Gid Politik Pou Elèv ak Fanmi yo

Similar documents
FLORIDA HEALTHY KIDS CORPORATION AVI SOU PRATIK PWOTEKSYON EFÒMASYON PRIVE

REZIME AVI DEPATMAN TIMOUN AK FANMI FLORIDA RÈGLEMAN KONSÈNAN RÈGLEMAN SOU ENFÒMASYON AK JESYON PRIVE AK PWOTEKSYON ENFÒMASYON PÈSONÈL SOU SANTE

Chanselye a ELÈV KI ANSENT OUBYEN KI GEN PITIT AK KONFIDANSYALITE NAN SANTE REPWODIKTIF REZIME CHANJMAN YO

Amplwayè: Amplwaye: Dat Pèt: Nimewo Dosye: Nimewo Ka Leta:

Financial Assistance Documents Texas Health Huguley

Gid Paran pou Jadendanfan Volontè

Pati B Avi konsènan Mezi Pwoteksyon pou Paran ak Elèv Andikape yo

BOSTON REGION METROPOLITAN PLANNING ORGANIZATION

SAMPLE LETTER TO PARENTS (USE SCHOOL LETTERHEAD) ELEMENTARY SCHOOL INTRODUCTORY LETTER FOR HGD UNIT KINDERGARTEN-FOURTH GRADE.

NÒM DISIPLIN AK MEZI POU ENTÈVNI NAN TOUT VIL LA {KÒD DISIPLIN} Depatman Edikasyon vil Nouyòk. Joel I. Klein Chanselye Haitian Creole

Règleman Asistans Finansye & Faktirasyon/Règleman sou Koleksyon. Règleman sou Asistans Finansye

Pou plis enfòmasyon, tanpri rele nan (305)

(ii) Bay enfòmasyon ki klè konsènan kritè kondisyon kalifikasyon pou fè aplikasyon ak metòd pou aplike pou jwenn èd finansye;

POU PLIS ENFOMASYON / parents/ spanish/ default.htm oswa ale nan: Rechech: Regleman Konduit Elev yo

APLIKASYON/RE-SÈTIFIKASYON NAN PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM, SNAP)

Manyèl Fanmi ak Elèv

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SNAP SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM (SNAP) APLIKASYON/RESÈTIFIKASYON

SEKSYON PRATIK POU F È APÈL NAN BAWO FLORID LA

Florida History: Famous Floridians: Henry Morrison Flagler

Evite kè sote moun genyen souvan nan afè bay tete

Kijan pou touche jijman lajan Collecting a Money Judgment Haitian Creole

Règleman/Pwosedi Tit: Règleman Èd Finansye - Dat anvigè: Janvye 2016 Charity Care Depatman: Sik revni # Règleman: 2209 Paj 1 sou 17

Moffitt Cancer Center

ST. VINCENT S MEDICAL CENTER. POLITIK KONSÈNAN ASISTANS FINANSYÈ Koumanse 9 me 2017

GID POU LEKÒL PIBLIK BOSTON POU FANMI AK ELÈV

Gid pou Lè Gen Lanmò. Boston Medical Center Biwo Zafè Moun ki Mouri. Telefòn: Faks:

Biwo Fonksyònman Lekòl Règ Komisyon Konsèy Lekòl 5500

Lekòl Piblik Boston. Byenveni nan Lekòl Nou yo.

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: 1FES 64. Tab Number: 63 CE FES 1D: Document Title: Document Date: Haiti.

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

Nou la pou ou. Manyèl pou Manm. Aetna Better Health of New York. aetnabetterhealth.com/newyork NY

ekouvri Lekòl Piblik Boston Fanmi Boston gen chans pou yo gen plis chwa pou edikasyon pitit yo pase prèske tout lòt kote nan Etazini

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY LIV ENFÒMASYON POU PARAN AK ELÈV (TYPE ALL CAPS) INSERT SCHOOL NAME INSERT SCHOOL ADDRESS INSERT SCHOOL OFFICE NUMBER

Pou Tout Elèv Nou yo:

Sa Kap Swiv la se Manyèl de Baz Elèv ak Fanmi ki kouvri Règ Debaz ak Règleman Lekòl City on a Hill

KONTRA ANT WALT DISNEY PARKS AND RESORTS U.S. SERVICE TRADES COUNCIL UNION (REGILYE PART TIME) EFEKTIF 30 Mas, 2014

LIV REGLEMAN SOU KONDWIT ELÈV

Liv Referans Anplwaye yo & Enfòmasyon sou Benefis

Chwazi yon Lekòl Segondè: Yon Mesaj pou Elèv ak Fanmi yo

DEZYÈM LIV KESYON KI BAZE SOU YON SERI DOKIMAN (DBQ) 16 NOVANM Ekri non w ak non lekòl ou an lèt majiskil sou liy ki anwo yo.

Klas 6 yèm pou 12 yèm ane

James H. DeGraffenreidt, Jr. Prezidan Konsèy Administrasyon Edikasyon l Eta. Nancy S. Grasmick Sipè-entandan L Eta pou Lekòl

Klas 6 yèm ane pou 12 yèm ane

Florida Healthy Kids (Timoun Ansante nan Florid) Liv pou Manm yo Mwa me 2018 Sèvis Kliyantèl:

AETNA BETTER HEALTH SM FIDA PLAN Rezime sou Benefis pou 2017

Sa se yon dokiman legal enpòtan. Tanpri gade li nan kote ki an sekirite.

DRAFT ETA FLORID PLAN CONSOLIDATED JULY 1, JUNE 30, 2020

Èd Apre Dezas. FEMA 545 / Jiyè Gid Aplikan pou Pwogram Endividyèl & Familyal

Manyèl Elèv ak Fanmi Vèsyon Rezime

Atelye MIT ap fè sou teknoloji pou metòd aprantisaj aktif ki chita sou resous pedagojik san baryè Le Plaza, Pòtoprens, Ayiti, janvye 2013

PWOGRAM ANSEYMAN ENDIVIDYALIZE (IEP) DEPATMAN ANSEYMAN LETA MARYLAND (MSDE) DIVIZYON ANSEYMAN ESPESYAL / SÈVIS ENTÈVANSYON BONÈ

DWA AK RESPONSABILITE LOKATÈ

GID PARAN ak GADÒ Lekòl Piblik Somerville. 8 Bonair Street Somerville, MA

8 YÈM ANE NIVO ENTÈMEDYÈ

Ce document ne peut être reproduite et / ou adopté en tout ou en partie à condition qu'il n'y a pas de changement important dans le contenu, les

West Boca Raton Community High School

Vin jwenn nou pou yon randevou entènasyonal sou. Pwpozisyon pou Pri tikèt MBTA

KONTRAKTE KI NAN FLORIDA K-AP TRAVAY NAN JADEN/ CHEF EKIP LIV POU ETIDYE POU EGZAMEN-AN

Maladi Malarya: Enfòmasyon ou dwe konnen

6323 Seventh Avenue Brooklyn, NY 11220

AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Plan Avi Anyèl sou Chanjman ak Ti liv pou Patisipan pou 2017

4THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

C h a p i t 5 Prevansyon enfeksyon. Nan chapit sa a: Prevansyon enfeksyon sove la lav Prevni enfeksyon lè w evite jèm...52

Gid Chwa ak Enskripsyon. Chemen Enskripsyon An

POU ELÈV LEKÒL MWAYÈN AK LEKÒL SEGONDÈ YO NAN LEKÒL PIBLIK BOSTON

EVCS Nouvèl. ~ Byenvini~

PINGA OU VIRE PAJ SA A TOUTOTAN YO POKO DI W VIRE L.

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

Prentan Sistèm sa a san danje, an sekirite, legal ak vit.

Gid Byenveni. Preparasyon pou tan w ap pase a

AmericasBarometer: Ayiti, 2010 Vanderbilt University Dwa resève.

Egzèsis sou ADN Glikozilaz - nivo 1-2

CORNERSTONE, Level A: Haitian Creole Translations

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

TANPRI PATAJE DOKIMAN SA Disponib an Panyòl, Kreyòl, oubyen Gwo Postè sou Demann

YON LEGLIZ KI AN SANTE KATRIYÈM EDISYON. Mark E. Dever. 525 A Street NE Washington, DC Phone (202) , FAX (202)

Non Elèv la. Non Lekòl la

ISTWA ETAZINI AK GOUVÈNMAN

MINUSTAH: Èske se yon fòs k ap mentni lapè, Oubyen k ap conspire kont li?

Emerante De Pradines: Good morning Mr. Watson. Emerante De Pradines: Bonjou Msye Watson.

Questionnaire number. MUNICIPIO. Komin: HAISEKSYON. Seksyon Kominal: HAISEC. Zòn [optionel] HAISEGMENTO. Segman Recensman [Kod Oficiel Recensman an]

VIL PEYI DAYITI YO:AKSYON POU JODI A AK YON KOUDÈY SOU DEMEN REZIME

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 21 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN VIVAN. Vandredi 28 janvye :15 pou 12:15 p.m.

ISTWA AK JEWOGRAFI JENERAL

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 26 janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Jedi, 29 janvye :15 a.m. pou 12:15 p.m.

Kontni. Prepare ou: Kreye yon Plan pou Katastwòf Yon Plan pou Moun ki Enfim Definisyon Sitiyasyon Ijans Evakyasyon...

Konsey Pou Prepare w Pou Siklon

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAM VIVAN

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 19 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

Katalòg Pwodwi Sante pou Ane 2015

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 23 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

GID PREPARASYON KADIJANS LAFLORID

Is Konektikèt GID POU SA KI FÈK VINI YO. Sa se yon gid sou tout vil, minisipalite, ak lòt sèvis kin nan zòn Is Konektikèt la

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

Repons sanitè apre tranblemanntè a nan peyi d Ayiti (janvye 2010)_ Leson ki tire sizoka yon gwo katastwòf demen

Transcription:

Lekòl Piblik Cambridge 2017-2018 Gid Politik Pou Elèv ak Fanmi yo TOUT fòmilè yo ki anndan ti liv Fòmilè Elèv Anyèl la dwe ranpli epi retounen ak elèv yo pou bay pwofesè salklas prensipal yo NAN PREMYE JOU LEKÒL LA. Tradiksyon piblikasyon sa a disponib sou sit entènèt CPS la: www.cpsd.us. Tab dè Matyè Seksyon Deskripsyon Paje # 1 Vi Prive Elèv...4 2 Dosye Elèv...5 3 Divilgasyon Enfòmasyon kontak de Baz bay Rekritè Militè, Konpayi k ap Anplwaye, Kolèj ansanm ak Inivèsite...6 4 Avi sou Dwa Daprè Dwa edikasyonèl Fanmi ak Lwa sou Vi Prive (FERPA)...6 5 Done Elèv ak Aplikasyon Ansèyman sou Entènèt...8 6 Prezans...9 7 Timoun ki Bezwen Asistans (CRA)...9 8 Avi Konsènan Elèv Ki Kite Lekòl...10 9 Abi sou Timoun...10 10 Aksyon sou Swen ak Proteksyon...11 11 Timoun yo pa Wè oswa ki Pèdi...11 12 Transpò...12 13 Ekzamen Ofisyèl...12 14 Edikasyon Seksyèl...12 15 Kontrent Fizik...12 KÒD POU KONDUIT 16 Entwodiksyon...18 17 Filozofi...18 Politik sou Konpòtman ak Disiplin 18 Fimen: Politik Non-a-Tabak...19 19 Kondisyon Entèdiksyon Legal Kont Dwòg, Zam ak Atak sou Anplwaye Lekòl...19 20 Politik sou Dwòg...20

21 Politik sou Zam...20 22 Atak sou Anplwaye...21 23 Elèv Ki Akize oswa ki Kondane Pou yon Krim...21 24 Bay Brimad...21 25 Kraze Brize...23 26 Batay/Atak Fizik...23 27 Politik Anti-Entimidasyon ak Prevansyon Entimidasyon ak Plan Entèvansyon...24 28 Politik Kont Vyolans Nan Renmen Jèn timoun...32 Pwosedi Disiplin (pwosedi ofisyèl) 29 Sispansyon...34 30 Ekspilsyon...36 31 Fouye Elèv ak Poze yo Kesyon...36 32 Pwosesis Doleyans Elèv...37 33 Patisipasyon nan Aktivite Siplemantè...38 DWA AK PRIVILÈJ 34 Non-a-Diskriminasyon Kont Elèv yo...38 35 Politik Akomodasyon Rezonab ak Pwosedi...38 36 Avi sou Dwa dapre Seksyon 504 nan Lwa Reyabilitasyon 1973 la...39 37 Edikasyon Espesyal...39 38 Elèv ki gen IEP ak Plan 504 yo...40 39 Aksyon Afimatif/Avi pou Non-a-diskriminasyon...42 40 Lyezon Edikasyon San Zabri...42 41 Libète pou Rasanbleman...42 42 Libète Lapawòl...43 43 Libète Moun...43 44 Politik pou Non-a-diskriminasyon ak Entèdiksyon Kont Asèlman Seksyèl...43 45 Maryaj Elèv, Gwosès ak kondisyon Patènite...44 46 Koòdonatè Tit IX...45 47 Libète Relijyon...45 48 Gid sou Sèman Alejans...45 POLITIK JENERAL 49 Politik Izaj Akseptab pou Rezo Odinatè...45 50 Kòd Etik pou Lojisyèl...49 2

51 Vizitè Lekol...49 52 Veyikil A Motè pa Dwe Kanpe...49 53 Kazye Elèv yo...49 54 Enfòmasyon sou Dosye Ofansè Kriminèl...50 55 Pwomnad Edikatif...50 56 Vaksinasyon...52 57 Patisipasyon Fanmi...52 58 Pwomosyon ak Politik Retansyon...53 59 Administrasyon Medikaman ki Preskri ak Jesyon Alèji Manje ki Menase Lavi...53 60 Politik Byennèt...53 61 Chòk nan Tèt ki Gen Rapò ak Espò ak Komosyon Serebral...55 62 Politik IHV/SIDA...56 63 Anseye Elèv sou Dwòg, Alkòl, Tabak ak Prevansyon Abi Sibstans...57 Lekòl Piblik Cambridge se yon anplwayè opòtinite egal epi ki angaje nan dispozisyon pou pwogram edikasyon bonjan kalite pou tout elèv. Lekòl Piblik Cambridge yo pa fè diskriminasyon sou baz ras, koulè, orijin nasyonal, relijyon, sèks, sèksyalite, idantite seksyèl, enfòmasyon jenetik, oryantasyon seksyèl, andikap, laj, veteran oswa eta sivil nan pwogram ak aktivite li yo epi li bay aksè egal a ti Mesye Eskout yo ansan ak lòt gwoup jèn ki deziyen. SEPARE FÒMILÈ ELÈV ANYÈL LA KI ANNDAN AN POU RANPLI, SIYEN EPI RETOUNEN L Te Mete Ajou le: 5/8/16 3

1. Vi Prive Elèv CPS ap chèche asire vi prive elèv ki nan lekòl li yo nan yon fason ki konsistan ak lwa federal avèk leta a, sa a gen ladan Lwa sou Vi Prive Dwa Edikasyonèl Fanmi Federal ansan ak règleman dosye elèv Massachusetts yo osibyen ke Politik Vi Prive Elèv Komite Lekòl Cambridge la. Pou plis enfòmasyon sou pwoblèm vi prive elèv yo, kontakte direktè lekòl /moun ki nan tèt lekòl ou a. Amannman Pwoteksyon Dwa elèv yo (PPRA), seksyon 1232h nan tit 20 Kòd Etazini an, pèmèt paran/gadyen yo sèten dwa konsènan fason distri lekòl la fè sondaj, koleksyon ak itilizasyon enfòmasyon pou rezon marketing ak sèten egzamen fizik. Sa yo enkli dwa pou: Konsantman anvan ke elèv la oblije soumèt yo sondaj ki konsène youn oswa plis nan domèn ki pwoteje yo ( sondaj enfòmasyon ki pwoteje ) si sondaj la finanse an antye oswa an pati pa yon pwogram Depatman Edikasyon Etazini (ED): (1) afilyasyon politik oswa kwayans elèv la oswa paran elèv/gadyen li; (2) pwoblèm mantal oswa sikolojik elèv la oswa fanmi elèv la; (3) konpòtman seksyèl oswa atitid; (4) konpòtman ilegal, anti-sosyal, konpòtman ki enkriminen pwòp tèt li oswa degradan; (5) evalyasyon kritik lòt moun kote li gen relasyon fanmi pwòch ; (6) rekonèt legalman relasyon ki privilejye, tankou ak avoka, doktè, oswa pastè; (7) pratik relijye, afilyasyon, oswa kwayans elèv la oswa paran/gadyen; oswa (8) revni, ot ke sa lalwa ekzije pou detèmine kalifikasyon pou pwogram. Resevwa avi ak yon opòytinite pou chwazi retire yon elèv nan: (1) nenpòt lòt sondaj enfòmasyon ki pwoteje, kèlkeswa finans li; (2) nenpòt ekzamen fizik fouyapòt ki pa ijan oswa depistaj ki mande kòm yon kondisyon pou patisipe, ki te administre pa yon lekòl, oswa ajan l yo, ki pa nesesè pou pwoteje sante imedya ak sekirite yon elèv, sof pou tande, vizyon, oswa depistaj eskolyoz, oswa nenpòt ki ekzamen fizik oswa depistaj ki te pèmèt oswa ekzije anba Lalwa Leta; epi (3) aktivite ki enplike koleksyon, divilgasyon, oswa itilizasyon enfòmasyon pèsonèl ke yo pran nan men elèv yo pou marketing oswa pou vann oswa pou distribye enfòmasyon yo bay lòt moun. Enspekte, kou demann lan fèt epi anvan administrasyon oswa itilizasyon: (1) pwoteje enfòmasyon sondaj elèv yo; (2) enstriman yo itilize pou kolekte enfòmasyon pèsonèl nan men elèv yo pou nenpòt nan marketing anlè yo, lavant oswa lòt rezon pou distribye; ak (3) materyèl edikatif ki itilize kòm yon pati nan pwogram edikasyon an. Dwa sa yo transfere sòti nan men paran/gadyen yo bay yon elèv ki gen 18 lane oswa yon minè emansipe anba Lwa Leta. CPS te adopte politik yo, nan tèt ansanm avèk paran/gadyen, konsènan dwa sa yo, osi byen ke aranjman pou pwoteje vi prive elèv nan administrasyon pou pwoteje sondaj enfòmasyon ak koleksyon an, divilgasyon, oswa pou sèvi ak enfòmasyon pèsonèl pou fè marketing, lavant, oswa lòt rezon pou fè distribisyon. CPS pral dirèkteman avize paran/gadyen yo de règleman sa yo omwen chak ane nan kòmansman chak ane lekòl epi apre nenpòt gwo chanjman. CPS pral dirèkteman avize tou, tankou pa Lapòs Etazini oswa voye yon imèl, paran/gadyen elèv ki te planifye pou patisipe nan aktivite espesifik yo oswa sondaj ki make anba yo epi l ap bay yon opòtinite pou paran/gadyen an deside pou retire pitit li nan patisipasyon aktivite espesifik oswa sondaj la. CPS pral bay paran/gadyen yo avi sa a nan kòmansman ane lekòl la si distri lekòl la te idantifye dat espesifik oswa apwoksimatif aktivite oswa sondaj yo nan moman sa a. Pou sondaj ak aktivite ki pwograme apre ane lekòl kòmanse, paran/gadyen yo pral resevwa avi rezonab sou aktivite ki te planifye yo ak sondaj nan lis anba a epi gen yon opòtinite pou fè piti yo sòti nan aktivite sa yo ak sondaj sa yo. Paran/gadyen yo va jwenn opòtinite tou pou revize nenpòt sondaj enpòtan. An akò ak 4

Politik sou Vi Prive Elèv distri lekòl yo, direktè a/moun ki nan tèt lekòl pitit ou a ap fè w konnen nenpòt aktivite ki mande avi ak konsantman paran/gadyen an oswa opsyon pou sòti pandan ane lekòl la. Anba la a se yon lis aktivite espesifik ak sondaj ki kouvri anba egzijans sa a: (1) koleksyon, divilgasyon, oswa itilize enfòmasyon pèsonèl pou marketing, lavant oswa lòt distribisyon; (2) administrasyon nan nenpòt sondaj enfòmasyon pwoteje ki pa finanse an antye oswa an pati pa ED, ak (3) nenpòt egzamen fizik ki pa ijan, fouyapòt oswa depistaj jan sa dekri anlè a. Paran/gadyen ki kwè ke dwa yo te vyole ka depoze yon plent bay: Family Policy Compliance Office U.S. Department of Education 400 Maryland Avenue, S.W. Washington, D.C. 20202-5901 Telefòn: 1-800-USA-LEARN (1-800-872-5327) 2. Dosye Elèv Dapre lwa Massachusetts, yon paran/gadyen nenpòt elèv, oswa yon elèv ki te antre nan klas nevyèm ane oswa ki gen omwen 14 lane, gen dwa, kou li fè demann lan, pou enspekte dosye elèv la. Paran/gadyen an oswa elèv ki kalifye a dwe resevwa dosye elèv la pa pi ta pase dis jou apre demann lan, epi li ka mande pou ke dosye a entèprete pa yon pwofesyonèl kalifye oswa amande pa direktè a/moun ki nan tèt lekòl. Anplis de sa a, lalwa leta a mete anplas pwosedi espesifik ke lekòl piblik yo dwe swiv anvan yo bay enfòmasyon sou dosye elèv la a yon paran ki pa gadyen. Tout demann pou ta wè dosye yon elèv dwe adrese dirèkteman bay atansyon direktè a/moun ki nan tèt lekòl elèv la. Anplis de sa a, pèsonèl otorize lekòl la nan yon lekòl kote yon elèv ap chèche oswa gen entansyon transfere ka gen aksè a dosye yon elèv san konsantman elèv ki kalifye a ak/oswa paran/gadyen li epi CPS la ap voye dosye elèv yo bay lekòl kote yon elèv ap chèche antre oswa gen entansyon enskri. Yo detwi dosye tanporè yon elèv pa pi ta pase sèt (7) lane ki swiv gradyasyon l, transfè oswa lè l sòti nan Lekòl Piblik Cambridge yo. Nan moman gradyasyon yon elèv, transfè oswa lè l sòti nan Lekòl Piblik Cambridge yo elèv la ak paran/gadyen li yo pral resevwa yon avi alekri sou dat apwoksimatif pou destriksyon dosye tanporè a. Relve Nòt yon elèv konsève pa depatman lekòl la epi yo pral detwi l swasant (60) lane apre gradyasyon l, transfè oswa lè l sòti nan Lekòl Piblik Cambridge yo. Dwa Edikasyonèl Fanmi ak Lwa sou Vi prive a (FERPA), yon lwa Federal, ansanm ak lalwa sou dosye elèv Massachusetts, ekzije pou distri lekòl la, avèk kèlke eksepsyon, jwenn dizon w alekri anvan li divilge enfòmasyon pèsonèl idantifyab nan dosye edikasyon pitit ou a. Sepandan, CPS ka divilge "enfòmasyon anyè" ki deziyen yon fason apwopriye san konsantman alekri, sof si w te avize CPS pou l fè lekontrè an akò avèk pwosedi li yo. Rezon prensipal pou enfòmasyon anyè se pou pèmèt CPS enkli kalite enfòmasyon sa a sòti nan dosye edikasyon pitit ou a nan sèten piblikasyon lekòl yo, tankou yon bilten ki montre wòl pitit ou a nan yon pwodiksyon teyatral; liv souvni lekòl anyèl la; tablo onè oswa lòt lis rekonesans; pwogram gradyasyon; ak fèy aktivite espò. Enfòmasyon Anyè, ki se enfòmasyon jeneralman yo pa konsidere kòm danjere oswa yon antrav nan lavi prive si yo divilge l, kapab tou divilge bay òganizasyon deyò san konsantman preyalab yon paran/gadyen alekri. CPS kapab divilge non yon elèv, adrès oswa adrès imel bay yon òganizasyon deyò sa gen ladan, men pa limite a, konpayi yo ki fabrike bag pou klas yo oswa ki pibliye albòm pwomosyon rezon espesifik ak limite nan bay fonksyon enstitisyonèl oswa sèvis bay elèv yo. Anplis de sa a, gen de lwa federal ki ekzije pou ajans edikasyon lokal yo (LEA) k ap resevwa asistans anba Lwa sou Edikasyon Primè ak Segondè nan 1965 (ESEA) bay rekritè militè, lè 5

yo mande sa a, twa kategori enfòmasyon anyè non, adrès ak lis nimewo telefòn sof si paran/gadyen an te avize LEA a ke yo pa vle enfòmasyon elèv yo divilge san konsantman preyalab alekri. CPS divilge enfòmasyon sa yo san konsantman paran/gadyen an: non elèv yo, dat prezans yo, klas oswa nivo, patisipasyon nan aktivite ofisyèl yo rekonèt ak espò, fotografi/videyo, manm nan yon ekip atletik, degre, onè ak prim, sa a y ap etidye, ak plan yo apre lekòl segondè. Anplis de sa a, dapre M.G.L.c. 71, 89(g), CPS, kou li resevwa yon demann ki sòti nan yon charter school apwouve nan Commonwealth la, pibliye non ak adrès elèv lekòl piblik nan yon twazyèm pati lokal lapòs ki te apwouve pa Depatman Edikasyon Primè ak Segondè Massachusetts la pou ke charter school Commonwealth la kapab voye enfòmasyon rekritman bay elèv ki kalifye pou enskri nan charter school Commonwealth la. Si w pa vle enfòmasyon sa a divilge san konsantman w, ou dwe avize direktè a/moun ki nan tèt lekòl la lekòl pa w la alekri pou pita 1 ye Oktòb nan chak ane lekòl. Gen yon fòmilè pou chwazi pou sòti alekri ki anndan manyèl sa a pou ranpli pa elèv sa ak paran/gadyen yo ki pa ta vle ke enfòmasyon sa a divilge. Kopi règleman leta sou dosye elèv ak dwa paran epi elèv a dosye elèv yo disponib nan chak lekòl. Anplis de sa a, Komite Lekòl la te chwazi adrès elèv ak paran/gadyen (yo), nimewo telefòn (yo) ak adrès imel (yo) ansanm ak non elèv la kòm "enfòmasyon anyè" ki divilge bay gwoup paran/gadyen nan yon lekòl patikilye nan bi pou rezon espesifik ak limite pou devlope yon Liv Kontak Fanmi ki baze sou lekòl ak gwoup ansyen elèv lekòl la pou rezon espesifik ak limite pou devlope yon Anyè pou ansyen elèv lekòl la epi divilgasyon enfòmasyon sa yo pral sèlman rive si paran/gadyen elèv la te eksprèseman bay otorizasyon alekri pou enklizyon enfòmasyon sa a nan swa yon Liv Kontak Fanmi ki baze sou lekòl oswa yon Anyè pou Ansyen Elèv ki baze sou lekòl. Si yon paran/ gadyen vle patisipe nan youn nan piblikasyon sa yo, li dwe chwazi antre nan kòmansman ane lekòl la. Komite lekòl la te deziyen tou non elèv, nimewo telefòn (yo), adrès kay, ak dat nesans kòm "enfòmasyon anyè" ke yo ka divilge sèlman bay Bibliyotèk Piblik Cambridge la pou sèl objektif ki se bay kat bibliyotèk a elèv kindergarten lekòl piblik Cambridge yo. Kat bibliyotèk yo pral bay pandan kòmansman ane eskolè a pou tout elèv kindergarten ki gen senkan oswa plis, epitou kat bibliyotèk yo pral bay pou elèv kindergarten yo lè y ap gen senkan pandan ane lekòl la. Si yon paran/gadyen pa vle enfòmasyon sa a bay a Bibliyotèk Piblik Cambridge, li dwe "chwazi" nan kòmansman chak ane eskolè. Anplis de sa a, CPS ka pataje done elèv ak vandè ki bay aplikasyon ansèyman ki baze sou entènèt ak nan cloud ke yo itilize ak elèv yo, ki se yon fonksyon enstitisyonèl oswa sèvis, men sèlman lè vandè a siyen yon akò sou vi prive prive ak distri lekòl la. Yon lis resous ansèyman ki baze sou entènèt ak cloud ka jwenn nan: https://secure2.cpsd.us/mspa/district_listing.php?distr ictid=457. 3. Divilgasyon Enfòmasyon kontak de Baz bay Rekritè Militè, Konpayi k ap Anplwaye, Kolèj ansanm ak Inivèsite Yon dispozisyon nan Lwa 2001 No Child Left Behind lan, yon lwa federal, ekzije ke lekòl segondè yo, kou yo resevwa yon demann, pou divilge non, adrès, adrès imel ak nimewo telefòn elèv yo ki nan lekòl segondè bay rekritè militè Etazini yo, kolèj, inivèsite ak lòt enstitisyon edikasyon ak konpanyi kap anplwaye. Elèv lekòl segondè yo ansanm ak paran/gadyen yo gen opsyon pou mande lekòl segondè a pou l pa divilge enfòmasyon debaz yo lè yon demann konsa te resevwa. Si, sepandan, elèv lekòl segondè yo ansanm ak/oswa paran/gadyen yo pa itilize etap afimatif sa a pou bloke liberasyon enfòmasyon an, lalwa a mande pou yo divilge 6

enfòmasyon kontak la lè yo resevwa yon demann. Yon fòmilè alekri pou chwazi sòti anndan manyèl sa a pou ranpli pa elèv lekòl segondè sa yo ak paran/gadyen yo ki pa vle pou enfòmasyon kontak yo divilge. 4. Avi sou Dwa Daprè Dwa Edikasyonèl Fanmi ak Lwa sou Vi Prive (FERPA) FERPA bay paran/gadyen ak elèv yo ki gen plis pase laj (18) lane ( elèv ki kalifye ) kèlke dwa nan respè pou dosye edikasyon elè yo. Dwa sa yo se: Dwa pou enspekte epi revize dosye edikasyon elèv la nan yon peryòd karant-senk (45) jou apati de jou ke lekòl la resevwa yon demnan pou gen aksè. Paran/gadyen oswa elèv kikalifye yo dwe soumèt bay direktè lekòl la/moun ki nan tèt lekòl la yon demann alekri ki idantifye dosye (yo) ke yo swete enspekte yo. Ofisyèl lekòl la va pran tout mezi pou gen aksè epi avize paran/gadyen oswa elèv ki kalifye a sou lè ak lokal kote dosye yo kapab enspekte. Dwa pou fè demann amannman dosye edikasyon elèv la ke paran/gadyen an oswa elèv ki kalifye a rete kwè ki pa kòrèk oswa twonpe yo, oswa ki an vyolasyon avèk dwa vi prive elèv la anba FERPA. Paran/gadyen an oswa elèv ki kalifye a ki swete mande lekòl la pou amande yon dosye dwe ekri direktè lekòl la/moun ki nan tèt lekòl la, idantifye klèman pati nan dosye a ke yo vle chanje a, epi espesifye poukisa li dwe chanje. Si lekòl la deside pou pa amande dosye a jan paran/gadyen an oswa elèv ki kalifye a te fè demann lan, lekòl la pral avize paran/gadyen an oswa elèv ki kalifye a de desizyon an epi avize yo sou dwa ke yo genyen pou yon odyans konsènan demann pou amannman an. Enfòmasyon an plis konsènan pwosedi odyans la va bay a paran/gadyen an oswa elèv ki kalifye a lè yo avize yo sou dwa pou yon odyans. Dwa pou bay konsantman alekri anvan ke lekòl la divilge enfòmasyon pèsonèl idantifyab (PII) sòti nan dosye edikasyon elèv la, eksepte nan nivo ke FERPA otorize divilgasyon san konsantman. Yon eksepsyon, ki li menm pèmèt divilgasyon san konsantman, se divilgasyon bay ofisyèl ki gen enterè edikasyonèl ki lejitim. Yon ofisyèl lekòl se yon moun ki anplwaye pa Lekòl la kòm yon administratè, sipèvizè, anseyan, oswa manm anplwaye pou sipò (sa a gen ladan anplwaye sante oswa medikal ak pèsonèl inite ajan pou aplike lalwa) oswa yon moun kap travay nan Komite Lekòl la. Yon ofisyèl lekòl kapab gen ladan tou yon volontè, yon kontraktè ki andeyò lekòl la k ap founi sèvis entitisyon oswa fonksyon kote ke lekòl la ta ka otreman itilize pwòp anplwaye pa l yo ki anba kontwòl dirèk lekòl la ak respè pou itilizasyon ak antretyen PII sòti nan dosye edikasyon yo, tankou yon avoka, yon oditè, konsiltan oswa terapis; yon paran/gadyen oswa elèv k ap fè travay volontè pou sèvi nan yon komite ofisyèl, tankou yon komite disiplinè oswa doleyans; oswa paran/gadyen oswa elèv oswa lòt travayè k ap ede yon lòt ofisyèl lekòl nan fè travay li yo. Yon ofisyèl lekòl gen yon enterè edikasyon ki lejitim si ofisyèl la bezwen revize yon dosye edikasyon yon fason pou l akonpli responsabilite pwofesyonèl li. Kou demann lan fèt, lekòl la divilge dosye edikasyon san konsantman bay yon ofisyèl yon lòt distri lekòl kote yon elèv ap chèche oswa gen entansyon enskri, oswa deja enskri si divilgasyon an se pou rezon enskripsyon oswa transfè elèv la. Dwa pou depoze yon plent bay Depatman Edikasyon Etazini konsènan swadizan echèk lekòl la nan koube l a ekzijans FERPA yo. Non ak adrès biro ki administre FERPA yo se: Family Policy Compliance Office U.S. Department of Education 400 Maryland Avenue, SW Washington, D.C. 20202-5920 Telefòn: 1-800-USA-LEARN (1-800-872-5327) 7

FERPA pèmèt divilgasyon PII nan dosye edikasyon elèv yo, san konsantman paran/gadyen oswa elèv ki kalifye, si divilgasyon an reponn a kèlke kondisyon ki jwenn nan 99.31 nan règleman FERPA yo. Eksepte pou divilgasyon bay ofisyèl lekòl yo, divilgasyon ki gen rapò ak kèlke òdonans jidisyè oswa manda ki fèt legalman, divilgasyon enfòmasyon anyè, ak divilgasyon bay paran/gadyen oswa elèv ki kalifye, 99.32 nan règleman FERPA yo ekzije ke lekòl la anrejistre divilgasyon an. Paran/gadyen oswa elèv ki kalifye a gen yon dwa pou enspekte epi revize dosye divilgasyon an. Yon lekòl kapab divilge PII a nan dosye edikasyon yon elèv san li pa chèche jwenn konsantman alekri preyalab nan men paran/gadyen oswa elèv ki kalifye a: Pou lòt ofisyèl lekòl, sa a gen ladan l pwofesè, ki anndan ajans edikasyon an oswa enstitisyon ke lekòl la te detèmine ki gen enterè edikasyon lejitim. Sa a gen ladan l kontraktè yo, konsiltan yo, volontè yo, oswa lòt pati kote lekòl la te ekstènalize sèvis enstitisyonèl oswa fonksyon, depi ke kondisyon ki nan lis anba yo 99.31(a)(1)(i)(B)(1) (a)(1)(i)(b)(2) te satisfè. ( 99.31(a)(1)) Pou ofisyèl ki nan lòt lekòl, sistèm lekòl, oswa enstitisyon pou edikasyon apre lekòl segondè kote ke elèv la ap chèche oswa gen entansyon pou enskri, oswa kote elèv la te si divilgasyon an se pou kèk rezon ki gen rapò avèk enskripsyon elèv la oswa transfè, sa a rete sou rezèv ekzijans 99.34. ( 99.31(a)(2)) yo. Pou reprezantan otorize kontwolè jeneral Etazini, Pwokirè Jeneral Etazini an, Sekretè Edikasyon Etazini an, oswa Otorite edikasyon leta ak lokal, tankou ajans edikasyon Leta a nan Eta paran/gadyen oswa elèv ki kalifye a (SEA). Divilgasyon anba pwovizyon sa a kapab fèt, sou rezèv ekzijans 99.35 yo, an koneksyon avèk yon odit oswa evalyasyon pwogram edikasyon Federal oswa ki sipòte pa Leta, oswa pou fè respekte oswa koube yo a ekzijans legal Federal yo ki gen rapò a pwogram sa yo. Antite sa yo kapab divilge pi lwen toujou PII a andeyò antite ki te deziyen pa yo menm kòm reprezantan otorize pou mennen odit, evalyasyon, oswa fè respekte oswa aktivite pou fè aplike nan non pa yo. ( 99.31(a)(3) and 99.35) An koneksyon avèk èd finansyè kote ke elèv la te aplike oswa sa a ke elèv la te resevwa, si enfòmasyon an te nesesè pou detèmine kalifikasyon pou èd la, detèmine kantite lajan pou èd la, detèmine kondisyon èd la, oswa fè respekte tèm ak kondisyon èd la. ( 99.31(a)(4)) Pou ofisyèl Leta ak lokal oswa otorite ke yo pèmèt espesifikman resevwa rapò enfòmasyon oswa divilge pa yon lwa leta ki konsène sistèm jistis pou minè ak kapasite sistèm nan pou sèvi ak efikasite, anvan abitraj, elèv dosye li yo te pibliye, sou rezèv a 99.38. ( 99.31(a)(5)) Pou òganizasyon ka p mennen etid pou, oswa nan non, lekòl la, yon fason pou: (a) develope, valide, oswa administre ekzamen prediktif; (b) administre pwogram èd pou elèv; oswa (c) amelyore ansèyman. ( 99.31(a)(6)) Pou òganizasyon akredite yo pou ekzèse fonksyon akreditasyon yo. ( 99.31(a)(7)) Pou paran/gadyen yon elèv ki kalifye si elèv la se yon depandan pou rezon taks IRS. (99.31(a)(8)) Pou konfòme a yon òdonans jidisyè oswa asiyasyon ki te sòti legalman. (99.31(a)(9)) Pou ofisyèl apwopriye yo an koneksyon avèk ijans sante oswa sekirite, sou rezèv a 99.36. ( 99.31(a) (10)) o Li se enfòmasyon ke lekòl la te deziyen kòm enfòmasyon anyè anba 99.37. ( 99.31(a)(11)) Pou yon travayè sosyal ajans oswa lòt reprezantan ajans byennèt timoun Leta oswa lokal oswa òganizasyon tribinal ki otorize pou gen aksè a plan dosye yon elèv lè yon ajans konsa oswa òganizasyon responsab legalman, an akò avèk lwa tribal oswa Leta, pou swen ak pwoteksyon elèv ki 8

nan plasman akèy familyal. (20 U.S.C. 1232g(b)(1)(L)) Pou Sekretè Agrikilti oswa reprezantan ki otorize pou Sèvis Nitrisyon ak Manje nan bi pou kondui siveyans pwogram, evalyasyon ak mezi pwogram pèfòmans ki otorize anba Lwa Lunch Lekòl Nasyonal Richard B. Russell la oswa Lwa Nitrisyon Timoun ane 1966 la, anba sèten kondisyon. (20 U.S.C. 1232g(b)(1)(K)) 5. Done Elèv ak Aplikasyon Ansèyman sou Entènèt CPS kapab pataje done elèv yo ak vandè ki founi aplikasyon ansèyman sou entènèt ki itilize avèk elèv yo, sa a ki se yon fonksyon ansèyman oswa sèvis, men sèlman lè vandè a siyen yon akò sou entimite done elèv la avèk distri lekòl la. Ou ka jwenn yon lis resous ansèyman sou entènèt ki apwouve nan: https://secure2.cpsd.us/mspa/district_listing.php?distr ictid=457. 6. Prezans Timoun aprann pi byen epi reyalize pi wo degre nan siksè lè yo toujou prezan lekòl. Prezans regilye ak ponktyalite kontribye a byennèt jeneral tout kò elèv la nan diminye dezòd nan anviwònman aprantisaj la. Prezans chak jou ak ponktyalite yo esansyèl nan siksè timoun nan lekòl ak nan travay alavni. Sa n ap atann se ke tout elèv pral gen, yon minimòm, omwen katreven kenz pousan (95%) prezans nan lekòl la epi nan chak klas pandan jounen lekòl la. Kòm ou konnen, dapre lwa Jeneral Massachusetts yo: TOUT TIMOUN KI GEN LAJ 6-16 LANE OBLIGATWA POU YO ALE LEKÒL. Li enpòtan pou ke tout moun konprann ke modèl pou yon siksè nan lekòl ak akademik ki reyisi kòmanse nan klas jadendanfan ak klas premye ane. Abitid byen bonè nan pa vin lekòl gen tandans kontinye pandan tout lavi lekòl yon timoun epi lakòz yon timoun gen risk pou echèk nan lekòl epi bay lekòl la vag. Nou mande kooperasyon ak asistans ou nan asire ke pitit ou al lekòl la chak jou epi alè. Lè nenpòt timoun absan, paran/gadyen an dwe rele lekòl la pou bay avi sou absans la pa pi ta pase nan maten absans la. Si yon apèl pa te fèt, lè timoun nan retounen nan lekòl la, li dwe pote yon nòt soti nan men paran/gadyen an ki bay rezon ki lakòz li te absan. Nòt sa yo dwe kenbe nan dosye yo pou ane lekòl la pa pwofesè salklas la. Si yon timoun pral gen absans ekskize pou senk (5) jou oswa plis, paran/gadyen an dwe avize lekòl la pou ke yo ka fè aranjman pou kapab ofri devwa lakay, epi si elèv la pral gen yon absans pwolonje pou de (2) oswa plis semèn akòz maladi oswa blesi, paran/gadyen an dwe avize lekòl la pou fè aranjman ki nesesè pou enstriksyon lakay. Lè absans ekskize yo vin sispèk, epi yo kòmanse ap devlope yon chèn, lekòl la ap pran etap pou rann kont de rezon yo nan mande nòt medikal epi mennen vizit lakay yo. Biro direktè/moun ki nan tèt lekòl la yo va kenbe estatistik epi tcheke absans ak reta yo souvan nan ka kote absans yo fèt toutan oswa iregilye epi ki rapòte kòm maladi, direktè/moun ki nan tèt lekòl la oswa enfimyè lekòl la ka mande deklarasyon yon doktè pou sètifye ke absans sa yo jistifyab. Si yon timoun pa ale lekòl oswa yon timoun ki gen laj 6 a 18 lane abitye absan lekòl san pèmisyon oswa kontinye ap dezobeyi règleman lekòl la, distri lekòl la kapab depoze yon petisyon Timoun ki Bezwen Asistans (CRA) nan tribinal yo. Cambridge Rindge ak Latin School ak Pwogram Ekstansyon Lekòl Segondè a ap trete kat (4) absans nan nenpòt ki klas kòm yon Echèk Vyolasyon Prezans (AVF) pou sezon an. Apre yon katriyèm absans konsa, lekòl la ap avize paran/gadyen an. Paran/gadyen kab chèche yon egzansyon medikal pou nenpòt ki kondisyon kwonik, maladi ki repete, oswa pou nenpòt maladi ki depase kat (4) jou. 9

Paran/gadyen ap gen dwa pou fè yon apèl kont nenpòt AVF bò kote Komite Revizyon Apèl la nan Cambridge Rindge ak Latin School oswa Pwogram Ekstansyon Lekòl Segondè a nan dis (10) jou ki vini apre refi a, soumèt yon apèl alekri bay Sipèentandan lekòl yo pou li revize l. desizyon Sipèentandan lekòl yo pran an ap final. 7. Timoun ki bezwen Asistans (CRA) Konsantrasyon tribinal yo ak depatman lekòl la sou ofansè sa yo, kèlkeswa laj yo, se pou entèvansyon bonè. Lwa Jeneral Massachusetts defini yon retadatè san pèmisyon abityèl epi yon ofansè repete nan lekòl la kòm yon timoun ki "pa reyisi prezan lekòl la volontèman epi ak pèsistans, li absan lekòl san pèmisyon, oubyen ki vyole règleman rezonab ak legal lekòl yo ak pèsisitans." Anba M.G.L. c.76, 2, paran/ gadyen yo oblije lakòz yon timoun ale lekòl, epi, si li echwe nan fè sa a pou plis pase yon sesyon sèt jou oswa katòz sesyon mwatye jounen nan nenpòt peryòd sis mwa, paran/gadyen an pral tonbe anba yon plent pa sipèvizè prezans la, epi jwen pinisyon nan peye yon amann. Anplis de sa a, lekòl yo ka depoze yon aplikasyon CRA pou nenpòt ki timoun ki gen laj 6 jiska 18 lane ki abitye absan lekòl san pèmisyon paske li gen uit oswa plis absans san motif nan yon ka ane lekòl la, oswa paske timoun nan te kontinye echwe nan obeyi règleman lekòl. Lè efò entèvansyon lekòl entèn pa reyisi rezoud yon absans kwonik oswa reta, absans san pèmisyon abityèl oswa vyolasyon repete règleman lekòl la, depatman lekòl la ka antame yon aksyon CRA bò kote tribinal la dapre lalwa, Tribinal Jivenil la gen aksè a tout enfòmasyon lekòl konsènan dosye sa yo. 8. Avi Konsènan Elèv Ki Kite Lekòl Lekòl Piblik Cambridge angaje yo nan fè elèv yo konplete edikasyon elemantè ak segondè yo. Nan evènman kote yon elèv ki gen laj sèz lane oswa ki pi gran ap chèche pou kite lekòl la, CPS koube yo a kondisyon yo ki nan M.G.L.c. 76, 18 epi swiv pwosedi ki tabli pi ba yo: 1. Direktè a oswa moun yo chwazi a ap fè sòti yon lèt voye bay paran/gadyen elèv la k ap avize paran/gadyen an ke elèv la swa te eksprime yon entansyon pou sòti nan lekòl la san yo pa gen entansyon pou retounen, oswa (b) te gen kenz (15) absans youn apre lòt nan lekòl la epi ki endike dènye dat elèv la te prezan nan lekòl la. Yon fason pou lekòl la detèmine si elèv la ap deside bay lekòl la vag san entansyon pou l retounen, lekòl pwograme yon reyinyon avèk elèv la epi paran/gadyen l nan bi pou yo diskite sou rezon ki fè elèv la vle bay lekòl la vag epi eksplore edikasyon altènatif ak lòt plasman pou elèv la anvan li fòmèlman bay lekòl la vag. Paran/gadyen an ka mande pou dat ak lè reyinyon an chanje depi ke ekstansyon pou tan sa a pa pase plis pase katòz (14) jou sòti nan dat lèt ki te sòti a pa direktè a oswa moun ki te deziyen an. 2. Apre reyinyon an fin fèt ak paran/gadyen an epi elèv la, direktè a oswa moun ki te deziyen an voye yon lèt bay paran/gadyen elèv la nan fè yon rezime sou sa ki te diskite yo epi nenpòt desizyon ki te rive jwenn nan reyinyon an, sa a gen ladan men pa limite a, si elèv la ap retounen nan lekòl la, pouswiv yon plasman edikasyon altènatif, pouswiv lòt sèvis sipò oswa ap bay lekòl la vag nèt. 3. An akò avèk dispozisyon ki nan M.G.L.c. 76, 18 la, nenpòt detèminasyon ke yon elèv ta rive kite lekòl nèt pa dwe entèprete kòm yon eksklizyon pèmanan elèv la si li ta renmen kontinye edikasyon li. 10

abi gen ladan: 9. Abi sou Timoun Seksyon 51A nan Chapit 119 nan Lwa Jeneral Massachusetts yo ekzije ke sèten moun ki nan kapasite pwofesyonèl yo gen yon kòz rezonab pou ta kwè ke yon timoun ki anba laj dizwit (18) lane ap soufri de domaj fizik grav oswa emosyonèl ki sòti nan abi, sa ki gen ladan abi seksyèl, oswa neglijans, sa a gen ladan malnitrisyon, ke yo fè l sibi dwe imedyatman, atravè telefòn, rapòte abi sa a oswa neglijans la bay Depatman Timoun ak Fanmi ( DCF ). Pwofesyonèl ki dwe rapòte ka abi sou timoun oswa neglijans bay DCF gen ladan: doktè, entèn medikal, enfimyè, pwofesè, administratè edikasyon, konseye pedagojik, konseye fanmi, kontwolè jidisyè, ofisye prezans nan lekòl, travayè sosyal, sikològ, ak polisye. Rapò pa telefòn nan ta dwe fèt swa nan biwo zòn ki apwopriye a oswa atravè liy dirèk pou rapòte 24 sou 24 la: 1-800-792-5200. Nan yon peryòd karant-uit (48) èdtan, pwofesyonèl sa yo gen obligasyon dapre lalwa Massachusetts pou avize DCF alekri nan sèvi avèk yon fòmilè rapò ofisyèl DCF. Yo dwe ranpli yon nouvo fòmilè rapò pou chak blesi oswa ki fèt ankò. Anplwaye ki gen kòz rezonab pou kwè ke yon timoun ki anba laj dizwit lane ap soufri de domaj fizik oswa emosyonèl grav ki lakòz pa abi, sa gen ladan abi seksyèl, oswa neglijans, sa gen ladan tou malnitrisyon ta dwe avize direktè lekòl/moun ki nan tèt lekòl la imedyatman yon fason pou yo ka depoze yon rapò 51A. Abi ak neglijans timoun se nenpòt ensidan ki gen rezon valab ki fè kwè ke sante fizik oswa mantal yon timoun oswa byennèt li te pran chòk oswa te menase ak risk sibstansyèl pou fèl mal nan abi oswa neglijans pa yon moun (oswa plizyè moun) ki responsab pou sante timoun nan oswa byennèt li, sa a gen ladan pèsonèl nan sistèm lekòl piblik dwe rapòte. Absans san pèmisyon, pou kont li, se pa yon bagay ki repòtab. Domaj fizik, mantal, oswa emosyonèl, blesi pa lòt mwayen ot ke aksidantèl, pa ekzanp, bat, koupe, boule, kase zo, ble; Depandans fizik de yon dwòg ki adiktif lè yo fèt; Nenpòt zak seksyèl kont yon lòt moun keseswa pa fòs, oswa pa menas fòs oswa domaj nan kò, oswa kont volonte moun nan. Sa a gen ladan yon zak seksyèl kont yon lòt moun ki pa kapab bay konsantman l swa akòz de enkapasite mantal oswa fizik li tanporèman oswa pèmanan oswa paske l se yon minè. Krim konsa tankou atak endesan ak bat, vyòl, vyòl ak fòs, vyòl ak abi, atak ak entansyon pou vyole ak zak ki pa nòmal epi libètinay konstitye kòm yon atak seksyèl. Atak endesan ak bat gen ladan, men pa limite a manyen pati prive san moun nan pa vle. Yon moun ki anba laj 14 lane legalman pa kapab bay konsantman l a jan de aktivite seksyèl sa a. Neglijans konsidere ekziste lè moun nan oswa moun yo ki reponsab pou swen timoun nan, menm lè yo finansyèman kapab fè sa, echwe nan founi timoun nan avèk bagay sa yo: o o Manje ki adekwa, rad, kote pou dòmi, edikasyon oswa swen medikal ak/oswa Sipèvizyon ki adekwa ak/oswa sipèvizyon. 10. Aksyon sou Swen ak Pwoteksyon Si echèk pou voye timoun nan lekòl rive ak lòt abi ki pi grav epi pwoblèm neglijans, yon aksyon swen ak pwoteksyon kapab inisye dapre dispozisyon ki nan M.G.L. c.119, 24. Nan yon aksyon swen ak pwoteksyon si tribinal la satisfè ke gen yon rezon valab ki fè kwè ke timoun nan ap soufri abi oswa neglijans grav oswa li an danje imedya tribinal la kapab bay lòd pou transfè imedya gad timoun nan. 11

11. Timoun yo pa Wè oswa ki pèdi Gen anpil senaryo posib ki dekri timoun yo pa wè oswa ki pèdi. Men kèk egzanp: Yon timoun pa retounen nan klas epi yo pa ka lokalize lnan batiman an oswa sou lakou lekòl la, Pwofesè salklas la pa kabab verifye ke timoun nan te ale ak paran li oswa yon moun ki te deziyen lè lekòl la lage, Pwofesè salklas la pa kabab verifye ke timoun nan te monte otobis lekòl la, epi Paran/gadyen an rele pou di ke timoun nan pa t rive lakay li a lè abityèl la. Kontakte Biwo Transpò pou tout timoun ki monte otobis lekòl la. Avizee Sipèentandan an ak Biwo Pwoteksyon ak Sekirite a. Kontakte paran/gadyen. Nan evènman kote gen yon ijans, rele lapolis dirèkteman. Sinon, Biwo pou Pwoteksyon ak Sekirite a ap kontakte yo avèk detay ki apwopriye apre yo chita pale avèw. Pwosedi Fè entèvyou ak paran/gadyen/moun ki te fè premye rapò a. Verifye ke an reyalite yo pa wè timoun nan oswa/li pèdi. Idantifye sikonstans disparisyon yo. Detèmine lè a, ki kote ak pa ki moun timoun nan te wè an dènye. Gade nan katab timoun, kenbe an disponibilite tout enfòmasyon enpòtan, nimewo ijans, verifye kondisyon gadri. (Si sa posib, foto) Yon deskripsyon konplè sou timoun nan sa a gen ladan rad ki sou li, wotè, pwa, koulè po, karakteristik distenktif yo dwe disponib. Yon lis zanmi/akolit dwe konpile. Baze w sou tout enfòmasyon ki disponib, pran yon desizyon inisyal sou ensidan an: anlèvman pa moun ki pa fanmi, anlèvman pa fanmi, li sove, pèdi, blese oswa otreman yo pa wè l oswa li oswa li pèdi. Direktè a/moun ki nan tèt lekòl oswa reprezantan li ap swiv pwosedi, yo pral kenbe tout enfòmasyon ki nan lis anlè a epi y ap disponib jiskaske timoun nan lokalize. 12. Transpò Chak lekòl dwe genyen yon sistèm lakay yo pou asire ke timoun klas primè yo transpòte monte otobis ki apwopriye yo. Kontakte Depatman Transpò nan 617-349-6862 pou tout timoun yo pa wè ki dwe transpòte. Timoun ke yo pa vin rankontre nan estòp ki pwograme a pa paran/gadyen oswa moun ki deziyen an nan plis pase twa okazyon sijè a pèdi privilèj otobis yo. 13. Ekzamen Ofisyèl CPS Administre, sou yon baz anyèl, MCAS 2.0 nan nivo klas jan sa a detèmine pa Depatman Edikasyon Massachusetts la. An plis de sa a, sou yon baz anyèl, CPS administre ACCESS bay elèv Aprantisè Lang Anglè yo, jan sa a apwopriye, an akò avèk ekzijans Depatman Edikasyon Massachusetts yo. 14. Edikasyon Seksyèl Lekòl yo ekzije pa lalwa pou avize paran/gadyen an sou pwogram etid ki prensipalman enplike nan edikasyon seksyèl imen oswa pwoblèm seksyalite imen. Chak sezon otòn nou voye yon lèt lakay konsènan pwogram etid la sou edikasyon lasante ki dekri leson sou seksyalite ki kapab rive nan chak nivo klas. Paran/gadyen an pa oblije bay pèmisyon pou 12

pitit yo pran kou sa yo, epi yo gen dwa pou anpeche pitit yo pran klas sa yo. Paran/gadyen an kapab fè sa nan voye yon lèt bay direktè lekòl/moun ki nan tèt lekòl la pou mande yo retire timoun yo nan leson sa a. Nenpòt paran/gadyen ki ta renmen revize materyèl la kapab pale ak pwofesè pitit yo oswa avèk Lidè Pwogram pou Edikasyon Sante a nan 617-349-6851. 15. Kontrent Fizik Se politik Komite Lekòl Cambridge la pou fè pwomosyon yon espas travay san danje epi pwodiktif ak anviwònman edikatif pou anplwaye li yo ak elèv yo, epi tou asire ke chak elèv nan CPS ekzante nan itilizasyon kontrent fizik ki konsistan ak politik Edikasyon Primè ak Segondè Depatman Massachusetts yo, e ke kontrent fizik dwe sèlman itilize ak anpil prekosyon kòm yon dènye rekou nan sitiyasyon ijans, apre lòt altènatif legal ak mwens pèsistan te echwe oswa yo te jije ki apwopriye. Pèsonèl lekòl la dwe sèlman administre yon kontrent fizik kòm yon dènye rekou lè sa nesesè pou pwoteje yon elèv ak/oswa yon manm nan kominote lekòl la de domaj fizik serye ki grav epi ki pral rive. Lè yon kontrent fizik dwe administre, pèsonèl lekòl la va chèche pou anpeche oswa minimize nenpòt domaj a elèv la kòm yon rezilta nan itilize kontrent fizik la. Politik sa a pa dwe entèprete nan limit pwoteksyon ke yo bay a elèv ki finanse piblikman anba lòt lwa fedral ak leta, sa a gen ladan lwa ki bay pou dwa elèv ke yo te jwenn ki kalifye pou resevwa sèvis edikasyon espesyal. Anplis de sa a, politik sa a pa dwe entèprete pou anpeche nenpòt pwofesè, anplwaye oswa ajan nan yon pwogram edikasyon piblik pou sèvi avèk fòs rezonab pou pwoteje elèv yo, lòt moun oswa tèt pa yo kont atak oswa domaj fizik, ki pral rive. CPS gen pwosedi ekri ak gid direktif ki gen rapò ak politik sa a ke yo afiche sou sit entènèt distri lekòl la eke ou ka jwenn nan biwo direktè a/moun ki nan tèt lekòl, ki idantifye: (i) repons ki apwopriye a konpòtman elèv ki ka mande entèvansyon imedya; ak (ii) metòd altènatif ki ta dwe itilize anvan lè y ap chèche anpeche vyolans elèv, konpòtman blese-pwòp tèt yo ak/oswa de-eskalade konpòtman ki kapab yon danje ki rive nan mitan yon gwoup elèv oswa avèk yon elèv endividyèl, sa ka gen ladan lòt metòd nan sitiyasyon ijans ki evite pou fè rekou a kontrent fizik. Pwosedi pou Kontrent Fizik Definisyon "Konsantman" ta vle di yon akò pa paran/gadyen ke yo te enfòme konplètman sou tout enfòmasyon ki gen rapò ak aktivite ke yo the chèche akò pou yo, nan lang natif natal yo oswa lòt fòm kominikasyon, ke paran/gadyen an konprann epi dakò alekri pou mennen aktivite a, epi konprann tou ke akò sa a volontè epi kapab revoke nan nenpòt ki lè. Akò a dekri aktivite a epi fè lis dosye yo (si genyen) ki pral divilge epi bay kilès. "Kontrent" dwe vle di limit sou mouvman fizik yon elèv nan itilize fòs kont rezistans elèv la. Kontrent fizik dwe vle di kontak fizik dirèk ki anpeche oswa siyifikativman mete restriksyon sou libète yon elèv nan fè mouvman. Tèm kontrent fizik la pa gen ladan kontrent sou vant, kontrent mekanik, oswa kontrent medikaman. Anplis de sa a, kontrent fizik pa gen ladan: bay kontak fizik ki kout, san fòs, ankouraje sekirite elèv oswa limite konpòtman blese pwòp tèt yo, bay konsèy fizik oswa bay kòmann lè y ap anseye yon konpetans, redirije atansyon, bay konfò, oswa yon eskòt fizik. Eskòt fizik dwe vle manyen pou yon ti tan oswa kenbe, san yo pa itilize fòs, kenbe men, ponyèt, bra, zepòl oswa do nan bi pou fè yon elèv ki ajite mache ale yon kote ki an sekirite. Kontrent mekanik dwe vle di itilize yon aparèy fizik pou mete restriksyon nan mouvman yon elèv oswa yon mouvman oswa fonksyon nòmal yon pòsyon nan kò li. Yon aparèy pwoteksyon oswa pou estabilize ki kòmande pa yon doktè pa dwe konsidere kòm yon kontrent mekanik. Itilizasyon yon kontrent 13

mekanik entèdi sof si li te klèman otorize pa yon doktè epi apwouve alekri pa paran/gadyen elèv la. Izolman dwe vle di enkaserasyon envolontè yon elèv pou kont li nan yon chanm oswa nan yon zòn kote ke yo anpeche elèv la fizikman, oswa kwè rezonableman yo pral anpeche l kite. izolasyon pa gen time-out ladan jan sa defini nan 603 C.M.R. 46,02. Itilizasyon yon kontrent izolazsyon eksprèseman entèdi. "Time-out" dwe vle di yon estrateji sipò sou konpòtman kote ke yon elèv separe pou yon ti tan sòti nan aktivite aprantisaj la oswa salklas la, oubyen dapre chwa pa li oswa lòd ke pèsonèl la yo ba li, nan bi pou kalme l. Pandan time-out, yon elèv pa dwe enkasere envolontèman, epi yo dwe kontinyèlman obsève pa yon manm pèsonèl. Anplwaye va dwe kanpe avèk elèv la oswa disponib imedyatman pou elèv la a tou tan. Time-out va dwe sispann osito ke elèv la te kalme l oswa lè trant (30) minit fin pase, nenpòt sa ki fèt anvan. Preferans la se pou time-out la aplike nan yon salklas. Nenpòt espas ki itilize pou time-out andeyò yon sal klas dwe apwouve pa Biwo Sèvis Elèv yo anvan ke yo itilize l. kontrent Medikaman "dwe vle di administrasyon konpòtman kontwole pou yon ti tan. Itilizasyon yon kontrent chimik entèdi sof si li klèman otorize pa yon doktè epi yo te konsanti pou li, alekri, pa paran/gadyen elèv la. "kontrent sou vant" dwe vle di yon kontrent kote yo mete yon elèv fas atè sou planche a oswa sou yon lòt sifas, epi yo peze kò elèv la yon fason pou kenbe elèv la nan yon pozisyon sou vant. Itilizasyon kontrent sou vant eksprèseman entèdi. "Direktè/Moun ki nan tèt lekòl la" dwe vle di lidè ansèyman nan yon pwogram lekòl edikasyon piblik oswa reprezantan. Itilizasyon yon Kontrent Si tout lòt altènatif legal ak mwens pèsistan te echwe oswa yo te jije yo pa apwopriye pou anpeche vyolans elèv, konpòtman blese pwòp tèt yo ak/oswa deeskalade konpòtman danjere ki kapab rive nan mitan gwoup elèv oswa avèk yon elèv endividyèl, yon kontrent fizik kapab itilize kòm yon dènye rekou. Sa a ta vle di, ke yon kontrent fizik dwe itilize sèlman kòm yon dènye rekou lè konpòtman elèv la reprezante yon menas ki pral rive, domaj fizik grav sou tèt pa l oswa lòt moun epi elèv la pa reponn a direktif vèbal, oswa lòt entèvansyon sou konpòtman ki legal epi mwens pèsistan, oswa entèvansyon sa yo te jije ke yo inapwopriye pou sikonstans yo. Nenpòt kontrent fizik dwe limite a itilizasyon fòs rezonab jan sa a nesesè, pou pwoteje yon elèv oswa yon lòt manm nan kominote lekòl la de atak oswa domaj fizik ki pral rive, ki serye. Yon kontrent fizik kapab sèlman administre pa pèsonèl lekòl la ki te resevwa bonjan fòmasyon nan itilize kontrent fizik la. Lòt limitasyon nan Itilizasyon Kontrent pratik ki swiv yo ekspreseman entèdi: (i) itilizasyon kontrent ki pa konsistan avèk dispozisyon ki tabli pi wo a; (ii) itilizasyon yon kontrent kòm yon mwayen pou disiplin oswa pinisyon, kòm yon repons a destriksyon pwopriyete, oswa deranje lòd lekòl la, oswa kòm yon repons a refi yon elèv pou konfòme l avèk yon règ lekòl la oswa direktif anplwaye yo, oswa menas vèbal lè aksyon sa yo pa reprezante yon menas ki pral rive, ki serye, domaj fizik; (iii) itilizasyon kontrent mete sou vant, (iv) itilizasyon kontrent mekanik, (v) itilizasyon yon kontrent medikaman ki pa te apwouve pa yon doktè epi te konsanti pou li, alekri, pa paran/gadyen elèv la, (vi) itilizasyon yon kontrent lè yon elèv pa kapab kontni san danje, ak (vii) kontinye itilize kontrent lè yon elèv endike ke li pa ka respire oswa parèt ke li nan gwo detrès (sa a gen ladan men pa limite a: difikilte pou respire, kriye san rete oswa ap touse). Kontrent pa ka enkli kòm yon repons ki planifye nan yon pwogram edikasyon endividyèl (IEP). Sepandan, pou elèv ki prezante ak konpòtman repetitif blese pwòp tèt yo, direktè/moun ki nan tèt lekòl la ka pwopoze bay paran/gadyen an yon akò separe alekri pou yo ka sèvi ak kontrent sou yon baz ijans pandan 14

yon peryòd tan limite epi ki espesifye. Nan ka sa a plan an dwe gen ladan rapò detaye bay paran/gadyen an sou frekans nan itilizasyon ak dire kontrent yo, epi peryòd tan espesifik pandan ke kontrent fizik la pral redui ak elimine. direktè/moun ki nan tèt lekòl la dwe jwenn konsantman alekri paran/gadyen an sou plan an anvan ke yo aplike l. Mwayen ki Apwopriye pou bay Kontrent Fizik Sèlman pèsonèl lekòl ki pran fòmasyon dwe administre kontrent fizik. Pèsonèl lekòl ki pran fòmasyon se endividi sa yo ki te resevwa swa fòmasyon an pwofondè oswa ki te resevwa fòmasyon debaz detaye ki anba a. Depi sa a posib, administrasyon kontrent fizik la dwe temwen pa omwen yon adilt ki pa patisipe nan kontrent fizik la. Lè yon kontrent fizik ap administre, pèsonèl lekòl la dwe sèvi ak sèlman kantite fòs ki nesesè a pou pwoteje elèv la oswa lòt moun kont blesi fizik. Anplis de sa a, pèsonèl lekòl k ap administre yon kontrent fizik va sèvi ak metòd ki pi an sekirite ki disponib la epi ki apwopriye a sitiyasyon an nan akò ak egzijans sekirite detaye anba a, epi dwe sispann kontrent la pi vit ke posib. tout kontrent fizik dwe sispann osito ke elèv la pa yon danje imedyat pou tèt li oswa lòt moun, oswa elèv la endike ke li pa ka respire, oswa si yo obsève ke elèv la nan detrès grav, tankou li gen difikilte pou respire, oswa pwolonje t'ap rele byen fò oswa touse. Li ta dwe remake, sepandan, ke kondisyon fòmasyon sa yo pa pral anpeche yon pwofesè, anplwaye oswa ajan nan lekòl la soti nan lè l sèvi avèk rezonab ak nesesè pou bezwen fòs pwoteje elèv yo, lòt moun oswa tèt yo kont atak oswa iminan, ki grav, domaj fizik. Kondisyon Sekirite Okenn kontrent pa ta dwe administre nan yon tèl fason ke li anpeche yon elèv respire oswa pale. Pandan administrasyon yon kontrent, pèsonèl lekòl la va kontinyèlman kontwole sitiyasyon fizik elèv la, sa a gen ladan koulè po l, tanperati l ak respirasyon li. Nenpòt epi tout kontrent dwe imedyatman lage sou yon detèminasyon pa pèsonèl lekòl la k ap administre kontrent ke elèv la pa nan risk pou lakòz domaj fizik iminan a tèt li, tèt pa l oswa lòt moun. Anplis de sa a, kontrent pral administre nan yon tèl fason pou anpeche oswa pou minimize domaj fizik. Si, nan nenpòt ki lè pandan yon kontrent fizik elèv la demontre difikilte pou respire oswa detrès fizik enpòtan, sa a gen ladan men pa limite a, pwoblèm pou respire oswa touse oswa kriye pwolonje, elèv la dwe lage soti nan kontrent la imedyatman, epi anplwaye lekòl la dwe pran etap pou chèche èd medikal. Pèsonèl lekòl la dwe revize epi konsidere nenpòt limit medikal oswa sikolojik ak/oswa plan entèvansyon sou konpòtman konsènan itilizasyon kontrent fizik sou yon elèv endividyèl osi byen ke istwa chòk yo konnen oswa sispèk. A nenpòt ki moman pandan administrasyon yon kontrent fizik, pèsonèl lekòl la ka chèche kontakte espesyalis konpòtman Biwo Sèvis Elèv yo, oswa Ekip Entèvansyon Kriz la, oswa pran lòt etap pou chèche èd medikal si li parèt ke elèv la ap demontre detrès fizik enpòtan. Pwosedi Swivi ak Kondisyon pou Rapòte yo Nan yon tan ki apwopriye apre yon elèv te relache sòti nan yon kontrent, direktè a/moun ki nan tèt lekòl la oswa reprezantan li dwe aplike pwosedi pou fè swivi ki tabli pi ba a: a. revize kontrent la avèk elèv la pou adrese konpòtman ki te lakòz kontrent la; b. revize ensidan an ak pèsonèl lekòl la ki te administre kontrent la pou diskite si wi ou non yo te swiv pwosedi kontrent ki apwopriye; ak c. swivi ta dwe fèt ak elèv ki te temwen ensidan an, sa a gen ladan kont randi pwofesè, kont randi konseye oswa itilize nan pratik reparatris; ak d. yon avi alekri sou kontrent lan dwe voye bay Biwo Sèvis Elèv yo ak sipèvizè imedya direktè a/moun ki nan tèt lekòl la. Sa ki anba la yo se kondisyon pou rapòte ke lekòl la li menm swiv: 15

a. Chak izaj kontrent dwe rapòte alekri sa a gen ladan non elèv la ke yo te bay kontrent lan epi rapòte bay Biwo Sèvis Elèv la ak sipèvizè imedya direktè a /moun ki nan tèt lekòl la. b. Manm anplwaye lekòl la ki te administre yon kontrent fizik ki te gen kòm rezilta yon domaj sou yon elèv va vèbalman enfòme direktè a/moun ki nan tèt lekòl la oswa/reprezantan li de kontrent la pi vit ke posib epi pa pita pase lè lekòl la fèmen pou jounen lekòl lè kontrent lan te administre a. Yon rapò alekri dwe ranpli epi voye bay direktè lekòl/moun ki nan tèt lekòl la pou revizyon sou itilizasyon kontrent la pa pi ta ke pwochen jou travay apre kontrent lan te administre a. Si direktè a/moun ki nan tèt la lekòl la te administre kontrent la, direktè a/moun ki nan tèt nan lekòl la va ekri rapò a epi soumèt li bay Sipèentandan an pou revizyon pa yon ekip ki deziyen pa Sipèentandan an. c. direktè/moun ki nan tèt lekòl la dwe kenbe yon dosye ankou pou tout sikonstans ki te rapòte sou kontrent fizik. d. Direktè/moun ki nan tèt lekòl la oswa/reprezantan l dwe enfòme vèbalman paran elèv la/gadyen an pi vit ke posib men pa pita pase ven-kat (24) èdtan apre yo fin itilize kontrent, avèk yon rapò alekri ki gen dat lapòs pa pi ta pase twa jou (3) lekòl la t ap travay apre yo te itilize kontrent fizik la. Direktè/moun ki nan tèt lekòl la dwe bay elèv la ak paran/gadyen an yon opòtinite pou fè kòmantè alekri sou itilizasyon kontrent la ak sou enfòmasyon ki nan rapò alekri a. e. direktè/moun ki nan tèt lekòl la dwe bay Biwo Sipèentandan an yon kopi rapò alekri sou yon kontrent fizik lè kontrent sa yo te gen kòm rezilta yon domaj sou yon elèv osi byen tou yon kopi de dosye ki ankou lekòl pou tout enstans ki te rapòte sou kontrent fizik pou trant an (30) jou anvan ke kontrent fizik la te rapòte. Dokimantasyon sa a voye al jwenn biwo Sipèentandan an pa pi ta pase yon (1) jou travay lekòl apre direktè a/moun ki nan tèt lekòl la yo te fin resevwa rapò alekri a. Diretè/moun ki nan tèt lekòl la va konvoke yon ekip sipò elèv pou fè yon evalyasyon sou bezwen yon elèv endividyèl si yon elèv te resevwa kontrent nan de (2) okazyon separe nan yon peryòd sèt (7) jou oswa twa (3) fwa nan yon trant (30) jou peryòd. Manm ekip nivo klas l ansanm ak anplwaye yon lòt pwogram konsa kòm direktè a/ moun ki nan tèt lekòl la kapab detèmine, va dwe patisipe nan evalyasyon an. Chak manm nan ekip sipò pou elèv la pral li rapò alekri sou kontrent la ansanm ak nenpòt kòmantè ki te ofri pa elèv la ak paran/gadyen an sou rapò sa ak itilizasyon kontrent. Anplis de revizyon an ak diskisyon sou rapò sa yo pa ekip sipò pou elèv la, evalyasyon an dwe gen ladan yon analiz de sikonstans yo ki te mennen a chak kontrent, sa a gen ladan faktè tankou lè nan jounen an, jou nan semèn nan, evènman antesedan yo, ak moun ki te enplike. Evalyasyon an va dwe fini avèk yon plan pou adrese nenpòt faktè ki te ka kontribye nan akselerasyon konpòtman yo, konsiderasyon lòt fason pou kontrent, sa a gen ladan teknik pou deakselere vyolans ak entèvansyon ki posib, ak lòt estrateji konsa ak desizyon, jan sa apwopriye, avèk objektif pou diminye oswa elimine itilizasyon kontrent nan lavni. Si direktè/moun ki nan tèt lekòl la te patisipe dirèkteman nan kontrent la, yon moun diman kalifye ki deziyen pa Sipèentandan an pral komande diskisyon ekip sipò elèv la. Direktè/moun ki nan tèt lekòl la dwe asire yo ke yon dosye sou chak elèv revize pa yon ekip sipò pou elèv kenbe epi mete disponib pou revizyon pa Depatman Edikasyon Elemantè ak Segondè Massachusetts la kou yo mande sa a. Direktè a/moun ki nan tèt lekòl la dwe fè yon revizyon chak mwa sou dosye kontrent tout elèv. Revizyon sa a dwe konsidere modèl itilizasyon kontrent yo pa resanblans nan tan jounen an, jou nan semèn nan, oswa moun ki enplike; nimewo ak dire kontrent fizik; ak kantite a ak kalite domaj, si genyen, ki te lakòz itilizasyon kontrent. Direktè/moun ki nan tèt lekòl la va deside si li nesesè oswa apwopriye pou modifye prevansyon kontrent ak pratik jesyon avèk pwosedi yo, anplis de fòmasyon oswa estrateji pou rediksyon/prevansyon, kontrent tankou fòmasyon sou 16