UNIT 1, READING 1 Powèm sa a pale de yon tigason ki rele Hector k ap viv andedan vil la. Hector renmen vil la epi li vizite anpil etablisman nan kominote a. Li ale nan pak la ak nan magazen fwi yo. Li monte otobis epi li wè ti kamyonèt la pòs la. Aprè sa li rete pou pran yon ti krèm glase. UNIT 1, READING 2 Lekti sa a pale de yon klas plen timoun ki sòti tou patou nan lemonn. Pwofesè a te montre chak nan yo yon bagay amizan. Hana ak Carlos tris paske yo poko konnen okenn moun. Hana sòti Ojapon e Carlos sòti nan Meksik. Nan lafen, Hana te aprann Carlos origami epi Carlos te aprann Hana pou kwit yon desè. Toude te kontan. UNIT 1, READING 3 Lekti sa a pale sou yon gwo fanmi ki renmen selebre okazyon espesyal. Yo fè fèt pou jou nesans, babekwu, oswa yo sèlman fè yon fèt lakay yo. Yo manje anpil, yo fè anpil bri, epi yo amize yo. UNIT 1, READING 4 Lekti sa a pale sou lekòl tout patou nan lemonn yo. Li pale sou lekòl nan peyi Nepal, peyi Lachin, ak peyi Soudan. Tout lekòl sa yo gen resanblans ak diferans.
UNIT 2, READING 1 Lekti sa se sou yon fanmi ki gen yon pwoblèm nan jaden ki nan vwazinaj la. Zwazo yo ap plede manje tout plant nan jaden an. Pou rezoud pwoblèm sa a, fanmi an te fè yon epouvantay pou efreye zwazo yo. Epouvantay la mache byen, men kounye a zwazo yo grangou. Fanmi an fè yon filon nouriti pou zwazo yo, epi zwazo yo vin gen kè kontan. UNIT 2, READING 2 Lekti sa se sou yon lapen ak yon lyon. Lyon an te kenbe lapen an epi li te eseye manje li. Lyon an di lapen an ke li se wa lan forè a. Lapen an ki mètdam krapònen lyon an li di refleksyon foto li ki nan dlo pwi an se li menm ki wa lan forè a. Lyon an kwè refleksyon li an se pa wa a. Lyon an plonje nan pwi an pou atake refleksyon an. Lapen an te fè yon bon kout mètdam sou lyon an. UNIT 2, READING 3 Nan lekti sa a karaktè prensipal yo se Van Dinò ak Solèy la. Van Dinò an annwiye epi li deside pou bay Solèy la defi. Van Dinò an wè yon dam ki mete yon chapo epi li di solèy la li kapab fè dam la retire chapo a anpremye. Van Dinò an kòmanse soufle, men dam la kenbe chapo a sou plas. Lè se te tou solèy la, li briye fò epi dam la retire chapo li an. Dam la te fè van sou tèt li ak chapo an. Van Dinò an lè sa a fè yo ti briz. Nan lafen lekti a, Van Dinò an konprann ke tou de limenm ak Solèy la gen djòb enpòtan. UNIT 2, READING 4 Powèm sa a se sou tout bagay ki ka rive lan yon ane. Yon ane de sa moun k ap fè lekti a pat kapab naje, men kounye a li kapab. Li te konn oblije kwoke kòl sou yon bato oswa yon kannòt, men kounye a li ka naje san okenn èd. Se yon bon bagay lè ou pa gen pou gade moun k ap pase kote w.
UNIT 3, READING 1 Lekti sa a dekri kouman yon papiyon ak yon krapo grandi epi yo chanje pandan kous lavi yo. Papiyon an kòmanse ak yon ze, ki vin kale epi vin tounen yon cheni. Cheni a aprè sa vin kouvri kò li ak krisalis avan li finalman vin tounen yon papiyon. Krapo an tou te kòmanse ak yon ze men byen vit li vin tounen yon teta. Pandan teta a grandi janm epi deplase sou tè, li vin tounen yon krapo. UNIT 3, READING 2 Powèm sa a pale de anpil zannimo diferan ak bitasyon yo. Kèlkeswa si se yon chyen oswa yon balèn, powèm lan fini pa di nou kouman sa se yon bèl bagay pou wè diferan zannimo nan bitasyon yo. UNIT 3, READING 3 Kamouflaj se pwen prensipal nan lekti sa a. Li montre zannimo diferan ak kouman yo itilize kamouflaj pou ede tèt yo. Gen kèk zannimo ki itilize kamouflaj pou pwoteje yo kont mawodè yo, pandan lòt itilize sa pou kenbe viktim yo. UNIT 3, READING 4 Tout moun konprann ibou yo toujou fè chas nan nwit. Lekti sa a montre kouman ibou yo te konn chase pandan lajounen. Ibou yo pat konn toujou gen plim sou yo epi yo pat kapab sòti nan nwit paske li te fè frèt. Yon nwit, tout zwazo nan forè a te bay ibou an yo chak yonn nan plim yo pou li te ka ale nan fèt yo an. Depi jou sa a, ibou yo te kòmanse chase nan nwit. Ibou yo pè ke zwazo yo pral mande yo pou remèt plim yo si zwazo yo wè yo pandan lajounen.
UNIT 4, READING 1 Lekti sa a pale sou plizyè òganizasyon ki pran ansyen bisiklèt, repare yo, epi bay yo kòm donasyon. Menm lè you fè kado bisiklèt yo refè tou nèf yo, yo fè kado kaskèt tou epi yo bay leson kijan pou kondwi bisiklèt san danje. Yo menm voye bisiklèt yo nan lòt peyi kote yo bezwen sa. Menm timoun ranje bisiklèt yo pou ede nan gran efò sa a. UNIT 4, READING 2 Lekti sa a kesyone si wi ou non zannimo yo entelijan oswa si yo sèlman fèt ak ensten. Syantis yo nan lekti sa a etidye gragra. Syantis yo ap eseye pou konprann eske gragra yo sèvi ak ensten ou byen eske yo ka vrèman rezoud pwoblèm yo. Syantis yo pral bezwen fè plis tès pou ka rive jwen yon bon konklizyon. UNIT 4, READING 3 Lekti sa a pale sou tout bagay Natif Endyen Ameriken yo fè ki rakonte istwa yo. Lan pami bagay sa yo gen kaptive rèv, tipi, panye, tapi, ak kouvreli matlase yo. Chak bagay oswa foto pale yon bagay sou istwa Natif Endyen Ameriken yo. UNIT 4, READING 4 Leonardo da Vinci te yon atis pent. Li te yon bon jan syantis tou. Anpil lan bagay nou itilize jodi ya egziste akòz kesyon Leonardo da Vinci te poze 500 ane de sa. Li te kenbe tout kesyon li yo nan yon kaye. Li te gen plan pou yon machin ki ka vole lè li te konn gade zwazo yo k ap vole.
UNIT 5, READING 1 Lekti entènasyonal sa a poze epi li reponn anpil kesyon sou latè ak nan syèl la. Nan lekti sa a, moun yo aprann sou lalin la, solèy la, ak zetwal yo. Li pale sou planèt yo ak sistèm solè a. Lekti sa a bay enfòmasyon anpil. UNIT 5, READING 2 Lekti sa a se sou yon nèg yo rele Franklin Chang-Diaz. Aprè li te fin wè Sputnik deplase, rèv li se te pou li vin tounen yon astwonòt. Ak anpil etid e travay di, rèv li an te vin tounen reyalite. An 1986 li te yon astwonòt nan vwayaj Columbia a. Franklin renmen gade Latè pandan li anwo nan lespas. UNIT 5, READING 3 Lekti sa pa pale sou twa fab yo fè sou solèy, lalin, ak syèl la. Premye fab la se sou yon tifi ki grenpe sou yon akansyèl pou rive sou lalin. Pandan li sou lalin la, li bat kòs jiskaske li te vin yon twal mou. Li jete twal la lan tout syèl la, epi se konsa nyaj yo te fòme. Ostralyen yo rakonte fab lalin la. Yon jou Baloo, Lalin la, te eseye antre lan yon kannòt avèk de tifi. Baloo te tonbe nan dlo an epi tifi yo te ri li. Baloo te tèlman wont ke li te kache nan syèl la. Pafwa li montre vizaj li, men tou li vin wont epi li cache akò. Dènye fab la pale de solèy ak lalin la. Manman Latè te gen de pitit, li te renmen anpil. Li te voye yo nan syèl la. Piti gason li an te vin tounen solèy la epi piti fi an te vin tounen lalin la. UNIT 5, READING 4 Istwa kout sa pale sou lalin la. Li fè moun konnen ke fòm lalin la pa janm chanje. Lalin la vire alantou latè, epi limyè solèy la frape lalin la. Sou Latè, nou wè diferan pati lan lalin la ki limen, yo rele sa faz lalin yo.
UNIT 6, READING 1 Lekti sa a pale de yon Festival pou Atis ki fèt chak ane nan Red Tree. Moun yo fè pankat pou fè reklam pou festival la. Gen yon konkou ki rele fè-pwòpmaryonèt ou. Paran ak timoun yo pran klas pou vin atis ansanm nan festival la. UNIT 6, READING 2 Lekti sa a pale sou kouman pou fè yon maryonèt. Li pale w sou kisa ou bezwen pou fè yon maryonèt. Li bay detay an kat etap sou kouman pou fè yon maryonèt. UNIT 6, READING 3 Lekti sa a pale sou Festival Mizik la ki rele River City. Tèm pou festival ane sa se yon tèm entènasyonal. Li kòmanse ak yon gwoup ki jwe mizik djaz, epi kontinye ak yon Òkès maryatchi. La tou te genyen yon Firehouse Brass Quartet ansanm ak yon dans moun peyi Lezend. Te gen dansè peyi Irland ak yon tanbourye Laten. Festival la te kòmanse nan Samdi maten epi li te kontinye jiska Dimanch swa. UNIT 6, READING 4 Lekti sa a fèt ak plizyè nòt nan jounal yon patisipan nan yon festival pou atis te ekri. An premye ekriven an pat si festival la t ap anfòm, men lè li kite tèt li patisipe, li vin reyalize li te gen anpil plezi. Li te kontan patisipe nan festival pou atis yo.