Règleman Asistans Finansye & Faktirasyon/Règleman sou Koleksyon. Règleman sou Asistans Finansye

Similar documents
(ii) Bay enfòmasyon ki klè konsènan kritè kondisyon kalifikasyon pou fè aplikasyon ak metòd pou aplike pou jwenn èd finansye;

Financial Assistance Documents Texas Health Huguley

Amplwayè: Amplwaye: Dat Pèt: Nimewo Dosye: Nimewo Ka Leta:

ST. VINCENT S MEDICAL CENTER. POLITIK KONSÈNAN ASISTANS FINANSYÈ Koumanse 9 me 2017

REZIME AVI DEPATMAN TIMOUN AK FANMI FLORIDA RÈGLEMAN KONSÈNAN RÈGLEMAN SOU ENFÒMASYON AK JESYON PRIVE AK PWOTEKSYON ENFÒMASYON PÈSONÈL SOU SANTE

Règleman/Pwosedi Tit: Règleman Èd Finansye - Dat anvigè: Janvye 2016 Charity Care Depatman: Sik revni # Règleman: 2209 Paj 1 sou 17

FLORIDA HEALTHY KIDS CORPORATION AVI SOU PRATIK PWOTEKSYON EFÒMASYON PRIVE

Moffitt Cancer Center

Gid Paran pou Jadendanfan Volontè

Pou plis enfòmasyon, tanpri rele nan (305)

BOSTON REGION METROPOLITAN PLANNING ORGANIZATION

Kijan pou touche jijman lajan Collecting a Money Judgment Haitian Creole

Chanselye a ELÈV KI ANSENT OUBYEN KI GEN PITIT AK KONFIDANSYALITE NAN SANTE REPWODIKTIF REZIME CHANJMAN YO

SEKSYON PRATIK POU F È APÈL NAN BAWO FLORID LA

APLIKASYON/RE-SÈTIFIKASYON NAN PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM, SNAP)

PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SNAP SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM (SNAP) APLIKASYON/RESÈTIFIKASYON

Florida Healthy Kids (Timoun Ansante nan Florid) Liv pou Manm yo Mwa me 2018 Sèvis Kliyantèl:

Sa se yon dokiman legal enpòtan. Tanpri gade li nan kote ki an sekirite.

Nou la pou ou. Manyèl pou Manm. Aetna Better Health of New York. aetnabetterhealth.com/newyork NY

Pati B Avi konsènan Mezi Pwoteksyon pou Paran ak Elèv Andikape yo

Florida History: Famous Floridians: Henry Morrison Flagler

Gid pou Lè Gen Lanmò. Boston Medical Center Biwo Zafè Moun ki Mouri. Telefòn: Faks:

Èd Apre Dezas. FEMA 545 / Jiyè Gid Aplikan pou Pwogram Endividyèl & Familyal

Manyèl Fanmi ak Elèv

AETNA BETTER HEALTH SM FIDA PLAN Rezime sou Benefis pou 2017

KONTRA ANT WALT DISNEY PARKS AND RESORTS U.S. SERVICE TRADES COUNCIL UNION (REGILYE PART TIME) EFEKTIF 30 Mas, 2014

Gid Politik Pou Elèv ak Fanmi yo

6323 Seventh Avenue Brooklyn, NY 11220

NÒM DISIPLIN AK MEZI POU ENTÈVNI NAN TOUT VIL LA {KÒD DISIPLIN} Depatman Edikasyon vil Nouyòk. Joel I. Klein Chanselye Haitian Creole

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: 1FES 64. Tab Number: 63 CE FES 1D: Document Title: Document Date: Haiti.

James H. DeGraffenreidt, Jr. Prezidan Konsèy Administrasyon Edikasyon l Eta. Nancy S. Grasmick Sipè-entandan L Eta pou Lekòl

DWA AK RESPONSABILITE LOKATÈ

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

Lekòl Piblik Boston. Byenveni nan Lekòl Nou yo.

AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Plan Avi Anyèl sou Chanjman ak Ti liv pou Patisipan pou 2017

KONTRAKTE KI NAN FLORIDA K-AP TRAVAY NAN JADEN/ CHEF EKIP LIV POU ETIDYE POU EGZAMEN-AN

ekouvri Lekòl Piblik Boston Fanmi Boston gen chans pou yo gen plis chwa pou edikasyon pitit yo pase prèske tout lòt kote nan Etazini

DRAFT ETA FLORID PLAN CONSOLIDATED JULY 1, JUNE 30, 2020

SAMPLE LETTER TO PARENTS (USE SCHOOL LETTERHEAD) ELEMENTARY SCHOOL INTRODUCTORY LETTER FOR HGD UNIT KINDERGARTEN-FOURTH GRADE.

Liv Referans Anplwaye yo & Enfòmasyon sou Benefis

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

DEZYÈM LIV KESYON KI BAZE SOU YON SERI DOKIMAN (DBQ) 16 NOVANM Ekri non w ak non lekòl ou an lèt majiskil sou liy ki anwo yo.

GID POU LEKÒL PIBLIK BOSTON POU FANMI AK ELÈV

Chwazi yon Lekòl Segondè: Yon Mesaj pou Elèv ak Fanmi yo

Evite kè sote moun genyen souvan nan afè bay tete

Vin jwenn nou pou yon randevou entènasyonal sou. Pwpozisyon pou Pri tikèt MBTA

TANPRI PATAJE DOKIMAN SA Disponib an Panyòl, Kreyòl, oubyen Gwo Postè sou Demann

Atelye MIT ap fè sou teknoloji pou metòd aprantisaj aktif ki chita sou resous pedagojik san baryè Le Plaza, Pòtoprens, Ayiti, janvye 2013

POU PLIS ENFOMASYON / parents/ spanish/ default.htm oswa ale nan: Rechech: Regleman Konduit Elev yo

Sa Kap Swiv la se Manyèl de Baz Elèv ak Fanmi ki kouvri Règ Debaz ak Règleman Lekòl City on a Hill

LIV REGLEMAN SOU KONDWIT ELÈV

Gid Byenveni. Preparasyon pou tan w ap pase a

Prentan Sistèm sa a san danje, an sekirite, legal ak vit.

Klas 6 yèm pou 12 yèm ane

Maladi Malarya: Enfòmasyon ou dwe konnen

Pou Tout Elèv Nou yo:

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY LIV ENFÒMASYON POU PARAN AK ELÈV (TYPE ALL CAPS) INSERT SCHOOL NAME INSERT SCHOOL ADDRESS INSERT SCHOOL OFFICE NUMBER

Ce document ne peut être reproduite et / ou adopté en tout ou en partie à condition qu'il n'y a pas de changement important dans le contenu, les

Katalòg Pwodwi Sante pou Ane 2015

GID PARAN ak GADÒ Lekòl Piblik Somerville. 8 Bonair Street Somerville, MA

Klas 6 yèm ane pou 12 yèm ane

C h a p i t 5 Prevansyon enfeksyon. Nan chapit sa a: Prevansyon enfeksyon sove la lav Prevni enfeksyon lè w evite jèm...52

West Boca Raton Community High School

Biwo Fonksyònman Lekòl Règ Komisyon Konsèy Lekòl 5500

Gid Chwa ak Enskripsyon. Chemen Enskripsyon An

AmericasBarometer: Ayiti, 2010 Vanderbilt University Dwa resève.

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

YON LEGLIZ KI AN SANTE KATRIYÈM EDISYON. Mark E. Dever. 525 A Street NE Washington, DC Phone (202) , FAX (202)

Konsey Pou Prepare w Pou Siklon

PWOGRAM ANSEYMAN ENDIVIDYALIZE (IEP) DEPATMAN ANSEYMAN LETA MARYLAND (MSDE) DIVIZYON ANSEYMAN ESPESYAL / SÈVIS ENTÈVANSYON BONÈ

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

Plan AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Anyè ki gen enfòmasyon pou Pwofesyonèl Swen Sante ak Famasi pou Ane 2016

4THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

CORNERSTONE, Level A: Haitian Creole Translations

8 YÈM ANE NIVO ENTÈMEDYÈ

Emerante De Pradines: Good morning Mr. Watson. Emerante De Pradines: Bonjou Msye Watson.

GID PREPARASYON KADIJANS LAFLORID

PINGA OU VIRE PAJ SA A TOUTOTAN YO POKO DI W VIRE L.

Egzèsis sou ADN Glikozilaz - nivo 1-2

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

Manyèl Elèv ak Fanmi Vèsyon Rezime

VIL PEYI DAYITI YO:AKSYON POU JODI A AK YON KOUDÈY SOU DEMEN REZIME

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

ISTWA ETAZINI AK GOUVÈNMAN

ISTWA AK JEWOGRAFI JENERAL

POU ELÈV LEKÒL MWAYÈN AK LEKÒL SEGONDÈ YO NAN LEKÒL PIBLIK BOSTON

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN VIVAN. Vandredi 28 janvye :15 pou 12:15 p.m.

Is Konektikèt GID POU SA KI FÈK VINI YO. Sa se yon gid sou tout vil, minisipalite, ak lòt sèvis kin nan zòn Is Konektikèt la

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 21 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Jedi, 29 janvye :15 a.m. pou 12:15 p.m.

Non Elèv la. Non Lekòl la

Repons sanitè apre tranblemanntè a nan peyi d Ayiti (janvye 2010)_ Leson ki tire sizoka yon gwo katastwòf demen

Kontni. Prepare ou: Kreye yon Plan pou Katastwòf Yon Plan pou Moun ki Enfim Definisyon Sitiyasyon Ijans Evakyasyon...

Questionnaire number. MUNICIPIO. Komin: HAISEKSYON. Seksyon Kominal: HAISEC. Zòn [optionel] HAISEGMENTO. Segman Recensman [Kod Oficiel Recensman an]

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAM VIVAN

MINUSTAH: Èske se yon fòs k ap mentni lapè, Oubyen k ap conspire kont li?

EVCS Nouvèl. ~ Byenvini~

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 19 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ. Jedi 19 Jen :15 jiska 4:15 p.m.

Transcription:

KALITE RÈGLEMAN: Depatmantal ETABLISMAN: TIT RÈGLEMAN: Shore Rehabilitation Institute Règleman Asistans Finansye & Faktirasyon/Règleman sou Koleksyon DAT EFEKTIF: 06/05/2018 DAT REVIZE: 06/05/2018 I. OBJEKTIF: Règleman sou Asistans Finansye Shore Rehabilitation Institute (SRI) angaje pou bay bon jan kalite sèvis swen sante a kominote nou yo epi fè efò pou asire ke tout pasyan yo resevwa sèvis swen sante ki nesesè medikalman kèlkeswa kapasite peman yo. II. RÈGLEMAN: Règleman sou Asistans Finansye sa a ( FAP ) ap dekri règleman sou asistans finansye ansanm avèk pratik yo pou SRI. Annakò avèk FAP sa a, SRI angaje pou bay asistans finansye a moun yo ki gen bezwen swen sante e ki pa gen asirans, ki manke asirans, ki pa kalifye oswa ki otreman pa ka peye pou sèvis swen sante ki nesesè medikalman baze sou sitiyasyon finansye endividyèl yo. SRI pral bay san diskriminasyon, swen pou kondisyon medikal moun yo kèlkeswa kapasite yo pou peye. Asistans finansye disponib sèlman pou sèvis swen sante ki nesesè medikalmna. Anplis, se pa tout sèvis yo bay nan etablisman SRI yo pa anplwaye SRI e kidonk ka pa kouvri anba FAP sa a. Tanpri refere nan Anèks A pou w jwenn yon lis founisè ki bay sèvis swen sante ki nesesè medikalman nan etablisman SRI. Anèks sa a spesifye spesyalite yo ki pa kouvri anba FAP sa a. Yo pral revize lis sa a chak trimès ak mete l ajou, si nesesè. III. DEFINISYON: Pou rezon FAP sa a, yo defini tèm ki anba nan fason ki annaprè a: Kantite Lajan Faktire Anjeneral ( AGB ): Konfòmeman a Seksyon Kòd Entènal Revni 501(r)(5), nan ka ijans oswa lòt swen ki nesesè medikalman, yo pap chaje pasyan ki kalifye pou plis pase yon moun ki gen asirans ki kouvri pou kalite swen sa. Pousantaj AGB: Yon pousantaj chaj brit ke yon etablisman lopital itilize pou detèmine AGB pou nenpòt ijans oswa lòt swen ki nesesè medikalman li bay yon moun ki kalifye pou asistans daprè FAP Kritè Kalifikasyon: Kritè ki etabli nan FAP sa a (epi sipòte pa pwosedi) ki te itilize pou detèmine si wi oswa non yon pasyan kalifye pou asistans finansye 1

Aksyon Koleksyon Ekstraòdinè ( ECAs ): Tout pwosesis legal oswa jidisyè yo, sa ki gen ladan, men ki pa limite a, sezi salè, mete yon konfiskasyon sou pwopriyete epi rapòte l bay ajans kredi yo. ECA yo gen ladan lavant dèt yon moun a yon lòt pati, pwosè, konfiskasyon sou rezidans, arestasyon, lòt atachman, oswa lòt pwosesis koleksyon ki menm jan. Asistans Finansye: Èd ofisyèl ke yo bay yon moun oswa òganizasyon nan fòm lajan, prè, rediksyon nan taks, elatriye. Annakò avèk FAP sa a, asistans finansye bay yon pasyan yon ijans gratis oswa a pri rabè pou lòt swen sante ki nesesè medikalman si yo reponn a kritè ki te etabli e yo detèmine kòm elijib. Frè Brit: Shore Rehabilitation Institutes etabli pri konplè pou swen medikal ke yo toujou chaje pasyan menm jan anvan yo aplike nenpòt alokasyon kontra, rabè oswa dediksyon. Sèvis ki nesesè Medikalman: Sèvis swen sante ke yon doktè, egzèse jijman klinik pridan, ta bay yon pasyan nan bi pou evalye, dyagnostike oswa trete yon maladi, blesi, kondisyon oswa sentòm li, e ki se: (a) annakò avèk estanda pratik medikal ke yo jeneralman aksepte; (b) apwopriye klinikman; ak (c) pa sitou pou konvenyans pasyan an. Peryòd Notifikasyon: Peryòd 120-jou, ki kòmanse nan dat premye faktirasyon apre egzeyat la, kote yo pa ka inisye okenn ECA kont pasyan an. Rezime Langaj Senp ( PLS ): Yon deklarasyon alekri ki enfòme yon moun ke SRI ofri èd finansye daprè FAP sa a e li bay plis enfòmasyon nan yon fason ki klè, presiz ak fasil pou konprann. Pa gen Asirans: Pasyan an pa gen yon nivo asirans oswa asistans yon twazyèm pati pou ede avèk reponn a obligasyon peman yo. IV. KRITÈ KALIFIKASYON POU ASISTANS FINANSYE: SRI ofri yon pwogram asistans finansye pou ede pasyan ki pa gen asirans yo. Pwogram asistans finansye a ki enkli anba bay sèvis swen sante ki nesesè medikalman a pri rabè pou moun yo si yo reponn a kritè ki te etabli e yo detèmine kòm elijib. Pwogram Compassionate Care Program Pwogram SRI Compassionate Care disponib pou moun ki gen bezwen swen sante e ki pa gen asirans, oswa otreman ki pa ka peye pou swen sante ki nesesè medikalman. Pwogram Compassionate Care. V. Pwosedi Si pasyan an pretann ke li pa gen kouvèti asirans, yap mande yo pou siyen yon atestasyon san asirans. Anplis, yap eksplike yo si annaprè yo bay asirans yo pap faktire asirans lan pou dat sèvis ki te deja kouvri anba Compassionate Care kòm yo pa tap jwenn referans ak/oswa otorizasyon oswa delè pou reklamasyon yo te ka pase. Nan pwochen dat sèvis yo yap 2

bezwen pou gen tout referans ak/oswa tout kondisyon asirans lan te satisfè anvan yo kontinye avèk tretman Lè yon pasyan bay kouvèti asirans toutfwa verifikasyon montre ke benefis yo te epwize oswa pa gen benefis pou sèvis yap bay yo. Yap mande yo pou siyen yon avi non-asirans, ki bay rezon pou non-asirans lan ak akseptasyon pou moun nan responsab pèsonèlman. Lè sa a yap ofri pasyan yo Pwogram Swen Konpasyon pou sèvis ki pa kouvri yo/pou moun ki pa gen asirans yo. Si pasyan an mande pou yo voye bòdwo bay asirans la alòske l konnen sèvis la pa kouvri anba benefis li genyen an, yo pral eksplike l ke menm si refi Eksplikasyon Benefis la montre pasyan an pa responsab, yo pral pèsonèlman responsab akoz premye notifikasyon ki te di asirans lan pap kouvri l la. Yo pral enfòme alekri yon moun ke yo jije kalifye pou asistans finansye de yon desizyon favorab. Annkò avèk IRC 501(r) SRI pral egalman: Bay yon deklarasyon ki endike ke kantite lajan FAP-elijib moun nan dwe, kijan yo te detèmine kantite lajan sa ak kijan yo ka jwenn enfòmasyon ki gen rapò avèk AGB, si aplikab; Ranbousman nenpòt lajan anplis moun nan fè; ak Travay avèk twazyèm pati kap aji nan non SRI pou pran tout aksyon disponib ki rezonab pou ranvèaw nenpòt ECA ke yo te pran anvan kont pasyan an pou kolekte dèt la. VI. Baz pou Kalkile Montan yo Chaje Shore Rehabilitation Institute Pwogram Compassionate Care Pasyan Shore Rehabilitation Institute ki kalifye pou Pwogram Compassionate Care pral gen balans oto-peman yo redwi nan pi ba pousantaj ranbousman Medicare nan 115% baze sou CMG pou sèvis pasyan ki entène lopital ak APC oswa orè frè terapi pou pasyan ki andeyò lopital pou sèvis SRI oswa AGB faktire (jan li souliye anba). AGB Daprè IRC 501(r)(5) SRI itilize Metòd Gade Dèyè a pou l kalkile AGB a. yo kalkile % pousantaj la chak ane e li baze sou tout reklamasyon pou Frè-pou-Sèvis Medicare pèmèt + tout moun ki gen asirans prive pou plis pase 12-mwa divize pa chaj jeneral ki asosye avèk reklamasyon sa yo. Yo mete % AGB ki aplikab la sou chaj jeneral la pou yo detèmine AGB a. Pousantaj AGB pou Shore Rehabilitation Institute ale konsa: Shore Rehabilitation Institute: 69% 3

Nenpòt moun ki kalifye pou asistans finansye anba FAP sa a pap gen pou peye plis pase AGB pou nenpòt ijans oswa lòt sèvis swen sante ki nesesè medikalman. Nenpòt moun ki gen kalifikasyon-fap ap toujou peye pi piti AGB a oswa nenpòt rabè ki disponib an règleman sa a. VI. Gwo Piblisite FAP a, Demann pou Pwogram Compassionate Care ak PLS yo tout disponib sou entènèt nan sit ki annapre a: https://www.meridianhealth.com/location/shore-rehabilitationinstitute/index.aspx Kopi paye FAP a, Demann pou Pwogram Compassionate Care ak PLS yo disponib sou demann gratis pa lapòs e yo disponib nan plizyè zòn nan etablisman SRI yo. Sa gen ladann, men li pa limite sèlman nan, zòn pou enskripsyon pasyan ak Biwo Biznis la. Yap ofri tout pasyan SRI yo yon kopi PLS la kòm yon pati nan pwosesis admisyon an. Yap afiche siy oswa afich ki pou enfòme pasyan yo sou disponiblite asistans finansye byen vizib nan plas piblik yo. SRI fè bonjan efò pou l enfòme manm kominote a sou disponibllite asistans finansye nan pale avèk manm kominote yo sou disponiblite asistans finansye ki genyen nan evenman kominotè pandan ane a (tankou fwar sou sante, tès depistaj, sesyon edikasyon, elatriye). SRI yo, FAP, Aplikasyon ak PLS yo disponib an Anglè ak nan lang natif natal popilasyon ki pa gen gwo kapasite nan Anglè ( LEP ) ki reprezante mwens pase 1,000 moun oswa 5% nan kominote ki desèvi nan zòn sèvis prensipal SRI la. SRI bay entèprèt gratis, tradiksyon ak sèvis langaj siy pou moun LEP ak pasyan ki soud yo.sèvis sa yo disponib pou pasyan yo 24èdtan pa jou 7 jou pa semèn. Nou ankouraje pasyan yo itilize sèvis entèpretasyon ki disponib pou diskisyon medikal ki enpòtan yo. Tretman swen pasyan enplike tèminezon medikal ki ka konplike nan nenpòt lang. Sèvis entèprèt ki disponib nan Shore Rehabilitation Institute gen ladann entèprèt nan telefòn nan pi fò lang yo. Tradiksyon dokiman ki enpòtan ak materyèl pou edikasyon pasyan pou maladi komen yo disponib tou. Si w bezwen yon entèprèt, entèprèt lang siy oswa yon tradiktè, tanpri kontakte nenpòt manm nan ekip SRI la pou w jwenn asistans. Règleman pou Bòdwo ak Koleksyon I. Objektif Pou asire ke tout fakti, kredi ak pratik pou koleksyon annakò avèk tout lwa Eta ak Federal, gid regilasyon ak règleman yo. 4

II. Règleman Se Règleman SRI pou l konfòme avèk egzaktitid nan bòdwo ak aktivite koleksyon yo. Objektif la se pou l satisfè tout kritè nan règleman sa a ka akonpli nan swiv pwosedi ki etabli nan dokiman sa a. Koperasyon konplè ak tèt ansanm Biwo Biznis, Finans, sistèm Enfòmasyon ak Jesyon Founisè yo nesesè pou objektif nou an. III. Pwosedi Yon fwa asirans pasyan fè pwosesis reklamasyon an, SRI a pral voye yon bòdwo bay pasyan an ki montre pasyan an responsablite l. Anplis, si yon pasyan gen yon kouvèti twazyèm pati yo pral resevwa yo bòdwo ki montre responsablite yo. Sa pral premye bòdwo pasyan ap resevwa apre egzeyat li. Dat bòdwo ki sou bòdwo a pral kòmanse Peryòd Notifikasyon ak Aplikasyon an (dekri anwo a). Apre pasyan fin resevwa premye bòdwo apre egzeyat li, SRI pral voye 3 lòt bòdwo ankò (total 4 deklarasyon bòdwo, nan entèval 28 jou) ak 2 lèt. Si yo pa resevwa pemen apre 4 bòdwo, SRI pral voye yon lèt pou enfòme pasyan an alekri ke kont la pral nan koleksyon si yo pa resevwa peman nan lespas 30 jou. Anplis lèt la pral gen ECA yo (dekri anwo a) ki ka fèt apre yo fin mete kont pasyan an nan koleksyon. Avi alekri a pral gen yon kopi PLS la tou. Lè bòdwo retounen avèk mansion ke pasyan an mouri oswa yo pa ka delivre li epi yo pa jwenn okenn lòt adrès kont yo lè sa a ale nan pre-koleksyon pou yo fè swivi ak verifikasyon. Koleksyon Nan peryòd voye bòdwo a SRI ka voye kont lan nan pre-koleksyon. Nan peryòd sa a, twazyèm pati kap travay nan non SRI la ka kontakte pasyan yo pa telefòn pou l kolekte peman. Yo pap pran okenn ECA kont yon pasyan pandan kont li nan peryòd pre-koleksyon an. Apre peryòd notifikasyon an ekspire, SRI pral voye kont pasyan an nan koleksyon. Teknik ajans koleksyon an pou l kolekte peman pral gen ladann rele nan telefòn, lèt ak sèten ECA. Tout aktivite yo pral dokimante konplètman nan sistèm bòdwo a e yo pral swiv tout règleman eta ki reglemante ajans koleksyon yo. Si ajans koleksyon yo pa reyisi (pou yon peryòd ki pa depase 180 jou) yap retounen kont pasyan an nan SRI. Nan peryòd kont la retounen an, ajans koleksyon an pral enkli dokiman konplè sou aktivite yoak rezilta kominikasyon yo genyen avèk pasyan an ansanm avèk dat yo retounen kont la nan SRI. Nan peryòd voye bòdwo a SRI ka voye kont lan nan pre-koleksyon. Pandan peryòd sa a, twazyèm pati kap travay nan non SRI la ka kontakte pasyan yo pa telefòn pou l kolekte peman. Yo pap pran okenn ECA kont yon pasyan pandan kont li nan peryòd pre-koleksyon an. Si ajans koleksyon yo pa reyisi (pou yon peryòd ki pa depase 180 jou) yap retounen kont pasyan an nan SRI. Nan peryòd kont la retounen an, ajans koleksyon an pral enkli dokiman 5

konplè sou aktivite yoak rezilta kominikasyon yo genyen avèk pasyan an ansanm avèk dat yo retounen kont la nan SRI. IV. Konfòmite avèk IRC 501(r)(6) Annakò ak IRC 501(r)(6), SRI pa angaje nan okenn ECA anvan dat ekspirasyon Peryòd Notifikasyon an. Apre Peryòd Notifikasyon SRI, oswa nenpòt twazyèm pati kap travay sou non li, kapab inisye ECA ki annapre yo kont yon pasyan pou yon balans ki poko peye si yo pa pran yon desizyon kalifikasyon-fap oswa si yon moun pa kalifye pou asistans finansye. Bay ajans kredi konsomatè oswa biwo kredi move enfòmasyon sou moun nan; Mete yon dwa konfiskasyon sou pwopriyete yon moun; Esklizyon sou byen imobilye yon moun; Konekte oswa sezi kont bank yon moun oswa lòt pwopriyete pèsonèl; Kòmanse yon aksyon sivil kont yon moun; ak Sezi salè yon moun. SRI ka otorize twazyèm pati yo kòmanse ECA sou kont pasyan ki delenkan yo apre Peryòd Notifikasyon an. Yo pral asire yo fè efò ki rezonab pou detèmine si moun nan kalifye pou asistans finansye ou pa anba FAP sa a e li pral pran aksyon ki annapre yo omwen 30 jou avan pou l kòmanse nenpòt ECA: 1. Yo pral bay pasyan an yon avi alekri ki: (a) Montre de gen asistans finansye ki disponib pou pasyan ki kalifye yo; (b) Idantifye ECA (yo) SRI gen entansyon kòmanse pou l jwenn peman pou swen an; ak (c) Bay yon delè kote pou yo kòmanse ECA a (yo). 2. Pasyan an te resevwa yon kopi PLS a avèk notifikasyon an; epi 3. Yo te fè efò ki rezonab pou notifye moun nan oralman sou FAP a ak kijan moun nan ka jwenn asistans avèk pwosesis Aplikasyon asistans finansye a. SRI, ak founisè twazyèm pati kap travay pou yo a, pral aksepte ak fè pwosesis tout Aplikasyon pou asistans finansye ki disponib anba règleman sa a yo soumèt pandan Peryòd Aplikasyon an. 6

Appendix A: Lis Founisè Shore Rehabilitation Institute Règleman Finansye SRI la aplike nan Shore Rehabilitation Institute. Sèten doktè ak lòt founisè swen sante ki bay sèvis nan Shore Rehabilitation Institute pa oblije swiv Règleman Asistans Finansye sa a. Sa ki annapre a se yon lis founisè, pa liy sèvis, ki bay sèvis ijans oswa lòt sèvis medikal ki nesesè nan Shore Rehabilitation Institute. Lis Founisè ki kouvri anba Règleman Asistans Finansye sa a: Yo pral bay sou demann Lis Founisè ki pa kouvri anba Règleman Asistans Finansye sa a: Yo pral bay sou demann 7