Gid Byenveni. Preparasyon pou tan w ap pase a

Similar documents
Evite kè sote moun genyen souvan nan afè bay tete

Amplwayè: Amplwaye: Dat Pèt: Nimewo Dosye: Nimewo Ka Leta:

REZIME AVI DEPATMAN TIMOUN AK FANMI FLORIDA RÈGLEMAN KONSÈNAN RÈGLEMAN SOU ENFÒMASYON AK JESYON PRIVE AK PWOTEKSYON ENFÒMASYON PÈSONÈL SOU SANTE

Florida History: Famous Floridians: Henry Morrison Flagler

FLORIDA HEALTHY KIDS CORPORATION AVI SOU PRATIK PWOTEKSYON EFÒMASYON PRIVE

Gid pou Lè Gen Lanmò. Boston Medical Center Biwo Zafè Moun ki Mouri. Telefòn: Faks:

Financial Assistance Documents Texas Health Huguley

SAMPLE LETTER TO PARENTS (USE SCHOOL LETTERHEAD) ELEMENTARY SCHOOL INTRODUCTORY LETTER FOR HGD UNIT KINDERGARTEN-FOURTH GRADE.

Chanselye a ELÈV KI ANSENT OUBYEN KI GEN PITIT AK KONFIDANSYALITE NAN SANTE REPWODIKTIF REZIME CHANJMAN YO

Gid Paran pou Jadendanfan Volontè

DEZYÈM LIV KESYON KI BAZE SOU YON SERI DOKIMAN (DBQ) 16 NOVANM Ekri non w ak non lekòl ou an lèt majiskil sou liy ki anwo yo.

Florida Healthy Kids (Timoun Ansante nan Florid) Liv pou Manm yo Mwa me 2018 Sèvis Kliyantèl:

ST. VINCENT S MEDICAL CENTER. POLITIK KONSÈNAN ASISTANS FINANSYÈ Koumanse 9 me 2017

Pou plis enfòmasyon, tanpri rele nan (305)

Règleman Asistans Finansye & Faktirasyon/Règleman sou Koleksyon. Règleman sou Asistans Finansye

Nou la pou ou. Manyèl pou Manm. Aetna Better Health of New York. aetnabetterhealth.com/newyork NY

(ii) Bay enfòmasyon ki klè konsènan kritè kondisyon kalifikasyon pou fè aplikasyon ak metòd pou aplike pou jwenn èd finansye;

AETNA BETTER HEALTH SM FIDA PLAN Rezime sou Benefis pou 2017

CORNERSTONE, Level A: Haitian Creole Translations

BOSTON REGION METROPOLITAN PLANNING ORGANIZATION

ekouvri Lekòl Piblik Boston Fanmi Boston gen chans pou yo gen plis chwa pou edikasyon pitit yo pase prèske tout lòt kote nan Etazini

Sa se yon dokiman legal enpòtan. Tanpri gade li nan kote ki an sekirite.

PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SNAP SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM (SNAP) APLIKASYON/RESÈTIFIKASYON

Lekòl Piblik Boston. Byenveni nan Lekòl Nou yo.

APLIKASYON/RE-SÈTIFIKASYON NAN PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM, SNAP)

Vin jwenn nou pou yon randevou entènasyonal sou. Pwpozisyon pou Pri tikèt MBTA

4THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

GID POU LEKÒL PIBLIK BOSTON POU FANMI AK ELÈV

Atelye MIT ap fè sou teknoloji pou metòd aprantisaj aktif ki chita sou resous pedagojik san baryè Le Plaza, Pòtoprens, Ayiti, janvye 2013

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

Chwazi yon Lekòl Segondè: Yon Mesaj pou Elèv ak Fanmi yo

Maladi Malarya: Enfòmasyon ou dwe konnen

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: 1FES 64. Tab Number: 63 CE FES 1D: Document Title: Document Date: Haiti.

Emerante De Pradines: Good morning Mr. Watson. Emerante De Pradines: Bonjou Msye Watson.

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

Règleman/Pwosedi Tit: Règleman Èd Finansye - Dat anvigè: Janvye 2016 Charity Care Depatman: Sik revni # Règleman: 2209 Paj 1 sou 17

8 YÈM ANE NIVO ENTÈMEDYÈ

NÒM DISIPLIN AK MEZI POU ENTÈVNI NAN TOUT VIL LA {KÒD DISIPLIN} Depatman Edikasyon vil Nouyòk. Joel I. Klein Chanselye Haitian Creole

AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Plan Avi Anyèl sou Chanjman ak Ti liv pou Patisipan pou 2017

Prentan Sistèm sa a san danje, an sekirite, legal ak vit.

C h a p i t 5 Prevansyon enfeksyon. Nan chapit sa a: Prevansyon enfeksyon sove la lav Prevni enfeksyon lè w evite jèm...52

SEKSYON PRATIK POU F È APÈL NAN BAWO FLORID LA

Moffitt Cancer Center

Kontni. Prepare ou: Kreye yon Plan pou Katastwòf Yon Plan pou Moun ki Enfim Definisyon Sitiyasyon Ijans Evakyasyon...

Gid Politik Pou Elèv ak Fanmi yo

Ce document ne peut être reproduite et / ou adopté en tout ou en partie à condition qu'il n'y a pas de changement important dans le contenu, les

PINGA OU VIRE PAJ SA A TOUTOTAN YO POKO DI W VIRE L.

James H. DeGraffenreidt, Jr. Prezidan Konsèy Administrasyon Edikasyon l Eta. Nancy S. Grasmick Sipè-entandan L Eta pou Lekòl

Katalòg Pwodwi Sante pou Ane 2015

Non Elèv la. Non Lekòl la

Egzèsis sou ADN Glikozilaz - nivo 1-2

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 21 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

DWA AK RESPONSABILITE LOKATÈ

POU PLIS ENFOMASYON / parents/ spanish/ default.htm oswa ale nan: Rechech: Regleman Konduit Elev yo

TANPRI PATAJE DOKIMAN SA Disponib an Panyòl, Kreyòl, oubyen Gwo Postè sou Demann

Plan AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Anyè ki gen enfòmasyon pou Pwofesyonèl Swen Sante ak Famasi pou Ane 2016

Kijan pou touche jijman lajan Collecting a Money Judgment Haitian Creole

Sa Kap Swiv la se Manyèl de Baz Elèv ak Fanmi ki kouvri Règ Debaz ak Règleman Lekòl City on a Hill

DRAFT ETA FLORID PLAN CONSOLIDATED JULY 1, JUNE 30, 2020

Pati B Avi konsènan Mezi Pwoteksyon pou Paran ak Elèv Andikape yo

Gid Chwa ak Enskripsyon. Chemen Enskripsyon An

Èd Apre Dezas. FEMA 545 / Jiyè Gid Aplikan pou Pwogram Endividyèl & Familyal

GID PREPARASYON KADIJANS LAFLORID

KONTRAKTE KI NAN FLORIDA K-AP TRAVAY NAN JADEN/ CHEF EKIP LIV POU ETIDYE POU EGZAMEN-AN

Konsey Pou Prepare w Pou Siklon

PWOGRAM ANSEYMAN ENDIVIDYALIZE (IEP) DEPATMAN ANSEYMAN LETA MARYLAND (MSDE) DIVIZYON ANSEYMAN ESPESYAL / SÈVIS ENTÈVANSYON BONÈ

POU ELÈV LEKÒL MWAYÈN AK LEKÒL SEGONDÈ YO NAN LEKÒL PIBLIK BOSTON

Klas 6 yèm pou 12 yèm ane

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 26 janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

AmericasBarometer: Ayiti, 2010 Vanderbilt University Dwa resève.

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

Klas 6 yèm ane pou 12 yèm ane

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN VIVAN. Vandredi 28 janvye :15 pou 12:15 p.m.

EVCS Nouvèl. ~ Byenvini~

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 19 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

YON LEGLIZ KI AN SANTE KATRIYÈM EDISYON. Mark E. Dever. 525 A Street NE Washington, DC Phone (202) , FAX (202)

LIV REGLEMAN SOU KONDWIT ELÈV

VIL PEYI DAYITI YO:AKSYON POU JODI A AK YON KOUDÈY SOU DEMEN REZIME

Manyèl Fanmi ak Elèv

KONTRA ANT WALT DISNEY PARKS AND RESORTS U.S. SERVICE TRADES COUNCIL UNION (REGILYE PART TIME) EFEKTIF 30 Mas, 2014

Is Konektikèt GID POU SA KI FÈK VINI YO. Sa se yon gid sou tout vil, minisipalite, ak lòt sèvis kin nan zòn Is Konektikèt la

Liv Referans Anplwaye yo & Enfòmasyon sou Benefis

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ. Jedi 19 Jen :15 jiska 4:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

6323 Seventh Avenue Brooklyn, NY 11220

Biwo Fonksyònman Lekòl Règ Komisyon Konsèy Lekòl 5500

GID PARAN ak GADÒ Lekòl Piblik Somerville. 8 Bonair Street Somerville, MA

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY LIV ENFÒMASYON POU PARAN AK ELÈV (TYPE ALL CAPS) INSERT SCHOOL NAME INSERT SCHOOL ADDRESS INSERT SCHOOL OFFICE NUMBER

Pou Tout Elèv Nou yo:

West Boca Raton Community High School

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAM VIVAN

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ. Jedi 24 Janvye :15 jiska 4:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 23 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 17 Jen :15 jiska 4:15 p.m., sèlman.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Jedi, 29 janvye :15 a.m. pou 12:15 p.m.

Transcription:

Gid Byenveni Preparasyon pou tan w ap pase a

SA KI NAN LIV LA Byenveni...Paj 1 Fason pou ede pitit ou pare...paj 2 3 Sa pou pote pou tibebe ou...paj 4 5 Rankontre ekip swen kadyak ou...paj 6 Klinik Anvan Operasyon...Paj 7 Kote pitit ou ka resevwa swen sante...paj 8 Fason pou deplase nan lopital la/kat kanpis la...paj 8 9 Lè w ap kondi pou vini nan lopital la...paj 10 Pakin ak sèvis transpò...paj 11 Lojman ak atraksyon...paj 12 13 Glosè sou kè...paj 14 15 Nòt...Paj 16

Byenveni Nou konnen preparasyon pou vini nan lopital la pou swen kè mande anpil etap epitou sa poze anpil kesyon. Pandan w ap prepare ou pou vwayaje pou vini nan Boston Children s Hospital Heart Center kit w ap soti toupre a, nenpòt kote nan peyi a oswa nan mwatye yon monn pou vini nan lopital la nou swete gid sa a pral bay repons pou kèk nan enkyetid imedyat ou epitou nou swete li pral ede mete ou ak fanmi ou alèz. Isit la nan Boston Children s, doktè nou yo, enfimyè nou yo ak lòt ekip la pase tan chak jou pou konnen fanmi yo tankou fanmi pa ou. Nou enterese a pasyan yo depi nan tibebe ki nan vant pou rive nan adilt yo avèk tout kalite maladi kè, depi nan sa ki pi komen pou rive nan sa ki pi ra ak pi grav. Nou gen youn nan pwogram kè ki pi gwo epi ki gen plis eksperyans nenpòt kote nan lemonn, epi nou itilize teknoloji ak pwosedi ki pi avanse pou bay chak pasyan rezilta posib ki pi bon an. Anplis swen medikal ak swen chirijikal espè nou bay, nou pran angajman tou pou konprann ak satisfè bezwen enpòtan yo pou chak nan pasyan nou yo ak fanmi yo ansanm ak bezwen pou sipò, konsèy, enfòmasyon ak yon zòrèy pou koute. Si ou gen nenpòt kesyon anvan, pandan oswa apre tan ou pase nan lopital la, tanpri ou mèt poze doktè ou oswa yon manm ekip enfimyè ou kesyon an. Ou kapab kontakte Hale Family Center for Families nan nimewo 617-355-6279 oswa center.families@childrens.harvard.edu pou jwenn plis enfòmasyon sou resous ki disponib yo nan lopital la ak nan kominote a. Ou se yon manm enpòtan nan ekip swen sante a, epitou n ap mete ou nan pwosesis la nan chak etap. Ak tout kè nou, Ekip Boston Children s Heart Center 1

FASON POU EDE PITIT OU PARE Obsève endis pitit ou Pifò timoun ap chèche repons pou twa (3) kesyon lè yo vin konnen yo prale nan yon lopital: Kimoun ki pral rete avèk mwen? Kisa doktè yo pral fè? Èske sa pral fè mwen mal? Bagay senp ki pi enpòtan paran yo kapab fè se fè yon dyalòg ouvè ak onèt avèk pitit yo. Si ou diskite sou ospitalizasyon ki pral fèt la nan fason ki apwopriye pou laj pitit ou, ou kapab elimine anpil laperèz pitit ou ka genyen. Obsève endis pitit ou Chak timoun diferan. Kèk timoun kapab egzamine plis enfòmasyon pase lòt yo. Èske pitit ou gen pwoblèm pou kontwole sitiyasyon ki bay estrès? Èske li egzamine enfòmasyon yo pi byen an ti kantite? Siveye ekspresyon figi ak langaj kòporèl pandan diskisyon yo konsènan lopital la. Si pitit ou kòmanse montre siy estrès, se ka moman pou fè bak enpe (men planifye pou retounen sou sijè a yon lòt moman). Toujou sonje moman an Timoun ki pi jèn yo jwenn avantaj nan preyavi ki pi kout sou yon vwayaj ki pral fèt pou ale nan lopital, anjeneral apeprè twa (3) a kat (4) jou davans. Ou ta dwe di timoun ki pi gran yo sa davans. Li apwopriye pou di yon timoun ki gen laj pou lekòl sa davans. Nan fason sa a, li gen tan pou egzamine enfòmasyon yo epi pou poze ou kesyon. Ou ta dwe fè adolesan yo patisipe nan pwosesis la depi nan etap kòmansman. Retounen sou konvèsasyon an Anjeneral yon diskisyon pa ase. Apre yon konvèsasyon, pitit ou ka pase plis tan ap reflechi ak devlope kesyon. Santiman yo ka chanje. Si ou kòmanse diskisyon an plis pase yon fwa sa ap bay pitit ou yon chans pou reflechi sou bagay yo. Sa ap ba ou yon chans tou pou prepare yon diferan eksplikasyon oswa pou jwenn nouvo fason pou bay konsolasyon. Montre ou dinamik Ankouraje pitit ou pou li fè ou konnen santiman li sou ospitalizasyon, operasyon oswa lòt pwosedi ki pral fèt la. Travay atistik ak modèl ka yon mwayen ekspresyon ki enpòtan. Ou kapab ankouraje adolesan yo pou yo fè jounal santiman yo, pou pèmèt yo travay sou yo anprive pafwa sa enpòtan anpil nan etap sa a. Pratike teknik pou rilaks kòm yon fanmi Nan kèk jou ak semèn anvan ospitalizasyon an, vin abitye ou avèk kèk egzèsis respirasyon senp ak kèk egzèsis pou rilaks. Si ou pratike fason pou diminye estrès la nèt sa kapab fasil pou ou ak pitit ou. Anjeneral, teknik pou rilaks pi efikas lè paran yo patisipe ansanm avèk pitit yo. Pou jwenn plis enfòmasyon, rele Office of Child Life Specialists (Biwo Espesyalis Lavi Timoun) nan nimewo 617-355-6551 oswa rele Cardiac Preoperative Clinic (Klinik Anvan Operasyon Kadyak) nan nimewo 617-355-7932. Jwenn kè ki kache yo Nou kache imaj kè toupatou nan tiliv sa a. Pandan w ap pare ou pou vwayaje pou vini nan lopital la, gade konbyen kè kache oumenm ak pitit ou kapab jwenn. Fè pitit ou patisipe Kèlkeswa lè li posib, bay pitit ou chwa pandan tan w ap pase nan lopital la, tankou pou li chwazi aktivite (gade yon film oswa jwe yon jwèt damye?) oswa pou li chwazi kolasyon (baton kawòt oswa ba sereyal?). Bagay senp ki pi enpòtan paran yo kapab fè se fè yon dyalòg ouvè ak onèt avèk pitit yo. Fè pitit ou patisipe lè w ap deside sa pou pote nan lopital la epi anbale sache yo ansanm. Lè li konsène adolesan, mande yo sa yo bezwen pou fè ospitalizasyon an pi fasil. Si ou mete timoun nan anpil kantite chwa ki posib konsènan lopital la sa ap fè yo santi yo gen plis kontwòl sou sitiyasyon an, ki kapab soulaje estrès la. 2 Boston Children s Hospital Heart Center

Fikse limit yo Nòmalman pifò timoun pè pwosedi medikal yo ak pèsonèl medikal. Li enpòtan pou paran yo rekonèt ak elimine laperèz yo, men tou pou yo ranfòse lide ki endike manman ak papa yo ap travay nan tèt ansanm avèk doktè yo ak enfimyè yo pou asire pi bon swen sante ki posib la. Pote kay ou nan lopital la Lè w ap anbale bagay yo pou vwayaj ou, pote zòrye, nounous, pantouf konfòtab ak dra espesyal pou kouvri. Pote nenpòt sa ki fè lopital la sanble pi cho ak pi alèz oswa ki kapab fè ou sonje lakay ou. plis enfòmasyon sou sèvis ak enstalasyon lopital la, ak sou fason pou deplase nan lopital la lè ou isit la. Si li apwopriye, pasyan ki aje yo ka gen posiblite pou fè yon ti vizit nan inite lopital la kote yo pral rete a. Kontakte Boston Children s Cardiac Pre-Op Clinic nan nimewo 617-355-6095 pou jwenn plis enfòmasyon sou sèvis ki apwopriye pou laj nou bay pou chak pasyan. Si ou pa byen konnen si yo ta aksepte yon sèten atik nan lopital la, senpleman rele epi mande. Chèche konnen sa lopital la ofri Fè rechèch sou sitwèb Boston Children s, bostonchildrens.org, pou wè sa ki disponib. Sitwèb nou gen ladan videyo ak foto ki bay detay sou eksperyans lopital la yon fason pou timoun yo kapab gen yon lide reyalistik sou sa kantite tan y ap pase a ta ka sanble. Telechaje aplikasyon mobil gratis Boston Children s MyWay nan Apple s App Store oswa Android s Google Play Store pou jwenn 3

SA POU POTE POU TIBEBE OU Lis sa a, se Amber, manman yon tibebe ki te gen ipoplazi vantrikilè goch nou te trete isit la nan Boston Children s, ak enfimyè pratisyen Terra Lafranchi, RN, MSN, NP-C, ki te kreye li. Kontakte enfimyè ou pou jwenn sèten rekòmandasyon pandan tan ou pase nan lopital la. Zòrye ak gwo dra pou kouvri ki pou fè ou alèz Pafwa sèl fason pou kontwole estrès byen se eseye dòmi. Yon move zòrye p ap ede ou nan sitiyasyon an. Mwen konnen sa sonnen dwòl, men se vrèman yon bagay mwen swete te reflechi sou li. Matla alveyole Panse nou te pase twa (3) semèn ap dòmi sou yon chèz. Alveyòl la te fè yon gwo diferan. DVD yo ak lektè DVD/ òdinatè pòtatif Liv/magazin Soulye anti-derapan Ou kouche epi ou leve ase souvan, kimoun ki vle jwe avèk lasèt? Pijama de (2) pyès pou pitit ou Pijama ki gen bouton pou peze epi ki pa gen pye. SAN ZIP! Liy yo ak tib yo ap fè zip yo epi pijama ki gen pye yo enposib. Chosèt ak chapo Yo konsève kalori yo lè yo kenbe chalè landan yo. Kamera Mwen vle pou yo fè yon foto tibebe ou avèk tout enfimyè li yo. Yo tout se yon benediksyon pou nou epitou y ap toujou fè pati nan istwa li. Lè n ap resevwa dra pou kouvri Yo pi bèl pase dra pou kouvri nan lopital la, yo pi mou epi yo pi pèsonèl. Pandan tout lòt manman yo lakay ap mete tibebe yo nan krèch yo prepare yo pou yo, nou manman ki gen pitit yo k ap fè operasyon kè bezwen fè yon krèch deyò yon chanm lopital la. Li te enteresan pou wè bagay moun pa nou yo te ban nou ki te anbale toutotou tibebe nou. Ti nounous Enfimyè yo ap itilize yo pou kore tib yo, bra, janm... epi menm tibebe a. Ti dra kare pou kouvri Nou te jwenn youn nan dra sa yo pou kouvri pou tibebe nou epi enfimyè yo te itilize li toutan. Se te yon fason ki enteresan pou kouvri li paske li pa t kapab mete rad. Mwen rekòmande pou yo pote twa (3) sizoka yo vin sal. 4 Boston Children s Hospital Heart Center

Planifikatè oswa jounal Yon planifikatè toujou bon pou note eta sante jeneral pitit ou chak jou epi pou swiv lè dòz yo ak medikaman yo te chanje oswa sispann. Ou panse ou sonje, men ou tèlman timid. Mwen te note tout bagay epi mwen toujou ta chèche ladan. Ou panse ou gen kontwòl si ou note bagay yo epi si mwen te santi mwen t ap bay èd enpe. Epitou, si ou konsève yon jounal, li kapab yon soulajman pou eksprime emosyon yo epitou li kapab ede ou pita lè ou retounen ladan nan sa ou te ye. Lè ou pral ou abiye W ap vle fè yon gwo kantite foto! Move wout Pou ede avèk pwoblèm vomisman lèt oswa pou ede kalme yon tibebe difisil. Foto fanmi an Pou mete nan chanm nan oswa sou bèso a. Chèz tibebe a nan vwati Pou kite lopital la. Kiyè mezi Nou te rete nan Boston pandan yon semèn apre egzeyat la epi nou te bezwen mezire lèt anpoud li. Nou te itilize yon tas medikaman epi sa pa t fasil. Si ou te gen yon vrè kiyè ak ti kiyè sa te ka pi bon. Lenjèt Zòrye pou bay tibebe a tete Sa fè bay tibebe ou tete oswa bay li bwè nan bibwon pi fasil ak pi alèz nan lopital la. Chapstick Li kapab sèk anpil nan lopital la. Non ak nimewo telefòn pou famasi ou pito ki toupre lakay ou. No ak enfòmasyon pou pedyat ou Non ak enfòmasyon pou kontakte moun ou kapab mande èd Lide bagay pou mande èd pou yo gen ladan acha manje angwo, pran swen lòt timoun, kwit manje, tcheke kay la pou kourye oswa sekirite, netwayaj ak lesiv, pran oswa anile randevou, fè koutfil, kondi oswa èd avèk sèvis transpò, pran swen bèt kay, rete avèk ou nan lopital epitou rete bò kabann nan pou ou kapab pran yon repo. Bibwon/tetin Lopital la te bay bibwon ak tetin, men mwen te vle itilize kalite mwen te genyen lakay mwen. Li pa t janm nesesè pou mwen pote pa mwen oswa pou mwen achte kèk. Si ou vle tibebe ou itilize yon sèten melanj bibwontetin, pote pa ou. Kèk lòt ti konsèy itil fanmi Heart Center Pa pè poze kesyon epitou pa pè fè konnen tout enkyetid ou genyen nan tèt ou. Poze menm kesyon an anpil fwa si ou pa konprann repons lan. Si ou kapab, batay kont anvi pou rete reveye pandan tout lannwit lan epitou eseye repoze ou. Menm yon ti dòmi ap fè yon gwo diferans nan pwochen jou a, sitou si ou te gen yon moun avèk ou pou dòmi nan diferan peryòd. Sonje pou rasanble rad ki apwopriye pou sezon an nan Boston. Tan an kapab frèt anpil nan sezon livè ak cho anpil nan sezon lete, epi pafwa tan an chanje anpil ant yon ak lòt jou a. Asire ou pran swen tèt ou (dòmi, benyen, manje) epitou pran avantaj resous ki la pou fanmi yo. Tankou santi ou pi byen tank w ap kapab ede pran swen pitit ou. 5

RANKONTRE EKIP SWEN KADYAK OU Isit la nan Boston Children s Heart Center, w ap travay nan tèt ansanm avèk yon ekip swen espè, tankou: Kadyològ Kadyològ yo dekouvri ak kontwole maladi kè. Anpil espesyalize nan yon aspè swen kadyak, tankou kateteris oswa ekokadyografi (gade glosè nou nan paj 14). Boston Children s gen plis pase 70 kadyològ nan ekip la. W ap gen yon kadyològ prensipal, men lòt kadyològ yo ka patisipe tou nan diferan pati plan tretman ou. Chirijyen kadyak yo Chirijyen kadyak yo fè operasyon pou trete maladi kè. Nou gen sèt (7) chirijyen nan ekip ki nan Boston Children s, sa ki fè pwogram nou an vin youn nan pi gwo pwogram operasyon kadyak espesyalize nan lemonn. Nou gen yon istwa long nan domèn nan tou: Premye operasyon pou korije yon defo kadyak konjenital sou timoun te fèt nan Boston Children s nan ane 1938. Enfimyè kadyo-vaskilè Plis pase 300 enfimyè kadyo-vaskilè espesyalize travay isit la nan Boston Children s. Yo evalye maladi chak pasyan epi yo bay swen dirèk, epitou yo bay sipò emosyonèl, enfòmasyon, edikasyon, ak kowòdinasyon swen. Yon enfimyè ap responsab pou pran swen ou toutan. Enfimyè pratisyen (Nurse practitioners, NP) yo Enfimyè pratisyen yo se enfimyè ki resevwa edikasyon avanse epi ki gen ladrès espesyalize nan swen kadyak. Yo patisipe nan anpil pati diferan dyagnostik la, jesyon an ak pwosesis kowòdinasyon swen an pou pasyan ki gen maladi kè. Asistan Doktè (Physician Assistants, PA) yo Asistan doktè yo pratik lamedsin anba sipèvizyon dirèk doktè yo ak chirijyen yo. Nan ekip swen kadyak ki nan Boston Children s, asistan doktè yo konsantre sou evalyasyon nouvo pasyan yo ak pasyan ki la deja, entèpretasyon dyagnostik etid yo, ak egzekisyon plan tretman yo pou pasyan ki gen maladi kè konjenital konplèks. Anestezis Anestezis nou yo gen fòmasyon espesyal nan itilizasyon anestezi pou pwosedi kadyak non sèlman sou timoun, men tou sou pasyan tout laj. Isit la nan Boston Children s, nou itilize anpil kalite teknik anestezi pandan operasyon yo depi na sedasyon lejè pou rive nan anestezi jeneral pou satisfè bezwen espesyal chak pasyan. Nou gen espesyalis kontwòl doulè tou ki kapab diminye nèt malèz nan pwosedi medikal yo epitou ki kapab ede pasyan yo siviv avèk doulè pandan y ap refè. Dyetetisyen klinik Dyetetisyen klinik yo se pwofesyonèl nitrisyon diplome k ap rezoud sèten pwoblèm rejim alimantè. Pa egzanp, anpil tibebe ki fèk fèt ki gen maladi kè bezwen yon lèt anpoud ki gen anpil kalori. Dyetetisyen nou yo ap travay avèk ou pou yo idantifye ak kontwole bezwen nitrisyon ou. Pèfizyonis Pèfizyonis yo se manm ekip Cardiac Operating Room (Sal Operasyon Kadyak) la. Yo prepare, siveye ak kontwole machin pontaj kadyak-pilmonè, nou itilize kèlkeswa lè li nesesè pou sipòte oswa ranplase sistèm sikilasyon san oswa fonksyon respiratwa yon pasyan pou yon ti tan. Lè nou mete yon pasyan sou machin nan, pèfizyonis lan kontwole tansyon li, tanperati li, ak lòt siy vital li anba sipèvizyon doktè ekip la. Espesyaliz Pwogram Newo-Devlòpmantal Kadyak Boston Children s gen youn nan sèl Pwogram Newo-Devlòpmantal Kadyak nan peyi a. Ekip pwogram nou an travay nan tèt ansanm avèk fanmi yo, lekòl yo ak lòt pwofesyonèl swen medikal pou idantifye nenpòt pwoblèm devlòpmantal oswa aprantisaj ki asosye avèk maladi kè yon pasyan, yo konsevwa plan tretman ki adapte pou chak pasyan, epitou yo ede chak pasyan vin gen tout posiblite li. Espesyalis resous Espesyalis resous Boston Children s yo la pou ede ou avèk enkyetid pratik (tankou lojman ak sèvis transpò). Nou rekòmande pou ou rele nou nan nimewo 617-355-6504 anvan ou vini nan lopital la yon fason pou nou kapab fè tout aranjman ki nesesè anvan ou rive. Kowòdonatè swen pasyan Kowòdonatè swen pasyan yo se enfimyè k ap ede ou avèk nenpòt aranjman pou planifye egzeyat ki ka obligatwa. Kowòdonatè yo ap kominike nenpòt enfòmasyon medikal enpòtan ki konsène ospitalizasyon ou ba konpayi asirans ou. Espesyalis lavi timoun Espesyalis lavi timoun yo se ekip ki resevwa fòmasyon pwofesyonèl epi ki itilize anpil kalite zouti ak teknik pou ankouraje devlopman emosyonèl, sosyal ak mantal chak pasyan pandan yon vizit nan lopital la. Espesyalis lavi timoun Boston Children s ede timoun yo konprann eksperyans swen sante yo ak adapte avèk eksperyans yo, epitou yo kapab ede paran yo konprann konpòtman yon timoun epi reponn pou sa pandan yo nan lopital la. Sikyat, sikològ ak konseye timoun Sikyat, sikològ ak konseye timoun ki nan Depatman Sikyatri Boston Children s disponib pou bay swen emosyonèl ak swen sipò pou jèn pasyan yo ak fanmi yo. Si ou ta renmen travay avèk yon pwofesyonèl sante mantal, doktè ou oswa enfimyè ou kapab ede ou pran yon randevou. Travayè sosyal klinik lisansye Travayè sosyal yo se espè nan ede fanmi yo adapte yo avèk konsekans emosyonèl yon maladi ak ospitalizasyon an. Paske chak fanmi ak chak sitiyasyon diferan, yon travayè sosyal ap disponib pou ede detèmine bezwen espesyal ou yo epitou pou ede ou avèk yo. Entèprèt yo Entèprèt Boston Children s pale plis pase 35 lang, ansanm ak Langaj Siy Ameriken. Entèprèt ak travayè sosyal ki pale Panyòl disponib 24 sou 24, epitou lòt entèprèt yo disponib sou yon baz lè li nesesè. Si w ap bezwen yon entèprèt, tanpri rele Interpreter Services (Sèvis Entèprèt) nou nan nimewo 617-355-7198 anvan ou vini nan lopital la pou nou kapab pare pou ou lè ou rive. 6

Klinik Anvan Operasyon Anvan ou fè nenpòt kalite operasyon kè nan Boston Children s Hospital, w ap pase sis (6) a uit (8) èdtan nan Klinik Anvan- Operasyon ( Pre-Op ) Kadyak nou. Nan vizit sa a w ap fè tout tès ak lòt evalyasyon ki obligatwa anvan pwosedi prensipal la. Men sa pou planifye ak sa pou espere: Tanpri planifye pou rive nan zòn anrejistreman ou--ki nan dezyèm etaj Farley Building epi ki make Pre-Op Cardiology (Kadyoloji Anvan Operasyon)--egzakteman alè nan lè ou gen randevou a. Akòz ase espas ki pa genyen, nou mande ou tanpri pou vini sèlman avèk de (2) moun ki pou akonpaye pasyan an. Tanpri vini avèk lèt sa a nan randevou ou. Ou mèt pote nenpòt jwèt, liv, jwèt oswa kolasyon ou renmen pou fè jounen ou pi konfòtab. Apre ou anrejistre, kadyològ ou ap rekòmande kèk tès pou ou--tankou ECHO, EKG, radyografi pwatrin oswa tès san. W ap gen posiblite pou rankontre avèk lòt manm ekip swen sante ou, tankou enfimyè pratisyen, chirijyen kadyak, anestezis ak espesyalis lavi timoun. Si ou ta vle, ou ka vizite Cardiac Intensive Care Unit (Inite Swen Entansif Kadyak) nou ak Cardiac Inpatient Unit (Inite Kadyak Pasyan ki Entène) nan moman sa a. Nan fen vizit ou, w ap resevwa enstriksyon alekri sou kilè pou rive pou operasyon an nan jou operasyon ak gid pou swiv sou sa pou manje ak bwè. Sizoka ou gen yon ijans ki pa prevwa, nou ka chanje dat operasyon ou. N ap fè tout sa nou kapab pou prevwa sitiyasyon sa yo epitou pou fè ou konnen dènye enfòmasyon yo pou sa. Rechèch Boston Children s Hospital gen yon long istwa nan fè etid rechèch pou kore misyon li pou amelyore swen sante timoun ki gen maladi kè. Sa vle di, anpil pwogrè ki bon pou swen pitit jodi a se rezilta dirèk etid sa yo nou te fè lontan. Anvan pwosedi ou/pitit ou, li posib pou nou mande ou pou patisipe nan youn oswa plis etid rechèch. Ou patisipe nan rechèch la si ou vle sèlman. Ou pa ta dwe santi ou anba presyon pou patisipe. Si ou pa vle patisipe, sa p ap gen konsekans sou okenn swen oumenm oswa fanmi ou ap resevwa nan enstitisyon sa a kounye a oswa pidevan. Ou gen kesyon? Rele ekip Klinik Anvan-Operasyon nou nan nimewo 617-355-6095. pòtay mychildren s MyChildren s se yon fason ki baze sou Sitwèb, ki fasil pou itilize epi ki pwoteje pou gen aksè nan enfòmasyon pitit ou - pou avantaj ou. Avèk MyChildren s ou kapab: Wè kèk pòsyon nan dosye sante pitit ou/moun ki sou kont ou Voye mesaj an sekirite ba yon klinisyen Mande yon randevou, epitou konfime oswa anile fiti randevou yo Wè enfòmasyon demografik Peye balans ou sou entènèt Jwenn plis enfòmasyon: aksè nan childrenshospital.org/mychildrens Boston Children s Hospital Heart Center 7

Kote pitit ou ka resevwa swen sante Boston Children s Hospital Heart Center pran swen pasyan ki nan anpil kote nan lopital la. Yo tout nan bon pozisyon isit la nan kanpis prensipal lopital la anba-lavil Boston. Cardiology Clinic (Klinik Kadyoloji) 2yèm etaj Farley Building Anpil tès pou pasyan ki entène yo tankou elektwokadyogram (EKG) ak ekokadyogram (ECHO) fèt nan Klinik Kadyoloji a. Operating Rooms (Sal Operasyon yo) (ki rele tou Surgical Suites ) 3yèm etaj Main Building (Bilding Prensipal) la Nou rezève twa (3) blòk operasyon lopital la sitou pou pasyan kadyak nou yo. Cardiac Catheterization Laboratory (Laboratwa Kateteris Kadyak) (ki rele tou 6 South ) 6yèm etaj Bilding Prensipal la Laboratwa Kateteris Kadyak nou gen ladan kat (4) sal teknik avanse ak yon chanm revèy ki gen 10 kabann. Nimewo prensipal: 617-355-6024 Cardiac Intensive Care Unit (Inite Swen Entansif Kadyak) (ki rele tou CICU oswa 8 South ) 8yèm etaj Bilding Prensipal la Apre pasyan yo fè operasyon kè, nou bay yo swen nan 8 South, Inite Swen Entansif Kadyak nou ki gen 29 kabann. Biwo resepsyonis: 617-355-8087 Inpatient Unit (Inite Pasyan ki Entène) (ki rele tou 8 East ) 8yèm etaj Bilding Prensipal la 8 East se yon inite ki gen 42 kabann kote pasyan nou yo rete si yo bezwen pase nwit nan lopital la (pa egzanp, si yo jwenn admisyon pou yon kateteris kadyak). Pafwa, nou transfere pasyan yo isit la tou apre yo jwenn egzeyat nan Inite Swen Entansif Kadyak la. Aranjman pou chanm senp oswa doub baze sou bezwen medikal ou/pitit ou epitou se yon sèl paran oswa responsab legal ki kapab rete pandan lannwit. Biwo resepsyonis: 617-355-8083 Fason pou deplase nan lopital la Lè ou rive nan Boston Children s Hospital, gen anpil fason pou asire ou rive nan bon direksyon an. Ale nan biwo enfòmasyon an Ou kapab toujou poze kesyon nan biwo enfòmasyon nou ki nan Main Lobby (Lòbi Prensipal) la, kote ekip amikal nou an ap reponn kesyon ou yo ak gide ou kote ou prale a. Ask Me! Pale avèk yon volontè anplwaye nan pwogram Ask Me!. Pandan lè ki gen anpil aktivite nan lopital la, w ap jwenn anplwaye sa yo ki chita nan Lòbi Prensipal la ak anlè eskalye prensipal la nan Pavilion Lobby (Lòbi Paviyon) an. Y ap kontan ede ou pou kesyon ak direksyon yo. 8 Boston Children s MyWay se yon aplikasyon gratis pou aparèy mobil ki gen direksyon yo etap-pa-etap pou anpil kote nan lopital la. MyWay kapab konekte ou avèk sèvis sipò tankou Center for Families and Child Life Services (Sant pou Fanmi ak Sèvis Lavi Timoun), epitou li gen lis pou restoran, otèl ak bagay amizan lokal pou fè avèk timoun pandan ou nan zòn nan. Telechaje aplikasyon an nan telefòn entèlijan ou nan Apple s App Store oswa nan Android s Google Play Store epi jwenn plis enfòmasyon sou sitwèb bostonchildrens.org/myway.

Boston Children s Hospital Heart Center 9

Si w ap sòti nan lwès Nan Massachusetts Turnpike (I-90) Pran Sòti 22 nan Copley Square/Prudential. Swiv liy goch la, ki rele Prudential Center, epi pran lwès Huntington Avenue pou rive nan Longwood Avenue. Vire adwat sou Longwood Avenue epi pase devan Harvard Medical School. Antre prensipal Boston Children s sou bò goch la. Garaj Pakin Boston Children s sou bò dwat la. LÈ W AP KONDI POU VINI NAN LOPITAL LA Si w ap sòti nan nò Sou Routes 1, 93 ak 28 Swiv pano yo pou rive nan Storrow Drive. Apre pano Copley Square/Massachusetts Avenue, vire agoch pou soti nan Storrow Drive ki make Fenway, Route 1. Vire nan kalfou adwat la ki make Boylston Street, Outbound. Nan kalfou prensipal la, ale toudwat nan Brookline Avenue, pase devan Kanpis Beth- Israel Deaconess Medical Center-East pou rive nan kalfou Longwood Avenue. Nan kalfou prensipal sa a, vire agoch pou rive sou Longwood Avenue. Antre prensipal Boston Children s Hospital sou yon distans de (2) blòk sou bò dwat la. Garaj Pakin Boston Children s sou bò goch la. Si w ap sòti nan sid Sou Routes 1, 28 ak 138 Apati Route 1, kontinye pou rive nan Jamaicaway. Apati Routes 28 oswa 138, kontinye nan Morton Street ak Arborway pou rive nan Jamaicaway. Kontinye nan Jamaicaway pandan w ap vire nan Riverway. Nan limyè sikilasyon Brookline Avenue, vire adwat sou Brookline Avenue. Kontinye nan twazyèm limyè sikilasyon an epi vire adwat nan Longwood Avenue. Antre prensipal Boston Children s sou yon distans de (2) blòk sou bò dwat la. Garaj Pakin Boston Children s sou bò goch la. Nan Route 128 Soti nan Route 9 East. Swiv Route 9 East pou rive nan Brookline Village. Apre ou pase devan kazèn ponpye a sou bò dwat ou, nan pwochen gwo kalfou a (nan apatman Brook House yo) vire agoch sou Brookline Avenue. Kontinye nan kat (4) limyè sikilasyon yo pou rive nan kalfou Longwood Avenue. Vire adwat sou Longwood Avenue. Antre prensipal Boston Children s sou yon distans de (2) blòk sou bò dwat la. Garaj Pakin Boston Children s sou bò goch la. Nan Route 9 Sou Route 9, kontinye pou rive nan Brookline Village. Apre ou pase devan kazèn ponpye a sou bò dwat ou, nan pwochen gwo kalfou a (nan apatman Brook House yo) vire agoch sou Brookline Avenue. Kontinye nan kat (4) limyè sikilasyon yo pou rive nan kalfou Longwood Avenue. Vire adwat sou Longwood Avenue. Antre prensipal Boston Children s sou yon distans de (2) blòk sou bò dwat la. Garaj Pakin Boston Children s sou bò goch la. Si w ap sòti nan Logan Airport Pran Sumner Tunnel pou rive nan Storrow Drive. Swiv direksyon Si w ap sòti nan nò ki endike anwo a. Yon lòt wout nan jou jwèt Red Sox Soti 18 sou Mass Pike (peyaj Allston/ Brighton). Antre nan Cambridge Street. Vire agoch nan Harvard Avenue. Pase devan Brookline s Coolidge Corner. Vire agoch nan Longwood Avenue. Travèse Riverway. Antre prensipal Boston Children s sou yon distans kat (4) blòk sou bò dwat la. Garaj Pakin Boston Children s sou bò goch la. 10 Boston Children s Hospital Heart Center

Pakin Sèvis estasyònman vwati Sèvis estasyònman vwati disponib 24 sou 24 pou yon frè siplemantè anplis frè regilye garaj pakin nan. (Nou pa reklame frè sa a pou vwati ki gen plak/pankat moun andikape yo.) Pou jwenn plis enfòmasyon sou sèvis estasyònman vwati, rele nimewo 617-355-4168 24 sou 24. Pakin pou moun andikape Pakin pou moun andikape disponib nan Antre Prensipal la pou fanmi pasyan yo ak vizitè yo. Pa gen frè siplemantè pou sèvis estasyònman pou vwati ki gen plak moun andikape yo. Garaj Pakin Boston Children s Garaj pakin nan ki louvri 24 sou 24 akote lari ki nan Antre Prensipal lopital la nan kwen Blackfan Circle ak Longwood Avenue. Pou konnen tarif pakin nan enfòmasyon yo, rele nimewo 617-355-0347. Pakin anrejistre Sonje pou anrejistre tikè pakin ou anvan ou kite lopital la. Ou kapab anrejistre tikè pakin yo pou Garaj Pakin Boston Children s nan kote ki endike anba la yo: Main Lobby Reception Desk (Biwo Resepsyonis Lòbi Prensipal) Biwo Pakin, Garaj Boston Children s Hospital, 1ye Etaj Sèvis transpò piblik Boston Children s Hospital gen aksè fasil avèk Massachusetts Bay Transit Authority (MBTA) (Administrasyon Transpò Piblik Massachusetts Bay), sistèm transpò piblik ofisyèl pou Boston ak zòn ki toupre yo. Ale sou sitwèb mbta.com oswa rele nimewo 617-222-3200 pou jwenn kat jewografik yo ak orè yo. Men kèk sèvis diferan MBTA ou kapab itilize pou fè ale-vini nan lopital la: Tren Pran tren Green Line D pou rive nan estasyon Longwood. Mache sou Riverway epi swiv Longwood Avenue sou yon distans kat (4) blòk pou rive nan lopital la, k ap sou bò dwat ou, OSWA Pran tren Green Line E pou rive nan estasyon Longwood Medical Area. Mache nan Longwood Avenue sou yon distans de (2) blòk pou rive nan lopital la, k ap sou bò goch ou. Tren banlye Tren banlye, ki bay yon lòt bon posiblite parapò ak kondi machin nan Boston, gen aksè fasil nan anpil vil ak vilaj menm sa ki lwen ak Newburyport ak Worcester, Massachusetts, ak Providence, Rhode Island. Sèvis ki gen aksè fasil/sèvis transpò pou bezwen espesyal Pwogram para-tranzit MBTA, THE RIDE, bay sèvis transpò pou moun ki gen andikap fizik oswa mantal epi ki pa kapab itilize sèvis transpò piblik. THE RIDE, ki fonksyone dapre Federal Americans with Disabilities Act (Lwa federal anfavè Ameriken Andikape) se yon sèvis transpò komen, ki vle di w ap vwayaje avèk lòt moun. Sèvis la itilize kamyonèt ki gen elevatè pou moun andikape yo, tankou moun ki itilize chèz-woulant oswa eskoutè. Pou aplike pou THE RIDE, tanpri rele nimewo 617-222-5123. 11

ARANJMAN Si ou bezwen èd siplemantè pou aranjman pou jwenn lojman, tanpri rele Patient Family Housing Program (Pwogram Lojman pou Fanmi Pasyan) nou nan nimewo 617-919-3450. Si ou gen yon telefòn entèlijan iphone oswa Android, ou kapab telechaje aplikasyon mobil MyWay Boston Children s tou pou gen aksè nan enfòmasyon sou kote pou rete ak fason pou rive la. Chwa lojman espesyal Hospitality Homes (Kay pou Ospitalite) Pandan 29 ane ki pase yo, pwogram sa a te bay lojman pou yon ti tan nan kay ebèjman volontè pou pandan pasyan k ap resevwa swen sante nan Boston Children s ak lòt sant medikal zòn nan. Fanmi yo ka aplike pou pwogram nan kèlkeswa revni oswa nasyonalite yo oswa laj oswa dyagnostik pasyan an. 888-595-4678 hosp.org Yawkey Family Inn ak House on Autumn Street Ki sou yon distans kèk blòk sèlman avèk lopital la, Inn ak House double kantite lojman bon mache ki disponib pou fanmi Boston Children s yo. Bilding sa yo ki gen kabann, twalèt prive komen, yon kuizin ki gen tout materyèl, zòn komen ak plis, ofri tout konfò kay pou fanmi yo pandan tan y ap pase nan Boston. 617-919-3450 familyhousing@childrens.harvard.edu Otèl yo Kèk otèl ofri tarif ki gen rabè pou fanmi pasyan nou yo. Sonje pou mande tarif medikal la oswa tarif preferansyèl la pou pasyan ak fanmi Boston Children s Hospital lè ou rele nenpòt nan sa ki endike anba la a pou fè rezèvasyon. Tanpri sonje tarif espesyal yo pa garanti, epitou yo baze sou disponiblite yo. Best Western The Inn at Longwood (sou yon distans.01 mil avèk Boston Children s) 342 Longwood Avenue, Boston 617-731-4700 Holiday Inn Brookline (sou yon distans.75 mil) 1200 Beacon Street, Brookline 617-277-1200 Howard Johnson Fenway (sou yon distans.82 mil) 1271 Boylston Street, Boston 617-267-8300 Marriott Courtyard Brookline (sou yon distans 1 mil) 40 Webster Street, Brookline 617-734-1393 Hotel Commonwealth (sou yon distans 1.08 mil) 500 Commonwealth Avenue, Boston 617-933-5000 Hotel Buckminster (sou yon distans 1.1 mil) 645 Beacon Street, Boston 617-236-7050 Sheraton Boston Hotel (sou yon distans 1.5 mil) 39 Dalton Street, Boston 617-236-2000 The Colonnade Hotel (sou yon distans 1.5 mil) 120 Huntington Avenue, Boston 617-424-7000 Obèj yo Tanpri rele obèj yo dirèkteman pou mande tarif yo epitou pou fè rezèvasyon. Longwood Inn (sou yon distans.25 mil avèk Boston Children s) 123 Longwood Avenue, Brookline 617-566-8615 The Bertram Inn (sou yon distans.73 mil) 92 Sewall Avenue, Brookline 617-566-2234 Beech Tree Inn (sou yon distans.75 mil) 83 Longwood Avenue, Brookline 617-277-1620 Anthony s Town House (sou yon distans.9 mil) 1085 Beacon Street, Brookline 617-566-3972 Beacon Inn (sou yon distans 1 mil) 1087 and 1750 Beacon Street, Brookline 617-566-0088 Oasis Guest House (sou yon distans 1.5 mil) 22 Edgerly Road, Boston 617-267-2262 12 Boston Children s Hospital Heart Center

ATRAKSYON YO Men kèk kote ki popilè nan Boston pou vizite pandan tan ou pase deyò lopital la: Fenway Park, kay ekip Major League Baseball Boston Red Sox 4 Yawkey Way (arè tren MBTA Green Line nan Kenmore oswa Fenway), Boston 1-877-REDSOX9 boston.redsox.mlb.com Vizit Fenway Park fèt chak inèdtan, sèt jou sou sèt, depi 9 a.m. jiska 4 p.m. Museum of Fine Arts Boston 465 Huntington Avenue (arè tren MBTA Green Line E nan Mize a), Boston 617-267-9300 mfa.org Rele pou mande orè a ak frè admisyon. Vini avèk badj ID jòn Boston Children s ou pou resevwa yon rabè $2 dola sou admisyon jeneral adilt. Admisyon timoun ki poko gen laj 17 tan gratis. Museum of Science Science Park (arè MBTA Green Line nan Lechmere), Boston 617-723-2500 mos.org Li louvri samdi jiska jedi, depi 9 a.m. jiska 5 p.m.; Jou vandredi depi 9 a.m. jiska 9 p.m. Tanpri sonje orè a chanje selon sezon an. Boston Children s Museum Children s Wharf, 300 Congress Street (Arè South Station nan tren oswa tren banlye MBTA Red Line), Boston 617-426-6500 bostonkids.org Li louvri samdi jiska jedi, depi 10 a.m. jiska 5 p.m.; Jou vandredi, depi 10 a.m. jiska 9 p.m. New England Aquarium Central Wharf (arè tren MBTA Blue Line nan Aquarium nan), Boston 617-973-5200 neaq.org Li louvri lendi jiska vandredi, depi 9 a.m. jiska 5 p.m.; jou wikenn ak pifò jou ferye, depi 9 a.m. jiska 6 p.m. Vini avèk kat ID jòn Boston Children s ou pou resevwa yon rabè $2 dola nan admisyon an. 13

GLOSÈ TÈM KI ASOSYE AVÈK KÈ Men kèk tèm ki asosye avèk kè ou ka tande pandan swen kadyak ou: A Ablation/Ablasyon Eliminasyon oswa sipresyon. Li vle di tou yon pwosedi ki elimine siyalizasyon elektrik siplemantè andedan kè a, ki kapab lakòz ritm kadyak rapid oswa iregilye. Angiography/Anjyografi Yon etid radyografi espesyal ki itilize tenti doktè enjekte nan atè yo pou etidye sikilasyon san an. Angioplasty/Anjyoplasti Yon pwosedi ki pa chirijikal pou trete atè ki etwat yo. Aorta/Awòt Pi gwo atè nan kò a ak veso sangen prensipal ki pran san ki gen oksijèn kè a pou mennen li nan rès kò a. Aortic valve/valvil awòt Valvil ki kontwole sikilasyon san ki soti nan kè a pou ale nan awòt la. Arrhythmia/Aritmi (ki rele dysrhythmia/disritmi tou) Yon batman kè ki rapid, lan oswa iregilye. Artery/Atè Yon veso sangen ki pran san ki gen oksijèn nan kè a pou mennen li nan kò a. Atrium/Oreyèt ( atria lè li se pliryèl) Youn nan de (2) kavite siperyè ki nan kè a. B Balloon angioplasty/anjyoplasti balon Anjeneral se yon pwosedi ki fèt nan laboratwa kateteris kadyak ki itilize yon katetè (tib) ki gen yon balon nan pwent lan pou louvri yon valvil oswa yon veso sangen etwat. Bicuspid/Bikispid Yon valvil ki gen de (2) vav. C Capillaries/Kapilè Veso sangen ki piti anpil ant atè yo ak venn yo epi ki distribiye san ki gen anpil oksijèn nan kò a. Cardiac catheterization/kateteris kadyak Yon pwosedi dyagnostik kote yon doktè a mete yon tib ki piti anpil ak kre (katetè) nan yon atè oswa nan yon venn pou evalye kè a ak veso sangen yo. Carotid artery/atè kawotid Atè prensipal nan kou a ki bay san nan sèvo a. Cineangiography/Sine-anjyosentigrafi Se fè foto mobil pou montre pasaj tenti a nan veso sangen yo. Closed heart surgery/operasyon kè fèmen Yon operasyon ki repare pwoblèm ki nan veso sangen ki tache nan kè a san pasyan an pa bezwen yon machin pontaj kadyak-pilmonè. Computed tomography scan/tomodansitometri (CT/CAT scan) Yon pwosedi imajri dyagnostik ki itilize yon melanj radyografi ak teknoloji enfòmatik pou pwodui imaj detaye kò a. Congenital heart defect/defo kadyak konjenital Yon pwoblèm kè ki prezan nan moman akouchman an. Coronary arteries/atè kowonè De (2) atè ki soti nan awòt la pou bay san nan miskilati kè a. Cyanotic/Syanotik Aparans ble akòz mank oksijèn nan san an. D Diastole/Dyastòl Kantite tan ki nesesè pou chak batman kè lè vantrikil yo repoze, pou ranpli avèk san epi ki pa ponpe. (Gade systole/ sistòl anba S.) Doppler ultrasound/iltrason Droppler Yon pwosedi ki itilize onn son pou evalye kè a, veso sangen yo ak valvil yo. Dyspnea/Dispne Souf-kout. E Echocardiogram/Ekokadyogram (ECHO) Yon pwosedi ki evalye estrikti ak fonksyon kè a avèk onn son pou pwodui yon imaj mobil kè a ak valvil kè a. Edema/Edèm Anflamasyon akòz likid ki anpile. Effusion/Ekoulman Yon likid ki anpile nan yon espas kò a ki fèmen. Electrocardiogram/Elektwokadyogram (ECG oswa EKG) Yon tès ki note aktivite elektrik kè a, ki montre ritm anòmal yo (aritmi oswa disritmi) epi ki detekte domaj nan miskilati kè a. Epicardium/Epikad Pati kè a ki pi lwen. Exercise electrocardiogram/elektwokadyogram nan egzèsis (ECG estrès oswa EKG estrès) Yon tès pou evalye ritm kadyak ak fonksyon kè a lè yo fè pasyan an fè egzèsis sou yon tapi-woulan oswa sou yon bisiklèt. F Fibrillation/Fibrilasyon Kontraksyon rapid, iregilye ak fèb miskilati kè a. Fluoroscopy/Fliyowoskopi Yon pwosedi radyografi ki pran imaj san pran souf pou evalye kè a ak lòt estrikti kò a. Flutter/Onn Kontraksyon rapid men regilye orifis oreyèt dwat ak goch kè a. H Heart block/blòk kadyak Enpilsyon elektrik ki sispann nan miskilati kè a. Heart-lung bypass machine/machin pontaj kadyak-pilmonè Yon machin ki fè fonksyon kè a ak poumon yo pandan yon operasyon kè a ki louvri. Holter monitor/hòltè kadyak Yon machin EKG pòtatif pasyan an mete pandan yon peryòd 24 èdtan oswa plis pou evalye ritm kadyak iregilye, rapid oswa lan pandan aktivite nòmal yo Hypertension/Ipètansyon Tansyon ki wo. Hypotension/Ipotansyon Tansyon ki ba. Hypoxia/Ipoksi Kantite oksijèn anòmal ki nan ògàn ak tisi kò a. I Inferior vena cava/venn kav enferyè Gwo veso sangen (venn) ki pran san ki nan janm yo ak abdomèn nan pou retounen li nan kè a. Insufficiency/Ensifizans Yon valvil ki pèmèt san an fuite annaryè lè valvil la fèmen. Ischemia/Iskemi Diminisyon sikilasyon san ki gen oksijèn nan yon ògàn akòz ratresisman nan yon atè. L Left atrium/oreyèt goch Kavite siperyè goch kè a, ki resevwa san wouj ki gen anpil oksijèn nan poumon yo epi answit voye li nan vantrikil goch la. Left ventricle/vantrikil goch Kavite enferyè goch kè a. Li resevwa san wouj ki gen anpil oksijèn nan oreyèt goch la epi li ponpe san an nan awòt la, ki mennen san an nan kò a. 14 Boston Children s Hospital Heart Center

M Magnetic Resonance Imaging (MRI)/Imajri avèk Rezonans Mayetik Yon pwosedi dyagnostik ki itilize yon melanj gwo leman, frekans radyo ak yon òdinatè pou pwodui imaj detaye ògàn ak estrikti andedan kò a. Mitral valve/valvil mitral Valvil ki kontwole sikilasyon san ant oreyèt goch la ak vantrikil ki nan goch kè a. Murmur/Souf dyastolik Yon son k ap soufle ou tande pandan kè ou ap bat. Sa ka endike oswa sa ka pa endike pwoblèm andedan kè a oswa nan sistèm sikilasyon san an. Myocarditis/Myokadit Anflamasyon miskilati kè a. O Open heart surgery/operasyon kè ouvè Operasyon ki lakòz doktè louvri pwatrin nan ak kè a pandan yon machin pontaj kadyak-pilmonè ap fè fonksyon kadyak ak respiratwa pandan operasyon an. P Pacemaker/Estimilatè Kadyak Yon aparèy elektwonik yo mete nan operasyon nan kò pasyan an epi ki konekte avèk kè a pou kontwole batman kè a. Palpitation/Palpitasyon Yon sansasyon batman kè rapid. Pericardiocentesis/Perikadyosantèz Yon dyagnostik ki itilize yon zegwi pou pran likid nan perikad la (ti pòch ki toutotou kè a.) Pericarditis/Perikadit Yon anflamasyon oswa enfeksyon perikad la. Platelets/Plakèt Selil yo jwenn nan san an ki ede san an kaye. Pulmonary artery/atè pilmonè Veso sangen ki konekte vantrikil dwat la nan poumon yo, pou pèmèt san ki pa gen ase oksijèn ( ble ) resevwa oksijèn. Pulmonary valve/valvil pilmonè Valvil kè a, ki chita ant vantrikil dwat la ak atè pilmonè a, ki kontwole sikilasyon san an nan poumon yo. Pulmonary vein/venn pilmonè Veso ki pran san ki gen oksijèn nan poumon an pou mennen li nan bò goch kè a. Pulse oximeter/oksimèt poul Yon aparèy ki mezire kantite oksijèn ki nan san an. R Regurgitation/Fuit San Annaryè Sikilasyon san an annaryè, akòz yon valvil ki defektye. Right atrium/oreyèt dwat Kavite siperyè dwat kè a, ki resevwa san ki pa ase oksijèn ( ble ) nan kò a epi answit voye li nan vantrikil dwat la. Right ventricle/vantrikil dwat Kavite enferyè dwat kè a, ki resevwa san ki pa gen ase oksijèn ( ble ) nan oreyèt dwat la epi answit voye li nan atè pilmonè a. Risk factor/faktè risk Nenpòt kondisyon, eleman oswa aktivite ki ka gen konsekans negatif sou kè a. S Septum/Septòm Pawa miskilati ki ant oreyèt oswa vantrikil kè a. Shunt/Chent Yon konektè pou fasilite sikilasyon san an ant de (2) kote. Sinus nodes/ne sinizal Selil ki pwodui enpilsyon elektrik ki lakòz kè a kontrakte. Stent/Andopwotèz Yon aparèy yo mete nan yon veso sangen pou ede kenbe li louvri. Stenosis/Estenoz Retresisman oswa konstriksyon yon veso sangen oswa yon valvil nan kè a. Subclavian/Sou-klavyè Yon veso sangen ki branche nan awòt la epi ki pran san ki gen anpil oksijèn ( wouj ) pou mennen li nan tèt la ak bra yo. Superior vena cava/venn kav siperyè Gwo venn ki pran san ki soti nan tèt ak bra yo pou retounen li nan kè a. Systole/Sistòl Kantite tan ki pase pandan batman kè a lè vantrikil yo ap ponpe san, swa nan poumon yo oswa nan kò a. T Tachycardia/Tachikadi Batman kè rapid. Tachypnea/Tachipne Respirasyon rapid. Telemetry unit/inite telemetri Yon ti bwat ki gen fil ki tache nan patch EKG sou pwatrin nan, yo itilize pou transmèt enfòmasyon sou batman kè a avèk transmisyon radyo. Thoracotomy/Torakotomi Yon ensizyon doktè fè sou bò dwat oswa sou bò goch pwatrin nan ant kòt yo, pou yo kapab gen aksè nan kè a oswa nan poumon yo pandan yon operasyon. Transesophageal echocardiography/eko-kadyografi trans-efajyen (TEE) Yon dyagnostik ki itilize yon tib long, ki gide nan bouch la, gòj la ak ezofaj la, pou evalye estrikti ki andedan kè a avèk onn son. Tricuspid valve/valvil trikispid Valvil kè a ki kontwole sikilasyon an nan oreyèt dwat la nan vantrikil dwat. U Ultrasound/Iltrason (sonography/sonografi) Yon teknik imajri dyagnostik ki itilize onn son frekans siperyè ak yon òdinatè pou kreye imaj veso sangen yo, tisi yo ak ògàn yo. V Valves/Valvil Pòt ki ant kavite kè a ki pèmèt san avanse epi ki anpeche li retounen dèyè. Vascular/Vaskilè Ki gen pou wè ak veso sangen. Vein/Venn Yon veso sangen ki mennen san nan kò a retounen nan kè a. Ventricle/Vantrikil Youn nan de (2) kavite kè a ki ponpe san. X X-ray/Radyografi Yon tès dyagnostik ki itilize feso enèji envizib pou kreye imaj tisi andedan yo, zo yo ak ògàn yo sou film. 15

NÒT: 16 Boston Children s Hospital Heart Center

Fè yon koneksyon sensè jodi a Antre nan kominote Boston Children s Hospital Heart Center nan Facebook. facebook.com/heartcenter Kominote nou an gen ladan plis pase 40,000 pasyan ak manm fanmi nan diferan etap tretman pou defo kadyak konjenital. Aprann nan eksperyans lòt pasyan ki te kote ou te a epi rakonte eksperyans ou ba fanmi ou ki fèk kòmanse chemen sa a. 300 Longwood Avenue Boston, MA 02115 617-355-HART (4278) cvp@cardio.chboston.org bostonchildrens.org/heart