Maladi Malarya: Enfòmasyon ou dwe konnen

Similar documents
Florida History: Famous Floridians: Henry Morrison Flagler

Evite kè sote moun genyen souvan nan afè bay tete

Amplwayè: Amplwaye: Dat Pèt: Nimewo Dosye: Nimewo Ka Leta:

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: 1FES 64. Tab Number: 63 CE FES 1D: Document Title: Document Date: Haiti.

Pou plis enfòmasyon, tanpri rele nan (305)

DEZYÈM LIV KESYON KI BAZE SOU YON SERI DOKIMAN (DBQ) 16 NOVANM Ekri non w ak non lekòl ou an lèt majiskil sou liy ki anwo yo.

SAMPLE LETTER TO PARENTS (USE SCHOOL LETTERHEAD) ELEMENTARY SCHOOL INTRODUCTORY LETTER FOR HGD UNIT KINDERGARTEN-FOURTH GRADE.

Chanselye a ELÈV KI ANSENT OUBYEN KI GEN PITIT AK KONFIDANSYALITE NAN SANTE REPWODIKTIF REZIME CHANJMAN YO

8 YÈM ANE NIVO ENTÈMEDYÈ

Financial Assistance Documents Texas Health Huguley

BOSTON REGION METROPOLITAN PLANNING ORGANIZATION

CORNERSTONE, Level A: Haitian Creole Translations

REZIME AVI DEPATMAN TIMOUN AK FANMI FLORIDA RÈGLEMAN KONSÈNAN RÈGLEMAN SOU ENFÒMASYON AK JESYON PRIVE AK PWOTEKSYON ENFÒMASYON PÈSONÈL SOU SANTE

FLORIDA HEALTHY KIDS CORPORATION AVI SOU PRATIK PWOTEKSYON EFÒMASYON PRIVE

C h a p i t 5 Prevansyon enfeksyon. Nan chapit sa a: Prevansyon enfeksyon sove la lav Prevni enfeksyon lè w evite jèm...52

4THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

Atelye MIT ap fè sou teknoloji pou metòd aprantisaj aktif ki chita sou resous pedagojik san baryè Le Plaza, Pòtoprens, Ayiti, janvye 2013

PINGA OU VIRE PAJ SA A TOUTOTAN YO POKO DI W VIRE L.

Gid pou Lè Gen Lanmò. Boston Medical Center Biwo Zafè Moun ki Mouri. Telefòn: Faks:

Emerante De Pradines: Good morning Mr. Watson. Emerante De Pradines: Bonjou Msye Watson.

ekouvri Lekòl Piblik Boston Fanmi Boston gen chans pou yo gen plis chwa pou edikasyon pitit yo pase prèske tout lòt kote nan Etazini

AmericasBarometer: Ayiti, 2010 Vanderbilt University Dwa resève.

Lekòl Piblik Boston. Byenveni nan Lekòl Nou yo.

James H. DeGraffenreidt, Jr. Prezidan Konsèy Administrasyon Edikasyon l Eta. Nancy S. Grasmick Sipè-entandan L Eta pou Lekòl

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

Florida Healthy Kids (Timoun Ansante nan Florid) Liv pou Manm yo Mwa me 2018 Sèvis Kliyantèl:

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN VIVAN. Vandredi 28 janvye :15 pou 12:15 p.m.

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

Gid Paran pou Jadendanfan Volontè

SEKSYON PRATIK POU F È APÈL NAN BAWO FLORID LA

Questionnaire number. MUNICIPIO. Komin: HAISEKSYON. Seksyon Kominal: HAISEC. Zòn [optionel] HAISEGMENTO. Segman Recensman [Kod Oficiel Recensman an]

Chwazi yon Lekòl Segondè: Yon Mesaj pou Elèv ak Fanmi yo

Non Elèv la. Non Lekòl la

GID POU LEKÒL PIBLIK BOSTON POU FANMI AK ELÈV

NÒM DISIPLIN AK MEZI POU ENTÈVNI NAN TOUT VIL LA {KÒD DISIPLIN} Depatman Edikasyon vil Nouyòk. Joel I. Klein Chanselye Haitian Creole

ST. VINCENT S MEDICAL CENTER. POLITIK KONSÈNAN ASISTANS FINANSYÈ Koumanse 9 me 2017

YON LEGLIZ KI AN SANTE KATRIYÈM EDISYON. Mark E. Dever. 525 A Street NE Washington, DC Phone (202) , FAX (202)

AETNA BETTER HEALTH SM FIDA PLAN Rezime sou Benefis pou 2017

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAM VIVAN

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

(ii) Bay enfòmasyon ki klè konsènan kritè kondisyon kalifikasyon pou fè aplikasyon ak metòd pou aplike pou jwenn èd finansye;

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Jedi, 29 janvye :15 a.m. pou 12:15 p.m.

Egzèsis sou ADN Glikozilaz - nivo 1-2

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 19 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

VIL PEYI DAYITI YO:AKSYON POU JODI A AK YON KOUDÈY SOU DEMEN REZIME

APLIKASYON/RE-SÈTIFIKASYON NAN PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM, SNAP)

Prentan Sistèm sa a san danje, an sekirite, legal ak vit.

Repons sanitè apre tranblemanntè a nan peyi d Ayiti (janvye 2010)_ Leson ki tire sizoka yon gwo katastwòf demen

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 21 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

Nou la pou ou. Manyèl pou Manm. Aetna Better Health of New York. aetnabetterhealth.com/newyork NY

Gid Byenveni. Preparasyon pou tan w ap pase a

Konsey Pou Prepare w Pou Siklon

Règleman Asistans Finansye & Faktirasyon/Règleman sou Koleksyon. Règleman sou Asistans Finansye

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

Sa se yon dokiman legal enpòtan. Tanpri gade li nan kote ki an sekirite.

AYITI: LIBETE AK KREYATIVITE SOTI NAN MON RIVE NAN LANME

AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Plan Avi Anyèl sou Chanjman ak Ti liv pou Patisipan pou 2017

Katalòg Pwodwi Sante pou Ane 2015

DWA AK RESPONSABILITE LOKATÈ

ISTWA ETAZINI AK GOUVÈNMAN

ISTWA AK JEYOGRAFI JENERAL

PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SNAP SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM (SNAP) APLIKASYON/RESÈTIFIKASYON

Is Konektikèt GID POU SA KI FÈK VINI YO. Sa se yon gid sou tout vil, minisipalite, ak lòt sèvis kin nan zòn Is Konektikèt la

6323 Seventh Avenue Brooklyn, NY 11220

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 23 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

Ce document ne peut être reproduite et / ou adopté en tout ou en partie à condition qu'il n'y a pas de changement important dans le contenu, les

ISTWA AK JEWOGRAFI JENERAL

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 26 janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

MINUSTAH: Èske se yon fòs k ap mentni lapè, Oubyen k ap conspire kont li?

Èd Apre Dezas. FEMA 545 / Jiyè Gid Aplikan pou Pwogram Endividyèl & Familyal

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi, 25 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

Gid Politik Pou Elèv ak Fanmi yo

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 17 Jen :15 jiska 4:15 p.m., sèlman.

TANPRI PATAJE DOKIMAN SA Disponib an Panyòl, Kreyòl, oubyen Gwo Postè sou Demann

Moffitt Cancer Center

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

KONTRAKTE KI NAN FLORIDA K-AP TRAVAY NAN JADEN/ CHEF EKIP LIV POU ETIDYE POU EGZAMEN-AN

Kiltivasyon Kounya. Defi ak okazyon agrikòl pou rekonstriksyon Ayiti. 140 Oxfam Briefing Paper - Rezime Oktòb 2010

POU PLIS ENFOMASYON / parents/ spanish/ default.htm oswa ale nan: Rechech: Regleman Konduit Elev yo

DRAFT ETA FLORID PLAN CONSOLIDATED JULY 1, JUNE 30, 2020

EVCS Nouvèl. ~ Byenvini~

Gid Chwa ak Enskripsyon. Chemen Enskripsyon An

Règleman/Pwosedi Tit: Règleman Èd Finansye - Dat anvigè: Janvye 2016 Charity Care Depatman: Sik revni # Règleman: 2209 Paj 1 sou 17

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

Vin jwenn nou pou yon randevou entènasyonal sou. Pwpozisyon pou Pri tikèt MBTA

Sa Kap Swiv la se Manyèl de Baz Elèv ak Fanmi ki kouvri Règ Debaz ak Règleman Lekòl City on a Hill

LIV REGLEMAN SOU KONDWIT ELÈV

Klas 6 yèm ane pou 12 yèm ane

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ. Jedi 24 Janvye :15 jiska 4:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ. Jedi 19 Jen :15 jiska 4:15 p.m.

West Boca Raton Community High School

GID PARAN ak GADÒ Lekòl Piblik Somerville. 8 Bonair Street Somerville, MA

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

Kontni. Prepare ou: Kreye yon Plan pou Katastwòf Yon Plan pou Moun ki Enfim Definisyon Sitiyasyon Ijans Evakyasyon...

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

Transcription:

Maladi Malarya: Enfòmasyon ou dwe konnen

Tab de Matye Tit yo Paj yo Istwa maladi malarya. 1-2 Kisa malarya ye...2 Estatistik...2-3 Kèk Enfòmasyon Fo..3-4 Transmisyon..4-5 Ki moun ki an risk..5-6 Kèk Sentòm.6-7 Trètman..7-10 a. Medikal.7-8 b. Lakay/Nan Zòn.8-10 Jan pou anpeche maladi malarya...10-11 Sa syans genyen pou kontwole epidemi sa.11-13 Kèk estatistik sou travay modèl moustik la..13-14 Pwoblèm ak kontwòl ak trètman maladi..14 Kèk Enfòmasyon Rechèch.15 Evalyasyon ekosistèm syèk la...16 Espwa pou Lavni.. 17 Diksyonè....18 Resous Enfòmasyon 19-20

Istwa maladi malarya Maladi malarya te fèk kòmanse afekte moun nan peyi Afrik (Lwès ak Santral) 10,000 ane pase. Avan sa -anviwon demi milya ane pase- syans di ke te gen yon zansèt parazit malarya. Ti pwazon sa te egziste nan envètèbre*. Pandan parazit yo t ap pran evolisyon, yo te vin kapab repwodui tèt yo. Konsa, kantite maladi yo te vin gwo anpil epi yo te pran plizye fòm. Apre kèk tan, youn nan fòm sa yo se te moustik. Gen kat gwo kalite enfeksyon malarya. Nan lang angle, non syantifik yo se: P.falciparum*, P.vivax*, P.malariae* ak P. ovale*. 130 milyon ane pase, yo jwenn ke premye fòm maladi sa sanble ak malarya chenpanze. Dezyèm la konn afekte makak depi 2-3 milyon ane pase. Se chanjman abitid kretyen vivan ki te fè malarya vin afekte yo. 4,000-10,000 ane pase, pèp Afriken yo te viv tankou moun kap fè la chas. Yo te deside pou bati kominote pa yo. Ann efè, sa te jenere anpil dlo pre abità moun yo. Dlo sa te atire anpil mousitk e pilzye nan moustik sa yo te pase maladi malarya sou pèp la. Kounye a, nan 21yèm syèk la, gen mwens kontak avèk moustik paske moun pi saj. Nou gen pi bon sosyete ak kondisyon poun viv. Gen plizye zouti ki ka fè nou kontwole sous malarya yo; men, maladi sa kontinye prezante pwoblèm nan peyi twopikal yo. Kisa malarya ye? Malarya se yon maladi ki sòti nan yon parazit ki enfekte yon kalite moustik. Se moustik sa, lò l mòde moun, ki bay moun maladi malarya. Maladi sa serye anpil e li kapab tiye moun si yo pa resevwa trètman menm lò a. Gen plizyè trètman pou anpeche maladi malarya. Pwen Esansyèl Maladi ak move sante se de bagay ki kapab anpeche yon peyi fè pwogrè. Si yon peyi pa pwogrese, li pap ka devlope byen. Si yon peyi pa devlope byen, ekonomi-l ap detwi. 1 2

Gen 1-2.7 milyon moun ki mouri chak ane de malarya. Chak 30 sekonn yon timoun nan lemonn mouri de maladi malarya. Ougan ka bay pi bon tretman pou maladi sa pase doktè oksidantal. Chanjman nan klima a chanje vitès transmisyon malarya. Si tanperati ak kantite lapli ki tonbe leve, sa ka fè sezon moustik transmèt maladi yo dire yon semenn plis. Sa ka fè maladia afekte yon pi gwo fraksyon popilasyon a. Klima ak jewografi jwe wòl enpòtan nan maladi malarya a. Moustik bezwen sous dlo pou yo kapab viv e repwodui. Malarya se youn nan pi gwo maladi nan monn nan. Kèk enfòmasyon fo Si doktè ba ou yon medikaman epi li fè ou byen apre kèk jou, ou pa bezwen kontinye pran-l. Se majik ak vodou ki fè yon moun gen malarya. 3 Maladi malarya pa yon gwo pwoblèm pou moun ki gen bon sante. Gen kèk kalite malarya ki pa ka geri. Lò yon moun gen maladi sa, yo genyen-l pou tout lavi yo. Moun ki fèt e grandi nan yon peyi ki gen maladi sa pa ka atrape-l. Tout medikaman yo genyen pou evite malarya pwoteje moun 100%. Moun ka bay moun malarya. Moustik ka bay lòt moustik malarya. Transmisyon Plizye fwa, moun atrape maladi malarya lò yon moustik ki enfekte ak parazit maladi a mòde yo. Se sèl moustik fanm, ki sòti nan fanmi Ànòfelès ki ka bay moun malarya. Lò yon moustik mòde yon moun ki deja enfekte, li tou pran maladi malarya a ki nan san moun la. Apre yon semenn, lò l 4

grangou ankò, moustik la al mòde yon lòt moun. Si moun sa pa gen malarya, moustik la ap bay li maladi a pandan l ap mòde l. Parazit malarya a ak krache moustik la ap antre nan san moun lan. dlo, ma dlo, ak marekay. Se la yo ka lage ze yo e repwodui. Anjeneral, moun ki pa gen iminite pou malarya - tankou fanm ak timoun piti - ka atrape maladi a, e gen anpil chans mouri. Moun ki abite nan kote ki pa gen bon enstitisyon sante, enfòmasyon, oubyen lajan, gen anpil chans atrape maladi sa. Se moun sa yo ki gen plis chans mouri ak malarya. Kèk Sentòm Paske maladi a rete nan globil wouj moun, yo ka pran l si yo pataje san pa transfizyon san, zègwi ki kontamine, elatriye. Manman ki enfekte ak maladi sa ka bay pitit yo maladi a avan oubyen lò yap akouche. Sa rele malarya konjenital. Ki moun ki nan risk Tout moun ka atrape maladi sa, men gen kèk kote ke moun ka ekspoze a parazit la plis. Moun ki abite nan peyi twopikal yo gen anpil chans atrape malarya. Se nan kote ki fè cho e ki gen anpil imidite ke moustik rete. Yo abite nan forè ak kote ki gen lonbraj pou repwodui. Moun ki abite nan peyi ki gen plizyè sous dlo gen risk tou. Bèt yo renmen basen 5 Lò yon moun gen maladi malarya a, anpil fwa yo montre kèk siy. Moun malad la ka gen: lafyèv pèsistan ki fè tanperati li vinn cho e frèt. frison mis fè mal fatig tèt fè mal zekourèl vomisan dyare anvi vomi Malarya ka lakòz lòt maladi; an patikilye maladi yo rele lajonis* ak anemi*. Ak maladi sa, moun ka pase kèk pwoblèm andan kò yo tou tankou: 6

larat ki grandi Si yon moun gen maladi malarya P. falciparum, epi yo pa trete tèt yo, yo ka devlope sentòm tankou: echèk ren yo kriz konfizyon mantal koma lanmò Anpil fwa, nan peyi ki pa twò devlope, moun pa reyalize tò yo fè kò yo lò yo pa swiv règ medikal. Pou evite konplikasyon, lò Souvan, li pran 10 jou rive 4 semenn pou yon moun ki enfekte montre siy maladi a. De kalite malarya - P.ovale ak P.vivax - ka enfekte moun plizyè fwa. Nan de enfeksyon sa yo, parazit malarya a ka rete andan kò moun lan pou kèk mwa, oubyen 4 ane apre moun la te mòde. Lò parazit yo atake globil wouj yon moun, yo vin malad. Trètman yon moun ap pran medikaman pou trete yon maladi, yo dwe pran l pou tout jou doktè a preskri l! Lakay/ Nan zòn Gen tretman ki ka fèt nan zòn ak kay ki enfekte ak moustik malarya. Trètman sa yo rele kontwòl vektè epi yo sevi pou desann kontak moun gen ak bèt ki kenbe maladi. Medikal Si yon moun montre siy malarya, li dwe resevwa trètman bonè. Pi bon tan pou sa fèt se avan maladi a vin twò serye. Malarya ka geri ak plizyè medikaman. Kalite medikaman an, ak konbyen tan moun la sipoze pran l, depann sou kalite maladi a. Li depann tou sou: kote moun nan atrape maladi a, laj moun lan, si yo ansent, ak jan yo malad. DDT Espre Rezidi 7 8

DDT Espre Rezidi itilize yon ponp men pou flite andan kay moun ak yon ensektisid*. Lontan, syantis te kwè ke metòd sa te ka elimine malarya nan plizye peyi; men, paske moustik yo te vin reziste likid la, sa pa t fin reyalize. Jodi a, moun kontinye itilize metòd sa pou trete maladi malarya a ak maladi tibèkiloz. Moustikè ki trete ak ensektisid Trètman sa itilize yon filè pou pwoteje moun de moustik. Sèl sa yon moun bezwen fè se antre anba moustikè a; epi l ap anpeche moustik antre. Nan peyi Ayiti, anpil moun deja sevi ak tretman sa a, men nas yo pa gen ensektisid sou yo. Se likid sa ki vrèman pwoteje moun paske l tiye moustik yo avan yo ka mòde moun. Kalite moustikè sa yo desann nimewo moustik ki antre nan kay tou. Nas sa yo varye nan lajè, trètman, ak materyo. Gen remèd tradisyonèl ki ka trete 9 sentòm fizik yo -tankou lafyèv- men, yo pa ka geri parazit la. Poutèt sa, moun malad dwe vizite yon doktè ki ka ba yo bon medikaman. Jan pou anpeche maladi malarya Gen plizyè medikaman ki ka ede anpeche malarya. Anpil nan medikaman sa yo prezante sou fòm tablèt, e yo depann sou: kote moun abite sou te a, istwa medikal yo, laj yo, ak lòt eleman sante. Konsa, moun ka jwenn medikaman ki bon pou yo lò yo mande doktè. Si n ap achte medikaman pou malarya, fòk nou fè atansyon ak kalite dwòg n ap achte. Anpil fwa, gen remèd ki pa bon paske yo fèt chèch. Yo ka gen vitamin fò andan yo tou, e poutèt sa, yo ka pa ba ou pwoteksyon ke ou bezwen. Se sa k fè li pi bon pou moun mande doktè pou medikaman malarya. Li ka chwazi yon bon medikaman ki pi bon pou sante yon moun. Gen de pwodui chimik nan medikaman doktè preski pou prevni malarya. Yo rele chloroquine* ak mefloquine*( non angle). Pa gen anpil enfòmasyon sou danje eleman sa yo; konsa, doktè pa ka di anpil pou yo. An menm tan, yo panse pwodui chimik sa yo pa ka mete fanm ansent ak pitit yo an danje. Manman kap bay pitit yo tete bezwen konsilte yon doktè avan yo pran medikaman 10

malarya yo. pwoblèm anjeneral, fòk yo gen sipò gouvènman yo. Pou epidemi malarya a, gouvènman an jwe yon wòl enpòtan, paske yo dwe pran wòl lejislatif nan tout pwojè yo. Pèp peyi a bezwen tande epi suiv direksyon gouvènman yo genyen pou epidemi an ka vrèman kalme. Jodi a pa gen yon vaksen pou malarya. Parazit maladi a vrèman konplike, e fòm li ap toujou chanje. Nonm syans yo ap travay pou jwenn yon vaksen. Paske gen anpil trètman pou malarya, men pa gen youn ki tiye maladi a, rechèch pou jwenn bout maladi sa se youn nan pi gwo rechèch nan domèn lasante. Gen kèk bagay senp moun ka fè pou prevni maladi sa. Yo ka: flite kò yo ak pwodui antimoustik e mete chemiz manch long ak pantalon long lò yo deyò nan nuit la. flite lakay yo (mi yo) ak espre moustik pou tiye moustik ki vle antre. dòmi anba moustikè Sa Syans genyen pou kontwole epidemi sa Si yon pèp vle kontwole yon 11 Katografi Moustik Katografi Moustik se yon fòm kontwòl ki itilize enfòmasyon syantis yo jwenn nan eleman meteyoloji pou suiv moustik. Gen plizye teknik yo itlize pou jwenn done sa yo. Nan youn nan teknik yo, syantis itilize esatelit pou pran foto sansoryèl. Foto sa yo make kote pi gwo popilasyon mousitk yo ye. Pi bon aspè foto sa yo se ke yo: fè moun wè anpil peyi nan yon sèl tan, yo klè anpil, epi yo inifòm. Gen yon jan pou pran done ki rele modèl CLIMAX. Enstriman sa te fèk devlope nan 1995, epi-l suiv kote moustik yo ale lò klima a chanje. Modèl MOZ (Malaria Potential Occ) se yon lòt kalite zouti pou pran enfòmasyon. Li estime chanje risk malarya poze. Enfòmasyon sa yo baze sou maksimòm tanperati ak imidite parazit yo bezwen pou yo devlope. Yon lòt modèl gen non GIS (Geographic Information System). Teknoloji 12

sa make e analize kote moustik yo ye nan yon rejyon, epi-l analize tout aspè ekolojik ki kontribye ak distribisyon moustik yo. Enfòmayson sa ka ede syantis devlope pi bon pwogram pou kontwole moustik yo. Pwogram GIS envestige plizyè bagay tankou: mwayèn moustik vole, kote ki ka gen epidemi malarya, ak moun ki nan danje pou atrape maladi a. Modèl sa yo ka separe nan de kategori: modèl estatistik ak modèl dinamik. Modèl Estatistik Modèl sa yo konpare moustik malarya ak varyab transmisyon e kondisyon lokal (tanperati, imidite, elatriye). Enfòmasyon pi enpòtan ke modèl sa yo pran se jwenn nan ki rejyon moun ka resevwa maladi malarya pi souvan. Modèl Dinamik Modèl sa yo konpare kondisyon klima yo. Yo ede moun pran desizyon enpòtan ki baze sou prediksyon tanperati. Kèk Estatistik sou travay modèl moustik la Travay sa difisil anpil, epi l limite. Li konsantre sou efè chanjman global genyen sou sante monn la. Li endike enpòtans eleman yo ki patisipe nan chanjman global lan. Travay sa yo amelyore diskisyon piblik, edikasyon, ak kreyasyon prensip. Yo analize plizyè relasyon kòz ak efè ki baze sou bon enfòmasyon ak panse entelektyèl. Travay sa grandi konesans nou genyen sou chanjman global ak efè l genyen sou sante moun. Pwoblèm ak kontwòl ak trètman maladi Youn nan pi gwo pwoblèm ki genyen nan plizyè peyi (ki afekte ak gwo maladi) se ke moun yo pa edike sou maladi yo. Anpil fwa, moun yo pa konn sa maladi a ye; oubyen yo pa konn kouman pou prevni l. Konsa, yo tou mouri san rezon. Lò moun nan peyi sa yo konnen yo gen yon maladi sevè, y al pran preskripsyon nan men doktè. Men, anpil fwa, yo pa pran medikaman an jan yo dwe pran l. Nan neglijans sa tou, moun mouri. Pi bon solisyon pou mank enfòmasyon se edikasyon. Gen anpil mwayen pou fè sa, men sa ki pi bon se sistèm edikasyon piblik lan. Sistèm sa ka fè plizye moun aprann de maladi ak metòd pou trete yo. 13 14

Kèk enfòmasyon rechèch Nan 1998, te gen yon gwoup nèg save ki te al nan peyi Afrik pou jwenn enfòmasyon sou malarya, ak trètman moun yo tap resevwa. Pandan yo t ap egzamine moun malad yo, syantis yo reyalize plizyè bagay: Lò moun konnen yo gen yon maladi ki ka afekte sante yo, yo pran aksyon pou anpeche l. Evalyasyon ekosistèm syèk la Evalyasyon ekosistèm syèk la se yon òganizasyon ki te fèt nan Nasyon Ini an nan 2001. Gwoup sa konsantre sou efè chanjman nan ekosistèm nan. Yo etidye ki jan chanjman sa yo afekte moun nan monn la. Gwoup sa travay tou sou sa ki ka fèt nan peyi lokal, nasyonal ak global; pou korije administrasyon ekosistèm lan, sante kretyen vivan ak povrete. Li eseye ede òganizasyon ki pa asosye avèk gouvènman yo nan plizye peyi. Kwayans gwoup sa se ke lò moun gen bon sante, yo gen chwa lib, bon relasyon ak moun, sekirite ak lapè nan kò yo. Li kwè ke bon sante depann sou kontèks ak sitiyasyon lokal, fizik ak sosyal yon moun. Lò moun konnen efè maladi a sou lavi yo ap gwo, yo pran aksyon pou konbat li. Si yon moun pa konn oubyen pa kwè nan metòd pou prevni ou kontwole yon maladi, yo pap pran aksyon pou eseye prevni l. Si yon pèp pa konnen danje yon maladi, yo p ap ka konnen ki kalite aksyon pou yo pran. Si yon pèp pa konn metòd pou kontwole yon maladi, yo p ap ka pran bon aksyon pou eseye anpeche l. Konsa, edikasyon nesesè anpil anpil. Evalyasyon ekosistèm syèk la gen anpil enfòmasyon ki ka ede moun nan nasyon ki bezwen ed. Li ka ede yo jwenn resous pou yo ka aprann kouman pou fè peyi yo pi enfòme sou, pa selman ekosistèm lan, men sou jan li afekte sante moun. Ou ka jwenn tout enfòmasyon gwoup sa sou wèbsayt yo: www.millenniumassessment.org 15 16

Espwa pou Lavni Sa nou ka toujou espere se ke moun vin pi edike, pa sèlman sou maladi malarya, men sou tout gwo devlòpman nan monn sa. Gen anpil moun ki manke enfòmasyon enpòtan paske yo manke resous ak teknoloji. Ann Ayiti, gen plizyè kote ki manke sistèm piblik ak sante. Moun nan rejyon sa yo pa gen avantaj lòt moun genyen ann Ayiti. Yo pa resevwa menm enfòmasyon sa yo. Pou rezon sa a, pèp Ayisyen an ta dwe pataje enfòmasyon nan peyi a. Lò yon pèp edike sou maladi, yo ka pran bon desizyon sante pou peyi yo. Lò yon peyi fè bon desizyon sante, lavi anpil moun ka sove. Nou espere ke syans ka devlope kèk metòd kontwòl ki pi alawotè e mwens chè pi devan. Konsa, tout peyi, gran ou piti, ka benifisye nan travay kontwòl la. Anemi Anopheles chloroquine Ensektisid Envètèbre lajonis Mefloquine P.falciparum P.malariae Diksyonè yon maladi kote yon moun manke nan globil wouj li, paske gen yon defisi nan pwoteyin ki nan san an ki transpòte oksijèn (emoglobin). yon kalite moustik ki ka kenbe parazit malarya e transfere maladi a bay moun. yon sibstans ke moun itilize pou kontwole maladi malarya. yon sibstans moun itilize pou tiye bèt. bèt ki pa gen zo. yon maladi kote po, ak lòt karaktè kò yon moun, vinn jòn paske gen twòp koulè bil nan san moun lan. yon dwòg moun itilize pou prevni ou trete Malarya lò sibstans chloroquine pa travay. pi danjre kalite parazit malarya a. yon parazit malarya. P. ovale yon parazit malarya. Parazit sa ka enfekte moun plizye fwa. P.vivax yon parazit malarya. Parazit sa ka enfekte moun plizye fwa. 17 18

Resous Enfòmasyon "About Malaria." Medicines for Malaria Venture. 2008. 27 June 2008 <http://www.mmv.org/article.php3?id_articl e=56>. Dictionary.com. 2008. <http://dictionary.reference.com/>. "Falciparum Malaria." Medicinenet.Com. 27 June 2008 <http://www.medterms.com/script/main/ar t.asp?articlekey=3374>. "HIV: is This the Breakthrough." Belfast Telegraph. 12 July 2008 <www.belfasttelegraph.co.uk/.../hiv_242899 d.jpg>. Kakkilaya, Dr. B S. "History of Malaria Parasite and Its Global Spread." Malaria Site: All About Malaria. 2006. 27 June 2008 <http://malariasite.com/malaria/history_par asite.htm>. "Malaria: Frequently Asked Questions." Centers for Disease Control and Prevention. 25 Oct. 2007. Department of Health and Human Services. 28 June 2008 <http://www.cdc.gov/malaria/faq.htm#2>. "Malaria Prevention and Treatment in Ivory Coast, West Africa." 28 June 2008 <icmrt.org/images/malariaimages/malaria_b lood.jpg>. "Misconceptions About Malaria and Mefloquine." 27 June 2008 <http://sprojects.mmi.mcgill.ca/tropmed/dis ease/malaria/miscon.htm>. "Money Plus: What is Covered?" Music. Medical University of South Carolina. 27 June 2008 <www.musc.edu/hrm/images/public/pills.jp 19 g>. "Mosquito Habitat." Kildeen Countryside Virtual Wetlands Preserve. 30 Apr. 2008. Twin Groves Junior High School. 28 June 2008 <http://www.twingroves.district96.k12.il.us/ wetlands/mosquito/mosqhabitat.html>. "Pregnancy and Newborn Support Programs." Thom Child and Family Services. 8 July 2008 <www.thomchild.org/images/pregnant.jpg>. "Some Hypotheses About a Possible Connection Between Malaria and Jet-Lag." A Blog Around the Clock. 27 June 2008 <http://scienceblogs.com/clock/2006/09/so me_hypotheses_about_a_possib.php>. Takken, Willem, Pim Martens, and Robert J. Bogers. ENVIRONMENTAL CHANGE AND MALARIA RISK. Dordrecht: Springer, 2005. x-139. Torres, Amparro. "Looking for answers in life? Here's your key..." Http://www.wisebread.com/looking-foranswers-in-life-heres-your-key. "UK Takes the Lead in Preventing Malaria Deaths." DFID. 27 Jan. 2005. 27 June 2008 <www.dfid.gov.uk/.../malaria-childwho.jpg>. Vilsaint, Fequiere, and Jean-Evens Berret. English Haitian Creole Dictionary. Northport: Educa Vision, 2005. Joanne Bartley University of Florida. Gainesville, FL. 2008 20