Evite kè sote moun genyen souvan nan afè bay tete

Similar documents
Florida History: Famous Floridians: Henry Morrison Flagler

Amplwayè: Amplwaye: Dat Pèt: Nimewo Dosye: Nimewo Ka Leta:

DEZYÈM LIV KESYON KI BAZE SOU YON SERI DOKIMAN (DBQ) 16 NOVANM Ekri non w ak non lekòl ou an lèt majiskil sou liy ki anwo yo.

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: 1FES 64. Tab Number: 63 CE FES 1D: Document Title: Document Date: Haiti.

C h a p i t 5 Prevansyon enfeksyon. Nan chapit sa a: Prevansyon enfeksyon sove la lav Prevni enfeksyon lè w evite jèm...52

Emerante De Pradines: Good morning Mr. Watson. Emerante De Pradines: Bonjou Msye Watson.

Maladi Malarya: Enfòmasyon ou dwe konnen

Chanselye a ELÈV KI ANSENT OUBYEN KI GEN PITIT AK KONFIDANSYALITE NAN SANTE REPWODIKTIF REZIME CHANJMAN YO

Gid pou Lè Gen Lanmò. Boston Medical Center Biwo Zafè Moun ki Mouri. Telefòn: Faks:

Florida Healthy Kids (Timoun Ansante nan Florid) Liv pou Manm yo Mwa me 2018 Sèvis Kliyantèl:

SAMPLE LETTER TO PARENTS (USE SCHOOL LETTERHEAD) ELEMENTARY SCHOOL INTRODUCTORY LETTER FOR HGD UNIT KINDERGARTEN-FOURTH GRADE.

REZIME AVI DEPATMAN TIMOUN AK FANMI FLORIDA RÈGLEMAN KONSÈNAN RÈGLEMAN SOU ENFÒMASYON AK JESYON PRIVE AK PWOTEKSYON ENFÒMASYON PÈSONÈL SOU SANTE

CORNERSTONE, Level A: Haitian Creole Translations

4THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

ekouvri Lekòl Piblik Boston Fanmi Boston gen chans pou yo gen plis chwa pou edikasyon pitit yo pase prèske tout lòt kote nan Etazini

Lekòl Piblik Boston. Byenveni nan Lekòl Nou yo.

SEKSYON PRATIK POU F È APÈL NAN BAWO FLORID LA

Gid Byenveni. Preparasyon pou tan w ap pase a

Pou plis enfòmasyon, tanpri rele nan (305)

Financial Assistance Documents Texas Health Huguley

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

Chwazi yon Lekòl Segondè: Yon Mesaj pou Elèv ak Fanmi yo

BOSTON REGION METROPOLITAN PLANNING ORGANIZATION

PINGA OU VIRE PAJ SA A TOUTOTAN YO POKO DI W VIRE L.

FLORIDA HEALTHY KIDS CORPORATION AVI SOU PRATIK PWOTEKSYON EFÒMASYON PRIVE

Gid Paran pou Jadendanfan Volontè

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

Kijan pou touche jijman lajan Collecting a Money Judgment Haitian Creole

Non Elèv la. Non Lekòl la

NÒM DISIPLIN AK MEZI POU ENTÈVNI NAN TOUT VIL LA {KÒD DISIPLIN} Depatman Edikasyon vil Nouyòk. Joel I. Klein Chanselye Haitian Creole

8 YÈM ANE NIVO ENTÈMEDYÈ

GID POU LEKÒL PIBLIK BOSTON POU FANMI AK ELÈV

ST. VINCENT S MEDICAL CENTER. POLITIK KONSÈNAN ASISTANS FINANSYÈ Koumanse 9 me 2017

DWA AK RESPONSABILITE LOKATÈ

YON LEGLIZ KI AN SANTE KATRIYÈM EDISYON. Mark E. Dever. 525 A Street NE Washington, DC Phone (202) , FAX (202)

AETNA BETTER HEALTH SM FIDA PLAN Rezime sou Benefis pou 2017

Atelye MIT ap fè sou teknoloji pou metòd aprantisaj aktif ki chita sou resous pedagojik san baryè Le Plaza, Pòtoprens, Ayiti, janvye 2013

KONTRAKTE KI NAN FLORIDA K-AP TRAVAY NAN JADEN/ CHEF EKIP LIV POU ETIDYE POU EGZAMEN-AN

(ii) Bay enfòmasyon ki klè konsènan kritè kondisyon kalifikasyon pou fè aplikasyon ak metòd pou aplike pou jwenn èd finansye;

Nou la pou ou. Manyèl pou Manm. Aetna Better Health of New York. aetnabetterhealth.com/newyork NY

AmericasBarometer: Ayiti, 2010 Vanderbilt University Dwa resève.

Konsey Pou Prepare w Pou Siklon

Règleman Asistans Finansye & Faktirasyon/Règleman sou Koleksyon. Règleman sou Asistans Finansye

TANPRI PATAJE DOKIMAN SA Disponib an Panyòl, Kreyòl, oubyen Gwo Postè sou Demann

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

Katalòg Pwodwi Sante pou Ane 2015

Sa se yon dokiman legal enpòtan. Tanpri gade li nan kote ki an sekirite.

AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Plan Avi Anyèl sou Chanjman ak Ti liv pou Patisipan pou 2017

EVCS Nouvèl. ~ Byenvini~

Egzèsis sou ADN Glikozilaz - nivo 1-2

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN VIVAN. Vandredi 28 janvye :15 pou 12:15 p.m.

Ce document ne peut être reproduite et / ou adopté en tout ou en partie à condition qu'il n'y a pas de changement important dans le contenu, les

Prentan Sistèm sa a san danje, an sekirite, legal ak vit.

James H. DeGraffenreidt, Jr. Prezidan Konsèy Administrasyon Edikasyon l Eta. Nancy S. Grasmick Sipè-entandan L Eta pou Lekòl

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAM VIVAN

Questionnaire number. MUNICIPIO. Komin: HAISEKSYON. Seksyon Kominal: HAISEC. Zòn [optionel] HAISEGMENTO. Segman Recensman [Kod Oficiel Recensman an]

6323 Seventh Avenue Brooklyn, NY 11220

Sa Kap Swiv la se Manyèl de Baz Elèv ak Fanmi ki kouvri Règ Debaz ak Règleman Lekòl City on a Hill

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

Règleman/Pwosedi Tit: Règleman Èd Finansye - Dat anvigè: Janvye 2016 Charity Care Depatman: Sik revni # Règleman: 2209 Paj 1 sou 17

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

Kontni. Prepare ou: Kreye yon Plan pou Katastwòf Yon Plan pou Moun ki Enfim Definisyon Sitiyasyon Ijans Evakyasyon...

APLIKASYON/RE-SÈTIFIKASYON NAN PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM, SNAP)

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

Vin jwenn nou pou yon randevou entènasyonal sou. Pwpozisyon pou Pri tikèt MBTA

POU PLIS ENFOMASYON / parents/ spanish/ default.htm oswa ale nan: Rechech: Regleman Konduit Elev yo

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 19 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

Gid Politik Pou Elèv ak Fanmi yo

Gid Chwa ak Enskripsyon. Chemen Enskripsyon An

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 23 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

ISTWA ETAZINI AK GOUVÈNMAN

PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SNAP SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM (SNAP) APLIKASYON/RESÈTIFIKASYON

GID PARAN ak GADÒ Lekòl Piblik Somerville. 8 Bonair Street Somerville, MA

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 26 janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 17 Jen :15 jiska 4:15 p.m., sèlman.

LIV REGLEMAN SOU KONDWIT ELÈV

POU ELÈV LEKÒL MWAYÈN AK LEKÒL SEGONDÈ YO NAN LEKÒL PIBLIK BOSTON

Is Konektikèt GID POU SA KI FÈK VINI YO. Sa se yon gid sou tout vil, minisipalite, ak lòt sèvis kin nan zòn Is Konektikèt la

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

Pati B Avi konsènan Mezi Pwoteksyon pou Paran ak Elèv Andikape yo

Moffitt Cancer Center

ISTWA AK JEWOGRAFI JENERAL

AYITI: LIBETE AK KREYATIVITE SOTI NAN MON RIVE NAN LANME

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 21 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

VIL PEYI DAYITI YO:AKSYON POU JODI A AK YON KOUDÈY SOU DEMEN REZIME

Èd Apre Dezas. FEMA 545 / Jiyè Gid Aplikan pou Pwogram Endividyèl & Familyal

Biwo Fonksyònman Lekòl Règ Komisyon Konsèy Lekòl 5500

ISTWA AK JEYOGRAFI JENERAL

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Jedi, 29 janvye :15 a.m. pou 12:15 p.m.

GID PREPARASYON KADIJANS LAFLORID

Pou Tout Elèv Nou yo:

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ. Jedi 24 Janvye :15 jiska 4:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ. Jedi 19 Jen :15 jiska 4:15 p.m.

Klas 6 yèm ane pou 12 yèm ane

Klas 6 yèm pou 12 yèm ane

Transcription:

Evite kè sote moun genyen souvan nan afè bay tete Bay tibebe tete se yon bagay ki natirèl se vre. Men, pafwa konn gen difikilte. Bay tibebe tete se yon ladrès moun aprann. Sa mande egzèsis. Pa etone si w rankontre difikilte. Ou ka pare pou yo depi davans. Mande èd si: Lèt ou pa koule anvan tibebe a gen 4 jou Pwent tete ou ap fè w mal toujou apre 7 a 10 jou Tete w vin twò plen epi ou pa santi yo vin pi mou apre tibebe a fin tete Tete w wouj, y ap fè w mal epi yo di Ou gripe epi w gen frison Pwent tete fè mal Sa nòmal pou tete w on ti jan fè w mal o kòmansman. Ou ka santi tete a ap fè w mal sou 2 jou oubyen 3 jou. Doulè a ta dwe ale apre 7 jou al sou 10 jou. Sa ki plis lakòz pwent tete fè mal se pwoblèm pozisyon tibebe ak jan bouch li pran tete a. Se 2 bagay ki kab regle fasil. Men kèk ti konsèy ki ka ede w: Ede pitit ou fè tete a chita nan bouch li kòmsadwa. Tann bouch tibebe a ouvri byen laj epi mete bouch li sou tete a. Mete valè pwent tete a ak wonn nwa tete a ou ka mete nan bouch tibebe a. Sa ap anpeche li penchen pwent tete a oubyen rale pwent tete a ak jansiv li. Yon pozisyon kote w chita byen alèz fè koze bay tete vin pi fasil, epi sa ede tibebe a pran plis lèt. Kite lè seche pwent tete w apre tibebe a fin tete. Mete kèk gout lèt sou pwent tete w pou soulaje po w. Pase krèm lanolin pi (ki pa melanje ak lòt pwodui) sou tete ou. Si w mete pwotèj tete ki fèt ak plizyè twou oubyen tanpon ki fèt ak jèl nan soutyen w, sa ka ede tou. Se bagay ki ka fè pwent tete w pa tèlman fè w mal epi yo kab anpeche yo fwote sou soutyen ou. Evite pwotèj tete ki fèt an plastik. Bay tibebe a tete ki pa twò fè w mal la anvan oubyen tou ba li tete ki bay mwens lèt la pou w ka fè tete sa a bay plis lèt. Mete yon sache glas sou tete a pandan 10 minit anvan w bay tibebe a tete. Sa ap ede kalme doulè nan pwent tete a. Epitou sa ap fè li pi fasil pou tete a chita nan bouch tibebe a. Rele doktè w oubyen pedyat ou» kontakte yon espesyalis nan afè» Tcheke divès kote ki bay èd ki nan lis sou sit wèb sa a Enfòmasyon sa yo konfòme yo ak egzijans: Gen moun ki la pou ede w chak jou 24 sou 24. Gen enfimyè ak konsiltan nan afè bay timoun tete ki disponib. Telefone Feeding Expert : 1-800-986-8800. Vire paj la»

o Konsèy ak teknik pou : Evite kè sote moun genyen souvan nan afè bay tete Lè lèt la ap vini Si lèt k ap sot nan tete w la koule twò vit, tibebe a ka gen pwoblèm pou li vale tout. Sa rive souvan ak tibebe ki fèk fèt. Tibebe w la ap vin pi bon nan pran tete lè li gen 2 mwa. Pou w ka ede tibebe a, eseye ponpe enpe lèt anvan ou ba li tete oubyen pran yon ti pòz plizyè fwa pandan w ap ba li tete a. Sa bay tibebe a tan pou li pran souf, pou li rann gaz oubyen pou li vale. Pou kèk manman, lèt la sot nan tete a dousman dousman. Lè w detann ou, lè w bay tete w yon ti masaj, oubyen lè w mete konprès tyèd sou li anvan ou bay tibebe a tete, se bagay ki ka ede lèt la koule pi byen. Men kèk ti konsèy ki ka ede fè lèt la koule pi vit: Chèche yon kote ki pa gen bri pou w bay tibebe a tete Mete tout atansyon w sou tibebe a Pwofite kontak sere ou genyen ak tibebe a Lonje kò w pandan w ap bay tibebe a tete Emosyon Emosyon oubyen kè kase ka aji sou jan lèt la koule epitou sa ka fè tete w pa bay valè lèt li dwe bay. Eseye detann ou epi kontinye bay pitit ou tete oubyen kontinye prije lèt la. Sa ap fè valè lèt tete w bay la vin nòmal. Lè tete yo angòje (tete ki plen lèt oubyen ki vin di) Sa rive pafwa si tibebe a pa pran tete souvan oubyen li pa pran tete ase pandan 3 ak 5 premye jou apre li fin fèt la, lè lèt ou fèk kòmanse ap vini. Gen anpil rezon pou sa. Gen tibebe ki derefize pran tete a. Epi gen lòt ki eseye pran tete a men ki gen pwoblèm pou yo fè tete a byen chita nan bouch yo. Lè tete w vin di epi yo plen ak lèt, pwent yo vin plat. Sa vin rann li difisil pou pwent tete a byen chita nan bouch tibebe a. Si youn nan tete yo oubyen toulede ta vin di oubyen yo ta plen lèt ant lè pou w bay tibebe a tete, sèvi ak yon ponp pou ponpe lèt la oubyen sèvi ak men w pou prije lèt la. Lè w prije lèt la, sa ap fè li pi fasil pou pitit ou tete paske tete w pa twò chaje ak lèt. Sa ka ede w tou si ou eseye divès pozisyon lè tibebe a ap tete. Mande doktè w oubyen yon espesyalis nan afè konsèy si sa rive w epi si ou pa ka fè tibebe w la pran tete. Men kèk ti konsèy ki ka ede w tou: Mase tete a tou dousman Sèvi ak sache glas pou fè tete yo mwens anfle Ponpe enpe nan lèt ou anvan ou bay tibebe a tete Rele doktè w oubyen pedyat ou» kontakte yon espesyalis nan afè» Tcheke divès kote ki bay èd ki nan lis sou sit wèb sa a Vire paj la»

o Konsèy ak teknik pou : Evite kè sote moun genyen souvan nan afè bay tete Pwent tete ki plat oubyen ki rantre Gen fi ki gen pwent tete ki plat oubyen ki rantre. Sa ka fè bay tete difisil sitou si tibebe a pa nan yon bon pozisyon oubyen si tete a pa byen chita nan bouch li kòmsadwa. Depi tibebe a fin abitye ak pwent tete w, l ap tete san pwoblèm. Si tete a ta fè w mal lè li byen chita nan bouch tibebe a, mande konsèy. Eseye mete pwotèj tete lè ou p ap bay tete. Sa ka ede w si w sèvi ak yon ponp pou rale lèt nan tete w tousuit anvan ou bay tibebe a tete. Lè pwent tete a byen chita nan bouch yon tibebe, se tete a li souse se pa pwent tete a. Men kèk ti konsèy ki ka ede w: Woule pwent tete w ak dwèt ou anvan ou bay tibebe a tete Sèvi ak yon ponp pou rale lèt nan tete w lè w kòmanse bay tete pou sa ka ede fè pwent tete a soti Kanal tete ki bouche Kanal ki bouche sanble ak ti boul ki gwosè grenn pwa anba po tete a. Yo fè w mal lè ou touche yo. Men sa ki lakòz yo: si ou sote lè pou bay tibebe a tete, si ou chanje lè pou ba li tete, si ou gen twòp lèt nan tete w, si ou gen gwo tete ki pa gen bon sipò, si ou mete soutyen sere ki gen fè ladan yo oubyen si ou rete nan yon move pozisyon pou w bay tibebe a tete. Men kèk ti konsèy ki ka ede w: Prije lèt ak men w oubyen fè yon ti ponpe lèt apre ou fin bay tete Mase tete a tou dousman Mastit Si kanal tete w kontinye rete bouche, sa ka lakòz li vin anfle. Sa se yon enfeksyon kanal lèt la. Anpil fwa ou ka santi se kòm si ou te gen yon grip. Si w santi frison oubyen ou santi doulè, epi ou pap bay tete byen, mande èd tousuit. Veye si tete a pi cho pase jan l konn ye, si li wouj, si li sansib oubyen si li anfle kit se nan yon pati kit se nan tout tete a. Mastit konn lakòz doulè epi li ka kòmanse byen vit. Lèt tete w pa gen pwoblèm men zòn kote kanal lèt la bouche a ka bezwen swen doktè. Pa gen danje pou w bay tibebe a tete nan tete sa a. Pou soulaje doulè a: Al kay doktè pou yo ka ba w antibyotik (pa gen danje nan sa ni pou ou, ni pou tibebe a) Mase tete a tou dousman pandan w ap bay tibebe a tete Pran repo pi souvan epi bwè plis likid Rele doktè w oubyen pedyat ou» kontakte yon espesyalis nan afè» Tcheke divès kote ki bay èd ki nan lis sou sit wèb sa a 2011 Abbott Laboratories Inc. Janvye 2011 73884 Haitian Creole BF Concerns

Èd pou manman k ap bay tete Nan kesyon bay pitit ou manje, pa gen pi bon avantaj pase avantaj lèt manman. Piske se manman sèlman ki ka bay tete, lòt moun ka santi yo neglije pandan manman ap bay tete. Lè yon moun fèk vin paran se yon bagay ki fatigan! Bay tete se pa sèl mwayen ki genyen pou moun vin atache ak yon tibebe. Gen anpil fason zanmi ak fanmi kapab ede lè yon manman ap bay tete. Bay tete a twa Papa yo ak mennaj manman yo enpòtan anpil pou tout tibebe, kèlkeswa jan yo bay tibebe yo manje. Anpil moun kwè si gen yon papa, yon mennaj oubyen yon lòt fanmi pre k ap ankouraje manman an, se youn nan bagay ki pi enpòtan pou yon manman k ap bay tete. Si yon manman gen yon patnè k ap ankouraje li, sa ka ede fè peryòd pou aprann bay tete a vin pi fasil, pi amizan ni pou manman an ni pou tibebe a. Wòl granparan nan bay tete Grann! Se pou w fè manman pitit pitit ou konnen ou dakò avè l si l vle bay tibebe a tete, menm si se pa kon sa ou te chwazi bay pitit pa ou manje. Pafwa pitit fi ou oubyen bèlfi ou va mande w konsèy nan kesyon bay timoun manje. Se pou ou dakò li ka chwazi pou li bay pitit li manje yon fason ki pa menm ak jan w te fè sa ou menm. Se pou veye pou li gen tout bagay li bezwen pou li ka bay tibebe a tete kòmsadwa. Veye pou li byen manje epi pou li byen repoze. Fason ou kapab ede MANJE: Ede li prepare manje oubyen al chèche manje pou li. Sa enpòtan pou manman yo manje manje ki byen balanse, sitou lè y ap bay tete. Bagay li manje, bagay li bwè ka gen konsekans sou timoun nan. REPO: Pandan tibebe a ap dòmi, fè manman an sonje pou li fè yon ti kabicha oubyen pou li pran kèk minit pou li repoze. Leve l lè lè a rive pou li bay tibebe a manje oubyen lè tibebe a leve. SWEN TIBEBE A: Ede pran swen tibebe a pou manman an ka repoze. Ede benyen l, chanje kouchèt li, abiye tibebe a, ranje bèso oubyen ede pran swen tibebe a. Tibebe renmen moun kenbe yo. Rele dokte w oubyen pedyat ou» kontakte yon espesyalis nan afè» Tcheke divès kote ki bay èd ki nan lis sou sit wèb sa a Enfòmasyon sa yo konfòme yo ak egzijans: Gen moun ki la pou ede w chak jou 24 sou 24. Gen enfimyè ak konsiltan nan afè bay timoun tete ki disponib. Telefone Feeding Expert : 1-800-986-8800. Vire paj la»

o Konsèy ak teknik pou : Èd pou manman k ap bay tete TRAVAY NAN KAY: Ede fè travay nan kay la tankou lave vesèl, lave rad, pase vakyòm, siye mèb, mete fatra deyò epi nenpòt lòt travay ki merite fèt. Si gen timoun ki pi gran, voye je sou yo, ede okipe yo, ede yo fè devwa yo oubyen mennen yo nan aktivite yo gen pou yo ale. Al fè makèt manman an ka bezwen oubyen al regle bagay ki ka pran anpil tan. BAY TIBEBE A MANJE: Ede manman an mete tibebe a an pozisyon sou lenn ak zorye. O kòmansman, ede manman an fè tete a byen chita nan bouch tibebe a. Al pran yon vè dlo oubyen ji byen fre pou manman an pran ti gòje tanzantan pandan l ap bay tibebe a tete. Apre tibebe a fin pran tete, kenbe li, fè li rann gaz epi chanje kouchèt li. Fè tibebe vin abitye avèk ou tou! Rele dokte w oubyen pedyat ou» kontakte yon espesyalis nan afè» Tcheke divès kote ki bay èd ki nan lis sou sit wèb sa a 2011 Abbott Laboratories Inc. Janvye 2011 73880 Haitian Creole BF Support