Sa se yon dokiman legal enpòtan. Tanpri gade li nan kote ki an sekirite.

Similar documents
Amplwayè: Amplwaye: Dat Pèt: Nimewo Dosye: Nimewo Ka Leta:

AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Plan Avi Anyèl sou Chanjman ak Ti liv pou Patisipan pou 2017

AETNA BETTER HEALTH SM FIDA PLAN Rezime sou Benefis pou 2017

Financial Assistance Documents Texas Health Huguley

REZIME AVI DEPATMAN TIMOUN AK FANMI FLORIDA RÈGLEMAN KONSÈNAN RÈGLEMAN SOU ENFÒMASYON AK JESYON PRIVE AK PWOTEKSYON ENFÒMASYON PÈSONÈL SOU SANTE

Nou la pou ou. Manyèl pou Manm. Aetna Better Health of New York. aetnabetterhealth.com/newyork NY

Règleman Asistans Finansye & Faktirasyon/Règleman sou Koleksyon. Règleman sou Asistans Finansye

FLORIDA HEALTHY KIDS CORPORATION AVI SOU PRATIK PWOTEKSYON EFÒMASYON PRIVE

Gid Paran pou Jadendanfan Volontè

(ii) Bay enfòmasyon ki klè konsènan kritè kondisyon kalifikasyon pou fè aplikasyon ak metòd pou aplike pou jwenn èd finansye;

Pou plis enfòmasyon, tanpri rele nan (305)

Florida History: Famous Floridians: Henry Morrison Flagler

6323 Seventh Avenue Brooklyn, NY 11220

Florida Healthy Kids (Timoun Ansante nan Florid) Liv pou Manm yo Mwa me 2018 Sèvis Kliyantèl:

Chanselye a ELÈV KI ANSENT OUBYEN KI GEN PITIT AK KONFIDANSYALITE NAN SANTE REPWODIKTIF REZIME CHANJMAN YO

BOSTON REGION METROPOLITAN PLANNING ORGANIZATION

ST. VINCENT S MEDICAL CENTER. POLITIK KONSÈNAN ASISTANS FINANSYÈ Koumanse 9 me 2017

Règleman/Pwosedi Tit: Règleman Èd Finansye - Dat anvigè: Janvye 2016 Charity Care Depatman: Sik revni # Règleman: 2209 Paj 1 sou 17

PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SNAP SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM (SNAP) APLIKASYON/RESÈTIFIKASYON

Gid pou Lè Gen Lanmò. Boston Medical Center Biwo Zafè Moun ki Mouri. Telefòn: Faks:

Moffitt Cancer Center

APLIKASYON/RE-SÈTIFIKASYON NAN PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM, SNAP)

SEKSYON PRATIK POU F È APÈL NAN BAWO FLORID LA

Evite kè sote moun genyen souvan nan afè bay tete

Katalòg Pwodwi Sante pou Ane 2015

ekouvri Lekòl Piblik Boston Fanmi Boston gen chans pou yo gen plis chwa pou edikasyon pitit yo pase prèske tout lòt kote nan Etazini

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: 1FES 64. Tab Number: 63 CE FES 1D: Document Title: Document Date: Haiti.

Lekòl Piblik Boston. Byenveni nan Lekòl Nou yo.

Èd Apre Dezas. FEMA 545 / Jiyè Gid Aplikan pou Pwogram Endividyèl & Familyal

James H. DeGraffenreidt, Jr. Prezidan Konsèy Administrasyon Edikasyon l Eta. Nancy S. Grasmick Sipè-entandan L Eta pou Lekòl

Chwazi yon Lekòl Segondè: Yon Mesaj pou Elèv ak Fanmi yo

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

DEZYÈM LIV KESYON KI BAZE SOU YON SERI DOKIMAN (DBQ) 16 NOVANM Ekri non w ak non lekòl ou an lèt majiskil sou liy ki anwo yo.

Atelye MIT ap fè sou teknoloji pou metòd aprantisaj aktif ki chita sou resous pedagojik san baryè Le Plaza, Pòtoprens, Ayiti, janvye 2013

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

Plan AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Anyè ki gen enfòmasyon pou Pwofesyonèl Swen Sante ak Famasi pou Ane 2016

DWA AK RESPONSABILITE LOKATÈ

GID POU LEKÒL PIBLIK BOSTON POU FANMI AK ELÈV

Kijan pou touche jijman lajan Collecting a Money Judgment Haitian Creole

8 YÈM ANE NIVO ENTÈMEDYÈ

Gid Politik Pou Elèv ak Fanmi yo

KONTRAKTE KI NAN FLORIDA K-AP TRAVAY NAN JADEN/ CHEF EKIP LIV POU ETIDYE POU EGZAMEN-AN

Maladi Malarya: Enfòmasyon ou dwe konnen

SAMPLE LETTER TO PARENTS (USE SCHOOL LETTERHEAD) ELEMENTARY SCHOOL INTRODUCTORY LETTER FOR HGD UNIT KINDERGARTEN-FOURTH GRADE.

Pati B Avi konsènan Mezi Pwoteksyon pou Paran ak Elèv Andikape yo

NÒM DISIPLIN AK MEZI POU ENTÈVNI NAN TOUT VIL LA {KÒD DISIPLIN} Depatman Edikasyon vil Nouyòk. Joel I. Klein Chanselye Haitian Creole

Prentan Sistèm sa a san danje, an sekirite, legal ak vit.

POU PLIS ENFOMASYON / parents/ spanish/ default.htm oswa ale nan: Rechech: Regleman Konduit Elev yo

DRAFT ETA FLORID PLAN CONSOLIDATED JULY 1, JUNE 30, 2020

CORNERSTONE, Level A: Haitian Creole Translations

PINGA OU VIRE PAJ SA A TOUTOTAN YO POKO DI W VIRE L.

Gid Byenveni. Preparasyon pou tan w ap pase a

TANPRI PATAJE DOKIMAN SA Disponib an Panyòl, Kreyòl, oubyen Gwo Postè sou Demann

C h a p i t 5 Prevansyon enfeksyon. Nan chapit sa a: Prevansyon enfeksyon sove la lav Prevni enfeksyon lè w evite jèm...52

Sa Kap Swiv la se Manyèl de Baz Elèv ak Fanmi ki kouvri Règ Debaz ak Règleman Lekòl City on a Hill

KONTRA ANT WALT DISNEY PARKS AND RESORTS U.S. SERVICE TRADES COUNCIL UNION (REGILYE PART TIME) EFEKTIF 30 Mas, 2014

Liv Referans Anplwaye yo & Enfòmasyon sou Benefis

4THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

Manyèl Fanmi ak Elèv

Gid Chwa ak Enskripsyon. Chemen Enskripsyon An

Konsey Pou Prepare w Pou Siklon

Ce document ne peut être reproduite et / ou adopté en tout ou en partie à condition qu'il n'y a pas de changement important dans le contenu, les

Emerante De Pradines: Good morning Mr. Watson. Emerante De Pradines: Bonjou Msye Watson.

AmericasBarometer: Ayiti, 2010 Vanderbilt University Dwa resève.

Klas 6 yèm pou 12 yèm ane

Klas 6 yèm ane pou 12 yèm ane

POU ELÈV LEKÒL MWAYÈN AK LEKÒL SEGONDÈ YO NAN LEKÒL PIBLIK BOSTON

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

GID PREPARASYON KADIJANS LAFLORID

PWOGRAM ANSEYMAN ENDIVIDYALIZE (IEP) DEPATMAN ANSEYMAN LETA MARYLAND (MSDE) DIVIZYON ANSEYMAN ESPESYAL / SÈVIS ENTÈVANSYON BONÈ

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

Egzèsis sou ADN Glikozilaz - nivo 1-2

Questionnaire number. MUNICIPIO. Komin: HAISEKSYON. Seksyon Kominal: HAISEC. Zòn [optionel] HAISEGMENTO. Segman Recensman [Kod Oficiel Recensman an]

West Boca Raton Community High School

Non Elèv la. Non Lekòl la

Pou Tout Elèv Nou yo:

YON LEGLIZ KI AN SANTE KATRIYÈM EDISYON. Mark E. Dever. 525 A Street NE Washington, DC Phone (202) , FAX (202)

Clackamas County 0117 CCO-053A Clackamas County POA OP 10/0/20/2000/50cd gr

Kontni. Prepare ou: Kreye yon Plan pou Katastwòf Yon Plan pou Moun ki Enfim Definisyon Sitiyasyon Ijans Evakyasyon...

Is Konektikèt GID POU SA KI FÈK VINI YO. Sa se yon gid sou tout vil, minisipalite, ak lòt sèvis kin nan zòn Is Konektikèt la

Clackamas County 0117 CCO-067 Oregon ASO

LIV REGLEMAN SOU KONDWIT ELÈV

GID PARAN ak GADÒ Lekòl Piblik Somerville. 8 Bonair Street Somerville, MA

Vin jwenn nou pou yon randevou entènasyonal sou. Pwpozisyon pou Pri tikèt MBTA

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

Biwo Fonksyònman Lekòl Règ Komisyon Konsèy Lekòl 5500

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN VIVAN. Vandredi 28 janvye :15 pou 12:15 p.m.

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

ISTWA ETAZINI AK GOUVÈNMAN

EVCS Nouvèl. ~ Byenvini~

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY LIV ENFÒMASYON POU PARAN AK ELÈV (TYPE ALL CAPS) INSERT SCHOOL NAME INSERT SCHOOL ADDRESS INSERT SCHOOL OFFICE NUMBER

ISTWA AK JEWOGRAFI JENERAL

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Jedi, 29 janvye :15 a.m. pou 12:15 p.m.

VIL PEYI DAYITI YO:AKSYON POU JODI A AK YON KOUDÈY SOU DEMEN REZIME

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 21 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 26 janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAM VIVAN

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 23 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

MINUSTAH: Èske se yon fòs k ap mentni lapè, Oubyen k ap conspire kont li?

Transcription:

H9345_MBR17_07h CMS Approved Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage (Plan Medicare-Medicaid) Gid Patisipan 1 Janvye 2017 31 Desanm 2017 Sante ak Kouvèti Medikaman w nan Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage: Gid sa a ba w enfòmasyon sou kouvèti w nan Plan FIDA (Plan Medicare-Medicaid) VillageCareMAX Full Advantage ki komanse dat ou enskri avèk Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage jiska 31 Desanm 2017. Li eksplike kouman Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage kouvri sèvis Medicare ak Medicaid, ki gen ladann kouvèti pou medikaman yo preskri, san ou pa depanse. Sa eksplike sèvis sante, sèvis pou sante mantal, preskripsyon medikaman epi sèvis ak sipò alontèm ki kouvri pa Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage. Sèvis ak sipò alontèm gen ladann swen nan yon etablisman sante alontèm epi sèvis ak sipò alontèm nan gwoup yo. Sèvis ak sipò alontèm nan gwoup bay swen ou bezwen nan kay ak nan kominote w epi li ka ede diminye chans pou w ale nan etablisman sante oswa lopital. Sa se yon dokiman legal enpòtan. Tanpri gade li nan kote ki an sekirite. Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage se yon plan Totalman Entegre Doub Avantaj (Fully Integrated Duals Advantage) (FIDA) ki ofri pa Village Care of New York. Lè Gid Pàtisipan di nou sa vle di Village Care of New York. Lè li di plan an oubyen plan nou, li vle di Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage. Ou ka jwenn gid sa a gratis nan lòt lang. Rele Sèvis Pàtisipan nan 1-800-469-6292 pandan orè travay 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn. Itilizatè TTY yo dwe rele 711. Apèl sa a se gratis. Participante de la llamada 1-800-469-6292 Servicios durante las horas de 8:00 am a 8:00 pm, 7 días a la semana. Los usuarios de TTY deben llamar 711. La llamada es gratuita. Puede obtener esta manual gratis en Español. Llame a Servicios del Participante al 1-800-469-6292 durante las horas de 8:00 am a 8:00pm, 7 días de la semana. Usuarios de TTY llamar al 711. La llamada es gratuita. Lei puo ottenere questi guida in Italiano gratuitamente. Chiama il Servizio Partecipanti a 1-800- 469-6292 durante il periodo da 8AM a 8PM, 7 giorni alla settimana. TTY utilizzatori dovressi 711. Pou plis enfòmasyon, visit www.villagecaremax.org. 1

chiamare 711. La chiamata è gratis. H9345_MBR17_07h CMS Approved Ou ka jwenn enfòmasyon sa a gratis nan kreyòl ayisyen. Rele Sèvis Pàtisipan nan 1-800-469-6292 pandan orè travay 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou nan semèn. Itilizatè TTY yo dwe rele 711. Apèl sa a se gratis. Вы можете получить эту информацию бесплатно на русском языке. Звоните в Отдел обслуживания участников плана по телефону 1-800-469-6292 с 8 утра до 8 вечера, 7 дней в неделю. Пользователи TTY звоните по телефону 711. Звонок бесплатный. 您可免費獲得到以上的中文資訊, 請致電參與者服務電話 1-800-469-6292, 辦公時間為上午 8 時到下午 8 時, 每週 7 天 聽力語言殘障服務專線 (TTY) 用戶請撥打 711 該電話為免付費通話 한국어로된정보를무료로얻을수있습니다. 주 7 일오전 8 시에서오후 8 시사이에 1-866-469-6292 번 (TTY 사용자는 711 번 ) 으로문의해주십시오. 통화는무료입니다. Ou kapab jwenn enfòmasyon sa a gratis nan lòt fòma, tankou gwo karaktè, Bray, oswa odyo. Rele 1-800-469-6292 ak 711 pou Itilizatè TTY yo, nan lè travay ki se 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pa semèn. Apèl sa a se gratis. Lè enskripsyon an, n ap mande w nan ki lang ou vle pou nou voye lèt lakay ou. Nou pral kenbe yon dosye pou lang ou prefere a e ou ka mande pou w chanje lang sa a lè w kontakte Sèvis Patisipan nan 1-800-469-6292 nan lè travay ant 8:00 am jiska 8:00 pm, 7 jou pa semèn. Itilizatè TTYyo dwe rele 711. Apèl sa a gratis. Avètisman Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage se yon plan jesyon ki fèt kontra avèk Medicare epi sèvis sante pou eta Nouyók (Medicaid) pou founi benefis ki nan de powgram sa yo bay pàtisipan yo atravè demonstrasyon totalman entegre doub avantaj (FIDA). Limit ak restriksyon yo ka aplike. Pou plis enfòmasyon, rele Sèvis Pàtisipan pou Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage, oswa li Gid Pàtisipan pou Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage. Sa vle di ou bezwen swiv sèten règ pou w fè Plan VillageCareMAX Full Advantage peye sèvis ou yo. Lis Medikaman ki Kouvri ak/oswa famasi ak founisè rezo yo ka chanje tanzantan pandan ane ane a. Na p voye yon avi ba ou avan nou fè yon chanjman ka p afekte w. Eta Nouyók te kreye yon pwogram pou pàtisipan ombudsman rele Rezo Pwomosyon pou Konsomatè Endepandan (ICAN) ki bay patisipan yo asistans gratis ak konfidansyèl nan tout sèvis Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage ofri. Ou ka kontakte ICAN nan nimewo gratis 1-844-614-8800 oswa sou entènèt nan icannys.org. (Itilizatè TTY yo dwe rele 711, epi swiv siyal la pou yo konpoze 844-614-8800). 711. Pou plis enfòmasyon, visit www.villagecaremax.org. 2

Chapit 1: Pou Kòmanse kòm yon Patisipan Benefis yo kapab chanje nan dat 1e Janvye chak ane Mete Plizyè Lang Sèvis Entèprèt Plizyè-Lang ATANSYON:Si w pale Anglè, gen sèvis entèprèt ki disponib pou ou gratis. Rele 1-800-469-6292 (TTY:711). ATENCIÓN:si habla español, tiene a su disposición servicios gratuitos de asistencia lingüística.llame al 1-800- 469-6292 (TTY:711). 注意 : 如果您使用繁體中文, 您可以免費獲得語言援助服務 請致電 1-800-469-6292 (TTY:711) PAUNAWA:Kung nagsasalita ka ng Tagalog, maaari kang gumamit ng mga serbisyo ng tulong sa wika nang walang bayad.tumawag sa 1-800-469-6292 (TTY:711). ATTENTION:Si vous parlez français, des services d'aide linguistique vous sont proposés gratuitement.appelez le 1-800-469-6292 (ATS :711). CHÚ Ý:Nếu bạn nói Tiếng Việt, có các dịch hỗ trợ ngôn ngữ miễn phí dành cho bạn.gọi số 1-800-469-6292 (TTY:711). ACHTUNG:Wenn Sie Deutsch sprechen, stehen Ihnen kostenlos sprachliche Hilfsdienstleistungen zur Verfügung.Rufnummer:1-800-469-6292 (TTY:711). 주의 : 한국어를사용하시는경우, 언어지원서비스를무료로이용하실수있습니다.1-800-469-6292 (TTY:711) 번으로전화해주십시오. ВНИМАНИЕ:Если вы говорите на русском языке, то вам доступны бесплатные услуги перевода.звоните 1-800-469-6292 (телетайп:711). : 1-800-469-6292 (TTY:711) ATTENZIONE:In caso la lingua parlata sia l'italiano, sono disponibili servizi di assistenza linguistica gratuiti.chiamare il numero 1-800-469-6292 (TTY:711). ATENÇÃO:Se fala português, encontram-se disponíveis serviços linguísticos, grátis.ligue para 1-800-469-6292 (TTY:711). ATANSYON:Si w pale Kreyòl Ayisyen, gen sèvis èd pou lang ki disponib gratis pou ou.rele 1-800-469-6292 (TTY:711). 711. Pou plis enfòmasyon, visit www.villagecaremax.org. 3

Chapit 1: Pou Kòmanse kòm yon Patisipan UWAGA:Jeżeli mówisz po polsku, możesz skorzystać z bezpłatnej pomocy językowej.zadzwoń pod numer 1-800- 469-6292 (TTY:711). 意事項 : 日本語を話される場合 無料の言語支援をご利用いただけます 1-800-469-6292 (TTY:711) まで お電話にてご連絡ください লক ষ যকর ন যদ আপদনব ল, কথ বলত প ত ন, হতলদন খ চ য়ভ ষ সহ য় পদ তষব উপলব ধআত ফ নকর ন১-800-469-6292 (TTY: 711) 711. Pou plis enfòmasyon, visit www.villagecaremax.org. 4

Chapit 1: Pou Kòmanse kòm yon Patisipan Chapit 1: Pou kòmanse kòm yon patisipan Tab Matyè A. Byenvini nan Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage... 6 B. Kisa Medicare ak Medicaid ye... 6 Medicare... 6 Medicaid... 7 C. Ki avantaj Plan FIDA a genyen... 7 D. Ki zòn sèvis Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage.... 8 E. Kisa ki fè w kalifye pou vini yon pàtisipan nan plan an... 8 F. Kisa pou w atann lè w fèk antre nan Plan FIDA...9 G. Kisa yon Plan Sèvis Pèsonalize...10 H. Eske Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage gen frè mansyèl...10 I. Apwopo Gid Pàtisipan 10 J. Ki lòt enfòmasyon ou kapab jwenn bò kote nou. 11 Kat didantite w pou Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage..11 Anyè pou founisè ak famasi yo 11 Lis medikaman ki kouvri yo...13 Eksplikasyon awpopo benefis yo...13 K. Kouman ou kapab kenbe dosye patisipan w ajou... 13 Eske nou gade enfòmasyon sante w prive... 14 711. Pou plis enfòmasyon, visit www.villagecaremax.org. 5

Chapit 1: Pou Kòmanse kòm yon Patisipan A. Byenvini nan Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage se yon Plan Fully Integrated Duals Advantage (FIDA). Yon Plan FIDA se yon òganizasyon ki fèt avèk doktè, lopital, famasi, founisè sèvis alontèm ak sipò epi lòt founisè. Li gen tou manadjè swen ak ekip entèdisiplinè (EE) pou ede w jere tout founisè ak sèvis ou yo. Yo tout travay ansanm pou founi swen ou bezwen. Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage te aprouve pa eta Nouyók ak Sant pou Sèvis Medicare & Medicaid (CSM) pou founi sèvis ou yo kòm pati Demonstrasyon FIDA a. FIDA se yon pwogram demonstrasyon ke Eta Nouyók ak gouvènman federal jere ansanm pou founi pi bon swen sante pou moun ki gen Medicare ak Medicaid. Sou demonstrasyon sa a, eta ak gouvènman federal vle teste nouvo fason pou amelyore kouman ou resevwa sèvis sante ou yo nan Medicare ak Medicaid. Kounye-a, demonstrasyon sa a pwograme pou dire jiska 31 Desanm 2017. Nouyók VillageCare se yon founisè sèvis sante alontèm, ki gen anpil eksperyans nan founi swen pou moun ki gen maladi kwonik ak pwoblem, ki bezwen swen kontinyèl ak sèvis reyabilitasyon. Istwa VillageCare te komanse nan yon sèl etablisman swen dezane 1970. Jodia, n ap founi yon gwo seri pwogram yo ki sèvi milye nouyóke chak jou. VillageCareMAX se yon òganizasyon pou swen VillageCare Nouyók ap jere, epi li se youn pami dènye sèvis ki figire nan òganizasyon an. VillageCareMAX te komanse enskri manm y nan Plan Jesyon Swen Alontèm nan an 2012 epi jodia li sèvi plis pase 4,000 manm. Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage etann sèvis nou yo epi founi yon nouvo opsyon pou manm ki enskri yo resevwa swen sante ak sèvis alontèm. B. Kisa Medicare ak Medicaid ye Medicare Medicare se yon pwogram asirans sante federal pou: Moun ki aje 65 ane ou plis, Kèk moun anba laj 65 avèk sèten andikap, epi Moun avèk maladi ren tèminal (insifizans ren). 711. Pou plis enfòmasyon, visit www.villagecaremax.org. 6

Chapit 1: Pou Kòmanse kòm yon Patisipan Medicaid Medicaid se yon pwogram ke gouvènman federal ak Eta Nouyók jere pou ede moun avèk revni ak resous limite paye frè pou sèvis ak sipò medikal alontèm. Li kouvri sèvis siplemantè ak medikaman Medicare pa kouvri. Chak eta deside kisa ki konte kòm revni ak resous epi ki moun ki kalifye. Chak eta deside tou ki sèvis ki kouvri ak pri pou sèvis sa yo. Eta yo ka deside kouman pou yo jere pwogram yo, depi yo swiv règ federal yo. Medicare ak Eta Nouyok dwe aprouve Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage chak ane. Ou ka jwenn sèvis Medicare ak Medicaid atravè plan nou depi: Ou kalifye pou patisipe nan Demonstrasyon FIDA, Nou chwazi ofri Plan FIDA, epi Medicare ak Eta Nouyok aprouve Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage pou patisipe nan Demonstrasyon FIDA. Si yon lè plan nou ta sispann opere, kalifikasyon sèvis Medicare ak Medicaid ou pa p afekte. C. Ki avantaj ki genyen nan Plan FIDA sa a Nan Demonstrasyon FIDA, ou pra l jwenn tout sèvis Medicare ak Medicaid ou yo ki kouvri nan Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage, sa gen ladann sèvis ak sipò alontèm (LTSS) epi medikaman preskripsyon yo. Ou pa paye anyen pou w patisipe oswa resevwa sèvis nan plan sa a. Sepandan, si ou gen Medicaid avèk yon "spend-down - revni endividyèl pou sis mwa" oswa "excess income - revni ki depase", wa p gen pou w kontinye peye plan FIDA revni endividyèl ou Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage ap ede benefis Medicare ak Medicaid w yo travay ansanm ak pi bon pou ou. Men kèk nan avantaj ki genyen nan Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage: Ou pra l gen yon ekip entèdisiplinè ou ede rasanble. Yon ekip entèdisiplinè (EE) se yon gwoup moun ki va konnen bezwen ou yo ak travaye avèk w pou devlope ak mete sou plas yon Plan Sèvis Pèsonalize espesifik pou bezwen ou yo. EE w ka gen ladann yon manadje swen, doktè yo, founisè sèvis yo oswa lòt pwofesyonèl sante ki prezan pou ede w jwenn swen ou bezwen. Ou pra l genyen yon Manadje Swen. Sa se yon moun ki travay avèk ou, ak Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage epi ak founisè sante ou yo pou asire ou jwenn swen ou bezwen. Avèk èd IDT ak Manadjè Swen w ou pra l kapab dirije pwòp swen ou. 711. Pou plis enfòmasyon, visit www.villagecaremax.org. 7

Chapit 1: Pou Kòmanse kòm yon Patisipan IDT ak Manadjè Swen w pral travay avèk w pou kreye yon Plan Sèvis Pèsonalize ki fèt espesyalman pou bezwen ou yo. IDT pra l anchaj pou l koòdone sèvis ou bezwen yo. Sa vle di, pa egzanp:» IDT pra l asire ke doktè ou yo konnen tout medikaman ou pran konsa yo kapab evite tout efè sekondè.» IDT pra l asire ke rezilta egzamen ou yo pataje avèk tout doktè ak lòt founisè ou yo.» IDT pra l ede w pwograme ak fikse rendevou avèk doktè yo ak lòt founisè. D. Ki zòn sèvi Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage Zòn sèvis nou yo enkli konte sa yo nan eta Nouyók: Bronx, Kings (Brooklyn), Nouyók (Manhattan), epi Queens. Sèlman moun ki rete nan zòn sèvis nou ka jwenn Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage. Si ou demenaje deyò zon sèvis nou, ou pa ka rete nan plan sa a. E. Kisa ki fè w kalifye pou w vin yon plan Pàtisipan Ou kalifye pou plan nou si: Ou rete nan zòn sèvis nou; Ou kalifye pou Pati A Medicare, Enskri nan Pati B Medicare epi admisib pou Pati D Medicare; Ou kalifye pou Medicaid; Ou se yon Sitwayen Ameriken oswa ou legal nan Etazini Ou gen 21 ane ou plis lè nou fè enskripsyon; Ou bezwen 120 jou ou plis nan etablisman LTSS oswa, kalifye pou yon etablisman enfimye epi resevwa sèvis sipò alontèm nan yon etablisman, Ou pa ekskli nan enskripsyon baze sou sa ki sou lis anba a. 711. Pou plis enfòmasyon, visit www.villagecaremax.org. 8

Chapit 1: Pou Kòmanse kòm yon Patisipan Ou pa p kapab patisipe nan plan nou si: Ou se yon rezidan nan yon etablisman nan Eta Nouyòk pou Maladi Mantal oswa yon lòt etablisman pou maladi mantal; W ap resevwa sèvis nan (Biwo Leta pou moun ki gen Andikap) Office for People with Developmental Disabilities (OPWDD) Swa ou resevwa sèvis yo nan yon etablisman OPW DD, oswa yon sant trètman, resevwa sèvis yo atravè yon egzansyon OPW DD, Swa ou ta ka resevwa sèvis nan yon ICF/IID men ou pa t chwazi sa, oswa otreman; Ou espere kalifye pou Medicaid nan mwen ke sis mwa; Ou kalifye pou benefis Medicaid sèlman pou sèvis konsènan tibèkiloz, sèvis kansè nan sen oswa kansè sèvikal; Ou kalifye pou resevwa sèvis ospis (nan moman enskripsyon an); Ou admisib pou pwogram ekspansyon fanmi; Ou se rezidan nan yon pwogram pou trètman kont abi alkol/medikaman alontèm; Ou kalifye pou Medicaid Ijans; Ou enskri nan pwogram egzansyon 1915(c) an pou blesi grav nan sèvo (TBI); Ou pàtisipe nan epi rete nan yon pwogram pou Èd Lavi Otonòm; oswa Ou nan (Demonstrasyon pou fanmi adoptif) Foster Family Care Demonstration. F. Kisa pou w atann lè w fèk antre nan yon Plan FIDA Lè ou fèk antre nan plan an, ou pra l resevwa yon evalyasyon konplè pou bezwen ou yo nan premye 90 jou yo oswa nan espas sis mwa de dènye evalyasyon w lan si ou te enskri nan Plan VillageCareMAX Full Advantage FIDA atravè Plan VillageCareMAX MLTC. Evalyasyon an pral fèt pa yon enfimyè ki sòti nan plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage. Si Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage nouvo pou ou, ou ka kontinye wè doktè ou genyen yo kounye-a epi jwenn sèvis aktyèl ou yo pou yon sèten tan. Sa rele «peryòd tranzisyon.» Nan majorite ka, peryòd transizyon yo pral dire 90 jou oswa jiskaske Plan Sèvis Pesonalize w finalize ak mete sou pye, kèlkeswa sa ki pita. Aprè peryod transizyon an, ou pral bezwen wè doktè yo epi lot founisè nan rezo pou Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage. Yon founisè rezo se yon founisè ki travay avèk Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage. Gade nan chapit 3 pou plis enfomasyon apwopo obtansyon swen. 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn. Apèl sa a se gratis. Itilizatè TTY yo dwe rele 711 Pou plis enfòmasyon,vizite www.villagecaremax.org. 9

Chapit 1: Pou Kòmanse kòm yon Patisipan Gen de eksepsyon nan peryòd tranzisyon ki dekri anwo a: Si ou se yon rezidan nan yon etablisman enfimyè, ou ka kontinye viv nan etablisman sa a pandan dire Demonstrasyon FIDA a, menm si etablisman enfimyè sa a pa fè pati nan rezo Plan FIDA. Si ou resevwa sèvis nan men yon founisè sante mantal nan lè enskripsyon w, ou ka kontinye jwenn sèvis sa yo jiskaske tretman an fini, men pa pandan plis ke ane. Se menm bagay tou lè founisè a pa nan rezo Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage. G. Kisa yon Plan Sèvis Pèsonalize ye Nan premye 90 jou apre dat efektif enskripsyon an, ou pra l rankontre menm yo nan Ekip Entèdisiplinè w (IDT) pou w pale sou bezwen ou yo epi devlope Plan Sèvis Pèsonalize (PSP). Yon PSP se yon plan pou ki kalite sèvis sante, sèvis alontèm ak sipò, ak preskripsyon medikaman ou pral jwenn epi kouman ou pral jwenn yo. Ou pral genyen yon re-evalyasyon lè li necesè, men omwen chak sis mwa. Nan espas 30 revalyasyon an, IDT w pral travay avèk w pou mete ajou PCSP w. Kelkeswa moman an, ou ka mande yon nouvo re-evalyasyon oswa yon swivi nan PCSP w si ou rele Manadjè Swen w. H. Eske Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage gen frè mansyèl pou plan an Non. Pa gen prim mansyèl epi pa gen lòt frè pou pàtisipe nan Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage. Sepandan, si ou gen Medicaid avèk yon "spend-down - revni endividyèl pou sis mwa" oswa "excess income - revni ki depase", wa p gen pou w kontinye peye plan FIDA revni endividyèl ou. I. Apwopo Gid Pàtisipan Gid Pàtisipan sa a fè pati kontra nou avèk w. Sa vle di nou dwe swiv tout règ yo nan dokiman sa a. Si ou sonje nou te fèt yon bagay ki kont règ sa yo, ou petèt kapab fè apèl, oswa defye aksyon nou. Pou enfòmasyon apwopo fè apèl, gade nan chapit 9, rele 1-800- MEDICARE (1-800-633-4227), rele Rezo pwomosyon pou Konsomatè Endepandan (ICAN) nan 1-844-614-8800. Ou ka tou pòte plent apwopo kalite sèvis si ou rele Sèvis Pàtisipan nan 1-800-469-6292. Itilizatè TTY yo dwe rele 711 apati 8:00 am jiska 8:00 pm, 7 jou pa semèn. 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn. Apèl sa a se gratis. Itilizatè TTY yo dwe rele 711 Pou plis enfòmasyon,vizite www.villagecaremax.org. 10

Chapit 1: Pou Kòmanse kòm yon Patisipan Kontra a efektif nan mwa ou enskri nan Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage la ant 1 Janvye, 2017 ak 31 Desanm, 2017. J. Ki lòt enfòmasyon ou kapab jwenn bò kote nou Ou ta dwe deja resevwa yon kat pàtisipan pou Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage, yon avi anyè pou founisè ak famasi epi yon lis medikaman ki kouvri. Kat Pàtisipan w nan Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage Nan plan nou, ou pral genyen yon kat pou sèvis Medicare ak Medicaid ou yo, sa gen ladann sèvis alontèm, sipò epi preskripsyon. Ou dwe montre kat sa a pou w jwenn tout sèvis oswa preskripsyon. Men yon echantiyon pou montre w kijan kat la pra l ye: Si kat ou andomaje, pèdi oswa volè, rele Sèvis Pàtisipan touswit epi nou pra l voye yon nouvo kat ba ou. Tanke ou pàtisipan nan plan nou, ou pa bezwen itilize kat Medicare rouj, ble epi blan w oswa kat Medicaid w pou jwenn sèvis yo. Gade kat sa yo nan kote ki an sekirite, nan ka ou bezwen yo pita. Anyè pou founisè ak famasi Anyè pou founisè ak famasi a se yon lis pou founisè ak famasi yo nan rezo pou Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage. Pandan ou se yon patisipan nan plan nou, ou dwe itilize founisè nan rezo pou kouvri sèvis ou yo. Gen kèk eksepsyon lè ou fèk enskri nan plan nou (gade nan paj 10). Gen kèk egzanpsyon tou si ou pa ka jwenn yon founisè nan plan nou ki kapab satisfè bezwen ou yo. Ou pral bezwen diskite sa avèk Ekip Entèdisiplinè w (IDT). Ou ka mande yon anyè pou founisè ak famasi anyèl lè w rele Sèvis Patisipan nan 1-800- 469-6292 (Itilizatè TTY yo dwe rele 711) apati 8:00 am jiska 8:00 pm, 7 jou pa semèn. 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn. Apèl sa a se gratis. Itilizatè TTY yo dwe rele 711 Pou plis enfòmasyon,vizite www.villagecaremax.org. 11

Chapit 1: Pou Kòmanse kòm yon Patisipan Ou ka wè anyè pou founisè ak famasi a tou sou entènèt nan www.villagecaremax.org oswa telechaje li nan sitwèb www.villagecaremax.org. Sèvis Pàtisipan an ak sit entènèt la toude ka ba w enfomasyon ki ajou apwopo chanjman nan rezo founisè nou. Anyè Founisè ak Famasi a bay yon lis founisè rezo ki nan plan VillageCareMAX Full Advantage FIDA pou zòn sèvis nou an. Lis la gen ladann pwofesyonèl swen sante (tankou doktè, enfimyè, ak sikològ) etablisman (tankou lopital oswa klinik), ak sipò founisè (tankou Swen Sante pou Adilt ak founisè Sante nan Kay) ou ka wè nan Patisipan Plan VillageCareMAX Full Advantage FIDA. Nou afiche lis famasi ou ka itilize tou pou w jwenn medikaman preskripsyon w yo. Kisa founisè rezo ye Rezo founisè Plan VillageCareMAX Full Advantage FIDA gen ladann: Founisè rezo yo se doktè, enfimye, ak lòt pwofesyonèl sante ak lòt founisè ou kapab wè kòm yon Pàtisipan nan plan nou. Klinik, lopital, etablisman enfimyè, ak lòt founisè ki bay swen sante nan plan nou an. Ajans pou swen nan kay, founisè ekipman medikal, ak lòt ki founi machandiz ak sèvis ou jwenn atravè Medicare oswa Medicaid; ak. (Founisè pou Sèvis ak sipò alontèm) Long Term Services and Supports (LTSS) ki ofri sèvis yo kapab founi nan kay, kominote oswa etablisman alontèm epi ede w menteni oswa amélyore sante oswa endepandans yo. Kèk LTSS ki kouvri pa Medicaid gen ladann (Sant Sante Lajounen pou granmoun) Adult Day Health Care Centers, (Sant Sante Lajounen pou Granmoun ki gen Sida) AIDS Adult Day Health Care, (Livrezon Manje Jele nan Kay) Delivered and Congregate Meals, swen nan lakay, Vizit nan kay pa Pèsonèl Medikal, (Trètman Mobil pou Sante Mantal) Mobile Mental Health Treatment, Asistans avèk Demenajman, (Pwogram Sosyal Estriktire Lajounen) Social Day Care, Structured Day Program, Asistans kont Abi Sibstans ak anpil lòt. Ou ka aprann plis sou tout sèvis nou kouvri yo nan Chapit 4 gid sa a. Founisè rezo yo dakò pou aksepte peman nan plan nou an pou sèvis ki kouvri kòn peman okonplè. Si ou wè founisè sa yo, ou pa pral peye okènn pri pou sèvis ki kouvri yo. Kisa Famasi rezo ye Famasi rezo se famasi yo ki dakò pou rampli preskipsyon pou Patisipan ki nan plan nou an. Itilize Anyè founisè ak famasi pou jwenn famasi rezo ou vle itilize yo. Sòf pandan ijans, ou dwe ranpli preskripsyon ou yo nan youn nan famasi rezo nou yo si ou vle pou plan nou an peye yo. Pa gen okènn pri pou w peye lè w jwenn preskripsyon ki sòti nan famasi rezo yo. Rele Sèvis Pàtisipan nan 1-800-469-6292 apati 8:00 am jiska 8:00 pm, 7 jou pa semèn. (TTY: 711) pou plis enfòmasyon sou Anyè Founisè ak Famasi a. Ou ka wè Anyè Founisè 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn. Apèl sa a se gratis. Itilizatè TTY yo dwe rele 711 Pou plis enfòmasyon,vizite www.villagecaremax.org. 12

Chapit 1: Pou Kòmanse kòm yon Patisipan ak Famasi a tou nan www.villagecaremax.org, oswa telecharje li nan sit entènèt sa a. Sèvis Pàtisipan ak sit entènèt toude kapab bay w enfòmasyon ki ajou sou chanjman yo nan rezo famasi ak founisè nou an. Lis medikaman ki kouvri Plan an gen yon Lis Medikaman ki Kouvri. Nou rele li Lis Medikaman pou pi kout. Li fè konnen ki medikaman preskipsyon ki kouvri anba Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage. Lis medikaman an eksplike tou si gen okènn règ oswa limit sou okènn medikaman, telke yon limit sou kantite ou ka pran. Gade nan chapit 5 pou plis enfòmasyon sou règ ak limit sa yo. Chak ane, nou pral voye yon kopi lis medikaman sa a ba ou, men kèk chanjman ki petèt te fèt pandan ane a. Pou jwenn enfòmasyon ki pi ajou sou ki medikaman yo kouvri, vizite www.villagecaremax.org, oswa rele Sèvis Patisipan nan 1-800-469-6292 apati 8:00 am jiska 8:00 pm, 7 jou pa semèn. (TTY: 711) Eksplikasyon Benefis Lè w itilize benefis Pati D ou yo pou medikaman preskripsyon, nou pral voye ba ou yon rezime pou ede w konprann epi òganize peman ou yo pou medikaman preskripsyon nan pati D. Rezime sa a rele Eksplikasyon Benefis (oswa EOB). Eksplikasyon Benefis la di w kantite total nou te peye pou chak medikaman preskripsyon ou yo nan pati D pandan mwa a. Chapit 6 bay plis enfòmasyon sou Eskplikasyon Benefis yo epi kouman li ka ede w kontwole kouvèti medikaman w. Yon Eksplikasyon Benefis la disponib tou sou demann lè w mande youn. Pou w jwenn yon kopi, tanpri kontakte Sèvis Pàtisipan. K. Kouman ou ka gade ajou dosye Patisipan w Ou ka gade dosye Patisipan w ajou si ou fè nou konnen lè detay pèsonèl ou yo chanje. Founisè ak famasi rezo yo nan plan an bezwen genyen enfòmason korèk sou ou. Yo itilize dosye Patisipan w pou yo konnen ki sèvis ak medikaman w ap pran. Poutèt sa, li trè enpòtan pou w ede nou kenbe enfòmasyon w ajou. Fè nou konnen bagay ki annapre yo: Si ou gen nenpòt chanjman nan non w, adrès, oswa nimewo telefon ou Si ou gen nenpòt chanjman nan tout lòt kouvèti asirans sante, telke nan travay ou, travay madanm oswa mari w, oswa konpansasyon travay 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn. Apèl sa a se gratis. Itilizatè TTY yo dwe rele 711 Pou plis enfòmasyon,vizite www.villagecaremax.org. 13

Chapit 1: Pou Kòmanse kòm yon Patisipan Si ou gen nenpòt reklamasyon, telke reklamasyon pou yon aksidan machin Si ou se admèt nan yon etablisman enfimyè oswa yon lopital Si ou jwenn swen deyò sektè oswa deyò rezo oswa nan yon sal ijans Si founisè swen w oswa nenpòt moun responsab pou chanjman ou yo Si ou fè pati yon etid rechèch klinik Si nenpòt nan enfòmasyon sa yo chanje, tanpri fè nou konnen epi rele Sèvis Pàtisipan nan 1-800-469-6292 apati 8:00 am jiska 8:00 pm, 7 jou pa semèn. (TTY: 711) Eske nou gade enfòmasyon sante w prive Wi. Lwa yo oblije ke nou gade prive dosye medikal ak enfòmasyon sante pèsonèl ou yo. Nou asire ke enfòmasyon sante w proteje. Pou plis enfòmasyon apwopo kouman nou proteje enfòmasyon sante pèsonèl ou, gade nan chapit 11. 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn. Apèl sa a se gratis. Itilizatè TTY yo dwe rele 711 Pou plis enfòmasyon,vizite www.villagecaremax.org. 14

VillageCareMAX Full Advantage FIDA Plan PARTICIPANT HANDBOOK Chapit 2: Nimewo telefon enpòtan ak Resous yo Tab Matyè A. Kouman pou w kontakte Sèvis Pàtisipan pou plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage... 15 Kontakte Sèvis Pàtisipan apwopo....15 Kesyon konsènan plan an... 15 Kesyon sou plent, faktirasyon oswa Kat Didantite pou Pàtisipan... 15 Desizyon sou kouvèti apwopo sèvis ak atik ou yo... 15 Apèl konsènan sèvis ak atik ou yo... 16 Mekontantman sou sèvis ak atik ou yo... 16 Desizyon kouvèti sou medikaman ou yo... 16 Apèl sou medikaman ou yo... 16 Plent sou medikaman ou yo... 16 Peman pou swen sante oswa medikaman ou deja peye... 17 B. Kouman pou w kontakte Manadjè Swen w... 18 Kontakte Manadjè Swen w apwopo... 18 Kesyon sou swen w ak sèvis ki kouvri, atik ak medikaman... 18 Asistans pou w fè ak jwenn rendevou w yo... 18 Kesyon apwopo jwenn sèvis pou sante mantal, transpò ak sèvis ak sipò alontèm (LTSS)...18 Demann pou sèvis, atik ak medikaman yo... 19 Demann pou re-evalyasyon Kouvèti oswa chanjman nan yon Plan Sèvis Pèsonalize... 19 C. Kouman pou w kontakte Nimewo pou Konsèy Enfimyè a... 20 Kontakte Nimewo pou Konsèy Enfimyè a apwopo... 20 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn. Apèl sa a se gratis. Itilizatè TTY yo dwe rele 711 Pou plis enfòmasyon,vizite www.villagecaremax.org. 15

Chapit 2: Nimewo telefòn enpòtan ak Resous yo Kesyon imedyat apwopo sante w... 20 D. Kouman pou w kontakte Nimewo Kriz Sante Konpòtman an... 21 Kontakte Nimewo Sante Konpòtman an apwopo... 21 Kesyon sou sèvis Sante Konpòtman... 21 Nenpòt pwoblèm ou kapab genyen... 21 E. Kouman pou w kontakte Ajan Enskripsyon an... 22 Kontakte New York Medicaid Choice apwopo... 22 Kesyon sou opsyon Plan FIDA w yo... 22 F. Kouman pou w kontakte Pwogram Asistans pou Asirans Sante Eta (SHIP)... 23 Kontakte HIICAP apwopo... 23 Kesyon sou asirans sante Medicare ou... 23 G. Kouman pou w kontakte Oganizasyon pou Amélyorasyon Kalite (QIO)... 24 Kontakte Livanta Apwopo... 24 Kesyon sou swen sante w... 24 H. Kouman pou w kontakte Medicare... 25 I. Kouman pou w kontakte Medicaid... 26 J. Kouman pou w kontakte Rezo Pwomosyon pou Konsomatè Endepadan (ICAN)...27 K. Kouman pou w kontakte Pwogram Ombudsman pou Swen Alontèm nan Eta Nouyók... 27 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn. Apèl sa a se gratis. Itilizatè TTY yo dwe rele 711 Pou plis enfòmasyon,vizite www.villagecaremax.org. 14

Chapit 2: Nimewo telefòn enpòtan ak Resous yo A. Kouman pou w kontakte Sèvis Pàtisipan pou Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage Apèl TTY 1-800-469-6292. Apèl sa a se gratis. 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn. Nou gen entèprèt gratis Itilizatè TTY yo dwe rele 711. Apèl sa a se gratis. 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn 1-212-337-5711 FAX Adrès Postal VillageCareMAX FIDA Plan 112 Charles Street New York, NY 10014 Sit Entènèt www.villagecaremax.org Kontakte Sèvis Patisipan apwopo: Kesyon apwopo plan an Kesyon sou plent, faktirasyon oswa Kat Didantite pou Patisipan Desizyon kouvèti apwopo sèvis ak atik ou yo Yon desizyon kouvèti se yon desizyon apwopo si ou ka jwenn sèten sèvis ak atik ki kouvri oswa konbyen sèvis ak atik ou ka genyen. Rele nou oswa Manadjè Swen w si ou gen kesyon sou yon desizyon kouvèti Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage oswa Ekip Entèdisiplinè(IDT) w te fèt apwopo sèvis ak atik ou yo. Pou aprann plis sou desizyon kouvèti yo, Gade nan chapit 9. 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn. Apèl sa a se gratis. Itilizatè TTY yo dwe rele 711 Pou plis enfòmasyon,vizite www.villagecaremax.org. 15

Chapit 2: Nimewo telefòn enpòtan ak Resous yo Apèl apwopo sèvis ak atik ou yo Yon apèl se yon fason fòmèl pou w mande nou yon revizyon sou yon desizyon nou oswa TTY w te fè sou kouvèti ak pou w mande nou chanje li si w panse ke nou oswa TTY te fèt yon erè. Pou aprann plis sou kouman pou w fè yon apèl, Gade nan chapit 9. Mekontantman apwopo sèvis ak atik ou yo Ou ka pòte plent konsènan nou oswa nenpòt lòt founisè (enkli yon founisè ki pa nan rezo oubyen youn ki nan rezo). Yon founisè rezo se yon founisè ki travay avèk Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage. Ou ka tou pòte plent ba nou apwopo kalite ak swen ou te resevwa oswa bay Oganizasyon Amelyorasyon Kalite ( Gade Seksyon G anba a). Avi: Si ou pa dakò avèk yon desizyon kouvèti ke Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage oswa IDT w te fèt apwopo sèvis oswa atik ou yo, ou ka pòte yon plent (gade seksyon anwo a, Apèl sou sèvis ak atik ou yo). Ou ka voye yon plent tou apwopo Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage dirèkteman nan Medicare. Ou ka itilize yon fòmilè nan liy nan https://www.medicare.gov/medicarecomplaintform/home.aspx. Oswa ou ka rele 1-800- MEDICARE (1-800-633-4227) pou mande èd. Pou aprann plis sou kouman pou w pòte plent, gade nan chapit 9. Desizyon kouvèti apwopo medikaman ou yo Yon desizyon kouvèti se yon desizyon apwopo si ou ka jwenn sèten medikaman oswa konbyen nan medikaman sa yo ou ka genyen. Sa aplike pou medikaman w yo nan Pati D, Medikaman preskripsyon Medicaid epi medikaman Medicaid san preskripsyon jan li kouvri nan Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage FIDA Plan. Gade nan chapit 5 ak Lis Medikaman ki kouvri yo pou plis enfòmasyon sou benefis ou yo ak kouman pou w jwenn medikaman ki kouvri yo.16 Pou plis enfòmasyon sou desizyon kouvèti apwopo medikaman preskripsyon ou yo, gade nan chapit 9. Apèl konsènan medikaman ou yo Yon apèl se yon fason ou mande nou chanje yon desizyon kouvèti. Pou w fè apèl konsènan yon desizyon kouvèti apwopo medikaman ou yo, tanpri kontakte MedImpact, vandè nou pou Sèvis famasi nan 1-800-807-6806. Itilizatè TTY yo dwe rele 711 pou asistans. Sant apèl la ouvri 24 èdtan sou 24, 7 jou nan semèn nan. Nan Lis medikaman ki kouvri nan Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage, Nivo 3 kouvri medikaman mak ak jenerik ki pa Medicare Medicaid kouvri epi Nivo 4 kouvri medikaman 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn. Apèl sa a se gratis. Itilizatè TTY yo dwe rele 711 Pou plis enfòmasyon,vizite www.villagecaremax.org. 16

yo nan vant lib ki kouvri nan Medicaid. Pou plis enfòmasyon sou kouman pou w fè yon apèl apwopo medikaman preskripsyon ou yo. gade nan chapit 9. Chapit 2: Nimewo telefòn enpòtan ak Resous yo Mekontantman konsènan medikaman ou yo Ou ka pòte plent apwopo nou oswa nenpòt famasi. Sa gen ladann yon plent sou medikaman preskripsyon ou yo. Avi: Si ou pa dakò avèk yon desizyon kouvèti konsènan medikaman preskripsyon ou yo, ou ka fè yon apèl, (gade atik anwo a "Apèl apwopo medikaman w yo"). Ou ka voye yon plent apwopo Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage direkteman nan Medicare. Ou ka itilize yon fòmilè nan liy nan https://www.medicare.gov/medicarecomplaintform/home.aspx. Oswa ou ka rele 1-800- MEDICARE (1-800-633-4227) pou w mande èd. Pou plis enfòmasyon sou kouman pou w pòte plent awpopo medikaman preskripsyon ou yo, gade nan chapit 9. Peyman pou swen sante oswa medikaman ou te deja peye Pou aprann kouman pou w mande nou ranbouse w, gade nan chapit 7. 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn. Apèl sa a se gratis. Itilizatè TTY yo dwe rele 711 Pou plis enfòmasyon,vizite www.villagecaremax.org. 17

HANDBOOK Chapit 2: Nimewo telefòn enpòtan ak Resous yo B. Kouman pou w kontakte Manadjè Swen w Nan moman enskripsyon, tout Pàtisipan nan Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage pra l genyen yon Manadjè Swen avèk ekspètiz ki pou ede w satisfè bezwen swen endividyèl ou yo pi byen. Lè nou asiyen Manadjè Swen w, nou fè sa nou kapab pou nou konekte w ak yon moun ki pale lang ou, epi ki konnen sèvis ki disponib nan katye w. Manadjè Swen w pral kolabore avèk ou, ak lòt manm ekip nan Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage ak medsen ak founisè swen sante ou pou yo pou asire ou jwenn swen ou bezwen an. Manadjè Swen w ak Manm nan Ekip Entèdisiplinè yo pral travay avèk ou pou konprann bezwen ak objektif ou pou yo devlope yon Plan Sèvis Pèsonalize ki fèt espesyalman pou bezwen ou yo. Ou ka kontakte Manadjè Swen w si ou rele Sèvis Pàtisipan nan nimewo ki site anba a. Pàtisipan yo gen dwa chwazi ak chanje Manadjè Swen yo. Tanpri rele Sèvis Pàtisipan nan nimewo ki site anba a si ou ta vle chanje Manadjè Swen w. Apèl TTY 1-800-469-6292. Apèl sa a se gratis. 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pa semèn. Nou gen sèvis entèpret pou moun ki pa pale anglè. Itilizatè TTY/TDD dwe rele 711. Apèl sa a se gratis. 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn 1-212-337-5711 FAX Adrès postal VillageCareMAX FIDA Plan 112 Charles Street New York, NY 10014 Sit Entènèt www.villagecaremax.org Kontakte Manadjè Swen w apwopo: Kesyon konsènan swen w epi sèvis, atik ak medikaman ou yo Asistans pou pran oswa jwenn rendevou yo 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn. Apèl sa a se gratis. Itilizatè TTY yo dwe rele 711 Pou plis enfòmasyon,vizite www.villagecaremax.org. 18

HANDBOOK Chapit 2: Nimewo telefòn enpòtan ak Resous yo Kesyon sou jwenn sèvis pou sante konpòtman, transpò epi sèvis ak sipò alontèm (LTSS) Demann pou sèvis, atik epi medikaman yo Demann pou yon re-evalyasyon konplè oswa chanjman nan yon Plan Sèvis Pèsonalize 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn. Apèl sa a se gratis. Itilizatè TTY yo dwe rele 711 Pou plis enfòmasyon,vizite www.villagecaremax.org. 19

Chapit 2: Nimewo telefòn enpòtan ak Resous yo C. Kouman pou w kontake Nimewo Konsèy Enfimyè a Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage kontan pou l ofri Pàtisipan yo yon nimewo pou Konsèy Enfimye ki disponib 24 èdtan sou 24. Si w rele Nimewo pou Konsèy Enfimyè a, ou ka pale ak yon Enfimyè Pwofesyonèl pou repons a kesyon sante w yo lè biwo nou yo fèmen. Enfimyè yo kapab ede w detèmine si ou gen yon sityasyon ijan epi ka ede w jwenn sèvis ou bezwen yo. Apèl TTY 1-800-469-6292. Apèl sa a se gratis. Nimewo pou Konsèy Enfimye se disponib 24 èdtan pa jou, 7 jou pà semèn. Nou gen sèvis entèpret pou moun ki pa pale anglè. Itilizatè TTY/TDD dwe rele 711. Apèl sa a se gratis. Nimewo pou Konsèy Enfimyè a disponib 24 èdtan pà jou, 7 jou pà semèn. Kontakte Nimewo pou Konsèy Enfimyè apwopo: Kesyon imédyat sou sante w Si ou enkyete sou yon chanjman konsènan eta sante w oswa si ou fè yon malèz epi petèt bezwen swen ijan Avi: Si ou gen yon sityasyon ijan epi ou bezwen swen imédyat, tanpri rele 911. 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn. Apèl sa a se gratis. Itilizatè TTY yo dwe rele 711 Pou plis enfòmasyon,vizite www.villagecaremax.org. 20

Chapit 2: Nimewo telefòn enpòtan ak Resous yo D. Kouman pou w kontakte nimewo pou kriz sante konpòtman Apèl TTY 1-800-469-6292. Apèl sa a se gratis. Nimewo pou Konsèy Enfimyè a disponib 24 èdtan pà jou, 7 jou pà semèn. Nou gen sèvis entèpret pou moun ki pa pale anglè. Itilizatè TTY/TDD dwe rele 711. Apèl sa a se gratis. Nimewo pou Konsèy Enfimyè a disponib 24 èdtan pà jou, 7 jou pà semèn. Kontakte nimewo pou kriz sante konpòtman konsènan: Kesyon sou sèvis pou sante konpòtman Nenpòt pwoblèm ou ka genyen 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn. Apèl sa a se gratis. Itilizatè TTY yo dwe rele 711 Pou plis enfòmasyon,vizite www.villagecaremax.org. 21

Chapit 2: Nimewo telefòn enpòtan ak Resous yo E. Kouman pou w kontakte reprezantan enskripsyon an New York Medicaid Choice se reprezantan an pou enskripsyon nan eta Nouyók pou pwogram FIDA. New York Medicaid Choice bay konsèy gratis apwopo opsyon ou yo nan Plan FIDA epi ka ede w enskri oswa soti nan yon Plan FIDA. New York Medicaid Choice pa konekte nan okènn konpayi asirans, Plan Swen Dirije oswa Plan FIDA. Apèl TTY Ekri Sit entènèt 1-855-600-FIDA. Apèl sa a se gratis. Ajan an disponib Lendi a Vandredi,8:30 nan maten jiska 8:00 nan aswè, epi Samdi 10:00 nan maten jiska 6:00 nan aswè. 1-888-329-1541. Apèl sa a se gratis. Nimewo sa a se pou moun ki gen pwoblèm tande ak pale. Ou dwe genyen ekipman telefonik espesyal pou rele li. New York Medicaid Choice P.O. Box 5081 New York, NY 10274 http://www.nymedicaidchoice.com Kontakte New York Medicaid Choice apwopo: Kesyon sou opsyon ou yo nan Plan FIDA Konseye pou New York Medicaid Choice kapab :» ede w konprann dwa ou yo,» ede w konprann chwa ou yo nan Plan FIDA, epi» Reponn kesyon ou yo apwopo chanje nan yon nouvo Plan FIDA. 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn. Apèl sa a se gratis. Itilizatè TTY yo dwe rele 711 Pou plis enfòmasyon,vizite www.villagecaremax.org. 22

Chapit 2: Nimewo telefòn enpòtan ak Resous yo F. Kouman pou w kontakte Pwogram Asistans pou Asirans Sante Eta (SHIP) Pwogram Asistans pou Asirans Sante Eta (SHIP) bay konsèy gratis pou moun ki gen Medicare. Nan Eta Nouyók, SHIP la rele (Pwogram Asistans, Konsèy epi Enfòmasyon Asirans Sante) Health Insurance Information, Counseling, and Assistance Program (HIICAP). HIICAP pa konekte nan okènn konpayi asirans, plan swen dirije oswa Plan FIDA. RELE SIT ENTÈNÈT 1-800-701-0501. Apèl sa a se gratis. http://www.aging.ny.gov/healthbenefits Ou ka kontakte biwo HIICAP lokal ou tou direkteman: BIWO LOKAL RELE ADRÈS POSTAL Nassau County 516-485-3754 Office of Children and Family Services 400 Oak Street Garden City, New York 11530 New York City 212-602-4180 Department for the Aging Two Lafayette Street, 16th Floor New York, NY 10007-1392 Suffolk County 631-979-9490 RSVP Suffolk 811 West Jericho Turnpike, Suite 103W Smithtown, NY 11787 Westchester County 914-813-6651 Department of Senior Programs & Services 9 South First Avenue, 10th Floor Mt. Vernon, NY 10550 Kontakte HIICAP apwopo: Kesyon apwopo asirans sante Medicare w Konseye HIICAP kapab:» ede w konprann dwa ou yo,» ede w konprann chwa ou yo nan plan Medicare, epi» reponn kesyon ou yo apwopo chanje nan yon nouvo plan Medicare. 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn. Apèl sa a se gratis. Itilizatè TTY yo dwe rele 711 Pou plis enfòmasyon,vizite www.villagecaremax.org. 23

Chapit 2: Nimewo telefòn enpòtan ak Resous yo G. Kouman pou w kontakte Oganizasyon pou Amélyorasyon Kalite (QIO) Eta nou gen yon òganizasyon ki rele Livanta. Sa se yon gwoup medsen ak lòt pwofesyonèl swen sante ki ede amélyore kalite ak swen pou moun ki genyen Medicare. Livanta pa konekte avèk plan nou an. APÈL 1-866-815-5440 Apèl sa a se gratis. Livanta disponib Lendi a Vandredi 9:00 nan maten jiska 5:00 nan aprè midi, epi Samdi 11:00 am jiska 3:00 nan aprè midi. TTY TTY/TDD dwe rele 1-866-868-2289 Nimewo sa a se pou moun ki gen pwoblèm tande ak pale. Ou dwe genyen ekipman telefonik espesyal pou rele li. EKRI EMAIL SIT ENTÈNÈT BFCC-QIO Program 9090 Junction Dr., Suite 10 Annapolis Junction, MD 20701 BFCCQIOArea1@livanta.com http://bfccqioarea1.com Kontakte Livanta konsènan: Kesyon sou swen sante w Ou ka pòte plent apwopo swen ou te resevwa a si:» Ou gen pwoblèm avèk kalite swen an,» Ou panse sejou lopital ou twò kout; oswa» Ou panse sèvis swen sante nan lakay, swen nan etablisman enfimyè oswa etablisman pou reyabilitasyon anbilatwa (CORF) ap fini twò bonè. 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn. Apèl sa a se gratis. Itilizatè TTY yo dwe rele 711 Pou plis enfòmasyon,vizite www.villagecaremax.org. 24

Chapit 2: Nimewo telefòn enpòtan ak Resous yo H. Kouman pou w Kontakte Medicare Medicare se yon pwogram asirans sante federal pou moun ki gen 65 ane ou plis, kèk moun anba laj 65 avèk andikap, ak moun ki gen maladi ren grav (ensifizans ren pèmanan ki bezwen dyaliz oswa yon grèf ren). Ajans federal ki nan chaj Medicare se Sant pou Sèvis Medicare & Medicaid, oswa CMS. RELE 1-800-MEDICARE (1-800-633-4227) Rele nan nimewo sa a gratis, 24 èdtan pa jou, 7 jou nan semèn. TTY 1-877-486-2048. Apèl sa a se gratis. Nimewo sa a se pou moun ki gen pwoblèm tande ak pale. Ou dwe genyen ekipman telefonik espesyal pou rele li. SIT ENTÈNÈT http://www.medicare.gov Sa se sit entènèt ofisyèl Medicare. Li ba nou bonjan enfòmasyon sou Medicare. Li gen enfòmasyon tou sou lopital yo, enfimyè ki pa aplentan fasilite, médesen, ajans sante nan kay yo ak fasilite Dyaliz. Sa gen ladann bwochi ou ka enprime nan òdinatè ou. Ou ka jwenn kontak Medicare tou nan eta w nan chwazi "Fòm, Ed ak Resous" epi klike sou "nimewo Telefòn ak sit wèb." Sit Medicare a gen zouti za yo pou ede w jwenn plan nan zòn ou: Chèche Plan Medicare: Bay enfòmasyon pèsonalize sou plan medikaman preskripsyon Medicare, plan sante Medicare, ak Medigap (asirans siplemantè Medicare) règleman nan zòn ou an. Fè chwa "Jwenn plan sante ak medikaman." Si ou pa gen yon òdinatè, bibliyotèk lokal oswa sant ou ka anmezi pou ede w vizite sit entènèt sa a nan òdinatè li. Oswa, ou kapab rele Medicare nan nimewo anwo a ak di yo ki enfòmasyon wa p chache. Yo pra l jwenn enfòmasyon an sou sit Entènèt la, enprime l, epi voye l' ba nou. 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn. Apèl sa a se gratis. Itilizatè TTY yo dwe rele 711 Pou plis enfòmasyon,vizite www.villagecaremax.org. 25

Chapit 2: Nimewo telefòn enpòtan ak Resous yo I. Kouman pou w kontakte Medicaid Medicaid ede avèk sèvis medikal ak sipò alontèm pou moun ki gen revni oubyen resous limite. Ou enskri nan Medicare ak nan Medicaid. Si ou gen kesyon apwopo èd ou jwenn nan Medicaid, rele nimewo asistans Medicaid la. RELE TTY 1-800-541-2831. Apèl sa a se gratis. Nimewo asistans Medicaid disponib Lendi a Vandredi de 8:00 nan maten a 8:00 nan aswè epi samdi de 9:00 nan maten a 1:00 aswè. 1-877-898-5849. Apèl sa a se gratis. Nimewo sa a se pou moun ki gen pwoblèm oditif oswa pale. Ou dwe genyen ekipman espesyal telefonik pou rele li. 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn. Apèl sa a se gratis. Itilizatè TTY yo dwe rele 711 Pou plis enfòmasyon,vizite www.villagecaremax.org. 26

VillageCareMAX Full Advantage FIDA Plan PARTICIPANT HANDBOOK Chapit 2: Nimewo telefòn enpòtan ak Resous yo J. Kouman pou w Kontakte Rezo pwomosyon pou konsomatè endepandan Rezo pwomosyon pou konsomatè endepandan (ICAN) ede moun enskri nan yon Plan FIDA avèk aksè nan sèvis ak atik ki kouvri yo, kesyon yo apwopo faktirasyon oswa tout lòt kesyon ak pwoblèm. ICAN ka ede w pòte plent oswa fè yon apèl avèk plan nou. RELE 1-844-614-8800 Apèl sa a se gratis. ICAN disponib Lendi a Vandredi soti 8:00 am pou rive 8:00 pm IMÈL ican@cssny.org TTY Rele 711, epi swiv siyal la pou w konpoze nimewo 844-614-8800 SIT ENTÈNÈT http://www.icannys.org K. Kouman pou w kontakte Ombudsman swen alontèm nan Eta Nouyók Pwogram Ombudsman swen alontèm ede moun aprann sou etablisman enfimyè yo epi lòt paramèt pou swen alontèm. Li ede rezoud pwoblèm tou ant paramèt sa yo epi rezidan yo oswa fanmi yo. RELE SIT ENTÈNÈT 1-800-342-9871. Apèl sa a se gratis. http://www.ltcombudsman.ny.gov Ou ka kontakte Ombudsman tou pou swen alontèm lokal ou direkteman. Ou kapab jwenn kontak enfòmasyon pou ombudsman nan konte w nan anyè a nan sit entènèt sa a : http://www.ltcombudsman.ny.gov/whois/directory.cfm. 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn. Apèl sa a se gratis. Itilizatè TTY yo dwe rele 711 Pou plis enfòmasyon,vizite www.villagecaremax.org. 27

VillageCareMAX Full Advantage FIDA Plan PARTICIPANT HANDBOOK Chapit 3: Itilize kouvèti nan plan an pou swen sante w ak lòt sèvis ak atik ki kouvri Tab Matyè A. Apwopo sèvis ak atik yo, sèvis ak atik ki kouvri, founisè yo epi founisè rezo... 30 B. Règ jeneral pou jwenn swen sante w, sante konpòtman w ak sèvis ak sipò alontèm ki kouvri nan Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage 30 C. Ekip Endedisiplinè w (IDT)... 32 D. Manadjè Swen w... 33 Kisa yon Manadjè Swen ye... 33 Ki moun ki jwenn Manadjè Swen... 33 Kouman mwen ka kontakte Manadje Swen m... 33 Kouman mwen ka chanje Manadje Swen m... 33 E. Jwenn swen nan men doktè prensipal yo, espesyalis yo, lòt founisè rezo epi founisè ki pa nan rezo... 34 Jwenn swen nan men yon doktè prensipal (PCP)... 34 Kijan pou w jwenn swen nan men espesyalis yo ak lòt founisè nan rezo... 35 Sak rive si yon founisè rezo kite plan nou... 35 Kouman pou w jwenn swen nan men founisè ki pa nan rezo... 35 F. Jwenn apwobasyon pou sèvis ak atik ki bezwen otorizasyon alavans... 36 G. Kouman pou w jwenn sèvis ak sipò alontèm (LTSS)... 38 H. Kouman pou w jwenn sèvis pou sante konpòtmantal... 38 I. Kouman pou w jwenn swen otodirije... 39 J. Kouman pou w jwenn sèvis transpò... 39 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn. Apèl sa a se gratis. Itilizatè TTY yo dwe rele 711 Pou plis enfòmasyon,vizite www.villagecaremax.org. 28

Chapit 3: Itilize kouvèti nan plan an pou swen sante w ak lòt sèvis ak atik ki kouvri K. Kouman pou w jwenn sèvis ki kouvri lè ou gen yon ijans medikal oubyen bezwen swen ijan oswa lè gen yon dezas... 40 Jwenn swen lè ou gen yon ijans medikal... 40 Kijan pou w jwenn swen ijan...41 Jwenn swen lè gen yon dezas... 42 L. Sak pase si ou te faktire direkteman pou pri konplè sèvis ak atik ki kouvri yo nan Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage... 42 Kisa ou ta fè si sèvis oswa atik yo pa kouvri nan plan nou... 43 M. Kouman sèvis sante w kouvri lè wa p patisipe nan yon etid rechèch klinik... 43 Kisa yon etid rechèch klinik ye... 43 Lè na p patisipe nan yon etid rechèch klinik, ki moun ka p peye kisa... 44 Aprann plis... 44 N. Kouman pou w kouvri sèvis sante w lè w nan yon institisyon sante relijye pa medikal...45 Kisa yon institisyon sante relijye ki pa medical ye... 45 Kisa plan nou kouvri si ou nan yon institisyon sante relijye pa medikal... 45 O. Règ sou posesyon ekipman medikal dirab... 46 Eske ou pral posede ekipman medikal dirab w... 46 Sak rive si ou pedi kouvèti Medicaid ou... 46 Sak rive si ou chanje Plan FIDA w oswa kite FIDA epi ale nan yon Plan MLTC... 47 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn. Apèl sa a se gratis. Itilizatè TTY yo dwe rele 711 Pou plis enfòmasyon,vizite www.villagecaremax.org. 29

Chapit 3: Itilize kouvèti nan plan an pou swen sante w ak lòt sèvis ak atik ki kouvri A. Apwopo sèvis ak atik yo, sèvis ak atik ki kouvri, founisè yo, epi founisè rezo Sèvis ak atik yo se sèvis swen sante, ak sipò alontèm, sante konpòtmantal, medikaman preskripsyon ak medikaman ki vann san preskripsyon, ekipman epi lòt sèvis. Sèvis ak atik ki kouvri se tout sèvis ak atik sa yo ke Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage peye. Sèvis swen sante ak sipò ki kouvri yo gen ladann sa yo ki site nan tablo pou atik ak sèvis ki kouvri nan Chapit 4, Atik D ak tout lòt sèvis Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage, IDT w oswa yon founisè otorize ap deside ki nesesè pou swen w. Founisè yo se doktè, enfimyè epi lòt moun ki bay w sèvis yo ak swen. Tèm founisè a vle di tou lopital, ajans pou sante nan kay, klinik epi lòt kote ki bay w sèvis yo, ekipman medikal epi sèvis ak sipò alontèm. Founisè rezo se founisè yo ki travay avèk plan sante an. Founisè sa yo dakò pou aksepte peman nou yo kòm peman okonplè. Founisè rezo faktire nou direkteman pou swen yo te ba ou. Lè ou wè yon founisè rezo, ou pa peye anyen pou sèvis oswa atik ki kouvri yo. B. Règ jeneral pou jwenn swen sante w, sante konpòtman epi sèvis ak sipò yo ki kouvri nan Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage kouvri tout sèvis ak atik ki kouvri nan Medicare ak Medicaid plis kèk sèvis ak atik adisyonèl ki disponib atravè pwogram FIDA a. Sa gen ladann yo sante konpòtmantal, sipò ak sèvis alontèm yo epi medikaman preskripsyon yo. Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage pral peye jeneralman pou sèvis ak sipò ou bezwen yo si ou swiv règ yo nan plan an sou kijan pou w jwenn yo. Pou yo kouvri: Swen ou jwenn nan dwe yon sèvis oswa atik ki kouvri nan plan an. Sa vle di li dwe enkli nan tablo atik ak sèvis pou plan an. (Tablo a se nan Chapit 4, Atik D nan gid sa a). Lòt sèvis ak atik ki pa site nan tablo a petèt kouvri tou si Ekip Entèdisiplinè (EE) w detèmine yo nesesè pou ou. Swen an dwe nesesè medikalman. Nesesè medikalman vle di sèvis oswa atik sa yo ki nesesè pou anpeche, dyagnostike, korije oswa geri kondisyon ou genyen yo ki lakòz soufrans grav, mete lavi w an danje, rezilte nan maladi oswa enfimite, deranje kapasite w pou fè aktivite nòmal, oswa pwovoke kèk gwo andikap. Sa gen ladan yo swen ki anpeche w ale nan yon lopital oswa etablisman enfimyè. Li vle di tou ke sèvis, ekipman oswa medikaman yo konfòm dapre estanda ki aksepte nan pratik medikal. 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn. Apèl sa a se gratis. Itilizatè TTY yo dwe rele 711 Pou plis enfòmasyon,vizite www.villagecaremax.org. 30

. VillageCareMAX Full Advantage FIDA Plan GID PATISIPAN Chapit 3: Itilize kouvèti nan plan an pou swen sante w ak lòt sèvis ak atik ki kouvri Ou pral genyen epi nou espere ou pral koopere avèk yon Ekip Endèdisiplinè (IDT). IDT w pral evalye bezwen ou yo, travay avèk w epi/oswa reprezantan w pou plan w oswa sèvis ou yo, epi asire ou resevwa enfòmasyon apwopo IDT a nan atik C chapit sa a: Ekip Entèdiplinè w.» Nan pi plis nan ka yo, ou dwe jwenn apwobasyon Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage, IDT w oswa yon founisè otorize avan ou kapab jwenn aksè nan sèvis ak atik ki kouvri yo. Sa rele otorizasyon alavans. Pou aprann plis sou otorizasyon alavans, wè Atik F paj 36: Jwenn sèvis ak atik apwouve ki bezwen otorizasyon alavans.» Ou pa bezwen otorizasyon alavans pou swen ijan oubyen swen ki nesesè imédyatman oswa pou w wè yon doktè pou fanm. Ou ka jwenn lòt kalite swen san otorizasyon alavans. Pou aprann plis sou sa a, wè Atik F paj 36: Jwenn sèvis ak atik apwouve ki bezwen otorizasyon alavans. Ou pral genyen yon Manadjè Swen ki pral sevi kòm pwen kontak prensipal ou avèk IDt w. Ou ka jwenn plis enfòmasyon apwopo Manadjè Swen an nan Atik D paj 33: Manadjè Swen w. Ou dwe chwazi yon founisè rezo pou sevi kòm Doktè Prensipal (PCP) ou. Ou gen dwa chwazi tou pou PCP w vin yon manm nan IDT w Pou aprann plis sou chwazi oswa chanje yon PCP, wè Atik E chapit sa a: Jwenn swen nan men yon Doktè Prensipal, espesyalis, lòt founisè rezo ak founisè deyò rezo. Ou dwe jwenn sèvis ak atik yo nan men founisè ki nan rezo yo. Dabitid, Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage pa p kouvri sèvis oswa atik founisè ki pa patisipe nan rezo Plan FIDA VillageCareMAX Full Advantage. Men kèk ka kote règ sa a pa aplike:» Plan an kouvri ijans oswa swen ki nesesè imédyatman nan men founisè ki pa nan rezo. Pou aprann plis ak wè sa swen ijan ki nesesè imedyatman vle di, wè Atik K paj 40: Kouman pou w jwenn sèvis ki kouvri lè w gen yon ijans medikal oswa bezwen swen, oswa lè gen yon dezas.» Si ou bezwen swen plan nou kouvri epi founisè rezo nou yo pa kapab bay ou yo, ou ka resevwa swen sa a nan men yon founisè deyò rezo. Nan sityasyon sa a, nou pral kouvri swen an kòm si ou te jwenn li nan men yon founisè rezo epi ou pa p peye anyen. Pou aprann apwopo jwenn apwobasyon wè yon founisè deyò rezo, wè Atik K paj 40: Kijan pou w jwenn sèvis ki kouvri yo lè ou gen yon ijans medikal oswa ou bezwen swen ijan, oswa pandan yon dezas.» Plan an kouvri sèvis ak atik founisè ak famasi deyò rezo yo lè yon founisè oswa famasi pa disponib nan yon distans ki rezonab ak lakay ou.» Plan an kouvri sèvis pou dyaliz ren lè ou deyò zòn sèvis plan an pandan yon ti tan. Ou ka jwenn sèvis sa yo nan yon etablisman Medicare agreye pou sèvis dyaliz. 8:00 nan maten jiska 8:00 nan aswè, 7 jou pà semèn. Apèl sa a se gratis. Itilizatè TTY yo dwe rele 711 Pou plis enfòmasyon,vizite www.villagecaremax.org. 31