ak aplikasyon plan amelyorasyon yon lekòl selon F.S. 1001.54(2). dwe bay mwayen pou asire tout rapò lekòl yo kòrèk epi ajou, ak founi opò nite pou trening pou estaf la rapòte prezans/absans kòrèkteman, pa sipasyon nan pwogram FTE, rannman elèv, evalyasyon pwofesè, ak done sou sekirite lekòl ak disiplin F.S. 1001.54(3). responsab jesyon ak swen materyèl edika f, annakò avèk sa chapit 1006 prevwa. dwe sipòte epi kolabore antyèman nan aplikasyon F.S. 1002.23. REZILTA ALONTÈM Ogmante nivo lek avan oswa rive nan 3 yèm ane Asire preparasyon pou lekòl segondè Enkli: Siksè akademik, konpòtman ak mo vasyon Ogmante pousantaj gradyasyon nan lekòl segondè Ankouraje siksè aprè gradyasyon Enkli: Elèv briyan nan lekòl segondè, anwòlman doub, sè fika endistri yèl, enskripsyon nan kolèj, ak pèseverans, anwòlman nan

KALANDRIYE POU 2018 19 Komite Dirijan an te apwouve Kalandriye Lekòl pou 2018 19 epi moun kapab jwenn li sou entènèt la nan: h ps://www.palmbeachschools.org/communica ons/calendarofevents/ DAT ENPÒTAN 13 out 2018 Premye Jou Lekòl 7 janvye 2019 Jounen Travay Pwofesè Jounen Devlòpman Pwofesyonèl (Elèv pa gen lekòl) 31 me 2019 Dènye jou lekòl pou elèv yo 19 oktòb 2018 Jounen Travay Pwofesè Jounen Devlòpman Pwofesyonèl (Elèv pa gen lekòl) 8 fevriye 2019 Jounen Travay Pwofesè Jounen Devlòpman Pwofesyonèl (Elèv pa gen lekòl) 6 novanm 2018 Jounen Travay Pwofesè Jounen Devlòpman Pwofesyonèl (Elèv pa gen lekòl) 25 mas 2019 Jounen Travay Pwofesè Jounen Devlòpman Pwofesyonèl (Elèv pa gen lekòl) KONJE 3 septanm 2018 Fèt Travay 19 23 novanm 2018 Fèt Thanksgiving 18 22 mas 2019 Vakans Prentan 10 septanm 2018 Konje Otòn 24 desanm 2018 4 janvye 2019 Vakans Nwèl/Nouvèl An 19 avril 2019 Vakans Prentan 19 septanm 2018 Konje Otòn 21 janvye 2019 Fèt M.L. King 27 me 2019 Jounen Souvni JOU RATRAPAJ POU KA IJAN (EMD) Se Sipèentandan an k ap deside sou jou ratrapaj yo an konfòmite avèk lwa eta a sou tan ansèyman pou elèv resevwa.

KÒD KONDUIT POU ELÈV YO P-5.1811, P-5.1812, P-5.1813 Règleman sa yo aktyèlman sou koreksyon kote kapab genyen chanjman ladan yo. REMAK: Gen seksyon nan mànyèl enfòmasyon sa a ki gen yon rezime kòd konduit pou elèv yo. Genyen yon vèsyon pou lekòl prime ak yon vèsyon pou lekòl segondè. Pou kapab wè tout kòd konduit sa okonplè sou fòm elektwonik, ale gade nan sit entènèt Distri lekòl la nan seksyon règleman yo anba ribrik Chapit 5 la nan adrès h p:// www.boarddocs.com/fl/palmbeach/board.nsf/public ak tout P 5.002 (Nuizans ak Pwovokasyon), P 5.09 (Prezans, Absans, Fè woul), P 5.0921 (Lwa sou Kontwòl Gang nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach), P 5.1812 (Kòd Konduit Elèv pou Elèv Elemantè yo), P 5.1813 (Kòd Konduit Elèv pou Elèv klas Segondè yo), P 5.1817 jiska P 5.186, 5.81 (Pwoteksyon Elèv kont Pwovokasyon Seksyèl ak Diskriminasyon). N ap ankouraje paran ak elèv yo pou yo repase kòd konduit pou bon konpòtman elèv la ansanm, epi pale sou enpòtans sa genyen pou viv kote ki gen sekirite, an moun responsab ak respektye chak jou nan lekòl la ak nan lavi toulejou. Kòd Konduit pou Elèv la se Règleman Distri a ki kreye yon anviwònman apran saj sennesòf pou asire siksè akademik. Si objek f la dwe akonpli, li nesesè pou anviwònman lekòl la kapab san danje epi yon kominote ki sipò f. Rekil rasyon yon lekòl pou l vin ofri yon klima pozi f ki sipòte akonplisman akademik epi ki pwomouvwa ekite, sivilite, akseptasyon divèsite, ansanm ak respè mityèl. Komite Administra f Rejyon Palm Beach la te adopte epi l ap egzekite estrik pou sipòte yon Konpòtman Pozi f nan tout lekòl la (PBS) pou asiste nan efò sa yo. PBS se yon pwogram disiplin ki baze sou evidans ak rechèch ki fè prèv yo, ki mete anfaz sou sistèm sipò nan tout lekòl la. PBS mete anfaz sou ansèyman elèv pou konpòte yo nan fason ki kontribye ak akonplisman akademik ak siksè lekòl ki sipòte yon anviwònman lekòl ki sekirize kote estaf lekòl yo responsab epi respektye. SwPBS mete anfaz tou sou bezwen pou estaf lekòl la pwomouvwa konpòtman ki apwopriye nan ansèyman, ekzanp, ak ranfòsman konpòtman apwopriye ak tretman move konpòtman ki pa grav kòm «okazyon pou edike» elèv la. Ki sa Gid Disiplin nan ye andedan Kòd Konduit la? GID DISIPLIN nan se yon enstriman dirijan yo genyen pou reponn kòm sa dwa lè elèv yo komèt kèk enfraksyon disiplinè, dapre Kòd Konduit Elèv la. Enstriman sa a prepare pou ofri konsistans nan tout nivo atravè Distri a, yon fason pou disipline elèv yo, yon fason ki ekitab, so nan yon lekòl ale nan yon lòt, lè konpòtman egzije disiplin andeyò klas la. GID sou DISIPLIN nan pa aplike nan jesyon klas dapre jan pwofesè mande l, men okontrè kòm yon etap pwogresif lè yon elèv vyole règleman ki mande pou yon direktè/tris ak/oswa reprezantan l pou enpoze konsekans. Kèk vyolasyon nan lwa yo tankou posesyon zam, agresyon, asèlman seksyèl, egzije aksyon inisyal administra v tousuit. GID DISISPLIN nan fèt pou ede w ansanm ak pi t ou konprann konsekans vyolasyon règleman lekòl yo. Pandan majorite paran gendwa pa bezwen konnen gid disiplin nan byen (paj 14 31), Depatman Edikasyon ansanm ak Komite Dirijan Distri Lekòl la vle fè sèten paran yo okouran aksyon administratè lekòl yo pran lè elèv yo konpòte yo mal. GID sou DISIPLIN nan pèmèt administratè yo atribye konsikans yo avèk konsistans san yo pa konsidere nan ki lekòl pi t ou a ye. Lè yon elèv komèt plizyè vyolasyon nan yonsèl ensidan, tankou goumen avèk yon zam, administratè a enpoze konsekans ki pi grav la. Menmjan avèk Kòd Konduit pou Elèv la, patnè distri a revize GID la chak ane, sa enkli paran, pwofesè, administratè, konseye, ak lòt reprezantan kominotè yo. Ensidan Discipline Referral yo nan Rejyon Palm Beach la klasifye kòm enfraksyon Nivo 1, Nivo 2, Nivo 3 oswa Nivo 4. Lè gen yon desizyon sou ki aksyon disiplinè yo ta dwe pran, direktè/tris oswa moun li deziye a ap konsidere laj elèv la, eksepsyonalite l, si yasyon l kòm ELL, konduit pase li, entansyon l, ak gravite ensidan an. Yo mande dirijan yo pou enflije disiplin nan yon fason pwogresif. Prensip ki mansyone la yo se pou i lize aksyon ki mwen sevè a men ki apwopriye pou move konpòtman an. Dirijan yo kapab ogmante severite konsekans la si move konpòtman an kon nye.

Konpòtman Ensidan Nivo 1 yo se konpòtman ki twouble fonksyònman nòmal nan klas, lekòl, transpò oswa lòt ak vite ki andeyò kourikoulòm yo ENSIDAN NIVO 1 Reta, Abi d* Vagabondaj (absans non mo ve) Andeyò zòn li sipoze ye Kite lekòl la san pèmisyon Vyolasyon Kòd sou Abiman Fè karès an piblik Pran poul (triche) Pa respekte prensip lekòl yo Vyolasyon prensip otobis yo Move izaj òdinatè/teknoloji (ka minè) Jwèt oswa dezòd Langaj ensiltan Konfwontasyon Bay man /Fo reprezantasyon VyolasyonTelefòn pòtab/teknoloji Objè entèdi, izaj medikaman san pèmisyon Vant oswa distribisyon/materyèl ki pa otorize Ak vite inapwopriye Dezobeyisans/Ensibòdinasyon *Rekòmandasyon bay ekip ki nan lekòl la Obligatwa ELEMANTÈ NIVO 1 Opsyon pou Estrateji Korek f Avan Aplikasyon Aksyon Disiplinè Revize Matriks Atant yo Re anseye konduit Ankadreman Devwa Refleksyon Lèt Eskiz Opsyon pou Aksyon Disiplinè Direktè/tris oswa reprezantan l kapab chwazi omwen youn nan aksyon ki pi ba yo nan Nivo 1 an. Direktè/tris yo kapab otorize desizyon ki nan Nivo 2 yo pou ensidan ki repef, serye, oswa nivo 1 abityèl yo. Responsablite Administra f Kontakte Paran/Responsab (M) Konferans avèk Elèv (M) AKSYON NIVO 1 Konferans ak Paran yo Rekòmandasyon bay Konseye Lekòl la Rekòmandasyon pou Medyasyon an Gwoup Rekòmandasyon pou Medyasyon Administra f Antant sou Konpòtman Plan Reyinyon (IEP, 504, LEP) Rapò chak Jou/chak Semèn Chanjman Orè Paran Responsab vin lekòl ak elèv la Ressyon Volontè Plas fiks nan Otobis Repa midi an silans/retni repa midi Retni apre lekòl Retni pwolonje oswa mil p Retni nan lekòl nan jou samdi Konfiskasyon Rezoud Konfli Sipèvizyon Rekòmandasyon bay Ajans Deyò M = Mandatory/Obligatwa

ELEMANTÈ NIVO 2 Konpòtman Ensidan Nivo 2 yo pi grav pase sa ki nan Nivo 1 yo. Konpòtman sa yo entèfere anpil avèk pwosesis apran saj ak/oswa byennèt lòt moun. ENSIDAN NIVO 2 Asèlman * Pwoblèm nan Otobis Ekspresyon pwofàn oswa Obsèn Menas, non kriminèl * Agresyon fizik * Konpòtman Repef ki twoublan * Dezobeyisans repef Belijerans repef * Nuizans * Vandaliz <1000 Ti vòl oswa vòl <300 Posesyon pwodui tabak ** Pinisyon kipa egzekite (Regilye) Pinisyon ki pa egzekite (Samdi) Feda fis/peta * Fòje dokiman/siya Jwèt aza * Asèlman seksyèl * Posesyon lòt enstriman oswa objè Deklarasyon menasan, ki pa kriminèl Ak vite grav inapwopriye Trichri grav *Rekòmandasyon bay ekip nan lekòl la Obligatwa Responsablite Administra f Enves gasyon Deklarasyon Temwen Degre Estrateji Korek f avan Disiplin Aministra f Enves gasyon Deklarasyon Temwen Revizyon Matriks Atant Ankadreman Devwa Refleksyon Lèt Ekskiz Tcheke antre Tcheke so Jis s Restora f Efè Domino Akò pou Kanpe Lwen Plan pou Sekirite Vik m Opsyon pou Aksyon Disiplinè Lè sa apwopriye Direktè/tris oswa moun yo deziye ta dwe aplike disiplin yon fason pwogresif. Direktè/tris oswa moun yo deziye kapab seleksyone youn nan estrateji nan nivo 1, anmenmtan ak yon aksyon nan nivo 2. Responsablite Administra f Yo te kontakte Paran/Responsab (M) Konferans avèk elèv la (M) Aksyon Nivo 2 Medyasyon Kontra Konpòtman Planifye Reyinyon (IEP, 504, LEP) Rapò chak jou, chak semèn Ressyon Volontè Jis s Restora f Sèvis Kominotè Pèt privilèj Konfiskasyon Entèvansyon nan lekòl Sispansyon nan lekòl Jou pou pase an retni Pwogram ATOD ** Sispansyon nan otobis Sispansyon an deyò lekòl (OSS) pou 1 3 jou ** 1 ye Ofans Konferans, ak Paran Retni apre lekòl, Rekòmandasyon bay Konseye Lekòl la ** 2 yèm Ofans Konferans ak Paran, 1 jou OSS, Materyèl Konsèy **3 yèm Ofans 5 jou OSS/3 sispansyon avèk pa sipasyon nan yon pwogram Alkòl/ Lòt dwòg ki apwouve (AOD) M = Mandatory (Obligatwa)

ELEMANTÈ NIVO 3 Konpòtman Ensidan nivo 3 pi grav pase ensidan nivo 2 yo. Konpòtman sa yo koze pwoblèm konsiderab nan pwosesis apran saj la. Ensidan sa yo koze enkye d pou sante ak sekirite, oswa domaj nan pwoprieyte lekòl la. ENSIDAN NIVO 3 Responsablite Administra f Enves ge (M) Deklarasyon Temwen (M) Avè Polis Lekòl (M) Rekòmandasyon bay Ekip ki Baze nan Lekòl la (M) Opsyon Aksyon Disiplinè Direktè/tris oswa moun yo deziye dwe seleksyone omwen youn nan aksyon nivo 3 ki pa obligatwa yo. Responsablite Administra f Kontakte Paran/Responsab (M) Konferans avèk Elèv la (M) Goumen Agresyon vèbal sou elèv/lòt moun Agresyon vèbal sou Anplwaye Distri Lekòl la Agresyon fizik sou yon elèv / Moun (Ki pa anplwaye Distri a) Atak Fizik Ekstòsyon/Chantaj/Kontrent Vòl Agresyon fizik sou yon Anplwaye Distri Lekòl la Vandalis Vòl >300 Vandalis >1000 Kraze ak Antre pa fòs/vòl Move izaj Konpitè /Technoloji (Grav) Kondui machin mal Vòl machin Mèt dife **** Fòje fo dokiman Agresyon seksyèl Izaj non otorize Preskripsyon Medikaman*** Izaj Entoksikan*** Alkòl *** Dwòg Parafenalya *** Dwòg/Imitasyon Dwòg Reprezante kòm Dwòg (posesyon/izaj/depo)*** Kraze/antre pa fòs nan yon lekòl Antre san otorizayon Fòsalèt ensandi/rele 911 Menas Bonm **** Konduit endesan oswa obsèn Enkonduit seksyèl Posesyon kouto oswa lòt objè ki potansyèlman danjere AKSYON NIVO 3 Konfiskasyon (kote sa aplikab) Jis s Restora f Sèvis Kominotè Pèt Ak vite Ekstra Kourikoulòm Sispansyon nan Lekòl Jou pou pase nan Retni Sispansyon andeyò lekòl 1 5 jou Rekòmandasyon pou Ekspilsyon **** Ofans Alkòl oswa lòt Dwòg *** 1 ye Ofans 5 jou OSS/3 sispansyon avèk pa sipasyon nan yon pwogram Alkòl Lòt Dwòg (AOD) ki aprouve *** Ofans AOD ki repete 10 jou OSS/5 sispansyon avèk pa sipasyon nan yon pwogram AOD ki apwouve. Direktè/tris yo kapab mande pou yo fòme yon komite disiplin pou ankete sou nenpòt enfraksyon ki genyen yon na inik. M = Mandatory (Obligatwa)

ELEMANTÈ NIVO 4 Konpòtman Konpòtman sa yo se yo ki pi grav nan nan tout movèz konduit elèv epi ki menase lavi ENSIDAN NIVO 4 Menas vyolans iminan, Nivo ki wo **** Tanta v aksyon kriminèl kont yon moun **** Posesyon yon zamafe, revòlvè, fizi, mitrayèt **** Frape yon ofisye lapolis **** Posesyon, izaj, vant, antrepo, oswa distribisyon yon objè eksplozif **** Vant, entansyon pou vann, oswa distribisyon dwòg, imitasyon dwòg, imitasyon dwòg ki reprezante kòm dwòg, oswa medikaman ki mande preskripsyon **** Agresyon grav **** Frape oswa bat yon elèv/moun sevèman (anplwaye ki pa nan distri a) **** Vòl amen ame**** Frape oswa bat yon anplwaye distri a sevèman **** Agresyon seksyèl **** Kap re, oswa anlve **** Omisid**** Responsablite Administra f Enves ge (M) Deklarasyon Temwen (M) Avè Sipèentandan Zòn nan (M) Avè Safe Schools (M) Avè Lapolis Lekòl (M) Konsekans Disiplinè Direktè/tris oswa moun yo deziye dwe suiv aksyon nivo 4 sa yo AKSYON NIVO 4 Kontakte Paran/Responsab (M) Konferans avèk Elèv la (M) Konfiskasyon (si sa aplikab) (M) Sispansyon andeyò lekòl 10 jou (M) ****Rekòmandasyon pou Ekspilsyon (M) Direktè/tris yo kapab mande pou fòme yon komite disiplin pou evalye nenpòt enfraksyon ki genyen yon na inik. M = Mandatory (Obligatwa)

SEGONDÈ NIVO 1 Konpòtman Ensidan Nivo 1 yo se konpòtman ki twouble fonksyònman nòmal nan klas, lekòl, transpò oswa lòt ak vite ki andeyò kourikoulòm ENSIDAN NIVO 1 Reta, Abityèl Vagabondaj/absans san eksplikasyon Andeyò zòn li sipoze ye Kite lekòl la san pèmisyon Vyolasyon Kòd sou Abiman Fè karès an piblik Triche Pa respekte prensip lekòl yo Vyolasyon prensip otobis yo Move izaj òdinatè/teknoloji (ka minè) Asèlman * Jwèt oswa konpòtman destrik f (twoublan) Langaj ensiltan Konfwontasyon Bay Man /Fo represantasyon Vyolasyon Telefòn pòtab/teknoloji Objè entèdi, izaj medikaman san pèmisyon Vant/distribisyon materyèl ki pa otorize Ak vite inapwopriye Dezobeyisans/Ensibòdinasyon Opsyon pou estrateji Korek f Avan Aplikasyon Aksyon Disiplinè Revizyon Matriks Atant Re anseye Konpòtman Ankadreman Devwa Refleksyon Lèt Ekskiz Opsyon pou Aksyon Disiplinè Direktè/tris oswa moun yo deziye kapab seleksyone omwen youn nan aksyon nivo 1 sa yo. Direktè/tris kapab otorize aplikasyon aksyon nivo 2 pou ensidan ki repete, ki grav, oswa ensidan nivo 1 abityèl. Responsablite Administra f Kontakte Paran/Responsab (M) Konferans avèk Elèv la (M) AKSYON NIVO 1 Konferans avèk Paran Refere bay Konseye Lekòl Refere bay Mediasyon Angwoup Refere Pou Medyasyon Administra f Kontra Konpòtman Reyinyon sou Plan (IEP, 504, LEP) Rapò chak jou, chak semèn Chanjman Orè Paran/Responsab vin lekòl avèk elèv la Ressyon Volontè Plas fiks nan Otobis Repa Midi an silans/retni nan Rapa Midi Retni Apre Lekòl Retni Pwolonje oswa Mil p Retni nan lekòl, nan samdi Konfiskasyon Rezolisyon Konfli Sipèvizyon Refere bay Ajans Andeyò Lekòl M = Mandatory (Obligatwa)

Konpòtman Ensidan nivo 2 pi grav pase ensidan nivo 1 yo. Konpòtman sa yo entèfere konsiderableman ak pwosesis apran saj la, ak/oswa byennèt lòt moun. ENSIDAN NIVO 2 SEGONDÈ NIVO 2 Responsablite Administra f Enves gasyon Deklarasyon Temwen Opsyon Estrateji Korek f avan Aplikasyon Aksyon Disiplinè Opsyon pou Aksyon Disiplinè Lè sa apwopriye, direktè/tris oswa moun yo deziye ta dwe aplike disiplin nan yon fason pwogresif. Direktè/tris oswa moun ki deziye Kapab seleksyone youn nan estrateji nan nivo 1, osibyen yon aksyon nan nivo 2. Arasman * Pwoblèm nan Otobis Langaj Pwofàn oswa Obsèn Menas, ki pa kriminèl * Agresyon Fizik * Konpòtman deranjan repef * Dezobeyisans repef Arasman/Arasman sou Entènèt * Vandalis * Vandalis <1000 Ti vòl oswa Vòl <300 Posesyon Pwodui Tabak ** Retni ki pa respekte (Regilye) Retni ki pa respekte (Samdi) Feda fis/peta* Fòje Dokiman/Fè fo Siya Jwèt Aza * Posesyon Lòt Enstriman oswa Objè Arasman Seksyèl * Menas Vèbasl, ki pa Kriminèl * Ak vite Inapwopriye Grav * Trichri grav Enves gasyon Deklarasyon Temwen Revizyon Matrix atant Ankadreman Responsablite reflek f Lèt ekskiz Tcheke antre tcheke so Jis s restora f Repèkisyon Plan pou pwoteksyon vic m Akò pou kanpe lwen Responsablite Administra f Kontakte Paran/Responsab (M) Konferan avèk elèv la (M) AKSYON NIVO 2 Medyasyon Antant sou Konpòtman Plan reyinyon (IEP, 504, LEP) Rapò chak jou, chak semèn Ressyon volontè Jis s restora f Sèvis kominotè Pèt privilèj Konfiskasyon Entèvansyon nan lekòl Sispansyon nan lekòl Jou pou pase an retni Pwogram ATOD** Sispansyon nan otobis Sispansyon andeyò lekòl (OSS) pou 1 5 jou *Rekòmandasyon bay Ekip ki Baze nan Lekòl Mandatory (Obligatwa) ** 1 mye Ofans 5 jou OSS/3 sispansyon epi pa sipe nan yon pwogram alkòl oswa lòt dwòg (ATOD) distri a apwouve ** 2 yèm Ofans 5 jou OSS/2 sispansyon epi pa sipe nan yon pwogram alkòl oswa lòt dwòg (ATOD) distri a apwouve ***Plis ofans 10 jou (OSS) M = Mandatory (Obligatwa)

Konpòtman Ensidan Nivo 3 yo pi grav pase sa ki nan Nivo 2 yo. Konpòtman sa yo koze twoub konsiderab nan pwosesis apran saj la. Ensidan sa yo koz enkye d pou sante ak/ oswa domaj nan pwopriyete lekòl. ENSIDAN NIVO 3 Goumen Agresyon vèbal sou elèv/lòt moun Agresyon vèbal sou anplwaye distri lekòl la Agresyon fizik sou yon elèv/ moun (ki pa anplwaye distri a) Atak fizik Ekstòsyon /Chantaj/Kontrent Vòl Agresyon fizik sou anplwaye distri a Vandalis Vòl >300 Vandaliz >1000 Kraze ak antre pa fòs / vòlè Move izaj teknoloji/konpitè (Grav) Kondi machin mal Vòlè machin /bagay nan machin Mete dife **** Dokiman fòje oswa fwodile Agresyon seksyèl Izaj preskripsyon medikaman ki pa otorize *** Izaj entoksikan *** Alkòl *** Dwòg parafènalya *** Dwòg/Imitasyon Dwòg kòm dwòg (posesyon/izaj/antrepo) *** Dezòd nan yon lekòl Violasyon pasaj entèdi yon lekòl Fos alèt ensandi/rele 911 Menas bonm **** Konduit Endesan oswa obsèn Enkonduit seksyèl Posesyon kouto oswa lòt objè potansyèlman danjere SECONDÈ NIVO 3 Responsablite Administra f Enves ge (M) Deklarasyon Temwen (M) Avè Lapolis Lekòl (M) Refere bay Ekip ki Baze nan Lekòl (M) Opsyon pou Aksyon Disiplinè Direktè/tris oswa moun ki deziye dwe seleksyone omwen youn nan aksyon nivo 3 ki pa obligatwa yo. Responsablite Administra f Kontakte Paran/Responsab (M) Konferans avèk Elèv la (M) AKSYON NIVO 3 Konfiskasyon (kote sa aplikab) Jis s Restora f Sèvis Kominotè Pèt Ak vite Ekstra Kourikoulòm Sispansyon nan Lekòl Jou pou pase an Retni Sispansyon andeyò Lekòl 1 10 days Rekòmandasyon pour Ekspilsyon **** Ofans Alkòl oswa Lòt Dwòg (AOD) *** 1 ye Ofans 10 jou OSS/5 sispansyon avèk pa sipasyon nan yon pwogram Alkòl oswa Lòt Dwòg (AOD) *** Ofans repete Alkòl oswa Lòt Dwòg (pandan ane lekòl la) EGZIJE yon sispansyon 10 jou andeyò lekòl ak rekòmandasyon pou ekspilsyon. Direktè/tris yo kapab mande pou fòme yon komite disiplin pou evalye nenpòt enfraksyon ki genyen yon na inik. M = Mandatory (Obligatwa)

Konpòtman Konpòtman sa yo se zak ki pi grav yon elèv kapab komèt epi ki menase lavi moun. ENSIDAN NIVO 4 Menas vyolans iminan, Nivo ki wo **** Tanta v aksyon kriminèl kont yon moun **** Posesyon yon zamafe, revolvè, fizi, fizichas**** Bat yon Ajan Lapolis**** Posesyon, izaj, vant, antrepo, oswa distribisyon yon objè eksplozif **** Vant, entansyon pou vann, oswa distribisyon dwòg, imitasyon dwòg, imitasyon dwòg ki reprezante kòm dwòg, oswa preskripsyon medikaman **** Agresyon grav **** Frape oswa bat yon elèv/moun sevèman (anplwaye ki pa nan distri a) **** Vòl amen ame**** Frape oswa bat yon anplwaye distri a sevèman **** Agresyon seksyèl **** Kidnaping oswa anlèvman **** Omisid**** SEGONDÈ NIVO 4 Responsablite Administra f Enves ge (M) Deklarasyon Temwen (M) Avè Sipèentandan Rejyon an. (M) Avè Safe Schools (M) Avè Lapolis Lekòl (M) Konsekans Disiplinè Direktè/tris la oswa moun li deziye dwe aplike youn nan aksyon nivo 4 yo AKSYON NIVO 4 Kontakte Paran/Responsab (M) Konferans avèk Elèv la (M) Konfiskasyon (si sa aplikab) (M) Sispansyon andeyò Lekòl 10 jou (M) ****Rekòmandasyon pou Ekspilsyon (M) Direktè/tris yo kapab mande pou fòme yon Komite Disiplin pou Evalye nenpòt enfraksyon ki genyen yon na inik. M = Mandatory (Obligatwa)

Mezi Siksè Ekonomik Elèv ki Gradye nan Florid Rapò sou Sekirite Ekonomik la (Economic Security Report) bay elèv, Paran, ak lòt moun enfòmasyon sou elèv ki gradye nan enssyon piblik oswa edikasyon siperyè nan Eta Florid, enkli Sistèm Inivèsite Leta (State University System (SUS)), Sistèm Kolèj Florid (Florida College System (FCS)) ak Sant Teknik Distri yo (District Technical Centers (DIST). 1 Degre ak sè fikasyon konte plis ou aprann, plis ou fè lajan. P i g w o n ivo edikasyon se yon boustè pou salè. Tipikman, p degre yon moun chwazi pral asosye avèk nivo salè tou. Grafik anba la a montre salè pou divès degre nan syans aplike nan nivo FCS. 2 Jan sa endike nan grafik la, karyè yon elèv chwazi ak domèn e d la kapab genyen gwo enpak sou potansyèl salè elèv la alontèm. Salè Mwayèn nan Premye Ane: 15 Domèn E d ki Pi Popilè, Degre A.A.S Se vre genyen yon gwo varyasyon nan salè tou pou moun ki gradye avèk yon degre lisans (bachelor s degree). Pandan lòt faktè pèsonèl ak lòt faktè ta dwe dirije chwa enssyon ak domèn, konpreyansyon salè yon moun ki fèk gradye avèk yon lisans pral ede elèv yo chwazi yon pwogram k ap sa sfè objek f karyè yo alontèm. Graf anba la a montre 15 pwogram lisans ki te pi popilè an 2013 14 nan sa ki konsènen salè. 1 Sous done pou enfòmasyon ki nan rapò rezime sa a se Florida Educa on and Training Placement Informa on Program (FETPIP): ki so nan Depatman Edikasyon Florid. 2 Done yo reprezante medyan inisyal salè moun ki te gradye an 2013 2014, premye ane aprè gradyasyon yo.

Salè Mwayèn nan Premye Ane: 15 Domèn E d ki Pi Popilè, Degre Lisans (Bachelor) Malgre siksè chak gradye reflete yon varyete faktè tankou orijin sosyal li, mache travay lokal la, ak kote li chwazi pou l viv www.beyondeduca on.org ak Rapò sou Sekirite Ekonomik la founi enfòmasyon ki i l anpil pou elèv avèk paran yo konsidere lè y ap eksplore chwa edikasyon ak karyè.

_`aÿcdedfeghiÿfhjÿklmlinopq`ÿehjÿcqrpdsliÿ VWD9@WÿCBXCÿ@Y:Z[ÿ>\C=ÿ?\]^ÿ 8 ƒÿ8 8 ÿ1234567869456ÿ54456ÿÿ869456ÿ94ÿ25ÿ49265ÿÿ43265ÿÿ344ÿ435 ÿltÿudvwxÿyhitegwisliÿopq`ÿgh >$*%(%ÿ "(5ÿ1(51ÿ/(5%7ÿ:(ÿ/#;<*ÿ+/#%ÿÿ1(51ÿ/(5%ÿ,(%%*%ÿ-(7ÿ %(5ÿ-(7ÿ8*%-*%ÿ$*3*/#%ÿ,0ÿ)1ÿ"(5ÿ#.$*+*ÿ"'(2/ÿ"(1#%+-ÿ,0ÿ,#"#2ÿ$0 [(%ÿ>'()*+ÿ# =#%-ÿ"(5ÿ>#$#%ÿ#,ÿ!ÿ"#$#%&!ÿ"'()*+!ÿ,(%+*-*!ÿ#./0%0+1$#1!ÿ#,ÿ#%"'#-*ÿ20'(ÿ#ÿ3*%ÿ'4ÿ*%"41#%ÿ"(5ÿ6'*ÿ%#%ÿ*,4ÿ ÿ# D0-#10 /#;<0%ÿ(1($0A*ÿ,ÿ#"ÿ1$#%+"41*ÿ* #"0,*ÿ"(5ÿ1(51ÿ#,10 *,4ÿ#ÿ+0"(A*ÿ,(%%*%ÿ$3*/#%ÿ-(7ÿB4/ÿ-(ÿ,#"#2ÿ$#%%ÿ"#$#%ÿ-(ÿ$*+"(%+#2ÿ"(5ÿA#,ÿ"0101ÿ-(!ÿ0ÿ*%"41#%ÿ 01*ÿ,ÿ#"ÿ)1ÿ%#%ÿ(,#ÿ*,4ÿ-(!ÿ%#%ÿ41ÿ(,#ÿ-(ÿ0100A*ÿ"(5ÿ)ÿ#,10 ÿ#ÿ2#-ÿ0+ÿ$3*/#%ÿ.0+1$0ÿ#ÿ"(5ÿ* ÿ-(7ÿ9#%"$0ÿ0ÿ$3*/#%ÿ+#ÿ-(ÿ# ÿ,0ÿ%#%ÿ$*6-(%ÿ>#/ÿ?*#;<7ÿ@3*/#%ÿ-(ÿ,ÿ#1#%+-(%7ÿ>#$#%!ÿ* *7ÿ9#%,(5ÿ'#!ÿ$3*/#%ÿ-(ÿ#ÿ B#+ V#1ÿ%*+#%+ "(5ÿ-(ÿ,(%%*%ÿ$3*/#%ÿ#,ÿ,(%+*,#%+ÿ-(ÿ+0ÿ10/(5%ÿ-(ÿ.*A(2*-0ÿ$3*/#%ÿ-(7ÿ C0ÿ%*+*+ÿ"(5ÿ"#$#%ÿ-(ÿ#%3#6*ÿ%#%ÿ*.0,#+-(%ÿ"0101ÿ-(ÿ*"0ÿ+*ÿ$*+"(%+#201*ÿ"(5ÿ2#-ÿ*,4ÿ#ÿ1(51ÿ%0/*'(ÿ 1**)4%ÿ#,ÿ,(%1#,ÿ06#%+ÿ,0ÿ$*+#%7ÿD*ÿ$*+"(%+#201*ÿ-(ÿ1(5ÿ"(5ÿ)ÿ*,4ÿ#ÿ,(%%*%ÿ1(51ÿ2#3#-ÿE1#%,(5ÿ 01*ÿ*,4ÿ-(ÿ*"0ÿ"(5ÿ1(51ÿ *%)4/#%+-(%ÿ/*.0,#Fÿ,0ÿ,#"#2ÿ#)*,1*ÿ)#+(%ÿ"0101ÿ(5ÿ#"$#%%!ÿ"$*A#%+ÿ"0101ÿ(5ÿ*,4!ÿ(+'#ÿ"#10+0"#+-(%ÿ!ÿ#%"'#-*ÿ G4/ÿ,0ÿ+0-*%ÿ-(ÿ.'*ÿ)ÿ"#10ÿ.(+-*ÿ;<#,ÿ* >#$#%ÿ#,ÿ "0101ÿ(5ÿ%#%ÿ#,10 ÿ#ÿ*"0ÿ(5ÿ,(%%*%ÿ$3*/#%ÿ-(7ÿed#ÿ"#ÿ 01*ÿ*,4ÿ#7 7ÿD0-#10ÿ'ÿ"0ÿ2#ÿ%#%ÿ)4/ÿ+#ÿ#ÿ+0-0)0ÿ(5ÿ1*ÿ$*+* *ÿ.0ÿ(5ÿ.#,4ÿ%0ÿ(5ÿ"#ÿ.#,4ÿ#,ÿ-(7fÿ '#ÿ=#%-ÿ"(5ÿ HI45J6ÿ64ÿÿK2325ÿLMNKÿ23O6Pÿÿ4ÿÿK3452QÿLMNKÿ69ÿ2ÿ95ÿMÿÿ2ÿ2RÿJÿ2325STÿU52ÿ69Pÿ545J6ÿ64ÿMÿ 25M54ÿ3452Q64ÿ4Oÿ2Pÿ2325ÿMÿ262R4ÿ2525ÿ696ÿ3452Q64ÿ2ÿMÿ2ÿ66ÿMT D0-#10ÿ>#$#%ÿ(+'#ÿ@*+"(%+#2 D0-#10ÿ>#$#%ÿ(+'#ÿ@*+"(%+#2 ÿv#1 ÿv#1 >?DVÿz{z ÿ]@e@* 7ÿ}~zz~ z FÿZ@W8W[\Cÿ ÿd;<(( D0-#10ÿ ÿ# ÿv#1

DISTRI LEKÒL REJYON PALM BEACH DEPATMAN "SAFE SCHOOLS" Student Participation in Authorized Surveys - Creole version Patisipasyon Elèv nan Sondaj Otorize Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap sèvi ak avètisman sa a pou l kapab enfòme w konsènan " sondaj sou enfòmasyon pèsonèl" epi jwenn konsantman w (si yo ta mande elèv yo pou yo patisipe nan yon ankèt sou "enfòmasyon pèsonèl") oswa opte pou pitit ou a pa konplete yon seri sondaj volontè. Si pitit ou a gen 18 an oswa plis, li gen dwa dakò oswa pa dakò reponn kesyon sou sonday la. "Sondaj sou enfòmasyon pèsonèl" gen ladan li ankèt ki gen rapò ak afilyasyon politik oswa kwayans; pwoblèm mantal oswa sikolojik; konpòtman seksyèl oswa atitid; oswa konpòtman ilegal, ki pa sosyab, vilen, oswa imilyan; evalyasyon kritik paran pwòch; relasyon privilejye yo rekonèt legalman avèk moun tankou avoka, doktè oswa pè ak pastè; pratik relijye, apatenans, oswa kwayans; oswa kèk enfòmasyon sou revni. Distri a fè ankèt sa yo pou l planifye pwogram, rasanble enfòmasyon resan, epi deside si pwogram elèv yo ap mache byen. Men yon orè pou sondaj ki kapab fèt pandan ane akademik sa a: Ankèt sou Jèn nan Florid, Ankèt sou Konpòtman Riske Jèn (chwa Lekòl Segondè yo), ak Ankèt sou Sante ak Konpòtman nan Lekòl Mwayen (chwa Lekòl Mwayen yo): Lekòl mwayen ak segondè yo; nan prentan. Se Statewide Tobacco Prevention Project (Pwojè Prevansyon Tabak pou tout eta a) anba depatman Safe Schools ki te dirije sa. Ankèt sa yo anonim; se Leta Florid ki voye l bay distri a. Yo poze elèv yo kesyon sou izaj dwòg ak alkòl, oryantasyon seksyèl, vyolans, ak lòt konpòtman ki prezante danje. Ankèt yo poze kesyon tou sou konpozisyon fanmi, rapò ant paran ak timoun, itilizasyon tabak lakay, sante ak nitrisyon, ak pwoblèm dwòg nan istwa fanmi (alkòl ladan l tou). Sondaj sou Klima ak Sekirite: Lekòl elemantè, mwayen ak segondè; otòn oswa prentan. Se depatman Safe Schools ki te dirije sa pou yo. Sa a se yon lòt ankèt anonim sou atitid ak kwayans elèv yo - konsènan tèt yo, vyolans, dwòg ak klima nan lekòl yo. Ankèt sou Konpòtman Riske Jèn Genyen: Lekòl mwayen (klas 7 & 8 sèlman) ak segondè; otòn oswa prentan. Se Secondary Education Department (Depatman Edikasyon Segondè)'' ki te dirije sa pou yo. Ankèt anonim sa a an konfòmite avèk Akò koperatif Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la gen avèk Sant Prevansyon ak Kontwòl Maladi. Ankèt la poze elèv yo kesyon sou izaj dwòg ak alkòl, oryantasyon seksyèl, vyolans ak lòt konpòtman ki prezante danje. Ni an pati, ni totalman, se pa Depatman Edikasyon Ameriken ki finanse oken nan ankèt sa yo; Patisipasyon an volontè. Pa gen risk pou pitit ou a si l ranpli ankèt sa a. Ankèt yo anonim. Non pitit ou a pa sou ankèt la. Non pitit ou pa sou fòm ankèt la. Fason ankèt yo fèt la pwoteje vi prive pitit ou a. Yo pa p pran okenn mezi kont ou ni kont pitit ou a si li pa patisipe. Ankèt sa yo bay konsèy ki valab pou fè konnen gen pwogram, aktivite ak asistans ki egziste pou timoun pandan y ap grandi. Si w ta vle wè nenpòt nan ankèt sa yo avan yo fè yo oswa avan yo sèvi ak yo, ekri nan adrès sa a: Statewide Tobacco Prevention Project Department of Safe Schools Room 268 Lincoln Elementary School 1160 Avenue N Riviera Beach, FL 33426 OSWA Secondary Curriculum Department 3330 Forest Hill Blvd. C-225 West Palm Beach, FL 33406 Kòm paran, ou kapab refize pou pitit ou a patisipe nan ankèt sa yo. Li seksyon ki anba sa a. Si ou PA OTORIZE PITIT OU A POU PATISIPE nan ankèt y ap fè nan lekòl li a ane sa a, detache epi voye fòm ki piba a tou ranpli nan lekòl pitit ou a. Non elèv la (prenon, dezyèm prenon, siyati) Klas Non Lekòl/ Depatman Pwofesè Mwen li epi konprann fòm sa a konsènan ankèt y ap fè nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Mwenmenm, paran/ responsab legal timoun ki site anwo a, mwen PA bay otorizasyon pou pitit mwen an patisipe nan ankèt yo dekri piwo a. Siyati paran/responsab legal Dat PBSD 2027 CR (Rev. 6/5/2015) Non paran/responsab legal (ekri an lèt detache) RECORD COPY: Cumulative Record Folder (CRF) Translated by the Creole Translation Team of the Multicultural Education Department - Palm Beach County School District - SY151196 - June 2015 - Phone (561) 434-8620