BOSTON REGION METROPOLITAN PLANNING ORGANIZATION

Similar documents
Amplwayè: Amplwaye: Dat Pèt: Nimewo Dosye: Nimewo Ka Leta:

SEKSYON PRATIK POU F È APÈL NAN BAWO FLORID LA

REZIME AVI DEPATMAN TIMOUN AK FANMI FLORIDA RÈGLEMAN KONSÈNAN RÈGLEMAN SOU ENFÒMASYON AK JESYON PRIVE AK PWOTEKSYON ENFÒMASYON PÈSONÈL SOU SANTE

FLORIDA HEALTHY KIDS CORPORATION AVI SOU PRATIK PWOTEKSYON EFÒMASYON PRIVE

Financial Assistance Documents Texas Health Huguley

Gid Paran pou Jadendanfan Volontè

Florida Healthy Kids (Timoun Ansante nan Florid) Liv pou Manm yo Mwa me 2018 Sèvis Kliyantèl:

Règleman Asistans Finansye & Faktirasyon/Règleman sou Koleksyon. Règleman sou Asistans Finansye

Chanselye a ELÈV KI ANSENT OUBYEN KI GEN PITIT AK KONFIDANSYALITE NAN SANTE REPWODIKTIF REZIME CHANJMAN YO

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: 1FES 64. Tab Number: 63 CE FES 1D: Document Title: Document Date: Haiti.

Florida History: Famous Floridians: Henry Morrison Flagler

(ii) Bay enfòmasyon ki klè konsènan kritè kondisyon kalifikasyon pou fè aplikasyon ak metòd pou aplike pou jwenn èd finansye;

Pou plis enfòmasyon, tanpri rele nan (305)

Kijan pou touche jijman lajan Collecting a Money Judgment Haitian Creole

APLIKASYON/RE-SÈTIFIKASYON NAN PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM, SNAP)

PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SNAP SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM (SNAP) APLIKASYON/RESÈTIFIKASYON

Gid pou Lè Gen Lanmò. Boston Medical Center Biwo Zafè Moun ki Mouri. Telefòn: Faks:

Règleman/Pwosedi Tit: Règleman Èd Finansye - Dat anvigè: Janvye 2016 Charity Care Depatman: Sik revni # Règleman: 2209 Paj 1 sou 17

Pati B Avi konsènan Mezi Pwoteksyon pou Paran ak Elèv Andikape yo

Èd Apre Dezas. FEMA 545 / Jiyè Gid Aplikan pou Pwogram Endividyèl & Familyal

NÒM DISIPLIN AK MEZI POU ENTÈVNI NAN TOUT VIL LA {KÒD DISIPLIN} Depatman Edikasyon vil Nouyòk. Joel I. Klein Chanselye Haitian Creole

Gid Politik Pou Elèv ak Fanmi yo

8 YÈM ANE NIVO ENTÈMEDYÈ

ST. VINCENT S MEDICAL CENTER. POLITIK KONSÈNAN ASISTANS FINANSYÈ Koumanse 9 me 2017

KONTRAKTE KI NAN FLORIDA K-AP TRAVAY NAN JADEN/ CHEF EKIP LIV POU ETIDYE POU EGZAMEN-AN

POU PLIS ENFOMASYON / parents/ spanish/ default.htm oswa ale nan: Rechech: Regleman Konduit Elev yo

James H. DeGraffenreidt, Jr. Prezidan Konsèy Administrasyon Edikasyon l Eta. Nancy S. Grasmick Sipè-entandan L Eta pou Lekòl

Evite kè sote moun genyen souvan nan afè bay tete

Lekòl Piblik Boston. Byenveni nan Lekòl Nou yo.

ekouvri Lekòl Piblik Boston Fanmi Boston gen chans pou yo gen plis chwa pou edikasyon pitit yo pase prèske tout lòt kote nan Etazini

DEZYÈM LIV KESYON KI BAZE SOU YON SERI DOKIMAN (DBQ) 16 NOVANM Ekri non w ak non lekòl ou an lèt majiskil sou liy ki anwo yo.

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

Moffitt Cancer Center

AETNA BETTER HEALTH SM FIDA PLAN Rezime sou Benefis pou 2017

Nou la pou ou. Manyèl pou Manm. Aetna Better Health of New York. aetnabetterhealth.com/newyork NY

LIV REGLEMAN SOU KONDWIT ELÈV

Liv Referans Anplwaye yo & Enfòmasyon sou Benefis

Ce document ne peut être reproduite et / ou adopté en tout ou en partie à condition qu'il n'y a pas de changement important dans le contenu, les

DWA AK RESPONSABILITE LOKATÈ

Manyèl Fanmi ak Elèv

GID POU LEKÒL PIBLIK BOSTON POU FANMI AK ELÈV

Chwazi yon Lekòl Segondè: Yon Mesaj pou Elèv ak Fanmi yo

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

KONTRA ANT WALT DISNEY PARKS AND RESORTS U.S. SERVICE TRADES COUNCIL UNION (REGILYE PART TIME) EFEKTIF 30 Mas, 2014

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

Vin jwenn nou pou yon randevou entènasyonal sou. Pwpozisyon pou Pri tikèt MBTA

DRAFT ETA FLORID PLAN CONSOLIDATED JULY 1, JUNE 30, 2020

6323 Seventh Avenue Brooklyn, NY 11220

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

Atelye MIT ap fè sou teknoloji pou metòd aprantisaj aktif ki chita sou resous pedagojik san baryè Le Plaza, Pòtoprens, Ayiti, janvye 2013

Sa se yon dokiman legal enpòtan. Tanpri gade li nan kote ki an sekirite.

SAMPLE LETTER TO PARENTS (USE SCHOOL LETTERHEAD) ELEMENTARY SCHOOL INTRODUCTORY LETTER FOR HGD UNIT KINDERGARTEN-FOURTH GRADE.

Prentan Sistèm sa a san danje, an sekirite, legal ak vit.

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

YON LEGLIZ KI AN SANTE KATRIYÈM EDISYON. Mark E. Dever. 525 A Street NE Washington, DC Phone (202) , FAX (202)

AmericasBarometer: Ayiti, 2010 Vanderbilt University Dwa resève.

Pou Tout Elèv Nou yo:

Emerante De Pradines: Good morning Mr. Watson. Emerante De Pradines: Bonjou Msye Watson.

West Boca Raton Community High School

Maladi Malarya: Enfòmasyon ou dwe konnen

AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Plan Avi Anyèl sou Chanjman ak Ti liv pou Patisipan pou 2017

CORNERSTONE, Level A: Haitian Creole Translations

Biwo Fonksyònman Lekòl Règ Komisyon Konsèy Lekòl 5500

Questionnaire number. MUNICIPIO. Komin: HAISEKSYON. Seksyon Kominal: HAISEC. Zòn [optionel] HAISEGMENTO. Segman Recensman [Kod Oficiel Recensman an]

C h a p i t 5 Prevansyon enfeksyon. Nan chapit sa a: Prevansyon enfeksyon sove la lav Prevni enfeksyon lè w evite jèm...52

PINGA OU VIRE PAJ SA A TOUTOTAN YO POKO DI W VIRE L.

ISTWA ETAZINI AK GOUVÈNMAN

TANPRI PATAJE DOKIMAN SA Disponib an Panyòl, Kreyòl, oubyen Gwo Postè sou Demann

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

Sa Kap Swiv la se Manyèl de Baz Elèv ak Fanmi ki kouvri Règ Debaz ak Règleman Lekòl City on a Hill

Egzèsis sou ADN Glikozilaz - nivo 1-2

4THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

Gid Byenveni. Preparasyon pou tan w ap pase a

ISTWA AK JEWOGRAFI JENERAL

Klas 6 yèm pou 12 yèm ane

VIL PEYI DAYITI YO:AKSYON POU JODI A AK YON KOUDÈY SOU DEMEN REZIME

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY LIV ENFÒMASYON POU PARAN AK ELÈV (TYPE ALL CAPS) INSERT SCHOOL NAME INSERT SCHOOL ADDRESS INSERT SCHOOL OFFICE NUMBER

Manyèl Elèv ak Fanmi Vèsyon Rezime

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN VIVAN. Vandredi 28 janvye :15 pou 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Jedi, 29 janvye :15 a.m. pou 12:15 p.m.

Konsey Pou Prepare w Pou Siklon

PWOGRAM ANSEYMAN ENDIVIDYALIZE (IEP) DEPATMAN ANSEYMAN LETA MARYLAND (MSDE) DIVIZYON ANSEYMAN ESPESYAL / SÈVIS ENTÈVANSYON BONÈ

GID PARAN ak GADÒ Lekòl Piblik Somerville. 8 Bonair Street Somerville, MA

Klas 6 yèm ane pou 12 yèm ane

POU ELÈV LEKÒL MWAYÈN AK LEKÒL SEGONDÈ YO NAN LEKÒL PIBLIK BOSTON

Non Elèv la. Non Lekòl la

Gid Chwa ak Enskripsyon. Chemen Enskripsyon An

MINUSTAH: Èske se yon fòs k ap mentni lapè, Oubyen k ap conspire kont li?

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAM VIVAN

Katalòg Pwodwi Sante pou Ane 2015

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

EVCS Nouvèl. ~ Byenvini~

Is Konektikèt GID POU SA KI FÈK VINI YO. Sa se yon gid sou tout vil, minisipalite, ak lòt sèvis kin nan zòn Is Konektikèt la

GID PREPARASYON KADIJANS LAFLORID

AYITI: LIBETE AK KREYATIVITE SOTI NAN MON RIVE NAN LANME

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 23 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

Kontni. Prepare ou: Kreye yon Plan pou Katastwòf Yon Plan pou Moun ki Enfim Definisyon Sitiyasyon Ijans Evakyasyon...

Plan AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Anyè ki gen enfòmasyon pou Pwofesyonèl Swen Sante ak Famasi pou Ane 2016

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 26 janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

Transcription:

PLANNING ORGANIZATIO BOSTON REGION MPO NMETROPOLITAN BOSTON REGION METROPOLITAN PLANNING ORGANIZATION Stephanie Pollack, MassDOT Secretary and CEO and MPO Chair Karl H. Quackenbush, Executive Director, MPO Staff Pwosedi pou Pote Plent State Transportation Building Ten Park Plaza, Suite 2150 Boston, MA 02116-3968 Tel. (857) 702-3700 Fax (617) 570-9192 TTY (617) 570-9193 www.bostonmpo.org

Entwodiksyon Chapit sa a dekri pwosedi MassDOT sèvi yo, pou trete ak pran desizyon sou plent moun pote pou diskriminasyon dapre Tit 6 [Title VI] la. Pwosedi sa yo fèt yon jan pou fè pleyan ak defandè yo jwenn yon solisyon dapre yon metòd ekitab. Metòd ki dekri la yo te korije an 2017, kòm yon pati nan travay kolaborasyon ant inite ODCR pou Tit 6 la ak ekip ki responsab pou mennen ankèt yo. Nan yon lespri inifòmite ak transparans, anplwaye ODCR yo te travay pou rive fè chapit nan pwosedi pou plent nan tout pwogram kont diskriminasyon nan gouvènman federal ansanm ak nan Eta yo (tankou Tit 6 ak Tit 7) kenbe menm lespri a, epi pou yo prezante nan yon jan ki pèmèt moun nan piblik la konprann yo fasil. Objektif ak Posiblite pou Aplikasyon Objektif chapit sa a, se pou tabli pwosedi pou trete ak pran desizyon sou toude kalite plent pou diskriminasyon sa yo: plent dirèk yo pote devan MassDOT, ak plent MassDOT resevwa delegasyon otorite pou li trete dapre Tit 6 nan Lwa sou Dwa Sivik 1964 la [Civil Rights Act of 1964 (Title VI)], ansanm ak otorite li resevwa dapre règleman Eta ak gouvènman federal la, tankou Lwa pou Moun Andikape nan Etazini yo [Americans with Disabilities Act (ADA)]. Pwosedi sa yo dekri pwosesis administratif ki fèt pou idantifye ak eliminen diskriminasyon nan pwogram ak nan aktivite gouvènman federal la finanse. Pwosedi sa yo pa louvri chimen pou pèmèt moun ki pote plent yo jwenn konpansasyon pèsonnèl, tankou sanksyon poutèt abi yo fè yo, ni konpansasyon lajan; yo pa anpeche moun ki pote plent yo ale pote plent bay lòt ajans nan Eta a, oswa lòt ajans gouvènman; yo pa anpeche moun ki pote plent yo non plis, pou yo pran yon avoka prive, pou ede yo regle ka diskriminasyon yo vle rapòte. Pwosedi ki dekri nan dokiman sa a aplikab pou MassDOT ak filyal li yo, kontraktè li yo, ak soutretan li yo nan jan y ap mennen pwogram ak aktivite gouvènman federal la finanse. Nan travay y ap fè dapre Tit 6 la, soutretan ki resevwa asistans federal nan men MassDOT yo dwe sèvi avèk pwosedi sa yo, pou trete plent moun pote. Lè yo fè sa, soutretan yo rekonnèt obligasyon yo genyen pou bay moun nan piblik la yon chans pou yo pote plent kont sa yo kwè ki vyolasyon prensip kont diskriminasyon yo nan tout pwogram, sèvis, ak aktivite ògànizasyon yo ap fè. Dapre direktiv gouvènman federal la, soutretan k ap administre finansman ki anrapò avèk transpò yo byen konprann yo gen otorite pou yo trete plent moun pote dapre Tit 6 la, epi pou yo fè MassDOT, ki reprezante yo, konnen plent yo resevwa, ansanm ak rezilta pandan ankèt ap mennen sou ka sa yo. Soutretan k ap administre finansman ki anrapò avèk transpò sou granwout yo byen konprann yo pa gen otorite pou mennen ankèt sou reklamasyon ki fèt kont pwòp ògànizasyon yo dapre Tit 6 (sa ki vle di, lè se pwòp ògànizasyon yo ki defandè oswa ki akize dèske li te patisipe nan vyolasyon kont Tit 6 la). Tout reklamasyon konsa yo dwe transfere bay MassDOT, pou li deside ki kote ki pral gen otorite pou mennen ankèt la. Soutretan k ap administre finansman ki anrapò avèk transpò sou granwout yo toujou gen dwa pou yo konsidere deklarasyon vyolasyon dapre Tit 6 yo tankou yon kesyon kontwòl ak/oswa obsèvasyon règleman entèn, men yo pa gen dwa pran okenn desizyon sou ka ki kapab se vyolasyon dapre Tit 6 la. MassDOT ankouraje tout soutretan yo kominike avèk Espesyalis ODCR

pou Tit 6 la, avèk Direktè Pwogram Federal yo, ak/oswa avèk Direktè Envestigasyon an si yo resevwa yon plent dapre Tit 6 la, pou yo kapab sèten ka a trete yon jan ki kòrèk. Definisyon: Pleyan [Complainant] Se yon moun ki pote yon plent bay MassDOT. Plent [Complaint] Se yon deklarasyon ekri oubyen elektwonnik sou sa yo rapòte kòm yon ka diskriminasyon, ki genyen yon demann pou biwo ki resevwa plent lan pran yon aksyon. Lè moun ki pote plent lan se yon moun andikape, sa yo rele plent lan kapab fèt tou nan yon fòma altènatif ki koresponn avèk andikap pleyan an genyen an. Diskriminasyon [Discrimination] Se aksyon oubyen inaksyon, kit li fèt avèk oubyen san entansyon, kote yon moun ki nan Etazini sibi yon tretman ki pa menm ak lòt moun, oswa resevwa yon lòt kalite sèvis nan nenpòt pwogram oswa nenpòt aktivite ki resevwa asistans federal, sèlman poutèt ras moun lan, koulè li, peyi li soti, oswa poutèt lòt rezon ki kouvri dapre lòt règleman kont diskriminasyon, tankou si moun lan se gason oubyen fi, laj li, oubyen andikap li genyen. Administrasyon pou Operasyon [Operating Administrations] Se ajans nan Depatman Transpò Etazini [U.S. Department of Transportation], tankou Administrasyon Federal pou Granwout [Federal Highway Administration (FHWA)], ak Administrasyon Federal pou Transpò [Federal Transit Administration (FTA)], ak Administrasyon Federal pou Wout Tren [Federal Rail Administration (FRA)], ak Administrasyon Nasyonnal pou Sekirite nan Sikilasyon sou Granwout [National Highway Traffic Safety Administration (NHTSA)], ki finanse pwogram oswa aktivite pou transpò. Defandè [Respondent] Se moun, oswa ajans, oswa enstitisyon, oswa ògànizasyon yo di ki fè dikriminasyon an. Pou Depoze yon Plent Seksyon sa a esplike an detay pwosedi Depatman Transpò Massachusetts la [Massachusetts Department of Transportation (MassDOT)] sèvi pou trete plent pou diskriminasyon dapre Tit 6 la (diskriminasyon ki fèt poutèt ras yon moun, peyi li soti, oswa tou lang li pale) ak plent pou diskriminasyon yo di ki fèt dapre lòt dispozisyon federal ankò (tankou laj, si moun lan se gason oubyen fi, oubyen andikap li genyen). Lwa ak règleman federal ki gouvènen Tit 6 nan Lwa sou Dwa Sivik 1964 la [Title VI of the Civil Rights Act of 1964 (Title VI)] mete responsablite pou kowòdinasyon jenneral pou ankèt sou plent pou dwa sivik yo nan men Depatman Lajistis Etazini [United States Department of Justice], ki travay an kolaborasyon avèk ajans federal ki egzekite responsablite sa yo. Nan sektè transpò a, otorite pou mennen ankèt konsa chita nan men Depatman Transpò Etazini [US Department of Transportation (US DOT)] ansanm ak ajans li yo pou diferan mòd transpò, tankou Administrasyon Federal pou Granwout [Federal Highway Administration (FHWA)], ak Administrasyon Federal pou Transpò [Federal Transit Administration (FTA)]. An konfòmite avèk sa USDOT mande yo, FHWA ak FTA tabli règleman ak

direktiv ki egzije bennefisyè ak soutretan pou asistans federal yo, pou yo defini pwosedi pou trete plent moun pote devan yo dapre Tit 6. Pwosedi pi ba la yo, ki ekri dapre pwosedi pou plent ki rekòmande epi ki adopte nan Depatman Lajistis Etazini [US Department of Justice (US DOJ)], fèt yon jan pou pèmèt moun jwenn yon chans nòmal pou fè konnen plent yo, ki aplike yon metòd ekitab ni pou pleyan an, ni pou defandè a. Anplis pwosedi fòmèl pou rezoud plent ki dekri la a, MassDOT pran aksyon afimatif pou jwenn solisyon enfòmèl pou tout plent ki pote dapre Tit 6, lè sa posib. Pwosesis pou Pote Plent lan 1. Kimoun ki kapab depoze yon plent? NENPÒT moun nan piblik la, ansanm ak tout kliyan, demandè enskripsyon, kontraktè, oswa bennefisyè segondè MassDOT ki kwè yomenm, oswa yon moun yo konnen, oswa yon klas moun te resevwa move sèvis oswa yon tretman ki pa ekitab poutèt ras yo, koulè yo, oswa peyi kote yo soti (sa ki vle di tou, moun ki pa pale angle byen) an vyolasyon Tit 6 nan Lwa sou Dwa Sivik 1964 la [Title VI of the Civil Rights Act of 1964], anrapò avèk lwa ak direktiv nan Eta a, oswa avèk régleman MassDOT pou Prevansyon kont Pèsekisyon poutèt Diskriminasyon [Discrimination Harassment Prevention (ADHP)]. Tit 6 ak Règleman ADHP yo defann tou pou fè vanjans kont yon moun nan piblik la poutèt ras, koulè, oswa peyi kote moun lan soti. 2. Kouman pou mwen depoze yon plent? Ou ka depoze yon plent devan youn nan kote sa yo: Boston Region Metropolitan Planning Organization Title VI Specialist 10 Park Plaza, Suite 2150 Boston, MA 02116 Email: eharvey@ctps.org Phone: 857-702-3700 The MassDOT Title VI Specialist (Espesyalis pou Tit 6 nan MassDOT) MassDOT Office of Diversity and Civil Rights (Biwo MassDOT pou Divèsite ak Dwa Sivik) 10 Park Plaza, Suite 3800 Boston, MA 02116 Telefòn: 857-368-8580, oswa 7-1-1 pou Relay Service (Sèvis Relè). Adrès elektwonnik: MassDOT.CivilRights@state.ma.us The MassDOT Office of Diversity and Civil Rights - Investigations Unit (Biwo MassDOT pou Divèsite ak Dwa Sivik - Inite pou Ankèt) Assistant Secretary of Diversity & Civil Rights, MassDOT (Sekretè Adjwen pou Divèsite ak Dwa Sivik, MassDOT) 10 Park Plaza, Suite 3800 Boston, MA 02116 Adrès elektwonnik: odcrcomplaints@dot.state.ma.us

The Federal Highway Administration (Administrasyon Federal pou Granwout) Federal Highway Administration (Administrasyon Federal pou Granwout) U.S. Department of Transportation (Dapatman Transpò Etazini) Office of Civil Rights (Biwo pou Dwa Sivik) 1200 New Jersey Avenue, SE 8th Floor E81-105 Washington, DC 20590 Adrès elektwonnik: CivilRights.FHWA@dot.gov Telefòn: 202-366-0693 The Federal Transit Administration (Administrasyon Federal pou Transpò) Federal Transit Administration (Administrasyon Federal pou Transpò) U.S. Department of Transportation (Dapatman Transpò Etazini) Office of Civil Rights (Biwo pou Dwa Sivik) Attention (Atansyon): Ekip pou Plent East Building, 5th Floor - TCR 1200 New Jersey Avenue, SE Washington, DC 20590 Remak: Lè FTA resevwa yon plent dapre Tit 6, ki anrapò avèk MassDOT, oswa avèk yon soutretan, oswa avèk yon kontraktè, FTA kapab mande pou MassDOT mennen yon ankèt sou zafè a. Si yo depoze yon plent dapre Tit 6 devan MassDOT pou fè rapò sou yon vyolasyon Divizyon pou Granwout [Highway Division] MassDOT la komèt, lè sa a yo pral voye plent lan bay Biwo Divizyon FHWA lokal la, ki pral voye li bay Biwo Katye Jenneral pou Dwa Sivik FHWA a [Headquarters Office of Civil Rights (HCR)] pou li trete plent lan. Si MassDOT resevwa yon plent dapre Tit 6 ki depoze kont yon soutretan nan Divizyon pou Granwout MassDOT la, lè sa a MassDOT kapab trete plent lan ak mennen yon ankèt oubyen voye li nan HCR pour yo fè yon ankèt. 3. Kisa mwen dwe mete nan yon plent? Ou ka jwenn yon fòmilè elektwonnik pou Plent kont diskriminasyon dapre Tit 6 nan pòtay Entènèt MassDOT la (http://www.massdot.state.ma.us/officeofcivilrights/titlevi/fileacomplaint.aspx) oswa yon fòmilè sou papye nan biwo Espesyalis MassDOT pou Tit 6 ki nonmen pi wo a. Osinon, ou ka remèt yon plent nan yon lèt ki ekri nan yon lòt fòma, ki dwe genyen: Non, siyati, ak enfòmasyon ki valab kounye a si pou yo kontakte w (tankou nimewo telefòn ak adrès potal ou);

Non ak nimewo idantifikasyon (si li genyen, epi si ou konnen li) moun ou kwè ki fè vyolasyon an; Yon deskripsyon ki di kouman, kilè, ak ki kote aksyon ou kwè ki vyolasyon an rive; Yon deskripsyon detaye ki di pou kisa ou kwè yo pa te trete w menm jan ak tout moun; Non ak enfòmasyon pou kontakte nenpòt ki temwen ou ka bay; epi Nenpòt ki lòt enfòmasyon ou kwè ki kapab anrapò avèk plent ou pote a. A. Si moun k ap pote plent lan pa kapab bay yon deklarasyon ekri, li ka pote yon plent nan bouch nan Biwo pou Divèsite ak Dwa Sivik la [Office of Diversity & Civil Rights (ODCR)]. Pleyan yo pral gen yon entèvyou avèk yon Anketè Dwa Sivik [Civil Rights Investigator (CRI)]. Si pleyan an bezwen sa, CRI ka ede l mete plent nan bouch li a sou papye. Pleyan an dwe siyen tout plent li pote. B. Plent anonim yo kapab fèt menm jan an. Plent anonim yo pral pase nan yon ankèt menm jan ak nenpòt ki lòt plent. C. Yo kapab aksepte plent ki pote nan nenpòt ki lang yo rekonnèt. Ou ka jwenn fòmilè pou plent ki nan plizyè lang. 4. Konbyen tan mwen genyen pou mwen depoze yon plent? A. Si ou vle depoze yon plent pou rapòte sa ou kwè ki yon vyolasyon prensip nan Tit 6 ak/oswa nan ADHP MassDOT la, ou dwe depoze li anvan san katreven (180) jou pase apre dat vyolasyon ou kwè ki rive a. B. Si yon plent ap fèt kont yon aksyon ki sanble yon vyolasyon lwa Eta oswa lwa federal yo, li dwe depoze pandan tan ki tabli nan règ, ak nan règleman, oswa nan lwa sou ka konsa yo. 5. Kouman yo pral trete yon plent mwen pote? Lè yo resevwa yon plent, yo mete ka a nan men yon Anketè Dwa Sivik [Civil Rights Investigator (CRI)]. CRI a pral A. Pran desizyon sou dwa jiridiksyon: ODCR gen dwa jiridiksyon si pleyan an: 1) ankòz nan yon deklarasyon oswa nan yon aksyon ki vyole: obligasyon legal ak angajman MassDOT nan anpeche diskriminasyon, pèsekisyon, oswa vanjans poutèt youn nan karakteristik ki gen pwoteksyon nenpòt ki jan, nan sèvis Ajans lan fè pou piblik la; oswa

angajman soutretan ak kontraktè yo pran, nan travay y ap fè avèk MassDOT pou respekte prensip MassDOT; EPI 2) plent lan depoze anvan tan an pase pou sa. B. Fè konnen li resevwa plent lan, epi deside sou jiridiksyon konpetan an anvan dis (10) jou pase apre li resevwa plent lan. Si CRI a wè yon plent pa gen posiblite pou li montre gen yon vyolasyon dwa sivik ki rive, CRI a ap fè pleyan an ak Espesyalis pou Tit 6 la konnen sa nan yon lèt, epi zafè a ap rete kanpe la. C. Mennen yon ankèt total sou deklarasyon ki nan plent lan, dapre pwosedi entèn MassDOT sou plent yo. 6. Konklizyon ak Rekòmandasyon Lè ankèt la fini, CRI pral voye bay pleyan an ak bay defandè a youn nan twa lèt sa yo, sou konklizyon li jwenn yo: A. Yon lèt rezolisyon, ki pral esplike ki aksyon defandè a pran oubyen pral pran pou satisfè sa Tit 6 la mande. B. Yon lèt sou konklizyon, si yo wè defandè a satisfè sa Tit 6 la mande. Lèt sa a pral esplike pou kisa yo wè defandè a satisfè kondisyon ki nesesè yo, epi l ap fè pleyan an konnen dwa li pou mande yon apèl. C. Yon lèt sou konklizyon, si yo wè defandè a pa satisfè kondisyon ki nesesè yo. Lèt sa a pral genyen ladan yon referans pou chak vyolasyon, k ap montre règleman ki aplikab la; yon deskripsyon kout sou konklizyon ak rekòmandasyon yo, ak konsekans k ap genyen si yon moun pa pote koreksyon an volontèman; epi yon pwopozisyon pou asistans nan tabli yon plan pou koreksyon an, si sa nesesè. 7. Èske mwen ka mande yon apèl kont konklizyon an? Si yon pleyan oswa yon defandè pa dakò avèk konklizyon CRI la, li ka fè yon apèl devan Sekretè Adjwen pou Divèsite ak Dwa Sivik la [Assistant Secretary of Diversity & Civil Rights]. Moun ki fè apèl la dwe bay tout nouvo enfòmasyon yo pa te kapab jwenn fasil pandan yo t ap mennen premye ankèt la, ki ta kapab lakòz MassDOT retounen gade desizyon yo pran an. Lè gen yon demann apèl k ap fèt, yo dwe prezante demann lan, ansanm ak nouvo enfòmasyon yo, anvan

swasant (60) jou pase apre dat yo te voye lèt ki gen desizyon an. Lè li fin gade enfòmasyon sa yo, MassDOT ap reponn swa nan yon lèt kote li korije desizyon an, swa nan yon notifikasyon pou fè moun ki fè apèl la konnen desizyon oswa konklizyon an ap rete menm jan.