SEKSYON PRATIK POU F È APÈL NAN BAWO FLORID LA

Similar documents
Amplwayè: Amplwaye: Dat Pèt: Nimewo Dosye: Nimewo Ka Leta:

BOSTON REGION METROPOLITAN PLANNING ORGANIZATION

Financial Assistance Documents Texas Health Huguley

REZIME AVI DEPATMAN TIMOUN AK FANMI FLORIDA RÈGLEMAN KONSÈNAN RÈGLEMAN SOU ENFÒMASYON AK JESYON PRIVE AK PWOTEKSYON ENFÒMASYON PÈSONÈL SOU SANTE

Kijan pou touche jijman lajan Collecting a Money Judgment Haitian Creole

Pou plis enfòmasyon, tanpri rele nan (305)

Florida History: Famous Floridians: Henry Morrison Flagler

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: 1FES 64. Tab Number: 63 CE FES 1D: Document Title: Document Date: Haiti.

(ii) Bay enfòmasyon ki klè konsènan kritè kondisyon kalifikasyon pou fè aplikasyon ak metòd pou aplike pou jwenn èd finansye;

Règleman Asistans Finansye & Faktirasyon/Règleman sou Koleksyon. Règleman sou Asistans Finansye

Evite kè sote moun genyen souvan nan afè bay tete

Florida Healthy Kids (Timoun Ansante nan Florid) Liv pou Manm yo Mwa me 2018 Sèvis Kliyantèl:

FLORIDA HEALTHY KIDS CORPORATION AVI SOU PRATIK PWOTEKSYON EFÒMASYON PRIVE

DEZYÈM LIV KESYON KI BAZE SOU YON SERI DOKIMAN (DBQ) 16 NOVANM Ekri non w ak non lekòl ou an lèt majiskil sou liy ki anwo yo.

8 YÈM ANE NIVO ENTÈMEDYÈ

Chanselye a ELÈV KI ANSENT OUBYEN KI GEN PITIT AK KONFIDANSYALITE NAN SANTE REPWODIKTIF REZIME CHANJMAN YO

Gid Paran pou Jadendanfan Volontè

APLIKASYON/RE-SÈTIFIKASYON NAN PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM, SNAP)

ST. VINCENT S MEDICAL CENTER. POLITIK KONSÈNAN ASISTANS FINANSYÈ Koumanse 9 me 2017

PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SNAP SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM (SNAP) APLIKASYON/RESÈTIFIKASYON

DWA AK RESPONSABILITE LOKATÈ

Règleman/Pwosedi Tit: Règleman Èd Finansye - Dat anvigè: Janvye 2016 Charity Care Depatman: Sik revni # Règleman: 2209 Paj 1 sou 17

Èd Apre Dezas. FEMA 545 / Jiyè Gid Aplikan pou Pwogram Endividyèl & Familyal

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

KONTRAKTE KI NAN FLORIDA K-AP TRAVAY NAN JADEN/ CHEF EKIP LIV POU ETIDYE POU EGZAMEN-AN

Pati B Avi konsènan Mezi Pwoteksyon pou Paran ak Elèv Andikape yo

Ce document ne peut être reproduite et / ou adopté en tout ou en partie à condition qu'il n'y a pas de changement important dans le contenu, les

Lekòl Piblik Boston. Byenveni nan Lekòl Nou yo.

ekouvri Lekòl Piblik Boston Fanmi Boston gen chans pou yo gen plis chwa pou edikasyon pitit yo pase prèske tout lòt kote nan Etazini

Gid pou Lè Gen Lanmò. Boston Medical Center Biwo Zafè Moun ki Mouri. Telefòn: Faks:

Gid Politik Pou Elèv ak Fanmi yo

AETNA BETTER HEALTH SM FIDA PLAN Rezime sou Benefis pou 2017

Moffitt Cancer Center

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

Nou la pou ou. Manyèl pou Manm. Aetna Better Health of New York. aetnabetterhealth.com/newyork NY

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

YON LEGLIZ KI AN SANTE KATRIYÈM EDISYON. Mark E. Dever. 525 A Street NE Washington, DC Phone (202) , FAX (202)

4THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

Atelye MIT ap fè sou teknoloji pou metòd aprantisaj aktif ki chita sou resous pedagojik san baryè Le Plaza, Pòtoprens, Ayiti, janvye 2013

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

PINGA OU VIRE PAJ SA A TOUTOTAN YO POKO DI W VIRE L.

Maladi Malarya: Enfòmasyon ou dwe konnen

NÒM DISIPLIN AK MEZI POU ENTÈVNI NAN TOUT VIL LA {KÒD DISIPLIN} Depatman Edikasyon vil Nouyòk. Joel I. Klein Chanselye Haitian Creole

GID POU LEKÒL PIBLIK BOSTON POU FANMI AK ELÈV

James H. DeGraffenreidt, Jr. Prezidan Konsèy Administrasyon Edikasyon l Eta. Nancy S. Grasmick Sipè-entandan L Eta pou Lekòl

KONTRA ANT WALT DISNEY PARKS AND RESORTS U.S. SERVICE TRADES COUNCIL UNION (REGILYE PART TIME) EFEKTIF 30 Mas, 2014

Emerante De Pradines: Good morning Mr. Watson. Emerante De Pradines: Bonjou Msye Watson.

Chwazi yon Lekòl Segondè: Yon Mesaj pou Elèv ak Fanmi yo

Prentan Sistèm sa a san danje, an sekirite, legal ak vit.

Sa se yon dokiman legal enpòtan. Tanpri gade li nan kote ki an sekirite.

POU PLIS ENFOMASYON / parents/ spanish/ default.htm oswa ale nan: Rechech: Regleman Konduit Elev yo

C h a p i t 5 Prevansyon enfeksyon. Nan chapit sa a: Prevansyon enfeksyon sove la lav Prevni enfeksyon lè w evite jèm...52

AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Plan Avi Anyèl sou Chanjman ak Ti liv pou Patisipan pou 2017

Manyèl Fanmi ak Elèv

Egzèsis sou ADN Glikozilaz - nivo 1-2

6323 Seventh Avenue Brooklyn, NY 11220

DRAFT ETA FLORID PLAN CONSOLIDATED JULY 1, JUNE 30, 2020

Liv Referans Anplwaye yo & Enfòmasyon sou Benefis

SAMPLE LETTER TO PARENTS (USE SCHOOL LETTERHEAD) ELEMENTARY SCHOOL INTRODUCTORY LETTER FOR HGD UNIT KINDERGARTEN-FOURTH GRADE.

CORNERSTONE, Level A: Haitian Creole Translations

Non Elèv la. Non Lekòl la

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

AmericasBarometer: Ayiti, 2010 Vanderbilt University Dwa resève.

Vin jwenn nou pou yon randevou entènasyonal sou. Pwpozisyon pou Pri tikèt MBTA

LIV REGLEMAN SOU KONDWIT ELÈV

TANPRI PATAJE DOKIMAN SA Disponib an Panyòl, Kreyòl, oubyen Gwo Postè sou Demann

Pou Tout Elèv Nou yo:

Questionnaire number. MUNICIPIO. Komin: HAISEKSYON. Seksyon Kominal: HAISEC. Zòn [optionel] HAISEGMENTO. Segman Recensman [Kod Oficiel Recensman an]

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN VIVAN. Vandredi 28 janvye :15 pou 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Jedi, 29 janvye :15 a.m. pou 12:15 p.m.

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

ISTWA ETAZINI AK GOUVÈNMAN

Sa Kap Swiv la se Manyèl de Baz Elèv ak Fanmi ki kouvri Règ Debaz ak Règleman Lekòl City on a Hill

Gid Byenveni. Preparasyon pou tan w ap pase a

West Boca Raton Community High School

Konsey Pou Prepare w Pou Siklon

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

Katalòg Pwodwi Sante pou Ane 2015

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAM VIVAN

Biwo Fonksyònman Lekòl Règ Komisyon Konsèy Lekòl 5500

ISTWA AK JEWOGRAFI JENERAL

PWOGRAM ANSEYMAN ENDIVIDYALIZE (IEP) DEPATMAN ANSEYMAN LETA MARYLAND (MSDE) DIVIZYON ANSEYMAN ESPESYAL / SÈVIS ENTÈVANSYON BONÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

EVCS Nouvèl. ~ Byenvini~

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

VIL PEYI DAYITI YO:AKSYON POU JODI A AK YON KOUDÈY SOU DEMEN REZIME

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 19 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

POU ELÈV LEKÒL MWAYÈN AK LEKÒL SEGONDÈ YO NAN LEKÒL PIBLIK BOSTON

Gid Chwa ak Enskripsyon. Chemen Enskripsyon An

Klas 6 yèm pou 12 yèm ane

GID PARAN ak GADÒ Lekòl Piblik Somerville. 8 Bonair Street Somerville, MA

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 21 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

Is Konektikèt GID POU SA KI FÈK VINI YO. Sa se yon gid sou tout vil, minisipalite, ak lòt sèvis kin nan zòn Is Konektikèt la

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ. Jedi 19 Jen :15 jiska 4:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

MINUSTAH: Èske se yon fòs k ap mentni lapè, Oubyen k ap conspire kont li?

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY LIV ENFÒMASYON POU PARAN AK ELÈV (TYPE ALL CAPS) INSERT SCHOOL NAME INSERT SCHOOL ADDRESS INSERT SCHOOL OFFICE NUMBER

AYITI: LIBETE AK KREYATIVITE SOTI NAN MON RIVE NAN LANME

Kontni. Prepare ou: Kreye yon Plan pou Katastwòf Yon Plan pou Moun ki Enfim Definisyon Sitiyasyon Ijans Evakyasyon...

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 26 janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

Transcription:

SEKSYON PRATIK POU F È APÈL NAN BAWO FLORID LA GID POU FÈ APÈL "PRO SE" [KÒM REPEZANTAN TÈT OU]

LIS RESPONSAB NAN SEKSYON PRATIK POU FÈ APÈL NAN BAWO FLORID LA STEVEN L. BRANNOCK, PREZIDAN POU 2007-08 SIOBHAN HELENE. SHEA, PREZIDAN ELI POU 2007-08 DOROTHY F. EASLEY, VIS PREZIDAN POU 2007-08 MATT CONIGLIARO, SEKRETÈ / TREZORYE POU 2007-08 SUSAN W. FOX, ASISTAN VIS PREZIDAN POU 2006-07 CAROLYN A. SHOVLAIN, AJAN LYEZON KOMITE REDAKSYON LIV POU FÈ APÈL "PRO SE" A [KOM REPREZANTAN TÈT OU] DOROTHY F. EASLEY, PREZIDAN KOMITE AK EDITÈ AN CHÈF KIMBERLY JONES, VIS PREZIDAN KOMITE KO-EDITÈ (nan lòd alfabetik) CARYN L. BELLUS, DOROTHY F. EASLEY, SUSAN W. FOX, SIOBHAN HELENE SHEA AJAN LYEZON KOMITE A THOMAS D. HALL, GREFYE TRIBINAL SIPRÈM FLORID, AJAN LYEZON ANT TRIBINAL YO AK BAWO FLORID LA HARVEY J. SEPLER, AJAN LYEZON AVÈK FONDASYON BAWO FLORID LA MANM YO (kontribitè chapit ak/oswa asistan editè, nan lòd alfabetik) Ceci C. Berman Allison Bernstein Yasir Billoo Steven L. Brannock David M. Caldevilla Tracy Carlin Beth Coleman Onorab Marguerite Davis, Tribinal Apèl Premye Distrik Dorothy F. Easley Carlos Gonzalez Barbara Green Valeria Hendricks Christopher Hopkins Maria Kayanan Kimberly Jones Onorab Patricia Kelly, Tribinal Apèl Dezyèm Distrik Bianca Liston Wendy Loquasto Roberta Mandel John Mills Kristin Norse Onorab Kathryn Pecko, Reklamasyon pou Konpansasyon DOAH Jack R. Reiter Pury L. Santiago Marianne Trussell Jack Shaw Robert Sturgess Jennifer Winegardner Katherine Yanes

TABDÈMATYÈ Chapit Nimewo Paj Eksepsyon nan Responsabilite Gid sou Apèl "Pro Se" a...1 Chapit 1: Chapit 2: Chapit 3: Chapit 4: Chapit 5: Chapit 6: Chapit 7: Entwodiksyon...5 Lajan Avoka ak Depans pou Apèl...12 Mete Dosye Ansanm pou yon Pwosedi Apèl...15 Jan pou Depoze Mosyon nan Tribinal Apèl yo...50 Pou Ekri yon Ekspoze pou Apèl...55 Lis Kontwòl pou Ekspoze pou Apèl ak pou Petisyon anjeneral nan Tribinal Apèl Distrik yo...68 Kalandriye pou Depoze Apèl kont Jijman Final Tribinal Premye Enstans yo...72 Chapit 8: Pwosesis Apèl Lè se yon Apèl Final...77 Chapit 9: Apèl kont Desizyon ki Pa Final: Kont Kisa yo ka Fè Apèl, Kilè, ak Kouman...96 Chapit 10: Òdonans Estrawòdinè - - Pwosedi Sivil... 109 Chapit 11: Lòd pou Rete Tann Annatandan Apèl... 120 Chapit 12: Ekspoze Anders "Pro Se": Kisa yon Akize nan yon Zafè Penal Dwe Fè si Avoka l Depoze yon Ekspoze Anders... 125 Chapit 13: Mosyon Apèl pou Reparasyon apre Kondanasyon... 137 Chapit 14: Apèl Administratif... 147 Chapit 15: Apèl nan Pwosedi Konpansasyon pou Chomaj... 156 Chapit 16: Apèl nan Pwosedi Konpansasyon pou Aksidan ak Maladi Travay... 161 Chapit 17: Agiman Oral nan Tribinal Apèl Florid ak nan Tribinal Siprèm Florid... 169 Chapit 18: Mosyon Apre Desizyon - - Apèl... 172 Chapit 19: Tribinal Siprèm Florid, Konpetans ak Demann Revizyon... 179 i

Chapit 20: Demann Revizyon nan Tribinal Siprèm Etazini nan Biwo Grefye Tribinal Siprèm Etazini Washington, D.C. 20543...191 Chapit 21: Enfòmasyon sou Moun pou Kontakte sou Kesyon Apèl nan Tribinal yo... 216 Vokabilè... 229 ii

Eksepsyon nan Responsabilite Gid sou Apèl "Pro Se" a ATANSYON: LI EKSEPSYON NAN RESPONSABILITE SA A ANVAN OU KONTINYE OBJEKTIF LIV SA A, SE PA POU RANPLASE KONSÈY YON AVOKA KALIFYE SOU JAN POU W MENNEN YON KA NAN APÈL Gid Pou Fè Apèl "Pro Se", Pou Reprezante Tèt Ou nan yon Pwosedi Apèl la, se travay moun ki manm nan Seksyon Pratik pou Fè Apèl nan Bawo Florid la, ki fè l tankou yon sèvis pou piblik la. Gid "Pro Se" sa a (ki rele tou Patisipan k ap "Reprezante Tèt li" nan yon Pwosedi) se pa yon gid konplè pou fè apèl, kidonk li pa reponn tout kesyon ou ka genyen, ni li pa garanti ou pral genyen pwosedi a. Epi tou, objektif li se pa pou bay konsèy pou moun pratike pwofesyon avoka a san lisans. Moun pa dwe site l kòm referans. Li pa dwe sèvi pou bay moun konsèy legal, epi avoka ki pa gen esperyans nan pwosedi apèl yo pa dwe konprann yo kapab depann sou Gid sa a. Se yon travay k ap kontinye pwogrese, li pa kouvri tout enfòmasyon yo, epi ou ka jwenn dènye piblikasyon an nan adrès: http://www.flabarappelate.org. Se sèlman yon gid elemantè pou asiste moun ki pa kapab oubyen ki pa vle pran yon avoka, mennen oswa defann yon ka nan apèl. Li pa egzante w li ak konprann tout Règ Florid pou Pwosedi Apèl yo ak Règleman Florid ki aplikab pou tout kalite apèl ak òdonans estrawòdinè yo. Li pa ka egzante w non plis pou w pran yon avoka ki konpetan nan pwosedi apèl la, epi ki konnen lwa sou apèl yo. YON PATI KI PRAL NAN YON PWOSEDI APÈL TA DWE PRAN YON AVOKA KI BYEN FÒME EPI KI GEN ESPERYANS NAN PWOSEDI APÈL. Yon pati "pro se" dwe li ak konprann Règ Florid sou Pwosedi Apèl yo. Yon pati "pro se" ta gen avantaj tou pou l gade Florida Appellate Practice, ki se yon piblikasyon Florida Bar 1

[Bawo Florid la], ak Florida Appellate Practice, Philip Padovano ekri a, ansanm ak lòt liv sou pwosedi apèl nan Florid, pou jwenn plis enfòmasyon sou apèl ak sou petisyon. ATANSYON: DANJE KI KA GENYEN SI W REPREZANTE TÈT OU Yon pwosedi "pro se", kote ou "reprezante tèt ou", vle di moun lan pa gen yon avoka pou ede l nan kesyon legal yo, epi l ap reprezante tèt li. Pa gen okenn diferans ant reprezante tèt ou paske se sa ou chwazi, ak reprezante tèt ou paske ou pa kapab peye yon avoka. Yon moun k ap reprezante tèt li dwe byen konprann pwen sa yo: 1. Tribinal apèl la pa pral bay moun k ap reprezante tèt li a ("pro se") okenn tretman espesyal, ni neglije aplikasyon règ yo sèlman paske moun lan ap reprezante tèt li san li pa yon avoka. 2. Tout pati yo ak tout avoka yo oblije suiv Règ Administrasyon Jidisyè yo, ak Règ nan Florid pou Pwosedi Apèl yo, ansanm ak tout "pwosedi fonksyonnman entèn" tribinal apèl yo, ki rele "IOP", ki aplikab pou tribinal sa a. Sa pa fè okenn diferans si yon moun ap reprezante tèt li nan yon pwosedi apèl san li pa gen okenn fòmasyon legal fòmèl. 3. Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid yo di ki pledwari ak ki dokiman moun lan dwe depoze, ansanm ak konbyen jou davans pou depoze yon pledwaye oubyen yon dokiman, tankou yon mosyon oubyen yon ekspoze. 4. Tout pati yo dwe respekte dat limit pou depoze dokiman yo. Yo pa pral pèmèt yon moun depoze yon mosyon oswa yon ekspoze an reta sèlman paske moun sa a ap reprezante tèt li, epi paske li pa gen yon fòmasyon legal ki fòmèl. Yo pa pral pèmèt yon moun mande yon pwolongasyon delè ak/oswa yon ajounman seyans sèlman paske moun sa a ap reprezante tèt li ("pro se"). 2

5. Tribinal apèl la fè revizyon li sèlman nan limit dosye pou apèl ki soti nan tribinal kote jijman an te fèt anvan an. Pa egzanp, si yon pati te bliye prezante yon pyès jistifikatif kòm prèv nan tribinal kote jijman an te fèt anvan an, pou yo mete pyès la nan dosye ki pral sèvi nan apèl la, tribinal apèl la pa kapab konsidere agiman ki an rapò avèk pyès sa a. Rezon an, se paske prèv sa a pa nan dosye ki soti nan tribinal kote jijman an te fèt anvan an. Pou menm rezon an, tribinal apèl la pa kapab nòmalman konsidere okenn agiman ki pa te prezante nan tribinal kote jijman an te fèt anvan an. 6. Tribinal apèl la oblije suiv lalwa, règ yo, règleman yo, ak desizyon tribinal ki enpòtan epi ki koresponn ak fè yo. Tribinal apèl la pa kapab fè okenn eksepsyon espesyal pou moun ki parèt kòm "pro se". 7. Si gen yon avoka ki reprezante pati advès la, tribinal apèl la kapab bay lòd pou youn nan pati yo remèt lajan avoka pati advès la depanse, ansanm ak depans pou jijman yo si se pati advès la ki genyen pwosè a; nan kèk ka, tankou apèl pou pwosè nan dwa fanmi, tribinal la kapab bay lòd peye yon lajan pou depans. 8. Si gen yon avoka ki reprezante pati advès la, li kapab difisil pou pati ki "pro se" a genyen pwosè a. Fòmasyon jiridik avoka pati advès la kapab pèmèt li genyen pwosè a paske avoka a konn sèvi avèk dispozisyon legal yo oubyen teknik pwosedi yo, oubyen paske li konn sèvi avèk lwa ak agiman pou defann yon ka. 9. Lwa ki règlemante Bawo Florid la ak Tribinal Siprèm Florid la defann moun "pratike pwofesyon avoka san lisans". Sa vle di yon moun ki pa yon 3

avoka otorize (menm si l se yon avoka ki gen lisans pou lòt Eta oubyen yon etidyan an dwa) pa kapab bay konsèy legal, ni pale pou yon moun nan yon jijman si l pa gen yon lisans pou pratike pwofesyon avoka a nan Eta Florid la. Pou di sa yon lòt jan, yon moun ki pa avoka, oubyen ki pa gen yon lisans pou pratike pwofesyon avoka a nan Eta Florid la, pa kapab bay pèsonn konsèy legal, ni eseye aji tankou avoka yon lòt moun kit se pou ekri papye, kit se pou parèt nan tribinal. Ni Bawo Florid la, ni Tribinal Siprèm Florid la pa plezante sou kesyon pratike pwofesyon avoka a san lisans. Bawo Florid la pral fè ankèt ak rele moun devan lajistis, epi Tribinal Siprèm Florid la pral pran sanksyon (ki kapab yon amann jiska 2 500 dola oubyen prizon pou jiska senk [5] mwa), si yo dekouvri yon moun aji kòm avoka yon lòt moun, san lisans pou pratike pwofesyon avoka nan Eta Florid la. Anvan li ale pi lwen, yon pati ki "pro se" ta dwe kontakte bawo avoka nan vil li a ak/oswa Bawo Florid la, pou mande si yo genyen oubyen konnen nenpòt pwogram "pro bono" [avoka gratis] ki kapab ede yon pati "pro se" jwenn asistans legal pou yon apèl, san pati a pa bezwen peye avoka a pou pwosedi apèl la. Lè pa gen pwogram "pro bono" nan zòn lan, si pati "pro se" a peye yon avoka pou ede l, sa kapab fè l ekonomize lajan pi devan. Lè yon moun sèvi avèk Gid sou Seksyon Pratik pou Fè Apèl nan Bawo Florid la, li dakò pou l pa rann ni Seksyon Pratik pou Fè Apèl nan Bawo Florid la, ni pèsonn ki patisipe nan ekri Gid pou Fè Apèl "Pro Se" a responsab anyen, ni eseye pote plent kont yo. 4

CHAPIT 1: ENTWODIKSYON A. Enpòtans pou w Pale ak yon Avoka ki Espesyalize nan Apèl Yon moun ki vle fè yon apèl (n ap rele moun "k ap fè apèl" la) oubyen ki bezwen defann pozisyon l nan yon apèl (n ap rele moun "yo fè apèl kont li" a) ap pwoteje tèt li pi byen si l pale ak yon avoka (n ap rele "avoka apèl") ki konnen byen epi ki travay ak lwa nan apèl yo. Si l pa ka jwenn yon avoka apèl, li dwe gade sa ki nan Gid sa a tousuit apre tribinal la bay yon desizyon ki kapab mennen nan yon pwosedi apèl. Rezon an, se paske anjeneral, ou kapab antre nan yon pwosedi apèl sèlman apre yon tribinal bay yon jijman "final". Nou pale sou jijman final yo pi ba la a, epi nou pale sou sa tou, nan chapit ki sou Pwosedi Apèl ak Apèl Final yo. B. Règ sou Jijman Final la epi pou kisa li Enpòtan Yon jijman final se desizyon yon tribinal pran nan premye enstans, lè pa gen anyen ankò ki ka fèt nan yon ka, sòf aplike sa jijman an di a. Pa egzanp, si yon tribinal di yon yon pati an tò nan yon desizyon anvan jijman, nòmalman pati sa a dwe tann jijman an fin fèt, epi tribinal la rann yon jijman final. Apre sa, pati a gen dwa nòmalman pou l mande yon pwosedi apèl pou konteste jijman final la. Se sa ki rele "Règ sou Jijman Final" la. Règ sa a gen kèk eksepsyon, ki kouvri nan lòt paj nan Gid sa a. Règ sou jijman final la enpòtan pou yon moun k ap fè apèl, paske moun lan dwe bay yon notifikasyon pou apèl anvan yon tan limit depase. Pou koumanse yon pwosedi apèl, yon moun gen pou l depoze yon notifikasyon pou apèl anvan yon tan limit depase, osinon tribinal apèl la pa pral gen pouvwa (sa ki rele "konpetans" nan ka sa a) pou tande pwosedi apèl la. Si yon moun pa respekte limitasyon tan sa a, sa ka anpeche l fè apèl. Si tan limit pou fè apèl la pase, sa vle di moun lan "renonse dwa l pou fè apèl". Men youn nan rezon enpòtan pou w pale ak yon avoka apèl, si w ka jwenn youn: pou w konnen si ou ka fè apèl kont yon desizyon tribinal, epi si 5

desizyon tribinal sa a mande pou w depoze notifikasyon pou apèl la (ki rele yon "petisyon") tousuit. C. Estrikti Jeneral yon Apèl An jeneral, tan pou koumanse yon apèl final nan Florid koumanse konte depi jou tribinal la "rann" jijman final la (n ap rele "konklizyon"). Moun k ap fè apèl la gen 30 jou pou depoze yon notifikasyon pou apèl apre dat konklizyon an. Gade Règ sou Pwosedi Apèl nan Florid 9.110(a) ak (b) (pou dwa sivil ak dwa administratif final); Règ sou Pwosedi Apèl nan Florid 9.140(b)(5) (ka penal); gade tou Règ sou Pwosedi Apèl nan Florid 9.030. Si delè sa a pase san ou pa depoze notifikasyon pou apèl la, tribinal apèl la pa gen pouvwa, oubyen konpetans, pou tande apèl la, kidonk apèl la pa pral fèt. Lè sa a, moun k ap fè apèl la gen 10 jou pou l depoze sa yo rele "Direktiv pou Grefye a" ak "Deziyasyon pou Rapòtè tribinal la". Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.200 an. Direktiv pou grefye a, se direktiv ki di grefye tribinal kote ka a te jije anvan an kisa moun k ap fè apèl la vle mete nan dosye pou apèl la. Nan yon lòt chapit nan Gid sa a, gen esplikasyon sou jan pou rasanble yon dosye pou apèl. Pati k ap fè opozisyon kont apèl la, ki se pati "yo fè apèl kont li a", gen anjeneral 10 jou, apre dat yo depoze apèl la, pou li menm li depoze yon "kont-apèl". Pati yo depoze apèl kont li a depoze yon kont-apèl si l kwè tribinal kote ka a te jije anvan an te komèt yon erè lè li te refize rann yon desizyon pou bay pati sa a tout konpansasyon li te mande a. Si gen yon kont-apèl ki depoze, yo rele pati yo "moun ki fè apèl/moun yo fè kont-apèl kont li a" ak "pati yo fè apèl kont li a/moun ki fè kont-apèl la". Li enpòtan pou konprann diferans ant yon notifikasyon pou apèl ak yon notifikasyon pou kont-apèl. Yo depoze yon notifikasyon pou kont-apèl lè pati yo fè apèl kont li a kwè tribinal kote 6

jijman an te fèt anvan an te komèt yo erè, lè tribinal la te refize rann yon desizyon pou bay pati yo fè apèl kont li a tout konpansasyon li te mande a, nan jijman final oswa desizyon final ki lakòz apèl la. Men sèlman, si pati yo fè apèl kont li a kwè gen yon lòt desizyon final oubyen yon lòt jijman final nan menm zafè a ki te yon erè tou, oubyen si l kwè lè sa a tribinal la pa t bay tout konpansasyon li te vle a, pati yo fè apèl kont li a dwe depoze pwòp notifikasyon pou apèl li, men pa yon notifikasyon pou kont-apèl. Epi tou, lè sa a, pati a dwe depoze notifikasyon pou apèl la anvan 30 jou pase, apre dat jijman final oswa desizyon final la. Depi yo fin depoze notifikasyon pou apèl la, grefye tribinal kote ka a te jije anvan an ap pare dosye pou apèl la epi voye l nan tribinal apèl la. 50 jou apre yo depoze yon notifikasyon pou apèl, tribinal kote ka a te jije anvan an ap voye bay pati ki nan apèl yo (pati ki fè apèl la, ak pati yo fè apèl kont li a) yon "endèks dosye" pou apèl la. Endèks dosye pou apèl la, se yon lis ki gen tout sa ki nan dosye tribinal kote ka a te jije anvan an, avèk nimewo paj yo; grefye tribinal kote ka a te jije anvan an pral voye endèks sa a bay tribinal apèl la. Dosye pou apèl la, ki esplike avèk plis detay nan yon lòt chapit, genyen ladan l pledwari, mosyon anvan jijman, desizyon, revelasyon, ak pyès jistifikatif ki te nan dosye tribinal premye enstans pi ba a. Li genyen tou pwosèvèbal odisyon jij la te fè nan tribinal kote ka a te jije anvan an, ansanm ak temwayaj yo te bay nan jijman an (si te gen yon jijman), epi lòt temwayaj yo, si te gen yon rapòte nan tribinal la lè sa yo, epi yo te drese yon pwosèvèbal pou odisyon an (oubyen yo te tape l), epi si youn nan pati yo te depoze pwosèvèbal la nan tribinal kote jijman an te fèt anvan an. Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.200 (a). Anplis limitasyon tan pou depoze yon notifikasyon pou apèl oswa yon notifikasyon pou kont-apèl, genyen limitasyon tan tou pou depoze ekspoze pou apèl yo. Anjeneral, moun k ap fè apèl la dwe depoze ekspoze inisyal li anvan 70 jou pase, apre li fin depoze yon notifikasyon pou 7

apèl. Yon jan ki fasil pou konnen dat limit pou depoze ekspoze inisyal la, se sonje ekspoze inisyal moun ki fè apèl la dwe depoze 70 jou apre dat notifikasyon pou apèl la depoze. Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.110(e)(f). Si moun k ap fè apèl la bezwen plis tan, li mèt kontakte pati advès la anvan dat limit pou depoze ekspoze a pou mande si l gen objeksyon kont yon demann pwolongasyon pou delè a. Apre sa, moun k ap fè apèl la mèt depoze yon "mosyon pou pwolongasyon delè" (epi voye yon kopi bay pati advès la), pou mande plis tan pou depoze yon ekspoze inisyal (nòmalman 30 jou ankò); li dwe fè konnen, nan mosyon an, li kontakte pati advès la epi pati advès la fè, oubyen pa fè objeksyon (dapre sa pati advès la reponn) pou mosyon an. Mosyon an dwe depoze anvan dat limit pou depoze ekpoze a, nan biwo grefye tribinal apèl kote apèl la pral fèt la. Anjeneral, tribinal apèl la pral bay 30 jou pwolongasyon, pou rezon tankou pwojè vakans oswa kalandriye chaje; men sèlman, apre premye pwolongasyon sa a, gen anpil tribinal apèl ki pral mande pou pati a montre li gen yon gwo pwoblèm oubyen yon ijans. Ekspoze pou apèl yo, se agiman ekri moun ki fè apèl la ak pati yo fè apèl kont li a prezante bay tribinal apèl la. Yo prezante ekspoze sa yo bay tribinal apèl la anvan agiman oral la. Yon agiman oral, se tankou yon odisyon fòmèl devan yon jij. Gen twa jij nan tribinal apèl la, epi agiman yo dwe rete sèlman sou sa ki nan ekspoze yo: pati a pa gen dwa prezante nouvo prèv ni nouvo agiman. Si yon pati vle prezante ekspoze l nan yon agiman oral, li dwe depoze yon "petisyon pou agiman oral" avan dat li genyen pou reponn nan ekspoze a. Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.320 an. Apre pati yo depoze ekspoze yo, tribinal apèl la pral deside si l ap pèmèt prezante agiman oral. Men sèlman, yo konn pran desizyon nan pwosedi apèl sou ekspoze pou apèl yo san agiman oral. Tribinal apèl yo konn refize pèmèt prezante agiman oral. Si tribinal apèl la deside pèmèt yon agiman oral, li pral voye yon desizyon oswa yon 8

notifikasyon kote li pral bay dat ak lè pou yo prezante agiman oral la, ansanm ak kantite minit chak pati yo pral genyen pou prezante agiman oral la. Gen kèk pwen sou pwosedi apèl yo ki mande esplikasyon. Tribinal apèl yo pa asepte resevwa prèv. Anjeneral, yo pa pral asepte tande agiman pati yo pa t prezante nan tribinal kote jijman an te fèt anvan an. Yo pa pral asepte, non plis, tande agiman oswa kesyon ki pa t pale anvan, nan tribinal kote jijman an te fèt anvan an. Pou di sa yon lòt jan, si moun k ap fè apèl la kwè tribinal kote jijman an te fè la te komèt erè, sòf si se erè fondamantal, moun k ap fè apèl la dwe te deja di sa devan tribinal kote ka a te jije anvan an, pou ba l yon chans korije erè yo (anvan tribinal la te rann jijman final oubyen desizyon final la). Tribinal apèl la ap deside si tribinal kote jijman an te fèt la te komèt erè, jan sa esplike pi ba la a. Pati yo dwe byen konprann gen plizyè chanjman ki fèt nan tribinal apèl Florid yo, pandan ane ki pase yo. Kòm chanjman, gen yon limit 50 paj yo pèmèt moun ki fè apèl la prezante nan ekspoze pou apèl li; yo pèmèt pati yo fè apèl kont li a prezante 50 paj nan ekspoze repons li; epi moun ki fè apèl la kapab prezante 15 paj nan ekspoze refitasyon l. Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.210 (a)(5). Anjeneral, tribinal apèl yo pa asepte resevwa ekspoze ki gen plis paj pase limit sa yo. Pafwa, tribinal apèl yo konn pèmèt prezante plis paj pase limit la. Men sèlman, se yon bagay ki pa rive fasil, pou yo pèmèt depase limit ki genyen sou kantite paj yo. Epi tou, tan agiman oral la limite anpil. Pifò nan tribinal apèl yo bay sèlman yon kantite minit ki fiks pou agiman oral, ki se nòmalman 10-20 minit pou chak pati. Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.320 an. Nan yon agiman oral, pati yo oblije prezante agiman an nan tan tribinal la pèmèt la. Yon lòt limit ki genyen sou kalite zafè tribinal apèl yo ka revize, se sa yo rele "estanda revizyon" an, tribinal apèl yo sèvi pou deside si yon tribinal kote yon jijman te fèt te komèt yon erè. Estanda revizyon an tabli kantite valè tribinal apèl la pral bay desizyon tribinal kote ka a te 9

jije anvan an, oubyen kantite tolerans tribinal apèl la pral montre devan desizyon sa a. Plis li bay tribinal kote ka a te jije anvan an valè, se plis li pral difisil pou rive fè tribinal apèl la di gen erè nan desizyon tribinal kote ka a te jije anvan an. Pi gwo valè tribinal apèl yo bay desizyon tribinal ki pi ba yo, se nan konklizyon yo rive jwenn sou sa ki pase (sou fè ki te rive yo). Se paske se jij ki fè pwosè a oubyen jiri a men pa tribinal apèl la ki te gen yon chans pou yo byen gade ak koute temwen yo epi pou deside, la menm, si temwen yo sanble yo di verite. Tribinal apèl la pa pral fasil pou kwè tribinal kote ka a te jije anvan an te komèt erè sou fè li kwè ki rive yo, sòf si tribinal apèl la wè pa gen "prèv konpetan ak sibstansyèl" oubyen si l wè gen yon "erè klè" ki komèt. Tribinal apèl la mete anpil valè tou sou jijman tribinal kote ka a te jije anvan an pote sou kesyon an rapò avèk lalwa epi avèk fè ki te rive yo, tankou desizyon sou sa tribinal kote ka a te jije anvan an asepte oubyen refize pèmèt prezante kòm prèv pandan pwosè a. Sou kalite kesyon sa yo, yon tribinal premye enstans gen pouvwa diskresyonè, kidonk yon tribinal apèl pa pral wè desizyon sa yo se erè sòf si gen yon "abi pouvwa diskresyonè" ki parèt. Rezon an, se paske tribinal apèl la respekte kapasite jij ak jiri nan premye enstans lan genyen pou yo gade byen kouman temwen yo pale, epi pou yo wè ki kredibilite temwen yo genyen. Finalman, tribinal apèl la mete pi piti valè a sou desizyon tribinal premye enstans la pran sou kesyon ki legal sèlman. Estanda revizyon sa a rele revizyon "de novo". Dapre estanda revizyon "de novo" a, tribinal apèl la gade sa lwa a di, epi li deside poukont li si desizyon tribinal kote ka a te jije anvan an kadre avèk sa lwa a di. Rezon ki fè tribinal apèl la mete yon ti valè konsa sou desizyon tribinal kote ka a te jije anvan an dapre estanda revizyon "de novo" sa a, se paske tribinal apèl la konnen li nan menm pozisyon ak tribinal kote ka a te jije anvan an pou entèprete kisa lwa a di. 10

Poutèt limitasyon sa yo, li enpòtan pou yon pati k ap fè apèl gade byen si l vle kontinye pwosedi apèl la san li pa pran yon avoka ki gen eksperyans nan apèl. Si yon pati pran yon avoka kalifye ki gen eksperyans nan apèl, epi ki konprann tout kalite règ ak estanda revizyon ki genyen yo ak kisa ki pral aplikab, pati a kapab gen plis chans genyen pwosè a ak ekonomize lajan pi devan. Si pati k ap fè apèl la pa kapab jwenn yon avoka ki gen eksperyans nan apèl, li ta dwe li Gid sa a ann antye, ansanm ak lòt liv sou apèl, konsa tribinal la bay desizyon pati a vle fè apèl kont li a. Konsa, pati k ap fè apèl la pral genyen enfòmasyon enpòtan pou l kapab deside si l vle fè apèl la vre, si l dwe fè apèl la tousuit, epi, kilè li dwe antre ann aksyon. 11

CHAPIT 2: LAJAN AVOKA AK DEPANS POU APÈL A. Èske yon pati ki prezante kòm Pro Se kalifye pou resevwa lajan kòm avoka nan yon pwosedi apèl? Repons senp lan se "non". Menm si gen baz pou yon pati resevwa lajan avoka nan apèl dapre lalwa ak dapre yon kontra nan kèk sikonstans patikilye, yon pati ki pro se (sa vle di ki pa yon avoka, epi k ap reprezante tèt li) pa kalifye pou resevwa lajan kòm avoka, anjeneral, pou tan li pase nan yon pwosedi apèl. B. Èske yon pati ki prezante kòm Pro Se kapab oblije oswa responsab pou remèt pati advès la lajan avoka nan yon pwosedi apèl? Wi. Yon pati ki pro se kapab responsab oswa "oblije" remèt pati advès la lajan avoka nan yon pwosedi apèl. Si pati advès la gen yon avoka ki reprezante l nan yon pwosedi apèl, yon pati pro se kapab responsab oswa "oblije" remèt pati advès la lajan avoka nan yon pwosedi apèl. Nan tribinal kote ka a te jije anvan an, pati pro se a kapab responsab oswa "oblije" remèt pati advès la lajan avoka, si gen yon lwa ki pèmèt sa oubyen si pati yo dakò pou sa. Gade, pa egzanp, ka Dade County v. Pena, 664 So. 2d 959 (Fla. 1995). "Si pa gen yon entansyon kontrè yo fè konnen aklè sou sa, tout dispozisyon ki nan yon lwa oswa yon kontra.. ki prevwa pou remèt pati ki genyen pwosè a lajan li peye avoka, dwe di pou yo remèt pati ki genyen pwosè a lajan li peye avoka nan yon pwosedi apèl". 59.46, Lwa Florid (2005). Men kèk egzanp Lwa Florid ki prevwa pou remèt lajan avoka, sa ki vle di tou lajan avoka nan pwosedi apèl: 1. Seksyon 57.105 (ki prevwa pou yo remèt pati ki genyen pwosè a yon kantite lajan rezonab pou peman avoka, lè pati ki pèdi a te konnen, oswa te dwe konnen, reklamasyon oubyen defans li an pa t chita sou fè ki te rive yo ni sou lalwa); 2. Seksyon 120.69(7) (ki di yo ka remèt pati ki genyen pwosè a lajan avoka si yon ajans oswa yon pati ki enterese sibstansyèlman depoze yon petisyon pou mande fè aplike aksyon ajans lan); 12

3. Seksyon 723.068 (ki prevwa remèt pati ki genyen pwosè a yon kantite lajan rezonab pou peman avoka, nan yon pwosè ant moun prive pou aplike pwovizyon Chapit 723 nan "Mobile Home Park Lot Tenancies"); 4. Seksyon 228.2001(8) (ki di yo ka remèt pati ki gen pwosè a lajan avoka pou yon aksyon ki mennen dapre "Florida Educational Equity Act", ki defann diskriminasyon sou baz ras, peyi moun soti, si yon moun se gason oubyen fi, andikap, oswa kondisyon matrimonyal moun lan, nan sistèm edikasyon piblik nan Eta a); 5. Seksyon 403.412(1)(f) (ki di yo ka remèt pati ki gen pwosè a lajan avoka pou yon aksyon ki mennen dapre "Environmental Protection Act"). Men sèlman, dapre Pwosedi 9.400(b) nan Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid la, anvan pou yon pati kapab resevwa lajan avoka pou yon pwosedi apèl, pati a dwe depoze yon mosyon devan tribinal apèl la pou mande remèt li lajan li peye avoka a; epi tou, pati a dwe prezante mosyon an, pa pi ta pase dat pou remèt ekspoze refitasyon an. Pati a dwe di tou, nan mosyon an, ki baz li genyen pou fè reklamasyon (baz nan lalwa oubyen nan yon kontra) pou yo remèt li lajan avoka a. Gade Règ 9.400(b), nan Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid la. C. Èske yon pati Pro Se gen dwa pou yo remèt li depans pou jijman nan yon pwosedi apèl, oubyen èske li ka responsab pou remèt pati advès la lajan pou depans sa yo? Anjeneral, repons senp lan se "wi". Pati ki "genyen" pwosè a nan apèl (pati yo bay rezon an) gen dwa pou yo remèt li kèk nan depans li fè pou pwosedi apèl la, tankou lajan pou anrejistre pwosè ak pou sèvis jidisyè yo, lajan pou peye grefye tribinal kote ka a te jije anvan an pou fè pare dosye a, prim pou kosyon, ak lòt depans lalwa prevwa. Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.400 (a). Kidonk, si yon pati pro se genyen yon pwosè nan apèl, li dwe kapab mande pou yo remèt li nan lajan li depanse pou pwosedi a. Men sèlman, si yon pati pro se pèdi pwosè a, li kapab genyen pou l remèt pati advès la lajan li depanse pou pwosedi apèl la. D. Kouman ou ka rantre lajan ou depanse nan yon pwosedi apèl? Pou rantre lajan ou depanse nan yon pwosedi apèl, ou gen pou w depoze yon mosyon pou mande remèt ou depans yo devan tribinal la anvan 30 jou pase, apre tribinal apèl la bay manda li. 13

Règ 9.400(a), nan Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid. Yon mosyon pou mande remèt depans pou jijman, se pa menm ak yon mosyon pou mande remèt lajan avoka nan yon pwosedi apèl, paske ou dwe depoze mosyon pou mande lajan avoka nan pwosedi apèl la, pa pi ta pse dat pou remèt ekspoze refitasyon an. Depi tribinal apèl la rann yon desizyon ki di yon pati gen dwa pou yo peye l lajan avoka, mosyon pou kalkile kantite lajan pou remèt pou depans avoka nan pwosedi apèl la dwe depoze nan tribinal kote jijman an te fèt anvan an, pou yo kapab kalkile kantite lajan avoka nan pwosedi apèl la. Mosyon pou kalkile kantite lajan sa a dwe depoze nan tribinal kote jijman an te fèt la anvan 30 jou pase, apre tribinal apèl la bay manda li. 14

CHAPIT 3: METE DOSYE ANSANM POU YON PWOSEDI APEL A. Kisa ki rele Dosye pou yon Pwosedi Apèl? Apèsi. 1. Entwodiksyon Ou ka jwenn prèske tout enfòmasyon ou bezwen sou dosye pou pwosedi apèl yo nan Règ 9.200, 9.140, 9.180 ak 9.900 (fòmilè pou apèl) nan Règ Florid sou Pwosedi Apèl yo. Sa ki ekri pi ba la a, se esplikasyon jeneral sèlman. Menm si enfòmasyon ki ekri nan chak seksyon sou dosye pou pwosedi apèl pi ba la a, sou plizyè kalite apèl, aplikab anjeneral pou tout kalite apèl, gen kèk diferans enpòtan ant diferan kalite apèl yo. Kidonk, pati ki nan pwosedi apèl yo dwe fè atansyon anpil lè y ap etidye règ patikilye pou pwosedi ki aplikab pou apèl sivil, apèl penal, apèl pou konpansasyon pou aksidan ak maladi travay, apèl kont desizyon final pou ajans, ak lòt kalite apèl. Dosye a se yon koleksyon temwayaj, ansanm ak desizyon tribinal kote ka a te jije anvan an, ak pifò nan dokiman yo te prezante devan tribinal sa a. Dosye a pèmèt tribinal apèl la gade tout sa ki te rive nan tribinal kote ka a te jije anvan an. Sèl sa dosye a genyen, se sa ki te pase nan tribinal kote ka a te jije anvan an. Ou pa ka mete nouvo dokiman ni nouvo prèv nan dosye pou apèl la. Pi presizeman, dosye a genyen pledwari orijinal ak tout pyès jistifikatif ki te depoze nan tribinal kote ka a te jije anvan an. Dosye a genyen tou tout pwosèvèbal yo te depoze nan tribinal la. Finalman, dosye a gen yon lis aktivite, ki montre tout sa yo te depoze nan tribinal kote ka a te jije anvan an. 1 Gen dokiman tribinal apèl la pa pral bezwen, kidonk yo pa nan dosye a, tankou konvokasyon, rekizisyon, sitasyon, akize resepsyon, depozisyon, revelasyon, ak notifikasyon pou 1 Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.200(a)(1) 15

odisyon, sòf si yo prezante pyès sa yo apa. 2 Yon konvokasyon se dokiman yo te remèt defandè a nan koumansman pwosedi a pou fè l konnen pwosè a pral fèt, epi pou di l parèt nan tribinal la. Yon rekizisyon se prèske tankou yon konvokasyon, epi se pa tout tan yo genyen l nan yon pwosè. Se yon dokiman yo bay nan koumansman pwosedi jijman an, pou di defandè a fè yon bagay oswa, si l pa fè bagay la, poul montre rezon li. Finalman, yon akize resepsyon se yon dokiman ki sèvi nan koumansman pwosedi jijman an tou. Se prèv ki montre yo te remèt plent lan bay defandè a jan sa dwa. Yon tribinal apèl pa kapab gade sa ki te pase nan tribinal kote ka a te jije anvan an, si l pa gen yon dosye. Nòmalman yon tribinal apèl dwe sipoze davans desizyon oswa dispozisyon tribinal kote ka a te jije anvan an bay la kòrèk oubyen konfòm ak lalwa (sa ki rele "prezonpsyon kòreksyon"), sòf si moun ki mande apèl la kapab montre aklè tribinal kote ka a te jije anvan an komèt yon erè grav, oubyen règ oswa lwa li aplike a ilegal oubyen enkonstitisyonèl. Si se ou menm k ap fè apèl la, epi ou vle mande tribinal apèl la fè yon bagay pou anile, ranvwaye oswa korije sa tribinal kote ka a te jije anvan an te fè a, se responsabilite w pou gade si tribinal apèl la gen tout sa li bezwen pou fè yon revizyon sou sa ki pase nan tribinal kote ka a te jije anvan an, pou wè si tribinal sa a te komèt yon erè tribinal apèl la kapab korije. 3 Men sèlman, si yo te pran yon desizyon kont ou nan tribinal kote ka a te jije anvan an paske ou pa t resevwa notifikasyon nòmal sou pwosè a depi nan koumansman, epi ou pa t "reponn" asiyasyon an, gen dokiman ki dwe nan dosye a, ki nòmalman pa ta enpòtan pou yo genyen. Pa egzanp, si yon moun ap fè apèl kont yon jijman defo paske li kite 30 jou pase san li pa reponn yon plent yo te anonse l nan yon notifikasyon, moun sa a bezwen montre kouman yo 2 Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.200(a)(1) 3 Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.200(e) 16

te ba li notifikasyon an, epi li dwe montre nenpòt dokiman nan dosye a ki kapab esplike rezon ki fè li pa t reponn lan. Epi tou, dosye a pa toujou genyen remak ki fè konnen yo te pran depozisyon, ni depozisyon yo, ni okenn lòt revelasyon. 4 Dosye a gen revelasyon an sèlman si youn nan pati yo te depoze l nan tribinal kote ka a te jije anvan an davans, depi anvan demann apèl la te fèt. Depi ka a nan apèl, yon pati pa kapab depoze pyès sa yo nan okenn tribinal. Finalman, dosye a pa gen prèv ladan l nòmalman. 5 Prèv materyèl la se yon bagay tanjib, tankou yon zamafe. Si se yon dosye pou apèl nan yon pwosè pou zafè fanmi, l ap yon jan diferan. Nan yon pwosè pou zafè fanmi, pyès ki nan dosye a se menm ak sa ki ekri pi wo la a, men sèlman tribinal kote ka a te jije anvan an kenbe orijinal desizyon yo, rapò yo, ak rekòmandasyon majistra ak ofisye odisyon yo. Tribinal kote ka a te jije anvan an kenbe orijinal jijman yo tou. 6 Tribinal apèl la resevwa kopi dokiman sa yo, men li pa resevwa orijinal yo. 2. Kouman yon moun k ap fè apèl kapab fè dosye pou apèl la rive nan tribinal apèl la? Anjeneral, nan pifò apèl dirèk ki fèt yo, epi nan kèk apèl ki fèt apre kondanasyon yo, divizyon apèl nan biwo grefye nan tribinal kote ka a te jije anvan an rasanble dosye pou apèl la menm jan an: li kopye yon pati nan dosye tribinal kote ka a te jije anvan an, ki ale nan dosye pou apèl la, epi li bay chak paj yon nimewo, epi li mete paj sa yo nan plizyè volim ki gen nimewo. Apre sa, biwo grefye a pare yon endèks dosye pou apèl la. Biwo grefye a remèt yon kopi dosye pou apèl la bay chak nan pati yo (nan yon jijman, pati yo rele pleyan ak defandè, oubyen Eta ak defandè) epi li remèt yon kopi bay tribinal apèl la tou. Dosye pou apèl la pare yon jan ki diferan, nan kèk apèl apre kondanasyon nan zafè penal. 4 Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.200(a)(1) 5 Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.200(a)(1) 6 Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.200(a)(2) 17

Lè yon moun k ap fè apèl depoze yon notifikasyon pou apèl san Direktiv pou Grefye a, grefye tribinal kote yo te tande ka a voye dosye konplè a nòmalman bay tribinal apèl la. Se sa ki rive nan pifò pwosedi apèl yo. B. Mete Dosye Ansanm pou yon Pwosedi Apèl Sivil 1. Idantifye sa yo dwe mete nan dosye pou apèl la. Si moun k ap fè apèl la vle, li kapab idantifye ak chwazi kèk pyès nan dosye tribinal kote ka a te jije anvan an pou mete nan dosye pou apèl la, anvan yo voye dosye a bay tribinal apèl la. 7 Moun k ap fè apèl la gen pou l pare yon dokiman ki rele "Direktiv pou Grefye a". Si moun k ap fè apèl la vle ekri Direktiv pou Grefye a, moun lan ka pare dokiman sa a epi remèt li nan biwo grefye tribinal kote pwosedi a te fèt la 10 jou davans, anvan li depoze notifikasyon pou apèl la. 8 Nan dokiman sa a, ki se yon lis, moun k ap fè apèl la di tribinal premye enstans la ki pyès li ve, ak ki pyès li pa vle mete nan dosye a. Règ 9.900(f) nan Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid la gen egzanp yon dokiman ki gen Direktiv pou Grefye a. Si moun k ap fè apèl la ekri Direktiv pou Grefye a, pati yo fè apèl kont li a (pati advès la) gen 20 jou pou l depoze yon dokiman menm jan pou di grefye a mete tout dokiman ak pyès jistifikatif li vle mete nan dosye a. 9 Si moun k ap fè apèl la deside chwazi kèk pyès sèlman pou mete nan dosye a, san yo pa voye tout dosye a bay tribinal apèl la, li dwe pare an menm tan sa yo rele yon "deklarasyon pyès jidisyè" pou revizyon an. Deklarasyon pyès jidisyè a fè tribinal apèl la konnen kilès nan aksyon tribinal kote ka a te jije anvan an moun k ap fè apèl la vle mande pou tribinal apèl la revize. Deklarasyon pyès jidisyè a pèmèt pati advès la pati yo fè apèl kont li a deside tou si l bezwen 7 Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.200(a)(3) 8 Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.200(a)(3) 9 Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.200(a)(3) 18

voye lòt pyès pou dosye a. 10 Moun k ap fè apèl la dwe depoze deklarasyon pyès jidisyè sa a nan tribinal kote ka a te jije anvan an, ansanm ak direktiv pou biwo grefye nan tribinal kote yo te fè jijman an. 11 Menm si sa pa rive souvan, toude pati yo konn travay ansanm pou ekri sa yo rele yon "deklarasyon komen", san yo pa bezwen pare yon dosye pou apèl, pou voye nan tribinal apèl la. Yon deklarasyon komen, ki se yon deklarasyon yo dakò pou fè ansanm, di kouman jijman an te mache nan tribinal kote ka a te jije anvan an, epi ki desizyon ki te pran lè sa a; nou pral retounen sou sa nan seksyon ki apre a. 2. Kisa ki rele yon Transkripsyon? Kouman moun k ap fè apèl la ka jwenn li? Pou kisa moun k ap fè apèl la bezwen l? Gen anpil fwa dosye a konn gen yon transkripsyon ladan l. Yon transkripsyon se yon dokiman ki montre tout sa tout moun di nan yon odisyon, oswa nan yon lòt seyans tribinal kote ka a te jije anvan an, menm sa jij la di; moun ki pare dokiman sa a se yon rapòte legal, ki se yon moun youn nan pati yo mande vini nan yon depozisyon, oswa nan yon odisyon oubyen yon pwosedi nan tribinal. Se yon rapòtè oswa yon espesyalis pou transkripsyon nan tribinal, ki ekri transkripsyon an nan jijman penal yo. Nan matyè sivil, si pa gen youn nan pati yo ki fè yon rapòte vini, anpil fwa pa gen okenn transkripsyon ki fèt. Pafwa transkripsyon an kapab deja nan dosye a. Lè konsa, se paske non sèlman youn nan pati yo te mande rapòte a fè transkripsyon seyans lan, men pati sa a te depoze yon kopi transkripsyon an tou nan tribinal kote ka a te jije anvan an. Pafwa tou, menm si te gen yon rapòte nan kèk seyans tankou yon odisyon oswa yon jijman, oubyen yo te anrejistre seyans lan nan aparèy elektwonik, okenn nan pati yo pa t mande 10 Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.200, Nòt Komite pou Amannman 1977 la 11 Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.200(a)(3) 19

yon rapòte ekri yon transkripsyon pou seyans lan. Lè sa a, transkripsyon an pa nan dosye a, men moun k ap fè apèl la kapab bezwen transkripsyon an pou pwosedi apèl la. Anpil fwa, se nan transkripsyon an ki genyen enfòmasyon pi enpòtan pou pwosedi apèl la. Nan ka sa yo, pati ki "pro se" a kapab bezwen mande pou rapòte a ba li transkripsyon an, pou konplete dosye pou apèl la. Pou mete yon transkripsyon nan dosye a, se pa menm jan ak mete yon afidavit oswa lòt dokiman ki pa t janm depoze anvan, epi ki pa t janm nan dosye tribinal kote ka a te jije anvan an. Transkripsyon an se yon dokiman ki elektwonik oswa ki fèt sou papye, sou sa ki te pase nan tribinal kote ka a te jije anvan an. Kidonk, si yon pati ki nan pwosedi apèl la mande yon transkripsyon pou mete nan dosye a, sa pa vle di pati sa a ap mete anyen ki nouvo nan dosye a, pou tribinal apèl la gade. Ou pa kapab mete enfòmasyon ki nouvo. Sèl sa pati a mande rapòtè a fè, lè sa a, se transfòme nòt li te pran nan seyans lan, pou mete l sou fòm elektwonik oswa sou papye, pou tribinal apèl la kapab li sa ki te pase nan odisyon oubyen nan jijman ki te fèt la. Anvan 10 jou pase apre dat li te depoze notifikasyon pou apèl la, moun k ap fè apèl la dwe fè grefye tribinal kote ka a te jije anvan an konnen ki kote yo te fè seyans li bezwen jwenn transkripsyon pou mete nan dosye a. Pati yo fè apèl kont li a gen 20 jou, apre dat notifikasyon pou apèl la, pou di ki lòt pwosedi ankò li bezwen yo transkri pou mete nan dosye a. Kit ou se moun k ap fè apèl la, kit se kont ou apèl la ap fèt, lè w ap fè yon lis pwosedi ou bezwen fè transkri, ou dwe voye yon kopi lis sa a, ki rele "deziyasyon", bay rapòtè ki te pran nòt nan seyans lan, epi ki pral pare transkripsyon an. Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.900(g) a gen fòmilè ki dwe sèvi pou deziyasyon, pou voye bay rapòtè a. Deziyasyon ki voye bay rapòtè a dwe gen yon lis ki montre dat pou tout jou jijman ak odisyon ki bezwen transkri yo. Si yon pati nan apèl la deziyen yon pwosedi pou yo transkri, pati sa a dwe peye pou orijinal la ak pou tout 20

kopi transkripsyon an ki nesesè; nan kopi ki nesesè yo, genyen kopi pou voye bay pati advès la, jan règ sou pwosedi apèl yo mande sa. Fòmilè deziyasyon pou voye bay rapòtè a genyen yon "akize resepsyon rapòtè a" ladan l. Rapòte a pral ranpli pati sa a, epi voye l bay tribinal la ak bay pati yo. Sòf si pati ki mande transkripsyon an pran lòt dispozisyon avèk rapòtè tribinal la, li genyen pou l peye rapòtè a senkant pousan nan pri transkripsyon an, menm lè li fè demann pou transkripsyon an. Lè rapòtè a fin fè transkripsyon an epi li remèt li ansanm ak kopi yo, pati ki mande transkripsyon an dwe peye l lòt mwatye nan pri a. 12 Rapòtè a gen 30 jou, apre dat pati ki nan apèl la bay desiyasyon an, pou l pare transkripsyon an. Lè rapòtè a resevwa deziyasyon an, li dwe ekri anba fòmilè deziyasyon an dat li te resevwa l, epi fè konnen vè ki dat transkripsyon an ap pare. Anvan 5 jou pase apre dat li resevwa deziyasyon an, rapòtè a dwe voye fòmilè deziyasyon an, ranpli, bay grefye tribinal apèl la. Si rapòtè a pa kapab pare transkripsyon yo mande a anvan 30 jou pase, li dwe voye yon mosyon bay tribinal apèl la pou mande plis tan. Si rapòtè a mande pwolongasyon delè sa a, tribinal apèl la ap bay pati yo 5 jou pou fè konnen si yo dakò pou pwolongasyon an. Apre sa, tribinal apèl la pral asepte oubyen refize bay rapòtè a pwolongasyon li mande a, epi l ap voye yon lòd bay rapòtè a ak bay pati yo pou fè konnen kilè transkripsyon an dwe pare. 13 Lè rapòtè a fin fè transkripsyon an, li pral voye orijinal la bay grefye tribinal kote ka a te jije anvan an, epi voye kopi bay pati yo dapre deziyasyon an. Si, nan deziyasyon an, yo di rapòte a bay mwens moun kopi transkripsyon an pase tout kantite moun ki se pati nan pwosè a (pa egzanp, si desizyon an te mande sèlman pou yo klase yon orijinal ak yon kopi nan dosye a), pati 12 Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.200(b)(1) 13 Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.200(b)(2)-(3) 21

ki voye deziyasyon an ap gen 5 jou, apre dat li resevwa transkripsyon an, pou remèt yon kopi transkripsyon an bay lòt pati sa yo. 14 Kèk fwa, kapab genyen yon seyans ki fèt nan tribinal san pa gen rapòte nan tribinal la, oubyen san pa gen yon transkripsyon. Nan yon ka konsa, pati k ap eseye refè transkripsyon sa a ka pare yon deklarasyon sou prèv ki pi fasil pou jwenn yo, menm si se memwa l ki bay enfòmasyon sa yo. Apre sa, deklarasyon sou prèv la dwe remèt bay moun y ap fè apèl kont li a pati advès la ki gen 10 jou apre li resevwa pyès sa a pou fè objeksyon oubyen pou l pwopoze koreksyon nan deklarasyon an. Apre sa, deklarasyon sou prèv la, ansanm ak tout objeksyon oswa koreksyon yo pwopoze yo ale nan tribinal kote ka a te jije anvan an. Tribinal kote ka a te jije anvan an pral rezoud tout dezakò ki genyen, epi bay apwobasyon final li pou deklarasyon prèv la. Depi sa fin fèt, deklarasyon an ap klase nan dosye yo, nan fòm tribinal kote ka a te jije anvan an kwè ki pi kòrèk la. 15 Lè moun k ap fè apèl la ap pare yon deklarasyon komen, li dwe mete ansanm avèk deklarasyon an yon kopi desizyon li vle fè apèl kont li a, ak tout sa li dwe mete ki nan dosye a pou tribinal apèl la kapab pran yon desizyon sou kesyon yo. Si moun k ap fè apèl la ap ekri yon deklarasyon komen, moun sa a ansanm ak pati advès la moun l ap fè apèl kont li a dwe mande pèmisyon jij nan tribinal kote ka a te jije anvan an pou sa, epi yo dwe fè grefye tribinal la konnen pi bonè yo kapab, se yon dekalsyon komen yo vle bay, kidonk se pa yon dosye. Moun k ap fè apè la, ak moun y ap fè apèl kont li a dwe depoze deklarasyon komen an nan tribinal kote pwosè a te fèt la. Lè sa a, tribinal sa a ap voye deklarasyon an bay tribinal apèl la. 16 3. Kouman ak nan ki sikonstans yon kont-apèl kapab afekte dosye pwosedi apèl la? Pafwa, lè gen yon apèl k ap fèt, genyen yon kont-apèl tou; nou pral retounen sou sa an 14 Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.200(b)(2) 15 Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.200(b)(4) 22

detay nan yon lòt chapit. Lè sa rive, yo rele pati yo fè apèl kont li a "moun yo fè apèl kont li/epi ki fè yon kont-apèl" la, epi moun k ap fè apèl la rele "moun k ap fè apèl/epi yo fè yon kont-apèl kont li" a. Si yon moun vle fè yon kont-apèl, li gen 20 jou, apre dat yo depoze notifikasyon pou apèl la, pou mande grefye nan tribinal kote yo te fè pwosè a pou mete dokiman, pyès jistifikatif, oubyen transkripsyon an nan dosye a. Si moun k ap fè kont-apèl la di li pa bezwen tout dosye a, li dwe voye yon deklarasyon ki di sou ki aksyon jidisyè l ap mande fè revizyon an, an menm tan l ap voye deziyasyon pou kontapèl la. Apre sa, moun k ap fè apèl/yo fè kont-apèl kont li a pral gen 10 jou apre yo remèt deziyasyon an, ak deklarasyon sou aksyon jidisyè ki pral nan revizyon an, pou di ki lòt pyès li vle mete nan dosye a. Lè sa fèt, grefye tribinal kote ka a te jije anvan an vin genyen 10 jou delè an plis, pou pare ak transmèt dosye a. 17 4. Kisa k ap rive si gen yon erè nan dosye pou apèl la? Se responsabilite pati ki nan pwosedi apèl la, pou yo fè mete nan dosye pou apèl la tout pyès ki te depoze nan tribinal kote ka a te jije anvan an, ki pral sèvi pati ki pleyan oubyen defandè nan apèl la. Se responsabilite moun k ap fè apèl la, pou l gade si pa gen anyen ki manke nan dosye pou apèl la. Dosye a kapab gen yon erè, tankou, pa egzanp, yon dokiman ki pa gen bon etikèt la sou li, erè nan nimewo paj yo, yon dokiman yo te depoze nan tribinal la, men ki pa parèt nan dosye pou apèl la. Si gen yon erè ki parèt, gen twa jan moun k ap fè apèl la oswa moun y ap fè apèl kont li a kapab korije l. Premye jan an, se lè pati ki nan apèl la dakò pou korije erè a. Dezyèm jan an, se lè pati ki nan apèl la depoze yon mosyon devan grefye tribinal kote jijman an te fèt la, pou mande korije erè a anvan grefye a voye dosye a bay tribinal apèl la. Twazyèm jan 16 Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.200(a)(4) 17 Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.200(c) 23

an, si biwo grefye a deja voye dosye a bay tribinal apèl la, lè sa a pati yo kapab depoze yon mosyon pou konplete oubyen korije dosye a pandan pwosedi apèl k ap fèt nan tribinal apèl la; lè sa a, yo kapab mande tribinal apèl la fè koreksyon an. 18 Si grefye a bliye mete yon pyès nan dosye pou apèl la, moun k ap fè apèl la dwe depoze yon "mosyon pou konplete dosye a". Mosyon pou konplete dosye a dwe esplike kisa yo te bliye mete nan dosye pou apèl la, epi rezon ki fè pyès sa a dwe nan dosye a. Si tribinal apèl la wè dosye a enkonplè pou nenpòt ki rezon, oubyen si tribinal apèl la vle yon dokiman patikilye, oswa yon transkripsyon, oswa yon pyès jistifikatif okenn nan pati yo pa te deziyen, tribinal apèl la ap bay lòd pou pati a bay sa ki manke nan dosye a. Yo pa pral pran desizyon sou okenn pwosedi apèl si dosye a enkonplè, jouktan tribinal apèl la bay pati yo yon chans pou konplete dosye a. 19 Yon pati ki nan yon pwosedi apèl pa kapab sèlman voye dokiman bay tribinal apèl la. Pati sa a dwe depoze yon mosyon pou korije, amande, oswa konplete dosye a, kote li dwe esplike pou kisa dosye a bezwen korije oswa konplete, epi li dwe idantifye dokiman oubyen papye ki bezwen korije oubyen mete nan dosye a. Pati nan pwosedi apèl la k ap depoze mosyon sa a kapab voye dokiman sa yo kòm pyès jistifikatif avèk mosyon an, men dokiman yo pa pral antre nan dosye pou apèl la jouktan tribinal apèl la apwouve mosyon an. C. Mete Dosye Ansanm pou yon Pwosedi Apèl Penal 1. Entwodiksyon Seksyon sa a dekri dosye nan apèl pou 2 kalite apèl nan pwosedi penal ki soti nan tribinal gran enstans pou ale nan tribinal apèl distrik la. Lè yon moun fè apèl kont yon kondanasyon oswa yon sanksyon nan yon pwosedi penal, sa rele yon "apèl dirèk". Lè yon moun fè apèl kont 18 Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.200(f)(1) 19 Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.200(f)(2) 24

yon desizyon sou yon mosyon apre kondanasyon, tankou yon mosyon dapre Règ pou Pwosedi Penal nan Florid 3.800, 3.850, oswa 3.853, sa rele yon "apèl apre kondanasyon". Premye pati seksyon sa a pral dekri sa yo mande, pou yon dosye pou apèl byen pare, nan yon apèl nan pwosedi penal. Dezyèm pati seksyon sa a pral dekri diferans ki genyen nan preparasyon yon dosye nan yon apèl apre kondanasyon. 2. Etap nan preparasyon yon dosye pou apèl nan pwosedi penal Biwo grefye a rasanble dosye pou apèl nan yon pwosedi penal dapre plizyè metòd ki sanble anpil jan sa fèt nan yon pwosedi sivil. Kidonk, nou mande lektè a li Seksyon B nan chapit sa a si l vle gen plis detay. a. Pare ak remèt yon "Deziyasyon pou Rapòtè" Pwosedi pou pare ak remèt yon Deziyasyon pou Rapòtè nan yon dosye penal prèske menm jan ak pwosedi nan yon dosye sivil la. Si te gen yon jijman oswa yon odisyon sou youn nan kesyon moun k ap fè apèl la vle abòde nan pwosedi apèl la, moun lan dwe mande rapòtè tribinal la pare transkripsyon jijman oubyen odisyon sa a. "Deziyasyon pou rapòtè" sa a dwe pare anvan 10 jou pase, apre dat yo depoze notifikasyon pou apèl la. Menm jan ak nan yon pwosedi sivil, moun ki nan pwosedi apèl la dwe siyen orijinal Deziyasyon pou Rapòtè a nan tribinal kote jijman an te fèt la. Moun ki nan pwosedi apèl la dwe voye yon kopi Deziyasyon pou Rapòtè a bay rapòtè tribinal la, ak yon kopi nan biwo avoka leta a. Si moun ki vle pwosedi apèl la pa gen ase lajan pou fè yon apèl nan pwosedi penal, li kapab mande tribinal la deklare li endijan. Si tribinal apèl la dakò moun lan se yon endijan, moun ki deklare endijan an pa oblije peye pou transkripsyon yo, men li toujou genyen pou l pare ak remèt yon "Deklarasyon sou Aksyon Jidisyè pou yo Revize", ansanm ak Deziyasyon pou Rapòtè 25

a. Moun ki deklare endijan an genyen pou l prezante yon lis sou Deziyasyon pou Rapòtè a, ki gen sèlman pwosedi ki an rapò ak kesyon moun lan pral abòde nan apèl la. Gen yon seksyon pi devan la a ki pale sou jan pou pare yon deklarasyon sou aksyon jidisyè pou yo revize a. b. Pou pare "Direktiv pou Grefye" a Menm jan ak nan yon pwosedi sivil, sòf si moun k ap fè apèl nan pwosedi penal la mande grefye a pa fè sa, grefye a pral mete pifò nan pyès yo te depoze nan premye tribinal la nan dosye pou apèl la. Epi tou, menm jan ak nan yon pwosedi sivil, biwo grefye a ap mete nòmalman pifò nan dokiman, ak pyès jistifikatif yo, ak transkripsyon yo nan dosye tribinal la. Anjeneral, biwo grefye a pa mete nan dosye pou apèl la pyès tankou konvokasyon, notifikasyon sou odisyon, notifikasyon sou depozisyon, dokiman sou revelasyon, ak prèv materyèl (tankou zam, dwòg, kasèt videyo, ak kasèt odyo). Dosye pou apèl la genyen ladan l tou yon rejis, ki gen yon lis aktivite yo ak dokiman yo depoze nan ka a. Moun k ap fè apèl la kapab vle yo mete nan dosye pou apèl la yon pyès jistifikatif biwo grefye a pa mete nòmalman. Pa egzanp, yon moun k ap fè apèl nan yon pwosedi penal, menm jan ak nan yon pwosedi sivil, kapab gen entansyon vini ak yon kesyon ki an rapò ak revelasyon. Na ka sa a, moun k ap fè apèl la pral bezwen dosye pou apèl la genyen ladan l pyès ki an rapò ak revelasyon yo. Oubyen, si moun k ap fè apèl la vle vini ak yon kesyon ki an rapò ak yon kasèt odyo oswa videyo, li dwe fè mete kasèt la nan dosye a, pou tribinal apèl la ka egzaminen l. Si moun k ap fè apèl la vle yo mete nan dosye pou apèl la kèk pyès jistifikatif biwo grefye a pa konn mete nòmalman, li dwe ekri Direktiv pou Grefye a. Gen esplikasyon pi detaye sou Direktiv pou Grefye a nan seksyon sou apèl nan pwosedi sivil, ki anvan an. Règleman yo mande pou moun ki se akize k ap fè apèl nan pwosedi penal la depoze Direktiv pou Grefye a nan tribinal kote yo te jije l kòm akize a, anvan 10 jou pase apre moun lan 26