Vin jwenn nou pou yon randevou entènasyonal sou. Pwpozisyon pou Pri tikèt MBTA

Similar documents
Amplwayè: Amplwaye: Dat Pèt: Nimewo Dosye: Nimewo Ka Leta:

Florida History: Famous Floridians: Henry Morrison Flagler

REZIME AVI DEPATMAN TIMOUN AK FANMI FLORIDA RÈGLEMAN KONSÈNAN RÈGLEMAN SOU ENFÒMASYON AK JESYON PRIVE AK PWOTEKSYON ENFÒMASYON PÈSONÈL SOU SANTE

Gid Paran pou Jadendanfan Volontè

BOSTON REGION METROPOLITAN PLANNING ORGANIZATION

Financial Assistance Documents Texas Health Huguley

Evite kè sote moun genyen souvan nan afè bay tete

FLORIDA HEALTHY KIDS CORPORATION AVI SOU PRATIK PWOTEKSYON EFÒMASYON PRIVE

ST. VINCENT S MEDICAL CENTER. POLITIK KONSÈNAN ASISTANS FINANSYÈ Koumanse 9 me 2017

(ii) Bay enfòmasyon ki klè konsènan kritè kondisyon kalifikasyon pou fè aplikasyon ak metòd pou aplike pou jwenn èd finansye;

Règleman Asistans Finansye & Faktirasyon/Règleman sou Koleksyon. Règleman sou Asistans Finansye

ekouvri Lekòl Piblik Boston Fanmi Boston gen chans pou yo gen plis chwa pou edikasyon pitit yo pase prèske tout lòt kote nan Etazini

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: 1FES 64. Tab Number: 63 CE FES 1D: Document Title: Document Date: Haiti.

APLIKASYON/RE-SÈTIFIKASYON NAN PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM, SNAP)

DEZYÈM LIV KESYON KI BAZE SOU YON SERI DOKIMAN (DBQ) 16 NOVANM Ekri non w ak non lekòl ou an lèt majiskil sou liy ki anwo yo.

Pou plis enfòmasyon, tanpri rele nan (305)

Chanselye a ELÈV KI ANSENT OUBYEN KI GEN PITIT AK KONFIDANSYALITE NAN SANTE REPWODIKTIF REZIME CHANJMAN YO

Kijan pou touche jijman lajan Collecting a Money Judgment Haitian Creole

Lekòl Piblik Boston. Byenveni nan Lekòl Nou yo.

DRAFT ETA FLORID PLAN CONSOLIDATED JULY 1, JUNE 30, 2020

SEKSYON PRATIK POU F È APÈL NAN BAWO FLORID LA

Florida Healthy Kids (Timoun Ansante nan Florid) Liv pou Manm yo Mwa me 2018 Sèvis Kliyantèl:

Gid Byenveni. Preparasyon pou tan w ap pase a

Chwazi yon Lekòl Segondè: Yon Mesaj pou Elèv ak Fanmi yo

Nou la pou ou. Manyèl pou Manm. Aetna Better Health of New York. aetnabetterhealth.com/newyork NY

GID POU LEKÒL PIBLIK BOSTON POU FANMI AK ELÈV

AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Plan Avi Anyèl sou Chanjman ak Ti liv pou Patisipan pou 2017

PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SNAP SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM (SNAP) APLIKASYON/RESÈTIFIKASYON

SAMPLE LETTER TO PARENTS (USE SCHOOL LETTERHEAD) ELEMENTARY SCHOOL INTRODUCTORY LETTER FOR HGD UNIT KINDERGARTEN-FOURTH GRADE.

AETNA BETTER HEALTH SM FIDA PLAN Rezime sou Benefis pou 2017

Atelye MIT ap fè sou teknoloji pou metòd aprantisaj aktif ki chita sou resous pedagojik san baryè Le Plaza, Pòtoprens, Ayiti, janvye 2013

NÒM DISIPLIN AK MEZI POU ENTÈVNI NAN TOUT VIL LA {KÒD DISIPLIN} Depatman Edikasyon vil Nouyòk. Joel I. Klein Chanselye Haitian Creole

Gid pou Lè Gen Lanmò. Boston Medical Center Biwo Zafè Moun ki Mouri. Telefòn: Faks:

Pati B Avi konsènan Mezi Pwoteksyon pou Paran ak Elèv Andikape yo

8 YÈM ANE NIVO ENTÈMEDYÈ

Gid Chwa ak Enskripsyon. Chemen Enskripsyon An

DWA AK RESPONSABILITE LOKATÈ

Règleman/Pwosedi Tit: Règleman Èd Finansye - Dat anvigè: Janvye 2016 Charity Care Depatman: Sik revni # Règleman: 2209 Paj 1 sou 17

Prentan Sistèm sa a san danje, an sekirite, legal ak vit.

James H. DeGraffenreidt, Jr. Prezidan Konsèy Administrasyon Edikasyon l Eta. Nancy S. Grasmick Sipè-entandan L Eta pou Lekòl

Ce document ne peut être reproduite et / ou adopté en tout ou en partie à condition qu'il n'y a pas de changement important dans le contenu, les

CORNERSTONE, Level A: Haitian Creole Translations

Sa se yon dokiman legal enpòtan. Tanpri gade li nan kote ki an sekirite.

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

Èd Apre Dezas. FEMA 545 / Jiyè Gid Aplikan pou Pwogram Endividyèl & Familyal

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

VIL PEYI DAYITI YO:AKSYON POU JODI A AK YON KOUDÈY SOU DEMEN REZIME

KONTRA ANT WALT DISNEY PARKS AND RESORTS U.S. SERVICE TRADES COUNCIL UNION (REGILYE PART TIME) EFEKTIF 30 Mas, 2014

Konsey Pou Prepare w Pou Siklon

6323 Seventh Avenue Brooklyn, NY 11220

Moffitt Cancer Center

Katalòg Pwodwi Sante pou Ane 2015

KONTRAKTE KI NAN FLORIDA K-AP TRAVAY NAN JADEN/ CHEF EKIP LIV POU ETIDYE POU EGZAMEN-AN

Gid Politik Pou Elèv ak Fanmi yo

Emerante De Pradines: Good morning Mr. Watson. Emerante De Pradines: Bonjou Msye Watson.

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

POU ELÈV LEKÒL MWAYÈN AK LEKÒL SEGONDÈ YO NAN LEKÒL PIBLIK BOSTON

POU PLIS ENFOMASYON / parents/ spanish/ default.htm oswa ale nan: Rechech: Regleman Konduit Elev yo

Sa Kap Swiv la se Manyèl de Baz Elèv ak Fanmi ki kouvri Règ Debaz ak Règleman Lekòl City on a Hill

4THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

PINGA OU VIRE PAJ SA A TOUTOTAN YO POKO DI W VIRE L.

ISTWA ETAZINI AK GOUVÈNMAN

GID PARAN ak GADÒ Lekòl Piblik Somerville. 8 Bonair Street Somerville, MA

Klas 6 yèm pou 12 yèm ane

AmericasBarometer: Ayiti, 2010 Vanderbilt University Dwa resève.

Non Elèv la. Non Lekòl la

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

Liv Referans Anplwaye yo & Enfòmasyon sou Benefis

Pou Tout Elèv Nou yo:

Biwo Fonksyònman Lekòl Règ Komisyon Konsèy Lekòl 5500

MBTA ATM/Branding Opportunities 43 ATM Locations Available

Questionnaire number. MUNICIPIO. Komin: HAISEKSYON. Seksyon Kominal: HAISEC. Zòn [optionel] HAISEGMENTO. Segman Recensman [Kod Oficiel Recensman an]

Kontni. Prepare ou: Kreye yon Plan pou Katastwòf Yon Plan pou Moun ki Enfim Definisyon Sitiyasyon Ijans Evakyasyon...

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN VIVAN. Vandredi 28 janvye :15 pou 12:15 p.m.

PWOGRAM ANSEYMAN ENDIVIDYALIZE (IEP) DEPATMAN ANSEYMAN LETA MARYLAND (MSDE) DIVIZYON ANSEYMAN ESPESYAL / SÈVIS ENTÈVANSYON BONÈ

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY LIV ENFÒMASYON POU PARAN AK ELÈV (TYPE ALL CAPS) INSERT SCHOOL NAME INSERT SCHOOL ADDRESS INSERT SCHOOL OFFICE NUMBER

YON LEGLIZ KI AN SANTE KATRIYÈM EDISYON. Mark E. Dever. 525 A Street NE Washington, DC Phone (202) , FAX (202)

TANPRI PATAJE DOKIMAN SA Disponib an Panyòl, Kreyòl, oubyen Gwo Postè sou Demann

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

Is Konektikèt GID POU SA KI FÈK VINI YO. Sa se yon gid sou tout vil, minisipalite, ak lòt sèvis kin nan zòn Is Konektikèt la

Manyèl Fanmi ak Elèv

PART I CRIME BY STATION: 2010 vs STATION YEAR CRIME COUNT

Maladi Malarya: Enfòmasyon ou dwe konnen

Klas 6 yèm ane pou 12 yèm ane

Plan AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Anyè ki gen enfòmasyon pou Pwofesyonèl Swen Sante ak Famasi pou Ane 2016

Kiltivasyon Kounya. Defi ak okazyon agrikòl pou rekonstriksyon Ayiti. 140 Oxfam Briefing Paper - Rezime Oktòb 2010

ISTWA AK JEWOGRAFI JENERAL

GID PREPARASYON KADIJANS LAFLORID

Egzèsis sou ADN Glikozilaz - nivo 1-2

EVCS Nouvèl. ~ Byenvini~

C h a p i t 5 Prevansyon enfeksyon. Nan chapit sa a: Prevansyon enfeksyon sove la lav Prevni enfeksyon lè w evite jèm...52

LIV REGLEMAN SOU KONDWIT ELÈV

MINUSTAH: Èske se yon fòs k ap mentni lapè, Oubyen k ap conspire kont li?

ISTWA AK JEYOGRAFI JENERAL

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 23 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Jedi, 29 janvye :15 a.m. pou 12:15 p.m.

West Boca Raton Community High School

Transcription:

Vin jwenn nou pou yon randevou entènasyonal sou Pwpozisyon pou Pri tikèt MBTA Yo pwopoze yon ogmantasyon 5% anmwayèn nan pri tikèt la koumanse 1ye jiyè 2014

ENTWODIKSYON Refòm nan transpò depi 2009 te chanje fason Massachusetts Bay Transportation Authority (MBTA) fonksyone. MBTA te entrodwi mezi pou ekonomize lajan tout kote sa posib anmenm tan n ap kontinye amelyore ak konplete sèvis nou bay kliyan yo. Refòm administrasyon an nan MBTA ak nan operasyon MassDOT yo te rive nan yon sikonstans restriksyon bidjetè. Pandan lane ki sòt pase yo, MBTA te ekilibre bidjè li gras a rediksyon depans, apwopriyasyon espesyal Lejislati an ak ogmantasyon pri tikèt yo. Administrasyon ak lejislati an te adopte mezi enpòtan pou jwenn yon solisyon nan kokennchenn difikilte pou jwenn finansman transpò nan Commonwealth la gras a pwomilgasyon Lwa sou Finans Transpò an jiyè 2013. Lejislasyon an antisipe MBTA pral kouvri yon pati nan depans operasyon li yo gras a pri tikèt yo. MBTA pwopoze pou li etabli yon model chanjman nan pri tikèt ki modès ak pwojte, jan sa nesesè, koumanse ak yon ogmantasyon 5% anmwayèn nan pri tikèt yo pou lane fiscal 2015. Desizyon final yo konsènan nivo pri tikèt yo pou lane fiscal 2016 la pral depann de pèfòmans operasyonèl ak chanjman nan politik pri tikèt yo pi devan. PAJ 3

YON ANGAJMAN ANFAVÈ EKSELANS Malgre difikilte fiscal yo, MBTA ap kontinye angaje li anfavè ekselans an koumanse ak «sekirite» anpremye, epi yon konsantrasyon sou sekirite, fyabilite, konfò ak orè ki bon pou tout moun. Men yon lis pasyèl tout amelyorasyon nou te fè yo depi ogmantasyon pri tikè 2012 lan. Lòlòj dekont sòbway lòlòj ki avèti kilè pwochen tren an ap rive nan chak estasyon sòbway sou liy Wouj, Oranj ak Ble. Videyo sou otobis yo anvan peryòd lete 2014 fini, 70 pousan otobis yo pral genyen kamera enstale ladan yo k ap transmèt ba santral Lapolis Sikilasyon MBTA nan otobis yo. Estasyon Liy Ble Orient Heights estasyon yo fèk rekonstwi nèt la kapab resevwa tren ak sis vagon epi li aksesib nèt pou andikape, li gen nouvo asansè ak trotwa epi chimen pasaj ki amelyore. N ap louvri twa estasyon sou Liy Fairmont anplis de anpil lòt amelyorasyon nan Liy Fairmont lan, twa nouvo estasyon te louvri nan lane 2013 : Four Corners, Talbot Avenue ak Newmarket, ki te ofri kominote Dorchester, Mattapan ak Roxbury pi bon sèvis. PAJ 4

Estasyon Yawkey se yon estasyon tounèf ki gen de platfòm, ki aksesib pou andikape, epi ki ofri yon sèvis pwolonje rive nan zòn Fenway ak nan Longwood Medical. Amelyorasyon nan 15 wout otobis enpòtan (1, 15, 22, 23, 28, 32, 39, 57, 66, 71, 73, 77, 111, 116, ak 117) ikonpri enstalasyon ban, kote pou mete fatra ak konpaktè solè nan otobis yo ansanm ak youvo pankat endikatè ak enskripsyon stop. Yo louvri nouvo enstalasyon sekirize pou bisiklèt nan South Statiion, Braintree, Malden, Oak Grove, Davis Square ak Ashmont. Pandan peryòd otòn 2014 pou pita, gen lòt enstalasyon pou bisiklèt ki pral louvri tou nan Back Bay, Dudley, Wollaston, Beverly ak Alewife. Yo deja prevwa enstlasyon Pedale ak Pake nan Garaj Paking Salem ak nan nouvo estasyon ki sou Ekstansyon Liy Vèt la nan Somerville/Medford. Nouvo Tren Banlye yo MBTA ap mete an sèvis 75 nouvo vagon ak 2 etaj ki gen pankat elektwonik ki endike enfòmasyon sou pwochen estasyon an, sal datant ki pi gwo ak pi aksesib, ak syèj rezève pou pasaje ki andikape. PAJ 5

Lòlòj dekont nan otobis Yo pral enstale lòlòj kontarebou nan estasyon otobis ki avèti pasaje nan pi gwo estasyon yo anvan Peryòd lete 2014 pou pita. Yo te kòmanse ak Forest Hill, men yo planifye lòt panno mesaj pou Dudley, Ruggles, Harvard Square, Haynarket, Ashmont, Kenmore, Maverick, Wonderland, Jackson Square ak Central Square. PAJ 6

THE RIDE (WOULIB) MBTA angaje li pou li bay bonjan transpò piblik bay tout kliyan. Depi 1977, sèvis pou fasilite transpò bay transpò pou plizyè moun alafwa pòt-a-pòt bay moun ki elijib epi ki pa kapab itilize transpò itinerè fiks (otobis, sòbway, twole) tout tan oswa pafwa poutèt yo gen yon andikap fizik, koyitif oubyen mantal. An janvye 2014, sou demann defansè enterè andikape yo epi apre MBTA te analize enpak ogmantasyon pri tikèt pou THE RIDE la, yo te bese pri tikè ADA a $3 pa trajè. Rediksyon sa a pral fè MBTA ap touche mwens lajan pou pri tikèt yo. Malgre rediksyon revni yo, yo p ap ogmante pri tikèt THE RIDE yo soti $3 pou rive nan $5 nan kad pwopozisyon pri tikèt MBTA pou lane fiskal 2015 lan. PAJ 7

LIS PRI TIKÈT YO Pri tikèt CharlieCard Bis Lokal pou Granmoun Bis Lokal pou Granmoun/TAP Bis Lokal pou Elèv Transpò Rapid pou Granmoun Transpò Rapid pou Granmoun/TAP Rapid Transpò Rapid pou Elèv Bis Lokal + Transpò Rapid Bis Eksprès Anndan Lavil Bis Eksprès Andeyò Lavil SONJE: Timoun ki gen mwens pase 11zan vwayaje gratis ak yon granmoun. CharlieTicket/Pri tikèt yo peye kach abò tren an Bis Lokal Transpò Rapid Bis Eksprès Anndan Lavil Bis Eksprès Andeyò Lavil PAJ 8

Ki Egziste Deja Yo Pwopoze Chanjman $1.50 $1.60 $0.10 0.75 0.80 0.05 0.75 0.80 0.05 2.00 2.10 0.10 1.00 1.05 0.05 1.00 1.05 0.05 2.00 2.10 0.10 3.50 3.65 0.15 5.00 5.25 0.25 Ki Egziste Deja Yo Pwopoze Chanjman $2.00 $2.10 $0.10 2.50 2.65 0.15 4.50 4.75 0.25 6.50 6.80 0.30 PAJ 9

LIS PRI TIKÈT YO Pri tikèt pou ale senp Tren Banlye Zòn 1A Tren Banlye Zòn 1 Tren Banlye Zòn 2 Tren Banlye Zòn 3 Tren Banlye Zòn 4 Tren Banlye Zòn 5 Tren Banlye Zòn 6 Tren Banlye Zòn 7 Tren Banlye Zòn 8 Tren Banlye Zòn 9 Tren Banlye Zòn 10 Tren Banlye Ant Zòn 1 Tren Banlye Ant Zòn 2 Tren Banlye Ant Zòn 3 Tren Banlye Ant Zòn 4 Tren Banlye Ant Zòn 5 Tren Banlye Ant Zòn 6 Tren Banlye Ant Zòn 7 Tren Banlye Ant Zòn 8 Tren Banlye Ant Zòn 9 Hingham & Hull Boats Bato pò Anndan SONJE: Ti granmoun, moun ki andikape ak elèv peye mwatye tarif nan bis eksprès; timoun 11 zan ak pi piti monte nan bis gratis avèk yon granmoun. PAJ 10

Ki Egziste Deja Yo Pwopoze Chanjman $2.00 $2.10 $0.10 5.50 5.75 0.25 6.00 6.25 0.25 6.75 7.00 0.25 7.25 7.50 0.25 8.00 8.50 0.50 8.75 9.25 0.50 9.25 9.75 0.50 10.00 10.50 0.50 10.50 11.00 0.50 11.00 11.50 0.50 2.50 2.75 0.25 3.00 3.25 0.25 3.25 3.50 0.25 3.50 3.75 0.25 4.00 4.25 0.25 4.50 4.75 0.25 5.00 5.25 0.25 5.50 5.75 0.25 6.00 6.25 0.25 8.00 8.50 0.50 3.00 3.25 0.25 PAJ 11

THE RIDE Zòn Sèvis ADA Zòn Sèvis Premyòm Tikèt Abònman yo Bis Lokal LinkPass LinkPass pou Granmoun/TAP LinkPass Elèv ki valab 5 jou pou yon mwa LinkPass Elèv ki valab 7 jou pou yon mwa LinkPass pou yon Jou LinkPass pou 7 Jou Eksprès Anndan Lavil Eksprès Andeyò Lavil Tren Banlye Zòn 1A Tren Banlye Zòn 1 Tren Banlye Zòn 2 Tren Banlye Zòn 3 Tren Banlye Zòn 4 Tren Banlye Zòn 5 Tren Banlye Zòn 6 Tren Banlye Zòn 7 Tren Banlye Zòn 8 Tren Banlye Zòn 9 Tren Banlye Zòn 10 PAJ 12

Ki Egziste Deja Yo Pwopoze Chanjman 4.00 3.00-1.00 5.00 5.00 pa gen chanjman Ki Egziste Deja Yo Pwopoze Chanjman $48.00 $50.00 $2.00 70.00 75.00 5.00 28.00 29.00 1.00 25.00 26.00 1.00 28.00 26.00-2.00 11.00 12.00 1.00 18.00 19.00 1.00 110.00 115.00 5.00 160.00 168.00 8.00 70.00 75.00 5.00 173.00 182.00 9.00 189.00 198.00 9.00 212.00 222.00 10.00 228.00 239.00 11.00 252.00 265.00 13.00 275.00 289.00 14.00 291.00 306.00 15.00 314.00 330.00 16.00 329.00 345.00 16.00 345.00 362.00 17.00 PAJ 13

Tikèt Abònman (kontinyasyon) Tren Banlye Ant Zòn 1 Tren Banlye Ant Zòn 2 Tren Banlye Ant Zòn 3 Tren Banlye Ant Zòn 4 Tren Banlye Ant Zòn 5 Tren Banlye Ant Zòn 6 Tren Banlye Ant Zòn 7 Tren Banlye Ant Zòn 8 Tren Banlye Ant Zòn 9 Bato Pasaje Ferry Inner Harbor (menm bagay ak LinkPass) PAJ 14

Ki Egziste Deja Yo Pwopoze Chanjman 82.00 86.00 4.00 100.00 105.00 5.00 109.00 114.00 5.00 118.00 124.00 6.00 134.00 141.00 7.00 151.00 159.00 8.00 167.00 175.00 8.00 184.00 193.00 9.00 201.00 211.00 10.00 262.00 275.00 13.00 70.00 75.00 5.00 PAJ 15

LIS TOUT REYINYON PIBLIK YO Tanpri Patisipe nan Diskisyon an Yon rapò an detay sou rezilta yo prevwa chanjman sa yo va genyen disponib sou sit mbta.com. Nou ankouraje ou vizite sit la epi li rapò a. Epitou MBTA, nan kad pwogram konfòmite Lwa Dwa Sivil Tit VI li an, ap chèche jwenn opinyon piblik la osijè enpak ki mal distribye/chaj ki mal repati pou tout politik li an. W ap jwenn tou yon kopi politik la ansanm ak lòt dokiman sou sit mbta.com. PAJ 16

Ale nan yon Atelye piblik oswa yon odyans piblik Nou envite w vin patisipe nan youn nan atelye travay piblik nou an pou w kapab bay opinion ou epi diskite sijesyon ou pwopoze yo ak anplwaye MBTA yo. Odyans piblik la se yon opòtinite pou yo kapab anrejistre sa ou gen pou di. MBTA ansanm ak Komite Direksyon MassDOT la va aksepte tande tout kòmantè nan reyinyon yo. Moun ki andikape gen dwa jwenn aksè nan tout kote y ap òganize randevou yo. Sèvis langaj siy ameriken ak aparèy pou moun malantandan disponib nan tout atelye travay ak odyans piblik yo. MassDOT aksepte fè aranjman rezonab gratis si w fè demann lan. Si w vle mande yon aranjman oswa asistans tradiksyon, tanpri kontakte Trish Foley nan trish.foley@state.ma.us oswa (857) 368-8907. CART, se pou yo fè demann pou sèvis tradiksyon oswa entèpretasyon omwens 10 jou ouvrab anvan reyinyon an. Epitou, yo pral aksepte kòmantè alekri yo jiska mèkredi 30 avril 2014. Voye kòmantè ou yo pa lapòs nan adrès sa a: MBTA 10 Park Plaza Boston, MA 02116 Attention: Fare Proposal Committee PAJ 17

Voye kòmantè ou yo elektwonikman nan: MBTA website: mbta.com imèl: fareproposal@mbta.com Telefòn: (617) 222-3200, Sèvis pou moun malantandan (617) 222-5146 PAJ 18

ADRÈS REYINYON YO Mèkredi 16 avril 6è diswa 8è diswa Braintree Town Hall 1 JFK Memorial Dr. Braintree, MA 02184 Mèkredi 16 avril 6è diswa 8è diswa Shriners Auditorium 51 Blossom St. Boston, MA 02114 Madi 22 avril Odyans piblik 6è diswa 8è diswa 10 Park Plaza State Transportation Building Conf. Rooms 1, 2, 3 Boston, MA 02116 Mèkredi 23 avril 6è diswa 8è diswa Lynn City Council Chambers 3 City Hall Sq. Lynn, MA 02901 Madi 29 avril 6:30è diswa 8:30è diswa Newton City Hall 1000 Commonwealth Ave., Auditorium Newton, MA 02459 Mèkredi 30 avril 6è diswa 8è diswa Medford City Hall 85 George P. Hassett Dr. Alden Chambers Medford, MA 02155 Tanpri al gade nan mbta.com pou w kapab jwenn yon lis konplè tout reyinyon ak atelye travay piblik yo. PAJ 19

Si w bezwen plis enfòmasyon oubyen si w vle yon lòt fòma dokiman sa a, tanpri rele (617) 222-3200, Sèvis pou malantandan (617) 222-5146 oswa al gade nan mbta.com. Avril 2014