Gid Paran pou Jadendanfan Volontè

Similar documents
Chanselye a ELÈV KI ANSENT OUBYEN KI GEN PITIT AK KONFIDANSYALITE NAN SANTE REPWODIKTIF REZIME CHANJMAN YO

Amplwayè: Amplwaye: Dat Pèt: Nimewo Dosye: Nimewo Ka Leta:

FLORIDA HEALTHY KIDS CORPORATION AVI SOU PRATIK PWOTEKSYON EFÒMASYON PRIVE

Règleman Asistans Finansye & Faktirasyon/Règleman sou Koleksyon. Règleman sou Asistans Finansye

Financial Assistance Documents Texas Health Huguley

Pou plis enfòmasyon, tanpri rele nan (305)

ST. VINCENT S MEDICAL CENTER. POLITIK KONSÈNAN ASISTANS FINANSYÈ Koumanse 9 me 2017

REZIME AVI DEPATMAN TIMOUN AK FANMI FLORIDA RÈGLEMAN KONSÈNAN RÈGLEMAN SOU ENFÒMASYON AK JESYON PRIVE AK PWOTEKSYON ENFÒMASYON PÈSONÈL SOU SANTE

(ii) Bay enfòmasyon ki klè konsènan kritè kondisyon kalifikasyon pou fè aplikasyon ak metòd pou aplike pou jwenn èd finansye;

Lekòl Piblik Boston. Byenveni nan Lekòl Nou yo.

Florida History: Famous Floridians: Henry Morrison Flagler

ekouvri Lekòl Piblik Boston Fanmi Boston gen chans pou yo gen plis chwa pou edikasyon pitit yo pase prèske tout lòt kote nan Etazini

SAMPLE LETTER TO PARENTS (USE SCHOOL LETTERHEAD) ELEMENTARY SCHOOL INTRODUCTORY LETTER FOR HGD UNIT KINDERGARTEN-FOURTH GRADE.

Chwazi yon Lekòl Segondè: Yon Mesaj pou Elèv ak Fanmi yo

APLIKASYON/RE-SÈTIFIKASYON NAN PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM, SNAP)

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

BOSTON REGION METROPOLITAN PLANNING ORGANIZATION

Règleman/Pwosedi Tit: Règleman Èd Finansye - Dat anvigè: Janvye 2016 Charity Care Depatman: Sik revni # Règleman: 2209 Paj 1 sou 17

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SNAP SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM (SNAP) APLIKASYON/RESÈTIFIKASYON

NÒM DISIPLIN AK MEZI POU ENTÈVNI NAN TOUT VIL LA {KÒD DISIPLIN} Depatman Edikasyon vil Nouyòk. Joel I. Klein Chanselye Haitian Creole

Nou la pou ou. Manyèl pou Manm. Aetna Better Health of New York. aetnabetterhealth.com/newyork NY

Gid pou Lè Gen Lanmò. Boston Medical Center Biwo Zafè Moun ki Mouri. Telefòn: Faks:

GID POU LEKÒL PIBLIK BOSTON POU FANMI AK ELÈV

Moffitt Cancer Center

SEKSYON PRATIK POU F È APÈL NAN BAWO FLORID LA

Florida Healthy Kids (Timoun Ansante nan Florid) Liv pou Manm yo Mwa me 2018 Sèvis Kliyantèl:

Pati B Avi konsènan Mezi Pwoteksyon pou Paran ak Elèv Andikape yo

Evite kè sote moun genyen souvan nan afè bay tete

Kijan pou touche jijman lajan Collecting a Money Judgment Haitian Creole

James H. DeGraffenreidt, Jr. Prezidan Konsèy Administrasyon Edikasyon l Eta. Nancy S. Grasmick Sipè-entandan L Eta pou Lekòl

Èd Apre Dezas. FEMA 545 / Jiyè Gid Aplikan pou Pwogram Endividyèl & Familyal

Sa se yon dokiman legal enpòtan. Tanpri gade li nan kote ki an sekirite.

AETNA BETTER HEALTH SM FIDA PLAN Rezime sou Benefis pou 2017

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: 1FES 64. Tab Number: 63 CE FES 1D: Document Title: Document Date: Haiti.

Klas 6 yèm pou 12 yèm ane

Gid Politik Pou Elèv ak Fanmi yo

AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Plan Avi Anyèl sou Chanjman ak Ti liv pou Patisipan pou 2017

POU PLIS ENFOMASYON / parents/ spanish/ default.htm oswa ale nan: Rechech: Regleman Konduit Elev yo

Pou Tout Elèv Nou yo:

DRAFT ETA FLORID PLAN CONSOLIDATED JULY 1, JUNE 30, 2020

Gid Chwa ak Enskripsyon. Chemen Enskripsyon An

Klas 6 yèm ane pou 12 yèm ane

Liv Referans Anplwaye yo & Enfòmasyon sou Benefis

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY LIV ENFÒMASYON POU PARAN AK ELÈV (TYPE ALL CAPS) INSERT SCHOOL NAME INSERT SCHOOL ADDRESS INSERT SCHOOL OFFICE NUMBER

Sa Kap Swiv la se Manyèl de Baz Elèv ak Fanmi ki kouvri Règ Debaz ak Règleman Lekòl City on a Hill

Vin jwenn nou pou yon randevou entènasyonal sou. Pwpozisyon pou Pri tikèt MBTA

KONTRAKTE KI NAN FLORIDA K-AP TRAVAY NAN JADEN/ CHEF EKIP LIV POU ETIDYE POU EGZAMEN-AN

Atelye MIT ap fè sou teknoloji pou metòd aprantisaj aktif ki chita sou resous pedagojik san baryè Le Plaza, Pòtoprens, Ayiti, janvye 2013

PWOGRAM ANSEYMAN ENDIVIDYALIZE (IEP) DEPATMAN ANSEYMAN LETA MARYLAND (MSDE) DIVIZYON ANSEYMAN ESPESYAL / SÈVIS ENTÈVANSYON BONÈ

LIV REGLEMAN SOU KONDWIT ELÈV

Maladi Malarya: Enfòmasyon ou dwe konnen

GID PARAN ak GADÒ Lekòl Piblik Somerville. 8 Bonair Street Somerville, MA

Prentan Sistèm sa a san danje, an sekirite, legal ak vit.

Ce document ne peut être reproduite et / ou adopté en tout ou en partie à condition qu'il n'y a pas de changement important dans le contenu, les

Konsey Pou Prepare w Pou Siklon

DWA AK RESPONSABILITE LOKATÈ

8 YÈM ANE NIVO ENTÈMEDYÈ

POU ELÈV LEKÒL MWAYÈN AK LEKÒL SEGONDÈ YO NAN LEKÒL PIBLIK BOSTON

DEZYÈM LIV KESYON KI BAZE SOU YON SERI DOKIMAN (DBQ) 16 NOVANM Ekri non w ak non lekòl ou an lèt majiskil sou liy ki anwo yo.

West Boca Raton Community High School

AmericasBarometer: Ayiti, 2010 Vanderbilt University Dwa resève.

KONTRA ANT WALT DISNEY PARKS AND RESORTS U.S. SERVICE TRADES COUNCIL UNION (REGILYE PART TIME) EFEKTIF 30 Mas, 2014

Manyèl Elèv ak Fanmi Vèsyon Rezime

Emerante De Pradines: Good morning Mr. Watson. Emerante De Pradines: Bonjou Msye Watson.

Manyèl Fanmi ak Elèv

6323 Seventh Avenue Brooklyn, NY 11220

Is Konektikèt GID POU SA KI FÈK VINI YO. Sa se yon gid sou tout vil, minisipalite, ak lòt sèvis kin nan zòn Is Konektikèt la

TANPRI PATAJE DOKIMAN SA Disponib an Panyòl, Kreyòl, oubyen Gwo Postè sou Demann

PINGA OU VIRE PAJ SA A TOUTOTAN YO POKO DI W VIRE L.

Gid Byenveni. Preparasyon pou tan w ap pase a

EVCS Nouvèl. ~ Byenvini~

Biwo Fonksyònman Lekòl Règ Komisyon Konsèy Lekòl 5500

GID PREPARASYON KADIJANS LAFLORID

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

CORNERSTONE, Level A: Haitian Creole Translations

4THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

Egzèsis sou ADN Glikozilaz - nivo 1-2

Questionnaire number. MUNICIPIO. Komin: HAISEKSYON. Seksyon Kominal: HAISEC. Zòn [optionel] HAISEGMENTO. Segman Recensman [Kod Oficiel Recensman an]

Kontni. Prepare ou: Kreye yon Plan pou Katastwòf Yon Plan pou Moun ki Enfim Definisyon Sitiyasyon Ijans Evakyasyon...

Katalòg Pwodwi Sante pou Ane 2015

Plan AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Anyè ki gen enfòmasyon pou Pwofesyonèl Swen Sante ak Famasi pou Ane 2016

YON LEGLIZ KI AN SANTE KATRIYÈM EDISYON. Mark E. Dever. 525 A Street NE Washington, DC Phone (202) , FAX (202)

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN VIVAN. Vandredi 28 janvye :15 pou 12:15 p.m.

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

MINUSTAH: Èske se yon fòs k ap mentni lapè, Oubyen k ap conspire kont li?

VIL PEYI DAYITI YO:AKSYON POU JODI A AK YON KOUDÈY SOU DEMEN REZIME

C h a p i t 5 Prevansyon enfeksyon. Nan chapit sa a: Prevansyon enfeksyon sove la lav Prevni enfeksyon lè w evite jèm...52

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Jedi, 29 janvye :15 a.m. pou 12:15 p.m.

ISTWA ETAZINI AK GOUVÈNMAN

Non Elèv la. Non Lekòl la

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAM VIVAN

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ. Jedi 19 Jen :15 jiska 4:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

ISTWA AK JEWOGRAFI JENERAL

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 26 janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 21 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

Transcription:

Gid Paran pou Jadendanfan Volontè Office of Early Learning Learn Early. Learn for Life.

Kisa Pre- Jadendanfan Volontè (VPK) ye?

Pre-jadendanan Volontè (VPK) se yon pwogram ki mandate onivo lejislatif ki kreye pou prepare tout timoun 4tran nan Eta Forid pou jadendanfan epi konstwi baz pou yo kapab jwenn siksè nan edikasyon. Pwogram VPK ofri tout timoun opòtinite pou gen pibon pèfòmans lekòl ak pandan tout lavi li lè li ofri bonjan pwogram ki gen ladann korikolòm ki apwopriye selon devlopman yo epi ki konsantre sou konptans alfabetilizasyon bonè, estanda nan devlopman, responsabilite, peryòd enstriksyon sibstansyèl, dimansyon klas ki jerab ak enstriktè ki kalifye.tout timoun 4tran yo gen dwa patisipe nan youn nan twa opsyon pwogram VPK yo: Vizyon VPK Pou timoun Eta Florid gen anvi aprann epi pare pou jwenn siksè lè yo antre nan jadendanfan. Misyon VPK Pou asire tout timoun pare entelektyèlman, sosyalman, emosyonèlman ak fizikman pou antre lekòl epi apre pou aprann, epi VPK konprann wòl enpòtan paran yo jwe antanke premye pwofesè elèv la. Pwen esansyèl nan pwogram VPK a Pwogram edikasyon gwo kalite ki konsantre sou alfabetizasyon bonè. Gratis pou tout timoun ki gen 4tran nan dat 1ye septanm oplita nan Eta Florid. Chwa paran an se yon priyorite; kifè ni founisè prive ni founiè piblik patisipe.

Dwa Paran yo

Antan paran an, ou gen dwa pran bonjan desizyon pou chwazi VPK grasa youn nan metòd sila yo: Si ou gen Entènèt, al gade wèbsayt Depatman Timoun ak Fanmi (DCF) dcfsanswrite.state.fl.us/childcare/provider pou gade pwofil VPK chak founisè prive ak piblik ki enterese ou. Kontakte kowalisyon edikasyon bonè (ELC) ou an. ELC yo travay ak tout kominote nan Eta Florid pou mete anplas sèvis edikasyon bonè. ELC ou an gen plis enfòmasyon konsènan pwogram VPK a ak pwosesis aplikasyon an. W ap jwenn enfòmasyon kontak ELC nan www.floridaearlylearning.com oswa rele 1-866-357-3239 (Malantandan TTY:711). Si ou pa gen Entènèt, al gade kopi pwofil chak founisè VPK ak lekòl yo nan konte ou nan ELC lokal ou an. Ou gendwa kontakte tou biwo lokal Resous pou Timoun ak Referans (Child Care Resource and Referral CCR&R) pou resevwa yon lis adapte tout founisè VPK ki nan zòn ou epi ki satisfè bezwen fanmi ou ansanm ak enfòmasyon konsènan lòt resous kominotè. Sèvis CCR&R yo gratis pou tout moun ki rezide oswa k ap chèche sèvis edikasyon bonè nan Eta Florid. Pou jwenn nimewo CCR&R local ou a, tanpri rele Biwo Edikasyon Bonè gratis nan: 1-866-357-3239 (Malantandan TTY: 711 ). Bay paran yo chwa se yon priyorite pou pwogram VPK. Ou kapab chwazi nan pami divès anviwònman edikasyon ak divès opsyon pwogram. Se pou founisè yo atenn estanda pwogramatik ak kalite VPK epi enkli sèvis gadri nan milye familyal, sant prive, lekòl piblik, pwogram konfesyonèl ak founisè sèvis enstriksyon espesyalize. Antanke paran, ou gendwa seleksyone youn nan twa (3) opsyon pwogram VPK ki reponn ak bezwen ou yo. Pwogram pandan lane lekòl ofri 540 èdtan entriksyon avèk klas kote pa gen plis pase 20 timoun Pwogram pandan peryòd lete ofri 300 èdtan enstriksyon ak klas ki pa gen pli pase 12 timoun; timoun yo gendwa patisipe nan VPK pandan peryòd lete ki anvan ane lekòl kote timoun lan elijib pou jadendanfan. Sèvis Enstriksyon Espesyalize VPK pou timoun 4tran ki gen bezwen espesyal, kote pwofesyonèl ki akredite oswa ki apwouve bay enstriksyon oswa terapi endividyèlman oswa nan ti gwoup. Se pou pitit la gen yon plan edikasyon endividyèl (IEP) yon distri lekòl lokal etabli pou li. Sèvis yo baze sou pwogram ou chwazi a. Founisè VPK yo chwazi estrikti yo vle a pou bay yon kantite èdtan pa jou ak ki jou nan semèn la pou bay kantite èdtan enstriksyon ki obligatwa.

Antanke paran, ou gen dwa enskri pitit ou nan yon pwogram VPK ki garanti sa ki annapre a: Yon pwogram VPK ki gratis pou ou ki peye pou èdtan VPK yo. Patisipasyon nan pwogram pandan lane lekòl, peryòd lete oswa sèvis enstriksyon espesyalize. Ou gen posibilite pou peye pou sèvis adisyonèl oswa swen global si founisè VPK ou chwazi an ofri sa. Swen global se kèlkeswa swen founisè a ofri anplis èdtan VPK nòmal yo. VPK gratis pou timoun ki elijib. Founisè yo pa otorize faktire yon chaj pou enskripsyon ni oblije ou pou ou aksepte okenn lòt sèvis anplis oswa sèvis global kòm kondisyon pou enskri nan VPK. Lejislasyon Eta a sepandan pa anpeche yon founisè pou li faktire yon lajan pou pwogram oswa swen ki pa fè pati nan pwogram VPK a (pa egzanp, sanksyon pou reta, manje/ goute, deplasman ak klas la, swen pwolonje oswa swen global). Si deplasman ak klas la pwograme pandan yon jounen VPK, founisè yo gendwa mande pou yon paran kontribye, men li pa ka oblije yo. Founisè an dwe gen yon lòt aktivite li prevwa pou bay pitit la fè. Anvan pou ou finalize seleksyon ou an, revwa politik disiplin ak prezans founisè VPK a pou konprann byen tout politik ak Pratik pwogram la. Antanke paran, ou gen dwa konnen si yon founisè VPK satisfè estanda obligatwa ki annapre yo: Founisè prive VPK dwe gen yon direktè ki gen konpetans yon direktè VPK. Founisè prive VPK dwe akredite (swen timoun, sèvis gadri nan milye familial oswa gwo sèvis gadri nan milye familyal); li pa bezwen mande pèmisyon pou egzèse (sèten lekòl prive oswa founisè konfesyonèl); oswa yon asosyasyon akreditasyon dwe apwouve li. Founisè sèvis enstriksyon espesyalize dwe pwofesyonèl ki akredite oswa apwouve. Tcheke ak ELC ou an pou jwenn plis enfòmasyon. Pandan w ap deside kilès pou chwazi, al gade nan wèbsayt DCF dcfsanswrite.state.fl.us/childcare/provider oswa rele biwo ELC ou an pou chèche konnen si pwogram la elijib.

Antanke paran, ou gen dwa konnen yon pwogram VPK anplwaye enstriktè VPK kalifye epi li satisfè egzijans minimum salklas yo, ikonpri Chak enstriktè prensipal VPK swe gen omwens yon Diplòm Inivèsite 2-zan nan Devlopman Timoun (CDA) pou pwogram pandan lane lekòl la oswa yon Diplòm 4tran oswa plis nan sèten pwogram ki gen pou wè ak edikasyon pou pwogram peryòd lete an. Se pou gen yon enstriktè pou chak 11 timoun nan salklas VPK yo pou pwogram pandan lane lekòl lan ak yon pou 12 pandan peryòd lete. Pa dwe gen plis pase 20 timoun nan salklas VPK nan pwogram pandan lane lekòl la. Pw dwe gen plis pase 12 timoun nan salklas VPK pou pwogram peryòd lete a. Konpetans pwofesè yo enpòtan pou kapab ofri non kalite enstriksyon epi enstriktè VPK yo dwe satisfè estanda edikasyon minimòm. Kantite elèv pou chak enstriktè ak kantite elèv nan yon klas se endikatè kalite. Pou pran desizyon ou, mande founisè VPK yo osijè kalifikasyon pwofesè ak egzijans pou salklas yo. Antanke paran, ou gen dwa chwazi yon pwogram VPK ki ofri bon kalite enstriksyon, ikonpri Yon korikolòm ki apwopriye pou nivo devlopman timoun nan ki konsantre sou konpetans alfabetizasyon bonè. Yon pwogram ki pare pitit ou pou li pare pou jadendanfan ki baze sou estanda Konsèy Edikasyon Eta a adopte pou mete yo anplas nan VPK. Pou kapab satisfè bezwen chak timoun pi byen epi pou pare yo pou yo kapab jwenn sikè nan lekòl pi devan, korikolòm VPK a dwe apwopriye pou chak timoun ak selon laj yo epi li dwe aliyen ak estanda pèfòmans Eta an. Estanda pèfòmans Eta a etabli direktiv pou pwofesè yo konsènan kisa timoun ta dwe konnen epi kapab fè pou kapab ede planifye aktivite enstriksyon pou pitit ou. Aktivite enstriksyon yo gen ladann opòtinite pou jwe timoun yo lanes ak pwofesè yo dirije. Lè n ap pran desizyon konsènan pibon VPK a pou timoun ou an, poze kesyon sou korikolòm ak aktivite ki planifye yo pou chèche konnen si aktivite pwogram yo satisfè atantou yo konsènan kalite pratik edikasyon bonè yo.

Antanke paran, ou gen dwa enskri pitit ou ki gen 4tran nan yon pwogram VPK (a kondisyon founisè oswa lekòl la aksepte pran timoun ou an), ikonpri fanmi yo Ki gen yon timoun ki andikape. Menmsi plan edikasyon endividyèl (IEP) pa oblije entwodwi nan VPK, founisè VPK yo dwe asire timoun ki andikape kapab jwenn aksè nan pwogram yo selon Lwa Ameriken ki Andikape ak Seksyon 504 Lwa Reyabilitasyon an. Ki nan lame, ki baze pou yon ti tan nan Eta Florid. Ki gendwa deplase akòz yon siklòn oswa lòt dezas natirèl oubyen ki sanzabri tanporèman. Sèl egzijans pou rezidans ki genyen se pou timoun lan abite nan Eta Florid pandan tout tan yo prale nan VPK. Sa vle di yon timoun 4tran ki abite nan Eta Florid tanporèman elijib pou resevwa sèvis yo. Antanke paran, ou gen dwa retire pitit ou nan VPK nenpòt kilè. Epitou ou gen dwa re-enskri pitit 4tran ou an nan yon lòt pwogram VPK anba kondisyon espesifik: Yon paran gendwa aplike pou yon re-enskripsyon poutèt gwo difikilte pou pitit li ki elijib nan pwogram lete si pitit lan te fini mwens pase 70 pousan nan kantite èdtan total VPK pandan lane lekòl la. Yon paran gendwa re-enskri pitit li ki elijib nan menm kalite pwogram la, si timoun lan te ale nan mwens pase 70 èdtan VPK. VPK se yon pwogram pou paran timoun 4tran kapab enskri pitit yo volontèman pou yo resevwa sèvis. Si ou gen kesyon konsènan elijibilite, kontakte gratis ELC oswa Biwo Edikasyon Bonè ou an nan: 1-866-357-3239 (TTY:711).

Responsabilite Paran yo

Antanke paran, ou responsab pou respekte egzijans verifikasyon dat nesans yo; pou fè sa, prezante yon kopi omwens youn nan dokiman sila yo ki apwouve ki montre non ak dat nesans pitit ou an: Yon orijinal oswa yon kopi sètifye batistè pitit ou an. Yon orijinal oswa yon kopi sètifye sètifika batèm pitit ou an ansanm ak yon pwokirasyon paran pitit la jire ki vre ki di sètifika a kòrèk. Yon kontra asirans sou lavi pitit ou an ki anplas depi omwens 2zan. Yon dokiman relijye ki anrejistre nesans timoun lan ansanm ak pwokirasyon paran pitit la jire ki vre ki di dokiman an kòrèk. Yon paspò oswa sètifika ki endike nan ki dat timoun lan te antre Ozetazini pou premye fwa. Yon kanè vaksinasyon yon ofisye sante oswa yon doktè siyen. Yon kat idantifikasyon depandan militè ki valab. Yon paran dwe prezante yon pwokirasyon pou endike laj pitit la ki gen ladann sèman oswa afimasyon paran an. Paran yo dwe prezante dokimantasyon pou pwouve pitit yo satisfè egzijans VPK pou laj. Yon timoun dwe gen 4tran nan dat 1ye septanm oplita pou li kapab elijib pou VPK. Si ou gen kesyon konsènan kondisyon laj pou VPK, kontakte ELC oswa Biwo Edikasyon Bonè a gratis: 1-866-357-3239 (Malantandan TTY:711). Antanke paran, ou responsab pou respekte egzijans verifikasyon adrès rezidansyèl lè ou prezante yon kopi omwens youn nan dokiman anba la yo ki kore epi endike montre ak adrès rezidansyèl paran an ki rete nan menm kay ak pitit la: 1. Bòdwo elektrisite, kab oswa telefòn lakay. 2. Bout chèk salè. 3. Kontra lokasyon rezidansyèl oswa resi pou peman lwaye. 4. Dokiman gouvènman an bay (pa egzanp, lisans pou kondwi machin). 5. Yon lòd militè yo voye paran an, si youn nan paran pitit la manm lame Etazini ki an sèvis, ki montre paran an pral rezide nan Eta Florid lè timoun lan pral frekante VPK a. 6. Yon pwokirasyon adrès rezidansyèl timoun lan ki gen sèman paran an, si li vini avèk yon lèt mèt kay laki konfme pitit la rezide nan menm adrès ak sa ki make sou pwokirasyon paran an.

7. Dokiman rezidans pou yon timoun sanzabri ki baze sou lòt dokiman (pa egzanp, lèt yon fwaye pou sanzabri). Paran yo dwe prezante dokiman pou pwouve pitit yo abite nan Eta Florid pandan tout tan li pral ale nan VPK. Yon timoun ki abite nan Eta Florid elijib pou VPK si li gen bon dokiman yo pou elijibilite. Si ou gen kesyon konsènan egzijans pou rezidans, kontakte ELC oswa Biwo Edikasyon Bonè gratis: 1-866-357-3239 (Malantandan TTY:711). Antanke paran, ou responsab pou asire pitit ou patisipe nan tès seleksyon jadendanfan. Ou responsab pou respekte pwosesis tès seleksyon pou jadendanfan lè timoun ou enskri nan jadendanfan. Tout elèv jadendanfan oblije patisipe nan Tès Seleksyon Preparasyon Jadendanfan Eta Florid pandan premye 30 jou jadendanfan. Tès seleksyon jadendanfan an se yon pwosesis ki ede nou konprann pi byen sa timoun out e aprann nan VPK. Epitou, li ede pwofesè jadendanfan timoun ou konprann kisa timoun ou konnen ak sa li kapab fè, sa ki itil pou planifye enstriksyon li. Elèv jadendanfan ki frekante lekòl piblik ap dwe pase tès seleksyon sa a otomatikman. Si pitit ou vle ale nan jadendanfan ki pa nan yon lekòl piblik, ou responsab pou asire ou pitit ou fè tès seleksyon an. Pa bliye verifye ak jadendanfan pitit ou an pou asire ou y ap fè li pran tès seleksyon an. Antanke paran, ou responsab pou transpò VPK pitit ou an. Paran yo responsab transpò pitit yo pou ale epi tounen de pwogram VPK a. Sèten founisè VPK gendwa ofri sèvis transpò gratis. Nou rekòmand pou ou analize opsyon yo anvan pou ou chwazi yon founisè VPK.

Antanke paran, ou responsab pou respekte politik prezans ak reta VPK an ansanm ak lòt politik pwogram lan. Paran yo responsab pou respekte politik prezans ak reta pwogram VPK a kote timoun yo enskri. Paran gen responsabilite pou respekte tout politik founisè VPK a (pa egzanp disiplin, sanksyon pou reta). Founisè yo gen politik endividyèl ki gen pou wè ak prezans, disiplin ak sanksyon pou reta. Ou ta dwe li politik yo byen ki aplike pou timoun nan VPK anvan pou ou enskri pitit ou an nan pwogram la.

Resous Enfòmasyon

Kowalisyon Edikasyon Bonè (Early Learning Coalition ELC) ELC yo gen enfòmasyon anplis sou VPK, ikonpri pwosedi aplikasyon ak dat pou aplike nan konte ou an. 1-866-357-3239 (TTY: 711) www.floridaearlylearning.com Biwo Edikasyon Bonè (Office of Early Learning) Biwo Edikasyon Bonè a ofri asistans ak direksyon pou tout Eta a pou mete anplas pwogram VPK ansanm ak lòt pwogram edikasyon bonè toujou. 1-866-357-3239 (TTY: 711) www.floridaearlylearning.com. Depatman Timoun ak Fanmi (Department of Children & Families DCF) Depatman Timoun ak Fanmi etabli règ pou etablisman sèvis pou timoun ki akredite, sèvis gadri nan milye familial ki apwouve ki okipe timoun ki pa gravman malad nan 60 sou 67 konte ki genyen nan Eta Florid. 850-488-4900 dcfsanswrite.state.fl.us/childcare/provider. Nimewo gratis denonse abi nan Florid (Florida Abuse Hotline) Florida Abuse Hotline ofri anpil sèvis, tankou klas pou aprann leve timoun ak swen pou kite moun k ap okipe malad repoze, ak sèvis transpò epi gadri pou timoun. Objektif la se kenbe timoun yo an sekirite avèk fanmi yo, lè sa posib. 1-800-96- ABUSE oswa 1-800-962-2873 www.dcf.state.fl.us/abuse. Anyè santral Eta Florid pou Sèvis Edikasyon Bonè Anyè santral la ofri enfòmasyon ak sèvis referans pou andikap ak bezwen sante espesyal pou fanmi, kowòdonatè sèvis ki travay ak timoun ki gen bezwen espesyal. 1-800-654-4440 www.centraldirectory.org. Florida KidCare Florida KidCare se pwogram asirans sante pou timoun ki pa gen asirans ki gen mwens pase 19 lane. 1-888-540-5437 www.floridakidcare.org. 2-1-1 2-1-1 se sèvis enfòmasyon ak referans nasyonal ki ofri enfòmasyon ak referans nan resous sèvisimen tankou sèvis entèvansyon lè gen yon kriz, gwoup sipò, asistans finansye ak fòmasyon pwofesyonèl. Konpoze 211 www.211.org.

Antanke paran, mwen gen dwa enskri pitit mwen ki gen 4tran nan yon pwogram VPK gratis pandan lane lekòl oswa peryòd lete. Antanke paran, mwen gen dwa seleksyone opsyon nan pwogram VPK ki satisfè bezwen pitit mwen. Si mwen gen yon timoun 4tran ki gen bezwen espesyal ki gen yon IEP yon distri lekòl lokal etabli pou li, pitit mwen an gendwa elijib pou sèvis enstriksyon espesyalize VPK yo. Antanke paran, mwen gen dwa pran bonjan desizyon apre mwen resevwa enfòmasyon sou VPK. Antanke paran, mwen gen dwa chwazi yon pwogram VPK ki anplwaye enstriktè VPK yo epi ki satisfè egzijans salklas minimum yo. Antanke paran, mwen gen dwa chwazi yon pwogram VPK ki swiv korikolòm ak direktiv VPK yo apwouve. responsabilite paran yo Antanke paran, mwen responsab pou respekte egzijans verifikasyon dat nesans yo. Antanke paran, mwen responsab pou respekte egzijans verifikasyon adrès rezidansyèl yo. Antanke paran, mwen responsab pou asire pitit mwen patisipe nan tès seleksyon jadendanfan an. Antanke paran, mwen responsab pou transpò pitit mwen. Antanke paran, rmwen responsab pou respekte politik prezans atk reta ansanm ak lòt politik pwogram founisè a.

www.floridaearlylearning.com 250 Marriott Drive, Tallahassee, FL 32399 Rele gratis: 866-357-3239 (TTY: 711) Fòm OEL-VPK 06 (Awout 2014) Règ 6M-8.201, F.A.C.