Ce document ne peut être reproduite et / ou adopté en tout ou en partie à condition qu'il n'y a pas de changement important dans le contenu, les

Similar documents
Amplwayè: Amplwaye: Dat Pèt: Nimewo Dosye: Nimewo Ka Leta:

Florida History: Famous Floridians: Henry Morrison Flagler

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: 1FES 64. Tab Number: 63 CE FES 1D: Document Title: Document Date: Haiti.

Financial Assistance Documents Texas Health Huguley

REZIME AVI DEPATMAN TIMOUN AK FANMI FLORIDA RÈGLEMAN KONSÈNAN RÈGLEMAN SOU ENFÒMASYON AK JESYON PRIVE AK PWOTEKSYON ENFÒMASYON PÈSONÈL SOU SANTE

Atelye MIT ap fè sou teknoloji pou metòd aprantisaj aktif ki chita sou resous pedagojik san baryè Le Plaza, Pòtoprens, Ayiti, janvye 2013

BOSTON REGION METROPOLITAN PLANNING ORGANIZATION

8 YÈM ANE NIVO ENTÈMEDYÈ

Pou plis enfòmasyon, tanpri rele nan (305)

Gid Paran pou Jadendanfan Volontè

Evite kè sote moun genyen souvan nan afè bay tete

(ii) Bay enfòmasyon ki klè konsènan kritè kondisyon kalifikasyon pou fè aplikasyon ak metòd pou aplike pou jwenn èd finansye;

Règleman Asistans Finansye & Faktirasyon/Règleman sou Koleksyon. Règleman sou Asistans Finansye

SEKSYON PRATIK POU F È APÈL NAN BAWO FLORID LA

Chanselye a ELÈV KI ANSENT OUBYEN KI GEN PITIT AK KONFIDANSYALITE NAN SANTE REPWODIKTIF REZIME CHANJMAN YO

FLORIDA HEALTHY KIDS CORPORATION AVI SOU PRATIK PWOTEKSYON EFÒMASYON PRIVE

DRAFT ETA FLORID PLAN CONSOLIDATED JULY 1, JUNE 30, 2020

DEZYÈM LIV KESYON KI BAZE SOU YON SERI DOKIMAN (DBQ) 16 NOVANM Ekri non w ak non lekòl ou an lèt majiskil sou liy ki anwo yo.

GID POU LEKÒL PIBLIK BOSTON POU FANMI AK ELÈV

Chwazi yon Lekòl Segondè: Yon Mesaj pou Elèv ak Fanmi yo

NÒM DISIPLIN AK MEZI POU ENTÈVNI NAN TOUT VIL LA {KÒD DISIPLIN} Depatman Edikasyon vil Nouyòk. Joel I. Klein Chanselye Haitian Creole

Vin jwenn nou pou yon randevou entènasyonal sou. Pwpozisyon pou Pri tikèt MBTA

ekouvri Lekòl Piblik Boston Fanmi Boston gen chans pou yo gen plis chwa pou edikasyon pitit yo pase prèske tout lòt kote nan Etazini

Maladi Malarya: Enfòmasyon ou dwe konnen

SAMPLE LETTER TO PARENTS (USE SCHOOL LETTERHEAD) ELEMENTARY SCHOOL INTRODUCTORY LETTER FOR HGD UNIT KINDERGARTEN-FOURTH GRADE.

Lekòl Piblik Boston. Byenveni nan Lekòl Nou yo.

Nou la pou ou. Manyèl pou Manm. Aetna Better Health of New York. aetnabetterhealth.com/newyork NY

James H. DeGraffenreidt, Jr. Prezidan Konsèy Administrasyon Edikasyon l Eta. Nancy S. Grasmick Sipè-entandan L Eta pou Lekòl

AETNA BETTER HEALTH SM FIDA PLAN Rezime sou Benefis pou 2017

Egzèsis sou ADN Glikozilaz - nivo 1-2

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

Règleman/Pwosedi Tit: Règleman Èd Finansye - Dat anvigè: Janvye 2016 Charity Care Depatman: Sik revni # Règleman: 2209 Paj 1 sou 17

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

VIL PEYI DAYITI YO:AKSYON POU JODI A AK YON KOUDÈY SOU DEMEN REZIME

Florida Healthy Kids (Timoun Ansante nan Florid) Liv pou Manm yo Mwa me 2018 Sèvis Kliyantèl:

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN VIVAN. Vandredi 28 janvye :15 pou 12:15 p.m.

ST. VINCENT S MEDICAL CENTER. POLITIK KONSÈNAN ASISTANS FINANSYÈ Koumanse 9 me 2017

Pati B Avi konsènan Mezi Pwoteksyon pou Paran ak Elèv Andikape yo

4THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

Èd Apre Dezas. FEMA 545 / Jiyè Gid Aplikan pou Pwogram Endividyèl & Familyal

Moffitt Cancer Center

CORNERSTONE, Level A: Haitian Creole Translations

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Jedi, 29 janvye :15 a.m. pou 12:15 p.m.

DWA AK RESPONSABILITE LOKATÈ

Gid Politik Pou Elèv ak Fanmi yo

Gid pou Lè Gen Lanmò. Boston Medical Center Biwo Zafè Moun ki Mouri. Telefòn: Faks:

PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SNAP SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM (SNAP) APLIKASYON/RESÈTIFIKASYON

PINGA OU VIRE PAJ SA A TOUTOTAN YO POKO DI W VIRE L.

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

APLIKASYON/RE-SÈTIFIKASYON NAN PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM, SNAP)

Sa se yon dokiman legal enpòtan. Tanpri gade li nan kote ki an sekirite.

Sa Kap Swiv la se Manyèl de Baz Elèv ak Fanmi ki kouvri Règ Debaz ak Règleman Lekòl City on a Hill

Pou Tout Elèv Nou yo:

Prentan Sistèm sa a san danje, an sekirite, legal ak vit.

POU PLIS ENFOMASYON / parents/ spanish/ default.htm oswa ale nan: Rechech: Regleman Konduit Elev yo

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

Non Elèv la. Non Lekòl la

AmericasBarometer: Ayiti, 2010 Vanderbilt University Dwa resève.

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

Kijan pou touche jijman lajan Collecting a Money Judgment Haitian Creole

Biwo Fonksyònman Lekòl Règ Komisyon Konsèy Lekòl 5500

Emerante De Pradines: Good morning Mr. Watson. Emerante De Pradines: Bonjou Msye Watson.

POU ELÈV LEKÒL MWAYÈN AK LEKÒL SEGONDÈ YO NAN LEKÒL PIBLIK BOSTON

Konsey Pou Prepare w Pou Siklon

ISTWA ETAZINI AK GOUVÈNMAN

Manyèl Fanmi ak Elèv

Liv Referans Anplwaye yo & Enfòmasyon sou Benefis

KONTRAKTE KI NAN FLORIDA K-AP TRAVAY NAN JADEN/ CHEF EKIP LIV POU ETIDYE POU EGZAMEN-AN

YON LEGLIZ KI AN SANTE KATRIYÈM EDISYON. Mark E. Dever. 525 A Street NE Washington, DC Phone (202) , FAX (202)

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

Klas 6 yèm ane pou 12 yèm ane

EVCS Nouvèl. ~ Byenvini~

KONTRA ANT WALT DISNEY PARKS AND RESORTS U.S. SERVICE TRADES COUNCIL UNION (REGILYE PART TIME) EFEKTIF 30 Mas, 2014

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

GID PARAN ak GADÒ Lekòl Piblik Somerville. 8 Bonair Street Somerville, MA

6323 Seventh Avenue Brooklyn, NY 11220

ISTWA AK JEWOGRAFI JENERAL

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 21 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Plan Avi Anyèl sou Chanjman ak Ti liv pou Patisipan pou 2017

Klas 6 yèm pou 12 yèm ane

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 26 janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

TANPRI PATAJE DOKIMAN SA Disponib an Panyòl, Kreyòl, oubyen Gwo Postè sou Demann

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAM VIVAN

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 19 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY LIV ENFÒMASYON POU PARAN AK ELÈV (TYPE ALL CAPS) INSERT SCHOOL NAME INSERT SCHOOL ADDRESS INSERT SCHOOL OFFICE NUMBER

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 23 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

LIV REGLEMAN SOU KONDWIT ELÈV

Katalòg Pwodwi Sante pou Ane 2015

West Boca Raton Community High School

Gid Byenveni. Preparasyon pou tan w ap pase a

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ. Jedi 19 Jen :15 jiska 4:15 p.m.

Repons sanitè apre tranblemanntè a nan peyi d Ayiti (janvye 2010)_ Leson ki tire sizoka yon gwo katastwòf demen

PWOGRAM ANSEYMAN ENDIVIDYALIZE (IEP) DEPATMAN ANSEYMAN LETA MARYLAND (MSDE) DIVIZYON ANSEYMAN ESPESYAL / SÈVIS ENTÈVANSYON BONÈ

C h a p i t 5 Prevansyon enfeksyon. Nan chapit sa a: Prevansyon enfeksyon sove la lav Prevni enfeksyon lè w evite jèm...52

ISTWA AK JEYOGRAFI JENERAL

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

Is Konektikèt GID POU SA KI FÈK VINI YO. Sa se yon gid sou tout vil, minisipalite, ak lòt sèvis kin nan zòn Is Konektikèt la

Questionnaire number. MUNICIPIO. Komin: HAISEKSYON. Seksyon Kominal: HAISEC. Zòn [optionel] HAISEGMENTO. Segman Recensman [Kod Oficiel Recensman an]

Transcription:

Ce document ne peut être reproduite et / ou adopté en tout ou en partie à condition qu'il n'y a pas de changement important dans le contenu, les procédures préconisées ou la politique recommandé. Toute personne désireuse de reproduire ou adopter doit en informer par écrit CDEMA. ISBN: 978-976-8243-18-8

KI GEN EKSPERYANS. - PREMYE PATI: LIV FÒMATÈ KÒD PRATIK POU KONSTRIKSYON KAY: YON LIV POU FÈ FÒMASYON POU FÒMANN AK BÒS MASON KI GEN EKSPERYANS PREMYE PATI: LIV FÒMATÈ Kòd pratik pou konstriksyon kay: Yon liv pou fè fòmasyon pou fòmann ak bòs mason ki gen eksperyans. Premye pati: Liv Fòmatè CARIBBEN DISASTER EMERGENCY RESPONSE AGENCY (CDERA) OUT 2005 2

SA KI NAN LIV LA Anvan tout kòmansman... 4 Remèsiman... 6 Entwodiksyon... 7 1 Dimansyon travay sa a... 8 2 Dokiman referans... 8 3 Mo ak definisyon... 8 4 Prensip Jeneral... 9 4.1 Objektif... 9 4.2 Prensip fòmasyon yo... 9 4.3 Metòd fòmasyon an... 9 4.4 Repons yo bay pou kesyon patisipan yo... 10 5 Prensip evalyasyon yo... 10 5.1 Metòd evalyasyon yo... 10 6 Kontwòl kalite egzamen yo... 11 Anèks A... 12 3

Anvan tout kòmansman Se òganizasyon rejyonal Karikòm pou estanda ak kalite ki te prepare Kòd pratik pou konstriksyon kay la: yon liv pou fè fòmasyon pou fòmann ak bòs mason ki gen eksperyan, pa mwayen Komite teknik jesyon li a. Kòd pratik la chita sou lòt jefò ki te fèt nan Karayib la pou chita sou kesyon konstriksyon solid nan sektè fòmèl ak enfòmèl la. Se Ajans Karayibeyen pou Repons Ijan nan Dezas (AKRID/CDERA) ak konkou Òganizasyon Eta Ameriken (OEA) ki te prepare liv fòmatè ak liv etidyan yo, ak finansman ki soti nan Ajans Kanadyen pou Devlopman Entènasyonal (AKDE/ACDI), sou lobedyans Pwogram Karayibeyen pou Ranfòse Kapasite pou Redui Risk (CHAMP). Ak pwogram sa a, yo te fè yon evalyasyon sou kalite pratik konstriksyon ki egziste nan sektè enfòmèl la, opòtinite pou fè fòmasyon, kapasite lekòl teknik lokal yo, kantite règ/lwa sou konstriksyon ki egziste ak kad pou kontwole epi pase men nan sa ki ekri sou sa. Evalyasyon sa a te tabli baz referans sou aktivite fòmasyon ki egziste nan sektè enfòmèl la, ki te kontribye nan preparasyon yon pwogram fòmasyon sou konstriksyon ki pi solid. Pwogram nan te chita sou enfòmasyon ki nan direktiv sou konstriksyon Oganizasyon Eta ki nan Lès Karayib la (OELK/OECS) epi yo te teste l nan rejyon an pa mwayen yon atelye fòme-fòmatè nan peyi Grenad ak yon atelye fòme-fòmatè nan peyi Beliz ann avril 2005. Apre sa, yo te rafine pwogram nan epi yo te itilize l pou fè fòmasyon nan Eta pilòt CHAMP an nan peyi Beliz, Grenad ak Sentlisi; ak Zile Vyèj Britakik yo. CDERA te tabli yon gwoup travay teknik ki gen ladan lekòl komès nan rejyon an ki t ap fini pa anseye pwogram nan, atout enstitisyon kredi ki bay ipotèk nan karayib la pou prepare yon pwogram/kou sou konstriksyon ki pi solid. Gwoup Koperasyon Tematik sou konstriksyon pi solid CDERA a te apwouve kou a. Òganizasyon Eta Ameriken (OEA) te bay lòt sipò teknik ak manm Gwoup Koperasyon Tematik sou konstriksyon pi solid CDERA a, ki te bay konkou nan koreksyon dokiman an. Nan mwa dawout 2005 CDERA te tanmen diskite ak òganizasyon rejyonal KARIKÒM pou Nòm ak Kalite (ORKNK/CROSQ) Komite jesyon Teknik la sou pèmisyon pou kou sou konstriksyon pi solid li a. An novanm 2005, yo te konvoke yon reyinyon Komite Jesyon Teknik ORKNK/CROSQ a pou egzaminen pwogram/kourikoulòm nan, liv etidyan ak liv fòmatè pou kou sou konstriksyon pi solid la. CDERA te pase men nan dokiman an dekwa pou l te ka respekte rekòkandasyon Komite Jesyon Teknik la epi yo te revoye dokiman an bay pati konsène yo pou lòt kòmantè. An fevriye 2006 yo te konvoke komite koreksyon CROSQ a pou korije l dokiman nou rele jodi a Kòd Pratik pou Konstriksyon Kay: Yon liv pou fè fòmasyon pou fòmann ak bòs mason ki gen eksperyans Premye pati: Liv fòmatè epi yo te voye l bay Konsèy CROSQ 9-10 mas 2006 la pou apwouve l. 4

KÒD PRATIK POU KONSTRIKSYON KAY: YON LIV POU FÈ FÒMASYON POU FÒMANN AK BÒS MASON Yo te prepare dokiman sa a ann akò ak regleman ISO/IEC yo, Dezyèm pati: Règ sou estrikti ak jan pou ekri nòm entèrnasyonal yo. Dokiman sa a se Premye Pati nan yon seri ki gen 2 Pati Kòd Pratik pou konstriksyon kay: Yon liv pou fè fòmasyon pou fòmann ak bòs mason epi yo ta dwe sèvi avè l atout Kòd pratik pou konstriksyon kay: Yon liv pou fè fòmasyon pou fòmann ak bòs mason Deyèm pati: Liv etidyan. Pwochen dat pou pase men nan dokiman sa a se avril 2009. 5

Remèsiman Ajans Karayibeyen pou Repons Ijan nan Dezas (AKRID/CDERA) vle prezante apresasyon sensè ak tout rekonesans li bay anpil patnè li ki te potekole pou yo te rive prepare premye Kòd pratik konstriksyon kay sa a: Yon liv pou fè fòmasyon pou fòmann ak bòs mason nan Karayib la. CDERA te tabli yon gwoup travay teknik pa mwayen Patenarya Enjenyè konsiltan (PEK/CEP) pou travay sou pwogram/kou Kòd Pratik konstriksyon kay la ak materiel fòmasyon yo. Patisipan yo te gen ladan Samuel Jackman Prescod Polytechnic; Babad, Edikasyon teknik ak pwofesyonèl ak Konsèy Fòmasyon; Babad, Sant fòmasyon pou travay; Beliz, Kolèj Kominotè T. A. Marryshow; Grenad, St Patrick s Multi Purpose Centre; Grenad, Kolèj kominotè Lavity Stoutt; Zile Vyèj Britanik, Kolèj Kominotè Sir Arthur Lewis; Sentlisi, Inivèsite Teknoloji, Jamayik; Asosyasyon asirans nan Karayib la, Asosasyon Bank endijèn kayayib yo; ak òganizasyon rejyonal Karikòm pou nòm ak kalite (ORKNK/CROSQ). Òganizasyon Eta Ameriken te bay lòt sipò teknik atout manm Gwoup Koperan Tematik CDERA sou konstriksyon pi solid la, ki te ede korije dokiman an. Mete sou sa, Òganizasyon Rejyonal Harikòm pou Nòm ak Kalite (ORKNK/CROSQ) pa mwayen Komite Jesyon Teknik li a ak Komite Editoryal la te fasilite finisman dokiman an. Se sipò lajan (AKDE/ACDI) ki te rann pwodiksyon dokiman sa a posib. 6

Entwodiksyon Sitiyasyon jewografik rejyon Karayib la, ki se rezon ki fè li te attire moun ki ret ladann ak moun ki vizite l, se petèt baz frajilite l tou devan risk natierèl tankou tanpèt twopikal, siklòn, inondasyon, eklatman vòlkan, dife ak deboulonnman teren. Nan rejyon an, domaj dirèk ak endirèk ki soti nan risk natirèl pandan trant dènye lane yo estime ant $700 milyon rive $3.3 milya dola meriken chak ane. Yon gwo pòsyon nan richès tout nasyon envesti nan konstwi anviwonman: kay, enfrastrikti, enstalasyon endistriyèl ak komèsyal. Estatistik demontre ke nan dènye tan sa yo gen yon ogmantasyon nan domaj move pratik konstriksyon lakoz (Kit se metòd konstriksyon kit se materyo) ak move enplantasyon komèsan kenkayri andyoze moun fè. Preparasyon yon systèm regleman pou konstriksyon (kòd konstriksyon, itilizasyon teren ak preparasyon plan, ak yon sistèm enspeksyon) jwe yon wòl enpòtan nan asire kalite anviwonman konstriksyon an. Yon gwo pousantay kay nan Karayib la konstwi konstwi pa sektè enfòmèl konstriksyon k ap fonksyonnen andeyò endistri konstriksyon fòmèl ki reglemante ak nòm konstriksyon ak otorite k ap fè plakifikasyon yo. Se yon ti ponyen kontraktè ak bòs ki respekte nòm ak kòd konstriksyon ki dominen sektè sa a. Mete sou sa, anpil bòs nan sektè a, nan pifò ka, pa t janm resevwa fòmasyon fòmèl oswa diplòm. Fòmasyon pou moun nan tout branch endistri konstriksyon sou teknik konstriksyon apwopriye se yon kontribisyon enpòtan pou kòd ak lwa, epi kapab vrèman ogmante kalite sektè byen frajil sa a sou mache kay la. Sou baz sa ki te déjà fèt ak ansyen tantativ nan Karayib la, Òganizasyon Eta Ameriken (OEA) te dirije Pwojè Rediksyon Dezas nan Karayib la (PRDK/CDMP) ak Pwojè Rediksyon Dezas Apre Gòdonn (PRDAJ/PGDM) nan sektè fòmèl ak enfòmèl konstriksyon yo, Pwogram Ranfòsman Kapasite pou Redui Risk (PRKRR/CHAMP) te devlope an 2001 kòm mekanis kote anpil leson yo te aprann nan ansyen tantativ to te kab ranfòse epi devlope. Pwogran CHAMP a ke (AEKD/AKDI) te finance pandan twazan te rekonèt fòskote ki gen nan divès entèvansyon ak rechèch pou pwodui yon kad rejyonal pou pwofesyonèl ki diplome nan teknik konstriksyon pi solid nan sektè enfòmèl la, atout komèsan ki estoke materyo konstriksyon pi solid pou vann. Pou sa reyisi, demach pou rekonèt diplòm yo dwe fèt nan nivo Karikòm pou deplasman konpetans anndan Grenn Mache ak Ekonomi Karayib la (GMEK/CSME) epi kòm premye etap, CDERA te kòmanse brase lide ak Òganizasyon Rejyonal Karikòm pou Nòm ak Kalite (ORKNK/ CROSQ) pou jwenn sipò yo pou rekonèt yon grenn pwogram konstriksyon kay nan karayib la ki t ap sèvi kòm baz diplòm bòs nan rejyon an t ap resevwa. Sou konsèy Komite Jesyon Teknik CROSQ a, yo te revize pwogram konstriksyon pi solid la pou l vin Kòd Pratik pou konstriksyon Kay: Yon liv pou fè fòmasyon pou fòmann ak bòs mason ki gen eksperyans. 7

1 Dimansyon travay sa a Kou sou kòd pratik konstriksyon kay la fèt pou l diplome moun k ap bati kay, dekwa pou yo kab konstwi kay nan Karayib la ki mwens frajil devan risk natirèl yo. Sa mande pou yo konn gwo nòm planifikasyon konstriksyon yo, materyo konstriksyon ak metòd konstriksyon yo. Liv fòmatè sa a bay enfòmasyon sou fòmasyon ak prensip evalyasyon pou elèv granmoun, epi yo ta dwe sèvi ak li atout Kòd pratik pou konstriksyon kay la: yon liv pou fè fòmasyon pou fòmann ak bòs mason ki gen eksperyans. Dezyèm pati: Liv etidyan yo. Tout prensis sa yo ki fèt pou aprann granmoun esplike pwòp tèt yo. Ensèyman yo ta dwe fèt nan seyans fòmasyon dekwa pou efikasite kou a ka maksimòm. Dezyèm pati nan Kòd la ap disponib sou sit wèb CDERA a (www.cdera.org) nan yon yon fòm PDF moun ka dawounlode. Etidyan ka dawounlode epi enprime dokiman an, oswa enstitisyon k ap fè fòmasyon an ka enprime kopi epi bay etidyan yo, oswa yo ka pase dokiman an sou yon ekran nan klas la ak yon konmpitè. Kòd la pa gen kritè sou plonbri ak enstalasyon elektrik. 2 Dokiman referans Nou te sèvi ak dokiman sa yo pou n prepare kòd la: Barbados National Standards Institute, Barbados National Building Code, 1993 Organisation of Eastern Caribbean States, Grenada Building Guidelines, 1999 Virgin Islands, Building Regulations, 1999 Belize Chamber of Commerce and Industry, Belize Residential Construction Standards, 1999 3 Mo ak definisyon Nou sèvi ak definisyon mo sa yo pou bon itilizasyon dokiman sa a. 3.1 Prensip pou aprann granmoun Prensis ki fè granmoun aprann pi fasilman 3.2 Modil Seksyon nan kou a ki ka gen rapò ak lòt seksyon yo. 8

4 Prensip Jeneral 4.1 Objektif Objektif kòd la se pou bay fòmann konstriksyon kay abitab ase enfòmasyon itil, pou pèmèt yo sèvi ak metòd konstriksyon yo kòmsadwa epi chwazi materyo pou yo kapab bati kay ki mwens frajil devan risk natirèl yo nan Karayib la. 4.2 Prensip fòmasyon yo Patisipan nan klas la se granmoun ki gen dezan eksperyans pou pi piti nan konstriksyon, epi ki kab nan travay pandan y ap swiv kou a. Fòmatè a ta dwe foure prensip pou aprann granmoun sa yo nan dewoulman kou a: a) pèmèt patisipan yo pataje eksperyans pratik yo pou ogmante valè fòmasyon an toutotan l ap dewoule; b) rann enfòmasyon ki aplikab dirèkteman ak bezwen patisipan yo aksesib pou amelyore pèfòmans yo epi rezoud pwoblèm yo; c) pèmèt patisipan yo epi kesyonnen enfòmasyon yo pou yo ka rive aksepte yo; d) respekte opinyon patisipan yo; e) bay patisipan yo ase tan pou yo panse sou yon nouvo enfòmasyon pou yo ka fè analiz kritik li; f) ankouraje patisipan yo pou yo mete nouvo lide ak enfòmasyon yon ak sa ki te egziste déjà epi pou yo kontinye itilize nouvo enfòmasyon sa a; g) santre fòmasyon an sou yon tèm/sijè alafwa, ak jan yo ka sèvi ak yo pou rezoud pwoblèm yo. Kòd sa a te fèt pou etidyan granmoun e li yon ti jan touche prensip b, f, ak g yo. 4.3 Metòd fòmasyon an Yo dwe aplike fòm sa a. a) Se pou dwe ankouraje patisipan yo pataje eksperyans nan kòmansman chak seyans fòmaasyon. Domèn yo rekòmande pou brase lide se planifikasyon konstriksyon, materyo ak metòd apwopriye pou modil y ap diskite sou yo a. b) Alòs, enfòmasyon ki nan modil y ap konsidere a ta dwe prezante ak opotinite pou etidyan yo poze kesyon nan finisman chak seyans fòmasyon. c) Patisipan to dwe detaye metòd konstriksyon yo anplwaye yo anvan yo prezante metòd konstriksyon espesyal la pou fòmate a ka konprann fòskote ki gen nan pratik yo genyen kounye a. d) Yo pa dwe prezante plis pase yon modil pandan yon seyans nan klas. 9

e) Partisipan yo dwe vizite kote ki gen konstriksyon k ap fèt pou yo ka idantifye lide yo te prezante nan dènye modil la. 4.4 Repons yo bay pou kesyon patisipan yo Fòmatè a pa dwe kite kesyon oswa kòmantè patisipan yo entimide li, espesyalman lè eksperyans yo genyen nan nòm konstriksyon depase sa ki detaye nan Kòd la. Fòk nou pa bliye ke Kòd la gen ladan nòm minimòm, epi li akseptab si patisipan yo pwopoze pi gwo nòm. Lè y ap diskite kesyon pi gwo nòm, yo dwe konsidere kantite lajan konstriksyon kay la ap koute. Fòmatè 1 a dwe voye kesyon patisipan yo te gen sou enfòmasyon yo ki pa detaye nan dezyèm pati Kòd la bay òganizasyon ki pibliye liv la. Fòmatè a dwe reponn kesyon patisipan yo nan pwochen kou a. 5 Prensip evalyasyon yo Yo dwe teste eleman aprantisay konitif, psikomotè ak afektif pou yo ka teste konesans, devlopman konpetans psikomotè ak atitid ak vale youn apre lòt. 5.1 Metòd evalyasyon yo 5.1.1 Yo ka teste aprantisay konitif pa mwayen egzamen aloral oswa ekri nan klas. Patisipan yo dwe montre yo gen ladrès nan: a) Konprann epi sonje enfòmasyon sou planifikasyon konstriksyon an; b) Idantifye epi chwazi bon kalite materyo konstriksyon; c) Konprann epi sonje metòd konstriksyon yo. 5.1.2 Yo ka teste aprantisay afektif la nan klas ak sou chantye. Yo ka mezire atitid patisipan yo nan kou a nan volonte yo montre yo genyen pou yo itilize nòm konstriksyon apwopriye yo, jan sa te detaye nan dezyèm pati Kòd la. 1 Nou ankouraje fòmatè yo pou enfòme òganizasyon ki pibliye Dezyèm pati Kòd la sou tout sa ki ta manke ladan. Kòmantè oswa kesyon yo dwe al nan adrès sitwèb kou Safer Building nan: www.crosq.org, adrès Imel: saferbuildingcourse@crosq.org oswa pa faks [nimewo], pou yon repons apwopriye atan. 10

5.1.3 Yo teste aprantisay psikomotè sou chantye. Fòmatè a dwe vizite chantye kote patisipan yo ap travay epi evalye metòd yo travay selon Dezyèm pati Kòd la. Nou ka evalye pèfòmans patisipan yo nan finisman kou a pou n elimine estrès yo ka genyen lè yo konnen davans yo gen yon egzamen pou yo fè. 6 Kontwòl kalite egzamen yo Se yon ajans rejyonal apwopriye k ap gen pou l jere egzamen final la. FINISMAN 11

Anèks A (Nòmatif) Pwogram kou a A.1 Entwodiksyon Pwogram kou sa a detaye sa nou vize, sa ki ladan ak objektif kou sou konstriksyon pi solid la, ki fèt pou amelyore konesans teknik patisipan ki swete dirije aktivite konstriksyon kay. A.2 Evalyasyon ladrès ak kapasite ki pou fèt Pwogram kou a fèt pou teste ladrès ak kapasite patisipan yo nan de nivo konesans: a) Konesans sou pwosedi ki se kapasite pou l sonje, chwazi epi itilize yon aktivite konstriksyon espesyal nan kontèks pozisyon kòrèk li nan sekans apwopriye li genyen nan aktivite konstriksyon yo; b) Konesans annapre se kapasite pou l sonje, chwazi epi itilize yon aktivite konstriksyon pou l evite oswa redui yon risk domaj. A.3 Sa ki nesesè pou yon moun gen dwa patisipe nan kou a Sa nou pral bay la yo se sa ki nesesè pou yon moun gen dwa patisipe nan kou a : a) Yon sètifika/diplòm nan mason oswa chapant ki gen dèyè l yon djòd nan endistri konstriksyon an kòm bòs oswa fòmann pou yon period ki pa mwens pase de lane; oswa b) Anplwaye nan endistri konstriksyon an kòm mason oswa fòmann andan yon dire total ki pa mwens pase kat lane. 12

A.4 Jan kou a balanse Kòd pratik konstriksyon kay la òganize an 8 modil, jan yo montre sa nan Tablo A.1 an. Tablo A.1 Jan nou pwopoze balance kou a Modil Kantite Kantite lè Chantye yo vizite (è) (CHV) 1. Prezantasyon kou a/oryantasyon 1 0 2. Planifikasyon anvan konstriksyon 3 1 3. Preparasyon chantye 3 1 4. Fondasyon 4 1 5. Atè 3 1 6. Mi 3 1 7. Do kay 5 1 8. Ti reparasyon ann 3 1 Total 25 7 Chak modil dwe dire twazè d tan kou nan klas pou pi piti epi li dwe gen ladan yon vizit chantye pou pi piti. Tan total pou tout kou a fini pa dwe mwens pase 25è d tan kou nan klas ak 7è d tan vizit chantye. Pliske patisipan yo ap plis gen chans travay lajounen, kou yo ka fèt nan apremidi. Yo pa dwe depase yon modil pa semenn, sa k ap vin bay uit semenn kou. Se patisipan ki montre yo konprann omwens 80% nan sijè yo wè nan chak modil ki dwe resevwa diplòm/sètifika. A.5 Objektif kou a Nan finisman kou a, etidyan yo dwe kapab: Sonje, chwazi epi itilize aktivite espesyal konstriksyon nan kontèks li ak nan pozisyon kòrèk li nan sekans aktivite konstriksyon apwopriye yo; Sonje, chwazi epi itilize aktivite konstriksyon pou evite oswa redui risk domaj; Rezime metòd konstriksyon pi solid dekwa pou lè yo itilize yo, sa ka pèmèt estrikti (poto ki kenbe kay la) sipòte danje natirèl; Idantifye epi chwazi bon kalite materyo konstriksyon pou n itilize antan n ap fè sèten ke nou itilize metòd ki pi solid yo pou n bati kay; Fè epi egzekite plan konstriksyon ki pou aplike nan sitiyasyon reyèl lavi. 13

KÒD PRATIK POU KONSTRIKSYON KAY: YON LIV POU FÈ FÒMASYON POU FÒMANN AK BÒS MASON A.5.1 Modil 1: Prezantasyon kou a Prezantasyon kou a se yon oryantasyon sou kou a, kote kote nou ranmase sa patisipan yo ap espete aprann nan kou a epi nou esplike reskonsablite ak benefis kou a. A.5.1.1 Sa nou vize Modil sa vize bay patisipan yo ase enfòmasyon pou pèmèt yo: a) Deplope ase enterè pou kou a dekwa pou yo ka pran angajman pou yo asiste chak kou; b) Apresye enpòtans tout aktivite sou konstriksyon kay yo. A.5.2 Modil 2: Planifikasyon anvan konstriksyon Planifikasyon kòmsadwa anvan konstriksyon kab rann li fasil pou n fini yon kay ki byen bati atan epi depanse mwens kòb. Kontrè a vrè tou. Seyans sa a ap detaye aktivite planifikasyon ki apwopriye pou moun k ap bati kay epi l ap bay patisipan yo ase konesans pou yo planifye pwojè konstriksyon an ak efikasite. A.5.2.1Objektif Seyans sa a vize bay patisipan yo ase enfòmasyon pou pèmèt yo, an plis: a) jere pwojè konstriksyon an kòmsadwa; b) itilize bon kalite materyo konstriksyon; c) konstwi eleman estrikti (ferayaj) ki solid pou konstriksyon; d) konekte eleman estrikti ferayaj konstriksyon yo ansanm kòmsadwa; e) bati yon kay ki gen yon minimòm frajilite devan menas natirèl yo. A.5.2.2 Tèm Men tèm ki gen nan modil sa a. a) Pwosesis apwobasyon planfikasyon b) Kontra ak kliyan an c) Konstriksyon solid d) Kalite materyo e) Kalite jan yo mare kwen f) Estabilite ferayaj 14

KÒD PRATIK POU KONSTRIKSYON KAY: YON LIV POU FÈ FÒMASYON POU FÒMANN AK BÒS MASON A.5.2.3 Objektif Patisipan yo dwe kapab: a) esplike konsekans posib lè yon konstriksyon kòmanse san leta pa bay otorizasyon l pou plan an; b) siyen yon kontra konstriksyon ak yon kliyan; c) esplike kouman pou yo jere varyasyon ki fèt parapò ak kontra konstriksyon an; d) esplike kouman kouman yo declare yon materyo bon kalite; e) esplike kouman yo pwoteje eleman ki nan estrikti ferayaj la; f) esplike kouman yo konekte eleman estrikti ferayaj yo ansanm. A.5.3 Preparasyon chantye A.5.3.1Objektif Seyans sa a vize bay patisipan yo ase enfòmasyon pou pèmèt yo, an plis: a) idantifye zòn konstriksyon ki frajil; b) idantifye mwayen pou redui frajilite yon kay yo pwopoze; c) jan pou yo fè yon plan kay kòrèk; d) jan pou yo sere materyo kòmsadwa; e) jan pou yo fè wout ki mennnen sou chantye a kòrèkteman. A.5.3.2Tèm Men tèm ki gen nan modil sa a. a) Kondisyon chantye a b) Netwayaj chantye a c) Enplantasyon d) Met materyo nan depo e) Wout pou machin rantre A.5.3.3 Objektif Patisipan yo dwe kapab esplike: a) fajilite zòn yo ak jan pou yo redui risk; b) konsekans sizoka yon enplantasyon pa ta fèt kòmsadwa; c) konsekans si materyo konstriksyon yo mal estoke nan depo; d) demach pou fè wout ki mennen nan chantye a. 15

A.5.4 Modil 4: Fondasyon A.5.4.1Objektif Seksyon sa a vize bay patisipan yo ase enfòmasyon pou pèmèt yo, anplis: a) chwazi yon tip fondasyon ki apwopriye; b) konprann kouman monte/bati chak tip fondasyon; c) Konprann lantouraj ki sèvi kòm ranfò; d) konn kilè pou al chèche konsèy nan men enjenyè. A.5.4.2 Tèm Men tèm ki gen nan modil sa a. a) Fouy b) Kondasyon poto anbwa c) Ranbleyaj semèl d) Semèl filant e) Fondasyon an platfòm bwa A.5.4.3 Objektif Patisipan yo dwe kapab esplike jan chak tip fondasyon rive fèt epi pou ki sikonstans chak tip bon. A.5.5 Modil 5: Atè A.5.5.1Objektif Modil sa a vize bay patisipan yo ase enfòmasyon pou pèmèt yo, anplis: a) Chwazi nan ki jan ak ki materyo pou atè fèt dapre sikonstans yo; b) Konprann kouman chak kalite atè fèt. A.5.5.2 Tèm Men tèm ki gen nan modil sa a. a) Baz fondasyon ak dal anbalakay b) Dal an beton anba lakay ki chita sou semèl filant c) Dal an beton ame ki sèvi pou atè epi ki chita sou semèl an beton d) Atè ki fèt an bwa epi ki monte sou pout an beton ame (sou semèl filant) e) Atè ki fèt an bwa epi ki monte sou poto ki fèt an beton ame (semèl raz/sipèfisyèl) 16

KÒD PRATIK POU KONSTRIKSYON KAY: YON LIV POU FÈ FÒMASYON POU FÒMANN AK BÒS MASON A.5.5.3 Objektif Patisipan yo dwe kapab esplike jan chak tip atè rive fèt epi pou ki sikonstans chak tip bon. A.5.6 Modil 6: Mi/Panno A.5.6.1 Sa nou vize Modil sa a vize bay patisipan yo ase enfòmasyon pou pèmèt yo, anplis: a) Chwazi yon kalite mi ki apwopriye; b) Konprann kouman chak kalite mi fèt/monte A.5.6.2 Tèm Men tèm ki gen nan modil sa a. a) Mi an blòk beton b) Panno A.5.6.3 Objektif Patisipan yo dwe kapab esplike jan chak tip mi/panno rive fèt epi pou ki sikonstans chak tip bon. A.5.7 Modil 7: Do kay A.5.7.1 Sa nou vize Modil sa a vize bay patisipan yo ase enfòmasyon pou pèmèt yo, anplis: a) Chwazi yon kalite do kay ki apwopriye; b) Konprann kouman chak kalite do kay yo fèt; c) Rapare yon do kay gwo van kraze/pote ale. A.5.7.2 Tèm Menn tèm ki gen nan modil sa a. a) Bwa sou yon mi an blòk ki fèk fèt b) Bwa sou yon mi an blòk ki te la deja c) Bwa sou panno d) Reparasyon yon do kay gwo van kraze/pote ale A.5.7.3 Objektif 17

KÒD PRATIK POU KONSTRIKSYON KAY: YON LIV POU FÈ FÒMASYON POU FÒMANN AK BÒS MASON Partisipan yo dwe kapab: Esplike jan chak tip do kay rive fèt epi nan ki sikonstans chak tip bon; Detaye jan pou yo monte/enstale yon nouvo do kay sou yon pout an beton ame ki te la deja, epi detaye tout jan travay pou refè yon do kay dewoule. A.5.8 Modil 8: Ti reparasyon apre konstriksyon A.5.8.1 Sa nou vize Modil sa a vize bay patisipan yo ase enfòmasyon pou pèmèt yo, anplis : Konprann ke ti reparasyon ann apre se sèlman yon pati nan dewoulman konstriksyon an. A.5.8.2 Tèm Men tèm ki gen nan modil sa a. a) Enspeksyon ti reparasyon ann apre A.5.8.3 Objektif Patisipan yo dwe kapab esplike divès kalite enspeksyon ti reparasyon ann pre epi asosye yo ak aksyon pou solisyone yo. FINISMAN 18

Published by The Caribbean Disaster Emergency Management Agency Building No.1, Manor Lodge Complex, Lodge Hill, St. Michael, Barbados, W.I. Tel: (246) 425 0386 Fax: (246) 425 8854 www.cdema.org www.weready.org Funded by: Supported by: