Osijè : REZIME CHANJMAN YO Paj : 1-1 sa a ranplase A-740 date 05/09/00. Nouvo Dispozisyon : Chak lekòl entèmedyè, lekòl pre-segondè ak lekòl segondè dwe deziyen yon manm kò anseyan an ki responsab pou li enfòme elèv yo sou dwa ak responsabilite yo nan edikasyon yo, founi aksè a enfòmasyon sou pwogram ak sèvis ki disponib e asiste elèv yo pou yo benefisye sèvis sa yo. Elèv ki ansent gen dwa rete nan lekòl yo e patisipe antyèman nan pwogram edikasyonèl ak aktivite apre lekòl. Elèv yo gen dwa tou pou yo resevwa sèvis ki disponib yo pou asiste yo nan kontinye edikasyon yo pandan yo ansent oubyen kòm adolesan paran pitit oswa toude. Si yon elèv vle transfere nan yon lòt lekòl, manm kò anseyan yo deziyen an ap enfòme elèv la ak paran l oubyen gadyen legal li sou opsyon l pou edikasyon l. Elèv kapab chwazi volontèman pou yo enskri nan youn nan pwogram Depatman Edikasyon an pou elèv ki ansent oubyen ki gen pitit. Responsab lekòl yo dwe rekonèt nati trè sansib enfòmasyon ki konsène gwosès elèv, aktivite seksyèl, VIH/SIDA ak maladi seksyèlman transmisib. Yo dwe sèvi ak anpil diskresyon ak pwofesyonalis lè y ap diskite bagay sa yo. Menmsi pèsonèl la dwe ankouraje elèv yo pou yo jwenn swen medikal ak èd apwopriye, yo pa dwe egzije okenn elèv fè tès gwosès, maladi moun atrap nan kontak seksyèl oubyen VIH/SIDA, oubyen egzije okenn elèv oswa founisè sèvis sante l pou yo revele rezilta tès sa yo. Anplis, yo pa dwe egzije yon elèv revele estati l oswa eta l parapò a gwosès, VIH/SIDA, maladi moun atrap nan kontak seksyèl oubyen aktivite seksyèl. Responsab lekòl yo pa ka ekskli okenn elèv nan okenn pwogram lekòl lan paske li pa te fè tès pou gwosès, tès pou maladi moun atrap nan kontak seksyèl, VIH/SIDA, oubyen poutèt li ansent, li teste pozitif pou SIDA, li se yon adolesan ak pitit oswa li gen yon maladi moun atrap nan kontak seksyèl. Sa yo pa kapab nonplis de kondisyon pou yo refize yo nan yon lekòl oubyen yon pwogram.
Paj : 1-6 REZIME sa a ranplase Chanselye A-740 lan date 28 septanm 1987 e ki mizajou nan 06/09/2002. Elèv ki ansent ki gen laj yo oblije ale lekòl gen pou yo ale lekòl sòf si gen rezon medikal ki kontrè. Objektif règleman sa a se klarifye wòl ak responsabilite divès kalite pèsonèl lekòl lan nan aplikasyon politik sa a, nan founi enfòmasyon sou chwa edikasyonèl ki disponib pou elèv ki ansent oubyen ki gen pitit e pou asiste elèv yo atravè enfòmasyon sou swen ki gen rapò ak gwosès, swen pou timoun ak lòt sèvis ki anrapò ak sa yo. Li gen ladann pwosedi pou pèsonèl lekòl la asiste elèv ki ansent lan nan planifye pou l kontinye edikasyon l pandan e apre gwosès li. an rekonèt dwa legal elèv yo pou yo jwenn swen sante anrapò ak gwosès ak opòtinite egal pou edikasyon yo. Li rekonèt enpòtans enplikasyon paran yo ak gadyen legal yo nan jan pitit yo pran desizyon, pandan li rekonèt dwa elèv la genyen pou l jwenn konfidansyalite nan sa ki gen rapò ak kestyon sou sante repwodiktif ak sante seksyèl. 1. MANM KÒ ANSEYAN YO DEZIYEN 1.1 Chak lekòl entèmedyè, lekòl pre-segondè ak lekòl segondè pral deziyen yon manm kò anseyan an ki pral sèvi kòm moun ki bay èd e ki responsab pou li bay elèv ki ansent oubyen ki gen pitit aksè a enfòmasyon sou swen sante ki gen rapò ak gwosès, sou okipe timoun oubyen sèvis ki anrapò ak sa yo. Anplis, manm kò anseyan ki deziyen an ap enfòme elèv sa yo sou dwa ak responsabilite yo nan edilkasyon yo (konsilte twazyèm pati a) e li pral asiste elèv la pou l jwenn sèvis èd akademik ak konsèy apwopriye pou pèmèt elèv la kontinye edikasyon l e patisipe antyèman nan lekòl la pandan e apre gwosès la antanke elèv paran. Manm kò anseyan ki deziyen an kapab yon Konseye gid, yon pwofesè lijyèn oubyen lòt pèsonèl ki gen fòmasyon apwopriye. Manm kò anseyan ki deziyen an ap travay anba sipèvizyon asistan direktè a, pèsonèl nan sèvis pou elèv oubyen yon lòt sipèvizè apwopriye. Li ta dwe tou veye sou yo kowòdinasyon sèvis yo bay elèv la. Non manm kò anseyan an dwe endike sou Fòm pou manm kò anseyan yo deziyen an ki akonpaye règleman sa a (konsilte dokiman siplemantè A) e yo dwe soumèt li ba Biwo Sèvis pou kominote lekòl yo ak fòmasyon jennmoun lan Office Mo paran an, tout kote yo sèvi avèk li nan sa a, vle di paran elèv la, gadyen legal oubyen nenpòt moun ki gen yon relasyon parante oubyen gad ak elèv la, oubyen elèv la menm, si l se yon minè emansipe oswa li gen plis pase 18 lane.
Paj : 2-6 of Youth Development and School Community Services pa pita pase 1ye oktòb nan chak ane akademik. Non manm kò anseyan ki deziyen an ak lè li disponib dwe afiche aklè yon kote e yo dwe mete tout moun okouran. 1.2 Depatman Edikasyon an konsidere angajman paran enpòtan. Yo dwe fè efò tout tan pou yo enplike paran nan sa ki gen rapò ak chwa elèv yo. Manm kò ansèyan ki deziyen an dwe enplike paran an nan chwa elèv la fè, otanke posib, san yo pa retade sèvis sante ki nesesè pou elèv la resevwa oubyen lòt sèvis asosye. 2. KONFIDANSYALITE NAN ZAFÈ SANTE 2.1 Responsab lekòl yo dwe rekonèt nati trè sansib enfòmasyon ki konsène gwosès elèv, aktivite seksyèl, VIH/SIDA ak maladi seksyèlman transmisib. Responsab lekòl yo dwe sèvi ak anpil diskresyon ak pwofesyonalis e yo dwe respekte vi prive elèv la lè y ap diskite koze sa yo. 2.2 Responsab lekòl yo pa gen pou yo mande ni egzije okenn elèv pase tès pou gwosès, maladi seksyèlman transmisib oswa VIH/SIDA. 2.3 Responsab lekòl yo pa gen pou yo mande okenn elèv oswa moun ki founi l sèvis sante pou yo revele rezilta tès pou gwosès, maladi seksyèlman transmisib oubyen VIH/SIDA. Yo pa dwe egzije nonplis pou elèv yo oswa moun ki founi yo sèvis sante revele estati yo oswa eta yo konsènan gwosès, VIH/SIDA, maladi seksyèlman transmisib oswa aktivite seksyèl. 2.4 Responsab lekòl yo pa gen pou yo anpeche okenn elèv ale lekòl oswa nan yon pwogram lekòl poutèt li pa te pase yon tès oubyen pa te revele rezilta yon tès pou gwosès, maladi seksyèlman transmisib oubyen VIH/SIDA. Se menm jan an pou si elèv la ansent, li teste pozitif pou SIDA, li gen pitit oubyen li gen maladi moun atrap nan kontak seksyèl. Tès sa yo pa dwe yon kondisyon pou elèv la kapab ale lekòl oubyen swiv yon pwogram lekòl la. Okenn nan eleman sa yo pa ta dwe anpeche pèsonèl la ankouraje elèv yo pou yo chache jwenn sèvis sante ak sèvis èd apwopriye. 3. DWA AK RESPONSABILITE ELÈV KI ANSENT 3.1 Elèv ki ansent gen dwa rete nan lekòl la e gen dwa pou yo resevwa pwogram ak sèvis ki disponib pou asiste yo nan kontinye edikasyon yo e patisipe antyèman nan lekòl la pandan gwosès yo oubyen pandan yo gen pitit oswa toude. 3.2 Elèv ki ansent ki gen laj yo oblije ale lekòl gen pou yo ale lekòl sòf si gen rezon medikal ki kontrè. Yo dwe swiv pwosedi nòmal pou prezans lè gen absans.
Paj : 3-6 3.3 Elèv ki ansent oubyen ki gen pitit gen dwa patisipe nòmalman nan pwogram ak aktivite edikasyonèl. Sa enkli nenpòt klas oswa aktivite apre lekòl yo ta nòmalman elijib pou yo san yo pa bezwen yon sètifika espesifik senpman paske yo ansent oubyen yo gen pitit. Sepandan, lekòl yo dwe ankouraje elèv ale wè doktè si yo prezante sentòm oubyen yo nan yon eta ki ta mande swen medikal pou nenpòt elèv. 3.4 Si yon elèv ki ansent gen yon rezon medikal ki limite patisipasyon l nan pwogram lekòl regilye l, se responsabilite elèv la oubyen paran an pou bay lekòl la dokimantasyon apwopriye ki soti nan men founisè swen sante l. Manm kò anseyan yo deziyen an ap tabli pwosedi pou devlope yon plan edikasyonèl ki konfòm a enstriksyon founisè sèvis sante a, an kolaborasyon ak elèv la, paran l oswa gadyen l ak lòt patisipan, si nesesè. Pwofesè pou de matyè patikilye ta dwe avize si yo dwe bay yon atansyon espesyal poutèt eta sante elèv la. Lekòl yo dwe fè de amenajman rezonab lè yo resevwa enfòmasyon sa yo, menm jan yo ta fè pou nenpòt lòt elèv ki ta gen yon pwoblèm sante. 3.5 Lekòl yo dwe fè tout efò yo pou yo bay elèv ki ansent oswa ki gen pitit devwa, travay lekòl ak lòt api pou pèmèt yo rete ajou nan travay klas yo egzije si yo absan pou rezon medikal. Yo ta dwe tou fasilite yo pou yo tounen nan pwogramasyon regilye lekòl la apre absans sa yo. 3.6 Lè gwosès la fini oubyen lè gen akò doktè a oswa toude, yo atann aske elèv la retounen lekòl. Pèsonèl lekòl la dwe imedyatman aksepte elèv la e ofri èd onivo akademik ak konsèy apwopriye pou pèmèt elèv la tounen nan pwogram akademik nòmal li. 3.7 Elèv ki panse yo viktim diskriminasyon oubyen asèlman poutèt yo ansent gen dwa pote plent oubyen chache yon solisyon dapre Chanselye A-830 lan. 4. CHWA EDIKASYONÈL KI DISPONIB POU ELÈV KI ANSENT Elèv ki ansent oubyen ki gen pitit gen dwa rete nan pwogram akademik aktyèl yo padan e apre gwosès yo. Si yon elèv vle transfere nan yon lòt lekòl, se responsabilite manm kò anseyan yo deziyen an pou l asire l elèv la ak paran l oubyen gadyen l okouran diferan opsyon edikasyonèl yo. Elèv yo kapab chwazi pou yo enskri nan youn nan pwogram Depatman Edikasyon an pou elèv ki ansent oubyen ki gen pitit men enskripsyon an dwe konplètman volontè. 4.1 Yon elèv ki ansent gen dwa rete nan pwogram akademik nòmal li.
Paj : 4-6 4.2 Yon elèv ki ansent ki pa vle rete nan lekòl kote l ye a gen dwa transfere nan yon lòt lekòl zòn li. 4.3 Yon elèv ki ansent oubyen ki gen pitit ki nan yon lekòl ki mande twòp transpò kapab mande yon transfè pou sikonstans espesyal, avèk dokimantasyon apwopriye, pou l ale nan yon lekòl pi pre lakay li. 4.4 Yon elèv ki ansent oubyen ki gen pitit e ki nan yon lekòl segondè, yon lekòl entèmedyè, yon lekòl pre-segondè oubyen yon lekòl edikasyon espesyal kapab transfere nan youn nan pwogram Depatman Edikasyon an pou elèv ki ansent oubyen ki gen pitit. Nenpòt elèv ki vle transfere nan yon pwogram pou elèv ki ansent oubyen ki gen pitit ta dwe okouran sa yo di la yo: nenpòt desizyon transfè se yon bagay volontè; transfè a sipoze tanporè; kijan transfè a kapab afekte pwogrè l nan edikasyon l, si l afekte l. Sa enkli, men sa pa limite a, kredi lekòl, nòt nan klas, pase nan lòt klas ak dat gradyasyon. Elèv la dwe okouran tou si gen klas oubyen kredi ki pa disponib nan pwogram pou elèv ki ansent oubyen ki gen pitit. Pwogram pou elèv ki ansent oubyen ki gen pitit yo sou lis pi ba a: Manhattan Bronx Brooklyn 911M, Center for Continued Education 22 E.128 th St. New York, New York 10035 (212) 427-1413 921X, Martha Neilson 979 Rogers Place Bronx, New York 10459 (718) 991-8450 932K, School for Continued Ed. 631 Belmont Ave. Brooklyn, New York 11207 (718) 647-1800
Paj : 5-6 Queens 941Q, Ida B. Wells School 166-02 Jamaica Avenue Jamaica, New York 11432 (718) 262-9390 Dosye elèv ki transfere nan youn nan pwogram sa yo ta dwe rete nan premye lekòl lan menmsi elèv la transfere paske elèv la ap retounen nan premye lekòl sa a. 4.5 Paran yo dwe siyen pou transfè elèv yo. 5. ANSÈYMAN KI FÈT LAKAY 6. PWOGRAM LYFE Elèv ki ansent lan kapab resevwa ansèyman lakay li, nan men yon pwofesè ki afekte pa Depatman Edikasyon an, Division of Special Education, Office of Home Instruction, pandan e apre gwosès lan, si yo pa ka fè aranjman nan yon lekòl poutèt yon pwoblèm fizik oubyen medikal, oubyen poutèt yon pwoblèm emosyonèl, sikolojik oswa yon pwoblèm nan konpòtman l ki serye. Founisè sèvis sante elèv la dwe sètifye gen yon pwoblèm patikilye ki mande ansèyman an fèt lakay. Pou plis detay sou demann pou ansèyman ki fèt lakay, refere w a Chanselye A-170 lan. Demann ki gen rapò ak ansèyman ki fèt lakay dwe adrese ba : Home Instruction Manhattan (646) 486-3557 Bronx (718) 742-0972 Brooklyn (718) 265-2790 Queens (718) 529-0269 Staten Island (718) 447-4447 Dosye elèv ki resevwa ansèyman lakay yo ta dwe rete nan lekòl prensipal la paske elèv la ap retounen nan lekòl sa a. Pwogram LYFE lan (Living for the Young Family through Education) bay sèvis gadri pou tibebe. Kèk lekòl gen sèvis gadri atravè pwogram LYFE lan sou teren lekòl lan. Sèvis gadri anndan lekòl yo louvri ni pou elèv ki papa ni sa k manman pitit. Si yon elèv ki ansent oubyen ki gen pitit bezwen sèvis gadri, manm kò anseyan ki deziyen an ta dwe ede elèv la idantifye lekòl ki bay sèvis sa a e asiste elèv la pou l enskri nan yon lekòl konsa oubyen enskri pitit elèv la oswa toude nan pwogram LYFE lekòl sa yo, si sa posib. LYFE
Paj : 6-6 7. RAPÒ 22 East 128 th St. New York, New York 10035 212-348-0608 Nan chak dènye jou nan mwa a nan Oktòb, Desanm, Fevriye ak Me, manm kò anseyan ki deziyen an pral ranpli yon Rapò rezime sou elèv ki ansent (Dokiman siplemantè B). Non elèv ki ansent yo pa dwe sou lis nan Rapò rezime a. Manm kò anseyan ki deziyen an ap soumèt Rapò rezime an ba : 8. REKÈT Program for Pregnant and Parenting Students 22 East 128 th St. New York, New York 10035 Rekèt konsènan règleman sa a jeneralman dwe adrese ba : Telefòn (212) 427-5060 Program for Pregnant and Parenting Students 22 East 128 th Street New York, New York 10035 Faks (212) 722-5474 Rekèt konsènan kestyon konfidansyalite yo trete nan règleman sa dwe adrese ba : Telefòn (212) 374-6888 Office of Legal Services NYC Department of Education 52 Chambers Street Room 308 New York, New York 10007 Faks (212) 374-5596
RÈGLEMAN CHANSELYE A-740 DOKIMAN SIPLEMANTÈ A Chanselye A-740: Manm Kò Anseyan ki Deziyen pou Elèv ki Ansent oubyen ki Gen Pitit Non lekòl la Adrès Nimewo Telefòn Manm Kò Anseyan Direktè a Deziyen pou Elèv ki Ansent oubyen ki Gen Pitit se: Non Tit Siyati Direktè a Dat Yo dwe soumèt rapò nan Biwo Sèvis pou kominote lekòl yo ak fòmasyon jennmoun a anvan 1ye oktòb chak ane akademik nan : Office of Youth Development and School Community Services 52 Chambers Street, Room 219 New York, NY 10007
RÈGLEMAN CHANSELYE A-740 DOKIMAN SIPLEMANTÈ B RAPÒ REZIME SOU ELÈV KI ANSENT Mwa/Ane Rapò Rezime a: Non Lekòl la Adrès/Nimewo Telefòn Kantite Elèv ki Ansent: Kantite Elèv ki Gen Pitit: Siyati Direktè a oubyen Moun li Deziyen an Dat Pou soumisyon nan Oktòb, Desanm, Fevriye ak Me chak ane. Tanpri voye pa lapòs oubyen pa faks ba : Office of Youth Development and School Community Services 52 Chambers Street, Room 219 New York, NY 10007 Fax No.: 212-374-5585