mwen ta renmen wè istwa ak foto pam pibliye nan Sòlda Lapè. Kisa poum fè?

Similar documents
Florida History: Famous Floridians: Henry Morrison Flagler

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: 1FES 64. Tab Number: 63 CE FES 1D: Document Title: Document Date: Haiti.

Amplwayè: Amplwaye: Dat Pèt: Nimewo Dosye: Nimewo Ka Leta:

CORNERSTONE, Level A: Haitian Creole Translations

SAMPLE LETTER TO PARENTS (USE SCHOOL LETTERHEAD) ELEMENTARY SCHOOL INTRODUCTORY LETTER FOR HGD UNIT KINDERGARTEN-FOURTH GRADE.

Evite kè sote moun genyen souvan nan afè bay tete

Emerante De Pradines: Good morning Mr. Watson. Emerante De Pradines: Bonjou Msye Watson.

Atelye MIT ap fè sou teknoloji pou metòd aprantisaj aktif ki chita sou resous pedagojik san baryè Le Plaza, Pòtoprens, Ayiti, janvye 2013

Gid Paran pou Jadendanfan Volontè

PINGA OU VIRE PAJ SA A TOUTOTAN YO POKO DI W VIRE L.

DEZYÈM LIV KESYON KI BAZE SOU YON SERI DOKIMAN (DBQ) 16 NOVANM Ekri non w ak non lekòl ou an lèt majiskil sou liy ki anwo yo.

BOSTON REGION METROPOLITAN PLANNING ORGANIZATION

Pou plis enfòmasyon, tanpri rele nan (305)

8 YÈM ANE NIVO ENTÈMEDYÈ

ekouvri Lekòl Piblik Boston Fanmi Boston gen chans pou yo gen plis chwa pou edikasyon pitit yo pase prèske tout lòt kote nan Etazini

Lekòl Piblik Boston. Byenveni nan Lekòl Nou yo.

REZIME AVI DEPATMAN TIMOUN AK FANMI FLORIDA RÈGLEMAN KONSÈNAN RÈGLEMAN SOU ENFÒMASYON AK JESYON PRIVE AK PWOTEKSYON ENFÒMASYON PÈSONÈL SOU SANTE

Chwazi yon Lekòl Segondè: Yon Mesaj pou Elèv ak Fanmi yo

Ce document ne peut être reproduite et / ou adopté en tout ou en partie à condition qu'il n'y a pas de changement important dans le contenu, les

Financial Assistance Documents Texas Health Huguley

GID POU LEKÒL PIBLIK BOSTON POU FANMI AK ELÈV

NÒM DISIPLIN AK MEZI POU ENTÈVNI NAN TOUT VIL LA {KÒD DISIPLIN} Depatman Edikasyon vil Nouyòk. Joel I. Klein Chanselye Haitian Creole

Maladi Malarya: Enfòmasyon ou dwe konnen

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

Kijan pou touche jijman lajan Collecting a Money Judgment Haitian Creole

AmericasBarometer: Ayiti, 2010 Vanderbilt University Dwa resève.

SEKSYON PRATIK POU F È APÈL NAN BAWO FLORID LA

Questionnaire number. MUNICIPIO. Komin: HAISEKSYON. Seksyon Kominal: HAISEC. Zòn [optionel] HAISEGMENTO. Segman Recensman [Kod Oficiel Recensman an]

(ii) Bay enfòmasyon ki klè konsènan kritè kondisyon kalifikasyon pou fè aplikasyon ak metòd pou aplike pou jwenn èd finansye;

Chanselye a ELÈV KI ANSENT OUBYEN KI GEN PITIT AK KONFIDANSYALITE NAN SANTE REPWODIKTIF REZIME CHANJMAN YO

James H. DeGraffenreidt, Jr. Prezidan Konsèy Administrasyon Edikasyon l Eta. Nancy S. Grasmick Sipè-entandan L Eta pou Lekòl

FLORIDA HEALTHY KIDS CORPORATION AVI SOU PRATIK PWOTEKSYON EFÒMASYON PRIVE

4THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

Florida Healthy Kids (Timoun Ansante nan Florid) Liv pou Manm yo Mwa me 2018 Sèvis Kliyantèl:

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

Prentan Sistèm sa a san danje, an sekirite, legal ak vit.

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

Sa Kap Swiv la se Manyèl de Baz Elèv ak Fanmi ki kouvri Règ Debaz ak Règleman Lekòl City on a Hill

Vin jwenn nou pou yon randevou entènasyonal sou. Pwpozisyon pou Pri tikèt MBTA

Gid pou Lè Gen Lanmò. Boston Medical Center Biwo Zafè Moun ki Mouri. Telefòn: Faks:

AETNA BETTER HEALTH SM FIDA PLAN Rezime sou Benefis pou 2017

Pati B Avi konsènan Mezi Pwoteksyon pou Paran ak Elèv Andikape yo

POU ELÈV LEKÒL MWAYÈN AK LEKÒL SEGONDÈ YO NAN LEKÒL PIBLIK BOSTON

ISTWA ETAZINI AK GOUVÈNMAN

VIL PEYI DAYITI YO:AKSYON POU JODI A AK YON KOUDÈY SOU DEMEN REZIME

MINUSTAH: Èske se yon fòs k ap mentni lapè, Oubyen k ap conspire kont li?

POU PLIS ENFOMASYON / parents/ spanish/ default.htm oswa ale nan: Rechech: Regleman Konduit Elev yo

Kiltivasyon Kounya. Defi ak okazyon agrikòl pou rekonstriksyon Ayiti. 140 Oxfam Briefing Paper - Rezime Oktòb 2010

Nou la pou ou. Manyèl pou Manm. Aetna Better Health of New York. aetnabetterhealth.com/newyork NY

ISTWA AK JEWOGRAFI JENERAL

PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SNAP SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM (SNAP) APLIKASYON/RESÈTIFIKASYON

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN VIVAN. Vandredi 28 janvye :15 pou 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAM VIVAN

APLIKASYON/RE-SÈTIFIKASYON NAN PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM, SNAP)

EVCS Nouvèl. ~ Byenvini~

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Jedi, 29 janvye :15 a.m. pou 12:15 p.m.

DWA AK RESPONSABILITE LOKATÈ

Règleman Asistans Finansye & Faktirasyon/Règleman sou Koleksyon. Règleman sou Asistans Finansye

Sa se yon dokiman legal enpòtan. Tanpri gade li nan kote ki an sekirite.

Non Elèv la. Non Lekòl la

YON LEGLIZ KI AN SANTE KATRIYÈM EDISYON. Mark E. Dever. 525 A Street NE Washington, DC Phone (202) , FAX (202)

6323 Seventh Avenue Brooklyn, NY 11220

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

Konsey Pou Prepare w Pou Siklon

Èd Apre Dezas. FEMA 545 / Jiyè Gid Aplikan pou Pwogram Endividyèl & Familyal

TANPRI PATAJE DOKIMAN SA Disponib an Panyòl, Kreyòl, oubyen Gwo Postè sou Demann

AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Plan Avi Anyèl sou Chanjman ak Ti liv pou Patisipan pou 2017

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

LIV REGLEMAN SOU KONDWIT ELÈV

Pou Tout Elèv Nou yo:

Klas 6 yèm pou 12 yèm ane

AYITI: LIBETE AK KREYATIVITE SOTI NAN MON RIVE NAN LANME

DRAFT ETA FLORID PLAN CONSOLIDATED JULY 1, JUNE 30, 2020

Gid Chwa ak Enskripsyon. Chemen Enskripsyon An

ISTWA AK JEYOGRAFI JENERAL

Gid Byenveni. Preparasyon pou tan w ap pase a

GID PARAN ak GADÒ Lekòl Piblik Somerville. 8 Bonair Street Somerville, MA

Moffitt Cancer Center

Règleman/Pwosedi Tit: Règleman Èd Finansye - Dat anvigè: Janvye 2016 Charity Care Depatman: Sik revni # Règleman: 2209 Paj 1 sou 17

KONTRAKTE KI NAN FLORIDA K-AP TRAVAY NAN JADEN/ CHEF EKIP LIV POU ETIDYE POU EGZAMEN-AN

Is Konektikèt GID POU SA KI FÈK VINI YO. Sa se yon gid sou tout vil, minisipalite, ak lòt sèvis kin nan zòn Is Konektikèt la

C h a p i t 5 Prevansyon enfeksyon. Nan chapit sa a: Prevansyon enfeksyon sove la lav Prevni enfeksyon lè w evite jèm...52

ST. VINCENT S MEDICAL CENTER. POLITIK KONSÈNAN ASISTANS FINANSYÈ Koumanse 9 me 2017

Egzèsis sou ADN Glikozilaz - nivo 1-2

Gid Politik Pou Elèv ak Fanmi yo

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

SCIENCE UNIT 1 Vocabulary + Essential Questions ENGLISH/HAITIAN CREOLE

Biwo Fonksyònman Lekòl Règ Komisyon Konsèy Lekòl 5500

Klas 6 yèm ane pou 12 yèm ane

Kontni. Prepare ou: Kreye yon Plan pou Katastwòf Yon Plan pou Moun ki Enfim Definisyon Sitiyasyon Ijans Evakyasyon...

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

Manyèl Fanmi ak Elèv

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ. Jedi 19 Jen :15 jiska 4:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY LIV ENFÒMASYON POU PARAN AK ELÈV (TYPE ALL CAPS) INSERT SCHOOL NAME INSERT SCHOOL ADDRESS INSERT SCHOOL OFFICE NUMBER

West Boca Raton Community High School

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

Transcription:

6 Septanm lanne 2012: Machinn CHIBAT kap eskòte yon konvwa Pwogwam Alimantè Mondyal (PAM) soti Okap ale Plezans. 1

Apre yon seremoni ouvèti nan dat ki te 5 septanm lanne 2012 la nan kan Charlie, nan lakou Pòtoprens, Pwojè KIZUNA rekòmanse pedale. JAPENGCOY lanse pou katryèm fwa fòmasyon pwofesyonel sa kote 12 elèv ayisyen ap patisipe. Elèv yo aprann etap pa etap teknik ak konesans nesesè ki ka pèmèt yo travay a lavni kòm operatè pwa lou. Konfyans yo vinn genyen nan tèt yo pèmèt kapasite ak ekspetiz yo kontinye grandi. Apre premye faz enstriksyon an, faz operasyon an vinn komanse 12 septanm menm lanne a. Naoshi, yon enjinyè ki gen bon kè anpil. Naoshi, 44 lanne, se chef enstriktè Pwojè KIZUNA a. Li se yon enjenyè militè ki gen anpil eksperyans. Li di konsa: Mwen sèten ke solda lapè yo ede nan amelyorasyon anviwonman an nan konstwi lekòl ak wout e ede ayisyen yo aprann teknik ak konesans nan domenn konstriksyon. Kesyon : mwen ta renmen wè istwa ak foto pam pibliye nan Sòlda Lapè. Kisa poum fè? Repons : kontakte nou oubyen kontakte Ofisye enfòmasyon piblik kontenjan ou an. Asirew ke kòmandan ou dakò. Voye istwa ak fotow pou nou (Byen klè). Byen senp. 2

Helen, PHILCOY, 38 lanne. Mwen se Helen. Mwen marye e mwen gen yon pitit gason. Sa fè preske 16 lanne depi mwen entegre lamarinn Filipin. Kounye a map travay kòm anplwaye byenèt sosyal pou Bwanch U1 nan katye jeneral MINISTA. Jòb la pa fasil sitou pou distans nou ye ak fanmi nou. Men se yon kokenn opòtinite poum sèvi zanmi sòlda lapè parèy mwen yo nan ede yo kenbe moral yo. Nan non peyi mwen kise Filipin, mwen fyè deske mwen fè pati de misyon an. Fumio, JAPENGCOY, 34 lanne. Non pam se Fumio. Lwazi mwen se liv. Mwen travay nan Konpayi enjenyè japonè yo. Mwen se kòmandan platon an e mwen kòmande travay enjenyè yo. Pou mwen menm, Solda lapè yo se reprezantan nasyon yo. Yo kenbe tet yo ak disiplin, yo fyè de travay yap fè a, yo mete tout kapasite yo deyò pou rekonstriksyon peyi Dayiti e pèp ayisyen an fè yo konfyans. Zanj MINISTA yo met pye sou akseleratè a Jou ki te vandredi 31 dawout nan lanne 2012 la, yon kous antrenman te fèt nan kan BOLCOY la. Te gen reprezantan 14 peyi ki te patisipe: Ajantin, Brezil, Bolivi, Chili, Ekwatè, Gwatemala, Endonezi, Japon, Nepal, Paragwe, Perou, Filipin, Srilanka ak Irigwe. Yo pakouri 5 kilomèt ak kas yo nan tèt yo epi zam yo nan men yo san konte 5 kilo sab nan valiz yo. Silvia (lame chili), Claudia (lame Ajantin) e Alicia (Jandam Ajantin) te aksepte leve defi a tou. Chapo ba ak tout patisipan yo e espesyalman ak twa vanyan medam lapè sa yo! 3

Kelke mo itil an Kreyòl : Please..... Souple What is your name?.. Ki jan ou rele? My name is Mark..... Mwen rele Mark No problem... Pa gen pwoblèm I do not understand... Mwen pa konprann? Excuse me........ Eskize mwen Pèp ayisyen an renmen itilize pwovèb anpil. Donk, nou pwopoze ou pou aprann yon nouvo pwovèb kreyòl nan chak nimewo Sòlda Lapè ki gen pou soti. Fwa sa se : Piti piti zwazo fè nich (little by little, the bird builds its nest). Yo se sòlda lapè, men yo pa pote inifòm yo pou bèl twèl. Paske san yon anviwonman stab pa ka gen devlopman, sòlda nepalè yo (NEPBAT) reyalize chak semen anpil patwouy a pye nan zonn yo responsab yo. Yo asire sekirite enjenyè militè yo ak pèp ayisyen an. Sa fè tou yo konnen byen milye sivil la e pèmèt yo òganize aktivite pou ede popilasyon an. These boots are made for walking «Lame se rèn batay». Marechal Fransè Joffre. 4

Nan dat ki te premye septanm nan lanne 2012 la, premye batayon brezilyen an (BRABAT 1), nan tèt kole ak seksyon rediksyon vyolans nan kominote a ak fondasyon Timoun Bouke envite 300 timoun nan baz brezilyen an pou yo te ka santi yo yon solda lapè pandan yon jounen. Timoun yo kite soti nan katye Site Solèy patisipe nan plizyè aktivite tankou edikasyon, kilti ak lwazi san konte dans Kapoyera, yon atelye sou lijyèn, penti sou figi ak desen, espò (foutbòl, volebòl ak basketbòl). Yo te pataje tou yon lamanjay ak envite yo Kloun nan te mete anpil animasyon e timoun yo te renmen sa anpil! Jou ki te 31 dawout nan lanne 2012 la, Sòlda lapè ki nan lame ak lamarin chili te òganize yon jounen anbyans pou 700 timoun ki nan fondasyon ajantin Valdocco nan vil Kap Ayisyen. Ti gason ak tifi te patisipe nan aktivite yo e sòlda yo te bay anpil jwèt ak founiti lekòl. Te gen anpil paran ki te la tou. Jounen lajwa ak tandrès sa ap rete grave nan memwa timoun yo ak granmoun an inifòm yo. 5

Pou chak sòlda lapè, resevwa meday Nasyon Zini an reprezante yon gwo moman fyète ak prestij. Men se yon okazyon tou pou kontenjan yo prezante tradisyon ak kilti peyi yo e pèfòme dans ak espò. Lè seremoni an fini, yo tou pwofite rasanble pou diskite ansanm e fratènize ak tout lòt nasyon ki konstitye kokenn chèn fanmiy sòlda lapè yo. - INDOENGCOY - 30 dawout lanne 2012 Nan GONAYIV 6

- PARENGCOY AK PHILCOY - Jou ki te 7 SEPTANM 2012 la Nan Kan CHARLIE, PÒTOPRENS - Kontenjan peyi Irigwe a - Jou ki te 10 SEPTANM 2012 la Nan lakou MIBALÈ Kisa riban ki nan meday mwen an reprezante? Riban an gen kat koulè ladann : Ble a reprezante Nasyon Zini. Vè a senbolize peyizaj vèt ak potansyèl ekonomik Ayiti ; Ble wa senbolize oseyan ki antoure zile Ispayola a ; Blan an menm se pwomès lapè pou pèp ayisyen an. 7

Lucas ki nan BRABAT 1: Jou ki te 5 ak 6 Septanm nan lanne 2012 la, batayon mwen an te bay sekirite ak Oganizasyon entènasyonal migrasyon an (OIM). Yo tap fè resansman nan pi gran kan moun deplase yo ki pote non Kan Jan Mari Vensan nan lakou Pòtoprens. 168 sòlda lapè te patisipe nan operasyon sa ki te dewoule san okenn ensidan. Nuwan ki nan SRIBAT: Pou mwen menm ak zanmim yo ki fè pati kenzyèm batayon Srilankè an, lè a rive pou nou tounen lakay nou apre nou finn pase ywit mwa nan peyi Dayiti. Nou te 650 antou ki te deplwaye nan vil Lewogan, nan Jakmel, Kilik, Bwach ak Tigwav. Nou swete déjà bòn chans ak sòlda srilankè kap ranplase nou yo. Ak tout sòlda lapè yo, bòn chans e pran plezi nan misyon yo konfye nou an! Isthuthi! MESAJ MESAJ MESAJ MESAJ MESAJ Matias ki nan ARGBAT: Jou ki te vandredi 7 septanm nan lanne 2012 la, batayon mwen an te vizite timoun ki nan yon òfelina. Nou bayo bagay pou yo trete dlo, sirèt ak jwèt. Timoun yo te kontan anpil e mwen te santim satisfè e itil. Mwen apresye misyon sa paske li makònnen sekirite ak sipò pou popilasyon an ansanm. Bruno ki nan BRAENGCOY: Pandan de mwa, enjenyè brezilyen yo repare wout nan plizyè zòn nan Pòtoprens. Nou travay lannwit pou nou pa bloke sikilasyon an. Travay la pa fasil men li itil: Sis kilomèt pou nou repare! Nou prevwa fini travay sa nan fen mwa septanm nan. Bòn chans ak tout sòlda lapè yo. 8

Ou ta vle voye yon mesaj bay yon sòlda lapè pou yon evènman espesyal? Ou ta renmen dil ou sonjel? Out a vle voye yon mesaj sipò bay tout sòlda lapè ki nan peyi a? Solisyon an la. Ou ka voye mesaj ou a nan adrès sa: support_haiti_peacekeepers@hotmail.com E mesaj ou a ap pibliye nan lèt enfòmasyon sa. Kèk règ: Ekri prenonw, peyiw ak non sòlda paw la. Si ou dedye mesaj ou a ak tout sòlda lapè yo ki an Ayiti, jis ekri mesaj la. Mesaj la dwe kout: Yon fraz sèlman. Si ou respekte règ sa yo, mesaj ou a ap pibliye «Met lapè se pa yon jòb pou sòlda, men se sèl sòlda ki ka fèl». Dag Hammarskjöld, Sekretè jeneral Nasyon Zini 1953-1961. Kontakte nou : Pou aprann plis sou MINISTA: http://minustah.org http://www. facebook.com/minustah http://www.twitter.com/minustahmedia http://www.flickr.com/photos/minustah/sets/ 9