Liv Referans Anplwaye yo & Enfòmasyon sou Benefis

Similar documents
REZIME AVI DEPATMAN TIMOUN AK FANMI FLORIDA RÈGLEMAN KONSÈNAN RÈGLEMAN SOU ENFÒMASYON AK JESYON PRIVE AK PWOTEKSYON ENFÒMASYON PÈSONÈL SOU SANTE

Amplwayè: Amplwaye: Dat Pèt: Nimewo Dosye: Nimewo Ka Leta:

FLORIDA HEALTHY KIDS CORPORATION AVI SOU PRATIK PWOTEKSYON EFÒMASYON PRIVE

Financial Assistance Documents Texas Health Huguley

Chanselye a ELÈV KI ANSENT OUBYEN KI GEN PITIT AK KONFIDANSYALITE NAN SANTE REPWODIKTIF REZIME CHANJMAN YO

POU PLIS ENFOMASYON / parents/ spanish/ default.htm oswa ale nan: Rechech: Regleman Konduit Elev yo

Gid Paran pou Jadendanfan Volontè

Pou plis enfòmasyon, tanpri rele nan (305)

BOSTON REGION METROPOLITAN PLANNING ORGANIZATION

(ii) Bay enfòmasyon ki klè konsènan kritè kondisyon kalifikasyon pou fè aplikasyon ak metòd pou aplike pou jwenn èd finansye;

NÒM DISIPLIN AK MEZI POU ENTÈVNI NAN TOUT VIL LA {KÒD DISIPLIN} Depatman Edikasyon vil Nouyòk. Joel I. Klein Chanselye Haitian Creole

SAMPLE LETTER TO PARENTS (USE SCHOOL LETTERHEAD) ELEMENTARY SCHOOL INTRODUCTORY LETTER FOR HGD UNIT KINDERGARTEN-FOURTH GRADE.

Florida History: Famous Floridians: Henry Morrison Flagler

Règleman Asistans Finansye & Faktirasyon/Règleman sou Koleksyon. Règleman sou Asistans Finansye

SEKSYON PRATIK POU F È APÈL NAN BAWO FLORID LA

Kijan pou touche jijman lajan Collecting a Money Judgment Haitian Creole

APLIKASYON/RE-SÈTIFIKASYON NAN PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM, SNAP)

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: 1FES 64. Tab Number: 63 CE FES 1D: Document Title: Document Date: Haiti.

Gid Politik Pou Elèv ak Fanmi yo

PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SNAP SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM (SNAP) APLIKASYON/RESÈTIFIKASYON

Atelye MIT ap fè sou teknoloji pou metòd aprantisaj aktif ki chita sou resous pedagojik san baryè Le Plaza, Pòtoprens, Ayiti, janvye 2013

Moffitt Cancer Center

GID POU LEKÒL PIBLIK BOSTON POU FANMI AK ELÈV

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

ekouvri Lekòl Piblik Boston Fanmi Boston gen chans pou yo gen plis chwa pou edikasyon pitit yo pase prèske tout lòt kote nan Etazini

Lekòl Piblik Boston. Byenveni nan Lekòl Nou yo.

Gid pou Lè Gen Lanmò. Boston Medical Center Biwo Zafè Moun ki Mouri. Telefòn: Faks:

Chwazi yon Lekòl Segondè: Yon Mesaj pou Elèv ak Fanmi yo

ST. VINCENT S MEDICAL CENTER. POLITIK KONSÈNAN ASISTANS FINANSYÈ Koumanse 9 me 2017

Pati B Avi konsènan Mezi Pwoteksyon pou Paran ak Elèv Andikape yo

Evite kè sote moun genyen souvan nan afè bay tete

James H. DeGraffenreidt, Jr. Prezidan Konsèy Administrasyon Edikasyon l Eta. Nancy S. Grasmick Sipè-entandan L Eta pou Lekòl

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

Règleman/Pwosedi Tit: Règleman Èd Finansye - Dat anvigè: Janvye 2016 Charity Care Depatman: Sik revni # Règleman: 2209 Paj 1 sou 17

Nou la pou ou. Manyèl pou Manm. Aetna Better Health of New York. aetnabetterhealth.com/newyork NY

Sa Kap Swiv la se Manyèl de Baz Elèv ak Fanmi ki kouvri Règ Debaz ak Règleman Lekòl City on a Hill

Biwo Fonksyònman Lekòl Règ Komisyon Konsèy Lekòl 5500

Klas 6 yèm ane pou 12 yèm ane

Klas 6 yèm pou 12 yèm ane

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY LIV ENFÒMASYON POU PARAN AK ELÈV (TYPE ALL CAPS) INSERT SCHOOL NAME INSERT SCHOOL ADDRESS INSERT SCHOOL OFFICE NUMBER

Manyèl Fanmi ak Elèv

DEZYÈM LIV KESYON KI BAZE SOU YON SERI DOKIMAN (DBQ) 16 NOVANM Ekri non w ak non lekòl ou an lèt majiskil sou liy ki anwo yo.

AETNA BETTER HEALTH SM FIDA PLAN Rezime sou Benefis pou 2017

DWA AK RESPONSABILITE LOKATÈ

Florida Healthy Kids (Timoun Ansante nan Florid) Liv pou Manm yo Mwa me 2018 Sèvis Kliyantèl:

Maladi Malarya: Enfòmasyon ou dwe konnen

DRAFT ETA FLORID PLAN CONSOLIDATED JULY 1, JUNE 30, 2020

8 YÈM ANE NIVO ENTÈMEDYÈ

Pou Tout Elèv Nou yo:

Sa se yon dokiman legal enpòtan. Tanpri gade li nan kote ki an sekirite.

LIV REGLEMAN SOU KONDWIT ELÈV

Èd Apre Dezas. FEMA 545 / Jiyè Gid Aplikan pou Pwogram Endividyèl & Familyal

KONTRAKTE KI NAN FLORIDA K-AP TRAVAY NAN JADEN/ CHEF EKIP LIV POU ETIDYE POU EGZAMEN-AN

KONTRA ANT WALT DISNEY PARKS AND RESORTS U.S. SERVICE TRADES COUNCIL UNION (REGILYE PART TIME) EFEKTIF 30 Mas, 2014

West Boca Raton Community High School

Ce document ne peut être reproduite et / ou adopté en tout ou en partie à condition qu'il n'y a pas de changement important dans le contenu, les

Vin jwenn nou pou yon randevou entènasyonal sou. Pwpozisyon pou Pri tikèt MBTA

GID PARAN ak GADÒ Lekòl Piblik Somerville. 8 Bonair Street Somerville, MA

Manyèl Elèv ak Fanmi Vèsyon Rezime

PINGA OU VIRE PAJ SA A TOUTOTAN YO POKO DI W VIRE L.

AmericasBarometer: Ayiti, 2010 Vanderbilt University Dwa resève.

PWOGRAM ANSEYMAN ENDIVIDYALIZE (IEP) DEPATMAN ANSEYMAN LETA MARYLAND (MSDE) DIVIZYON ANSEYMAN ESPESYAL / SÈVIS ENTÈVANSYON BONÈ

AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Plan Avi Anyèl sou Chanjman ak Ti liv pou Patisipan pou 2017

Gid Chwa ak Enskripsyon. Chemen Enskripsyon An

POU ELÈV LEKÒL MWAYÈN AK LEKÒL SEGONDÈ YO NAN LEKÒL PIBLIK BOSTON

EVCS Nouvèl. ~ Byenvini~

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

Prentan Sistèm sa a san danje, an sekirite, legal ak vit.

4THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

YON LEGLIZ KI AN SANTE KATRIYÈM EDISYON. Mark E. Dever. 525 A Street NE Washington, DC Phone (202) , FAX (202)

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

CORNERSTONE, Level A: Haitian Creole Translations

Non Elèv la. Non Lekòl la

Gid Byenveni. Preparasyon pou tan w ap pase a

6323 Seventh Avenue Brooklyn, NY 11220

Emerante De Pradines: Good morning Mr. Watson. Emerante De Pradines: Bonjou Msye Watson.

MINUSTAH: Èske se yon fòs k ap mentni lapè, Oubyen k ap conspire kont li?

Egzèsis sou ADN Glikozilaz - nivo 1-2

TANPRI PATAJE DOKIMAN SA Disponib an Panyòl, Kreyòl, oubyen Gwo Postè sou Demann

C h a p i t 5 Prevansyon enfeksyon. Nan chapit sa a: Prevansyon enfeksyon sove la lav Prevni enfeksyon lè w evite jèm...52

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

Questionnaire number. MUNICIPIO. Komin: HAISEKSYON. Seksyon Kominal: HAISEC. Zòn [optionel] HAISEGMENTO. Segman Recensman [Kod Oficiel Recensman an]

VIL PEYI DAYITI YO:AKSYON POU JODI A AK YON KOUDÈY SOU DEMEN REZIME

ISTWA ETAZINI AK GOUVÈNMAN

Is Konektikèt GID POU SA KI FÈK VINI YO. Sa se yon gid sou tout vil, minisipalite, ak lòt sèvis kin nan zòn Is Konektikèt la

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN VIVAN. Vandredi 28 janvye :15 pou 12:15 p.m.

Katalòg Pwodwi Sante pou Ane 2015

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Jedi, 29 janvye :15 a.m. pou 12:15 p.m.

Konsey Pou Prepare w Pou Siklon

Kontni. Prepare ou: Kreye yon Plan pou Katastwòf Yon Plan pou Moun ki Enfim Definisyon Sitiyasyon Ijans Evakyasyon...

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 21 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 23 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

GID PREPARASYON KADIJANS LAFLORID

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 26 janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAM VIVAN

ISTWA AK JEWOGRAFI JENERAL

Repons sanitè apre tranblemanntè a nan peyi d Ayiti (janvye 2010)_ Leson ki tire sizoka yon gwo katastwòf demen

Kiltivasyon Kounya. Defi ak okazyon agrikòl pou rekonstriksyon Ayiti. 140 Oxfam Briefing Paper - Rezime Oktòb 2010

Transcription:

LEKÒL PIBLIK NAN KANTON POLK LA Jacqueline M. Byrd Sientandan Liv Referans Anplwaye yo & Enfòmasyon sou Benefis DEKLARASYON MISYON Misyon Lekòl Piblik nan Kanton Polk la se mete edikasyon kalite siperyè pou tout elèv. Enfòmasoyon yo bay nan Liv Referans Anplwaye ak Enfòmasyon sou Benefis la se pou konseye anplwaye Lekòl Piblik nan Depatman Polk la sou divès règleman, pwotokòl, benefis ak sèvis yo mete disponib pou yo. Manyèl sa a se pa yon kontra travay li ye ni yon garan sou dwa, sou benefis oswa sou sa moun gen tout dwa pou resevwa. Direksyon Jeneral apwouve li: 11 out 2015

TAB MATYÈ Seksyon 1-Ouvèti Paj 1 Byenveni 1 Direksyon Jeneral Lekòl nan Kanton Polk la 2 Plan Estratejik Distri Lekòl nan Polk la 4 Komisyon sou Prensip Edikasyon 7 Deklarasyon Kont Diskriminasyon 7 Nwazans Kont Anplwaye nan Espas Travay la 10 Lwa sou Transfè Benefis Asirans Sante ak Responsablite (HIPAA) 11 Espas Travay san Dwòg 12 Plis Referans nan Distri a Seksyon 2-Règleman & Pwotokòl Paj 13 Arestasyon 13 Prezans Lekòl & Ponktyalite 13 Filyè Sètifika 15 Chanjman Adrès 15 Konfli Enterè 15 Kourye 16 Règleman Inifòm 16 Kourye Elektwonik 16 Pwogram Asistans Anplwaye 17 Evalyasyon 18 Chòk/Maladi nan Egzèsis Fonksyon 18 Konje 19 Koleksyon Lajan 20 Pilote Machin Direksyon Jeneral la 20 Dosye Pèsonèl 21 Reyafektasyon Anplwaye 21 Resiklaj/Konsèvasyon Enèji 21 Demisyon 21 Pran Pansyon 23 Bank Jou Konje Maladi 24 Sispansyon/Revokasyon 24 Règleman sou Itilizasyon Akseptab Teknoloji 24 Itilizasyon Telefòn 24 Konje pou Sèvis Tanporè 25 Espas Travay San Tabak 25 Sibstans Toksik nan Espas Travay 25 Transfè 25 Konje ki Pa Peye/Benefis Anplwaye 26 Itilizasyon Pwopyete Direksyon Jeneral Lekòl la 26 Filyè pou Vakans/Pwomosyon 26 Volontè 27 Zam/Zam a Fe 27 Konpansasyon Travayè Seksyon 3-Sèvis Pewòl (ap kontinye) Pje 28 Travay Siplemantè 30 Holdback (Retni) 32 Mete Fen nan Travay-Peye Retni ak Konje ki pa Itilize yo 33 Premye Chèk Nouvo Anplwaye 34 Konje Maladi/Konje Vakans 35 Dediksyon nan Pewòl 36 Kontak pou Dediksyon Varye Seksyon 4-Depatman ki Okipe Zafè Risk Paj 37 Plan Benefis Anplwaye 37 Elijibilite pou Benefis Anplwaye 38 Benefis Asirans Lasante 38 Klinik Lasante 38 Asirans Dan 38 Asirans Zye 38 Seksyon 125 39 Asirans Vi 39 Asirans Vi pou Depandan Anplwaye 39 Asirans Tanporè pou Enfimite 39 Asirans Dirab pou Enfimite 40 Kont Depans Maleyab 40 Pouswit Benefis (COBRA) 40 Pwogram Asistans Anplwaye 41 Keksyon Seksyon 5-Règleman pou Anplwaye yo & Filyè pou Elèv yo Paj 42 Chache Kont 42 Rapòte Abi k ap Fèt sou Timoun 42 Kòd Konduit elèv yo 43 Prezans Obligatwa Elèv Lekòl la 43 Keksyon Esansyèl 43 Edikasyon Timoun Lakay yo 43 Sistèm a Plizyè Nivo pou Sipòte Elèv yo 44 Bay Medikaman Sikyatrik 44 Elèv k ap Menase Fè Lòt Moun Mal 45 Swisid Kay Jèn Adolesan yo 45 Moun Majè an Kriz 48 Rejis Endikasyon Abi ak Neglijans sou Timoun Seksyon 3-Sèvis Pewòl Paj 28 Enfòmasyon sou pewòl

LIV REFERANS ANPLWAYE YO & ENFÒMASYON SOU BENEFIS Seksyon 1 Ouvèti Byenveni Direksyon Jeneral Lekòl nan Kanton Polk la Plan Estratejik Kanton Polk la Komisyon Prensip sou Edikasyon Deklarasyon Prensip sou Diskriminasyon Nwizans Anplwaye yo nan Espas Travay la Pwojè Lwa sou Transfè Benefis Asirans Sante ak Responsablite (HIPAA) Espas Travay San Dwòg Plis Referans nan Distri a

Byenveni nan Lekòl Piblik nan Kanton Polk la Se plezi nou pou nou akeyi w nan sistèm lekòl piblik nan Kanton Polk la. Kòm ou ka deja konnen l, nou pami 40 pi gwo distri lekòl nan nasyon an e n ap sèvi yon popilasyon elèv k ap grandi byen vit. Nou kwè nou gen siksè chak jou nou gen chans pou ofri elèv nou yo tout opòtinite pou yo aprann epi fè eksperyans. Sa gen ladann tout yon seri bagay soti depi nan mete pwogram kòrèk e solid, pase nan mete espas aprantisaj pwòp e sen pou rive nan sèvis transpò ki pa bay reta e ki efikas. Nou bay chak manm nan ekip pèsonèl nou an valè yo pou wòl enpòtan yo jwe nan demach sa a e nou rekonèt jefò nan tèt kole se bagay ki enpòtan anpil pou nou rive gen sikè. Ou pral fè eksperyans nan obsève moun sa yo ki alantou w yo, atitid pèsonèl la e travay di ki ma nou motivasyon pou nou mache sou chemen meyè opòtinite edikatif pou elèv nou yo. Nou swete jefò w ap fè kòm manm pèsonèl sa a ap pote kontribisyon reyèl e efikas nan misyon an. Kòm anplwaye direksyon jeneral lekòl la, li enpòtan pou w konnen règleman, aktivite ak benefis ki pèmèt nou gen siksè yo, pifò ladan yo twouve yo nan liv referans sa a. Tanpri li ti liv sa a, e nou swete w ankò anpil siksè nan sistèm lekòl piblik nan Kanton Polk la. Direksyon Jeneral Lekòl nan Kanton Polk la Tout règleman, akò nan tèt kole, manm direksyon an ak enfòmasyon ki soti nan reyinyon direksyon an fè yo konsènan Distri Lekòl Depatman Polk la disponib pou moun konsilte nan sit entènèt www.polk-fl.net. REMAK: Liv Referans sa a se yon rezime règleman ak aktivite Distri lekòl la. Se pa yon kontra li ye, e li pa gen entansyon sa a non plis. Si gen konfli ant langaj ki itilize nan liv sa a e règleman ak kondisyon anplwa ki nan akò tèt ansanm yo, se langaj akò tèt ansanm yo k ap gen priyorite. 1

PLAN ESTRATEJIK DISTRI LEKÒL NAN KANTON POLK LA 2013-14 jiska 2016-17 Deklarasyon Misyon: Misyon Lekòl Piblik nan Kanton Polk la se mete edikasyon kalite siperyè pou tout elèv. Vizyon: Chak elèv nan Polk la pral jwenn preparasyon pou reyisi nan inivèsite oswa nan lekòl karyè apre l fin gradye lekòl segondè. Valè Esansyèl Direksyon Jeneral Lekòl nan Kanton Polk la Kolaborasyon, Travay an Ekip e Responsablite N ap travay an ekip nan chita tout desizyon nou yo sou enfòmasyon pratik e kòrèk pou nou aisre nou elèv yo gradye. Moral, Entegrite, Angajman e Dedikasyon N ap konpòte nou nan kondisyon moral ki pi wo yo, n ap aji ak onètete e entegrite, n ap dedye nou nan travay kòm modèl. Sèvis N ap bay modèl dirijan k ap sèvi e k ap enspire konfyans ak fidelite, k ap anbrase egalite, bati konfyans epi reponn ak bezwen lòt yo. Sekirite ak Lòd N ap mentni yon espas ki gen sekirite ak lòd kote tout moun ap fè travay yo toutan. Diyite ak Respè N ap rasire nou gen yon espas travay pozitif kote y ap trete tout moun ak diyite e respè. Aprantisaj, Amelyorasyon, Kalite Siperyè e Ekselans N ap nouri yon kilti kote moun ap toujou aprann e kote k ap gen devlopman pèsonèl pou tout moun, rekonèt e selebre ekselans, siksè, kreyativite e divèsite. Plan Estratejik Direksyon Jeneral Lekòl nan Kanton Polk la A Siksè Elèv yo Objektif: A.1 Pou prepare tout elèv yo pou yo reyalize oswa depase pèfòmans kòrèk nan nivo klas yo, sa k ap prepare yo pou inivèsite ak lekòl karyè (CCR). Alfabetizasyon (lekti e ekriti) Matematik Syans 2

B Asosyasyon Pati Enterese yo Objektif: B.1 Mentni kominikasyon san rete e efikas ak tout pati enterese yo anndan kòm deyò. B.2 Ogmante opòtinite pou patisipasyon paran/fanmi yo. B.3 Ankouraje e ranfòse asosyasyon nan nivo lekòl ak distri yo. C Espas sen e ki an sekirite Objektif: C.1 Konbine meyè pratik k ap ankouraje konpòtman pozitif, devlope respè pou lòt yo e mete espas ki gen sekirite nan tout distri lekòl la. referans nan biwo lekòl la. Pati pratik rezilta sonday paran yo, elèv ak pwofesè yo sou kondisyon espas lekòl la. Dokiman sou entèdiksyon chache kont tankou fèy pou siyen, pwomès e rekonesans. D Aprantisaj e kwasans Pèsonèl Lekòl la Objektif: D.1 Pou rekrite pèsonèl anseyan kalifye ki se imaj divèsite lekòl la, distri a ak kominote a. D.2 Pou kenbe pèsonèl anseyan kalifye e valab atravè sipò e aprantisaj pwofesyonèl kalite. D.3 Pou prepare pwofesè ak administratè ki gen anpil efikasite atravè aprantisaj pwofesyonèl kalite. E Sipò ak Materyèl Objektif: E.1 Pou asire espas anseyman ki pwòp, ki nan bon kondisyon e k ap fonksyone kòrèkteman. E.2 Pou mete sèvis transpò an sekirite, efikas e ki gen kalite pou tout elèv ki elijib yo. E.3 Pou mete yon espas sen e ki an sekirite pou elèv yo ak pèsonèl lekòl la. E.4 Itilize Teknoloji Enfòmasyon ki sipòte bezwen akademik ak zafè elèv yo, pwofesè yo ak pèsonèl lekòl la. E.5 Pou asire responsablite ak entegrite fiskal nan pi wo nivo. E.6 Pou bay pati enterese yo sipò finansye (lekòl ak depatman yo). 3

KOMISYON SOU PRENSIP EDIKASYON Kòd Moral Pwofesyon Edikasyon nan Florid e Prensip Konpòtman Pwofesyonèl Pwofesyon Edikasyon nan Florid 6A-10.080 Kòd Moral Pwofesyon Edikasyon nan Florid 1. Edikatè a valorize merit ak diyite chak moun, l ap chache verite, li dedye l pou ekselans, l ap pran konesans e l ap nouri l ak sitwayènte demokratik. Libète pou aprann e pou anseye e garanti opòtinite egal pou tout moun se bagay esansyèl k ap pèmèt moun atenn kondisyon sa yo. 2. Premye sousi pwofesyonèl edikatè a ap toujou pou elèv la e pou devlopman kapasite elèv la. Konsa, edikatè a ap fè jefò pou l grandi nan pwofesyon li e l ap chache egzèse jijman ak entegrite pwofesyonèl ki pi bon an. 3. Li okouran pou l mentni respè ak konfyans pou kòlèg li yo, elèv yo, paran yo ak lòt manm nan kominote a; edikatè a fè jefò pou l atenn e kenbe degre konpòtman moral ki pi wo a. Otorite k ap Elabore Prensip 1001.02, 1012.51, 1012.53 FS. Lwa an Aplikasyon 1012.32, 1012.34, 1012.51, 1012.53, 1012.795, 1012.796 FS. Istwa-Nouvo 3-24-65, Amende 8-9-69, Reetabli 12-5-74, Amende 8-12-81, 7-6- 82, Anvan se te 6B-1.01, 6B-1.001. 6A-10.081 Prensip Konpòtman Pwofesyonèl Edikasyon nan Florid 1. Règleman disciplin sa yo se Prensip Konpòtman Pwofesyonèl pou Pwofesyon Edikasyon nan Florid la. 2. Si yon edikatè vyole nenpòt nan règleman sa yo, y ap revoke oswa sispann sètifika li, oswa y ap pran lòt sanksyon kont li jan lalwa mande sa. 3. Obligasyon edikatè a fas a elèv yo mande pou li: a. Fè jefò rezonab pou l pwoteje elèv la kont sitiyasyon ki danjre pou l aprann, e/oswa sante mantal e/oswa sante fizik elèv la e/oswa sekirite li. b. Pa dwe itilize mwayen ki pa rezonab k ap anpeche elèv la aprann nan endepandans li. c. Pa dwe refize elèv jwenn aksè nan divès opinyon lòt moun san rezon valab. d. Pa dwe fè ekspre pou siprime oswa falsifye matyè ki fè pati pwogram elèv la. e. Pa dwe fè ekspre pou mete yon elèv nan ti soulye li oswa fè l wont san nesesite. f. Pa dwe fè ekspre pou vyole dwa legal elèv la oswa refize l dwa sa a. g. Pa dwe ap plede nwi oswa fè diskriminasyon kont elèv sou baz ras, koulè, relijyon, sèks, laj, orijin nasyonal ou etnik, kwayans politik, eta sivil, kondisyon enfimite, panchan seksyèl oswa nivo sosyal e familyal, e li dwe fè jefò rezonab pou rasire l chak elèv jwenn pwoteksyon kont nwizans ak diskriminasyon. h. Pa dwe angaje l nan relasyon ak elèv pou tire pwofi oswa avantaj pèsonèl li. 4

i. Dwe kenbe sekrè enfòmasyon moun ka idantifye li pran nan kad sèvis pwofesyonèl, sof si divilge enfòmasyon sa yo ap sèvi koz pwofesyonèl oubyen si lalwa mande sa. 4. Obligasyon edikatè a fas a piblik la mande pou li: a. Pran prekosyon rezonab pou l fè diferans ant opinyon pèsonèl e sa ki soti nan enstitisyon oswa òganizasyon edikasyon li afilye a. b. Pa dwe fè ekspre pou l falsifye oswa mal reprezante reyalite ki konsènen yon zafè edikasyon nan kominikasyon piblik dirèk ou endirèk. c. Pa dwe itilize privilèj enstitisyon an pou tire pwofi oswa avantaj pèsonèl li. d. Pa dwe asepte anyen gratis, kado oswa favè ki kapab enfliyanse jijman pwofesyonèl li. e. Pa dwe ofri anyen gratis, kado oswa favè pou l kapab tire avantaj espesyal. 5. Obligasyon l fas a pwofesyon edikasyon an mande pou li: a. Dwe gade onètete nan tout aktivite pwofesyonèl li. b. Pa dwe, sou baz ras, koulè, relijyon, sèks, laj, orijin nasyonal ou etnik, kwayans politik, eta sivil, kondisyon enfimite oswa nivo sosyal e familyal, refize yon kòlèg benefis oswa avantaj pwofesyonèl, ni refize l patisipe nan kèlkeswa òganizasyon pwofesyonèl la, si l kalifye pou sa. c. Pa dwe anpeche yon kòlèg egzèse dwa ak responsablite sivil oswa politik li. d. Pa dwe angaje l nan konpòtman nwizib ni nan fè diskriminasyon san rezon nan anpeche yon moun bay pèfòmans nan responsablite li oswa nan travay pwofesyonèl li, oswa konduit k ap twouble lòd aktivite edikasyon an, oubyen ki kreye yon espas menasan, ki bay laperèz, abizif, agresif oubyen represif; epi, anplis, li dwe fè jefò rezonab pou l rasire l tout moun jwenn pwoteksyon kont nwizans oswa diskriminasyon. e. Pa dwe fè deklarasyon malveyan ni fè ekspre pou fè fo deklarasyon sou yon kòlèg. f. Pa dwe itilize menas ni pwomèt tretman espesyal pou enfliyanse jijman pwofesyonèl kòlèg li yo. g. Pa dwe bay fo deklarasyon sou kalifikasyon pwofesyonèl moun. h. Pa dwe soumèt enfòmasyon falsifye konsènan okenn dokiman aktivite pwofesyonèl. i. Pa dwe bay fo deklarasyon ni kache laverite sou tèt li oswa nan aplikasyon yon lòt moun pou yon pozisyon pwofesyonèl. j. Pa dwe kache enfòmasyon pou yon kandida ki aplike pou yon travay, ni li pa dwe fè fo deklarasyon konsènan yon okipasyon oswa kondisyon yo mande pou yon moun jwenn travay. k. Dwe bay, lè yo mande dokiman ofisyèl aplikan an, yon deklarasyon ekri konsènan rezon presi ki fè li rekòmande pou yo refize bay ogmantasyon, chanjman l fè nan travay la oswa revokasyon l fè nan travay la. 5

l. Pa dwe ede okenn moun yo konnen ki pa kalifye antre oswa kontinye nan pwofesyon an, selon Prensip Konpòtman Pwofesyonèl Pwofesyon Edikasyon nan Florid ak lòt Lwa e Règleman Direksyon Edikasyon ki an vigè nan Eta Florid la. m. Dwe al rann tèt li nan karant uit è (48 è) bay otorite yo (jan distri a mande sa) si yo arete l/akize l pou abi l fè sou yon timoun oswa si l vann e/oswa posede pwodi entèdi. Avètisman sa a pa vle di li koupab, ni sa pa vle di y ap admèt li nan okenn aksyon legal, sivil ou kriminèl, administratif oswa jidisyè, nan envestigasyon oswa nan desizyon legal. Anplis li dwe al rann tèt li nan karant uit è (48 è) apre jijman final la, si yo jwenn li koupab, si gen aksyon legal ki pandye sou tèt li, akò pou yon pwogram devyasyon anvan jijman, oswa si l antre nan yon antant plede koupab oubyen si l Admèt li Koupab pou yon ofans kriminèl ki pa yon vyolasyon trafik sikilasyon ki pa grav. Lè distri lekòl la responsab dosye ki sele oswa dosye efase k ap divilge anba banyè règleman sa a, yo dwe respekte prensip sekrè Seksyon 943.0585(4)(c) ak 943.059(4)(c) Lwa nan Florid fikse yo. n. Dwe fè rapò bay otorite konsène yo sou nenpòt akizasyon vyolasyon Kòd Konduit Lekòl Florid yo oswa vyolasyon Règleman Direksyon Jeneral Edikasyon Eta Florid la, jan sa di nan Seksyon 1012.795(1) Lwa nan Florid la. o. Pa dwe chache revanj kont okenn moun ki rapòte akizasyon vyolasyon Kòd Konduit Lekòl Florid yo oswa vyolasyon Règleman Direksyon Jeneral Edikasyon Eta Florid la, jan sa di nan Seksyon 1012.795(1) Lwa nan Florid. p. Dwe obeyi ak kondisyon lòd Komisyon Pratik Edikasyon an pase. q. Li dwe, kòm administratè k ap sipèvize, kolabore ak Komisyon Pratik Edikasyon an nan kontwole tan yo bay pou verifye konduit yon anplwayè ki sou zòd li. Otorite k ap Elabore Prensip 1001.02, 1012.51, 1012.53 FS. Lwa an Aplikasyon 1012.32, 1012.34, 1012.51, 1012.53, 1012.795, 1012.796 FS. Istwa-Nouvo 7-6-82, Amende 12-20-83, Anvan se te 6B-1.06, Amende 8-10-92, 12-29-98, Anvan se te 6B-1.006. 6

DEKLARASYON KONT DISKRIMINASYON Okenn anplwaye, elèv, kandida pou admisyon oswa kandida pou travay, pa dwe jwenn refi oswa sibi diskriminasyon pou yo patisipe nan benefis pwogram, aktivite, sèvis edikasyon, ni nan kondisyon, règleman ak pratik travay k ap dewoule anba banyè Sistèm Lekòl Piblik nan Kanton Polk la sou baz ras, koulè, orijin nasyonal, sèks, lang moun nan pale, si l sanzabri, enfim, sou baz enfòmasyon jenetik, eta sivil, laj, relijyon, ni sou okenn lòt baz lalwa entèdi. Pou w wè tout tèks règleman sa a, tanpri vizite sit entènèt Direksyon Jeneral Lekòl nan Kanton Polk la www.polk-fl.net, mo kle: Board Policy NWIZANS KONT ANPLWAYE NAN ESPAS TRAVAY YO Direksyon Jenral Lekòl nan Kanton Polk la entèdi diskriminasyon kont kèlkeswa anplwaye a, kandida pou travay la oswa kont elèv sou baz sèks oswa ras yo. Direksyon an pap tolere aktivite pèsekisyon seksyèl/rasyal kèlkeswa anplwaye li ta komèt. Règleman an aplike tou pou volontè yo ki pa anplwaye k ap travay anba lobedyans otorite lekòl yo. Pèsekisyon seksyèl se lè yon moun ap fè avans seksyèl lòt moun nan pa tolere, se mande lòt moun favè seksyèl ak prezante lòt konduit deplase vèbal ou ki pa vèbal, sou fòm imaj seksyèl, bagay ekri oswa fizik ki gen rapò ak sèks: yo mande moun nan pou l soumèt ak konpòtman seksyèl deregle sa a, ki fèt aklè oswa sou fòm degize, kòm kondisyon pou moun nan travay oswa pou l jwenn edikasyon. yo itilize soumisyon oswa rejè konpòtman seksyèl deregle sa a kòm kondisyon pou moun nan jwenn travay oswa pou yo pran desizyon akademik konsènen moun nan; oswa konduit deregle sa a anpeche anplwaye a bay pèfòmans nan travay li, oswa li anpeche elèv la bay pèfòmans nan aktivite lekòl li, oubyen li kreye yon espas entimidasyon, menasan oswa ofansif nan lekòl la oswa nan travay la. Pèsekisyon seksyèl, jan yo di sa pi wo a, kapab gen ladann men se pa sa sèlman, bagay sa yo: pèsekisyon oswa abi vèbal, ki pa vèbal, sou fòm imaj e sou fòm ekri; presyon pou angaje nan aktivite seksyèl; remak repete ki gen konsekans oswa mepri seksyèl moun fè bay lòt moun; touche yon moun san li pa vle sa oswa touche moun nan fason deregle; sijere oswa mande yon moun aktivite seksyèl ki mache ak menas kache oswa menas aklè konsènan anplwa moun nan. Pèsekisyon rasyal se konpòtman vèbal, ki pa vèbal, sou fòm imaj e sou fòm ekri oswa fizik k ap denigre oswa k ap fè agresyon oswa k ap montre repiyans yon moun kont kèlkeswa anplwaye a dapre ras li, lè yon konpòtman parèy gen pou objektif pou l kreye yon espas travay entimidasyon, agresif oswa ofansif; oswa lè yon konduit parèy gen pou objektif oswa konsekans pou anpeche moun nan bay pèfòmans nan travay li oswa jwenn opòtinite anplwa. Pèsekisyon rasyal, jan yo di sa pi wo a gen ladann men se pa sa sèlman, konpòtman ki gen pou wè ak ras: kalifikatif (bay non) ak ensilt; materyèl grafik oswa materyèl ekri ki montre agresyon oswa repiyans kont yon lòt moun oswa kont yon gwoup moun; vye modèl negatif; zak menas, entimidasyon oswa agresyon. 7

Pèsekisyon kont enfimite se konduit oral, ekri, grafik oswa fizik oubyen nenpòt zak ki gen pou wè ak enfimite yon moun ki ase grav, k ap gaye oswa k ap pèsiste jiska anpeche oswa bloke kapasite moun nan pou l patisipe oswa benefisye nan pwogram oswa aktivite distri a ap òganize; pèsekisyon an gen konsekans pou l bloke san rezon pèfòmans anplwaye a oswa kreye yon espas travay oubyen yon espas lekòl k ap entimide moun, k ap agrese moun oswa k ap ofanse moun. Egzanp pèsekisyon kont enfimite gen ladann, men se pa sa sèlman, konduit moun k ap pale sou imaj enfimite yon moun tankou: imite fason moun nan pale; anpeche moun nan jwenn ekipman adaptasyon li bezwen; vye modèl negatif; zak menas, entimidasyon oswa agresyon; materyèl grafik oswa materyèl ekri ki montre agresyon oswa repiyans kont yon lòt moun oswa kont yon gwoup moun ki gen atitid enfim. ENTÈDIKSYON PATIKILYE Se pèsekisyon seksyèl lè yon anplwaye direksyon jeneral lekòl la oswa yon volontè ki pa anplwaye ap itilize otorite li pou l mande moun ki anba lobedyans li oswa pou l mande elèv favè oswa atansyon seksyèl, ki genyen men se pa sa sèlman, ensidan lè moun ki sou lobedyans li an oswa elèv la refize demann li an, e sa lakòz yo resevwa tretman ki pa favorab nan men moun sa a; oswa lè yo asepte òf li a, yo resevwa preferans nan men li. Se pèsekisyon rasyal sa rele lè yon anplwaye direksyon jeneral lekòl la oswa yon volontè ki pa anplwaye ap kreye oswa reponsab espas la gen tansyon rasyal, sa vle di gen brimad ki ase grav, k ap gaye oswa k ap pèsiste jiska anpeche oswa bloke kapasite anplwaye a oswa elèv la pou patisipe oswa benefisye nan sèvis, aktivite oswa privilèj Distri a ap ofri. Se pèsekisyon kont moun enfim sa rele lè yon anplwaye direksyon jeneral lekòl la oswa yon volontè ki pa anplwaye oswa yon elèv ap chache foure yon elèv oswa yon anplwaye ki gen enfimite nan aktivite ki pa sosyal, ki danjre e nan aktivite kriminèl kote elèv la oswa anplwaye a, akoz enfimite li a, li pa kapab rive konprann konpòtman an ni li pa kapab bay konsantman li. DEMACH Nenpòt moun ki akize yon manm pèsonèl lekòl la konsènan pèsekisyon seksyèl/pèsekisyon rasyal kapab itilize demach Pote Plent/Plent Egalite nan Edikasyon an oswa li kapab pote plent dirèkteman bay sipèvizè li oswa bay Biwo Egalite & Respè Prensip la. Si se administratè a oswa sipèvizè dirèk li a ki komèt zak la, rapò a dwe al jwenn moun ki sou tèt moun sa yo nan administrasyon oswa sipèvizyon an, oubyen Biwo Egalite & Respè Prensip la. Pote yon plent oswa fè rapò pèsekisyon seksyèl/pèsekisyon rasyal pap afekte kondisyon moun ki fè rapò a, travay l ap gen pou l jwenn pi devan, pwomosyon l ap gen pou l pran pi devan, aktivite andeyò orè lekòl la oswa aktivite travay li gen pou l fè. Yo pap tolere moun fè revanj kont yon moun ki fè rapò kont pèsekisyon ak tout bòn fwa li, e y ap pran sanksyon kòm sa dwa kont moun ki fè revanj lan. Dwa pou gade sekrè pou moun ki pote plent lan ak pou akize a, ap respekte, selon responsablite legal direksyon jeneral la, e selon nesesite pou envestige akizasyon konpòtman deregle a e pou pran sanksyon lè sa rive. Nan chache konnen si konpòtman yo repwoche akize a se pèsekisyon seksyèl/pèsekisyon rasyal li ye, y ap envestige tout sikonstans yo, kalite konpòtman an e nan ki kondisyon konpòtman an te rive. Sientandan an oswa moun li deziyen an gen responsablite pou envestige e rezoud plent konsènan pèsekisyon seksyèl/pèsekisyon rasyal. 8

Si gen yon akizasyon ki pwouve kont yon anplwaye Direksyon Jeneal la, anplwaye sa a ap resevwa sanksyon, ki gen ladann men se pa sa sèlman, avètisman, reprimand, sispansyon oswa li ka jwenn revokasyon li, selon sa règleman yo mande. Yo mande nenpòt anplwaye, kandida ki aplike pou travay, elèv oswa kandida ki aplike pou admisyon, ki kwè yo fè diskriminasyon oswa nwizans kont li, pou l itilize demach pote plent Distri a mete an plas yo oswa li kapab kontakte dirèkteman sipèvizè li oswa direktè travay la oubyen Biwo Egalite & Respè Prensip la nan: Carol Wynn-Green, Analyst Equity & Compliance Human Resource Services 1915 South Floral Avenue Bartow, FL 33830 Telefòn: 863-534-0513 FAX: 863-534-0737 Email:carol.wynngreen@polk-fl.net (Remak: Tèm pèsekisyon rasyal la nan règleman sa a se tout fòm diskriminasyon yo entèdi nan Tit VI-race, koulè ak peyi moun fèt.) Gade nan Règleman 1362, 3362, 4362, 1362.02, 3362.02, 4362.012 Direksyon Jeneral la 9

LWA 1996 SOU TRANSFÈ BENEFIS ASIRANS SANTE AK RESPONSABLITE (HIPAA) HIPAA Lwa federal Lwa 1996 sou Transfè Benefis Asirans Lasante ak Responsablite (HIPAA) Objektif Refòm Asirans Lasante Mete Transfè Benefis pou Anplwaye ak fanmi yo lè yo chanje oswa pèdi travay yo Mete Sekirite pou Vi Prive Moun ak Enfòmasyon sou Lasante yo Mete Sanksyon Kriminèl ak Sanksyon Sivil pou Vyolasyon yo KONFÒMITE Nan limit lalwa mande, Direksyon Jeneral Lekòl nan Kanton Polk la nan Florid ap obeyi ak sa HIPAA egzije yo LAVI PRIVE ENFÒMASYON SOU LASANTE KI PWOTEJE (PHI) PHI se enfòmasyon sou lasante ki sekrè ki gen ladan yo done moun ka idantifye sou elèv oswa anplwaye sou nenpòt fòm: enfòmasyon elektwonik, enfòmasyon nan papye oswa enfòmasyon oral. Enfòmasyon Lasante moun ka Idantifye sou chak Moun (IIHI) se enfòmasyon konsènan sante fizik oswa sante mantal yon moun ki idantifye oswa ki ka idantifye moun nan fason rezonab, sa vle di non li, nimewo sekirite sosyal li, dat li fèt, eksetera. Yo pa gen dwa pataje PHI ni pale sou li avèk moun ki pa gen otorite kòrèk pou resevwa enfòmasyon sekrè nan travay la oswa andeyò travay la. Dosye ak enfòmasyon anplwaye ki gen PHI ladan yo se bagay sekrè yo ye. Dosye ak enfòmasyon elèv ki gen PHI ladan yo se bagay sekrè yo ye. Dosye ak enfòmasyon elèv yo se bagay sekrè yo ye e yo jwenn pwoteksyon anba banyè Lwa federal sou Dwa Edikasyon Fanmi ak Dwa sou Lavi Prive (FERPA). Si w gen dout, pa pale ak lòt moun sou okenn PHI ni distribye yo ni bay enfòmasyon sou okenn dosye sekrè elèv. Mande sipèvizè w anvan w pran kèlkeswa desizyon pou w pale oswa divilge enfòmasyon ki sansib. DWA ANPLWAYE YO Avi sou pratik lavi prive Dwa restriksyon itilize e divilge PHI Dwa aksè / Dwa pou Enspekte e Kopye PHI ou Dwa pou amande PHI Dwa pou fè plent bay Direksyon Jeneral Lekòl nan Kanton Polk la nan Florid e/oswa bay Sekretè Depatman Lasante ak Sèvis Imèn nan DIVILGE ENFÒMASYON & VYOLASYON Sanksyon pou moun ki divilge enfòmasyon kapab gen amand $50,000 - $250,000 ak prizon jiska 10 lane. Sanksyon pou dezobeyisans kapab gen amand $1,000 pou chak ka: amand ki pi wo a rive nan $25,000 chak ane. Vyolasyon yo kapab lakòz sanksyon, jiska revokasyon e yo gen ladan yo revokasyon nan travay la. Anplis, yo ka pouswiv moun ki fè vyolasyon yo anba banyè lwa nan eta a/lwa federal. 10

ESPAS TRAVAY SAN DWÒG Nan obeyisans Lwa 1988 konsènan Espas Travay san Dwòg la, Direksyon Jeneral Lekòl nan Kanton Polk la pibliye yon deklarasyon anyèl ki avèti anplwaye li yo pou l di yo direksyon an entèdi yo posede, itilize oswa distribye dwòg ak alkòl ki se aktivite ilegal. Sa gen ladann kèlkeswa aktivite lekòl la k ap dewoule andeyò teren lekòl la oswa nan etablisman lekòl la. Pou fasilite aplikasyon Règleman an, apre Direksyon Jeneral Lekòl nan Kanton Polk ofri yo travay, l ap egzije tout aplikan yo pou yo pase yon tès dwòg. Anplwaye ki deja la yo ap sibi tès dwòg e/oswa alkòl la pou nenpòt nan rezon sa yo: 1) si gen rezon oswa kòz rezonab ki fè yo sispèk moun nan; 2) apre aksidan/chòk- tout anplwaye nan tout fason ki fè aksidan, ke te gen moun ki pran chòk ou non, ap pran tès la; 3) y ap fè tès pa aza konsa pou anplwaye yo anba banyè Pwogram Espas Travay San Dwòg Depatman Federal Transpò a; 4) swivi apre yon anplwaye retounen vin travay apre l soti nan pwogram tretman oswa konsèy sou zafè dwòg/alkòl; epi 5) kòm egzamen woutin pou wè si anplwaye a gen kapasite pou l sèvi, si Direksyon Jeneral Lekòl nan Kanton Polk la mande sa. Si yon anplwaye refize pran tès la, anba nenpòt nan rezon otorize yo, anplwaye sa a ap resevwa menm sanksyon moun ki teste pozitif yo resevwa, tankou revokasyon motive, refize anplwaye li, refize ba li Benefis Travayè li, refize peye benefis medikal li. Nenpòt anplwaye ki vyole règleman an ap jwenn sispansyon li imedyatman nan men Sientandan Lekòl yo, e Sientandan an ap fè rapò kèlkeswa vyolasyon an bay Direksyon Jeneral Lekòl la pou swit nesesè, ki kapab kondi nan revokasyon anplwaye a. Si kèlkeswa anplwaye Direksyon Jeneral la pa fè rapò yon vyolasyon aklè règleman sa a, y ap konsidere sa kòm yon zak dezobeyisans ak neglijans devwa anplwaye sa a ki aji konsa ak tout entansyon li. Anplwaye yo bezwen okouran obligasyon yo genyen pou yo obeyi Règleman Direksyon Jeneral Lekòl la, e y ap tradi moun ki vyole prensip sa yo devan lajistis. Kontakte Biwo Relasyon Anplwaye yo nan 863) 534-0786 pou enfòmasyon sou Pwogram Asistans Anplwaye ki disponib yo. Gade Règleman 3124 Direksyon Jeneral la 11

PLIS REFERANS NAN DISTRI A Akote Manyèl Anplwaye sa a, gen kat (4) sous referans ekselan ki se: Règleman Direksyon Jeneral Lekòl la Piblikasyon Pòs Vid/Sit Entènèt Manyèl pou Lekòl/Depatman yo Akò Negosyasyon Komen yo Règleman Direksyon Jeneral la Ou kapab antre nan enfòmasyon sou distri nou an ak sou règleman direksyon jeneral la nan sit entènèt nou an ki se: www.polk-fl.net Fè klik: Board Policy. Manyèl Lekòl/Depatman yo Anpil depatman nan distri a kreye yon manyèl ekselan e ki bay anpil enfòmasyon konsènan sèvis e aktivite y ap aplike nan depatman yo. Lekòl yo kreye manyèl/polikopye presi pou etablisman lekòl yo ak pou popilasyon moun ki nan lekòl la. Polikopye sa yo se sous enpòtan kote moun ap jwenn règleman ak plan aksyon presi yo, materyèl enstriksyon ki disponib yo e sa ki nan vwazinaj etablisman lekòl yo. Li enpòtan pou w konnen tout règleman ak plan aksyon nan polikopye lekòl yo/depatman yo dwe mache ak kondisyon legal aplikab yo, ak règleman direksyon jeneral lekòl la e ak akò negosyasyon komen yo. Akò Inite Negosyasyon Komen Pou enfòmasyon presi pou pwòp pozisyon pa w la, refere w nan Akò Inite Negosyasyon Komen pa w la. Gen yon kopi chak Akò ki disponib pou lekti nan chak lekòl oswa depatman oswa nan sit entènèt www.polk-fl.net. Akò yo byen detaye konsènan plan aksyon ak dispozisyon aplikab pou pozisyon w nan Distri a. Gen twa (3) Akò nan Sistèm Lekòl Piblik nan Kanton Polk la: PEA Asosyasyon Edikasyon nan Polk la Li reprezante pwofesè, asistan pwofesè ak pèsonèl sipò nan edikasyon yo (travayè biwo yo). AFSCME Local 2227 Li reprezante moun k ap fè lapwòpte, sèvis veyikil depo yo, depo yo, EERS ak sèvis manje. AFSCME Council 79 - Li reprezante chofè bis yo ak travayè bis yo. 12

LIV REFERANS ANPLWAYE YO & ENFÒMASYON SOU BENEFIS Seksyon 2 Règleman ak Pwotokòl Arestasyon Prezans/Ponktyalite Filyè pou Sètifika Chanjman Adrès Konfli enterè Sèvis Kourye Règleman Inifòm Adrès Elektwonik Pwogram Asistans Anplwaye Evalyasyon Chòk/Maladi nan Egzèsis Travay Konje Koleksyon Lajan Opere/Machin Direksyon Jeneral la Dosye Pèsonèl Reafektasyon Resuklaj/Konsève Enèji Itilizasyon Telefòn Konje Tanporè pou Sèvis Espas Travay san Tabak Sibstans Toksik nan Travay la Transfè Konje ki Pa Peye/Benefis Anplwaye yo Itilizasyon Pwopyete Direksyon Jeneral la Vakans/Filyè pou Pwomosyon Volontè Zam/Zam a Fe Konpansasyon Travayè Demisyon Pran Pansyon Bank Konje Maladi Sispansyon/Revokasyon Règleman Itilizasyon Akseptab Teknoloji

ARESTASYON Nenpòt anplwaye yo arete oswa yo akize ki fè yon krim, tankou si li te bwè e l ap kondi sou anba alkòl oswa pwodi ki entèdi, li dwe avèti direktè depatman li an konsènan akizasyon sa yo. Pèsonèl anseyan dwe al rann tèt yo bay otorite konsène yo (distri a deside) nan 48 è pou nenpòt arestasyon/akizasyon konsènan abi yo fè sou timoun, oswa paske yo vann e/oswa yo posede pwodi ki entèdi. Si anplwaye sa a pa al rann tèt li, y ap pran sanksyon kont li. Direktè lekòl yo ap fè rapò enfòmasyon arestasyon anplwaye yo imedyatman bay Direktè Lekòl San Danje a, Sèvis Sipò, ak Direktè Alatèt Sèvis Resous Imèn nan. Gade Règleman 1139 ak 3139 Direksyon Jeneral la PREZANS E DILIJANS Paske n ap sèvi piblik la, li pi enpòtan pou w fè travay ou alè e pou w prezan nan klas la chak jou. Piblik la ap tann e li gen dwa mande sèvis rapid e efikas. Si w oblije absan, se responsablite w pou w fè direktè ou oswa sipèvizè ou konnen sa imedyatman. Sa pèmèt li bay yon lòt moun fè travay ou t ap gen pou w fè a, nan lide pou l gade yon sèvis kalite siperyè. Si w ap plede absan, sa kapab rezon pou yo pran sankyon kont ou oswa revoke w. Nou pa kapab travay avèk efikasite si yon anplwaye pa prezan nan pòs li. Anplis, tanpri swiv règleman depatman w lan, seksyon w lan, eksetera. Gade Règleman 5200 Direksyon Jeneral la FILYÈ SÈTIFIKA Biwo Sètifika eta a trete aplikasyon yo pou delivre sètifika inisyal, kèk adisyon ak lòt sèvis pou moun ki pa anplwaye. Biwo Sètifika Distri a trete demann pou renouvle sètifika yo, Kèk adisyon, chanjman non ak sètifika diplikata pou anplwaye distri yo. Yo mete fòm ki fèt pou divès sèvis nan distri a sou Intranet nan Klasè Piblik yo sou non Sèvis Resous Imèn, klike sou Forms. Biwo Sètifika eta a apwouve tout kou moun pran pou yo gen sètifika. Pwofesè yo dwe rele nan nimewo gratis 1-800-445-6739 avèk enfòmasyon sa a: non enstitisyon an; prefiks kou a; nimewo ak tit kou a; epi kondisyon sètifika y ap chache ranpli lè yo konplete kou a. Telefòn sa a okipe anpil nan peryòd enskripsyon yo, konsa rasire w ou planifye davans. Ou kapab voye yon kourye elektwonik tou bay Depatman Edikasyon nan Florid la (FLDOE) nan edcert@fldoe.org. Tanpri mete non ou ak nimewo sekirite sosyal ou nan email ou a. Ou kapab antre nan sit entènèt FLDOE a ki se http://www.fldoe.org/edcert/, pou sèvis sa yo: Kondisyon Sètifika yo, a ki Pwen Aplikasyon w lan ye e Materyèl Obligatwa yo. Si w fè klik sou «Application Status Lookup» (a ki Pwen Aplikasyon w lan ye), gen yon paj k ap mennen w nan Login I.D (Enskri enfòmasyon w) ak Password (Modpas). Lè w rive nan sit sa a, w ap gen aksè nan enfòmasyon sa yo konsènan dosye sètifika w la: eta/pwogrè aplikasyon w lan ak Deklarasyon Kondisyon Elijibilite w la; yon dosye nenpòt sètifika edikatè nan Florid ki valab ou genyen; ak relve nòt ofisyèl ou, rezilta nòt ou fè ak enfòmasyon ou resevwa nan men distri a nan ane ki sot pase a. 13

Pwofesè ki gen sètifika tanporè pou twa (3) zan ki pa renouvlab yo dwe swiv sa Deklarasyon Kondisyon Elijibilite yo a mande yo. Dokiman sa a gen yon lis tout sa ou manke pou w satisfè sa yo egzije pou yo kapab ba ou yon Sètifika Pwofesyonèl. Lwa nan eta a mande pou w soumèt yon nòt pasaj nan tout seksyon egzamen Konesans Jeneral la diran premye douz (12) mwa ou jwenn travay anseye a. Men, Distri nou an mande pou w konplete li nan dat premye avril nan lane lekòl yo anplwaye w la. Nòt pasaj ou fè nan egzamen CLAST anvan dat 1/7/02 yo akseptab si w te resevwa Deklarasyon Kondisyon Elijibilite a anvan dat 1/7/14. Si w te resevwa Deklarasyon Kondisyon Elijibilite a apre 1/7/14, yo pap aksepte CLAST ankò. Si Deklarasyon Kondisyon Elijibilite a montre ou genyen egzijans egzamen presi pou w pran, ou dwe enskri pou egzamen sa yo nan www.fl.nesinc.com. Pou plis enfòmasyon konsènan egzijans yo mete nan Deklarasyon Kondisyon Elijibilite w la, ou ka vizite sit entènèt FLDOE a: http://www.fldoe.org/edcert/cert_types.asp. Pou nouvèl nominasyon, tout sa Deklarasyon Kondisyon Elijibilite w la di ou manke yo, sof Konesans Jeneral la, dwe konplete e anrejistre nan biwo Sètifika distri a pa pi ta nan dat 1e avril lane sètifika tanporè a ap ekspire a. Kòm koutwazi pou pwofesè nou yo, Biwo Sètifika Distri a voye avi rapèl bay pwofesè ki gen sètifika tanporè yo diran tout peryòd sètifika yo a valab la. Pwofesè ki genyen sètifika ki valab pou senk (5) lane yo dwe renouvle sètifika yo chak senk lane. Diran peryòd sètifika sa a valab la, yo mande w pou w pran oubyen 120 pwen nan travay ou ki gen 20 pwen ou reyalize nan anseye Elèv ki gen Enfimite (SWD) oswa sis (6) kredi kolèj nan yon semès ki gen ladann yon kredi ou pran nan anseye Elèv ki gen Enfimite (SWD). W ap jwenn enfòmasyon sou egzijans pou w renouvle sètifika w nan sit entènèt FLDOE: http://www.fldoe.org/edcert/renew.asp. Pi bonè Biwo Sètifika Distri a ap aksepte aplikasyon w pou renouvle sètifika w se 1e janvye lane anvan sètifika pwofesyonèl ou a ekspire a. Kòm koutwazi pou pwofesè nou yo, Biwo Sètifika Distri a avèti pwofesè ki gen sètifika pwofesyonèl k ap ekspire yo e li ba yo aplikasyon pou yo ranpli pou renouvle sètifika yo. Yo voye avètisman sètifika pwofesyonèl k ap ekspire yo nan janvye lane anvan sètifika pwofesyonèl ou a ekspire a. Si w ap anseye nan yon domèn ki pa domèn ou, ou dwe bay prèv ou gen sis (6) kredi nan yon semès nan matyè otorize a, oswa prèv kou ou pran nan matyè a ki egal a kantite kredi yo mande yo, oubyen yon nòt pasaj nan egzamen matyè w ap anseye a ak aplikasyon ki ajoute sou li, prèv sa yo dwe soumèt bay Biwo Sètifika Distri a oswa Depatman Edikasyon nan Florid (sa depann ki kalite sètifika ou genyen) nan dat anivèsè ou chak ane. Lè w gen yon degre ki pi wo nan yon enstitisyon ki rekonèt, ou dwe soumèt yon relve nòt ofisyèl wo degre sa a bay Biwo Sètifika Distri a nan Depatman Sèvis Resous Imèn nan. Si degre w la kadre avèk matyè ou gen sètifika ladann nan, yo ka fè chajman nan sa w ap touche a sito yo resevwa relve nòt ofisyèl ou yo e yo fin trete yo, selon Akò Antant Kolektif/Akò Negosyasyon Komen Depatman Sèvis Resous Imèn nan. PCSB aksepte tout diplòm ak degree ki soti nan men enstitisyon ki rekonèt oswa enstitisyon Depatman Edikasyon nan Florid apwouve, ki gen ladan yo tou enstitisyon etranje. Sa vle di, DOE nan Florid mande PCSB pou l rejte kèlkeswa diplòm fwòd oswa diplòm ki bay dout oswa degre moun resevwa nan enstitisyon ki pa gen repitasyon. 14

Lè yon moun bay yon diplòm oswa yon degre ki pa valab, sa ap lakòz yo revoke li paske li vyole Prensip Konduit Pwofesyonèl yo. CHANJMAN ADRÈS Anplwaye ki deja la yo ki bezwen rapòte chanjman adrès yo kapab fè sa lè yo ale nan sit entènèt Direksyon Jeneral Lekòl nan Kanton Polk la ki se polk-fl.net. Enskri nan Pòtay pèsonèl lekòl la e swiv eksplikasyon pou chanjman adrès la. Moun ki pa anplwaye direksyon jeneral la dwe fè demann chanjman adrès yo pa ekri. Demann yo kapab ale jwenn: Sèvis Resous Imèn Direksyon Jeneral Lekòl nan Kanton Polk la nan: P. O. Box 391, Bartow, Florida 33831. Demann nan dwe gen ladann non anplwaye a, nimewo SAP li, ansyen adrès li/ansyen nimewo telefòn li ak adrès li/nimewo telefòn li ansanm ak paraf li ki otorize chanjman sa a. Chanjman non w dwe parèt nan Kat Sekirite Sosyal ou epi ou dwe voye yon kopi nouvo kat ou a bay Asistan pèsonèl ou nan Seksyon Sèvis Resous Imèn nan. KONFLI ENTERÈ Nenpòt anplwaye Direksyon Jeneral la k ap travay tou pou yon òganizasyon k ap fè biznis avèk Direksyon Jeneral la dwe ekri Sientandan an pou l revele akò kontra sa a. Sientandan an kapab apwouve aranjman sa a; Men, si Sientandan wè rapò a se yon konfli enterè li ye, l ap mande anplwaye a pou l mete fen nan youn nan de (2) travay sa yo, oubyen travay l ap fè pou òganizasyon an oswa travay li genyen nan Direksyon Jeneral la. Gade Règleman 1131, 3129 ak 4129 Direksyon Jeneral la PLAN AK LIY KONDUIT KONSÈNAN KOURYE LAPÒS Sèvis kourye delivre mesaj lapòs ant depatman yo nan etablisman distri lekòl la yo. Faktè yo responsab distribye mesaj pou distri a ak mesaj lapòs peyi Lèzetazini. Li enpòtan pou moun remake sèvis kourye distri a bay la se mesaj ki pou biznis sèlman li ye, e anplwaye yo pa dwe itilize kourye sa a pou yo voye mesaj oswa voye pwòp pake pèsonèl yo. Tanpri obsève konsèy sa yo lè w ap itilize sèvis kourye a: Anvlòp oswa pake yo dwe make klèman non moun k ap resevwa yo a, kote moun nan ap travay la ak ki Mwayen Kourye ki chwazi, ansanm ak non moun ki voye kourye a ak ki kote l ap travay. Tanpri pa ekri an lèt abreje. Yo pap delivre pake ak anvlòp ki pa make klèman. Lè w ap voye anpil lèt nan lapòs Lèzetazini, ou dwe kontakte biwo kourye a pou wè si gen rabè ki disponib pou moun k ap voye anpil lèt. Lè w ap itilize Sèvis Rapid (FedEx, UPS oswa Sèvis Lapòs Lèzetazini), tanpri evalye si li nesesè pou w itilize sèvis rapid nan avyon. Itilize sèvis rapid nan avyon pou w voye yon pake oswa yon lèt nan yon vil nan Florid la menm pa nesesè e li koute chè anpil. Ou ka itilize transpò atè ki rapid pou yon pri ki vrèman pi ba pou delivre lèt ak pake mesaj yo. Sèvis kourye pa kapab delivre pake ki depase 20 liv. Faktè yo pa kapab rete nan arè k ap trete mesaj lapòs yo. Kourye k ap soti yo dwe deja la ap tann faktè a anvan li rive. 15

Chak ane yo pibliye pakou kourye yo e yo bay yo nan koumansman chak ane lekòl. Ou ka jwenn pakou sa yo tou nan Intranet Lekòl Piblik nan Kanton Polk la sou non Support Services (Sèvis Sipò). Pou plis enfòmasyon oswa asistans, rele Biwo Kourye a nan (863) 534-0702 oswa 51500. RÈGLEMAN INIFÒM Distri nou an ensiste anpil sou règleman inifòm ak abiman elèv nou yo. Tout anplwaye yo kapab ede nan bay modèl fè bon chwa lè yo menm yo abiye kòrèkteman nan fason pwofesyonèl. Li enpòtan lè yon moun abiye pwòp e nèt. Pwofesè yo se wòl modèl pou elèv yo. Chak pwofesè dwe gade yon aparans pwofesyonèl pwòp ki kòrèk dapre matyè li responsab anseye a. Y ap distribye chemiz inifòm bay anplwaye k ap travay anba AFSCME yo oswa anba règleman presi ki gen rapò ak pozisyon yo a. Gade Règleman 1216, 3216 ak 3216 Direksyon Jeneral la KOURYE ELEKTWONIK (EMAIL) Yo bay anplwaye yo kont kourye elektwonik Lekòl nan Kanton Polk la (e-mail). Kont email yo dwe itilize pou ranfòse kominikasyon ki gen rapò ak aktivite ki konsènen travay yo bay anplwaye yo fè a. Itilizasyon kont email yo dwe fèt pou sipòte edikasyon e/oswa pou fè rechèch ki an rapò ak objektif edikasyon e ak règleman Direksyon Jeneral Lekòl nan Kanton Polk la. Anplwaye yo bay kont lan gen responsablite pou l toujou sèvi byen ak kont sa a. Konduit ki pa danse kole ak règleman sa a kapab resevwa sanksyon, ki ka gen ladann posiblite revokasyon oswa aksyon legal. Pifò kominikasyon elektwonik yo se dosye piblik yo ye, kidonk moun pa dwe janm konsidere yo kòm bagay prive oswa bagay ki an sekirite. Anba banyè lwa nan Florid, adrès email yo se dosye piblik yo ye. Tanpri refere w nan Règleman Itilizasyon Akseptab Teknoloji w ap jwenn pi lwen nan manyèl sa a epi nan sit www.polk-fl.net (fè klik sou: Technology Policies). Gade Règleman 7540.05 Direksyon Jeneral la PWOGRAM ASISTANS ANPLWAYE Kòm benefis pou tout anplwaye ak moun yo gen soukont yo, Direksyon Jeneral la mete yon Pwogram Asistans Anplwaye (EAP) pou ede anplwaye ak manm fanmi yo afwonte pwoblèm pèsonèl ki kapab ap afekte kalite lavi yo. Balanse nesesite ant travay e lavi a se yon defi nou tout ap fè fas. Pwogram Asistans Anplwaye w la ki soti nan Aetna Resources for Living (ki te rele Horizon Health) bay sèvis prive gratis pou moun afwonte pwoblèm pèsonèl k ap afekte kalite lavi yo, li ofri konsiltasyon pwofesyonèl pou keksyon legal/keksyon finans ou yo, oswa li ede w jwenn kote ki gen swen pou granmoun laj avanse, gadri, sèvis pou bezwen espesyal ak plis ankò. Pou plis enfòmasyon konsènan benefis enpòtan sa a, tanpri vizite http://www.polkfl.net/staff/employeeinfo/eap. Ou ka rele nan 1-800-272-7252 pou gen aksè nan EAP w la. Gade Règleman 1170.01, 3170.01 ak 4170.01 Direksyon Jeneral la 16

EVALYASYON Distri a gen yon sistèm pou evalye pèfòmans pwofesè yo ak lòt pèsonèl anseyan an anba akò negosyasyon komen an. Objektif prensipal demach evalyasyon pwofesè yo se asirans kalite (pou elèv yo pi grandi nan sa y ap aprann yo) e aprantisaj pwofesyonèl (amelyore kalite enstriksyon an). Evalyasyon pwofesè yo dwe yon aktivite pozitif e yon aktivite ki toujou ap dewoule ki mande anpil tan, jefò ak ouvèti bò kote pwofesè yo ak administratè yo. Aktivite sa yo dwe konsantre sou siksè elèv yo, nan ede pwofesè yo vin pi efikas nan aplike estrateji anseyman ki soti nan rechèch sou edikasyon modèn ki gen anpil chans siksè. Kontni Evalyasyon Pwofesè Sal Klas yo Nivo Evalyasyon Etap 2 pwofesè sal klas yo chita sou pwen yo fè an rapò ak bagay sa yo: Pèfòmans Akademik Elèv la Yo evalye chak pwofesè nan sal klas yo e yo ba yo pwen pou pati yo evlye yo a. Y ap itilize done pèfòmans elèv yo nan evalyasyon leta yo oswa nan evalyasyon Distri a devlope/chwazi pou elèv ki enskri pandan Sonday 2 e 3 nan kou pwofesè a ap anseye a, nan lide pou deside valè pwen y ap bay pwofesè a ki pral itilize nan nivo Pèfòmans Akademik Elèv la. Pratik Anseyman Yo evalye chak pwofesè e yo ba yo pwen dapre prèv yo bay yo itilize pratik anseyman ki chita sou evidans ki lye dirèkteman ak Pratik Edikatè nan Florid yo Aplike. Evalyasyon Pratik Anseyman soti nan pwen pwofesè yo reyalize pou chak EPC e ki konbine ak pwen yo fè pou kontèks sitiyasyon pwofesè a (Anpil Mezi). Pwofesè klas la konplete yon aktivite Evalyasyon tèt li ki fè pati pratik anseyman ak konpòtman ki chita sou evidans (ki lye dirèkteman ak Pratik Edikatè nan Florid yo Aplike). Chak pwofesè analize EPC yo ak nan ki kategori yo ye. Apre l fin reflechi sou pratik anseyman li jan sa di nan detay sou kategori yo, pwofesè a evalye tèt li pou chak EPC. Yo fè total pwen nan kategori yo. Chak pwofesè evalye tèt yo. Evalyasyon Pèsonèl ki pap Anseye nan Sal Klas Pèsonèl ki pap Anseye nan Sal Klas yo se moun ki pap anseye nan sal klas regilye men ki sèvi kòm chaj travay elèv yo, pèsonèl lekòl la oswa fanmi yo, dapre kalite travay yo ba yo fè a. Anplis, yo pa responsab dirèkteman kontni sa y ap fè a, ni evalyasyon leta yo pa mezire dirèkteman efè travay yo sou elèv yo. Si travay enstriksyon yon pwofesè ap fè se pa nan sal klas la, pwofesè sa a konsidere kòm Pèsonèl ki pap Anseye nan Sal Klas. Evalyasyon Pèsonèl ki pap Anseye nan Sal Klas yo gen twa bagay ladann: Pratik Anseyman Objektif Endividyèl oswa Bibliyotèk/Espesyalis Medya Sosyal (Anpil Mezi) Pèfòmans Akademik Elèv la 17

Evalyasyon Pèsonèl ki pap Anseye Tout pèsonèl ki pap anseye nan distri lekòl la ap gen aksè nan Intranet > Devlopman Pwofesyonèl > Evlyasyon Moun ki pap Anseye > Enfòmasyon sou Evalyasyon, pou yon jwenn yon kopi nan manyèl evalyasyon Pèsonèl ki pap Anseye yo, ki gen ladann fòm evalyasyon yo ak aktivite pou kondi evalyasyon an. (Sous: Manyèl Sistèm Evlyasyon Pwofesè yo) CHÒK AK MALADI NAN EGZÈSIS FONKSYON Yo bay Konje pou chòk/konje Maladi nan Egzèsis Fonksyon pou jiska 10 jou pa ane lè yon anplwaye (ki elijib pou benefis) absan akoz chòk li pran nan egzèsis fonksyon li oswa akoz yon maladi oswa enfeksyon kontajyez li pran sou chantye travay li. Maladi oswa enfeksyon kontajyez se maladi nòmal timoun genyen tankou lawoujòl, saranpyon, varisèl, malmanton, eksetera. Pou w elijib pou pwoteksyon sa a, ou dwe rapòte enfòmasyon chòk ou pran an bay ajans Asirans Travayè yo. Se yon doktè Asirans Travayè apwouve ki dwe fè tretman pou ou. Lè sa posib, randevou doktè yo ap kòdone ant anplwaye a, ajans Asirans Travayè a ak klinik doktè a pou ka gen mwens entèripsyon nan jou travay nòmal yo. Ou dwe aplike pou konje Maladi/Chòk nan Egzèsis Fonksyon an nan tan limit ki detaye nan akò negosyasyon komen an oswa nan 24 èdtan pou anplwaye ki pa nan akò negosyasyon an. Anplwaye a dwe bay dokiman doktè Asirans Travayè a ba li pou yo apwouve konje li a. Kontakte Depatman ki Okipe Zafè Risk la pou plis enfòmasyon. Gade Règleman 8442 Direksyon Jeneral la KONJE Sof si lalwa di lekontrè, se Direksyon Jeneral la ki jije jan konje a dwe bay. Règleman konje a fèt pou pwoteje fonksyònman lekòl la pou l pa entèwonp san rezon akoz absans pèsonèl la. Lè anplwaye ranpli aplikasyon konje, yo dwe ranpli fòm kòrèk la e yo dwe di pa ekri rezon ki fè yo mande konje a. Direksyon Jeneral la kapab elimine konje a si l ap itilize pou yon rezon oswa yon koz ki direfan. Yo toujou bay konje yo davans, pa nan yon dat ki pase. Men, yo konsidere yo bay davans ka dijans enprevi yo si yo rapòte yo rapidman. Ou ka ranpli yon lòt aplikasyon lè dat konje w la ekspire, kote y ap ba ou nouvo konje selon jan Direksyon Jeneral la jije l. Moun ki an konje a responsab pou l mande pou yo renouvle konje li a; li otomatik. Si li pa mande pou yo renouvle konje li a, y ap mete fen nan sèvis li. Kalite Konje Lekòl Charter Konje pou Rezon Vyolans Domestik Konje Familyal pou Rezon Medikal Maladi nan Egzèsis Fonksyon Sèvis Jiridik Konje Maladi 18

Militè Profesyonèl Afektasyon Tanporè Vakans Règleman sou vakans pou anplwaye 12 mwa yo ak ane sèvis admisib yo se: o 0-5 ane: 13 jou pa ane o 6-10 ane: 16 1 /4 jou pa ane o Plis pase 10 lane: 19 1 /2 jou pa ane Se nan Kanton Polk la ou dwe pase kantite ane w ap travay la pou w benefisye jou vakans yo. Ane y ap itilize yo se sèlman ane anplwaye a t ap travay sou yon baz 10 mwa ou plis. Nenpòt arè sèvis pou plis pase twa (3) jou san se pat yon konje li ye, ap kraze prensip travay san rete a, e anplwaye a dwe koumanse a zewo ane, si yo anplwaye l ankò nan travay la. Anplwaye yo pa ka gen plis pase 40 jou vakans nan pwochen ane nan kalandriye a. Konje vakans yo dwe jwenn apwobasyon Sientandan an oswa moun li deziyen an, e konje sa a yo dwe planifye pou lekòl la kontinye opere nòmalman oswa pou depatman an pa afekte. Peyman pou vakans dwe fèt dapre tarif yo peye anplwaye a pa jou. Yo afiche nan chèk moun yo ap touche yo kantite lè konje maladi ak vakans yo konpile e yo konvèti lè sa yo an jou dapre kantite lè moun nan travay pa jou. Pou plis enfòmasyon sou kondisyon ak demach Konje yo, tanpri refere w nan Seksyon Enfòmasyon Pewòl ki nan manyèl sa a. W ap jwenn enfòmasyon detaye konsènan règleman konje yo nan Akò Negosyasyon Komen konvenab ou a. Gen kopi ki disponib nan kote w ap travay la oswa nan sit entènèt Direksyon Jeneal Lekòl nan Kanton Polk la ki se www.polk-fl.net. KOLEKSYON LAJAN Tout lajan ki kolekte nan kèlkeswa kote a dwe anrejistre nan yon Fòm Rapò Lajan ki Kolekte. Fòm sa a se yon rejis peyman elèv yo fè pou frè yo peye, liv, anyè (albòm pwomosyon yo), materyèl yo lwe, eksetera. Avèk fòm sa a, li pa nesesè pou yo bay chak elèv resi pou sa yo peye. Si yon elèv oswa paran li ensiste pou yo ba yo resi, yo dwe voye elèv la al fè peyman an bay segretè finans lan. Yo mete tout Fòm Rapò Lajan ki Kolekte yo an twa kopi. Piga separe fòm nan. Chak fòm gen yon nimewo ladann, e se lekòl la ki dwe rann kont pou chak fòm. Si vin gen nesesite pou anile yon Fòm Rapò Lajan ki Kolekte, ekri void (nil) ladann e pote l retounen bay segretè finans lan. Fòm Rapò Lajan ki Kolekte yo dwe ranpli, siyen, gen dat e retounen al jwenn segretè finans lan ansanm ak lajan ki kolekte a. Segretè finans lan dwe siyen tou, epi mete dat nan Rapò Lajan ki Kolekte a e retounen l ba ou ansanm ak yon Resi Ofisyèl atache ladann. Ou dwe gade kopi Rapò Lajan ki Kolekte w la nan yon kote ki an sekirite. Biwo Distri a gen yon Verifikatè Entèn ki gen dwa fè odit sou travay chak moun. Tout chèk yo dwe fèt nan non lekòl la.tanpri mete non elèv la nan chèk la si li diferan ak enfòmasyon ki deja ekri a. Tanpri ekri nimewo kont pou yo depoze chèk la. 19

Tout lajan ki kolekte dwe ale nan biwo a chak jou ansanm ak fòm Rapò Lajan ki Kolekte a jan yo detaye sa pi wo a. Swiv demach sa yo pou evite sispansyon posib e/oswa revokasyon nan travay ou. PILOTE MACHIN DIREKSYON JENERAL LA Gen kèk anplwaye yo atache nan pilote machin Direksyon Jeneral la kòm travay yo ba yo fè. Se sèlman pou sèvis direksyon jeneral la machin sa yo dwe itilize. Machin Direksyon Jeneral la gen sentiwon sekirite anplwaye sa yo dwe toujou tache sou yo. Nenpòt anplwaye yo atache nan sèvis pilote machin nan kanton an e ki resevwa twòp konvokasyon sèvis sikilasyon paske li fotif, y ap pran sanksyon kont li e yo kapab revoke privilèj li gen pou l kondi machin nan. Sa ka lakòz travay la revoke li. Gade Règleman 8651 Direksyon Jeneral la DOSYE PÈSONÈL Yo trete e mentni dosye pèsonèl/dosye anplwa yo nan Seksyon Sèvis Resous Imèn nan. Tout dosye pèsonèl se bagay piblik yo ye, e nan ka sa a, yo disponib pou piblik la enspekte yo. Si w ta renmen revize dosye pèsonèl ou, tanpri kontakte Seksyon Sèvis Resous Imèn nan pou w pran yon randevou. Direksyon Jeneral la epanye otomatikman kèk enfòmasyon pèsonèl sekrè e sensib, tankou nimewo sekirite sosyal, enfòmasyon medikal, nan dosye pèsonèl ou anvan yo divilge yo bay piblik la nan obeyisans Lwa sou Dosye Piblik yo. Yon ajans k ap jere enfòmasyon pèsonèl patikilye dwe konsève dispans enfòmasyon pèsonèl la, sof si gen yon ajan polis, anplwaye a, lajistis, yon jij oswa yon lòt moun, oubyen ajans ki bay anplwaye konsène a travay la soumèt yon demann ekri pou mande ajans k ap jere enfòmasyon an pou l mentni dispans lan. Si w se yon anplwaye Direksyon Jeneral la ki aktif oswa ansyen anplwaye ki nan youn nan kategori pi wo yo, e/oswa si w se mari/madanm oswa pitit yon anplwaye aktif oswa ansyen anplwaye, ou kapab egzèse dwa w pou mande pou yo epanye enfòmasyon w yo menm lè gen kèk Lwa sou Dosye Piblik ki mande divilge yo. Si w chwazi pou epanye adrès ou ak nimewo telefòn ou nan tout lis piblik Direksyon Jeneral la, tanpri ranpli fòm ki rele Demann Epanye Dosye Pèsonèl la epi pote l retounen bay Direktè w/sipèvizè w pou yo soumèt li bay Seksyon Sèvis Resous Imèn nan. Pou plis enfòmasyon konsènan dispans ekri oswa pou w konnen si w kalifye, tanpri refere w nan Lwa 119.071 nan Florid. Si w kalifye, w ap bezwen ranpli Fòm Demann Epanye Dosye Pèsonèl la; se nan intranet paj web disri a li ye (Seksyon Sèvis Resous Imèn /Pèsonèl/Fòm). Si w bezwen plis asisans, tanpri kontakte sipèvizè w oswa Sèvis Resous Imèn nan. Ou dwe avèti pa ekri Seksyon Sèvis Resous Imèn nan konsènan kèlkeswa chanjman ki fèt nan kondisyon pèsonèl ou tankou nan non w, adrès ou oswa kondisyon marital ou. Tanpri avèti Depatman ki Okipe Zafè Risk konsènan kèlkeswa chanjman ki fèt nan moun k ap benefisye asirans lavi w yo e/oswa chanjman ki fèt nan kantite moun ki sou kont ou yo. Gade Règleman 1590, 3590 ak 4590 Direksyon Jeneral la 20