Non Elèv la. Non Lekòl la

Similar documents
4THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

Florida History: Famous Floridians: Henry Morrison Flagler

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN VIVAN. Vandredi 28 janvye :15 pou 12:15 p.m.

DEZYÈM LIV KESYON KI BAZE SOU YON SERI DOKIMAN (DBQ) 16 NOVANM Ekri non w ak non lekòl ou an lèt majiskil sou liy ki anwo yo.

CORNERSTONE, Level A: Haitian Creole Translations

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Jedi, 29 janvye :15 a.m. pou 12:15 p.m.

PINGA OU VIRE PAJ SA A TOUTOTAN YO POKO DI W VIRE L.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAM VIVAN

Evite kè sote moun genyen souvan nan afè bay tete

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 21 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

Amplwayè: Amplwaye: Dat Pèt: Nimewo Dosye: Nimewo Ka Leta:

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 17 Jen :15 jiska 4:15 p.m., sèlman.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 26 janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ. Jedi 19 Jen :15 jiska 4:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi, 25 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 23 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

8 YÈM ANE NIVO ENTÈMEDYÈ

SAMPLE LETTER TO PARENTS (USE SCHOOL LETTERHEAD) ELEMENTARY SCHOOL INTRODUCTORY LETTER FOR HGD UNIT KINDERGARTEN-FOURTH GRADE.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

C h a p i t 5 Prevansyon enfeksyon. Nan chapit sa a: Prevansyon enfeksyon sove la lav Prevni enfeksyon lè w evite jèm...52

SEKSYON PRATIK POU F È APÈL NAN BAWO FLORID LA

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: 1FES 64. Tab Number: 63 CE FES 1D: Document Title: Document Date: Haiti.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

Egzèsis sou ADN Glikozilaz - nivo 1-2

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 19 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ. Jedi 24 Janvye :15 jiska 4:15 p.m.

Pou plis enfòmasyon, tanpri rele nan (305)

Financial Assistance Documents Texas Health Huguley

ekouvri Lekòl Piblik Boston Fanmi Boston gen chans pou yo gen plis chwa pou edikasyon pitit yo pase prèske tout lòt kote nan Etazini

Lekòl Piblik Boston. Byenveni nan Lekòl Nou yo.

(ii) Bay enfòmasyon ki klè konsènan kritè kondisyon kalifikasyon pou fè aplikasyon ak metòd pou aplike pou jwenn èd finansye;

REZIME AVI DEPATMAN TIMOUN AK FANMI FLORIDA RÈGLEMAN KONSÈNAN RÈGLEMAN SOU ENFÒMASYON AK JESYON PRIVE AK PWOTEKSYON ENFÒMASYON PÈSONÈL SOU SANTE

Maladi Malarya: Enfòmasyon ou dwe konnen

Florida Healthy Kids (Timoun Ansante nan Florid) Liv pou Manm yo Mwa me 2018 Sèvis Kliyantèl:

BOSTON REGION METROPOLITAN PLANNING ORGANIZATION

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

Atelye MIT ap fè sou teknoloji pou metòd aprantisaj aktif ki chita sou resous pedagojik san baryè Le Plaza, Pòtoprens, Ayiti, janvye 2013

Chwazi yon Lekòl Segondè: Yon Mesaj pou Elèv ak Fanmi yo

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

KONTRAKTE KI NAN FLORIDA K-AP TRAVAY NAN JADEN/ CHEF EKIP LIV POU ETIDYE POU EGZAMEN-AN

Chanselye a ELÈV KI ANSENT OUBYEN KI GEN PITIT AK KONFIDANSYALITE NAN SANTE REPWODIKTIF REZIME CHANJMAN YO

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

DWA AK RESPONSABILITE LOKATÈ

FLORIDA HEALTHY KIDS CORPORATION AVI SOU PRATIK PWOTEKSYON EFÒMASYON PRIVE

Gid pou Lè Gen Lanmò. Boston Medical Center Biwo Zafè Moun ki Mouri. Telefòn: Faks:

ISTWA AK JEYOGRAFI JENERAL

Gid Paran pou Jadendanfan Volontè

AETNA BETTER HEALTH SM FIDA PLAN Rezime sou Benefis pou 2017

Emerante De Pradines: Good morning Mr. Watson. Emerante De Pradines: Bonjou Msye Watson.

ISTWA ETAZINI AK GOUVÈNMAN

NÒM DISIPLIN AK MEZI POU ENTÈVNI NAN TOUT VIL LA {KÒD DISIPLIN} Depatman Edikasyon vil Nouyòk. Joel I. Klein Chanselye Haitian Creole

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

GID POU LEKÒL PIBLIK BOSTON POU FANMI AK ELÈV

Questionnaire number. MUNICIPIO. Komin: HAISEKSYON. Seksyon Kominal: HAISEC. Zòn [optionel] HAISEGMENTO. Segman Recensman [Kod Oficiel Recensman an]

Nou la pou ou. Manyèl pou Manm. Aetna Better Health of New York. aetnabetterhealth.com/newyork NY

APLIKASYON/RE-SÈTIFIKASYON NAN PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM, SNAP)

Katalòg Pwodwi Sante pou Ane 2015

Ce document ne peut être reproduite et / ou adopté en tout ou en partie à condition qu'il n'y a pas de changement important dans le contenu, les

Sa se yon dokiman legal enpòtan. Tanpri gade li nan kote ki an sekirite.

Règleman Asistans Finansye & Faktirasyon/Règleman sou Koleksyon. Règleman sou Asistans Finansye

ST. VINCENT S MEDICAL CENTER. POLITIK KONSÈNAN ASISTANS FINANSYÈ Koumanse 9 me 2017

AmericasBarometer: Ayiti, 2010 Vanderbilt University Dwa resève.

YON LEGLIZ KI AN SANTE KATRIYÈM EDISYON. Mark E. Dever. 525 A Street NE Washington, DC Phone (202) , FAX (202)

ISTWA AK JEWOGRAFI JENERAL

AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Plan Avi Anyèl sou Chanjman ak Ti liv pou Patisipan pou 2017

Pati B Avi konsènan Mezi Pwoteksyon pou Paran ak Elèv Andikape yo

James H. DeGraffenreidt, Jr. Prezidan Konsèy Administrasyon Edikasyon l Eta. Nancy S. Grasmick Sipè-entandan L Eta pou Lekòl

Kijan pou touche jijman lajan Collecting a Money Judgment Haitian Creole

EVCS Nouvèl. ~ Byenvini~

Prentan Sistèm sa a san danje, an sekirite, legal ak vit.

Règleman/Pwosedi Tit: Règleman Èd Finansye - Dat anvigè: Janvye 2016 Charity Care Depatman: Sik revni # Règleman: 2209 Paj 1 sou 17

POU PLIS ENFOMASYON / parents/ spanish/ default.htm oswa ale nan: Rechech: Regleman Konduit Elev yo

TANPRI PATAJE DOKIMAN SA Disponib an Panyòl, Kreyòl, oubyen Gwo Postè sou Demann

Konsey Pou Prepare w Pou Siklon

Gid Byenveni. Preparasyon pou tan w ap pase a

PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SNAP SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM (SNAP) APLIKASYON/RESÈTIFIKASYON

Èd Apre Dezas. FEMA 545 / Jiyè Gid Aplikan pou Pwogram Endividyèl & Familyal

Gid Chwa ak Enskripsyon. Chemen Enskripsyon An

SCIENCE UNIT 1 Vocabulary + Essential Questions ENGLISH/HAITIAN CREOLE

West Boca Raton Community High School

6323 Seventh Avenue Brooklyn, NY 11220

Sa Kap Swiv la se Manyèl de Baz Elèv ak Fanmi ki kouvri Règ Debaz ak Règleman Lekòl City on a Hill

POU ELÈV LEKÒL MWAYÈN AK LEKÒL SEGONDÈ YO NAN LEKÒL PIBLIK BOSTON

Kontni. Prepare ou: Kreye yon Plan pou Katastwòf Yon Plan pou Moun ki Enfim Definisyon Sitiyasyon Ijans Evakyasyon...

Liv Referans Anplwaye yo & Enfòmasyon sou Benefis

AYITI: LIBETE AK KREYATIVITE SOTI NAN MON RIVE NAN LANME

DRAFT ETA FLORID PLAN CONSOLIDATED JULY 1, JUNE 30, 2020

VIL PEYI DAYITI YO:AKSYON POU JODI A AK YON KOUDÈY SOU DEMEN REZIME

Pou Tout Elèv Nou yo:

Plan AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Anyè ki gen enfòmasyon pou Pwofesyonèl Swen Sante ak Famasi pou Ane 2016

LIV REGLEMAN SOU KONDWIT ELÈV

Is Konektikèt GID POU SA KI FÈK VINI YO. Sa se yon gid sou tout vil, minisipalite, ak lòt sèvis kin nan zòn Is Konektikèt la

Transcription:

4THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK ME 2005 4YÈM ANE NIVO ELEMANTÈ EGZAMEN SYANS EGZAMEN EKRI HAITIAN CREOLE EDITION SCIENCE GRADE 4 WRITTEN TEST Non Elèv la Non Lekòl la Ekri non w ak non lekòl ou an majiskil sou liy ki pi wo la yo. Egzamen an gen de (2) pati. Premye Pati a ak Dezyèm Pati a nan tiliv egzamen sa a. Premye Pati a gen 30 kesyon chwa miltip. Ekri repons ou bay pou kesyonn sa yo sou yon fèy repons separe. Sèvi ak kreyon nimewo 2 sèlman sou fèy repons lan. Dezyèm Pati a gen 11 kesyon ki mande pou w konpoze yon repons. Ekri repons ou bay pou Dezyèm Pati a nan tiliv egzamen sa a. Ou pral gen tout tan ou bezwen pou reponn kesyon yo. PA VIRE PAJ SA A TOUTOTAN YO PA DI W VIRE L. Copyright 2005 THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK THE STATE EDUCATION DEPARTMENT ALBANY, NEW YORK 12234

ESPLIKASYON Premye Pati egzamen sa a gen 30 kesyon ladan l. Chak kesyon gen twa oswa kat repons ki vini apre l, repons yo make ak lèt A pou rive nan D. Li chak kesyon ak anpil atansyon. Gade ki repons ki pi bon pou w chwazi. Sou fèy repons separe a, make repons ou nan ranje ki gen ti wonn ki koresponn ak chak kesyon yo; pou make repons lan, nwasi ti wonn ki gen menm lèt ak repons ou chwazi a. Sèvi ak yon kreyon nimewo 2 pou make repons ou yo sou fèy repons lan. Li egzanp kesyon S-1 ki pi ba la a. S-1 Lè dlo jele, yo rele li A bwouya B glas C bye D vapè Repons kòrèk la se glas, ki sou kote lèt B a. Gade sou fèy repons lan, nan kare ki genyen ranje ki gen ti wonn pou repons pou kesyon ki nan egzanp S-1 an. Gade kouman yo nwasi ti wonn koresponn ak lèt B a. Grade 4 Science May 05 [2]

Kounye a, bay repons pou kesyon ki nan egzanp S-2 a. Make repons ou sou fèy repons lan nan kare ki genyen ranje ki gen ti wonn pou repons pou kesyon ki nan egzanp S-2 a. S-2 Kilès nan bèt sa yo ki gen zèl? A zwazo B krapo C sourit D lapen Repons kòrèk la se zwazo, ki sou kote lèt A a. Sou fèy repons lan, ou te dwe nwasi ti wonn A a. Reponn tout 30 kesyon yo nan Premye Pati egzamen sa a. Nwasi yon sèl ti wonn pou chak kesyon. Si w vle chanje yon repons, ou fèt pou efase repons lan nèt. Ou kapab pa konnen repons pou kèk nan kesyon yo, men sèlmen fè sa ou kapab pou chak kesyon. Lè w fini ak Premye Pati a, ale nan Dezyèm Pati a. Reponn tout kesyon ki nan Dezyèm Pati a nan espas yo kite pou chak kesyon an. Grade 4 Science May 05 [3] KONTINYE NAN LÒT PAJ LA

Premye Pati 1 Ki egzanp ki dekri yon òganis k ap dijere aliman? A yon chen k ap antere yon zo B yon tifi k ap manje yon pòm C yon ensèk k ap ranpe sou yon fèy D yon ti gason k ap plante tomat nan yon jaden 2 Ki karakteristik moun erite olye yo aprann li? A bay yon istwa B salye drapo a C genyen zye ble D monte bisiklèt 3 Ki fonksyon prensipal ekay yo sou yon pwason? A pou pwoteje pwason an B pou atake predatè C pou ede pwason an jwenn manje D pou ede pwason an respire 4 Ki konpòtman ki yon egzanp yon bèt k ap adapte ak yon chanjman nan anviwònman an? A yon ekirèy k ap monte yon pyebwa B yon lapen k ap bay pitit li manje C yon krapo k ap manje yon ensèk D yon zwazo k ap vole ale nan direksyon sid Grade 4 Science May 05 [4]

Baze repons ou pou kesyon 5 jiska 7 sou dyagram chèn alimantè pi ba a ak sou konesans syans ou. 5 Ki òganis nan chèn alimantè sa a nesesè pou tout lòt òganis yo siviv? A cheniy B krapo C plant D koulèv 6 Ki òganis nan chèn alimantè sa a ki se predatè? A plant ak cheniy B cheniy ak krapo C krapo ak koulèv D koulèv ak plant Konstate ke kesyon 7 gen twa chwa sèlman. 7 Si popilasyon koulèv ogmante, popilasyon krapo ap pi pwobableman A diminye B ogmante C rete menm jan an **************************************************** Grade 4 Science May 05 [5] KONTINYE NAN LÒT PAJ LA

Baze repons ou pou kesyon 8 jiska 10 sou tablo pi ba a ak sou konesans syans ou. Tablo a montre dire lavi plizyè òganis. 8 Sa ki dire lavi yon òganis? A staj devlopman òganis la B longè tan òganis la viv C bezwen fondamantal òganis la D jan òganis la viv lavi li 9 Dire lavi yon elefan Afriken ant A 1 minit ak 1 jou B 1 ane ak 10 ane C 10 ane ak 100 ane D 100 ane ak 1.000 ane Grade 4 Science May 05 [6]

10 Ki òganis ki genyen dire lavi ki pi long? A rena wouj B grenn pavo komen C Oma Ameriken D pen ak kòn pike 11 Bèt jwenn enèji pou kwasans ak reparasyon nan A tè B manje C dlo D lè **************************************************** 12 Yon chen ouvri bouch li epi li kite lang li trennen deyò. Yon kò moun pwodi transpirasyon. Sa yo se de jan òganis ka adapte ak A tanperati ki frèt B tanperati ki cho C yon mank manje D yon mank bwè dlo 13 Pandan ki sezon nan ane a pwal yon lapen ta pi epè? A sezon otòn B sezon prentan C sezon ete D sezon ivè 14 Ki bèt k ap prepare pou yon chanjman sezon nan anviwònman an? A yon chòvsouri k ap vole lannit B yon sèf k ap bwè dlo C yon ibou k ap manje yon sourit D yon ekirèy k ap sere grenn Grade 4 Science May 05 [7] KONTINYE NAN LÒT PAJ LA

18 Nan dyagram pi ba a, lèt A, B, C ak D montre pwosè yo nan sik dlo a. Ki lèt ki montre debòdman? A A B B C C D D 19 Yon elèv ap kiltive kèk plant pou yon eksperyans. Li wè ti tach blanch sou fèy yo. Ki zouti li dwe itilize pou li ka pi byen wè tach yo? A tèmomèt B lantiy C silenn gradye D balans 20 Sa ki yon jan pou chanje dlo sòti likid al solid? A diminye tanperati a B ogmante tanperati a C diminye mas la D ogmante mas la Grade 4 Science May 05 [9] KONTINYE NAN LÒT PAJ LA

21 Dyagram pi ba a montre yon rivyè k ap koule nan yon vale. Ki pwosè ki te lakòz fòmasyon vale nan rivyè a? A evaporasyon B ewozyon C depozisyon D kondansasyon Konstate ke kesyon 22 gen twa chwa sèlman. 22 Dyagram pi ba a montre yon vè plastik k ap flote nan yon resipyan ki gen dlo. Si yo mete mab nan vè a, nivo dlo a ap A diminye B ogmante C rete menm jan Grade 4 Science May 05 [10]

23 Dyagram pi ba a montre twa plant k ap pann pi wo yon tab. Yon elèv te wouze plant yo ak dlo epi li te wè dlo sou tèt tab la. Lelandemen, elèv la remake ke pat gen dlo sou tab la. Ki pwosesis ki fèt? A kondansasyon B ewozyon C evaporasyon D presipitasyon 24 Lè yon moun pale nan telefòn, enèji son an chanje plis nan ki fòm enèji? A enèji chalè B enèji limyè C enèji elektrik D enèji chimik 25 Yon machin glise sou wout la epi lafimen parèt tankou li sòti anba kawotchou yo. Chalè ki pwodi lafimen an se lakòz A manyetis B son C limyè D friksyon Grade 4 Science May 05 [11] KONTINYE NAN LÒT PAJ LA

26 Nan ki egzanp yo ta ka itilize yon tèmomèt pou montre enèji chalè k ap transfere? A Yo frape kle yon pyano pou jwe li. B Yo itilize yon pèl pou transpòte tè sot yon kote ale yon lòt. C Yo voye yon balon nan lè. D Yo itilize yon fou pou bouyi dlo nan yon chodyè. 27 Yo montre yon siki elektrik pi ba a. Ki bagay nan X k ap konplete siki sa a? A yon twonbòn an metal B yon boutèy plastik C yon bann elastik D yon ti bout bwa 28 Lè yon ti bebe sekwe yon ochè, li fè bri. Ki fòm enèji te vin tounen enèji son an? A enèji elektrik B enèji limyè C enèji mekanik D enèji chalè Grade 4 Science May 05 [12]

29 Yo voye yon boul anlè epi li redesann. Boul la redesann poutèt A gravite B friksyon C ewozyon D manyetis 30 Yon aparèy senp ki ede monte yon drapo nan yon poto drapo se A yon fè ak eman B yon plàn enkline C yon pouli D yon levye **************************************************** ALE TOU DWAT NAN DEZYÈM PATI Grade 4 Science May 05 [13] KONTINYE NAN LÒT PAJ LA

Dezyèm Pati Direksyon (31 40): Ekri repons ou yo nan espas anba chak kesyon. 31 Yon klas katriyèm ane vizite yon madlo. Yo wè yon krapo vèt, yon kastò, ak yon koulèv mawon ak po swa. Pwofesè a te panse krapo a bèl. Elèv yo te itilize filè pou yo pran ensèk yo nan madlo a. Elèv yo te gade plizyè ensèk. Yo te konte sis pye nan chak ensèk. Kèk elèv te panse ensèk yo te parèt efreyan. a Idantifye yon sèl opinyon ki nan paragraf la. [1] b Idantifye de obzèvasyon ki nan paragraf la. [2] (1) (2) 32 Mete yon nimewo (2, 3, oubyen 4) sou liy pi ba chak dyagram pou montre lòd kat staj nan sik lavi yon papiyon. Staj 1 gentan genyen yon nimewo. [1] Grade 4 Science May 05 [14]

33 Dyagram pi ba a montre twa pati nan yon plant. Konplete tablo pi ba a lè ou mete chak pati yon plant ak fonksyon li. [2] Fonksyon Pati Plant Itilize limyèsolèy pou fè manje Dijere dlo ak aliman Fè grenn 34 Apre li fin mache nan yon chan, yon elèv jwenn grenn kole nan rad li. Li konnen genyen yon jan li ka retire grenn yo. Eksplike yon lòt jan grenn yo ka dispèse. [1] Grade 4 Science May 05 [15] KONTINYE NAN LÒT PAJ LA

Baze repons ou pou kesyon 35 ak 36 sou dyagram pi ba yo ak sou konesans syans ou. Dyagram yo montre menm moso tè nan sezon ete 2002 a ak sezon ete 2003 apre pyebwa yo te koupe. 35 Dekri yon bagay pozitif ki ta ka yon rezitla pyebwa ki koupe yo. [1] 36 Dekri yon bagay negatif ki ta ka rezilta pyebwa ki koupe yo. [1] **************************************************** Grade 4 Science May 05 [16]

Baze repons ou pou kesyon 37 ak 38 sou enfòmasyon ak graf pi ba a. Yon elèv te plante ven grenn flè idantik, diz grenn nan po A ak dis grenn nan po B. Tou le de po yo te gen menm kalite ak valè tè ladan yo. Tou le de po yo te jwenn menm valè limyè solèy ak dlo. Lè plant yo te kòmanse pouse, elèv la retire tout sòf de plant nan po A. Li kite toule dis plant yo nan po B. Graf la montre wotè mwayen plant yo nan chak po apre 30 jou. 37 Ki diferans ant wotè mwayen plant nan po A yo ak plant nan po B yo? [1] santimèt 38 Eksplike poukisa genyen yon diferans nan wotè mwayen ant plant nan po A yo ak plant nan po B yo. [1] **************************************************** Grade 4 Science May 05 [17] KONTINYE NAN LÒT PAJ LA

39 Tab done pi ba a montre tanperati, kalite presipitasyon, ak kondisyon syèl pou twa vil nan Eta Nou Yòk jou 15 Novanm a midi. Tablo Done Vil Tanperati ( F) Kalite Presipitasyon Kondisyon Syèl Albani 45 lapli tan kouvri ak nyaj Masena 27 nèj tan kouvri ak nyaj Bifalo 42 okenn tan solèy ak tan klè Eksplike poukisa presipitasyon an nan Masena se nèj. [1] 40 Elèv itilize zouti pou mezire pwopriyete plizyè bagay. Tablo pi ba montre kèk pwopriyete, zouti, ak inite metrik pou mezi. Pwopriyete Zouti Inite Metrik pou Mezi mas balans g longè règ silenn gradye ml tanperati C Konplete tablo a lè ou ranpli twa bwat ki fonse yo ak pwopriyete, zouti ak inite metrik pou mezi kòrèk yo. [3] **************************************************** Grade 4 Science May 05 [18]

For Teacher Use Only Part II Credit Question Maximum Credit Credit Allowed 31 3 32 1 33 2 34 1 35 1 36 1 37 1 38 1 39 1 40 3 Total 15 Grade 4 Science May 05 [20]