REZIME AVI DEPATMAN TIMOUN AK FANMI FLORIDA RÈGLEMAN KONSÈNAN RÈGLEMAN SOU ENFÒMASYON AK JESYON PRIVE AK PWOTEKSYON ENFÒMASYON PÈSONÈL SOU SANTE

Similar documents
FLORIDA HEALTHY KIDS CORPORATION AVI SOU PRATIK PWOTEKSYON EFÒMASYON PRIVE

Amplwayè: Amplwaye: Dat Pèt: Nimewo Dosye: Nimewo Ka Leta:

Financial Assistance Documents Texas Health Huguley

(ii) Bay enfòmasyon ki klè konsènan kritè kondisyon kalifikasyon pou fè aplikasyon ak metòd pou aplike pou jwenn èd finansye;

BOSTON REGION METROPOLITAN PLANNING ORGANIZATION

Gid pou Lè Gen Lanmò. Boston Medical Center Biwo Zafè Moun ki Mouri. Telefòn: Faks:

Règleman Asistans Finansye & Faktirasyon/Règleman sou Koleksyon. Règleman sou Asistans Finansye

SEKSYON PRATIK POU F È APÈL NAN BAWO FLORID LA

Gid Politik Pou Elèv ak Fanmi yo

Chanselye a ELÈV KI ANSENT OUBYEN KI GEN PITIT AK KONFIDANSYALITE NAN SANTE REPWODIKTIF REZIME CHANJMAN YO

PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SNAP SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM (SNAP) APLIKASYON/RESÈTIFIKASYON

ST. VINCENT S MEDICAL CENTER. POLITIK KONSÈNAN ASISTANS FINANSYÈ Koumanse 9 me 2017

Nou la pou ou. Manyèl pou Manm. Aetna Better Health of New York. aetnabetterhealth.com/newyork NY

Règleman/Pwosedi Tit: Règleman Èd Finansye - Dat anvigè: Janvye 2016 Charity Care Depatman: Sik revni # Règleman: 2209 Paj 1 sou 17

Pou plis enfòmasyon, tanpri rele nan (305)

Gid Paran pou Jadendanfan Volontè

Moffitt Cancer Center

Pati B Avi konsènan Mezi Pwoteksyon pou Paran ak Elèv Andikape yo

POU PLIS ENFOMASYON / parents/ spanish/ default.htm oswa ale nan: Rechech: Regleman Konduit Elev yo

Florida Healthy Kids (Timoun Ansante nan Florid) Liv pou Manm yo Mwa me 2018 Sèvis Kliyantèl:

Florida History: Famous Floridians: Henry Morrison Flagler

Kijan pou touche jijman lajan Collecting a Money Judgment Haitian Creole

APLIKASYON/RE-SÈTIFIKASYON NAN PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM, SNAP)

AETNA BETTER HEALTH SM FIDA PLAN Rezime sou Benefis pou 2017

Evite kè sote moun genyen souvan nan afè bay tete

Sa se yon dokiman legal enpòtan. Tanpri gade li nan kote ki an sekirite.

Èd Apre Dezas. FEMA 545 / Jiyè Gid Aplikan pou Pwogram Endividyèl & Familyal

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

DWA AK RESPONSABILITE LOKATÈ

ekouvri Lekòl Piblik Boston Fanmi Boston gen chans pou yo gen plis chwa pou edikasyon pitit yo pase prèske tout lòt kote nan Etazini

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: 1FES 64. Tab Number: 63 CE FES 1D: Document Title: Document Date: Haiti.

Lekòl Piblik Boston. Byenveni nan Lekòl Nou yo.

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

Liv Referans Anplwaye yo & Enfòmasyon sou Benefis

SAMPLE LETTER TO PARENTS (USE SCHOOL LETTERHEAD) ELEMENTARY SCHOOL INTRODUCTORY LETTER FOR HGD UNIT KINDERGARTEN-FOURTH GRADE.

Chwazi yon Lekòl Segondè: Yon Mesaj pou Elèv ak Fanmi yo

AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Plan Avi Anyèl sou Chanjman ak Ti liv pou Patisipan pou 2017

NÒM DISIPLIN AK MEZI POU ENTÈVNI NAN TOUT VIL LA {KÒD DISIPLIN} Depatman Edikasyon vil Nouyòk. Joel I. Klein Chanselye Haitian Creole

KONTRAKTE KI NAN FLORIDA K-AP TRAVAY NAN JADEN/ CHEF EKIP LIV POU ETIDYE POU EGZAMEN-AN

GID POU LEKÒL PIBLIK BOSTON POU FANMI AK ELÈV

Klas 6 yèm pou 12 yèm ane

Katalòg Pwodwi Sante pou Ane 2015

Gid Byenveni. Preparasyon pou tan w ap pase a

8 YÈM ANE NIVO ENTÈMEDYÈ

Vin jwenn nou pou yon randevou entènasyonal sou. Pwpozisyon pou Pri tikèt MBTA

James H. DeGraffenreidt, Jr. Prezidan Konsèy Administrasyon Edikasyon l Eta. Nancy S. Grasmick Sipè-entandan L Eta pou Lekòl

6323 Seventh Avenue Brooklyn, NY 11220

Maladi Malarya: Enfòmasyon ou dwe konnen

Manyèl Fanmi ak Elèv

Klas 6 yèm ane pou 12 yèm ane

Pou Tout Elèv Nou yo:

DEZYÈM LIV KESYON KI BAZE SOU YON SERI DOKIMAN (DBQ) 16 NOVANM Ekri non w ak non lekòl ou an lèt majiskil sou liy ki anwo yo.

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY LIV ENFÒMASYON POU PARAN AK ELÈV (TYPE ALL CAPS) INSERT SCHOOL NAME INSERT SCHOOL ADDRESS INSERT SCHOOL OFFICE NUMBER

KONTRA ANT WALT DISNEY PARKS AND RESORTS U.S. SERVICE TRADES COUNCIL UNION (REGILYE PART TIME) EFEKTIF 30 Mas, 2014

LIV REGLEMAN SOU KONDWIT ELÈV

Ce document ne peut être reproduite et / ou adopté en tout ou en partie à condition qu'il n'y a pas de changement important dans le contenu, les

Prentan Sistèm sa a san danje, an sekirite, legal ak vit.

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

TANPRI PATAJE DOKIMAN SA Disponib an Panyòl, Kreyòl, oubyen Gwo Postè sou Demann

Atelye MIT ap fè sou teknoloji pou metòd aprantisaj aktif ki chita sou resous pedagojik san baryè Le Plaza, Pòtoprens, Ayiti, janvye 2013

West Boca Raton Community High School

DRAFT ETA FLORID PLAN CONSOLIDATED JULY 1, JUNE 30, 2020

GID PARAN ak GADÒ Lekòl Piblik Somerville. 8 Bonair Street Somerville, MA

Biwo Fonksyònman Lekòl Règ Komisyon Konsèy Lekòl 5500

Sa Kap Swiv la se Manyèl de Baz Elèv ak Fanmi ki kouvri Règ Debaz ak Règleman Lekòl City on a Hill

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

AmericasBarometer: Ayiti, 2010 Vanderbilt University Dwa resève.

PINGA OU VIRE PAJ SA A TOUTOTAN YO POKO DI W VIRE L.

Non Elèv la. Non Lekòl la

Is Konektikèt GID POU SA KI FÈK VINI YO. Sa se yon gid sou tout vil, minisipalite, ak lòt sèvis kin nan zòn Is Konektikèt la

C h a p i t 5 Prevansyon enfeksyon. Nan chapit sa a: Prevansyon enfeksyon sove la lav Prevni enfeksyon lè w evite jèm...52

Konsey Pou Prepare w Pou Siklon

Gid Chwa ak Enskripsyon. Chemen Enskripsyon An

4THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

PWOGRAM ANSEYMAN ENDIVIDYALIZE (IEP) DEPATMAN ANSEYMAN LETA MARYLAND (MSDE) DIVIZYON ANSEYMAN ESPESYAL / SÈVIS ENTÈVANSYON BONÈ

MINUSTAH: Èske se yon fòs k ap mentni lapè, Oubyen k ap conspire kont li?

Plan AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Anyè ki gen enfòmasyon pou Pwofesyonèl Swen Sante ak Famasi pou Ane 2016

POU ELÈV LEKÒL MWAYÈN AK LEKÒL SEGONDÈ YO NAN LEKÒL PIBLIK BOSTON

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

Manyèl Elèv ak Fanmi Vèsyon Rezime

YON LEGLIZ KI AN SANTE KATRIYÈM EDISYON. Mark E. Dever. 525 A Street NE Washington, DC Phone (202) , FAX (202)

GID PREPARASYON KADIJANS LAFLORID

Kontni. Prepare ou: Kreye yon Plan pou Katastwòf Yon Plan pou Moun ki Enfim Definisyon Sitiyasyon Ijans Evakyasyon...

Emerante De Pradines: Good morning Mr. Watson. Emerante De Pradines: Bonjou Msye Watson.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 21 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

CORNERSTONE, Level A: Haitian Creole Translations

ISTWA ETAZINI AK GOUVÈNMAN

EVCS Nouvèl. ~ Byenvini~

Egzèsis sou ADN Glikozilaz - nivo 1-2

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

VIL PEYI DAYITI YO:AKSYON POU JODI A AK YON KOUDÈY SOU DEMEN REZIME

ISTWA AK JEWOGRAFI JENERAL

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 26 janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

Questionnaire number. MUNICIPIO. Komin: HAISEKSYON. Seksyon Kominal: HAISEC. Zòn [optionel] HAISEGMENTO. Segman Recensman [Kod Oficiel Recensman an]

Repons sanitè apre tranblemanntè a nan peyi d Ayiti (janvye 2010)_ Leson ki tire sizoka yon gwo katastwòf demen

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN VIVAN. Vandredi 28 janvye :15 pou 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 19 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 23 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Jedi, 29 janvye :15 a.m. pou 12:15 p.m.

ISTWA AK JEYOGRAFI JENERAL

Transcription:

REZIME AVI DEPATMAN TIMOUN AK FANMI FLORIDA RÈGLEMAN KONSÈNAN RÈGLEMAN SOU ENFÒMASYON AK JESYON PRIVE AK PWOTEKSYON ENFÒMASYON PÈSONÈL SOU SANTE Objektif. Pwosedi operasyonèl sa a kreye yon pwosesis inik pou prensip pou divilge enfòmasyon prive ak règleman ki obligatwa dapre règ Lwa sou Pòtabilite ak Responsablite Asirans Sante (HIPAA) andedan Depatman Timoun ak Fanmi. Règleman. a. Nou devlope pwosedi operasyonèl sa a dapre Prensip pou Enfòmasyon Prive pou Enfòmasyon sou Sante ki ka Idantifye yon Moun nan règleman federal yo pibliye dapre yon egzijans HIPAA pou konsève pwosesis la, alekri, ki deziyen pou kimoun, kijan ak kilè y ap distribiye Avi pou Règleman ak Jesyon Enfòmasyon Prive ak Règleman pou Pwoteksyon Enfòmasyon Pèsonèl sou Sante. b. HIPAA egzije Depatman an pou asire yo respekte enfòmasyon prive ak enfòmasyon sekrè sou sante pèsonèl kliyan yo ak malad yo. Anplwaye ak volontè Depatman an pa dwe kite yo divilge enfòmasyon pwoteje sou sante san otorizasyon, sof jan lalwa bay pèmèt oswa egzije sa. Chak anplwaye Sèvis Oryantasyon Pwofesyonèl, anplwaye Sèvis Jesyon Egzonere Chwazi ak anplwaye Lòt Sèvis Pèsonèl (OPS) ak volontè dwe resevwa yon kopi nan papye oswa yon kopi elektwonik pwosedi operasyonèl sa a, epi nou mande pou yo li règleman Depatman an, epitou pou yo konfòme yo avèk li. Chak anplwaye oswa volontè dwe siyen Avi konsènan Règleman sou Enfòmasyon Prive, Dokiman Siplemantè 1 nan chapit sa a, yo dwe konsève yon kopi ladan nan dosye anplwaye a oswa volontè a. c. Administratè Rejyonal/Sikui/Enstitisyonèl yo responsab pou asire anplwaye yo resevwa yon Avi konsènan Règleman sou Enfòmasyon Prive, epitou tout kliyan yo, ak paran ak responsab legal pasyan yo, sof kliyan doktè lejis yo, dwe resevwa yon Deklarasyon sou Pratik dapre Règleman pou Jesyon ak Pwoteksyon Enfòmasyon sou Sante. (1) Yo dwe konsève ak Avi konsènan Règleman pou Enfòmasyon prive a, epitou Avi a dwe vizib toutan nan yon zòn oswa nan plizyè zòn pou pèmèt tout anplwaye yo wè Avi a. (2) Yo dwe afiche Deklarasyon Règleman sou Jesyon ak Pwoteksyon Enfòmasyon Pèsonèl sou Sante (Dokiman Siplemantè 2 nan chapit sa a) yon fason ki fasil pou wè li nan chak sant medikal, pwogram ak sant sèvis, ak nan sal-datant, ak nan sal kote kliyan yo ap fè entèvyou nan sant medikal k ap sèvi kliyan yo. (3) Tout pasyan/kliyan/paran oswa responsab legal kliyan/pasyan an, travayè sosyal, paran mezon plasman oswa paran adoptif, sof kliyan doktè lejis yo, ap resevwa Règleman sou Jesyon ak Pwoteksyon Enfòmasyon Pèsonèl sou Sante nan moman premye kontak fas-a-fas avèk Depatman an. (4) Si gen yon rezon ki lakòz yo pa bay Règleman sou Jesyon ak Pwoteksyon Enfòmasyon Pèsonèl sou Sante pou kliyan an, pasyan an, oswa responsab legal la nan premye kontak fas-a-fas, (sètadi, si moun nan pa konpetan, si se timoun ki nan sant medikal la, epi si paran/responsab legal la pa disponib, elatriye, yo dwe mete sa nan dosye a kòmsadwa, epitou yo dwe bay règleman an pou responsab legal la, paran an, elatriye, nan premye posiblite a. (5) Yo dwe mete egzijans pou asire chak kliyan/pasyan/paran oswa responsab legal kliyan/pasyan, travayè sosyal, paran mezon plasman ak paran adoptif ap resevwa yon kopi Règleman sou Jesyon ak Pwoteksyon Enfòmasyon sou Sante nan chak kontra founisè a kòm yon egzijans pou konfòmite. 1 RussTech

Fason pou Jwenn Dokiman. a. Avi konsènan Règleman sou Enfòmasyon Prive ak Règleman sou Jesyon ak Pwoteksyon Enfòmasyon Pèsonèl sou Sante disponib sou fòm elektwonik sou sitwèb Depatman Timoun ak Fanmi. b. N ap mete disponib Avi konsènan Règleman sou Enfòmasyon Prive ak Règleman sou Jesyon ak Pwoteksyon Enfòmasyon Prive nan lòt kalite fòma tou depi ou fè demann lan. 1-7. Kontwòl. Ofisye ki Responsab Enfòmasyon Prive a ap rasanble ak analize enfòmasyon ki sòti nan rejyon yo, sikonskripsyon jidisyè yo ak enstitisyon yo chak ane pandan mwa avril pou detèmine si tout moun konfòme yo avèk pwosedi sa a. 2 RussTech

AVI DEPATMAN TIMOUN AK FANMI FLORIDA RÈGLEMAN SOU JESYON AK PWOTEKSYON ENFÒMASYON PÈSONÈL SOU SANTE Avi sa a dekri kijan nou ka itilize ak divilge enfòmasyon medikal ou, ak kijan ou kapab jwenn enfòmasyon sa yo. Tanpri revize avi a avèk anpil atansyon. I. Obligasyon Nou Anrapò avèk Enfòmasyon Pwoteje sou Sante ou (PHI). Dosye nou genyen sou ou gen enfòmasyon sou sante ou ki trè pèsonèl. Sekrè enfòmasyon pèsonèl sa yo pwoteje nan lwa federal ak nan lwa eta a. Nou gen yon responsablite pou garanti pou pwoteje Enfòmasyon Pwoteje sou Sante ou (PHI) ki gen ladan enfòmasyon ki ka idantifye ou sou: sante ou oswa eta sante ou lontan, kounye a, ak pidevan, sèvis swen sante nou ba ou, peman pou swen sante nou konsidere kòm PHI Ou gen obligasyon pou: pwoteje enfòmasyon prive PHI ou, ba ou Avi sa a ki dekri pratik nou pou enfòmasyon prive, eksplike kijan, kilè ak pou kisa nou ka itilize oswa divilge PHI ou Sof nan ka ki trè espesyal, nou dwe itilize oswa divilge sèlman minimòm PHI ki nesesè pou reyalize rezon pou itilizasyon oswa divilgasyon an. Nou dwe swiv pratik pou enfòmasyon prive ki dekri nan Avi sa a; men, nou gen dwa pou chanje kondisyon Avi sa a nenpòt kilè, epitou nou gen dwa mete nouvo dispozisyon Avi a anvigè pou tout enfòmasyon pwoteje nou resevwa, divilge, oswa konsève sou sante. Si Avi nou an ta chanje, n ap afiche yon nouvo Avi nan lokal sa a, epi ou ka mande yon kopi nouvo Avi a. Ou ka mande yon kopi tou nan Entènèt sou sitwèb Depatman an: Ou ka mande yon kopi nouvo avi a nan Entènèt sou sitwèb nou an nan http://www.dcf.state.fl.us/hipaa. Pou Kisa Nou ka Bezwen Itilize oswa Divilge PHI ou: Nou itilize oswa divilge PHI ou pou plizyè rezon. Pou kèk nan itilizasyon oswa divilgasyon sa yo, nou dwe gen otorizasyon ou alekri. Pou kèk ladan yo, lalwa ban nou otorizasyon pou fè kèk itilizasyon oswa divilgasyon san otorizasyon ou. Anjeneral, itilizasyon oswa divilgasyon sa yo asosye avèk tretman, peman, oswa operasyon swen sante a. Men kèk egzanp itilizasyon oswa divilgasyon: Pou Tretman: Nou ka divilge PHI ou ba doktè yo, enfimyè yo, ak lòt anplwaye swen sante ki patisipe nan ba ou swen sante ou. Pa egzanp, n ap divilge PHI ou pami manm ekip tretman ou. 3 RussTech

Pou Resevwa Peman: Nou ka itilize oswa divilge PHI ou pou nou ka voye bòdwo, epi pou nou ka resevwa peman pou sèvis swen sante ou. Pa egzanp, nou ka divilge kèk pati nan PHI ou ba Medicaid pou nou ka touche lajan pou sèvis nou ba ou yo. Pou Operasyon Swen Sante: Nou ka itilize oswa divilge PHI ou nan pwosesis operasyon nou [kalite enstitisyon an]. Pa egzanp, nou ka itilize PHI ou nan evalyasyon kalite sèvis nou ba ou yo, oswa nou ka divilge PHI ou ba kontab nou oswa ba avoka nou pou rezon odit. Pou Fè Ou Sonje Randevou yo: Sof si ou ban nou lòt kalite enstriksyon, nou ka voye rapèl pou randevou ou yo ak lòt dokiman sanblab lakay ou. Itilizasyon ak Divilgasyon Nou Dwe Gen Otorizasyon Ou pou Fè (konsantman): Lè itilizasyon oswa divilgasyon an pa konsène tretman, peman, oswa operasyon swen sante, nou gen obligasyon pou jwenn otorizasyon ou alekri. Gen kèk eksepsyon nan règ sa a, epi eksepsyon yo endike anba la a. Ou kapab anile otorizasyon yo nenpòt kilè pou sispann itilizasyon oswa divilgasyon yo pidevan, sof kote nou te deja itilize oswa divilge PHI ou anrapò avèk otorizasyon ou. Itilizasyon ak Divilgasyon Nou Pa Dwe Gen Otorizasyon Ou pou Fè: Lalwa ban nou otorizasyon pou itilize oswa divilge PHI ou san otorizasyon ou alekri nan ka sa yo: Lè yon Lwa Egzije Divilgasyon an: Nou ka divilge PHI ou lè yon lwa egzije pou nou rapòte enfòmasyon sou abi, neglijans, oswa vyolans nan ki sispèk, oswa pou satisfè yon lòd tribinal, oswa ba yon ofisyèl lapolis. Nou dwe divilge PHI ou tou ba otorite k ap kontwole si nou konfòme nou avèk egzijans sa yo pou enfòmasyon prive. Pou Aktivite Sante Piblik: Nou ka divilge PHI ou lè nou gen obligasyon pou rasanble enfòmasyon sou maladi oswa sou chòk, oswa pou rapòte estatistik vital ba yon otorite sante piblik. Pou aktivite sipèvizyon sante: Nou ka divilge PHI ou pou aktivite sipèvizyon sante, tankou odit; enspeksyon; ankèt sivil oswa kriminèl, oswa pwosè. Konsènan zansèt: Nou ka divilge PHI ou anrapò avèk lanmò yon moun ba doktè lejis, doktè egzaminatè, oswa direktè ponp finèb. Pou don ògàn, zye ak tisi: Nou ka divilge PHI ou ba òganizasyon k ap resevwa ògàn anrapò avèk don oswa transplant ògàn, zye, oswa tisi. Pou fè rechèch: Nan sèten ka, epi anba sipèvizyon yon konsèy pwoteksyon enfòmasyon prive oswa yon komite evalyasyon enstitisyonèl, nou ka divilge PHI ou pou fè rechèch. Pou avèti yon menas sou sante oswa sou sekirite: Pou nou ka evite yon menas grav sou sante oswa sou sekirite, nou ka divilge PHI ou jan li nesesè ba lapolis oswa ba lòt moun ki kapab evite oswa diminye menas pou domaj la yon fason ki rezonab. Pou fonksyon espesyalize gouvènman: Nou ka divilge PHI anplwaye fòs lame ak veteran nan sèten sitiyasyon, ba sant koreksyonèl nan sèten sitiyasyon, ba pwogram gouvènman anrapò avèk kalifikasyon ak enskripsyon, epitou pou rezon sekirite nasyonal, tankou pwoteksyon Prezidan an. 4 RussTech

Pou konpansasyon travayè: Nou ka divilge PHI ou pou konfòme nou avèk lwa sou konpansasyon travayè. Itilizasyon oswa Divilgasyon Ou Dwe Resevwa yon Posiblite pou Refize: Pafwa nou ka divilge PHI ou si nou te di ou nou pral itilize oswa divilge enfòmasyon ou yo, epi ou pa t dakò pou sa. Men kèk egzanp: Anyè ki gen non pasyan: Nou ka mete non ou, adrès ou, eta sante jeneral ou, ak afilyasyon relijye ou nan anyè pasyan nou pou itilizasyon manm legliz ak moun k ap rele nan telefòn oswa vizitè k ap mande pou ou dapre non ou. Ba fanmi, zanmi, oswa lòt moun ki patisipe nan swen ou: Nou ka divilge ba moun sa yo enfòmasyon yo ki asosye dirèkteman avèk patisipasyon fanmi ou, zanmi ou, oswa lòt moun nan swen ou, oswa nan peman pou swen ou. Nou ka divilge PHI ou tou ba moun sa yo pou fè yo konnen kote ou ye, eta sante jeneral ou, oswa lanmò ou. Si gen yon sitiyasyon ijans, epi nou pa gen tan pou kite ou refize divilgasyon an, nou ka toujou divilge PHI ou si ou te ban nou pèmisyon anvan, epitou si nou detèmine divilgasyon nan pi bon enterè ou. Si nou fè sa, nou dwe ba ou enfòmasyon, epitou nou dwe ba ou yon posiblite pou refize divilgasyon pidevan imedyatman ou kapab fè sa. II. Dwa Ou Anrapò avèk Enfòmasyon Pwoteje sou Sante ou (PHI). Ou gen dwa sa yo anrapò avèk PHI ou: Pou mande restriksyon sou itilizasyon oswa sou divilgasyon yo: Ou gen dwa pou mande pou nou limite fason nou itilize oswa divilge PHI ou. N ap konsidere demann ou, men nou pa gen obligasyon legal pou dakò avèk restriksyon an. Nan limit nou dakò pou nenpòt restriksyon sou fason nou itilize oswa divilge PHI ou, n ap mete akò a alekri, epi n ap konfòme nou avèk li, sof nan sitiyasyon ijans yo. Nou pa kapab dakò pou limite itilizasyon oswa divilgasyon ki obligatwa anba lalwa. Pou chwazi kijan pou nou kontakte ou: Ou gen dwa pou mande pou nou voye enfòmasyon ba ou nan yon lòt adrès oswa nan yon lòt mwayen. Nou dwe dakò pou satisfè demann ou depi demann lan fasil yon fason rezonab pou nou fè sa. Pou enspekte ak kopye PHI ou: Sof si gen restriksyon pou jwenn enfòmasyon yo pou rezon ki klè epi ki endike nan dokiman, ou gen yon dwa pou wè enfòmasyon pwoteje sou sante ou si ou fè demann ou alekri. N ap bay repons pou demann ou nan 30 jou pou PHI nou kenbe anplas, nan 60 jou pou PHI nou pa kenbe anplas. Si nou bay refi pou ou jwenn enfòmasyon yo, n ap ba ou rezon yo alekri pou refi a, epi n ap eksplike ou nenpòt dwa ou genyen pou fè yo revize refi a. Si ou vle kopi PHI ou, nou ka mande ou pou peye yon frè pou fè kopi a. Pou mande chanjman nan PHI ou: Si ou kwè gen yon erè oswa gen enfòmasyon ki pa nan dosye nou pou PHI ou, ou ka mande, alekri, pou nou korije dosye a, oswa pou nou ajoute enfòmasyon ki manke yo ladan. N ap bay repons nan 60 jou ki vini apre nou resevwa demann ou. Nou ka bay refi pou demann lan si nou detèmine PHI la: (i) kòrèk, epi yo pa manke anyen; 5 RussTech

(ii) se pa nou ki te kreye yo, oswa yo pa fè pati dosye nou; oswa (iii) nou pa gen pèmisyon pou divilge yo. Yon refi ap endike rezon pou refi a. L ap eksplike tou dwa ou genyen pou demann ou, refi nou, ak nenpòt deklarasyon kòm repons ou bay, ki ajoute nan PHI ou. Si nou apwouve demann ou fè pou chanjman an, n ap chanje PHI a, epi n ap fè ou konnen sa, ansanm ak lòt moun ki bezwen konnen chanjman nan PHI ou. Pou konnen ki divilgasyon ki fèt deja: Ou gen yon dwa pou jwenn yon lis sou kilè, ba kimoun, pou ki rezon, ak kisa nou divilge nan PHI ou, sof pou ka divilgasyon ki te fèt pou tretman, pou peman, pou operasyon swen sante, ba ou, dapre yon otorizasyon alekri, pou sekirite nasyonal oswa pou entèlijans, ba enstitisyon koreksyonèl, oswa ba ofisyèl lapolis, oswa pou anyè sant lan. Lis la p ap gen ladan nonplis okenn divilgasyon ki te fèt anvan dat 14 avril 2003. N ap bay repons pou demann alekri ou fè pou yon lis konsa nan 60 jou ki vini apre lè nou resevwa demann lan. Demann ou kapab asosye avèk divilgasyon ki pral dife apeprè sizan. P ap gen frè pou peye pou apeprè lis konsa chak ane. Ka gen yon frè pou peye pou plis demann ou fè souvan. Pou resevwa yon kopi avi sa a: Ou gen yon dwa pou resevwa yon kopi nan papye Avi sa a, oswa yon kopi elektwonik nan imèl ou depi ou fè demann pou sa. III. Fason pou Pote Plent sou Pratik pou Enfòmasyon Prive. Si ou panse nou te ka vyole dwa ou pou enfòmasyon prive, oswa si ou pa dakò avèk yon desizyon nou te fè sou fason pou jwenn PHI ou, ou ka fè yon plent ba moun ki endike nan Seksyon IV anba la a. Ou ka fè yon plent alekri tou ba Sekretè Depatman Sante ak Sèvis Sosyal Etazini nan adrès ki anba la yo: United States Department of Health and Human Services (HHS), Atansyon: Office for Civil Rights, Sam Nunn Atlanta Federal Center, Suite 3B70, 61 Forsyth Street SW, Atlanta, Georgia 32303-8909. Nou p ap fè aksyon vanjans kont ou si ou fè plent sa yo. IV. Moun pou Kontakte pou Lòt Enfòmasyon, oswa pou Soumèt yon Plent. Si ou gen kesyon sou Avi sa a, si ou bezwen lòt enfòmasyon, oswa si ou gen nenpòt plent sou pratik nou pou enfòmasyon prive, tanpri kontakte: Department of Children and Families, Office of Civil Rights, 1317 Winewood Boulevard, Building 5, Room 242, Tallahassee, Florida 32399-0700, (850) 487-1901. V. Dat li Anvigè. Avi sa a anvigè apati 1ye fevriye 2003. 6 RussTech