PINGA OU VIRE PAJ SA A TOUTOTAN YO POKO DI W VIRE L.

Similar documents
Florida History: Famous Floridians: Henry Morrison Flagler

DEZYÈM LIV KESYON KI BAZE SOU YON SERI DOKIMAN (DBQ) 16 NOVANM Ekri non w ak non lekòl ou an lèt majiskil sou liy ki anwo yo.

4THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

Non Elèv la. Non Lekòl la

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: 1FES 64. Tab Number: 63 CE FES 1D: Document Title: Document Date: Haiti.

Evite kè sote moun genyen souvan nan afè bay tete

8 YÈM ANE NIVO ENTÈMEDYÈ

Amplwayè: Amplwaye: Dat Pèt: Nimewo Dosye: Nimewo Ka Leta:

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

ekouvri Lekòl Piblik Boston Fanmi Boston gen chans pou yo gen plis chwa pou edikasyon pitit yo pase prèske tout lòt kote nan Etazini

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN VIVAN. Vandredi 28 janvye :15 pou 12:15 p.m.

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

CORNERSTONE, Level A: Haitian Creole Translations

Lekòl Piblik Boston. Byenveni nan Lekòl Nou yo.

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

SEKSYON PRATIK POU F È APÈL NAN BAWO FLORID LA

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

ISTWA AK GOUVÈNMAN ETAZINI

Pou plis enfòmasyon, tanpri rele nan (305)

REZIME AVI DEPATMAN TIMOUN AK FANMI FLORIDA RÈGLEMAN KONSÈNAN RÈGLEMAN SOU ENFÒMASYON AK JESYON PRIVE AK PWOTEKSYON ENFÒMASYON PÈSONÈL SOU SANTE

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAN FIZIK SYANS LATÈ

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ. Jedi 19 Jen :15 jiska 4:15 p.m.

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

Financial Assistance Documents Texas Health Huguley

SAMPLE LETTER TO PARENTS (USE SCHOOL LETTERHEAD) ELEMENTARY SCHOOL INTRODUCTORY LETTER FOR HGD UNIT KINDERGARTEN-FOURTH GRADE.

BOSTON REGION METROPOLITAN PLANNING ORGANIZATION

Emerante De Pradines: Good morning Mr. Watson. Emerante De Pradines: Bonjou Msye Watson.

ISTWA ETAZINI AK GOUVÈNMAN

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWONMAM VIVAN

Maladi Malarya: Enfòmasyon ou dwe konnen

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Jedi, 29 janvye :15 a.m. pou 12:15 p.m.

ISTWA AK JEYOGRAFI JENERAL

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

AmericasBarometer: Ayiti, 2010 Vanderbilt University Dwa resève.

Gid Paran pou Jadendanfan Volontè

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ. Jedi 24 Janvye :15 jiska 4:15 p.m.

ISTWA AK JEWOGRAFI JENERAL

(ii) Bay enfòmasyon ki klè konsènan kritè kondisyon kalifikasyon pou fè aplikasyon ak metòd pou aplike pou jwenn èd finansye;

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

Atelye MIT ap fè sou teknoloji pou metòd aprantisaj aktif ki chita sou resous pedagojik san baryè Le Plaza, Pòtoprens, Ayiti, janvye 2013

Chwazi yon Lekòl Segondè: Yon Mesaj pou Elèv ak Fanmi yo

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 21 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

Florida Healthy Kids (Timoun Ansante nan Florid) Liv pou Manm yo Mwa me 2018 Sèvis Kliyantèl:

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN FIZIK SYANS LATÈ

AYITI: LIBETE AK KREYATIVITE SOTI NAN MON RIVE NAN LANME

Kijan pou touche jijman lajan Collecting a Money Judgment Haitian Creole

Egzèsis sou ADN Glikozilaz - nivo 1-2

Questionnaire number. MUNICIPIO. Komin: HAISEKSYON. Seksyon Kominal: HAISEC. Zòn [optionel] HAISEGMENTO. Segman Recensman [Kod Oficiel Recensman an]

GID POU LEKÒL PIBLIK BOSTON POU FANMI AK ELÈV

FLORIDA HEALTHY KIDS CORPORATION AVI SOU PRATIK PWOTEKSYON EFÒMASYON PRIVE

Upstate NY Metropolitan Geography 2009* Code Area Name Type 104 Albany-Schenectady-Amesterdam, NY Combined Albany-Schenectady-Troy, NY MSA

Règleman Asistans Finansye & Faktirasyon/Règleman sou Koleksyon. Règleman sou Asistans Finansye

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 23 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

Chanselye a ELÈV KI ANSENT OUBYEN KI GEN PITIT AK KONFIDANSYALITE NAN SANTE REPWODIKTIF REZIME CHANJMAN YO

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 26 janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

APLIKASYON/RE-SÈTIFIKASYON NAN PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM, SNAP)

Gid pou Lè Gen Lanmò. Boston Medical Center Biwo Zafè Moun ki Mouri. Telefòn: Faks:

KONTRAKTE KI NAN FLORIDA K-AP TRAVAY NAN JADEN/ CHEF EKIP LIV POU ETIDYE POU EGZAMEN-AN

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 17 Jen :15 jiska 4:15 p.m., sèlman.

ENSKRIPSYON ENFÒMASYON POU PARAN / GADYEN. Si w ap enskri elèv ou nan Lekòl Leta DISTRI WICOMICO yan pou premye fwa, tanpri ranpli fòm sa yo:

C h a p i t 5 Prevansyon enfeksyon. Nan chapit sa a: Prevansyon enfeksyon sove la lav Prevni enfeksyon lè w evite jèm...52

DWA AK RESPONSABILITE LOKATÈ

NÒM DISIPLIN AK MEZI POU ENTÈVNI NAN TOUT VIL LA {KÒD DISIPLIN} Depatman Edikasyon vil Nouyòk. Joel I. Klein Chanselye Haitian Creole

YON LEGLIZ KI AN SANTE KATRIYÈM EDISYON. Mark E. Dever. 525 A Street NE Washington, DC Phone (202) , FAX (202)

ST. VINCENT S MEDICAL CENTER. POLITIK KONSÈNAN ASISTANS FINANSYÈ Koumanse 9 me 2017

James H. DeGraffenreidt, Jr. Prezidan Konsèy Administrasyon Edikasyon l Eta. Nancy S. Grasmick Sipè-entandan L Eta pou Lekòl

Prentan Sistèm sa a san danje, an sekirite, legal ak vit.

PWOGRAM ASISTANS NITRISYON SIPLEMANTÈ (SNAP SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM (SNAP) APLIKASYON/RESÈTIFIKASYON

EVCS Nouvèl. ~ Byenvini~

Règleman/Pwosedi Tit: Règleman Èd Finansye - Dat anvigè: Janvye 2016 Charity Care Depatman: Sik revni # Règleman: 2209 Paj 1 sou 17

Nou la pou ou. Manyèl pou Manm. Aetna Better Health of New York. aetnabetterhealth.com/newyork NY

Konsey Pou Prepare w Pou Siklon

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi 19 Jen :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

AETNA BETTER HEALTH SM FIDA PLAN Rezime sou Benefis pou 2017

Ce document ne peut être reproduite et / ou adopté en tout ou en partie à condition qu'il n'y a pas de changement important dans le contenu, les

mwen ta renmen wè istwa ak foto pam pibliye nan Sòlda Lapè. Kisa poum fè?

Gid Chwa ak Enskripsyon. Chemen Enskripsyon An

VIL PEYI DAYITI YO:AKSYON POU JODI A AK YON KOUDÈY SOU DEMEN REZIME

SCIENCE UNIT 1 Vocabulary + Essential Questions ENGLISH/HAITIAN CREOLE

Kontni. Prepare ou: Kreye yon Plan pou Katastwòf Yon Plan pou Moun ki Enfim Definisyon Sitiyasyon Ijans Evakyasyon...

AgeWell New York (Medicare-Medicaid) FIDA Plan Avi Anyèl sou Chanjman ak Ti liv pou Patisipan pou 2017

Pati B Avi konsènan Mezi Pwoteksyon pou Paran ak Elèv Andikape yo

Èd Apre Dezas. FEMA 545 / Jiyè Gid Aplikan pou Pwogram Endividyèl & Familyal

TANPRI PATAJE DOKIMAN SA Disponib an Panyòl, Kreyòl, oubyen Gwo Postè sou Demann

Sa se yon dokiman legal enpòtan. Tanpri gade li nan kote ki an sekirite.

MINUSTAH: Èske se yon fòs k ap mentni lapè, Oubyen k ap conspire kont li?

6323 Seventh Avenue Brooklyn, NY 11220

Gid Byenveni. Preparasyon pou tan w ap pase a

Katalòg Pwodwi Sante pou Ane 2015

Is Konektikèt GID POU SA KI FÈK VINI YO. Sa se yon gid sou tout vil, minisipalite, ak lòt sèvis kin nan zòn Is Konektikèt la

Sa Kap Swiv la se Manyèl de Baz Elèv ak Fanmi ki kouvri Règ Debaz ak Règleman Lekòl City on a Hill

Vin jwenn nou pou yon randevou entènasyonal sou. Pwpozisyon pou Pri tikèt MBTA

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi, 25 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

POU ELÈV LEKÒL MWAYÈN AK LEKÒL SEGONDÈ YO NAN LEKÒL PIBLIK BOSTON

Report sales to a QEZE of nonresidential gas (including propane in containers of 100 pounds or more), electric, refrigeration, and steam services.

Repons sanitè apre tranblemanntè a nan peyi d Ayiti (janvye 2010)_ Leson ki tire sizoka yon gwo katastwòf demen

West Boca Raton Community High School

Transcription:

5The University of THE STATE OF New York 5YÈM ANE nivo ELEMANTÈ egzamen SYANS SOSYAL PREMYE LIV POU REPONS KI BYEN ÒGANIZE EPI KI GEN OBJEKTIVITE 16 NOVANM 2005 HAITIAN CREOLE EDITION SOCIAL STUDIES GRADE 5 OBJECTIVE & CONSTRUCTED RESPONSE BOOKLET 1 Non elèv la Non lekòl la Ekri non w ak non lekòl ou an lèt majiskil sou liy ki anwo yo. Egzamen sa a gen twa pati. Premye Pati a ak Dezyèm Pati a nan ti liv sa a; Twazyèm Pati a nan Dezyèm Liv la. Premye Pati a gen 35 kesyon ki gen plizyè chwa. Ekri repons pou kesyon sa yo sou yon fèy papye apa. Sèvi ak yon kreyon nimewo de (2) sou fèy repons lan. Dezyèm Pati a gen plizyè kesyon ki merite yon repons kout. Ekri repons ou yo pou Dezyèm Pati a nan espas ki la pou sa nan ti liv sa a. W ap gen inèdtan edmi pou w reponn kesyon ki nan Premye Liv la. PINGA OU VIRE PAJ SA A TOUTOTAN YO POKO DI W VIRE L. Copyright 2005 THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK THE STATE EDUCATION DEPARTMENT ALBANY, NEW YORK 12234 NO PART OF THIS TEST MAY BE REPRODUCED AND/OR TRANSMITTED BY ANY MEANS WITHOUT WRITTEN PERMISSION.

Premye Pati ESPLIKASYON Gen 35 kesyon nan Premye Pati egzamen sa a. Apre chak kesyon gen kat repons pou chwazi pami yo; repons yo make depi A pou rive D. Li chak kesyon ak anpil atansyon. Deside kiyès nan repons ochwa yo ki bon repons lan. Nan fèy apa kote pou ekri repons lan, make repons ou sou ranje ki gen ti sèk pou chak kesyon yo. Nwasi ti sèk ki gen menm lèt ak repons ou chwazi a. Sèvi ak yon kreyon pou ou make repons ou yo sou fèy la. Li egzanp ki la a: Egzanp Ki vil ki kapital Eta New York? (A) Utica (B) Albany (C) Vil New York (D) Buffalo Repons ki kòrèk lan se Albany ki kote lèt B a. Sou fèy pou make repons ou an, gade bwat ki montre ranje ki gen ti sèk pou repons pou kesyon ki nan egzanp lan. Kòm se chwa B a ki repons ki bon pou kesyon nan egzanp lan, se ti sèk ki gen lèt B a ki nwasi. Reponn tout 35 kesyon yo ki nan Premye Pati nan egzamen an. Nwasi yon sèl ti sèk pou chak kesyon. Si w vle chanje yon repons efase l byen efase. Ou gen dwa pa ka reponn kèk kesyon, men, fè sa w kapab pou chak kesyon. Lè ou fini ak Premye Pati a, ale nan Dezyèm Pati a. Grade 5 Social Studies Nov. 05 [] [KONTINYE]

Premye Pati Reponn tout kesyon nan pati sa a. 1 Generasyon apre generasyon, moun rakonte pitit yo istwa sou zansèt yo. Lè sa fèt, li rele (A) istwa nan bouch (C) byografi ekri (B) atifak istorik (D) rechèch nan libreri 2 Kòman yo rele yon peryòd san tan? (A) dekad (C) syèk (B) milenyòm (D) ane limyè 3 Rivyè yo te enpòtan nan devlopman vil yo plis paske yo te bay (A) kote pou moun naje (B) mwayen pou transpòte machandiz ak moun (C) pwoteksyon kont atak (D) kote ki plen bèt pou lachas 4 Enpòte pwodi sòti nan lòt peyi enpòtan plis paske li ede moun (A) jwenn sa peyi yo bezwen (B) vizite lòt peyi (C) konnen kibò lòt peyi yo ye (D) prepare pou al viv nan lòt peyi 5 Matyè premyè tankou chabon ak min fè yo itilize pou pwodi machandiz rele (A) resous kapital (C) resous yo pa bezwen (B) resous natirèl (D) resous travay Grade 5 Social Studies Nov. 05 []

Sèvi ak graf ki anba a epi ak konesans ou nan syans sosyal pou reponn kesyon 6 la. Kantite moun (an milyon) 1400 1300 1200 1100 1000 900 800 700 600 500 400 300 200 100 0 Peyi ak pi plis kantite moun lemonn Lachin Lend Etazini Peyi Endonezi Brezil Sous: 2004 World Population Data Sheet Population Reference Bureau (adapte) 6 Si tout peyi sa yo te menm gwosè an kilomèt kare, ki peyi ki ta kapab gen mwens moun? (A) Lend (C) Etazini (B) Lachin (D) Brezil 7 Lè kantite chokola moun bezwen pou yo manje desann, pri chokola nòmalman monte. Sitiyasyon sa a montre pri chokola a ka chanje pa (A) prezidan an (C) bòykotaj (B) òf ak demann (D) klima zòn nò (atik) 8 Anpil fwa rejyon nan lemonn yo pa gen menm plant ak bèt paske yo pa gen menm (A) anviwonman (C) kilti (B) matyè premyè (D) nasyonalite Grade 5 Social Studies Nov. 05 [] [KONTINYE]

Sèvi ak graf ki anba a epi sou konesans ou nan syans sosyal pou reponn kesyon 9 la. Senekas Kayougas? Onondagas Mohawks Oneidas 9 Ki non ki ap pi bon nan mitan desen sa a? (A) Montauk (C) Iwokwa (B) Algonkyen (D) Moyikan 10 Kijan yo rele jan tanperati a toujou ye nan yon zòn pandan yon tan (A) presipitasyon (C) jeografi (B) istwa (D) klima 11 Fanmi yo gen anpil nesesite ak anvi. Kilès nan lis sa a ki se anvi? (A) televizyon (C) kay (B) manje (D) dlo 12 Ki tèm ki dekri lajan yo rasanble pou peye pou sèvis yon kominote bay? (A) epay (C) enterè (B) pwofi (D) taks 13 Nan majorite peyi pi gwo responsablite gouvènman an se kreye (A) anvi ak nesesite (C) enpòtasyon ak ekspòtasyon (B) tradisyon ak koutim (D) règ ak lalwa Grade 5 Social Studies Nov. 05 []

14 Y ap tann tout moun pou yon manm responsab yon nasyon si yo vle jwi dwa ak privilèj nan nasyon sa a. Lide sa a plis montre (A) egalite (C) grangou (B) sitwayènte (D) divèsite 15 Ki lòd kòrèk gwoup evenman sa yo nan kòmansman istwa Ameriken sòti pi lontan pou vin pi pre? (A) kolonizasyon Gè Revolisyon eksplorasyon Ewopeyen (B) kolonizasyon eksplorasyon Ewopeyen Gè Revolisyon (C) eksplorasyon Ewopeyen kolonizasyon Gè Revolisyon (D) Gè Revolisyon eksplorasyon Ewopeyen kolonizasyon 16 Kantite zetwal ki genyen nan drapo etazini jodi a reprezante (A) kantite tribi endyen yo (B) peyi gwoup imigran yo (C) 50 eta yo (D) 13 koloni ki te gen anvan yo 17 Moun ki te an favè endepandans pandan Revolisyon Ameriken an te rele (A) Konfedere (C) Solda manto wouj (B) Lwayalis (D) Patriyòt 18 Pandan peryòd kolonyal la ki sa majorite moun nan New York t ap fè? (A) plante (C) repare materyèl ki fèt an ajan (B) vann materyèl ki fèt (D) travay fè ak plim bèt 19 Ki pi gwo rezon ki fè moun al viv nan vil yo lè gen yon deplasman sòti nan pwovens pou vinn nan vil? (A) pou gen pi bon chans pou jwenn travay (B) pou viv pi pre fèm (C) pou pi pre pak ak gwo espas (D) pou al pi lwen vye katye ki gen anpil moun Grade 5 Social Studies Nov. 05 [] [KONTINYE]

Sèvi ak kat anba a epi ak konesans ou nan syans sosyal pou reponn kesyon 20 ak 21 yo. KANADA Ogdensburg Plattsburgh Lak Champlain Batay nan Lak Champlain Fò Niagara Riyèl Lundy Lewiston Chippawa Rivyè Niagara Fò Erie Buffalo Lak Erye Rivyè Alle gheny Lak Ontario Rivyè Genesee New York: Lagè 1812 la Kote batay yo te fèt Vil 0 30 60 mayls 0 30 60 kilomèt PENNSYLVANIA Pò Sackets Oswego Syracuse Rivyè Chenango Rome Rivyè Susquehanna Albany Poughkeepsie NEW JERSEY VERMONT NEW HAMPSHIRE MASSACHUSETTS CONNECTICUT Sous: F. Daniel Larkin, New York Yesterday and Today, Silver Burdett & Ginn, 1990 (adapte) Rivyè Delaware Rivyè Mohawk Kingston Troy Vil New York R.I. Oseyan Atlantik 20 Pandan Lagè 1812 la, bay 2 batay ki te fèt nan lès Lak Ontaryo? (A) Pò Sackets ak Fò Erie (B) Ogdensburg ak Plattsburgh (C) Plattsburgh ak Lewiston (D) Oswego ak Pò Sackets Rivyè Hudson Rivyè Hudson 21 Dapre kat la, ki deklarasyon sou Lagè 1812 la ki vre? (A) Pi fò batay yo fèt tou pre Vale Hudson nan Eta New York. (B) Pi gwo batay nan lagè a fèt nan vil New York. (C) Plizyè batay nan lagè a te fèt nan lwès ak nan nò Eta New York. (D) Premye batay sou lanmè nan lagè a te fèt sou Lak Erie. Grade 5 Social Studies Nov. 05 []

Sèvi ak graf ki anba a epi ak konesans ou nan syans sosyal pou reponn kesyon 22 a. 3,500,000 Tòn machandiz ki pase nan Kanal Erie, 1835-1915 3,000,000 2,500,000 2,000,000 1,500,000 1,000,000 500,000 0 1835 1845 1855 1865 1875 1885 1895 1905 1915 Ane Sous: James A. Banks et al., New York: Adventures in Time and Place, Macmillan/McGraw-Hill, 1998 (adapte) 22 Pi gran ogmantasyon nan kantite machandiz ki pase nan kanal la te fèt pandan ki peryòd 10 zan? (A) 1835 1845 (C) 1885 1895 (B) 1845 1855 (D) 1905 1915 23 Ki evenman nan Eta New York ki te yon rezilta lòt 3 yo? (A) Kanal Erye te konstwi pou kole Oseyan Atlantik ak Gran Lak yo. (B) Bato ak vapè Fulton yo te ka vwayaje sèlman ant vil New York ak Albany. (C) Agrikiltè nan lwès Eta New York te vle voye manje an grenn nan vil New York. (D) Yon pakèt biznis nan vil New York te vle lòt mwayen transpòtasyon ki pi bon epi ki pa chè. Grade 5 Social Studies Nov. 05 [] [KONTINYE]

Sèvi ak chema kwonolojik anba a epi ak konesans ou nan syans sosyal pou reponn kesyon 24 la. 1609 1754 1763 1777 1812 1814 Henry Hudson reklame tè pou Oland Lagè Franse ak Endyen yo te fèt ant Angle ak Franse X Lagè 1812 la kite fèt ant Etazini ak Langletè 24 Ki evenman ki dwe nan plas X la? (A) ouvèti Kanal Erie (B) lè batay Saratoga a te fèt (C) Konfederasyon Iwokwa yo fòme (D) ray pou tren Transkontinantal la te fini 25 Kounye a nan Etazini, kòman yo chwazi alatèt gouvènman yo tankou majistra, gouvènè, ak senatè? (A) Lakou Siprèm nonmen yo. (B) Sitwayen yo eli yo. (C) Pwopriyetè biznis yo chwazi yo. (D) Moun ki fè lalwa nan leta yo fè yon seleksyon. 26 Kongrè a se branch ki fè lalwa nan ki nivo nan gouvènman an? (A) lokal (C) eta (B) konte (D) federal 27 Chèf yon gouvènman rele (A) alatèt yon gwoup (B) prezidan (C) gouvènè (D) majistra 28 Nan Etazini, chak kilè yo fè eleksyon pou prezidan? (A) chak 6 zan (C) chak 2 zan (B) chak 4 tran (D) chak ane Grade 5 Social Studies Nov. 05 [10]

Sèvi ak graf anba a epi ak konesans ou sou nan syans sosyal pou reponn kesyon 29 ak 30. Pi gran gwoup imigran nan Leta New York 200 180 160 182,248 165,610 Kantite Imigran (pa milye) 140 120 100 80 60 40 37,168 69,755 20 0 709 Ongwa 3,591 4,061 Italyen Polonè Peyi ou sòti 1,473 Ris 1870 1900 Sous: James A. Banks et al., New York: Adventures in Time and Place, Macmillan/McGraw-Hill, 1998 (adapte) 29 Dapre graf la, ki gwoup ki te gen pi gran kantite imigran nan lane 1870? (A) Ongwa (C) Polonè (B) Italyen (D) Ris 30 Ki gwoup imigran ki montre pi gwo ogmantasyon nan kantite yo sòti 1870 pou rive 1900? (A) Ongwa (C) Polonè (B) Italyen (D) Ris Grade 5 Social Studies Nov. 05 [11] [KONTINYE]

Sèvi ak tablo anba a epi ak konesans sou nan syans sosyal pou reponn kesyon 31 an. Rivyè ki pi long yon nan lemonn Rivyè Peyi Mayls Kilomèt Nil Ejip 4,132 6,650 Amazòn Brezil 4,000 6,437 Changjiang-Yangzi Lachin 3,915 6,300 Mississippi-Missouri (Sistèm rivyè) Yenisey-Angara (Sistèm rivyè) Etazini 3,710 5,971 Larisi 3,274 5,269 Sous: Howard Veregin, ed., Goode s World Atlas, Rand McNally, 2005 (adapte) 31 Ki deklarasyon ki ale pi byen ak enfòmasyon ki nan tablo sa a? (A) Lachin gen plis rivyè pase Etazini. (B) Brezil gen yon rivyè ki pi long pase Lejip. (C) Larisi gen twazyèm sistèm rivyè ki pi long nan lemonn. (D) 5 rivyè ki pi long nan lemonn yo mezire plis pase 3,000 mayls. 32 3 Deklarasyon sa yo te fèt pa diferan moun nan diferan moman nan listwa. Lè fil arenyen fè yon sèl, yo ka mare yon lyon. pwovèb Etyopyen Nou dwe viv ansanm tankou frè oubyen nou tout ap peri ansanm tankou moun fou. Martin Luther King, Jr. (1929 1968) Tout pou youn, youn pou tout, se deviz nou. Alexandre Dumas (1802 1870) Ki ideyal 3 deklarasyon sa yo vle pale? (A) lidèchip (C) kolaborasyon (B) jistis (D) edikasyon Grade 5 Social Studies Nov. 05 [12]

Sèvi ak kat Eta New York la ki anba a epi ak konesans ou nan syans sosyal pou reponn kesyon 33 ak 34 yo. New York: Latitid ak Lonjitid N Rivyè St. Lawrence Massena Plattsburgh Lak Champlain VT W E Lak Ontario Watertown New York Lak Erie S Buffalo Jamestown Olean Rochester Hornell PA Elmira Ithaca Syracuse Binghamton Albany Kingston Newburgh Rivyè Hudson CT NH MA NJ Vil New York 0 50 100 Mayls 0 50 100 Kilomèt Sous: James A. Banks et al., New York: Adventures in Time and Place, Macmillan/McGraw-Hill, 1998 (adapte) 33 Ki vil ki sitiye pi pre 44 N ak 76 W? (A) Syracuse (C) Watertown (B) Rochester (D) Binghamton 34 Bill nan Rochester epi l ap vwayaje dirèkteman pou Olean. Nan ki direksyon li prale? (A) Sidwès (C) Nòdwès (B) Sidès (D) Nòdès Grade 5 Social Studies Nov. 05 [13] [KONTINYE]

Sèvi ak kat anba a epi ak konesans ou nan syans sosyal pou reponn kesyon 35 la. 4 2 3 1 8 6 5 3 8 4 7 Sous: G. Brown and A. Schule, Your Country and Mine, Ginn and Company, 1969 (adapte) 35 Ki non yo bay liy ki gen nimewo 6 la sou li? (A) premye meridyen (C) twopik kaprikòn (B) Ekwatè (D) twopik kansè KONTINYE NAN PAJ APRE A Ô FOR TEACHER USE ONLY Part I Maximum Total is 35 Points Grade 5 Social Studies Nov. 05 [14]

Dezyèm Pati Esplikasyon: Ekri repons ou pou kesyon sa yo nan espas yo ba ou nan ti liv egzamen sa a. Sèvi ak enfòmasyon ki anba a epi ak konesans ou nan syans sosyal pou reponn kesyon 1 jiska 3. Sòti 1881 pou rive 1920, prèske 24 milyon imigran vini nan Etazini. Pandan te gen imigran kite sòti tout kote nan lemonn, pi plis te sòti Lewòp. Yo te vwayaje sou bato vinn Ellis Island nan pò New York la. Anpil imigran fè vil New York vinn tounen lakay yo. Kèk nan yo chèche opòtinite nan lòt vil sou Kòt Lès la. Lòt imigran vwayaje nan mitan Etazini epi travay tankou agrikiltè. 1 Ki mo ki itilize pou dekri moun ki deplase sòti nan yon peyi pou ale viv nan yon lòt? [1] 2 Bay yon rezon moun kite Lewòp pou ale Etazini pandan ane 1881 ak 1920 yo. [1] 3 Ki senbòl libète Ameriken ki te akeyi anpil nan moun sa yo lè yo t ap rantre nan pò New York la? [1] Grade 5 Social Studies Nov. 05 [15] [KONTINYE]

Sèvi ak foto epi tèks ki anba a epi ak konesans ou nan syans sosyal pou reponn kesyon 4 jiska 6.... Si w te grandi nan lane 1920 yo, fanmi ou te kapab achte yon radyo pou premye fwa. Radyo te yon nouvo envansyon ki te eksitan. Li bay nouvèl ki sòti tout kote menm jan ak mizik epi lòt plezi. Anpil fanmi te pase sware yo ap tande radyo, tankou yon fanmi jodi a te ka chita ansanm gade televizyon. Pandan lane 1920 yo, estasyon radyo kòmanse gaye nan vil yo nan Eta a. Youn nan premye yo sete WGY nan Schenectady.... Sous: F. Daniel Larkin, New York Yesterday and Today, Silver Burdett and Ginn, 1990 Grade 5 Social Studies Nov. 05 [16]

4 Dapre foto sa a, ki 2 fason diferan moun yo pran plezi yo nan lane 1920 yo? [2] a b 5 Dapre tèks sa a, ki yonn nan fason radyo te chanje lavi fanmi Ameriken yo nan lane 1920 yo? [1] 6 Bay de egzanp kòman fanmi an pran plezi lakay chanje depi lane 1920 yo. [2] a b Grade 5 Social Studies Nov. 05 [17] [KONTINYE]

Sèvi ak nòt jounal ki anba a sou lavi nan Antatik la epi ak konesans ou nan syans sosyal pou reponn kesyon 7 jiska 9. Jodi a sete premye jou travay mwen nan Antatik! Apre dejene, mwen mete rad pou mwen sòti deyò sou mwen. Nan Antatik la, li enpòtan pou kouvri tout pati nan kò w lè w ap sòti deyò. Moun nan zòn nan mete menm 5 rad sou yo. Chalè ki sòti nan kò yon moun rete nan mitan rad yo pou ede kenbe moun nan cho. Prèske tout moun nan Antatik la mete yon gwo rad cho long ak gwo koulè ki parèt [manto pou fredi]. (Pa mwen an se yon gwo koulè vèt). _ Moun yo mete rad gwo koulè sa yo pou yo ka wè yo fasil lè gen tanpèt nèj. Nan Antatik yo te avèti mwen pou mwen toujou mete linèt solèy lè mwen ap sòti. Sòti deyò san linèt solèy ka fè zye yon moun fè li mal pou plizyè jou. 7 Poukisa pou yon moun mete rad gwo koulè nan Antatik la? [1] 8 Poukisa moun nan Antatik la bezwen mete linèt solèy? [1] 9 Kòman fason yo abiye nan Antatik la diferan de fason yo abiye nan zòn tou pre ekwatè a? [2] Grade 5 Social Studies Nov. 05 [18]

Sèvi ak tablo anba a, ki bay kantite moun nan pi gran vil nan Eta New York yo, epi ak konesan sou nan syans sosyal pou reponn kesyon 10 ak 11 yo. Vil ki gen pi plis moun nan Eta New York,1990 Vil Popilasyon Albany 101,082 Buffalo 328,123 Mount Ve r non 67,153 Ne w Rochelle 67,265 Vil New York 7,322,564 Rochester 231,636 Schenectady 65,566 Syracuse 163,860 Utica 68,637 Yonkers 188,082 Sous: U.S. Census, 1990 10 Ki vil nan Eta New York ki twazyèm nan pi gran kantite moun? [1] 11 Ki de vil ki pi pre nan kantite moun yo genyen? [1] ak FOR TEACHER USE ONLY Part II Maximum Total is 14 Points Grade 5 Social Studies Nov. 05 [19] [KONTINYE]