Nou la pou ou. Manyèl pou Manm. Aetna Better Health of New York. aetnabetterhealth.com/newyork NY

Similar documents
Amplwayè: Amplwaye: Dat Pèt: Nimewo Dosye: Nimewo Ka Leta:

REZIME AVI DEPATMAN TIMOUN AK FANMI FLORIDA RÈGLEMAN KONSÈNAN RÈGLEMAN SOU ENFÒMASYON AK JESYON PRIVE AK PWOTEKSYON ENFÒMASYON PÈSONÈL SOU SANTE

FLORIDA HEALTHY KIDS CORPORATION AVI SOU PRATIK PWOTEKSYON EFÒMASYON PRIVE

Financial Assistance Documents Texas Health Huguley

AETNA BETTER HEALTH SM FIDA PLAN Rezime sou Benefis pou 2017

Règleman Asistans Finansye & Faktirasyon/Règleman sou Koleksyon. Règleman sou Asistans Finansye

Gid Paran pou Jadendanfan Volontè

Pou plis enfòmasyon, tanpri rele nan (305)

Sa se yon dokiman legal enpòtan. Tanpri gade li nan kote ki an sekirite.

Chanselye a ELÈV KI ANSENT OUBYEN KI GEN PITIT AK KONFIDANSYALITE NAN SANTE REPWODIKTIF REZIME CHANJMAN YO

Florida Healthy Kids (Timoun Ansante nan Florid) Liv pou Manm yo Mwa me 2018 Sèvis Kliyantèl:

(ii) Bay enfòmasyon ki klè konsènan kritè kondisyon kalifikasyon pou fè aplikasyon ak metòd pou aplike pou jwenn èd finansye;

ST. VINCENT S MEDICAL CENTER. POLITIK KONSÈNAN ASISTANS FINANSYÈ Koumanse 9 me 2017

Evite kè sote moun genyen souvan nan afè bay tete

BOSTON REGION METROPOLITAN PLANNING ORGANIZATION

Florida History: Famous Floridians: Henry Morrison Flagler

Règleman/Pwosedi Tit: Règleman Èd Finansye - Dat anvigè: Janvye 2016 Charity Care Depatman: Sik revni # Règleman: 2209 Paj 1 sou 17

Moffitt Cancer Center

Gid pou Lè Gen Lanmò. Boston Medical Center Biwo Zafè Moun ki Mouri. Telefòn: Faks:

AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Plan Avi Anyèl sou Chanjman ak Ti liv pou Patisipan pou 2017

Èd Apre Dezas. FEMA 545 / Jiyè Gid Aplikan pou Pwogram Endividyèl & Familyal

APLIKASYON/RE-SÈTIFIKASYON NAN PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM, SNAP)

SEKSYON PRATIK POU F È APÈL NAN BAWO FLORID LA

Pati B Avi konsènan Mezi Pwoteksyon pou Paran ak Elèv Andikape yo

PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SNAP SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM (SNAP) APLIKASYON/RESÈTIFIKASYON

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

NÒM DISIPLIN AK MEZI POU ENTÈVNI NAN TOUT VIL LA {KÒD DISIPLIN} Depatman Edikasyon vil Nouyòk. Joel I. Klein Chanselye Haitian Creole

Gid Politik Pou Elèv ak Fanmi yo

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

6323 Seventh Avenue Brooklyn, NY 11220

Kijan pou touche jijman lajan Collecting a Money Judgment Haitian Creole

James H. DeGraffenreidt, Jr. Prezidan Konsèy Administrasyon Edikasyon l Eta. Nancy S. Grasmick Sipè-entandan L Eta pou Lekòl

Lekòl Piblik Boston. Byenveni nan Lekòl Nou yo.

SAMPLE LETTER TO PARENTS (USE SCHOOL LETTERHEAD) ELEMENTARY SCHOOL INTRODUCTORY LETTER FOR HGD UNIT KINDERGARTEN-FOURTH GRADE.

DWA AK RESPONSABILITE LOKATÈ

ekouvri Lekòl Piblik Boston Fanmi Boston gen chans pou yo gen plis chwa pou edikasyon pitit yo pase prèske tout lòt kote nan Etazini

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: 1FES 64. Tab Number: 63 CE FES 1D: Document Title: Document Date: Haiti.

Chwazi yon Lekòl Segondè: Yon Mesaj pou Elèv ak Fanmi yo

DEZYÈM LIV KESYON KI BAZE SOU YON SERI DOKIMAN (DBQ) 16 NOVANM Ekri non w ak non lekòl ou an lèt majiskil sou liy ki anwo yo.

Gid Byenveni. Preparasyon pou tan w ap pase a

Atelye MIT ap fè sou teknoloji pou metòd aprantisaj aktif ki chita sou resous pedagojik san baryè Le Plaza, Pòtoprens, Ayiti, janvye 2013

Plan AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Anyè ki gen enfòmasyon pou Pwofesyonèl Swen Sante ak Famasi pou Ane 2016

Vin jwenn nou pou yon randevou entènasyonal sou. Pwpozisyon pou Pri tikèt MBTA

KONTRA ANT WALT DISNEY PARKS AND RESORTS U.S. SERVICE TRADES COUNCIL UNION (REGILYE PART TIME) EFEKTIF 30 Mas, 2014

POU PLIS ENFOMASYON / parents/ spanish/ default.htm oswa ale nan: Rechech: Regleman Konduit Elev yo

GID POU LEKÒL PIBLIK BOSTON POU FANMI AK ELÈV

Manyèl Fanmi ak Elèv

Prentan Sistèm sa a san danje, an sekirite, legal ak vit.

Katalòg Pwodwi Sante pou Ane 2015

Maladi Malarya: Enfòmasyon ou dwe konnen

PWOGRAM ANSEYMAN ENDIVIDYALIZE (IEP) DEPATMAN ANSEYMAN LETA MARYLAND (MSDE) DIVIZYON ANSEYMAN ESPESYAL / SÈVIS ENTÈVANSYON BONÈ

Sa Kap Swiv la se Manyèl de Baz Elèv ak Fanmi ki kouvri Règ Debaz ak Règleman Lekòl City on a Hill

C h a p i t 5 Prevansyon enfeksyon. Nan chapit sa a: Prevansyon enfeksyon sove la lav Prevni enfeksyon lè w evite jèm...52

DRAFT ETA FLORID PLAN CONSOLIDATED JULY 1, JUNE 30, 2020

Ce document ne peut être reproduite et / ou adopté en tout ou en partie à condition qu'il n'y a pas de changement important dans le contenu, les

CORNERSTONE, Level A: Haitian Creole Translations

Klas 6 yèm pou 12 yèm ane

KONTRAKTE KI NAN FLORIDA K-AP TRAVAY NAN JADEN/ CHEF EKIP LIV POU ETIDYE POU EGZAMEN-AN

4THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

Klas 6 yèm ane pou 12 yèm ane

Liv Referans Anplwaye yo & Enfòmasyon sou Benefis

TANPRI PATAJE DOKIMAN SA Disponib an Panyòl, Kreyòl, oubyen Gwo Postè sou Demann

8 YÈM ANE NIVO ENTÈMEDYÈ

PINGA OU VIRE PAJ SA A TOUTOTAN YO POKO DI W VIRE L.

Gid Chwa ak Enskripsyon. Chemen Enskripsyon An

Emerante De Pradines: Good morning Mr. Watson. Emerante De Pradines: Bonjou Msye Watson.

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY LIV ENFÒMASYON POU PARAN AK ELÈV (TYPE ALL CAPS) INSERT SCHOOL NAME INSERT SCHOOL ADDRESS INSERT SCHOOL OFFICE NUMBER

Non Elèv la. Non Lekòl la

Konsey Pou Prepare w Pou Siklon

AmericasBarometer: Ayiti, 2010 Vanderbilt University Dwa resève.

West Boca Raton Community High School

YON LEGLIZ KI AN SANTE KATRIYÈM EDISYON. Mark E. Dever. 525 A Street NE Washington, DC Phone (202) , FAX (202)

GID PREPARASYON KADIJANS LAFLORID

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

Is Konektikèt GID POU SA KI FÈK VINI YO. Sa se yon gid sou tout vil, minisipalite, ak lòt sèvis kin nan zòn Is Konektikèt la

Pou Tout Elèv Nou yo:

Biwo Fonksyònman Lekòl Règ Komisyon Konsèy Lekòl 5500

GID PARAN ak GADÒ Lekòl Piblik Somerville. 8 Bonair Street Somerville, MA

Kontni. Prepare ou: Kreye yon Plan pou Katastwòf Yon Plan pou Moun ki Enfim Definisyon Sitiyasyon Ijans Evakyasyon...

LIV REGLEMAN SOU KONDWIT ELÈV

EVCS Nouvèl. ~ Byenvini~

VIL PEYI DAYITI YO:AKSYON POU JODI A AK YON KOUDÈY SOU DEMEN REZIME

POU ELÈV LEKÒL MWAYÈN AK LEKÒL SEGONDÈ YO NAN LEKÒL PIBLIK BOSTON

Egzèsis sou ADN Glikozilaz - nivo 1-2

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAM VIVAN

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 21 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

Manyèl Elèv ak Fanmi Vèsyon Rezime

ISTWA ETAZINI AK GOUVÈNMAN

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 26 janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN VIVAN. Vandredi 28 janvye :15 pou 12:15 p.m.

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

Repons sanitè apre tranblemanntè a nan peyi d Ayiti (janvye 2010)_ Leson ki tire sizoka yon gwo katastwòf demen

Questionnaire number. MUNICIPIO. Komin: HAISEKSYON. Seksyon Kominal: HAISEC. Zòn [optionel] HAISEGMENTO. Segman Recensman [Kod Oficiel Recensman an]

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Jedi, 29 janvye :15 a.m. pou 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 19 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

ISTWA AK JEWOGRAFI JENERAL

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

MINUSTAH: Èske se yon fòs k ap mentni lapè, Oubyen k ap conspire kont li?

Transcription:

Nou la pou ou Manyèl pou Manm Aetna Better Health of New York 86.05.311.1-NY

Enfòmasyon Pèsonèl Non ak nimewo telefòn enfimyè mwen Non ak nimewo telefòn asistan sosyal mwen Non ak nimewo telefòn manadjè swen mwen Personal information My nurse s name and phone numbers My social worker s name and phone number My care manager s name and phone number

Aetna Better Health of New York PWOGRAM SWEN KONTWOLE ALONTÈM (MANAGED LONG TERM CARE, MLTC): NAN NEW YORK TILIV POU MANM Pending DOH Approval_2018 Revised Version 06_18 1

Enfòmasyon ki Itil Sèvis pou Manm Aetna Better Health Sèvis pou Moun ki gen Pwoblèm pou Tande Transpò nan ka ki pa Ijan Non Telefòn, Faks, Imèl Adrès Sèvis Medikal nan Ka Ijans 9 1 1 Sèvis Dantè Ke Healthplex bay Sèvis Vizyon Ke EyeQuest bay Sèvis Entèpretasyon Lang Doleyans ak Apèl Tel: 1 855 456 9126 Faks: 1 855 863 6421 Sitwèb: Relè New York 7 1 1 Rele ekip kontwòl swen w oswa Sèvis pou Manm Aetna Better Health nan 1 855 456 9126 1 800 468 9868 TTY: 1 800 662 1220 Lendi Vandredi 8:00 a.m. 6:00 p.m. 1 855 873 1282 Lendi Vandredi 8:00 a.m. 8:00 p.m. Rele Sèvis pou Manm Aetna Better Health 1 855 456 9126 Rele Sèvis pou Manm Aetna Better Health 1 855 456 9126 Faks: 1 855 264 3822 Aetna Better Health 55 West 125th Street Suite 1300 New York City, NY 10027 Aetna Better Health Grievance & Appeals Department 55 West 125 Street Suite 1300 New York City, NY 10027 Asistans Telefonik pou Fwòd ak 1 855 456 9126 Abi Depatman Sèvis Sosyal (DSS) nan 516 227 7474 Konte Nassau Depatman Sèvis Sosyal (DSS) nan 631 854 9935 Konte Suffolk Administrasyon Resous Imèn 1 877 422 8411 (HRA) Vil New York Depatman Vyeyisman NY 518 474 7012 Depatman Sèvis Finansye NYS 1 800 400 8882 New York State Department of Financial Services PO Box 7209 Albany NY, 12224 0209 Depatman Sante Eta New York 1 866 712 7197 Biwo Swen Kontwole Alontèm Depatman Sante Eta New York (Plent) New York Medicaid Choice 1 888 401 6582 2 Pending DOH Approval_2018 Revised Version 06_18

Pending DOH Approval_2018 Revised Version 06_18 3

TABMATYÈ ENFÒMASYON KI ITIL...2 BYENVENI NAN AETNA BETTER HEALTH...7 TILIV POU MANM OU AN...9 KISA SWEN KONTWOLE ALONTÈM YE?...9 SÈVIS POU MANM...9 Lang, Fòma ak Sèvis Entèpretasyon...10 SITWÈB AETNA BETTER HEALTH...10 ELIJIBILITE AK ÈD POU ENSKRIPSYON...10 Tranzisyon Swen...11 Kijan pou m enskri?...11 PAKE BYENVINI...12 Kat idantifikasyon manm nan...13 Avi Pratik Konfidansyalite yo...13 DWA AK RESPONSABILITE MANM YO...13 Dwa Manm yo...13 Responsabilite Manm yo...14 RESEVWA SWEN/KONTWÒL SWEN...15 Kontwòl Swen...15 Si pwofesyonèl swen sante w la kite Aetna Better Health...16 Si w resevwa yon bòdwo...16 Anyè Pwofesyonèl Swen Sante...16 RANDEVOU POU SWEN SANTE...17 SÈVIS KI KOUVRI YO...17 Resevwa Sèvis yo...22 Dezyèm Opinyon...22 SI W AP KITE ZÒN SÈVIS AETNA BETTER HEALTH LA...23 SÈVIS TRANSPÒ...23 PLASMAN NAN MEZON KI BAY SWEN ENFIMYE...23 PWOTEKSYON POU VETERAN...23 MONEY FOLLOWS THE PERSON (MFP)/OPEN DOORS...23 SÈVIS IJANS...24 SÈVIS KI PA KOUVRI YO...24 OTORIZASYON POU SÈVIS AK MEZI...25 Etap pou Otorizasyon pou Sèvis...25 Pwosesis Revizyon Otorizasyon pou Sèvis...26 Revizyon Similtane (Plis nan Menm Sèvis yo)...26 Revizyon Similtane Estanda...26 Revizyon Similtane Akselere...26 Revizyon Retwospektif...26 MEZI AK APÈL...27 Kisa yon Mezi ye?...27 4 Pending DOH Approval_2018 Revised Version 06_18

Pwosesis pou Apèl Akselere...28 Odyans San Patipri Eta a...29 Apèl Ekstèn nan Eta a...30 DOLEYANS AK APÈL...31 Kisa yon Doleyans Ye?...31 Plent bay Eta New York la...32 KONFIDANSYALITE...32 CHANJMAN NAN ENFÒMASYON YO...32 KOWÒDINASYON BENEFIS (COB):...33 FWÒD, GASPIYAJ AK ABI...33 DIREKTIV ALAVANS...33 Kisa Direktiv Alavans yo Ye?...33 LÒT ENFÒMASYON KI DISPONIB POU OU...34 Komite Konsiltatif Manm...34 Referans pou Pwogram ak Chanjman nan Sèvis...34 MONTAN EKSEDAN/SIPLI MEDICAID/REVNI MANSYÈL NÈT ADMISIB (NAMI)...34 Montan Eksedan/Sipli Medicaid...34 Revni Mansyèl Nèt Admisib (NAMI)...35 ANILASYON ENSKRIPSYON VOLONTÈMAN AK ENVOLONTÈMAN (PÈT PWOTEKSYON AETNA BETTER HEALTH)...35 Anilasyon Enskripsyon Volontèman...35 Anilasyon Enskripsyon Envolontèman...35 Pending DOH Approval_2018 Revised Version 06_18 5

6 Pending DOH Approval_2018 Revised Version 06_18

Byenveni nan Aetna Better Health Mèsi dèske w chwazi Aetna Better Health pou plan sante swen kontwole alontèm ou an! Objektif nou se pou nou ba ou: Bon kalite swen ou bezwen an Respè ou merite a Sèvis kliyantèl ekselan Aetna Better Health se yon nouvo plan swen kontwole alontèm nan New York. Menm si nou nouvo nan eta a, nou gen plis pase 20 lane depi n ap kontwole swen pou moun ki bezwen sèvis swen alontèm. Nou konprann bezwen manm nou yo. Nou pral travay avèk pwofesyonèl swen sante ak gwoup kominotè lokal New York yo pou reponn ak bezwen sa yo. Konpayi prensipal nou an, Aetna, se yon konpayi nasyonal k ap mennen nan domèn nan ki sèvi anviwon 36.5 milyon moun, kote gen 1.2 milyon ladan yo ki manm Medicaid. Objektif Aetna Better Health se pèmèt moun rete lakay yo toutotan yo kapab. Nou ede nan òganizasyon tout sèvis ki nesesè pou rann sa posib. Nou vle asire ke w byen kòmanse kòm yon nouvo manm. Tiliv sa a fèt pou ede w konprann plan sante w la ak benefis ou yo. Pending DOH Approval_2018 Revised Version 06_18 7

8 Pending DOH Approval_2018 Revised Version 06_18

Tiliv pou manm ou an Tanpri, pran tan pou w li tiliv pou manm ou an. Tiliv pou manm sa a eksplike swen kontwole alontèm nan. Li di w kijan pou w mande sèvis yo, soumèt yon plent oswa doleyans, anile enskripsyon w nan Aetna Better Health, epi li pale sou dwa ak responsabilite w kòm manm. Men kisa w ap jwenn nan tiliv sa a: Kisa swen kontwole alontèm ye? Kijan pou w jwenn sèvis swen alontèm? Kijan pou w jwenn èd pou randevou yo? Kijan pou w soumèt yon doleyans oswa apèl? Kisa kontwòl swen ye? Kisa Swen Kontwole Alontèm ye? Objektif prensipal swen kontwole alontèm nan se ede w rete lakay ou oswa nan kominote w toutotan li posib. Li ba ou swen ak sipò ou bezwen pou pèmèt ou fè aktivite kotidyen ou ka paka fè san èd ankò. Li bay sèvis medikal, pèsonèl ak sèvis sosyal ki itil ke ou ka bezwen. Aetna Better Health gen yon rezo bon kalite pwofesyonèl swen sante nan zòn ou an. W ap ka seleksyone pwofesyonèl swen sante nan rezo sa a ki pi byen reponn ak bezwen w yo. Kòm manm, y ap deziyen yon ekip kontwòl swen pou ou ki pral aprann konnen ou menm ansanm ak bezwen w yo. Ekip la pral ede w jwenn pwofesyonèl swen alontèm yo, sèvis ak sipò ki pral ede w reponn ak bezwen w yo. Yo ka deziyen yon asistan pou ede w ak aktivite lavi nòmal ou yo (ADL) lè ou paka fè bagay sa yo pou tèt ou ankò. ADL yo gen ladan yo bagay ou fè chak jou, tankou: Manje Al nan twalèt Soti nan kabann Benyen Abiye Moun ki bay swen yo, tankou asistan sante adomisil yo oswa asistan swen pèsonèl yo, ka ba w èd ak aktivite sa yo lakay ou. Si w paka rete nan pwòp kay ou nou ka ede kanmenm. Objektif nou se ede w rete pi endepandan ke posib. Pafwa, ou ka bezwen plis swen ke sa nou ka ba w lakay ou. Lè sa rive, ou ka bezwen ale nan yon mezon ki bay swen enfimye. Sejou w nan mezon ki bay swen enfimye a ka pou yon tan ki kout oswa li ka pèmanan. Nou gen kontra ak kèk mezon ki bay swen enfimye pou asire ke w gen chwa lè w paka rete lakay ou ankò. Manadjè swen w lan pral ede ou menm ak fanmi w nan desizyon sa a. Sèvis pou manm Depatman Sèvis pou Manm Aetna Better Health la, la pou ede w. Liy telefòn nou an ouvri 24 sou 24, 7 jou sou 7. Rele nimewo gratis la nan 1 855 456 9126. Men kèk nan kesyon Sèvis pou Manm lan ka reponn: Kisa dwa w ak responsabilite w ye? Kijan epi kibò ou ka jwenn swen? Ki benefis ak sèvis swen sante ou genyen? Pending DOH Approval_2018 Revised Version 06_18 9

Kisa yon direktiv alavans ye? Oswa, kijan ou ka jwenn enfòmasyon sou direktiv alavans? Kijan pou w soumèt yon plent oswa doleyans? Kijan pou w jwenn yon Odyans San Patipri? Kijan pou w jwenn yon woulib pou ale nan sèvis medikal yo? Lang, Fòma ak Sèvis Entèpretasyon Ou ka jwenn tiliv sa a ak lòt enfòmasyon pou manm yo nan yon lang oswa nan yon fòma diferan. Men kèk egzanp lòt fason ou ka jwenn tiliv sa a: Enprime nan yon lòt lang Enprime avèk gwo karaktè Anrejistre Tout tiliv ak enfòmasyon pou manm yo nan lòt fòma oswa nan lòt lang gratis epi yo disponib nan lòt Lang. Rele nimewo gratis Sèvis pou Manm Aetna Better Health la nan 1 855 456 9126 pou w mande yon kopi. Si lang prensipal ou pa Angle, tanpri, rele Sèvis pou Manm lan. N ap jwenn yon entèprèt pou ou ki ka tradwi nenpòt ki lang. Nou gen pèsonèl, pwofesyonèl swen sante ak tradiktè ki pale plizyè lang. Si w soud oswa ou gen pwoblèm pou tande, ou ka kontakte Aetna Better Health of New York lè w rele Relè NY 7 1 1. Si w gen twoub vizyèl, n ap asiste w pandan n ap pale avè w sou tout enfòmasyon sou Aetna Better Health of New York. N ap ba w enfòmasyon alekri tou pou moun k ap ba w swen yo ka asiste w. Nou ka ede w tou si w bezwen yon entèprèt pou langaj siy. Fè nou konnen 3 jou alavans si w bezwen yon entèprèt pou langaj siy. Sèvis sa yo gratis. Sitwèb Aetna Better Health Aetna Better Health gen yon sitwèb ki fasil pou itilize. Sitwèb sa a fè li fasil pou ou pou w jwenn yon pwofesyonèl swen sante nan zòn ou oswa pou w jwenn enfòmasyon sou benefis, bilten enfòmasyon manm nan ak plis bagay toujou. Ale sou. Elijibilite ak èd pou enskripsyon Aetna Better Health se yon plan swen kontwole alontèm. Ou gen yon chwa plan swen kontwole alontèm ki bay sèvis nan zòn ou. Si w chanje lide sou enskripsyon w nan Aetna Better Health, ou ka anile enskripsyon w lan nenpòt kilè. Ou elijib pou w enskri nan Aetna Better Health si: Ou gen laj 21 lane oswa plis Ou elijib pou Medicaid Ou elijib pou MLTC jan sa detèmine atravè yon zouti evalyasyon pou elijibilite ke Depatman Sante Eta New York la devlope. Yo konsidere ou elijib pou nivo swen MLTC yo bay nan mezon ki bay swen enfimye jan Sant Evalyasyon ak Enskripsyon San Konfli (Conflict Free Evaluation and Enrollment Center, CFEEC) detèmine sa Ou dwe gen omwen youn (1) nan Sèvis Swen Alontèm Kominotè (Community Based Long Term Care Services, CBLTCS) sa yo ke Aetna Better Health of New York kouvri pou plis pase 120 jou apati dat efektif enskripsyon an: a. Sèvis swen enfimye adomisil b. Terapi adomisil c. Sèvis èd pou sante adomisil 10 Pending DOH Approval_2018 Revised Version 06_18

d. Sèvis swen pèsonèl adomisil e. Swen sante lajounen pou adilt f. Swen enfimye prive g. Sèvis Asistans Pèsonèl Kliyan Dirije Nou ka reponn ak bezwen pou swen sante w yo an tout sekirite lakay ou ak/oswa nan kominote w. Ou rete nan zòn sèvis ke Aetna Better Health of New York kouvri: Manhattan Brooklyn Queens Konte Nassau Konte Suffolk Ou gen yon doktè (Pwofesyonèl Swen Sante Prensipal) ki dakò travay ak Aetna Better Health oswa ou dispoze pou w chanje pou yon doktè k ap travay avèk nou. Travay ak doktè w la vle di li dispoze pou l ekri òdonans pou sèvis ki kouvri yo ki pèmèt ou resevwa swen nan men pwofesyonèl swen sante ki nan rezo a lè w enskri. Sant Evalyasyon ak Enskripsyon San Konfli (CFEEC) Aetna Better Health MLTC ap respekte pwotokòl enskripsyon ak plan reyalizasyon Sant Evalyasyon ak Enskripsyon San Konfli a ki defini nan direktiv ke Depatman an soumèt. Tranzisyon Swen Moun k ap soti nan yon sèvis pwogram swen alontèm kominotè Medicaid la pou ale nan Aetna Better Health ap kontinye resevwa sèvis yo selon plan sèvis ki egziste deja pou moun nan pandan omwen 90 jou apre tranzisyon an oswa jiskaske Aetna Better Health reyalize yon evalyasyon pou swen, selon sa ki vini pi ta a. Anplis, n ap eseye prezève relasyon pasyan/travayè a pandan peryòd 90 jou sa a. Pou nouvo manm k ap mande enskri epi ki pap resevwa sèvis aktyèlman, Aetna Better Health pral itilize enstriman evalyasyon ke Depatman an endike a (aktyèlman Sistèm Evalyasyon Inifòm (Uniform Assessment System, UAS), pou evalye chak Aplikan pou enskripsyon. Aetna Better Health ka itilize zouti adisyonèl ke Depatman an te apwouve nan evalyasyon l ap fè pou Aplikan yo. Lè y ap fè tranzisyon, pasyan k ap soti nan yon plan pwogram swen alontèm kominotè Medicaid la dwe kounye a bay yon avi pou enfòme sou mezi sa a pou tout restriksyon. Anplis rediksyon, sispansyon oswa anilasyon sèvis otorize yo, yo gen dwa ak yon odyans san patipri ak apèl ekstèn epi dwa pou sèvis otorize yo kontinye lè yo mande yon odyans san patipri. Kijan pou m enskri? Si w ta renmen enskri nan Aetna Better Health, rele nou nan 1 855 456 9126. Nou ta renmen genyen w kòm manm nou! Enskripsyon w nan Aetna Better Health pap afekte benefis Medicare oswa Medicaid ou yo. Medicare oswa Medicaid ap toujou ka kouvri vizit doktè w, laboratwa w, famasi w ak ospitalizasyon w. Manadjè swen w lan ap ede w kowòdone sèvis sa yo ak transpò w. Aetna Better Health pa fè diskriminasyon ni li pa limite enskripsyon selon estati sante w, yon chanjman nan estati sante w ni pri sèvis ou bezwen yo. Pou enskri: 1) Rele nou pou pran yon randevou. Ou menm oswa yon moun k ap aji pou ou (tankou yon manm fanmi w oswa yon pwofesyonèl swen sante w) ka rele. 2) Evalyasyon inisyal Aetna Better Health pou elijibilite pou MLTC a dwe fèt nan limit trant (30) jou apati premye kontra yon moun k ap mande enskripsyon oswa apati dat li resevwa yon referans pou yon Koutye Enskripsyon. Pending DOH Approval_2018 Revised Version 06_18 11

3) Youn nan manm pèsonèl nou an ap bay eksplikasyon detaye sou sèvis nou yo. Enfimyè otorize nou an ap fè yon evalyasyon lakay ou. Evalyasyon an fè nou konnen ki kalite swen ou bezwen selon sante w ak kapasite w pou w fè aktivite kotidyen w yo. Pandan vizit sa a nou pral: Detèmine si ou elijib pou w antre nan pwogram nan. Ede w ranpli aplikasyon enskripsyon an ak aplikasyon Medicaid la, si li nesesè. Aplikasyon w pou Aetna Better Health la ap annatant jiskaske aplikasyon Medicaid ou a apwouve. W ap aplike pou Medicaid menm lè w ap enskri nan Aetna Better Health of New York, Enskripsyon an ka pran omwen youn oswa de mwa anplis ke si w deja gen Medicaid aktif. Fè yon revizyon detaye tiliv pou manm sa a, tiliv sa a gen ladan l enfòmasyon sou politik ak pwosedi yo epi li se yon pati enpòtan nan kontra w pou w enskri nan pwogram sa a. Li gen ladan l dwa ak responsabilite manm yo. Revize anyè ki gen enfòmasyon sou pwofesyonèl swen sante a. Devlope yon pwopozisyon plan swen avè w ak tout lòt moun ki enplike nan swen w, tankou manm fanmi. Si w enterese enskri epi ou kalifye pou w vin yon manm Aetna Better Health, ou menm oswa reprezantan w lan dwe siyen: Yon kontra enskripsyon. Yon fòmilè demand konfidansyalite. Sa pèmèt manadjè swen an pale ak pwofesyonèl swen sante prensipal ou (doktè w) sou plan swen w lan. Otorizasyon pou evalyasyon swen enfimye. Sa pèmèt enfimyè nou an fè evalyasyon w lan. Otorizasyon pou fè foto (pa obligatwa). N ap soumèt aplikasyon w lan bay Medicaid Eta New York, si li nesesè. Administrasyon Resous Imèn Vil New York la (New York City Human Resources Administration, NYC HRA) oswa Depatman Lokal Sèvis Sosyal (Local Department of Social Services, LDSS) nan Konte Nassau oswa Suffolk la ap revize aplikasyon pou Medicaid ou a epi ap detèmine enskripsyon w nan pwogram Medicaid la. Pwoteksyon ke nou eksplike nan tiliv pou manm sa a vin efektif nan dat efektif enskripsyon w nan Aetna Better Health Plan. Enskripsyon nan Aetna Better Health volontè. Si w gen kesyon sou plan nou an oswa enskripsyon an ou ka rele Sèvis pou Manm yo nan 1 855 456 9126, kit ou deja yon manm Aetna Better Health, kit ou poko manm Aetna Better Health. Ou ka retire aplikasyon w lan oswa kontra enskripsyon w lan anvan midi jou k ap 20 nan mwa anvan dat efektif enskripsyon an. Pou w fè sa, w ap endike sa w swete a vèbalman oswa alekri epi n ap voye yon akize resepsyon retrè w la ba ou alekri. Si w nouvo nan Aetna Better Health epi w ap swiv yon tretman regilyèman nan men yon pwofesyonèl swen sante ki pa nan rezo nou an, ou ka kontinye tretman an pou jiska 90 jou apati jou ou enskri nan Aetna Better Health la. Pou kontinye tretman an, pwofesyonèl swen sante w la dwe: Aksepte tarif peman Aetna Better Health la. Respekte politik Aetna Better Health yo ki gen ladan yo asirans kalite. Bay Aetna Better Health enfòmasyon medikal sou swen an. Pake byenvini W ap resevwa yon pake byenvini lè w vin yon manm Aetna Better Health. Kat idantifikasyon w lan ap rive apa nan lapòs. Pake byenvini an gen ladan l: Yon lèt byenvini Yon bilten byenvini Yon Avi Pratik Konfidansyalite yo 12 Pending DOH Approval_2018 Revised Version 06_18

Kat idantifikasyon manm nan W ap resevwa yon Kat Idantifikasyon (ID) Aetna Better Health lè w antre nan plan sante nou an. Si w pa resevwa kat ou a oswa si kat ou a pèdi oswa yo vòlè l, rele nimewo gratis Sèvis pou Manm yo nan 1 855 456 9126. N ap voye yon nouvo kat ba ou. Pa janm kite okenn lòt moun itilize kat idantifikasyon w lan. Dat efektif pwoteksyon w lan enprime sou kat idantifikasyon w lan. Sa se dat kote ou ka kòmanse resevwa sèvis kòm manm plan sante nou an. Ou dwe toujou gen kat sa a ak kat Medicare oswa Medicaid ou a avè w. Men kisa kat idantifikasyon w lan sanble. Fas kat idantifikasyon Aetna Better Health ou a Do kat idantifikasyon Aetna Better Health ou a: Kòm manm Aetna Better Health, w ap resevwa sèvis dantè nan men Healthplex. Healthplex ap voye yon kat idantifikasyon dantè pou ou tou. Itilize kat idantifikasyon dantè w la chak fwa w ap resevwa swen dantè. Avi Pratik Konfidansyalite yo Pake byenvini w lan gen yon Avi Pratik Konfidansyalite yo. Li di kijan nou itilize enfòmasyon pèsonèl sou sante ou yo. Li di kijan ou ka jwenn kopi dosye sou sante w yo. Li montre kijan pou w fè chanjman nan dosye w yo. Enfòmasyon sou swen sante w yo prive. N ap divilge yo sèlman si lalwa pèmèt sa oswa si w pèmèt nou divilge yo. Pou yon lòt kopi, tanpri, rele Sèvis pou Manm yo nan 1 855 456 9126 oswa vizite sitwèb nou an nan. Dwa ak Responsabilite Manm yo Dwa Manm yo Manm Aetna Better Health yo gen dwa. Men yo lis dwa w yo: Se Dwa w pou yo trete w avèk respè ak diyite. Se Dwa w pou resevwa swen ki medikalman nesesè. Se Dwa w pou mande chanje manadjè swen w lan. Se Dwa w pou gen aksè ak swen ak sèvis rapidman. Se Dwa w pou gen konfidansyalite sou dosye medikal ou ak lè w ap resevwa tretman. Se Dwa w pou jwenn enfòmasyon sou opsyon ak altènativ tretman ki disponib ki prezante ba ou nan yon fason epi nan yon lang ou konprann. Se Dwa w pou jwenn enfòmasyon nan yon lang ou konprann; ou ka jwenn sèvis tradiksyon oral gratis. Se Dwa w pou jwenn enfòmasyon ki nesesè pou w bay yon konsantman enfòme anvan kòmansman yon tretman. Pending DOH Approval_2018 Revised Version 06_18 13

Se Dwa w pou jwenn yon kopi dosye medikal ou epi mande ke dosye yo modifye oswa korije. Se Dwa w pou patisipe nan desizyon sou swen sante w, ki gen ladan l refize yon tretman. Se Dwa w pou yo pa egzèse okenn fòm kontrent ni izòlman ki itilize kòm mwayen presyon, disiplin, fasilite oswa reprezay kont ou. Se Dwa w pou jwenn swen san yo pa konsidere sèks ou, ras ou, estati sante w, koulè w, laj ou, orijin nasyonal ou, oryantasyon seksyèl ou, estati matrimonyal ou oswa relijyon w. Se Dwa w pou yo di w ki kote, kilè ak kijan pou jwenn sèvis ou bezwen nan men plan swen kontwole alontèm ou an, ikonpri kijan pou jwenn benefis ki kouvri nan men pwofesyonèl swen sante ki pa nan rezo a si yo pa disponib nan rezo plan an. Se dwa w pou soumèt yon plent bay Depatman Sante Eta New York la, lè w rele 1 866 712 7197. Se dwa w tou pou itilize sistèm Odyans San Patipri Eta New York la oswa, nan kèk ka, mande yon Apèl Ekstèn Eta New York. Aetna Better Health paka aji nan okenn fason pou limite dwa manm nan pou l gen yon Odyans San Patipri ni pou enfliyanse desizyon yon manm pou l pouswiv yon Odyans San Patipri. Se Dwa w pou nonmen yon moun pou l pale pou ou konsènan swen ak tretman w. Responsabilite Manm yo Kòm manm Aetna Better Health, se responsabilite w pou: Aprann epi konprann chak Dwa ou genyen selon pwogram Swen Kontwole Alontèm sa a. Poze kesyon si w pa konprann Dwa w yo. Konnen non Pwofesyonèl Swen Sante Prensipal (PCP) ou ak manadjè swen w lan. Jwenn enfòmasyon sou swen sante w ak pwosesis pou w jwenn swen. Itilize pwofesyonèl swen sante ki travay ak Aetna Better Health pou sèvis ki kouvri yo. Jwenn apwobasyon nan men Pwofesyonèl Swen Sante Prensipal ou, manadjè swen w oswa ekip kontwòl swen w, selon egzijans yo, anvan ou resevwa yon sèvis ki kouvri. Konnen kilè ou ta dwe epi kilè ou pa ta dwe ale nan sal dijans. Kontakte ekip kontwòl swen w chak fwa ou itilize sal dijans lan, ou ospitalize, gen nouvo preskripsyon oswa resevwa yon referans pou yon lòt pwofesyonèl medikal. Trete pwofesyonèl swen sante k ap ba w swen yo ak respè. Pale ak Aetna Better Health konsènan bezwen pou swen w, enkyetid ou, kesyon w, oswa pwoblèm ou. Bay pwofesyonèl swen sante w yo tout enfòmasyon yo bezwen. Mande plis enfòmasyon si w pa konprann tretman w oswa kondisyon sante w. Patisipe nan kontwòl pwòp sante w. Pou w fè sa, pale ak pwofesyonèl swen sante w konsènan enkyetid ou ak bezwen w pou swen sante w. Avèti Aetna Better Health lè w ap pati oswa lè w ap deplase andeyò vil la. Fè tout peman nesesè yo bay Aetna Better Health. Swiv konsèy manadjè swen w oswa pale ak manadjè swen w si w pa kapab oswa si w pa vle swiv plan swen an. Pwoteje kat idantifikasyon manm ou an epi montre l lè w ap resevwa sèvis. Pale ak Aetna Better Health konsènan nenpòt lòt asirans ou genyen. Fè Aetna Better Health konnen si w ap aplike pou lòt benefis swen sante. Kontakte ekip kontwòl swen w oswa nimewo gratis Sèvis pou Manm yo nan 1 855 456 9126 san pèdi tan si adrès ou oswa nimewo telefòn ou chanje. 14 Pending DOH Approval_2018 Revised Version 06_18

Resevwa Swen/Kontwòl Swen Kontwòl Swen Aetna Better Health bay chak manm yon manadjè swen ak yon ekip kontwòl swen. Manadjè swen an dirije ekip la. Kontwòl Swen an pral ede manm nan jwenn aksè ak sèvis nesesè ki kouvri yo selon sa ki idantifye nan Plan Sèvis ki Konsantre sou yon Moun nan (Person Centered Service Plan, PCSP). Sèvis Kontwòl Swen yo gen ladan yo referans, asistans nan sèvis yo oswa kowòdinasyon sèvis yo pou manm nan ka jwenn sèvis medikal, sosyal, edikatif, sikolojik, finansye ak lòt sèvis ki nesesè pou sipòte PCSP a, san konsidere si sèvis nesesè yo nan Pakè Benefis la. Depi w dakò vin yon manm Aetna Better Health, manadjè swen w lan pral pale ak enfimyè ki te fè vizit lakay ou a. N ap revize enfòmasyon nou jwenn nan vizit lakay ou a. Manadjè swen w lan pral kontakte w apresa pou pale plis avè w sou bezwen w yo. Ansanm, nou pral devlope Plan Sèvis ki Konsantre sou yon Moun ou a (PCSP). Plan swen w lan baze sou estati sante w ak bezwen pou swen sante w. Pwofesyonèl swen sante prensipal ou a ka ba nou enfòmasyon, pale avè w ak manadjè swen w lan epi ede devlope plan swen w lan. Nou resevwa kòmantè tou nan men fanmi w, moun ki ba w swen ak lòt moun ke ou panse li enpòtan pou nou pale avèk yo. Plan swen an pral dekri kantite èdtan swen pèsonèl ou bezwen. Plan swen an pral liste lòt sèvis ou pral resevwa nan men Aetna Better Health. Plan swen an pral dekri sèvis ke Aetna Better Health pral kouvri yo ak kalandriye pou livrezon sèvis yo. Plan swen w lan enpòtan. Li montre ke nou tout te travay ansanm pou deside kijan nou pral ede w. Li gen ladan l sèvis ke nou pral peye pou ede w gen yon bòn sante epi rete lepli ansante posib. Apre Plan Sèvis ki Konsantre sou yon Moun (PCSP) ou an devlope, ekip swen w lan pral ede w jwenn tout swen ak sèvis ou bezwen. Ekip kontwòl swen an pral travay avè w pou pran randevou pou tout sèvis swen sante ou bezwen yo. Ekip kontwòl swen an pral òganize transpò ou bezwen pou w resevwa sèvis sa yo tou. Manadjè swen w lan pral rele w omwen yon fwa chak mwa pou pran nouvèl ou. Ekip kontwòl swen Aetna Better Health la pral bay ominimòm yon vizit adomisil kontwòl swen chak sis (6) mwa pou chak manm, ki ka enkli nan kad yon nouvo evalyasyon men ki paka sou kont yon aranjman delege sèlman pou respekte egzijans Sistèm Evalyasyon Inifòm nan. W ap toujou gen nimewo telefòn manadjè swen w lan. Ou ka rele pou pale ak ekip swen w lan oswa pou jwenn èd nenpòt kilè. Si w bezwen èd apre lè travay yo oswa nan wikenn, y ap dirije apèl ou a bay yon moun ki ka ede w touswit. Pa egzanp, si w bezwen konnen kibò pou w ale pou yon famasi oswa pou swen ijan, y ap dirije apèl ou a bay yon pèsonèl desèvis ki disponib k ap ede w si w bezwen transpò. Si sa rive, manadjè swen w lan ap pran enfòmasyon sou apèl telefonik ou a pou yon moun nan ekip kontwòl swen w lan ka asire ke w te jwenn sa w te bezwen an. Sèvis yo ap kòmanse premye jou nan mwa ki vin apre ke yo apwouve aplikasyon enskripsyon w lan. Ekip kontwòl swen w lan ap ede kowòdone swen w tankou vizit kay doktè, preskripsyon medikaman ak admisyon nan lopital ansanm ak lòt pwofesyonèl swen sante. Ou ka patisipe nan swen w. Pou w fè sa, w ap pataje bezwen w ak enkyetid ou ak ekip kontwòl swen w lan pou w ka kontinye viv nan yon fason endepandan nan kominote w la. Ou menm ak ekip kontwòl swen w lan ap revize plan swen w lan omwen de fwa chak ane. Ekip swen an ka revize plan swen w lan tou si pwoblèm medikal ou a chanje pou asire ke w resevwa sèvis ou bezwen yo. Planifikasyon Sèvis ki Konsantre sou yon Moun ak Kontwòl Swen enplike etablisman ak reyalizasyon yon plan swen alekri epi asistans bay manm yo pou yo jwenn aksè ak sèvis ki otorize selon plan swen an. Planifikasyon Sèvis ki Konsantre sou yon Moun gen ladan l konsiderasyon bezwen sikolojik ak medikal aktyèl epi inik ak istorik manm nan, ansanm ak nivo fonksyonèl ak sistèm sipò manm nan. Kontwòl Swen vle di yon pwosesis k ap ede manm nan jwenn aksè ak sèvis nesesè ki kouvri yo selon sa ki idantifye nan Plan Sèvis ki Konsantre sou yon Moun nan (PCSP). Sèvis Kontwòl Swen yo gen ladan yo referans, asistans nan sèvis yo oswa kowòdinasyon sèvis yo pou manm nan ka jwenn sèvis medikal, sosyal, edikatif, sikolojik, finansye ak lòt sèvis ki nesesè pou sipòte PCSP a, san konsidere si sèvis nesesè yo nan Pakè Benefis la Pending DOH Approval_2018 Revised Version 06_18 15

Manm Aetna Better Health yo dwe itilize pwofesyonèl swen sante ki nan rezo a, ki sou kontra pou jwenn sèvis swen alontèm ki kouvri yo sof si yo jwenn apwobasyon pèsonèl kontwòl swen an alavans. Si nou pa gen kalite pwofesyonèl swen sante ou bezwen an, ekip kontwòl swen w lan ap jwenn yon pwofesyonèl swen sante ki pa nan rezo a. Si w bezwen yon pwofesyonèl swen sante ki pa nan rezo nou an tanpri, rele ekip kontwòl swen w lan. Aetna Better Health dwe respekte politik ak pwosedi ekri yo pou kontwòl swen an konfòm ak egzijans kowòdinasyon ak kontinyite 42 CFR 438.208 la. Si pwofesyonèl swen sante w la kite Aetna Better Health Si pwofesyonèl swen sante w la kite pwogram nan pandan tretman w lan, Aetna Better Health ap peye pou kontinyasyon sèvis w ap resevwa nan men pwofesyonèl swen sante w la pou jiska 90 jou maksimòm pandan y ap deziyen yon nouvo pwofesyonèl swen sante ki nan rezo a pou ou. Pou sa ka fèt, pwofesyonèl swen sante a dwe: Aksepte peman an nan tarif Aetna Better Health la Respekte lòt politik Aetna Better Health yo ki gen ladan yo asirans kalite Bay Aetna Better Health enfòmasyon medikal sou swen an Si w resevwa yon bòdwo Aetna Better Health peye pwofesyonèl swen sante ki nan rezo a selon tarif Medicaid yo pou eta a. Ou pata dwe resevwa yon bòdwo nan men pwofesyonèl swen sante ki nan rezo Aetna Better Health yo pou sèvis ki kouvri yo. Ou pa gen pou w peye yon pwofesyonèl swen sante ki nan rezo a pou sèvis ki kouvri yo menm si Aetna Better Health refize yo peman an. Si nou pa peye pou tout oswa yon pati nan yon sèvis ki kouvri, pwofesyonèl swen sante a PA otorize faktire w pou sa nou pa peye a. Si w resevwa yon bòdwo ou panse ou pat sipoze resevwa, rele manadjè swen w lan oswa Sèvis pou Manm yo nan 1 855 456 9126. N ap kontan ede w. Gen delè ou ka oblije peye. Yo ka faktire w pou sèvis sa yo: Sèvis ou resevwa nan men pwofesyonèl swen sante ki pa nan rezo a ke Aetna Better Health pat apwouve alavans. Sèvis ke Aetna Better Health pa kouvri Anyè Pwofesyonèl Swen Sante Anyè Pwofesyonèl Swen Sante Aetna Better Health la disponib sou entènèt sou aetnabetterhealth.com/ny/find-provider. Yo te ba w yon kopi tou pandan vizit lakay ou a lè w te aplike pou Aetna Better Health. Ou ka rele Sèvis pou Manm yo nan 1 855 456 9126 si w bezwen yon nouvo kopi. Ou ka chwazi pami nenpòt pwofesyonèl swen sante ki nan rezo a. Si w swete chanje pwofesyonèl swen sante ekip kontwòl swen w lan ap ede. Si w sou Medicare epi Medicare ap peye pou yon sèvis ke Medicare kouvri, ou ka wè nenpòt ki pwofesyonèl swen sante pou sèvis sa a, menm si yo pa nan rezo Aetna Better Health la. Si kouvèti Medicare ou a fini, w ap oblije chanje pou w pran yon pwofesyonèl swen sante ki nan rezo Aetna Better Health la. Anyè Pwofesyonèl Swen Sante a liste pwofesyonèl swen sante ki nan rezo nou an, ansanm ak nimewo telefòn, lokalizasyon ak tout lang ki pa Angle ke yo pale. Si w bezwen èd pou jwenn yon pwofesyonèl swen sante pou youn nan sèvis nou yo, rele ekip kontwòl swen w lan oswa Sèvis pou Manm yo nan 1 855 456 9126. Y ap kontan ede w. Ou ka rele Sèvis pou Manm yo tou si w vle nou ajoute yon pwofesyonèl swen sante nan rezo nou an. Si pwofesyonèl swen sante a reponn ak estanda nou yo n ap mande l pou l antre nan rezo nou an. 16 Pending DOH Approval_2018 Revised Version 06_18

Randevou pou swen sante Pale ak ekip kontwòl swen w lan konsènan randevou medikal oswa pou swen sante w yo. Ou dwe di manadjè swen w lan sak rive nan randevou medikal oswa nan randevou pou swen sante w la. Mete enfòmasyon sou tout chanjman nan medikaman oswa sèvis ou yo. Si w pa si de sak rive a, di ekip kontwòl swen w lan sa. Manadjè swen w lan ap ede w konprann sak rive. Manadjè swen w lan ap ede w mete tout nouvo enfòmasyon nan plan swen w lan tou. Sèvis ki kouvri yo Sèvis ki kouvri yo se sèvis ke n ap peye yo paske ou se yon manm Aetna Better Health. Sèvis sa yo se yon Pwofesyonèl Swen Sante ki nan rezo a ki dwe bay yo. Sèvis ekzak ou resevwa a (yo) ak kantite fwa ou resevwa l (yo) epi pou kantite tan ou resevwa l (yo) baze sou kondisyon medikal ou ak bezwen nan sante epi bezwen sosyal ou. W ap resevwa sèvis ki kouvri yo toutotan yo medikalman nesesè. Yon sèvis medikalman nesesè si l nesesè pou anpeche, pou dyagnostike, pou korije, oswa pou geri pwoblèm medikal ki ka bay soufrans egi, ki mete lavi moun andanje, ki ka vin bay maladi oswa ki ka rann enfim, ki entèfere ak kapasite w pou fè aktivite nòmal, oswa ki ka menase pou bay andikap grav. Plan swen ou devlope ansanm ak manadjè swen w lan ap ede asire ke w jwenn sa w bezwen. Pafwa Aetna Better Health ka bezwen revize demand ou a anvan w resevwa sèvis la. Nou ka mande pwofesyonèl swen sante prensipal ou a yon òdonans oswa yon referans. Se pou asire ou jwenn bon swen an nan bon kote a lè w bezwen l lan. W ap kapab gen aksè ak swen ak sèvis ou bezwen yo lè w rele ekip kontwòl swen w lan. Y ap mete sèvis ou bezwen yo nan plan swen w lan. Nan majorite ka yo, manadjè swen w lan ap konnen sa w bezwen sèlman nan pale avè w. Ou ka toujou mande yon sèvis ou panse ki ka ede w pran pi bon swen tèt ou. Sa yo se kalite sèvis nou ka peye pou w resevwa yo: Sèvis ki Kouvri yo Swen Sante Lajounen Pou Adilt Swen Oksilyè Sa se yon kote ou ka ale lajounen. Ou ka itilize Swen Sante Lajounen Pou Adilt si w ka kite lakay ou, men ke w bezwen èd pou w fè kèk bagay poukont ou. Pèsonèl swen sante lajounen an ede w ak bezwen swen sante w, swen enfimye, manje ak bon alimantasyon epi li ede w ak bezwen sèvis sosyal ou yo. Ou ka resevwa terapi reyabilitasyon tou epi fè anpil aktivite amizan. Ekip kontwòl swen w lan ap ede w planifye ki sèvis w ap resevwa nan sant lan. Y ap gen yon enfimyè pou ede w pran medikaman w. Gen pèsonèl ki la pou ede w abiye epi itilize twalèt. Yo ba w manje midi epi yo ede w deplase si w bezwen sa. Gen moun laj ou ou ka rankontre epi gen aktivite. Swen Oksilyè se yon sèvis kote nou peye yon moun pou ba w swen ki ede w fè manje, fè lesiv, fè kous, netwaye kay ou, benyen, abiye, deplase nan kay ou epi deplase soti nan kabann ou ak chèz ou. Pending DOH Approval_2018 Revised Version 06_18 17

Sèvis ki Kouvri yo Odyoloji ak Aparèy Oditif Kontwòl Swen Odontoloji Tretman ak ekipman pou ede w tande pi byen. Se yon rezo odyolojis lokal endepandan ki nan zòn sèvis ke Aetna Better Health of New York kouvri a ki bay egzamen oditif ak aparèy oditif yo. Se yon odyolojis agreye ki fè tout egzamen yo. Si w panse ou bezwen yon egzamen oditif, nou ka mande w pou w wè doktè w anvan, pou asire ke yon lòt pwoblèm sante pap afekte kapasite w pou tande. Nou kouvri batri pou aparèy oditif ou yo tou. Apwòch sible ekip swen w lan itilize pou planifye swen w epi kowòdone swen ak sèvis ou bezwen yo pou w ka lepli ansante ke posib. Yon sèvis ke yon kalite pwofesyonèl swen sante espesyal bay ki trete dan w ak jansiv ou. Se Healthplex ki bay sèvis dantè. Ou ka kontakte yo nan 1 800 468 9868 (TTY: 1 800 662 1220) Lendi Vandredi 8:00 a.m. 6:00 p.m. Pwoteksyon w lan gen ladan l: 1 egzamen ak yon netwayaj chak 6 mwa Radyografi pou dyagnostik Odontoloji reparatè (plonbaj) Sipleman Alimantè ak Konsèy nan Domèn Nitrisyon Lè sa medikalman nesesè: Chiriji oral Tretman Kanal (otorizasyon alavans obligatwa) Kouwòn ak Dantye (otorizasyon alavans obligatwa). Yon referans nan men yon Dantis Jeneral obligatwa anvan w vizite yon espesyalis. Sipleman Alimantè se pwodi alimantè adisyonèl pou ede w gwosi. Sipleman alimantè Aetna Better Health ou yo limite pou manm sa yo ki paka manje atravè okenn lòt mwayen. Anjeneral, sa vle di ke w oblije resevwa manje w atravè yon tib alimantasyon espesyal epi ou paka moulen ni vale manje. Kèk manm ka gen yon seri twoub ra ki anpeche yo resevwa nitriman esansyèl yo sof si yo pran manje medikal espesifik. Nou peye manje medikal yo pou manm sa yo. Ekipman Medikal Dirab (DME) Konsèy nan domèn Nitrisyon se èd ou resevwa nan men yon moun ki konnen chwa alimantè ki bon pou sante yo. Atik pou ede w ak swen sante w epi pou ede w pran swen tèt ou. DME yo gen ladan yo Founiti Medikal/Chirijikal, Fòmil Anteral epi Paranteral, Batri pou Aparèy Oditif, Pwotèz, Òtèz ak Soulye Òtopedik, Baton, Kabann Lopital, Chèz Woulant, Oksijèn ak Deyanbilatè. 18 Pending DOH Approval_2018 Revised Version 06_18

Sèvis ki Kouvri yo Swen Adomisil: Kalifye / Lisansye Sèvis enfimyè Terapi Fizik Terapi Fonksyonèl Òtofoni Non Lisansye Oksilyè Adomisil Sèvis Mediko Sosyal Sèvis yo ba ou adomisil. Pèsonèl lisansye oswa pèsonèl non lisansye ka bay sèvis sa yo. Kalite sèvis lisansye oswa kalifye ki gen ladan l swen enfimye, terapi fizik/ fonksyonèl / oswa lapawòl. Pou resevwa kèk nan sèvis sa yo, fòk ou paka kite lakay ou. W ap bezwen yon òdonans doktè pou resevwa sèvis espesyalize adomisil. Manadjè Swen w lan ap ede w jwenn òdonans lan. Doktè w la ka bay òdonans pou sèvis Swen Enfimye Adomisil pou ou. Enfimyè swen sante adomisil la ap yon Enfimyè Otorize (RN) oswa yon Enfimyè Oksilyè Otorize (LPN) selon kalite swen ou bezwen an. Kantite tan enfimyè a pase avè w la baze sou bezwen swen sante w yo. Enfimyè w la ka vizite w tanzantan lè w gen yon bezwen espesyal. Enfimyè a ka planifye lè regilye avè w tou. Sèvis swen enfimye yo gen ladan yo òganize medikaman, ba w medikaman, swen maleng, aprantisaj sou swen sante, ak lòt tretman swen sante. Si w bezwen yon enfimyè adomisil, doktè w la ap bay yon òdonans pou sa. Enfimyè a pral swiv òdonans doktè a epi li pral travay ak ekip kontwòl swen w pou asire ou gen sa w bezwen. Terapi fizik (PT): Se yon terapet fizik agreye epi otorize ki bay sèvis PT yo. Objektif PT a se diminye tout andikap fizik oswa mantal. PT a ede w bouje pi byen epi diminye doulè ou ka genyen. PT ka gen ladan l konprès cho oswa egzèsis. Terapi fonksyonèl (OT): Se yon ègoterapet agreye epi otorize ki bay sèvis OT reyabilitasyon yo. Objektif OT a se pou diminye tout andikap fizik oswa mantal. OT a ede amelyore kapasite w pou w pran swen tèt ou. OT a ka gen ladan l aprann ou bay tèt ou manje oswa abiye w. Se Asistan Swen Sante Adomisil ak lòt pèsonèl non lisansye ki bay sèvis non lisansye yo. Sèvis sa yo gen ladan yo èd pou jere pwoblèm ki vini ak maladi, èd pou jwenn swen sante epi pou rete pi byen ke w ka ye. Se Ekip Kontwòl Swen w lan ki apwouve sèvis sa yo. Repa yo Livre Adomisil oswa Repa Angwoup Oksilyè adomisil (HHA) se yon moun ki ede w nan aktivite swen sante yo. HHA a bay sèvis selon plan swen ekip kontwòl swen w lan, RN swen sante adomisil ou a oswa terapet ou a etabli. HHA a ka ede w tou nan aktivite tankou benyen, itilize twalèt, pran swen kay ou. Yo livre repa adomisil yo lakay ou lè w paka fè manje pou tèt ou. Kalite manje a ap baze sou plan swen ou menm ak ekip kontwòl swen w lan te fè ansanm. Repa angwoup yo se repa ki ekilibre nan yon fason nitritif ke yo sèvi nan yon kote espesifik tankou yon sant kominotè oswa sant pou granmoun aje. Pending DOH Approval_2018 Revised Version 06_18 19

Sèvis ki Kouvri yo Sèvis Mediko Sosyal Founiti Medikal Transpò nan ka ki pa Ijan Swen nan mezon ki bay Swen Enfimye Verifye, etabli epi bay èd pou pwoblèm sosyal yo pou kenbe w lakay ou. Se yon travayè sosyal kalifye ki ekzekite sèvis yo epi yo bay yo nan yon plan swen. Pwodwi ki nesesè pou pran swen yon pwoblèm medikal. Anjeneral, lòt moun paka itilize pwodwi sa yo ankò apre yo fin sèvi yon fwa. New York Medicaid pèmèt nou peye pou ba konpresyon ak ba sipò sèlman lè yo itilize yo pou trete ilsè estaz nan venn. Transpò ki gen rapò ak yon bezwen medikal ki pa yon ijans. Kalite transpò ou itilize baze sou bezwen w. Ou ka deplase nan transpò piblik tankou yon otobis, metwo, taksi oswa sèvis machin ak chofè. Ou ka bezwen deplase nan yon anbilèt oswa anbilans. Yo fè aranjman pou transpò ki pa ijan lè w bezwen l atravè ekip kontwòl swen Aetna Better Health ou a. Yon mezon ki bay swen enfimye se yon kote pou moun ki pa bezwen entène lopital men ke yo paka bay swen lakay li. Pifò mezon ki bay swen enfimye yo gen asistan ki bay swen enfimye ak enfimyè kalifye ki sou plas 24 sou 24. Gen kèk mezon ki bay swen enfimye ki konfigire tankou yon lopital. Pèsonèl la bay swen medikal, ansanm ak terapi fizik, lapawòl epi fonksyonèl. Ka gen yon estasyon enfimyè nan chak etaj. Gen lòt mezon ki bay swen enfimye ki eseye sanble plis ak yon kay. Yo eseye gen yon sansasyon vwazinaj. Souvan, yo pa gen yon orè jounalye fiks epi kizin yo ka ouvri pou rezidan yo. Yo ankouraje manm pèsonèl yo pou yo devlope relasyon ak rezidan yo. Gen kèk mezon ki bay swen enfimye ki gen inite swen espesyal pou moun ki gen pwoblèm memwa grav tankou maladi Alzheimer. Gen kèk k ap kite mari ak madanm viv ansanm. Mezon ki bay swen enfimye yo pa fèt pou granmoun aje sèlman, men pou nenpòt moun ki bezwen swen 24 sou 24. Swen Enfimye Prive Terapi Fonksyonèl (jiska 20 vizit chak ane), ke yo bay nan yon anviwònman ki pa lakay ou Pou Aetna Better Health peye swen nan mezon ki bay swen enfimye, ou dwe elijib pou resevwa swen yo bay nan mezon ki bay swen enfimye nan men Medicaid nan New York. Swen kontini epi kalifye ke yon enfimyè kalifye bay lakay ou. Enfimyè agreye a se yon enfimyè otorize (RN) oswa yon enfimyè oksilyè otorize (LPN). Tretman ak egzèsis ki ede w fè aktivite kotidyen w pi byen apre ke w te genyen yon pwoblèm sante oswa yon lezyon. Sa gen ladan l benyen tèt ou, abiye w epi penyen tèt ou. Li gen ladan l tou ede w aprann ekri epi bay tèt ou manje. 20 Pending DOH Approval_2018 Revised Version 06_18

Sèvis ki Kouvri yo Swen Pèsonèl Sistèm Entèvansyon nan ka Dijans Pèsonèl (PERS) Terapi Fizik (jiska 40 vizit chak ane), ke yo bay nan yon anviwònman ki pa lakay ou Podoloji Pwotèz ak Òtèz Sèvis pou ede w rete lakay ou olye pou w ale nan yon mezon ki bay swen enfimye. Swen pèsonèl gen ladan l sèvis tankou menaj nan kay, preparasyon repa, benyen, fè twalèt epi twaletaj. Pou gen swen pèsonèl, nou bezwen nòt ki montre ke w ansekirite lakay ou. Yon aparèy elektwonik ki voye yon alèt si w pa ansekirite oswa si w tonbe epi w paka leve poukont ou. Tretman kèk pati nan kò w (bra, janm, do, elatriye) ki ka ede w bouje pi byen epi ede w gen mwens doulè. Swen pou pye w ke yon podològ (doktè pye) fè. Pwotèz yo se fo pati kò ke yo itilize pou ranplase pati nan kò w ki manke. Òtèz yo se pyès espesyal pou soulye w. Terapi Respiratwa Sipò Sosyal ak Anviwònmantal Sant Sosyal Lajounen Terapi Lapawòl (jiska 20 vizit chak ane), si yo bay yo nan yon anviwònman ki pa lakay ou Vizyon Linèt (1 chak 2 lane) Vizit ak yon optometris (1 chak 2 lane) Soulye sou preskripsyon limite pou tretman moun ki fè sik oswa lè soulye a se yon pati nan yon jenouyè (òtèz). N ap kowòdone ak pwofesyonèl swen sante w yo pou ekipman medikal, founiti, terapi respiratwa ak oksijèn ki nesesè. Sipò Sosyal se moun ak zouti ki ede kenbe w ankontak ak lòt moun. Sipò Anviwònmantal se chanjman nan kay ou ki ogmante kapasite w pou w fè yon seri bagay poukont ou oswa ki ogmante kapasite w pou ede nan swen w. Sipò sosyal ak anviwònmantal gen ladan yo sèvis tankou aktivite fè menaj nan kay, menajè/sèvis travay nan kay, amelyorasyon kay ak èd adomisil. Sant sosyal lajounen konfigire tankou yon kote sekirize ou ka ale pou resevwa swen epi rankontre ak lòt moun. Sèvis sant sosyal lajounen yo gen ladan yo pase tan ak lòt adilt, sipèvizyon, swen pèsonèl ak èd nan alimantasyon w. Gen kèk etablisman sant sosyal lajounen ki gen plis sèvis epi ki ka gen ladan yo èd pou moun k ap ba w swen an, èd ak konpetans lavi a, kowòdinasyon swen ak transpò. Tretman pou ede w pale pi byen. Li ede tou pou amelyore fason ou pale pou yo ka konprann ou pi fasil. Swen je. Vizit pou verifye je w epi kijan ou wè. Pending DOH Approval_2018 Revised Version 06_18 21

Sèvis ki Kouvri yo Sèvis Asistans Pèsonèl Kliyan Dirije (CDPAS) Pwogram Medicaid Eta New York la pèmèt moun ki elijib pou Medicaid yo anplwaye, siveye epi revoke pwòp moun ki ba yo swen adomisil yo (asistan pèsonèl). Olye ke se yon founisè oswa ajans ekstèn k ap kontwole swen yo, CDPAS bay moun ki elijib pou MLTC yo endepandans ak kontwòl. Gen kèk direktiv ki aplike sou elijibilite pou CDPAS yo ak moun ki ka sèvi kòm asistan pèsonèl yo. Yon Enfimyè Pwofesyonèl Otorize ap fè yon Evalyasyon pou detèmine elijibilite w pou CDPAS yo. Evalyasyon an detèmine nivo sèvis asistans nan swen pèsonèl, sèvis èd pou swen sante adomisil epi/oswa sèvis swen enfimye kalifye ou elijib pou resevwa. Pou jwenn plis enfòmasyon sou CDPAS yo epi detèmine si yo bon pou ou, tanpri, pale ak Manadjè Swen w lan. Resevwa Sèvis yo Pou jwenn nenpòt nan sèvis ki kouvri ki liste anlè la a, pale ak manadjè swen w lan. Manadjè swen w lan ap kapab revize epi apwouve pifò sèvis ou bezwen yo. Lè w jwenn apwobasyon pou resevwa sèvis yo, n ap peye pou w resevwa sèvis yo pandan yon peryòd tan. Souvan ou ka bezwen sèvis swen adomisil pandan yon tan ki long, kidonk n ap apwouve sèvis sa yo pou jiska sis mwa. Si nou panse ou bezwen plis oswa mwens sèvis, manadjè swen w lan ap pale avè w konsènan bezwen w yo. Apre konvèsasyon sa a epi avèk kontra w la, nou ka chanje kantite oswa kalite sèvis ke nou pral peye yo. Manadjè swen w lan pral travay ak doktè w la ak lòt pèsonèl Aetna Better Health pou asire ou resevwa sa w bezwen. Dezyèm Opinyon Ou ka pran yon dezyèm opinyon nan men yon lòt pwofesyonèl swen sante nan rezo nou an. Ou ka fè sa gratis. Si w ta renmen yon dezyèm opinyon fè ekip kontwòl swen w lan konnen sa epi y ap ede w. Swen Andeyò Rezo a Ou dwe resevwa sèvis ki kouvri yo nan men pwofesyonèl swen sante ki nan rezo Aetna Better Health la. Ou ka jwenn yon referans bay yon pwofesyonèl swen sante ki pa nan rezo a si Aetna Better Health pa gen yon pwofesyonèl swen sante ki gen fòmasyon ak eksperyans apwopriye pou reponn ak bezwen w yo. Si w bezwen yon pwofesyonèl swen sante ki pa nan rezo a, tanpri kontakte ekip kontwòl swen w lan pou ede w jwenn yon otorizasyon. Lè w ap itilize yon pwofesyonèl swen sante ki pa nan rezo Aetna Better Health la pou sèvis ki kouvri, fòk ou pran yon otorizasyon nan men Aetna Better Health anvan w wè pwofesyonèl swen sante a. Si w pa pran otorizasyon nesesè a anvan, nou pap peye pwofesyonèl swen sante a pou sèvis yo. Si w gen kesyon sou pwosesis sa a, tanpri, kontakte ekip kontwòl swen w lan oswa rele Sèvis pou Manm yo nan 1 855 456 9126. Si w vle yon sèvis epi pwofesyonèl swen sante w la pa vle ba w sèvis sa a poutèt rezon moral oswa relijye, tanpri, rele ekip kontwòl swen w lan oswa nimewo gratis Sèvis pou Manm yo nan 1 855 456 9126. Y ap ede w jwenn yon pwofesyonèl swen sante pou sèvis ki kouvri a. Ou pa dwe resevwa yon bòdwo ni ou pa dwe peye pou sèvis ki kouvri yo. Tanpri, rele ekip kontwòl swen w lan oswa nimewo gratis Sèvis pou Manm yo nan 1 855 456 9126 si sa rive. 22 Pending DOH Approval_2018 Revised Version 06_18

Si w ap kite zòn sèvis Aetna Better Health la Zòn sèvis Aetna Better Health la se, Konte Kings, Brooklyn, Manhattan, Queens, Nassau ak Suffolk. Si w ap planifye pase kèk tan lwen lakay ou, tanpri, fè ekip kontwòl swen w lan konn sa san pèdi tan. Si w ap planifye kite zòn sèvis la pou plis pase 30 jou konsekitif, l ap difisil pou Aetna Better Health siveye bezwen pou swen sante w kòrèkteman. Si sitiyasyon sa a ta prezante, Aetna Better Health pap apwopriye pou ou ankò, kidonk w ap oblije soti ladan l. Nan ka sa a, ou dwe rele manadjè swen w lan pou pale sou opsyon w yo. Sèvis transpò Si w bezwen yon woulib pou w al nan vizit swen sante w yo, tanpri rele ekip kontwòl swen w lan oswa nimewo gratis Sèvis pou Manm yo nan 1 855 456 9126. Si w bezwen yon manm fanmi oswa oksilyè swen pèsonèl akonpaye w, yo kapab fè sa san w pa peye pou sa. Si w gen yon ijans medikal, rele 911. Itilizasyon transpò nan ka ijan oblije pou ka ijans sèlman. Fòk ou òganize yon woulib pou transpò ki pa ijan omwen twa jou anvan vizit ou a. Si sitiyasyon an ijan, tanpri, rele ekip kontwòl swen w lan oswa Sèvis pou Manm yo pou w jwenn asistans. Plasman nan mezon ki bay swen enfimye Sa ka rive ke kondisyon w nesesite plasman pèmanan nan yon mezon ki bay swen enfimye. Manadjè Swen w lan ap travay avè w, ak lòt pati ki enplike nan plan swen w lan, pou fasilite plasman nan yon etablisman ki patisipe nan rezo a. Ou dwe elijib pou Medicaid enstitisyonèl. Gen limit ki aplike pou manm ki elijib pou Medicaid kominotè sèlman. Pwoteksyon pou Veteran Si w se yon veteran, madanm oswa mari yon veteran, oswa yon manm paran Gold Star ki bezwen yon plasman alontèm, ou ka resevwa swen nan men yon mezon pou veteran ki sou kontra, nan rezo pwofesyonèl swen sante nou an. Si nou pa gen kontra ak yon mezon pou veteran, sof si ou endike lekontrè, n ap dirije w bay koutye enskripsyon an. Si w ta renmen resevwa swen nan men yon mezon pou veteran, n ap pèmèt ou fè sa, andeyò rezo a, jiskaske ou transfere nan yon lòt Plan avèk yon mezon pou veteran ki nan rezo a. Money follows the person (MFP)/Open Doors Seksyon sa a pral eksplike sèvis ak sipò ki disponib atravè Money Follows the Person (MFP)/Open Doors. MFP/Open Doors se yon pwogram ki ka ede manm yo demenaje soti nan yon mezon ki bay swen enfimye pou retounen lakay yo oswa nan rezidans yo nan kominote a. Manm yo ka kalifye pou MFP si yo: Te abite nan yon mezon ki bay swen enfimye pandan twa mwa oswa pi lontan Gen bezwen pou swen sante ki ka satisfè atravè sèvis nan kominote yo MFP/Open Doors gen moun, ke yo rele Espesyalis Tranzisyon ak Kanmarad, ki ka rankontre manm yo nan mezon ki bay swen enfimye a epi pale avèk yo sou demenajman pou retounen nan kominote a. Espesyalis Tranzisyon ak Kanmarad yo pa menm ak Manadjè Swen ak Planifikatè Egzeyat yo. Yo ka ede manm yo nan: Ba yo enfòmasyon sou sèvis ak sipò ki gen nan kominote a Jwenn sèvis ke yo ofri nan kominote a pou ede manm yo endepandan Vizite oswa rele manm yo apre yo fin demenaje pou asire ke yo gen sa yo bezwen lakay yo Pending DOH Approval_2018 Revised Version 06_18 23

Pou jwenn plis enfòmasyon sou MFP/Open Doors, oswa pou planifye yon vizit yon Espesyalis Tranzisyon oswa Kanmarad, tanpri, rele New York Association on Independent Living nan 1 844 545 7108, oswa voye yon imèl sou mfp@health.ny.gov. Ou kapab vizite MFP/Open Doors tou sou entènèt www.health.ny.gov/mfp. Sèvis ijans Nou vle ou resevwa swen ou bezwen an. Si w gen yon ijans, ou dwe rele 9 1 1. Nan yon ka ijans, ou ka vizite nenpòt Sal Dijans oswa klinik swen ijan. Yon ijans se aparisyon yon kondisyon medikal toudenkou ki prezante sentòm grav, ki gen ladan yo doulè egi. Sentòm sa yo tèlman grav ke yon moun nòmal ki gen yon konesans mwayen sou sante ak lamedsin ka prevwa nan yon fason ki rezonab ke si manm nan pa jwenn atansyon medikal imedya, sa ka lakòz: Ekspoze sante manm nan ak danje grav Deteryorasyon grav nan fonksyònman kòporèl Disfonksyònman grav nan nenpòt ògàn oswa nan nenpòt pati nan kò a Pou bezwen ijan yo, Aetna Better Health gen yon enfimyè oswa manadjè swen ke w ka rele 24 sou 24, 7 jou sou 7 nan 1 855 456 9126. Swen ijan vle di yon sèvis medikalman nesesè ke w bezwen pou anpeche yon deteryorasyon grav nan sante w ki soti nan yon maladi oswa lezyon enprevi. N ap ede w jwenn yon klinik swen ijan epi n ap ede w ak transpò si w bezwen sa. Swen Ijan Andeyò Zòn Sèvis la Si w gen yon ijans medikal, rele 9 1 1 oswa chèche jwenn swen nan yon sal dijans menm si w pa nan zòn sèvis ou a. Apre ijans medikal la, fanmi w oswa sipò enfòmèl ou dwe kontakte ekip kontwòl swen w lan nan 24 èdtan, si sa posib, pou nou ka ofri nenpòt èd nou ka ofri. Nou ka bezwen ajiste plan swen w lan pou reponn ak tout chanjman nan bezwen medikal ou yo. Sèvis ki Pa Kouvri yo Aetna Better Health pa kouvri sèvis sa yo men Medicare oswa Medicaid kouvri yo sou yon baz peman pou chak sèvis. Ekip kontwòl swen w lan ap òganize epi kowòdone sèvis sa yo pou ou, si li nesesè. Li enpòtan pou tout pwofesyonèl swen sante ki enplike nan swen w pale youn ak lòt. Ou menm ak fanmi w ta dwe enplike tou. Manadjè swen w lan se yon sous enfòmasyon ak èd enpòtan. Travay prensipal ekip kontwòl swen w lan se pou l sèvi lyen ant ou menm ak tout pwofesyonèl swen sante w yo. Ekip kontwòl swen w lan ap ede w pou asire ou jwenn swen ou bezwen an kèlkeswa moun ki peye pou swen w lan. Aetna Better Health pa kouvri sèvis sa yo men Aetna Better Health ap òganize epi kowòdone sèvis sa yo pou ou. Dyaliz Renal Kwonik Sèvis nan Sal Dijans Transpò nan Ka Ijan (Transpò nan ka ijan oswa nan anbilans pou ale nan yon lopital) Sèvis ki Pa Kouvri yo Sèvis Biwo pou Moun ki gen Defisyans Entelektyèl (OPWDD) Sèvis nan Lopital pou Pasyan ki Pa Entène Sèvis Doktè (ki gen ladan yo sèvis yo bay nan yon biwo, yon klinik, yon etablisman, oswa adomisil) 24 Pending DOH Approval_2018 Revised Version 06_18